Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè atansyon pou yo pa twonpe nou

Fè atansyon pou yo pa twonpe nou

Fè atansyon pou yo pa twonpe nou

“ Fè atansyon, petèt ka gen yon moun ki pral trennen nou dèyè l tankou jibye l, grasa [...] twonpri ki pa vo anyen. ” — KOLOSYEN 2:8.

1-3. a) Ki egzanp ki montre jan twonpri fofile kò l nan prèske tout domèn nan lavi a ? b) Poukisa nou pa dwe sezi akoz twonpri ki gen nan monn nan ?

“ KIYÈS nan nou ki pa janm gen yon kliyan ki ba l manti ? ” Se yon pwofesè ki anseye dwa ki te poze kesyon sa a nan yon ankèt li t ap fè sa gen kèk ane. Ki rezilta li te jwenn ? Dapre sa l di : “ Sou plizyè milye avoka, se yon sèl ki pa t janm gen yon kliyan ki ba l manti ”. Kòman sa te fè rive ? Ebyen, “ avoka sa a te fèk kòmanse egzèse pwofesyon an nan yon gwo kabinè avoka e li potko janm pale ak yon kliyan ”. Egzanp sa a pwouve verite tris sa a : Bay manti, twonpri, se bagay ki kouran jodi a.

2 Twonpri parèt sou divès fòm e li fofile kò l nan prèske tout domèn nan lavi modèn nan. Laprès chaje ak egzanp sou sa, tankou politisyen ki bay manti sou konduit yo, kontab ak avoka ki egzajere benefis antrepriz yo, piblisite ki twonpe kliyan, moun ki nan pwosè k ap chèche fè lajan mal sou tèt konpayi asirans, pou nou site egzanp sa yo sèlman. Mete sou sa, gen relijyon k ap twonpe moun. Chèf relijye yo twonpe fidèl yo lè yo anseye yo yon seri fo doktrin tankou : nanm imòtèl, dife lanfè ak Trinite. — 2 Timote 4:3, 4.

3 Èske nou dwe sezi pou tout kalite twonpri sa yo ? Pa vrèman. Konsènan “ dènye jou yo ”, men ki avètisman Bib la bay : “ Mechan ak moun ki fè tèt yo pase pou sa yo pa ye gen pou vin pi mal toujou, y ap egare moun e y ap egare tèt yo. ” ​(2 Timote 3:1, 13). Antanke kretyen, nou bezwen mefye nou ak tout ide k ap twonpe moun, ide ki riske fè nou bay laverite do. Gen de kesyon ki tou natirèl pou nou poze : Poukisa twonpri kouran konsa jodi a ? Kòman nou ka fè atansyon pou yo pa twonpe nou ?

Poukisa gen tout twonpri sa yo jodi a ?

4. Dapre Bib la, poukisa twonpri gaye toupatou nan monn nan ?

4 Bib la esplike byen klè rezon ki fè twonpri gaye toupatou nan monn nan. Apot Jan te ekri : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” ​(1 Jan 5:19). “ Mechan ” sa a, se Satan Ledyab. Men sa Jezi te di konsènan Satan : “ Li pa t kenbe fèm nan laverite, paske laverite pa nan li. Lè l ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti. ” Kidonk, èske se yon bagay ki etonan pou nou wè monn nan ak chèf li, yo gen menm etadespri, yo bay menm bagay valè e yo gen twonpri menm jan ? — Jan 8:44 ; 14:30 ; Efezyen 2:1-3.

5. Nan tan lafen an, kòman Satan ogmante efò l pou l twonpe lèzòm, e ki moun sitou li vize ?

5 Nan tan lafen sa a, Satan ogmante efò l plis toujou. Piske yo te pimpe l sou tè a e li konnen tan li rete a tou kout, li gen yon “ gwo kòlè ”. Li detèmine pou l detwi kantite moun li kapab, se poutèt sa l ap “ twonpe tout latè ki abite ”. (Revelasyon 12:9, 12.) Satan pa twonpe moun yon lè konsa, okontrè se san pran souf l ap fè efò pou l egare lèzòm. * Li sèvi ak tout kalite metòd li gen a dispozisyon l : li sèvi ak fent e li fè kou trèt pou l avegle je moun ki pa kwè yo e pou l kenbe yo lwen Bondye (2 Korentyen 4:4). Satan se mèt nan twonpe moun, e li detèmine pou l devore sitou moun k ap adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:24 ; 1 Pyè 5:8.) Pa janm bliye, Satan te vante tèt li, li te di li ka fè nenpòt moun sispann sèvi Bondye (Jòb 1:9-12). Annou egzamine kèk nan “ riz ” -Satan yo, e annou wè kòman nou ka fè atansyon ak yo. — Efezyen 6:11, Bib la.

Fè atansyon pou aposta pa twonpe nou

6, 7. a) Ki sa aposta yo ka pretann ? b) Ki jan Bib la montre entansyon aposta yo aklè ?

6 Depi lontan, Satan ap sèvi ak aposta yo pou l sedui sèvitè Bondye yo (Matye 13:36-39). Pafwa, aposta yo pretann se Jewova y ap sèvi e yo pretann yo kwè nan Bib la, men yo rejte pati vizib òganizasyon Jewova a. Gen kèk nan yo ki menm tounen kwè nan doktrin ki dezonore Bondye ki soti nan “ Gran Babilòn nan ”, anpi inivèsèl fo relijyon an (Revelasyon 17:5 ; 2 Pyè 2:19-22). Sou enspirasyon Bondye, moun ki t ap ekri Bib la te sèvi ak pawòl ki gen pwa pou denonse mobil aposta yo ak tout metòd yo.

7 Ki objektif aposta yo ? Pifò nan yo pa kontante yo pou yo annik kite sa petèt yo te konsidere anvan kòm vrè fwa a. Byen souvan, yo vle trennen lòt moun dèyè yo. Olye pou y al deyò pou y al fè pwòp disip pa yo, anpil nan yo ap chèche “ mennen disip yo [sa vle di disip Kris yo] dèyè yo ”. (Travay 20:29, 30.) Men yon avètisman ki enpòtan anpil apot Pòl te bay konsènan fo anseyan yo : “ Fè atansyon, petèt ka gen yon moun ki pral trennen nou dèyè l tankou jibye l. ” ​(Kolosyen 2:8). Èske sa pa montre entansyon anpil aposta genyen jodi a ? Menm jan yon kidnapè mennen yon viktim ki san mefyans lwen fanmi l, se konsa aposta yo abize konfyans moun ki nan kongregasyon an, y ap chèche mennen yo lwen twoupo a.

8. Ki metòd aposta yo itilize pou yo atenn objektif yo ?

8 Ki metòd aposta yo itilize pou yo atenn objektif yo ? Byen souvan, yo sèvi ak defòmasyon, mwatye verite, oubyen yo fè manti kareman. Jezi te konnen disip li yo t ap gen pou yo viktim anba moun ki t ava “ fè tout kalite manti ” sou yo (Matye 5:11, Bib la). Opozan malveyan sa yo t ap bay tout kalite manti pou twonpe moun. Apot Pyè te bay avètisman konsènan aposta yo ki ta sèvi ak “ pawòl ki pou twonpe ” moun, yo t ap simen ‘ ansèyman ki twonpe moun ’ e yo t ap ‘ defòme Ekriti yo ’ pou yo ka atenn objektif yo (2 Pyè 2:3,13 ; 3:16). Malerezman aposta yo rive “ boulvèse lafwa kèk moun ”. — 2 Timote 2:18.

9, 10. a) Kòman nou ka fè atansyon pou aposta pa twonpe nou ? b) Poukisa nou pa twouble lefètke konpreyansyon nou sou pwogram Bondye a konn bezwen afine ?

9 Kòman nou ka fè atansyon pou aposta pa twonpe nou ? Se lè nou koute konsèy ki soti nan Pawòl Bondye a ki di : “ Veye moun k ap simen divizyon yo, moun ki koz moun trebiche kont ansèyman nou te aprann nan, epi evite yo. ” ​(Women 16:17). N ap “ evite yo ” lè nou rejte rezònman yo, kit se lè y ap pale an pèsonn, kit se nan sa yo ekri, kit se sou Entènèt. Poukisa pou nou aji konsa ? Premyèman, paske Pawòl Bondye a mande nou pou nou fè sa, e nou gen fèm asirans Jewova toujou vle byen pou nou. — Izayi 48:17, 18.

10 Dezyèmman, paske nou renmen òganizasyon an ki aprann nou bonjan verite ki fè nou distenge totalman ak Gran Babilòn nan. Anmenmtan, nou konsyan konesans nou genyen sou pwogram Bondye a se pa yon konesans ki san fay. Dayè, se avèk letan konpreyansyon sa a vin afine. Kretyen ki fidèl yo byen kontan tann pou Jewova ba yo eklèsisman (Pwovèb 4:18). Men antretan, nou pa pral abandone òganizasyon Bondye pran plezi pou l itilize a, piske nou wè aklè li beni òganizasyon sa a. — Travay 6:7 ; 1 Korentyen 3:6.

Fè atansyon pou nou pa twonpe tèt nou

11. Poukisa lèzòm enpafè gen tandans pou yo twonpe pwòp tèt yo ?

11 Lefètke lèzòm enpafè, yo gen yon tandans lakay yo Satan prese eksplwate : se tandans pou yo twonpe pwòp tèt yo. Jeremi 17:9 di : “ Kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm. ” E Jak te ekri : “ Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. ” ​(Jak 1:14). Si kè nou sedui, li ka fè peche a parèt bèl nan je nou, li ka fè nou wè l atiran e san danje. Yon pwennvi konsa ap twonpe nou, paske yon moun ki lage kò l nan peche prale dwat nan destriksyon. — Women 8:6.

12. Ki fason nou ka pran nan pyèj pou nou twonpe pwòp tèt nou ?

12 Twonpe tèt nou se yon pyèj e li fasil pou nou pran ladan l. Li ka rive kè nou trayi nou lè l ap chèche jistifye yon gwo defo oubyen l ap eseye fè nou pase sou yon peche grav (1 Samyèl 15:13-15, 20, 21). Li ka ap chèche fason pou l jistifye yon move konduit tou. Pa egzanp, annou pran divètisman. Gen kèk ladan yo ki sen e ki agreyab. Malerezman, pifò nan sa monn nan ofri, keseswa nan sinema, nan televizyon ak sou sit Entènèt, se bagay devègonde ak bagay ki imoral. Li fasil pou nou konvenk tèt nou, pou nou fè tèt nou kwè nou ka gade yon seri de pwogram ki pa akseptab, san okenn danje. Gen kèk moun ki menm di : “ Sa pa toumante konsyans mwen, alò, kot pwoblèm nan ? ” Men moun sa yo ap ‘ twonpe pwòp tèt yo ak fo rezònman ’. — Jak 1:22.

13, 14. a) Ki egzanp Bib la bay ki montre konsyans nou pa toujou yon gid ki sèten ? b) Kòman nou ka fè atansyon pou nou pa twonpe tèt nou ?

13 Kòman nou ka fè atansyon pou nou pa twonpe tèt nou ? Toudabò, nou bezwen sonje nou pa dwe toujou fè konsyans nou konfyans. Annou pran egzanp apot Pòl. Anvan li te vin kretyen, li te konn pèsekite disip Kris yo (Travay 9:1, 2). Petèt, konsyans li pa t janm toumante l lè sa a. Men, li evidan li pa t nan bon direksyon an. Pi devan, li te di : “ M te yon inyoran e m t ap aji paske m te manke lafwa. ” ​(1 Timote 1:13). Kidonk, se pa paske yon divètisman pa toumante konsyans nou ki fè nou gen garanti sa n ap fè a byen. Se sèl yon konsyans dwat ki byen fòme grasa Pawòl Bondye a ki ka yon gid ki sèten.

14 Si nou pa vle twonpe tèt nou, gen kèk konsèy nou pral bay la a n ap bezwen toujou sonje. Egzamine tèt nou nan lapriyè (Sòm 26:2 ; 2 Korentyen 13:5). Yon egzamen onèt sou tèt nou ka fè nou wè nesesite pou nou fè kèk chanjman nan pwennvi nou oubyen nan fason nou aji. Koute lòt moun (Jak 1:19). Etandone lè n ap egzamine tèt nou, nou ka gen tandans kite opinyon nou enfliyanse nou, li saj pou nou koute remak dezenterese kretyen ki gen matirite yo fè nou. Si nou remake desizyon n ap pran yo oubyen fason n ap aji pa akseptab nan je kretyen parèy nou ki ekilibre e ki gen eksperyans, li ta bon pou nou poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Ou kwè se pa konsyans mwen ki pa byen fòme, ou kwè se pa twonpe kè m ap twonpe m ? ’ Nouri tèt nou regilyèman nan Bib la ak nan piblikasyon biblik yo (Sòm 1:2). Lè nou aji konsa, sa ap ede nou kenbe panse nou, etadespri nou ak tout santiman nou ann amoni ak prensip Bondye yo.

Fè atansyon ak manti Satan yo

15, 16. a) Nan efò Satan ap fè pou l twonpe nou, ak ki kalite manti li sèvi ? b) Ki sa nou ka fè pou nou pa pran nan manti sa yo ?

15 Nan efò Satan ap fè pou li twonpe nou, li sèvi ak tout kalite manti. L ap eseye konvenk nou bagay materyèl yo bay kè kontan ak satisfaksyon, alòske byen souvan, se lekontrè (Eklezyas 5:10-12). Li ta vle fè nou kwè monn mechan sa a ap rete la pou toutan, malgre li klè se nan “ dènye jou yo ” n ap viv (2 Timote 3:1-5). Satan ap soutni lide ki fè kwè pa gen okenn danje pou yon moun mennen yon vi imoral, alòske byen souvan, moun k ap kouri dèyè plezi rekòlte move konsekans (Galat 6:7). Ki sa nou ka fè pou nou pa pran nan manti sa yo ?

16 Tire pwofi nan egzanp ki nan Bib la. Bib la pale de moun ki te pran nan manti Satan bay e egzanp moun sa yo ka sèvi nou leson. Yo te renmen bagay materyèl, yo te bliye nan ki epòk yo t ap viv oubyen yo te tonbe nan imoralite. Yo tout nèt te jwenn move rezilta (Matye 19:16-22 ; 24:36-42 ; Lik 16:14 ; 1 Korentyen 10:8-11). Tire leson nan egzanp nan tan pa nou an. Malerezman, gen kèk kretyen ki gen tandans bliye n ap viv nan yon tan ki ijan, e yo menm panse lè y ap sèvi Bondye, gen yon richès deyò a yo pèdi. Yo ka menm kite laverite pou al mennen yon vi yo swadizan di se plezi. Sepandan, se sou “ yon tè glise ” moun sa yo ye. Towouta, yo gen pou yo peye pou move konduit yo (Sòm 73:18, 19). Nou montre nou saj lè nou tire leson nan erè lòt moun. — Pwovèb 22:3.

17. Poukisa Satan ap gaye manti ki fè kwè Jewova pa ni renmen nou ni nou pa gen okenn valè nan je l ?

17 Satan sèvi ak yon lòt manti ki efikas : li fè konnen Jewova pa ni renmen nou ni nou pa gen valè nan je l. Satan gen plizyè milye ane depi l ap etidye lèzòm enpafè. Li konnen byen dekourajman ka febli nou (Pwovèb 24:10). Se poutèt sa, Satan ap gaye manti ki fè kwè nou pa gen okenn valè nan je Bondye. Si yo “ lage nou atè ” e nou vin kwè Jewova pa sansib pou nou, nou ka tante abandone (2 Korentyen 4:9). Se egzakteman sa gwo Blofè a ta renmen. Kidonk, ki sa nou ka fè pou manti Satan bay la pa twonpe nou ?

18. Kòman Bib la ban nou garanti Jewova renmen nou ?

18 Medite pèsonèlman sou sa Bib la di konsènan lanmou Bondye gen pou nou. Pawòl Bondye a sèvi ak yon seri imaj touchan pou l ban nou garanti Jewova renmen nou chak an patikilye e nou pa pase inapèsi nan je l. Li ranmase tout dlo ki sot nan je nou li mete yo “ nan bidon an po ” li genyen an, sa vle di li wè dlo ki sot nan je nou nan konba n ap mennen pou nou rete fidèl devan l e li pa bliye yo (Sòm 56:8). Li konnen lè nou “ kraze nan kè ” nou e li toupre nou nan moman sa yo (Sòm 34:18). Li konnen tout ti detay sou nou, li konnen ata kantite ‘ branch cheve ki nan tèt nou ’. (Matye 10:29-31.) Mete sou sa, Bondye “ bay sèl Pitit li fè a ” pou nou (Jan 3:16 ; Galat 2:20). Petèt, pafwa ou ka mal pou w kwè vèsè sa yo aplikab nan ka pa w pèsonèlman. Toutfwa, nou dwe gen konfyans nan sa Jewova di. Li vle pou nou sèten li renmen nou, pa sèlman antanke gwoup, men li renmen nou chak pèsonèlman.

19, 20. a) Poukisa li enpòtan pou nou idantifye manti Satan bay ki fè kwè Jewova pa renmen nou, epi pou nou rejte manti sa a ? b) Ki jan yon siveyan itineran te konn ede moun ki dekouraje yo ?

19 Idantifye manti a epi rejte l. Si nou konnen yon moun se yon mantè li ye, nou ka pwoteje tèt nou pou l pa twonpe nou. Kidonk, konnen nou konnen Satan vle fè nou kwè Jewova pa renmen nou, sa sèlman ka sèvi yon gwo èd pou nou. Apre yon kretyèn te fin li yon atik nan Toudegad ki pale sou taktik Satan yo, men sa li te di : “ Mwen pa t janm reyalize Satan t ap eseye sèvi ak santiman m yo pou l dekouraje m. Lefètke m konnen sa, sa ban m plis detèminasyon pou m konbat yo. ”

20 Annou egzamine eksperyans yon siveyan itineran te fè, yon siveyan nan yon peyi ann Amerik di Sid. Nan aktivite pastoral, lè l al vizite frè ki dekouraje, souvan li mande yo : ‘ Èske w kwè nan Trinite ? ’ Jeneralman, moun ki dekouraje a reponn : ‘ Non, mwen pa kwè ladan l. ’ Anfèt, li konnen se youn nan manti Satan yo. Apre sa, siveyan an mande l : ‘ Èske w kwè nan dife lanfè ? ’ Menm repons lan ankò : ‘ Non, mwen pa kwè ladan l. ’ Kounye a, siveyan an di l gen yon lòt manti Satan bay, byen souvan, li pa fasil pou nou idantifye se yon manti. Li atire atansyon l sou liv Approchez-vous de Jéhovah a * nan paj 249, paragraf 21, kote yo denonse manti Satan bay ki fè kwè Jewova pa renmen nou chak an patikilye. Siveyan sa a fè remake li jwenn bon rezilta lè l ede moun ki dekouraje yo idantifye manti sa a Satan bay la epi pou yo rejte l.

Pwoteje tèt nou kont twonpri

21, 22. Poukisa nou pa nan inyorans konsènan taktik Satan itilize pou l twonpe moun, e ki ta dwe detèminasyon nou ?

21 Nan epòk sa a kote dènye jou yo rive nan dènye bout yo, nou dwe atann nou Satan pral kontinye gaye yon bann manti, yon bann twonpri. Erezman, Jewova pa kite nou nan inyorans konsènan taktik Satan itilize pou l twonpe moun. Bib la ansanm ak piblikasyon biblik “ esklav fidèl ki prevwayan an ” devwale metòd malveyan Dyab la (Matye 24:45). Pa bliye, malè avèti pa touye kokobe. — 2 Korentyen 2:11.

22 Kidonk, annou fè atansyon ak rezònman aposta yo. Annou detèmine pou nou pa tonbe nan pyèj pou nou twonpe pwòp tèt nou an, yon pyèj ki la anba anba. Epitou, annou idantifye tout manti Satan yo, annou rejte yo. Lè nou aji konsa, n ap prezève relasyon nou ak “ Bondye verite a ”, yon Bondye ki deteste twonpri. — Sòm 31:5 ; Pwovèb 3:32.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Anpalan de fòm vèb “ ap twonpe ” tradui nan Revelasyon 12:9 la, gen yon ouvraj referans ki di li “ endike yon aksyon san rete ki vin tounen yon aspè nan pèsonalite moun nan ”.

^ § 20 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa twonpri gaye toupatou jodi a ?

• Kòman nou ka fè atansyon pou aposta pa twonpe nou ?

• Kòman nou ka fè atansyon pou nou pa twonpe tèt nou ?

• Ki sa nou ka fè pou nou pa pran nan manti Satan yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Pa twonpe tèt nou nan domèn divètisman.

[Foto nan paj 15]

Pou nou pa twonpe pwòp tèt nou, egzamine nou nan lapriyè, koute lòt moun e nouri tèt nou regilyèman nan Pawòl Bondye a.