Prezève kè nou pou nou ka konsève chastete nou
Prezève kè nou pou nou ka konsève chastete nou
“ Plis pase tout lòt bagay yon moun dwe prezève, prezève kè w, paske se nan li sous lavi a chita. ” — PWOVÈB 4:23.
1-3. a) Ki sa moun yo fè ki montre byen souvan yo pa bay chastete yo okenn valè ? Bay kèk egzanp. b) Poukisa li enpòtan pou nou egzamine enpòtans chastete genyen ?
TABLO a sanble l pase mòd. Petèt li pa ale ak dekorasyon ki gen nan kay la. Malgre tout konsiderasyon, li klè, mèt li pa vle sèvi avè l ankò. Finalman tablo a al tonbe yon kote yo vann vye pèpè pou yo jwenn kòb pou fè zèv. Li te gen yon etikèt sou li ki make 29 dola ameriken. Sepandan, kèk ane apre, yo vin dekouvri tablo sa a vo anviwon yon milyon dola ameriken. Anfèt, se te yon tablo ki vrèman ra, tablo yon atis ki gen gwo renome. Imajine sa moun ki te mèt tablo a anvan an vin santi kounye a, li menm ki pa t bay trezò sa a anpil enpòtans !
2 Souvan, se menm bagay la ki rive anrapò ak chastete, ki vle di lè yon moun pwòp nan domèn moral. Jodi a, gen yon pakèt moun ki pa bay chastete yo anpil valè. Gen kèk moun ki gade sa tankou yon bagay ki pase mòd, yon bagay ki pa ale ak fason moun ap viv nan tan modèn sa a. Konsa, yo dakò pèdi l, e ou pa wè poukisa. Gen moun ki likide l pou yon ti moman plezi seksyèl. Tandiske, gen lòt menm ki sakrifye l ak espwa kamarad yo oubyen moun ki pa menm sèks ak yo ap pi byen konsidere yo. — Pwovèb 13:20.
3 Anpil moun dekouvri twò ta jan chastete se yon bagay ki gen anpil valè. Byen souvan, yo peye sa chè. Tankou jan Bib la di sa, konsekans imoralite ka menm jan ak yon pwazon, ‘ li anmè tankou absent ’. (Pwovèb 5:3, 4.) Jodi a, lè nou gade jan monn nan kòwonpi nan domèn moral, ki sa nou ka fè pou nou bay chastete nou anpil valè e ki sa nou ka fè pou nou rive konsève l ? Nou pral pale sou twa dispozisyon nou ka pran, dispozisyon ki konekte youn ak lòt.
Prezève kè nou
4. Ki sa kè senbolik la ye e poukisa nou dwe prezève l ?
4 Pou nou konsève chastete nou, bagay ki pi enpòtan pou nou fè se prezève kè nou. Men sa Bib la di : “ Plis pase tout lòt bagay yon moun dwe prezève, prezève kè w, paske se nan li sous lavi a chita. ” (Pwovèb 4:23). Ki sa “ kè ” a reprezante nan kontèks sa a ? Se pa de kè literal la y ap pale. Kè sa a senbolik. Li reprezante moun nou ye anndan nou an e li gen ladan l panse nou, santiman nou ak motivasyon nou. Bib la di : “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w ak tout nanm ou e ak tout fòs lavi w. ” (Detewonòm 6:5). Jezi te pale de kòmandman sa a kòm pi gwo nan tout kòmandman yo (Mak 12:29, 30). Li klè, kè nou gen anpil valè, li merite pou nou prezève l.
5. Kòman kè nou ka gen anpil valè epi anmenmtan pou l reprezante yon danje ?
5 Sepandan, Bib la di tou “ kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm ”. (Jeremi 17:9.) Ki jan kè a ka trèt opwen pou l tounen yon danje pou nou ? Ann pran yon egzanp : yon machin se yon bagay ki itil, li menm ka ede nou sove lavi moun lè gen ijans. Men, si chofè a pa kontwole machin nan, si l pa toujou ap dirije volan an, byen fasil, menm machin sa a ka tounen yon zam ki lakòz lanmò. Menm jan an tou, si nou pa prezève kè nou, nenpòt ti dezi, nenpòt ti panchan nou genyen, ap vin mèt nou, e konsa nou ka tonbe nan gwo pwoblèm. Men sa Pawòl Bondye a di : “ Yon moun ki mete konfyans li nan kè l, li sòt, men moun k ap mache nan lasajès, se li k ap chape. ” (Pwovèb 28:26.) Wi, nou ka mache nan lasajès e nou ka chape lè nou devan gwo pwoblèm si nou sèvi ak Pawòl Bondye a pou gide nou, tankou nou t ap sèvi ak yon kat ki endike wout anvan nou kòmanse yon vwayaj. — Sòm 119:105.
6, 7. a) Ki sa sentete ye, e poukisa kalite sa a enpòtan pou sèvitè Jewova yo ? b) Ki jan nou fè konnen moun ki enpafè ka reflete sentete Jewova gen lakay li ?
6 Se pa yon bagay ki tou natirèl lakay nou pou kè nou panche pou chastete. Se nou menm ki dwe dirije l sou chemen sa a. Yon fason nou ka fè sa se lè nou reflechi sou vrè valè chastete genyen. Kalite sa a pwòch anpil ak sentete, ki li menm siyifi pwòp, rete apa parapò ak peche. Sentete se yon kalite ki gen anpil valè, se yon kalite fondamantal Jewova Dye gen lakay li. Plizyè santèn vèsè nan Bib la asosye kalite sa a ak Jewova. Se sa k fè Bib la di : “ Sentete se pou Jewova. ” (Egzòd 28:36). Si se sa, ki jan nou menm ki enpafè ap rive kiltive yon kokenn kalite konsa ?
7 Men sa Jewova di nou nan Pawòl li : “ Nou dwe sen, paske mwen sen. ” (1 Pyè 1:16). Wi, nou ka imite sentete Jewova gen lakay li, nou ka pwòp nan je l, e nou ka kenbe chastete nou. Kidonk, lè nou evite aksyon ki sal, lè nou evite aksyon ki deprave, nou montre nou ta renmen gen yon privilèj estrawòdinè : privilèj pou nou reflete bèl kalite sa a Bondye Trèwo a gen lakay li (Efezyen 5:1). Nou pa ta dwe panse li enposib pou nou rive fè sa, paske Jewova se yon Mèt ki gen sajès e li se yon Mèt ki rezonab, li pa janm mande nou pou nou fè plis pase sa nou ka fè (Sòm 103:13,14 ; Jak 3:17). Se vre, pou nou konsève chastete nou ni nan domèn espirityèl ni nan domèn moral, sa mande pou nou fè efò. Se sa k fè, apot Pòl te pale de “ senserite ak konduit pwòp nou dwe Kris ”. (2 Korentyen 11:3.) Èske nou pa gen obligasyon devan Kris ak Papa li pou nou fè tout efò nou kapab pou nou konsève chastete nou nan domèn moral ? Dayè, yo demontre plis lanmou pou nou lontan, lanmou nou pap janm ka demontre pou yo anretou (Jan 3:16 ; 15:13). Kidonk, li nòmal pou nou montre rekonesans nou pou sa lè nou mennen yon vi ki pwòp moralman. Lè nou konsidere chastete nou nan fason sa a, n ap ba l valè, e n ap prezève kè nou.
8. a) Kòman nou ka nouri kè senbolik nou ? b) Ki sa konvèsasyon nou revele sou nou ?
8 N ap prezève kè nou tou lè nou veye sou fason nou nouri tèt nou. Nou bezwen nouri espri nou ak kè nou ak bon manje espirityèl regilyèman e nou bezwen kite lespri nou fikse sou bon nouvèl Wayòm nan (Kolosyen 3:2). Menm konvèsasyon nou dwe demontre se jan de bagay sa yo ki enterese nou. Si nou gen repitasyon moun ki konn pale pawòl chanèl, pawòl imoral, se revele nou tou ap revele nan ki eta kè nou ye (Lik 6:45). Depreferans, annou bat pou tout moun konnen nou kòm moun ki renmen gen konvèsasyon espirityèl e ankourajan (Efezyen 5:3). Pou nou prezève kè nou, gen gwo danje nou dwe evite. Annou fè yon ti pale sou de ladan yo.
Kouri pou fònikasyon
9-11. a) Poukisa moun ki pa koute konsèy nou jwenn nan 1 Korentyen 6:18 la gen plis risk pou yo komèt aksyon imoral grav ? Bay yon egzanp. b) Si n ap kouri pou fònikasyon, ki bagay n ap evite ? c) Ki bèl egzanp Jòb, yon moun ki te fidèl, kite pou nou ?
9 Jewova te enspire apot Pòl pou l ekri kèk konsèy ki te ede anpil moun prezève kè yo e ki te ede yo konsève chastete yo. Men sa Pòl te di : “ Kouri pou fònikasyon. ” (1 Korentyen 6:18). N ap remake li pa t annik di : “ Evite fònikasyon. ” Se sa k fè, kretyen yo dwe fè plis pase sa. Yo dwe kouri pou tout aksyon imoral, menm jan yo t ap kouri pou yon sitiyasyon ki ta mete lavi yo an danje. Si nou pa koute konsèy sa a, ap gen plis risk pou nou vin tonbe nan imoralite e konsa n ap pèdi favè Bondye.
10 Ann pran yon egzanp : Yon manman fin benyen ti pitit gason l, li mete rad sou li pou y ale nan yon evènman enpòtan. Tigason an mande manman l si l ka al fè yon ti jwe deyò a annatandan fanmi an deplase. Manman an dakò men, ak yon kondisyon : “ Pa ale tou pre ma dlo ki deyò a. Si w sal kò w, m ap pini w. ” Sepandan, apre kèk minit, li wè tigason an ki sou pwent pye l, raz ak ma dlo a e li sanlè tonbe ladan l. Li pa sal, li poko sal, men, sa klè, li pa koute avètisman manman l te ba li pou li pa t ale tou pre ma dlo a, e li sanlè tonbe nan pwoblèm (Pwovèb 22:15). Anpil jèn ansanm ak anpil granmoun ki ta dwe gen plis bonsans pase tigason an fè menm erè a tou. Kòman sa ?
11 Nan tan sa a, kote anpil moun lage kò yo nan “ gwo anvi seksyèl ki avilisan ”, gen yon lòt kalite endistri ki devlope, yon endistri k ap fè reklam pou relasyon seksyèl imoral (Women 1:26, 27). Flewo ki rele pònografi a gaye toupatou, li nan jounal, nan liv, nan videyo ak sou Entènèt. Se sèten, moun ki chwazi kite imaj sa yo rantre nan lespri yo pa kouri pou fònikasyon. Okontrè, se jwe y ap jwe avè l, yo raz ak li, yo sanlè tonbe ladan l, e yo fèmen je yo sou avètisman Bib la bay la. Olye yo prezève kè yo, y ap anpwazonnen l pito ak yon seri imaj frapan, imaj ki ka pran anpil ane anvan yo resi efase nan memwa yo (Pwovèb 6:27). Annou suiv egzanp Jòb, yon moun ki te fidèl. Li te fè yon kontra ak je l, yon akò fèm, pou l pa t kite yo ap gade bagay ki gen yon sèl objektif : pouse l fè sa k mal (Jòb 31:1). Vrèmanvre, sa a se yon bèl egzanp pou nou imite.
12. Kòman kretyen yo ka “ kouri pou fònikasyon ” lè yo renmen ?
Jak 5:14, 15). Sepandan, gen anpil kretyen ki aji avèk sajès e yo evite danje sa yo lè yo renmen (Pwovèb 22:3). Yo limite fason yo eksprime afeksyon yo genyen youn pou lòt. Yo fè yon lòt moun akonpaye yo lè y ap soti e yo veye pou yo pa janm rete pou kont yo yon kote ki izole.
12 Si gen yon peryòd kote li vital pou nou “ kouri pou fònikasyon ” se sitou lè nou renmen. Peryòd sa a ta sipoze yon peryòd kè kontan, ki chaje ak espwa, kote moun yo ap fè pwojè. Men, gen kèk jèn ki gache l nan jwe ak imoralite. Lè yo aji konsa, youn fè lòt pa jwi pi bon fondman ki pèmèt yon maryaj bay kè kontan : yon relasyon ki baze sou yon lanmou ki pa wè enterè pa l, ki baze sou metriz ak obeyisans devan Jewova Dye. Gen de kretyen ki te gen yon konduit imoral nan peryòd yo te renmen. Yon fwa yo te fin marye, madanm nan te admèt konsyans li te tèlman toumante l, sa te menm fè l pèdi jwa l jou maryaj la. Men sa li te avwe : “ Mwen te mande Jewova padon yon pakèt fwa pou sa, men, byenke gen setan depi sa te pase, konsyans mwen toujou ap repwoche m. ” Li trèzenpòtan pou moun ki fè jan de peche konsa al chèche èd nan men ansyen yo (13. Poukisa kretyen yo pa dwe renmen ak moun ki pap sèvi Jewova ?
13 Kretyen ki lage kò yo nan renmen ak moun ki pap sèvi Jewova sanlè tonbe nan gwo pwoblèm. Vrèmanvre, kòman pou w ta fè al antre kò w anba yon moun ki pa renmen Jewova ? Li trèzenpòtan pou kretyen yo ini tèt yo sèlman ak moun ki renmen Jewova e ki respekte prensip li yo konsènan chastete. Men sa Pawòl Bondye a di nou : “ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba avèk non kwayan. Paske ki rapò sa ki dwat genyen ak sa ki pa legal ? Oubyen ki patisipasyon limyè genyen ak fènwa ? ” — 2 Korentyen 6:14.
14, 15. a) Ki move konsepsyon kèk moun genyen sou sa “ fònikasyon ” ye ? b) Ki pratik “ fònikasyon ” anglobe, e ki jan kretyen yo ka “ kouri pou fònikasyon ” ?
14 Yon bagay ki esansyèl tou se konesans. Nou pa kapab kouri pou fònikasyon jan nou ta dwe kouri pou li a si nou pa konnen egzakteman sa l ye. Jodi a, gen kèk moun ki gen yon move konsepsyon sou sa “ fònikasyon ” ye. Yo panse yo ka satisfè dezi seksyèl yo san yo pa marye, depi yo evite tonbe nan vrè rapò seksyèl la. Menm kèk enstitisyon moun respekte ki okipe zafè lasante e k ap travay pou fè gen mwens adolesan ki tonbe ansent san yo pa vle, ankouraje jèn yo pou yo lage kò yo nan yon seri de pratik seksyèl ki pa natirèl, sou pretèks pa gen pyès risk pou yo tonbe ansent konsa. Malerezman, jan de konsèy sa yo se move konsèy yo ye. Konsève chastete nou vle di plis pase evite tonbe ansent san nou pa marye. Dayè, vrè definisyon mo “ fònikasyon ” an pa rete la sèlman.
15 Mo grèk “ fònikasyon ” tradui a se pornéïa, e se yon mo ki gen yon siyifikasyon ki laj anpil. Li anglobe tout relasyon seksyèl ant moun ki pa mari ak madanm, e li mete aksan sou move itilizasyon moun yo fè ak ògàn seksyèl yo. Pa egzanp, mo pornéïa a gen ladan l : fè sèks nan bouch, fè sèks nan dèyè, fè mastibasyon pou yon lòt moun, pratik byen souvan 2 Timote 2:26). Anplis de sa, konsève chastete vle di plis pase annik evite komèt youn nan aksyon ki anndan mo fònikasyon an. Pou nou “ kouri pou fònikasyon ”, nou dwe evite tout kalite aktivite seksyèl enpwòp ansanm ak tout konduit deregle ki ka mennen nou nan gwo peche ki rele pornéïa a (Efezyen 4:19). Si nou aji konsa, n ap konsève chastete nou.
yo fè nan kafe. Moun ki panse pratik sa yo se pa “ fònikasyon ” yo ye, moun sa yo ap twonpe tèt yo e yo pran nan pyèj Satan (Evite danje ki gen nan flirt
16. Yon moun ka gen yon konpòtman ki montre yon lòt moun li renmen l, nan ki kontèks sa gen plas li ? Ki egzanp Bib la bay ki demontre sa ?
16 Si nou vle konsève chastete nou, yon lòt danje nou bezwen fè atansyon ak li se flirt. Gen kèk moun ki ka pretann pa gen okenn danje nan flirt, se yon bagay ki amizan ant yon fi ak yon gason. Nou admèt, gendelè yon moun ka gen yon konpòtman ki montre yon lòt moun li renmen l e sa gen plas li. Yo te remake Izarak ki “ t ap fè ti jwèt ” ansanm ak Rebeka, e moun ki t ap gade yo te wè aklè se pa t sèlman frè ak sè yo te ye (Jenèz 26:7-9). Anfèt, se te mari ak madanm, li te nòmal pou yo demontre afeksyon youn pou lòt. Sa pa gen okenn rapò ak flirt.
17. Ki sa flirt ye, e ki jan nou ka evite pwoblèm sa a ?
17 Nou ka defini flirt konsa : se lè w montre yon moun ou renmen l alòske w pa gen nan lide w pou marye avè l. Piske moun se kreyati ki konplike, gen yon pakèt fason yo ka flirte, e gen nan fason sa yo ki trè sibtil (Pwovèb 30:18, 19). Se pa fikse règ ki strik nan domèn nan ki solisyon an. Olye de sa, gen bagay nou ka fè ki pi enpòtan pase sa : nou bezwen analize tèt nou onètman e nou bezwen aplike prensip ki nan Bib la toutbonvre nan lavi nou.
18. Ki sa ki pouse kèk moun flirte, e ki move efè sa ka fè sou lòt moun nan ?
18 Si nou onèt ak tèt nou, pifò nan nou ap admèt, lè nou remake yon moun ki pa menm sèks ak nou montre li renmen nou, nou santi se yon onè pou nou. Se yon bagay ki natirèl. Men, èske nou flirte dekwa pou nou pwovoke jan de atansyon sa a, yon fason pou nou bay tèt nou plis estim ? Oubyen èske nou fè sa jis pou nou leve dezi sa a lakay yon lòt moun ? Nan ka sa a, èske nou reflechi sou valè soufri nou ka lakòz yon lòt moun soufri ? Men sa Pwovèb 13:12 di : “ Yon atant yo mete pou apre fè kè a malad. ” Si nou menm nou byen konsyan se flirte n ap flirte ak yon moun, petèt nou pa konnen nan ki pwen moun sa a pran bagay la oserye. Petèt li ka ap tann pou renmen an kòmanse toutbon, li ka menm espere n ap marye avè l. E desepsyon ki vin apre a ka soti pou minen l (Pwovèb 18:14). Lè nou fè espre n ap jwe ak santiman lòt moun, sa se mechanste.
19. Ki jan flirt ka yon menas pou kretyen ki marye yo ?
19 Li trèzenpòtan pou nou evite flirte avèk moun ki marye. Li pa bon pou nou montre yon moun ki marye nou renmen l, nitou li pa bon pou yon moun ki marye montre yon moun ki pa konjwen l li renmen l. Malerezman, gen kèk kretyen ki fè erè sa a, yo panse pa gen okenn mal pou yo devlope santiman pou yon moun ki pa konjwen yo. Gen nan yo ki pale tout pwoblèm yo ak “ zanmi ” sa a, yo menm konn rakonte l ti koze entim yo, ti koze yo pa menm pale ak konjwen yo. E kòm rezilta, jan de santiman sa yo vin devlope e sa konn fè yo vin santi youn pa ka viv san lòt. Yon sitiyasyon konsa ka minen yon maryaj e li ka menm kraze l. Kretyen ki marye yo fè byen lè yo sonje avètisman saj Jezi te bay : se nan kè adiltè pran nesans (Matye 5:28). Kidonk, annou prezève kè nou e annou evite tout sitiyasyon ki riske fè nou tonbe nan tchouboum.
20. Ki detèminasyon nou ta dwe genyen nan fason nou konsidere chastete nou ?
20 Nou dwe admèt, se pa yon bagay ki fasil pou yon moun konsève chastete l nan monn imoral ki gen jodi a. Sepandan, nou pa dwe janm bliye, li pi fasil lontan pou nou konsève chastete nou pase pou nou rejwenn li yon fwa nou fin pèdi l. Natirèlman, Jewova “ pa mezire padon l ” e li anmezi pou l fè moun ki peche e ki repanti toutbonvre vin pwòp (Izayi 55:7). Toutfwa, pou yon moun ki tonbe nan imoralite Jewova pap pwoteje l kont konsekans aksyon l fè a. Konsekans lan ka dire plizyè ane, li ka menm dire tout lavi l (2 Samyèl 12:9-12). Se sa k fè, annou fè tout sa nou kapab pou nou prezève kè nou pou nou ka konsève chastete nou. Se pou nou konsidere chastete nou devan Jewova menm jan ak yon trezò ki presye, yon trezò nou pa dwe janm pèdi.
Ki repons nou ta bay ?
• Ki sa chastete ye, e poukisa li gen anpil enpòtans ?
• Ki jan nou ka prezève kè nou ?
• Ki sa kouri pou fònikasyon enplike ?
• Poukisa nou dwe evite flirte ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 8]
Si w pa byen dirije yon machin, li ka tounen yon danje.
[Foto nan paj 9]
Ki sa k ka rive si nou pa koute avètisman nou jwenn ?
[Foto nan paj 10]
Lè de moun ki renmen konsève chastete yo, sa bay kè kontan e sa onore Bondye.