Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Esklav fidèl ” la reyisi nan eprèv la

“ Esklav fidèl ” la reyisi nan eprèv la

“ Esklav fidèl ” la reyisi nan eprèv la

“ Se tan fikse a kote pou jijman an kòmanse lakay Bondye. ” — 1 PYÈ 4:17.

1. Lè Jezi te enspekte “ esklav ” la, ki sa l te jwenn ?

NAN Pannkòt ane 33 nan epòk nou an, Jezi te etabli yon “ esklav ” ki pou bay “ domestik ” li yo manje nan moman apwopriye. Nan ane 1914, Jezi te resevwa twòn nan antanke Wa, e yon ti tan apre, lè a te rive pou l enspekte “ esklav ” sa a. Lè sa a, li jwenn pifò moun ki konpoze klas “ esklav ” sa a se moun ki ‘ fidèl e ki prevwayan ’. Poutèt sa, li etabli l “ sou tout byen l ”. (Matye 24:45-47.) Men, te gen yon move esklav tou, li menm li pa t ni fidèl ni prevwayan.

“ Move esklav sa a ”

2, 3. Ki kote “ move esklav sa a ” soti, e ki jan l fè rive la ?

2 Kou Jezi fin pale de “ esklav fidèl ki prevwayan ” an, li pale de move esklav la. Men sa l te di : “ Men si jamè move esklav sa a di nan kè l : ‘ Mèt mwen ap fè reta ’, epi li kòmanse ap bat esklav parèy li yo e l ap manje, l ap bwè ak gwo tafyatè, mèt esklav sa a va rive nan yon jou li pa atann, nan yon lè li pa konnen, e l ap ba l yon pinisyon ki sevè anpil e l ap ba l pati pa l ak ipokrit yo. Se la li va kriye e se la li va manje dan l. ” ​(Matye 24:48-51). Ekspresyon “ move esklav sa a ” fè nou sonje pawòl Jezi te fin di konsènan esklav fidèl ki prevwayan an. Wi, “ move esklav ” la soti pami esklav fidèl la. * Men, kòman sa fè rive ?

3 Anvan 1914, anpil moun ki te fè pati klas esklav fidèl la te gen gwo espwa. Yo te kwè lè ane sa a rive, yo t apral rankontre Lemarye nan syèl la. Men, espwa yo te genyen an pa t reyalize. Met sou sa, te gen lòt sitiyasyon ankò ki te vin devlope ki te lakòz moun sa yo vin desi, e enpe ladan yo te vin move anpil. Genyen ki te kòmanse “ bat ” ansyen frè yo ak lang yo e yo t al asosye yo ak “ gwo tafyatè ”, sa vle di, relijyon ki nan lakretyente. — Izayi 28:1-3 ; 32:6.

4. Ki sa Jezi fè ni ak “ move esklav sa a ” ni ak moun ki montre yo gen menm etadespri avè l ?

4 Se ansyen kretyen sa yo ki “ move es-klav ” la, e Jezi te ba yo yon pinisyon “ ki sevè anpil ”. Ki pinisyon Jezi te ba yo ? Li te rejte yo, e konsa yo vin pèdi esperans selès yo te genyen an. Men, yo pa t detwi tousuit. Toudabò, yo te oblije pase yon peryòd ap kriye, ap manje dan yo nan “ fènwa ki gen deyò ” kongregasyon kretyen yo (Matye 8:12). Depi lè sa a, se kèk grenn kretyen wen ki manifeste menm move etadespri sa a, e ki montre yo menm tou yo se “ move esklav ”. Menm pami “ lòt mouton ” yo, gen kèk moun ki te imite moun enfidèl sa yo (Jan 10:16). Tout moun sa yo se ènmi Kris yo ye e yo fini nan menm ‘ fènwa espirityèl ki gen deyò a ’.

5. Kontrèman ak “ move esklav ” la, kòman “ esklav fidèl ki prevwayan an ” te reyaji ?

5 Toutfwa, esklav fidèl ki prevwayan an te pase nan menm eprèv ansanm ak “ move esklav sa a ”. Men yo menm, olye pou yo te vin move, yo te kite yo redrese yo pito (2 Korentyen 13:11). Lanmou yo pou Jewova ak pou frè yo te vin pi fò. E, kòm rezilta, yo vin tounen yon ‘ pilye, yon apui pou laverite ’ nan ‘ dènye jou sa yo ’ ki gen anpil boulvès. — 1 Timote 3:15 ; 2 Timote 3:1.

Vyèj prevwayan yo ansanm ak vyèj sòt yo

6. a) Ki egzanp Jezi bay pou l montre jan klas esklav li a prevwayan ? b) Ki mesaj kretyen wen yo t ap pwoklame anvan 1914 ?

6 Apre Jezi fin pale de “ move esklav ” la, li bay de parabòl ki montre sa k fè kèk kretyen wen te montre yo fidèl e prevwayan alòske gen lòt ki pa t konsa. * Men sa Jezi te di pou l montre sa prevwayans vle di : “ Wayòm syèl la ap vin sanble ak dis vyèj ki pran lanp yo e ki soti al rankontre lemarye. Senk nan yo te sòt e senk te prevwayan. Annefè, sa ki sòt yo te pran lanp yo, men yo pa t pran luil pou yo, tandiske, sa ki prevwayan yo te pote luil nan resipyan yo ansanm ak lanp yo. ” ​(Matye 25:1-4). Dis vyèj yo fè nou sonje kretyen wen yo anvan 1914. Selon kalkil yo te fè, yo te konprann lemarye a, anpalan de Jezi Kris, t apral fè aparisyon l. Donk, yo te “ soti ” al rankontre l, toutpandan yo t ap preche avèk kran, yo t ap montre “ tan ki fikse pou nasyon yo ” ap fini an 1914. — Lik 21:24.

7. Nan yon sans senbolik, ki lè ‘ dòmi te tou pran ’ kretyen wen yo, e poukisa ?

7 Sa yo te panse a se te sa. Tan ki fikse pou nasyon yo te fini nan ane 1914, e, sou direksyon Jezi Kris, Wayòm Bondye a te antre an fonksyon. Men, se bagay ki te pase nan syèl, kote moun pa ka wè. Sou tè a menm, jan sa te anonse, limanite te vin tonbe nan “ malè ”. (Revelasyon 12:10, 12.) Apre sa, yon peryòd eprèv te kòmanse. Gen kèk kretyen wen ki pa t byen konprann bagay yo, yo te panse ‘ lemarye a t ap fè reta ’. Met sou konfizyon yo te genyen, yo t ap rankontre anpil opozisyon nan monn nan. Konsa, anpil nan yo te ralanti sou travay yo. Predikasyon te prèske pa fèt yon fason òganize ankò. Menm jan ak vyèj nan parabòl la, espirityèlman, “ yo tout pran kabicha e dòmi tou pran yo ”, tankou swadizan kretyen ki te enfidèl yo te fè apre lanmò apot Jezi yo. — Matye 25:5 ; Revelasyon 11:7, 8 ; 12:17.

8. Ki sa k te vin mennen nan rèl “ men lemarye ” a, e li te lè pou kretyen wen yo te fè ki sa ?

8 Nan ane 1919, yon bagay moun pa t ap atann te rive. Men sa nou li : “ Nan mitan lannuit, yon rèl pati : ‘ Men lemarye ! Soti pou n rankontre l. ’ Lè sa a, tout vyèj yo leve e yo pare lanp yo. ” ​(Matye 25:6, 7). Egzakteman nan moman bagay yo te pi sonm nan, gen yon apèl ki te lanse pou tout moun retounen aktif ankò. An 1918, Jezi, “ mesaje alyans ” lan, te vin enspekte tanp espirityèl Jewova a e li te pwòpte kongregasyon Bondye a (Malaki 3:1). Kounye a, kretyen wen yo te bezwen soti al rankontre l nan lakou terès tanp lan. Lè a te rive pou yo ‘ fè limyè yo klere ’. — Izayi 60:1 ; Filipyen 2:14, 15.

9, 10. An 1919, poukisa kèk kretyen te “ prevwayan ”, e poukisa kèk lòt te “ sòt ” ?

9 Men, poko ! Nan parabòl la, gen kèk nan jèn medam yo ki te gen yon pwoblèm. Men sa Jezi di : “ Sa ki sòt yo di sa ki prevwayan yo konsa : ‘ Ban nou ti gout nan luil nou an non, paske lanp pa nou yo prèske mouri. ’ ” ​(Matye 25:8). Si lanp yo pa gen luil, y ap sispann klere. Donk, luil ki nan lanp yo fè nou panse a verite ki nan Pawòl Bondye a ansanm ak lespri sen l ki bay vrè adoratè yo pisans pou yo pote limyè (Sòm 119:130 ; Danyèl 5:14). Anvan 1919, avèk dilijans, kretyen wen ki te prevwayan yo te chèche konprann ki sa Bondye vle yo fè, menm lè yo te febli pandan yon ti moman. Kidonk, lè apèl la lanse pou yo fè limyè yo klere, yo te tou pare. — 2 Timote 4:2 ; Ebre 10:24, 25.

10 Sepandan, byenke kèk nan kretyen wen yo te byen anvi ansanm ak Lemarye, men yo pa t pare pou yo fè sakrifis ni yo pa t pare pou yo fè efò. Sa fè, lè moman an rive pou yo retounen aktif nan predikasyon bon nouvèl la, yo pa t prè pou sa (Matye 24:14). Yo te menm eseye ralanti konpayon yo ki yo menm te zele. Annefè, yo te mande yo enpe nan rezèv luil yo a. Nan parabòl Jezi a, ki jan vyèj prevwayan yo te reyaji ? Men sa yo te reponn : “ Petèt ka pa gen ase pou nou tout, pito n al achte pa nou nan men moun k ap vann yo. ” ​(Matye 25:9). Se menm jan an tou, an 1919, kretyen wen fidèl yo pa t fè anyen ki te ka diminye sou kapasite yo te genyen pou yo pote limyè. Konsa, yo te reyisi nan enspeksyon an.

11. Ki sa k te rive vyèj sòt yo ?

11 Men kòman Jezi fini parabòl la : “ Pandan [vyèj sòt yo] nan wout yo pral achte, lemarye rive, e vyèj ki te pare yo tou antre ansanm avèk li nan festen maryaj la, epi yo fèmen pòt la. Annapre, lòt vyèj yo vin rive tou, yo di konsa : ‘ Mesye, mesye ouvè pou nou ! ’ Li reponn, li di yo : ‘ M ap di nou laverite : mwen pa konnen nou. ’ ” ​(Matye 25:10-12). Wi, kèk nan yo pa t pare lè Lemarye rive. Kidonk, yo pa t reyisi nan enspeksyon an, e yo pèdi opòtinite pou yo te la nan festen maryaj la nan syèl la. Sa te vrèman trajik pou yo !

Parabòl sou talan yo

12. a) Ak ki sa Jezi sèvi pou l montre sa fidelite ye ? b) Kiyès mesye ki te “ pati aletranje ” a ye ?

12 Apre Jezi fin montre sa prevwayans vle di, li montre ki sa fidelite ye. Men sa l di : “ Se tankou yon nonm ki pral pati aletranje, li rele kèk nan esklav li yo e li konfye yo byen l yo. Li bay youn senk talan, li bay yon lòt de talan, epi li bay yon lòt ankò yon sèl talan, li ba yo chak selon kapasite yo e li pati aletranje. ” ​(Matye 25:14, 15). Mesye nan parabòl la se Jezi, ki te “ pati aletranje ” lè li te monte nan syèl nan ane 33 nan epòk nou an. Men, anvan Jezi te monte nan syèl la, li te konfye disip fidèl li yo “ byen l yo ”. Ki jan l te fè sa ?

13. Ki jan Jezi te kòmanse yon gwo aktivite, e kòman li te bay “ esklav ” li yo otorizasyon pou yo fè lajan yo a travay ?

13 Pandan ministè Jezi sou tè a, lè l t ap preche bon nouvèl Wayòm nan nan tout peyi Izrayèl, li te kòmanse yon gwo aktivite predikasyon (Matye 9:35-38). Anvan l “ pati aletranje ”, li konfye disip fidèl li yo menm travay la, men sa l te di yo : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout kòmandman mwen ban nou. ” ​(Matye 28:18-20). Avèk pawòl Jezi di la yo, li tou bay “ esklav ” li yo otorizasyon pou yo fè lajan yo a travay, “ yo chak selon kapasite yo ”, annatandan li retounen.

14. Poukisa se pa t tout moun yo t ap atann ki pou fè lajan yo a travay menm jan ?

14 Ekspresyon “ yo chak selon kapasite yo ” a endike se pa tout kretyen nan premye syèk la ki te nan menm sitiyasyon oubyen ki te gen menm posiblite. Gen kèk ladan yo, tankou Pòl ak Timote, ki te disponib e ki te bay tout yo menm nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an. Men gen lòt moun, sitiyasyon yo te anpeche yo fè sa yo te vle fè. Pa egzanp, gen kèk kretyen ki te esklav, gen lòt ki te malad, oswa ki te granmoun anpil, oubyen tou ki te gen fanmi sou kont yo. Epitou, gen yon seri privilèj nan kongregasyon an se pa t tout disip yo ki te ka genyen yo. Sè yo, ki te wen, ansanm ak kèk frè ki te wen tou, pa t konn anseye nan kongregasyon an (1 Korentyen 14:34 ; 1 Timote 3:1 ; Jak 3:1). Kanmenm, kèlkeswa sitiyasyon yon moun te twouve l, tout disip wen Kris yo, fi kou gason, yo tout te dwe fè lajan an travay, yo te dwe byen pwofite de opòtinite yo genyen ansanm ak sitiyasyon yo pou akonpli ministè yo. Disip Kris nan epòk modèn nan fè menm bagay la tou.

Moman enspeksyon an kòmanse

15, 16. a) Ki lè moman regleman an te rive ? b) Ki lòt opòtinite ki te vin ouvri devan moun ki fidèl yo pou yo ‘ fè lajan yo travay ’ ?

15 Men sa parabòl la di annapre : “ Apre yon bon tan, mèt esklav yo tounen e li fè regleman ak yo. ” ​(Matye 25:19). An 1914, yon bon ti tan vrèman apre ane 33 nan epòk nou an, prezans Kris Jezi antanke Wa te kòmanse. An 1918, twazan edmi apre sa, Jezi te vini nan tanp espirityèl Bondye a e li te akonpli pawòl sa yo Pyè te di : “ Se tan fikse a kote pou jijman an kòmanse lakay Bondye. ” ​(1 Pyè 4:17 ; Malaki 3:1). Li te tan pou l fè regleman ak yo.

16 Ki sa esklav yo, frè Jezi yo, ki te wen, te fè ak “ talan ” Wa a te ba yo ? Anpil ladan yo te travay di depi nan ane 33 epòk nou an pou rive jis nan ane 1914, wi, yo te travay di pou “ fè lajan an travay ”. (Matye 25:16.) Menm pandan Premye Gè mondyal la, yo te montre yo anvi sèvi Mèt yo toutbon. Kounye a, li te apwopriye pou yo bay moun ki fidèl yo lòt okazyon pou yo ‘ fè lajan yo travay ’. Tan pou sistèm de choz la fini an te rive. Bon nouvèl la te dwe preche nan lemonnantye. Fòk yo ranmase “ rekòt ki sou tè a ”. (Revelasyon 14:6, 7, 14-16.) Fòk yo jwenn dènye moun ki manm klas ble a e fòk yo rasanble manm “ gwo foul moun ” ki fè pati lòt mouton yo. — Revelasyon 7:9 ; Matye 13:24-30.

17. Kòman kretyen wen fidèl yo te ‘ antre nan jwa mèt yo ’ ?

17 Moman rekòt se yon moman kè kontan (Sòm 126:6). Kidonk, lè Jezi te konfye frè wen ki te fidèl yo plis responsablite nan ane 1919, li te apwopriye pou l te di pawòl sa yo : “ Ou te fidèl nan yon bagay ki tou piti, m ap mete w responsab anpil bagay. Antre nan jwa mèt ou. ” ​(Matye 25:21, 23). Mete sou sa, jwa Mèt la ki fèk resevwa twòn nan antanke Wa nan Wayòm Bondye a, se pa bagay nou ka imajine (Sòm 45:1, 2, 6, 7) ! Klas esklav fidèl la te goute nan jwa sa a dèske yo reprezante Wa a e yo fè enterè l ogmante sou tè a (2 Korentyen 5:20). Nou ka wè tout plezi yo jwenn nan pawòl pwofetik ki nan Izayi 61:10 la ki di : “ San mank, m ap rejwi m nan Jewova. Nanm mwen ap kontan nan Bondye m nan. Paske li abiye m ak rad delivrans lan. ”

18. Poukisa kèk moun pa t reyisi nan enspeksyon an, e ki konsekans sa te gen pou yo ?

18 Malerezman, se pa tout ki te reyisi nan enspeksyon an. Men sa nou li : “ Sa ki te resevwa yon sèl talan an avanse li di : ‘ Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki egzijan, ki rekòlte kote ou pa t simen, e ki ranmase kote ou pa t vannen. Mwen te vin pè, se sa k fè mwen t al sere talan w lan anba tè. Men afè w, pran l. ’ ” ​(Matye 25:24, 25). Menm jan an tou, te gen kèk kretyen ki pa t ‘ fè lajan yo travay ’. Anvan 1914, yo pa t chofe pou pataje esperans yo ak lòt moun, ni yo pa t vle fè sa an 1919. Ki sa Jezi t ap fè yo pou ensolans yo a ? Li retire privilèj yo nan men yo. Yo ‘ jete esklav ki pa vo anyen yo nan fènwa ki gen deyò a. Se la yo va kriye e se la yo va manje dan yo ’. — Matye 25:28, 30.

Enspeksyon an ap kontinye

19. Ki fason enspeksyon an ap kontinye, e ki sa tout kretyen wen yo detèmine pou yo fè ?

19 Natirèlman, majorite moun ki te vin esklav wen Kris nan tan lafen an potko ap sèvi Jewova lè Jezi te kòmanse enspeksyon l lan an 1918. Èske moun sa yo pa pase anba enspeksyon yo menm ? Wi yo pase. Enspeksyon an te kòmanse nan ane 1918-1919 lè esklav fidèl ki prevwayan an te reyisi nan eprèv la antanke klas. Men, chak kretyen wen ap kontinye sibi yon enspeksyon jiskaske yo sele definitivman (Revelasyon 7:1-3). Kòm frè wen Kris yo konprann sa, yo detèmine pou yo kontinye “ fè lajan an travay ” fidèlman. Yo detèmine pou yo rete prevwayan, pou yo konsève anpil luil an rezèv yon fason pou limyè yo kontinye klere. Yo konnen lè yo chak rive nan fen kous terès yo fidèlman, Jezi pral resevwa yo nan syèl la e l ap ba yo yon kote pou yo abite. — Matye 24:13 ; Jan 14:2-4 ; 1 Korentyen 15:50, 51.

20. a) Jodi a, ki sa lòt mouton yo detèmine pou yo fè ? b) Ki bagay kretyen wen yo konnen ?

20 Gwo foul moun ki fè pati lòt mouton yo imite frè wen yo. Yo konnen lefètke yo vin gen konesans sou pwogram Bondye yo, sa vin ba yo plis responsablite (Ezekyèl 3:17-21). Se sa k fè, yo menm tou yo gen anpil luil nan rezèv yo grasa èd yo jwenn nan Pawòl Bondye a ansanm ak lespri sen pa mwayen etid ak reyinyon yo. Yo kite limyè yo klere, etan y ap patisipe nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an. Konsa, yo menm ansanm avèk frè wen yo ap “ fè lajan an travay ”. Sepandan, kretyen wen yo byen konnen se yo menm pèsonèlman yo te bay talan yo. E yo dwe rann kont sou fason yo jere byen Seyè a sou tè a. Menmsi yo pa anpil, yo pa ka lage responsablite yo sou kont gwo foul moun nan. Etandone “ esklav fidèl ki prevwayan ” an konn sa, li kontinye pran latèt nan aktivite k ap fèt pou jere byen Wa a, toutpandan li rekonesan pou èd li jwenn nan men moun devwe ki fè pati gwo foul la. Moun sa yo, bò kote pa yo, rekonèt responsablite frè yo ki wen yo genyen e yo santi se yon privilèj pou yo travay sou sipèvizyon yo.

21. Ki egzòtasyon ki aplike pou tout kretyen depi 1919 rive jis jodi a ?

21 Byenke de parabòl sa yo bay limyè sou evènman ki te pase nan zòn 1919 yo, prensip ki ladan yo aplike pou tout vrè kretyen k ap viv nan dènye jou yo. Sa vle di, egzòtasyon Jezi te bay nan fen parabòl dis vyèj yo aplike toudabò pou kretyen wen yo anvan 1919, men, an prensip, li aplike pou tout kretyen. Kidonk, se pou nou tout sonje pawòl sa yo Jezi te di : “ Ret ap veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a. ” — Matye 25:13.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Se menm jan an, apre lanmò apot yo, gen “ lou mechan ” ki te vin soti nan mitan siveyan kretyen wen yo. — Travay 20:29, 30.

^ § 6 Pou w ka jwenn lòt enfòmasyon sou parabòl Jezi a, gade nan liv Sécurité universelle sous le Règne du “ Prince de paix ” a, chapit 5 ak chapit 6. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

• Ki lè Jezi te enspekte disip li yo, e ki sitiyasyon li te jwenn ?

• Poukisa kèk kretyen wen te devlope etadespri “ move esklav ” la ?

• Ki jan nou ka montre nou prevwayan espirityèlman ?

• Ki fason nou ka kontinye “ fè lajan an travay ” pandan n ap imite frè Jezi yo, yo menm ki wen e ki fidèl ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 26]

KI LÈ JEZI AP VINI ?

Nan Matye chapit 24 ak chapit 25, yo pale de Jezi k ap “ vini ” nan plizyè sans. Li pa bezwen deplase fizikman pou l “ vini ”. Olye de sa, l ap “ vini ” nan sans l ap dirije atansyon l sou limanite oswa sou disip li yo, e souvan se pou jijman sa fèt. Konsa, an 1914, li “ te vini ” lè prezans li antanke Wa te kòmanse (Matye 16:28 ; 17:1 ; Travay 1:11). An 1918, li “ te vini ” antanke mesaje alyans lan e li te kòmanse jije moun ki pretann y ap sèvi Jewova yo (Malaki 3:1-3 ; 1 Pyè 4:17). Lè Amagedòn, li pral “ vini ” pou l egzekite jijman sou ènmi Jewova yo. — Revelasyon 19:11-16.

Matye 24:29-44 ak Matye 25:31-46 pale de vini (oswa rive) yon kantite fwa, men se nan “ gwo tribilasyon an ” sa ap fèt (Revelasyon 7:14). Sepandan, Matye chapit 24:45 rive nan chapit 25:30 pale de vini anpil fwa tou, men sa gen rapò ak jijman moun ki di se disip yo ye, jijman ki te kòmanse nan ane 1918. Pa egzanp, li pa rezonab pou nou panse se lè Jezi “ vini ” nan gwo tribilasyon an l ap rekonpanse esklav fidèl la, l ap kondane vyèj sòt yo e l ap kondane esklav parese ki te sere talan Mèt la. Sa ta vle di lè sa a li pral jwenn anpil kretyen wen ki pa fidèl e l ap bezwen ranplase yo. Alòske, Revelasyon 7:3 montre, lè sa a, y ap deja sele tout esklav wen Kris yo.

[Foto nan paj 24]

“ Move esklav ” la pa t resevwa okenn benediksyon an 1919.

[Foto nan paj 25]

Vyèj ki saj yo te pare lè lemarye rive.

[Foto nan paj 27]

Esklav fidèl yo te “ fè lajan an travay ”.

Esklav parese a pa t fè sa.

[Foto nan paj 28]

Wen yo ansanm ak“ gwo foul moun ” nan kontinye ap fè limyè yo klere.