Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon “ esklav ” ki alafwa fidèl e prevwayan

Yon “ esklav ” ki alafwa fidèl e prevwayan

Yon “ esklav ” ki alafwa fidèl e prevwayan

“ Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an, mèt li tabli sou domestik li yo ? ” — MATYE 24:45.

1, 2. Poukisa jodi a li endispansab pou nou resevwa manje espirityèl regilyèman ?

MADI ki te 11 Nizan ane 33 nan epòk nou an, nan aprèmidi, disip Jezi yo te poze l yon kesyon ki gen yon gwo siyifikasyon pou nou jodi a. Yo te mande l : “ Ki siy k ap siy prezans ou ak fen sistèm de choz la ? ” Nan repons Jezi te ba yo a, li te pwononse yon pwofesi estrawòdinè. Li te pale de yon epòk ki t ava toumante anpil, kote t ap gen lagè, grangou, tranblemanntè ak maladi. E tout bagay sa yo se t ap sèlman “ kòmansman doulè yo ”. Sitiyasyon an ta gen pou l vin pi mal. Èske se pa efreyan ! — Matye 24:3, 7, 8, 15-22 ; Lik 21:10, 11.

2 Depi 1914, pifò aspè nan pwofesi Jezi a deja akonpli. Tout kalite “ doulè ” tonbe devan dèyè sou limanite. Sepandan, vrè kretyen yo pa bezwen pè. Jezi te pwomèt yo l ap ba yo manje espirityèl ki nourisan pou fòtifye yo. Piske kounye a se nan syèl la Jezi ye, ki dispozisyon li pran pou nou menm ki sou tè a ka resevwa manje espirityèl nou bezwen ?

3. Ki dispozisyon Jezi te pran pou nou ka resevwa “ manje nan moman apwopriye ” ?

3 Jezi te atire atansyon sou repons kesyon sa a. Pandan li t ap bay pwofesi estrawòdinè a, men ki kesyon li te poze : “ Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an, mèt li tabli sou domestik li yo, pou ba yo manje pa yo nan moman apwopriye ? ” Apre sa li di : “ Byennere esklav sa a si, lè mèt la rive, li jwenn se sa l ap fè ! Vrèman mwen di nou sa : Li va tabli l sou tout byen l. ” ​(Matye 24:45-47). Wi, yo t ap deziyen yon “ esklav ” pou bay manje espirityèl, yon “ esklav ” ki t ap alafwa fidèl prevwayan. Èske esklav sa a t ap yon sèl moun ? Oubyen èske esklav sa a t ap yon moun, apre lanmò l yon lòt moun t ap ranplase l epi sa t ap kontinye konsa ? Oubyen èske esklav sa a t ap yon lòt bagay ? Etandone esklav fidèl la ap bay yon manje espirityèl nou bezwen anpil, nou gen enterè chèche jwenn repons kesyon sa yo.

Yon sèl moun oswa yon gwoup moun ?

4. Kòman nou fè konnen “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pa kapab yon sèl moun ?

4 “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” pa kapab yon sèl moun. Poukisa nou di sa ? Se paske esklav la t ap kòmanse bay manje espirityèl depi nan premye syèk la, e selon sa Jezi di, li t ap kontinye bay manje toujou tout lè Mèt la rive an 1914. Sa vle di sèl grenn moun sa a t ap kontinye sèvi fidèlman pandan anviwon 1900 ane. Menm Metouchela pa t viv tout tan sa a ! — Jenèz 5:27.

5. Esplike poukisa ekspresyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pa aplike pou chak kretyen an patikilye ?

5 Alò, èske ekspresyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ta kapab aplike pou chak kretyen an patikilye ? Se vre tout kretyen dwe fidèl e yo dwe prevwayan. Sepandan, lè Jezi te pale de “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, li klè se yon lòt bagay ki te nan tèt li. Kòman nou fè konn sa ? Se paske li te di “ lè mèt la rive ”, li t ap etabli esklav la “ sou tout byen l ”. Kòman yo t ap fè etabli chak kretyen sou tout bagay, sou “ tout ” byen Seyè a ? Sa enposib !

6. Kòman nasyon Izrayèl te òganize pou l ka sèvi antanke “ sèvitè ”, oubyen antanke “ esklav ” Bondye ?

6 Men sèl konklizyon lojik ki rete : lè Jezi t ap pale de “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, se de yon gwoup kretyen li t ap pale. Èske li posib pou se yon gwoup moun ki konpoze esklav sa a ? Wi, li posib. Sèt san ane anvan Kris te vin sou tè a, Jewova te di tout nasyon Izrayèl la yo se ‘ temwen l ’, li te di yo se ‘ sèvitè pa l li chwazi ’. (Izayi 43:10.) Tout moun nan nasyon Izrayèl la, soti depi lè yo te resevwa Lalwa Moyiz la nan ane 1513 anvan epòk nou an, rive nan Pannkòt ane 33 nan epòk nou an, yo tout te fè pati gwoup sèvitè sa a. Epoutan, pifò Izrayelit pa t konn patisipe dirèkteman nan administrasyon nasyon an, ni yo pa t konn patisipe nan pwogram ansèyman espirityèl yo. Jewova te itilize wa, jij, pwofèt, prèt ansanm ak Levit yo pou yo okipe yo de travay sa yo. Toutfwa, antanke nasyon, Izrayèl te reprezante souvrènte Jewova epi yo te fè louwanj pou li pami lòt nasyon yo. Chak Izrayelit te dwe yon temwen Jewova. — Detewonòm 26:19 ; Izayi 43:21 ; Malaki 2:7 ; Women 3:1, 2.

Yon “ sèvitè ” yo ranvwaye

7. Poukisa nasyon Izrayèl te diskalifye antanke “ sèvitè ” Bondye ?

7 Piske se pèp Izrayèl ki te “ sèvitè ” Bondye depi plizyè syèk, èske se li ki te esklav Jezi te pale a ? Non, paske malerezman pèp Izrayèl pa t ni fidèl ni prevwayan. Pòl rezime sitiyasyon an lè l site yon pawòl Jewova te di nasyon an. Men sa Pòl te di : “ Yo blasfeme non Bondye nan mitan nasyon yo akoz nou menm. ” ​(Women 2:24). Wi, Izrayèl te fè anpil zak rebelyon e, lè li te rejte Jezi, se te twòp atò, Jewova te tou rejte l. — Matye 21:42, 43.

8. Ki lè yon lòt “ sèvitè ” te vin ranplase pèp Izrayèl, e nan ki sikonstans sa te fèt ?

8 Se pa paske Izrayèl, “ sèvitè ” a, te enfidèl ki fè adoratè fidèl Jewova yo pa t ap janm jwenn manje espirityèl ankò. Senkant jou apre rezirèksyon Jezi, nan Pannkòt ane 33 nan epòk nou an, yon nasyon tounèf te pran nesans lè lespri sen te tonbe sou anviwon 120 disip ki te reyini nan yon chanmòt nan Jerizalèm. Menm kote a, moun ki manm nasyon tounèf sa a te kòmanse pwoklame nesans nasyon an, yo te kòmanse pale de “ bèl bagay Bondye fè yo ” ak moun ki te abite Jerizalèm (Travay 2:11). Kidonk, se nasyon tounèf sa a, yon nasyon espirityèl, ki te vin tounen “ sèvitè ” ki t apral pwoklame laglwa Jewova pami nasyon yo e ki t apral bay manje nan moman apwopriye (1 Pyè 2:9). Yo vin byen fèt rele nasyon sa a “ Izrayèl Bondye a ”. — Galat 6:16.

9. a) Ki moun ki konpoze “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ? b) Kiyès ki “ domestik ” yo ?

9 Se sèlman kretyen ki vwe tèt yo bay Bondye, ki batize, ki wen ak lespri sen e ki gen esperans selès ki fè pati “ Izrayèl Bondye a ”. Kidonk, “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, se tout moun ki fè pati nasyon espirityèl sa a antanke gwoup, nan kèlkeswa epòk yo t ap viv sou tè a, soti nan ane 33 nan epòk nou an rive jiska kounye a, menm jan tout Izrayelit ki t ap viv soti nan ane 1513 anvan epòk nou an rive nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, yo tout te fè pati klas sèvitè ki te egziste anvan epòk kretyen yo. Kounye a, e “ domestik ” k ap resevwa manje espirityèl nan men esklav la, kiyès yo ye ? Nan premye syèk epòk nou an, tout kretyen te gen esperans pou y al nan syèl. Sa vle di, domestik yo se te menm kretyen wen yo ankò, pa antanke gwoup, men yo chak apa. Tout kretyen wen yo, menm sa ki te gen responsablite nan kongregasyon an, te bezwen manje espirityèl nan men esklav la. — 1 Korentyen 12:12, 19-27 ; Ebre 5:11-13 ; 2 Pyè 3:15, 16.

“ Li ba yo chak travay pa yo ”

10, 11. Kòman nou fè konnen tout moun ki fè pati klas esklav la pa gen menm travay ?

10 Se vre, se “ Izrayèl Bondye a ” ki esklav fidèl ki prevwayan an, e li gen yon travay ki byen defini, men chak moun ki ladan l gen pwòp responsablite pa yo. Pawòl Jezi di nan Mak 13:34 la montre sa. Men sa l di : “ Se tankou yon nonm ki pral nan peyi etranje, k ap kite kay li e ki bay esklav li yo pouvwa. Li ba yo chak travay pa yo, e li bay pòtye a lòd pou l kontinye veye. ” Konsa, chak moun ki fè pati klas esklav la gen yon travay : yo gen pou yo fè byen Kris gen sou tè a vin pi plis. Y ap reyalize travay sa a selon kapasite yo ak posiblite yo genyen. — Matye 25:14, 15.

11 Annapre, apot Pyè te di kretyen wen ki t ap viv nan epòk li a pawòl sa yo : “ Selon sa chak moun resevwa kòm don, itilize li pou youn sèvi lòt, tankou bon entandan favè Bondye moun pa merite a, yon favè ki manifeste divès fason. ” ​(1 Pyè 4:10). Donk, kretyen wen yo gen responsablite pou yo itilize don Bondye ba yo pou youn sèvi lòt. Men tou, pawòl Pyè yo montre tout kretyen pa gen menm kapasite, yo pa gen menm responsablite, yo pa gen menm privilèj. Sepandan, chak moun ki konpoze klas esklav la ta dwe patisipe yon fason kanmenm pou fè nasyon espirityèl sa a vin pi plis. Kòman yo ta dwe fè sa ?

12. Ki jan chak moun ki fè pati klas esklav sa a, menmsi l se gason menmsi l se fi, te patisipe pou fè kantite moun ki fè pati esklav la vin pi plis ?

12 Toudabò, yo chak ta dwe yon temwen pou Jewova, yon temwen k ap preche bon nouvèl Wayòm nan (Izayi 43:10-12 ; Matye 24:14). Yon ti tan anvan Jezi te monte nan syèl, li te pase tout disip li yo lòd, ni gason ni fi, pou yo anseye lòt moun. Men sa li te di yo : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout kòmandman mwen ban nou. Epi gade, mwen avèk nou chak jou jiskaske sistèm de choz la fini. ” — Matye 28:19, 20.

13. Ki privilèj tout kretyen wen te genyen ?

13 Lè disip yo jwenn nouvo disip, yo ta dwe byen anseye yo pou yo obsève tout kòmandman Kris te ba yo. Rive yon lè, moun ki koute yo t ap vin kalifye pou anseye lòt moun. Te vin gen manje espirityèl nourisan pou moun ki ta gen pou vin fè pati klas esklav la nan anpil nasyon. Konsa, tout kretyen wen, ni fi ni gason, te patisipe nan misyon yo genyen pou yo fè disip la (Travay 2:17, 18). Travay sa a te kòmanse depi lè esklav la fèk kòmanse travay li e li ta dwe kontinye jis nan fen sistèm de choz la.

14. Ki moun sèlman ki gen privilèj anseye nan kongregasyon an, e ki jan medam fidèl ki wen yo twouve sa ?

14 Moun ki te fèk batize e ki te wen ak lespri sen te vin fè pati esklav la. Kèlkeswa moun ki te anseye yo anpremye, nouvo disip sa yo ta pral kontinye resevwa enstriksyon nan men moun nan kongregasyon an ki kalifye selon Ekriti yo pou sèvi kòm ansyen (1 Timote 3:1-7 ; Tit 1:6-9). Donk, mesye nome sa yo te gen privilèj pou ede nasyon an grandi yon fason espesyal. Kretyèn fidèl ki wen yo pa fè okenn jalouzi poutèt se gason sèlman ki asiyen pou anseye nan kongregasyon an (1 Korentyen 14:34, 35). Okontrè, yo byen kontan yo gen posiblite pou yo tire pwofi nan kokenn travay frè nan kongregasyon an ap fè e yo rekonesan pou privilèj ki ouvri devan medam yo pou yo pote levanjil la bay lòt moun. Jodi a tou, sè zele ki wen yo demontre menm imilite a, kit ansyen yo se frè ki wen, kit yo pa wen.

15. Site youn nan prensipal sous nouriti espirityèl la o premye syèk, e di kiyès ki te pran latèt pou bay li.

15 Nan premye syèk la, nouriti espirityèl de baz la te soti dirèkteman nan lèt apot yo te ekri oswa nan lèt lòt disip ki te alatèt yo te konn ekri. Lèt sa yo, patikilyèman sa nou jwenn pami 27 liv enspire ki konpoze Ekriti grèk yo, te pase nan tout kongregasyon yo e, pa gen dout sou sa, yo te sèvi kòm baz ansèyman ansyen nan kongregasyon yo. Konsa, moun sa yo ki reprezante esklav la te bay kretyen sensè yo manje espirityèl ki nourisan ann abondans. Nan premye syèk la, klas esklav la te akonpli misyon l ak fidelite.

“ Esklav ” la apre 19 syèk

16, 17. Kòman klas esklav la montre li fidèl nan fason li t ap akonpli travay li tout anvan 1914 ?

16 E pou jodi a ? Lè prezans Jezi a te kòmanse an 1914, èske li te jwenn yon gwoup kretyen wen k ap bay manje fidèlman nan moman apwopriye ? Wi, li te jwenn. Li te fasil pou idantifye gwoup moun sa yo parapò ak bèl fwi yo t ap pwodui (Matye 7:20). E depi lè a, listwa montre se yo menm vre ki esklav la.

17 Lè Jezi te vini, te gen anviwon 5 000 domestik ki t ap preche verite ki nan Bib la. Ouvriye yo pa t anpil, men esklav la te itilize yon bann mwayen orijinal pou gaye bon nouvèl la (Matye 9:38). Pa egzanp, yo te konn pibliye yon seri ti atik biblik yo rele sèmon nan plis pase 2 000 jounal. Metòd sa a te pèmèt verite ki nan Pawòl Bondye a touche plizyè dizèn milye lektè alafwa. Anplis de sa, yo te prepare yon pwogram ki te dire uit èdtan. Pwogram sa a te gen ladan l dyapozitiv an koulè ansanm ak fim. Grasa prezantasyon orijinal sa yo, mesaj ki nan Bib la, soti depi nan kòmansman kreyasyon an rive nan fen Rèy mil an Kris la, te rive atenn plis pase 9 milyon moun sou twa kontinan. Lòt mwayen yo te itilize ankò, se te piblikasyon yo. Pa egzanp, an 1914, yo te pibliye anviwon 50 000 Toudegad.

18. Ki lè Jezi te etabli esklav la sou tout byen li yo, e poukisa ?

18 Vrèman, lè Mèt la rive, li jwenn esklav fidèl li a k ap nouri domestik li yo seryezman e anmenmtan k ap preche bon nouvèl la. Kounye a, gen pi gwo responsablite k ap ret tann esklav la. Men sa Jezi te di : “ Vrèman mwen di nou sa : Li va tabli l sou tout byen l. ” ​(Matye 24:47). Se sa Jezi te fè an 1919, apre esklav la te fin pase anba yon peryòd eprèv. Men, poukisa “ esklav fidèl ki prevwayan an ” resevwa pi gwo responsablite ? Se paske byen Mèt la vin ogmante. Yo te bay Jezi pouvwa a antanke Wa an 1914.

19. Esplike ki jan yo pran swen “ gwo foul moun ” nan espirityèlman.

19 Sou ki byen sa yo Mèt la ki fèk resevwa kouwòn nan etabli esklav fidèl la ? Sou tout byen espirityèl Li genyen sou tè a. Pa egzanp, anviwon 20 an apre Kris fin resevwa twòn nan an 1914, yo vin idantifye yon “ gwo foul moun ” ki fè pati “ lòt mouton ” yo (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16). Moun sa yo se pa moun wen ki fè pati “ Izrayèl Bondye a ” yo ye, men se gason ak fi fidèl ki gen esperans pou yo viv sou tè a, ki renmen Jewova e ki vle sèvi l menm jan ak moun ki wen yo. Annefè, men pawòl moun sa yo di “ esklav fidèl ki prevwayan an ” : “ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ” ​(Zekarya 8:23). Kretyen ki fèk batize sa yo resevwa menm manje espirityèl nourisan ansanm ak domestik yo, ki wen yo menm, e depi lè a, de gwoup sa yo manje ansanm sou menm tab espirityèl. Ala yon privilèj sa ye pou moun ki nan “ gwo foul moun ” nan !

20. Ki wòl “ gwo foul moun ” nan jwe nan ogmantasyon byen Seyè a ?

20 “ Gwo foul moun ” nan byen kontan met ansanm ak klas esklav la pou yo preche bon nouvèl la. Etandone y ap preche, sa fè byen Mèt la genyen sou tè a vin ogmante, e sa vin bay “ esklav fidèl ki prevwayan an ” plis responsablite. Piske kantite moun k ap chèche laverite ap ogmante, demann piblikasyon yo vin ogmante tou, konsa vin gen bezwen pi gwo enprimri pou satisfè tout demann sa yo. Yo kòmanse met filyal Temwen Jewova nan plizyè peyi youn dèyè lòt. Yo voye misyonè “ jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a ”. (Travay 1:8.) An 1914, te gen apeprè 5 000 kretyen wen, men jodi a, gen plis pase sis milyon moun k ap bay Bondye louwanj, e pifò ladan yo se manm “ gwo foul moun ” nan yo ye. Wi, se vre, depi lè yo fin kouwone Wa a an 1914, se miltipliye byen l yo ap miltipliye !

21. Ki de parabòl nou pral egzamine nan etid n ap fè apre sa a ?

21 Tout sa nou sot egzamine la yo montre esklav la te alafwa ‘ fidèl e prevwayan ’. Imedyatman apre Jezi fin pale konsènan “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, li bay de parabòl ki souliye de kalite yo : se parabòl vyèj sòt yo ak vyèj prevwayan yo ansanm ak parabòl sou talan yo (Matye 25:1-30). Nou anvi egzamine yo, pa vre ? Ki sa parabòl sa yo vle di pou nou jodi a ? Nou pral egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

Ki sa w panse ?

• Kiyès ki konpoze “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ?

• Kiyès “ domestik ” yo ye ?

• Ki lè yo te etabli esklav fidèl la sou tout byen Seyè a, e poukisa se lè sa a sa te fèt ?

• Nan dènye dizèn ane ki pase yo, kiyès ki te bay èd yo pou byen Seyè a ogmante, e kòman yo te fè sa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Nan premye syèk la, esklav la te fidèl nan travay li.