Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jenèz la — II

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jenèz la — II

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jenèz la — II

LIV Jenèz la kouvri 2 369 an nan istwa lèzòm, soti depi lè yo te fin kreye premye gason an, Adan, pou jis rive nan lanmò Jozèf, yon pitit gason Jakòb. Yo te gentan pale de 10 premye chapit yo ansanm ak 9 premye vèsè ki nan chapit 11 lan, nan yon atik ki te parèt deja. Se yon pòsyon ki pale sou peryòd kreyasyon an pou rive nan tou Babèl. * Atik sa a li menm l ap egzamine kèk pwen enteresan nou jwenn nan rès liv Jenèz la, sou fason Bondye te boule ak Abraram, Izarak, Jakòb ak Jozèf.

ABRARAM VIN ZANMI BONDYE

(Jenèz 11:10–23:20)

Twa san senkant an anviwon apre delij la fin pase, yon mesye, youn nan desandan Sèm pitit Noye, vin tounen yon moun espesyal pou Bondye. Non li se Abram, e apre sa, li vin rele Abraram. Bondye pase Abram lòd pou l deplase kite vil Ou, yon vil Kaldeyen, pou l al rete anba tant, nan yon peyi Jewova pwomèt l ap bay li menm ak desandan l yo pou yo rete. Grasa fwa Abraram e grasa obeyisans li, yo vin rele l “ zanmi Jewova ”. — Jak 2:23.

Jewova pran chatye moun mechan ki t ap viv Sodòm yo ansanm ak moun ki t ap viv nan vil ki ozalantou yo, tandiske li prezève lavi Lòt ak pitit fi l yo. Lè Izarak, pitit gason Abraram nan vin fèt, se te akonplisman yon pwomès. Plizyè ane annapre, Jewova vin teste fwa Abraram, lè l mande l pou l ofri pitit sa a an sakrifis. Abraram te dispoze fè sa vre, men, yon zanj te rete l. Pa gen okenn dout sou sa : Abraram se vrèman yon nonm ki te gen lafwa, e li te jwenn asirans tout nasyon yo t apral beni tèt yo grasa semans li. Lè Sara, ti madanm cheri l la, vin mouri, sa te fè Abraram chagren anpil.

Kesyon biblik ak tout repons :

12:1-3 — Ki lè alyans Abraram nan te antre an vigè, e konbyen tan l ta dwe dire ? Jewova fè yon alyans ak Abram, li di l ‘ tout fanmi sou tè a pap manke pa beni tèt yo grasa li [Abram] ’. Aparamman, alyans sa a te antre an vigè lè Abram te travèse rivyè Efrat la, pandan li sou wout pou l al Kanaran. Siman sa te pase nan dat 14 Nizan 1943 anvan epòk nou an, 430 an anvan Izrayèl te jwenn delivrans li ann Ejip (Egzòd 12:2, 6, 7, 40, 41). Alyans Abraram nan se “ yon alyans pou tan endefini ”. L ap rete an vigè jiskaske tout fanmi ki sou tè a jwenn benediksyon e jiskaske tout ènmi Bondye yo fin detwi nèt. — Jenèz 17:7 ; 1 Korentyen 15:23-26.

15:13 — Selon Bib la, yo ta gen pou yo aflije desandan Abram yo pandan 400 an. Ki lè pawòl sa a te akonpli ? Peryòd afliksyon sa a te kòmanse an 1913 anvan epòk nou an, jou Izarak, pitit Abraram nan, ki te gen anviwon 5 an, te sevre, e Yichmayèl, frè l bò kot papa, ki te gen 19 an, te tonbe “ plezante ” avè l (Jenèz 21:8-14 ; Galat 4:29). Se yon peryòd ki te fini an 1513 anvan epòk nou an, lè Izrayelit yo te delivre anba esklavaj ann Ejip.

16:2 — Èske li te nòmal pou Sarayi mande Abram pou l pran Aga, sèvant li, kòm madanm ? Sa Sarayi te fè a te nòmal. Se konsa sa te konn fèt nan epòk la. Yon fi ki pa t ka fè pitit te oblije bay mari l yon fi sou kote yon fason pou yo te ka gen yon eritye. Poligami se yon pratik ki te kòmanse nan fanmi Kayen, yon koutim kèk sèvitè Jewova te vin adopte pi devan (Jenèz 4:17-19 ; 16:1-3 ; 29:21-28). Sepandan, Jewova te toujou kenbe prensip li te tabli depi okòmansman an : monogami, yon sèl madanm, yon sèl mari (Jenèz 2:21, 22). Li evidan, Noye ak pitit gason l yo, yo menm yo te rebay lòd pou ‘ fè pitit e pou ranpli tè a ’, yo tout te monogam (Jenèz 7:7 ; 9:1 ; 2 Pyè 2:5). E Jezi Kris te retabli menm prensip monogami an. — Matye 19:4-8 ; 1 Timote 3:2, 12.

19:8 — Èske sa te mal pou Lòt ofri Sodomit yo pou l ba yo pitit fi l yo ? Selon prensip moral ki te egziste ann Oryan, lè yon moun ap resevwa moun lakay li, li te gen responsablite pou l pwoteje moun sa a, pou l menm riske lavi l pou li si sa ta nesesè. Lòt te dispoze fè sa. Li pa t pè soti deyò al jwenn foul la, li fèmen pot la lè l fin soti e li afwonte moun yo pou kò l. Sanble lè Lòt te ofri medam li yo, li te gentan reyalize vizitè yo se te mesaje Bondye yo te ye, e petèt, nan refleksyon l, li te wè Bondye te ka pwoteje pitit li yo, menm jan li te pwoteje matant li Sara ann Ejip (Jenèz 12:17-20). Finalman, jan suit istwa a montre sa, ni Lòt ni pitit fi l yo te jwenn pwoteksyon.

19:30-38 — Èske Jewova te fèmen je sou Lòt ki te sou e ki te fè pitit ak de pitit fi li yo ? Jewova pa tolere ni relasyon seksyèl ant moun ki fanmi pre ni moun ki bwè pou yo sou (Levitik 18:6, 7, 29 ; 1 Korentyen 6:9, 10). An reyalite, Lòt pa t kontan ak “ zak ilegal ” Sodomit yo te konn ap fè (2 Pyè 2:6-8). Lefètke pitit fi Lòt yo te ba l bwè pou l sou, sa montre medam yo te konnen papa yo pa t ap dakò fè sèks ak yo si tèt li te klè. Men, antanke etranje nan peyi a, medam Lòt yo te santi se te sèl fason pou yo anpeche fanmi an disparèt. Yo mete istwa sa a nan Bib la pou montre lyen ki genyen ant Mowabit yo (desandan Mowab yo), Amonit yo (desandan Bennami yo) ansanm ak Izrayelit yo, desandan Abraram yo.

Leson pou nou menm jodi a :

13:8, 9. Abraram kite yon trè bèl egzanp pou nou nan fason pou nou regle dezakò. Nou pa ta dwe janm sakrifye relasyon pezib nou genyen ak lòt moun pou avantaj materyèl, preferans pèsonèl oswa paske nou gen ògèy.

15:5, 6. Lè Abraram te vin granmoun e li wè li potko gen yon pitit gason, li te pale de sa ak Bondye l la. Jewova, anretou, te fè l pran konfyans. Ki efè sa te vin gen sou li ? Ebyen, Abraram “ te mete lafwa l nan Jewova ”. Si nou ouvri kè nou bay Jewova nan lapriyè, nou aksepte asirans li ban nou nan Bib la e nou obeyi l, fwa nou ap vin pi solid.

15:16. Jewova kenbe kè pandan kat jenerasyon, li pa egzekite jijman l sou Amorit yo (oubyen Kananeyen yo). Pou ki rezon ? Paske li se yon Bondye ki gen pasyans. Li te ret tann jiskaske pa t gen espwa ankò pou yo chanje. Menm jan ak Jewova, nou bezwen pasyan.

18:23-33. Jewova pa detwi moun je fèmen. Li pwoteje jis yo.

19:16. Lòt te ret “ ap pèdi tan ”, e fò w ta di se trennen zanj yo te oblije trennen li menm ak fanmi l pou yo te sot nan vil Sodòm. Pandan n ap ret tann fen monn mechan an, n ap montre nou gen sajès si nou pa bliye gen ijans nan tan n ap viv la.

19:26. Ala nou ta egare si nou ta regrèt bagay nou kite dèyè nan monn nan oswa si nou ta kite bagay sa yo distrè nou !

JAKÒB GEN 12 PITIT GASON

(Jenèz 24:1–36:43)

Abraram òganize maryaj Izarak ak Rebeka, yon fi ki te gen fwa nan Jewova. Rebeka te vin fè de marasa : Jakòb ak Ezayi. Ezayi meprize dwa li te genyen antanke premye pitit la e li vann Jakòb dwa sa a. Apre sa, Jakòb resevwa benediksyon nan men papa l. Li kouri al kache yon kote ki rele Padàn Aram, e se la li te marye ak Leya e ak Rachèl. Li travay Padàn Aram pandan 20 an kòm gadyen twoupo papa medam yo, e se apre sa li menm ak fanmi l te kite zòn nan. Leya, Rachèl ansanm ak de sèvant medam yo te fè 12 pitit gason pou Jakòb e yo te fè pitit fi tou. Jakòb mare batay ak yon zanj e li te jwenn yon benediksyon, e non l te chanje, li vin rele Izrayèl.

Kesyon biblik ak tout repons :

28:12, 13 — Rèv Jakòb te fè konsènan “ nechèl ” la, ki siyifikasyon l genyen ? “ Nechèl ” sa a, petèt ki te sanble ak yon eskalye an wòch, montre gen kominikasyon ant syèl la ak tè a. Lefètke gen zanj Bondye k ap monte desann sou li, sa montre gen zanj k ap akonpli yon sèvis enpòtan ant Jewova ak moun ki gen apwobasyon l. — Jan 1:51.

30:14, 15 — Poukisa, jis pou kèk mandragò, Rachèl te vag sou yon posiblite li te genyen pou l kouche ak mari l ? Nan tan lontan, yo te konn itilize fwi sa a kòm yon kalman pou yo swa anpeche moun fè kriz swa pou yo soulaje moun ki deja gen kriz. Gen moun tou ki te kwè fwi sa a gen kapasite pou l eksite moun nan domèn seksyèl, pou l ogmante pouvwa moun genyen pou yo fè pitit e pou l pèmèt fi vin ansent pi fasil (Chan Salomon 7:13). Menmsi Bib la pa presize ki sa ki te dèyè tèt Rachèl lè l fè echanj sa a, nou ka di petèt li te panse mandragò yo ta va pèmèt li vin ansent e konsa sa ta tou retire wont sa te pote pou li dèske li pa t ka fè pitit. Sepandan, se apre plizyè ane Jewova “ ouvri matris li ”. — Jenèz 30:22-24.

Leson pou nou menm jodi a :

25:23. Jewova gen kapasite pou l wè dispozisyon jenetik yon moun anvan menm moun sa a fèt e pou l itilize presyans li pou l chwazi moun li vle pou l reyalize pwogram li. Toutfwa, li pa fikse desten chak moun alavans. — Ocheya 12:3 ; Women 9:10-12.

25:32, 33 ; 32:24-29. Sousi Jakòb te genyen pou l te jwenn dwa premye pitit la mete sou goumen li te fè ak yon zanj tout yon nuit pou l ka jwenn yon benediksyon, tout sa pwouve li se yon moun ki vrèman apresye bagay sakre. Se pa ni de ni twa bagay sakre Jewova fè nou genyen, tankou relasyon nou avè l, relasyon nou ak òganizasyon l lan, sakrifis ranson an, Labib, esperans Wayòm nan. Menm jan ak Jakòb, ann montre nou se moun ki apresye bagay sakre sa yo.

34:1, 30. Pwoblèm ki te fè yo vin ‘ rejte Jakòb ’ la te rive poutèt Dina te fè zanmi ak moun ki pa t renmen Jewova. Lè n ap chwazi ak kiyès n ap fè zanmi, nou bezwen fè sa avèk sajès.

JEWOVA BENI JOZÈF ANN EJIP

(Jenèz 37:1–50:26)

Pitit gason Jakòb yo kite jalouzi fè yo vann Jozèf, frè yo, kòm esklav. Pandan Jozèf ann Ejip, yo mete l nan prizon poutèt fidelite l e poutèt li se yon moun ki te gen kouraj pou l rete kole ak prensip moral Bondye fikse yo. Rive yon lè, yo al chèche l nan prizon pou l vin entèprete rèv Farawon te fè konsènan sèt ane kote t ap gen anpil manje ak sèt lòt ane kote t ap gen grangou. Apre sa, yo vin nome Jozèf administratè manje nan peyi Ejip. Frè l yo vin dèyè manje ann Ejip akoz grangou ki te genyen an. Fanmi an vin reyini ankò e yo tabli yo nan yon peyi yo rele Gochèn, yon peyi ki pwodui anpil. Yon ti kras tan anvan Jakòb mouri, li beni pitit gason l yo e li pwononse yon pwofesi ki bay yon esperans solid konsènan gwo benediksyon ki t ap vini nan syèk apre yo. Yo pote kò Jakòb al antere nan peyi Kanaran. Jozèf mouri a 110 an, lè sa a yo anbome kadav li e yo konsève l pou yo te ka pote l nan Latè pwomiz annapre. — Egzòd 13:19.

Kesyon biblik ak tout repons :

43:32 — Poukisa se te yon bagay detestab pou Ejipsyen yo manje ak Ebre yo ? Youn nan gwo rezon ki ka te fè sa se prejije relijyon yo te fè yo genyen, oswa ògèy yo te genyen akoz ras yo. Yon lòt bagay ankò, sèke Ejipsyen yo pa t vle wè gadyen mouton (Jenèz 46:34). Poukisa ? Se petèt tou senpleman paske yon moun ki te gadyen mouton, yo te gade l ba ann Ejip. Oubyen tou, se kapab paske Ejipsyen yo pa t renmen moun k ap chèche patiraj pou yo gade bèt alòske te tou deja pa gen anpil tè pou fè jaden.

44:5 — Èske se vre Jozèf te konn sèvi ak yon koup pou l wè sa k gen pou rive ? Ni koup ann ajan an ni sa yo di sou li a te fè pati de yon fent. Jozèf se te yon sèvitè Jewova fidèl. Li pa t sèvi ak koup la vre pou l wè sa k gen pou rive, menm jan Benjamen pa t okenn vòlè l vre.

49:10 — Ki sa ekspresyon “ baton wa a ” vle di ? E “ baton kòmandan an ”, ki sa l vle di ? Baton wa a se baton yon dirijan kenbe nan men l kòm senbòl ki montre otorite l antanke wa. Tandiske, baton kòmandan an se yon bagèt ki montre pouvwa li genyen pou l kòmande. Lè Jakòb te pale de bagay sa yo, li te vle montre ni otorite ni pouvwa se nan tribi Jida a sa ap chita, jiskaske Chilo vini. Chilo sa a se desandan Jida, se Jezi Kris, li menm Jewova konfye yon dominasyon selès. Kris gen tout otorite antanke wa, e li gen pouvwa tou pou l kòmande. — Sòm 2:8, 9 ; Izayi 55:4 ; Danyèl 7:13, 14.

Leson pou nou menm jodi a :

38:26. Jida te mal aji ak bèlfi l Tama, ki te vèv. Sepandan, lè l te vin wè se pou li Tama ansent, avèk imilite, li te rekonèt tò l. Nou menm tou, nou ta fèt pou nou rekonèt tò nou rapidman.

39:9. Jan Jozèf te reponn madan Potifa a montre, nan domèn moralite, li te wè bagay yo egzakteman menm jan ak Jewova, e sa montre se prensip Bondye yo ki t ap gide konsyans li. Èske nou menm tou nou pa ta dwe goumen pou nou fè menm jan an ofiramezi konesans nou genyen sou laverite ap ogmante ?

41:14-16, 39, 40. Jewova gen pouvwa pou l chanje yon sitiyasyon nèt an favè moun ki gen krentif pou li. Lè gwo pwoblèm met pye, n ap montre nou se moun ki saj si nou mete konfyans nou nan Jewova e nou rete fidèl devan l.

Yo te gen yon fwa ki pa t janm febli

Abraram, Izarak, Jakòb ak Jozèf se yon seri de moun ki te gen lafwa toutbon nan Bondye e ki te gen krentif pou li. Istwa mesye sa yo nou jwenn nan liv Jenèz la ka fòtifye fwa nou e yo gen anpil bèl leson pou nou.

Nou ka tire anpil pwofi nan istwa sa yo lè nou fè lekti Labib pou semèn nan nan kad pwogram Lekòl ministè teyokratik la. Si nou egzamine pwen sa yo, sa ap rann istwa a vivan.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Gade atik “ La Parole de Jéhovah est vivante : Points marquants du livre de la Genèse — I ”, ki te parèt nan La Tour de Garde 1ye janvye 2004.

[Foto nan paj 29]

Abraram se yon moun ki te gen lafwa.

[Foto nan paj 29]

Jewova te beni Jozèf.

[Foto nan paj 29]

Yo te prezève lavi Lòt, yon nonm ki te jis, ansanm ak pitit fi l yo.

[Foto nan paj 32]

Jakòb te montre li apresye bagay sakre. E ou menm ?