Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Akonpli ministè w nèt ”

“ Akonpli ministè w nèt ”

“ Akonpli ministè w nèt ”

“ Akonpli ministè w nèt. ” — 2 TIMOTE 4:5.

1, 2. Byenke tout kretyen se evanjelizatè, ki sa Ekriti yo egzije de ansyen yo ?

ÈSKE w se yon pwoklamatè Wayòm nan ? Si wi, di Jewova mèsi pou bèl privilèj sa a. Èske w se yon ansyen nan kongregasyon an ? Se yon privilèj anplis Jewova ba ou. Men, nou pa dwe janm bliye se pa paske okenn nan nou fè gwo klas, ni se pa paske nou konn pale byen ki fè nou kalifye pou ministè a, oswa ki fè nou kalifye pou nou sèvi kòm siveyan nan kongregasyon an. Se Jewova ki kalifye nou pou ministè a, e se paske kèk nan frè nou yo satisfè egzijans Bib la fè yo ki fè yo gen privilèj pou yo sèvi antanke siveyan. — 2 Korentyen 3:5, 6 ; 1 Timote 3:1-7.

2 Tout kretyen ki vwe vi yo bay Bondye ap fè travay yon evanjelizatè, men siveyan yo espesyalman, sètadi ansyen yo, bezwen bay bon egzanp nan ministè a. Ni Bondye, ni Kris, remake ansyen k ap “ travay di nan pawòl la ak nan ansèyman ”, menm jan lòt Temwen Jewova parèy yo remake yo (1 Timote 5:17 ; Efezyen 5:23 ; Ebre 6:10-12). Ansèyman yon ansyen dwe toujou pwofitab espirityèlman pou moun k ap koute l, paske men sa Pòl te di Timote, yon siveyan : “ Gen yon moman k ap rive kote yo pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi yo, yo va rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou satiyèt zòrèy yo. E yo va detounen zòrèy yo pou yo pa tande laverite, alòske y ap vire al koute lejann. Men ou menm, konsève bon sans ou nan tout bagay, sipòte sa ki mal, fè travay yon evanjelizatè, akonpli ministè w nèt. ” — 2 Timote 4:3-5.

3. Ki sa yon ansyen dwe fè pou fo ansèyman pa menase espirityalite kongregasyon an ?

3 Pou yon ansyen asire l fo ansèyman pa menase espirityalite kongregasyon an, li dwe aplike konsèy Pòl te bay la. Men ki sa l te di : “ Konsève bon sans ou nan tout bagay, [...] akonpli ministè w nèt. ” ​(2 Timote 4:5). Wi, yon ansyen dwe ‘ akonpli ministè l nèt ’, li dwe akonpli l konplètman. Yon ansyen ki akonpli ministè l nèt okipe l de tout responsablite l kòmsadwa, li pa neglije okenn ladan yo, ni li pa fè yo a mwatye. Yon frè konsa fidèl menm nan bagay ki piti. — Lik 12:48 ; 16:10.

4. Ki sa k ka ede nou akonpli ministè nou nèt ?

4 Pou nou akonpli ministè nou nèt, sa pa toujou vle di nou oblije pase plis tan nan ministè nou, men sa mande pito pou nou byen jere tan nou. Si nou konstan e si nou regilye, sa ap ede nou akonpli tout aspè ki genyen nan ministè a. Pou yon ansyen pase plis tan nan predikasyon, li bezwen byen òganize aktivite l, pou l gen yon pwogram ki ekilibre, pou l konnen ki sa pou l konfye bay lòt moun e ki jan pou l fè sa (Ebre 13:17). Natirèlman, yon ansyen serye ap bay èd pa l tou, menm jan Neyemya te patisipe pèsonèlman nan rekonstwi miray Jerizalèm yo (Neyemya 5:16). Anfèt, tout sèvitè Jewova nèt dwe patisipe regilyèman nan travay predikasyon Wayòm nan. — 1 Korentyen 9:16-18.

5. Ki jan nou dwe konsidere ministè a ?

5 Ala yon misyon ki bay kè kontan nou genyen se misyon pou nou preche Wayòm nan, Wayòm ki etabli nan syèl la ! Pa gen dout, nou cheri privilèj nou genyen pou nou preche bon nouvèl la sou tout latè ki abite anvan lafen an vini (Matye 24:14). Byenke nou enpafè, nou ka jwenn ankourajman nan pawòl Pòl yo kote li di : “ Nou gen trezò sa a [anpalan de ministè a] nan ja ki fèt an tè, poutèt pou pisans ki depase sa ki nòmal la, kapab pisans Bondye, e non pa pisans ki soti nan nou. ” ​(2 Korentyen 4:7). Wi, se sèlman si Bondye ban nou fòs ak sajès n ap kapab ba li yon sèvis li apwouve. — 1 Korentyen 1:26-31.

Annou reflete glwa Bondye

6. Ki diferans ki genyen ant Izrayèl selon lachè a ak Izrayèl espirityèl la ?

6 Pandan Pòl t ap pale de kretyen wen yo, li te di se Bondye ki ‘ kalifye yo kòmsadwa pou yo vin minis yon nouvèl alyans ’. Apot la te etabli yon diferans ant nouvèl alyans lan, alyans ki te fèt ak Izrayèl espirityèl la e ki te gen Jezi Kris kòm medyatè, ak ansyen alyans lan, alyans Lalwa ki te fèt ak Izrayèl selon lachè a e ki te gen Moyiz kòm medyatè. Apre sa, Pòl di lè Moyiz desann mòn Sinayi a avèk wòch plat yo, wòch ki gen Dis Kòmandman yo ekri sou yo, figi l te tèlman klere, Izrayelit yo pa t ka fikse je yo sou li. Avèk letan, gen yon bagay pi grav ki te rive, paske ‘ kapasite mantal yo te vin wouye ’ e te vin gen yon vwal ki kouvri kè yo. Sepandan, lè yon moun tounen vin jwenn Jewova ak tout kè l, vwal sa a vin soti. Men sa Pòl vin di apre sa, anpalan de ministè yo konfye moun ki nan nouvèl alyans lan : “ Nou tout, [...] nou reflete glwa Jewova tankou glas ak vizaj nou tou dekouvri. ” ​(2 Korentyen 3:6-8, 14-18 ; Egzòd 34:29-35). “ Lòt mouton ” Jezi yo k ap viv jodi a gen privilèj tou pou yo reflete glwa Jewova. — Jan 10:16.

7. Ki jan lèzòm fè reflete glwa Bondye ?

7 Ki jan lèzòm, byenke yo pechè, fè reflete glwa Bondye, alòske pèsonn pa ka wè fas Bondye pou l ret vivan (Egzòd 33:20) ? Ebyen, se paske glwa sa a non sèlman li nan Jewova, men tou, li nan pwogram li genyen pou l defann dwa l kòm Chèf Souvren pa mwayen Wayòm li an. Verite konsènan Wayòm nan fè pati “ bèl bagay Bondye fè ”, e se moun ki te resevwa lespri sen yo nan Pannkòt ane 33 epòk nou an ki te kòmanse pwoklame bagay sa yo (Travay 2:11). Grasa direksyon lespri sen, yo te anmezi pou yo akonpli ministè yo te konfye yo a nèt. — Travay 1:8.

8. Ki detèminasyon Pòl te genyen anrapò ak ministè a ?

8 Pòl te detèmine pou l pa kite anyen anpeche l akonpli ministè l nèt. Men sa l te ekri : “ Etandone se paske yo te fè nou mizèrikòd ki fè nou gen ministè sa a, nou pa abandone. Men, nou abandone bagay kache ki fè moun wont yo, pandan nou pap mache nan riz, ni nonplis nou pap chanje pawòl Bondye a, men, toutpandan n ap rann laverite a klè, nou rekòmande tèt nou bay konsyans chak moun an prezans Bondye. ” ​(2 Korentyen 4:1, 2). Se grasa “ ministè ” Pòl pale de li la a laverite te vin klè e limyè espirityèl te vin etann li.

9, 10. Ki jan li posib pou nou reflete glwa Jewova ?

9 Konsènan Moun ki Sous ni limyè fizik ni limyè espirityèl la, men sa Pòl te ekri : “ Paske se Bondye ki te di : ‘ Se pou limyè briye nan fènwa ’, e li te briye nan kè nou pou l klere yo avèk ekla konesans Bondye a grasa vizaj Kris. ” ​(2 Korentyen 4:6 ; Jenèz 1:2-5). Piske yo ban nou privilèj san parèy sa a pou nou minis Bondye, annou rete pwòp pou nou ka reflete glwa Jewova tankou glas.

10 Moun ki nan fènwa espirityèl yo pa kapab wè glwa Jewova ni yo pa kapab wè reflè glwa sa a ki soti nan Jezi Kris, Gran Moyiz la. Men, antanke sèvitè Jewova, nou resevwa limyè glorye ki soti nan Bib la, e nou reflete l bay lòt moun. Pou moun ki nan fènwa espirityèl yo ka chape anba destriksyon an, yo bezwen limyè ki soti nan Bondye. Se poutèt sa, avèk zèl e avèk anpil kè kontan, nou obeyi kòmandman Bondye ban nou pou nou kite limyè nou briye nan fènwa, yon bagay ki pote glwa pou Jewova.

Annou kite limyè nou briye nan domèn etid biblik

11. Ki sa Jezi te di konsènan limyè nou nou ta dwe kite briye ? Bay yon fason nou ka fè sa nan ministè nou.

11 Men ki pawòl Jezi te di disip li yo : “ Nou se limyè monn nan. Yon vil pa kapab kache si se sou tèt mòn li ye. Moun pa limen lanp pou yo mete l anba yon pànye pou mezire, men yo mete l sou yon pòtlanp, e li klere tout moun ki nan kay la. Menm jan an, se pou limyè nou klere devan lèzòm, pou yo ka wè bèl aksyon nou fè epi pou yo bay Papa nou ki nan syèl la glwa. ” ​(Matye 5:14-16). Bon konduit nou genyen ka pouse lòt moun vin bay Bondye glwa (1 Pyè 2:12). Plizyè fasèt ki gen nan travay evanjelizasyon nou an ofri nou anpil okazyon pou nou kite limyè nou briye. Youn nan prensipal objektif nou genyen se pou nou reflete limyè espirityèl ki soti nan Pawòl Bondye a lè nou efikas nan etid biblik n ap kondui yo. Se yon bon mwayen pou nou akonpli ministè nou nèt. Ki sa ki ka ede nou pou nou byen kondui etid nou yo yon fason pou nou touche kè moun k ap chèche laverite yo ?

12. Ki wòl lapriyè jwe nan aktivite kondui etid biblik la ?

12 Lè nou priye Jewova, sa montre se toutbon nou vle gen yon etid. Sa demontre tou nou konnen ki enpòtans sa genyen pou nou ede lòt moun vin gen konesans sou Bondye (Ezekyèl 33:7-9). Jewova pap manke pa reponn priyè nou yo, e li pap manke pa beni efò nou fè ak tout kè nou nan ministè a (1 Jan 5:14, 15). Men nou pap priye sèlman pou nou jwenn yon moun pou nou etidye Labib avè l. Apre nou fin jwenn etid la, nou dwe priye e nou dwe reflechi pou nou wè nan ki domèn presi moun nan bezwen èd, sa ap ede nou pou nou efikas chak fwa n ap kondui etid la. — Women 12:12.

13. Ki sa ki ka ede nou efikas lè n ap kondui etid biblik ?

13 Pou nou efikas lè n ap kondui etid biblik, nou dwe byen prepare nou chak fwa nou pral fè etid la. Si nou santi nou yon ti jan pa alawotè, li ta bon pou nou obsève ki jan siveyan etid liv nou ye a kondui etid la chak semèn. Pafwa tou, nou kapab akonpaye pwoklamatè ki jwenn bon rezilta nan domèn etid biblik. Anplis de sa, nou dwe konsidere etadespri Jezi te genyen ansanm ak metòd ansèyman li yo.

14. Ki sa nou ka fè pou nou rive touche kè etidyan nou yo ?

14 Se te tout plezi Jezi pou l fè volonte Papa l ki nan syèl la e li te renmen pale de Bondye ak lòt moun (Sòm 40:8). Li te gen dousè e li te reyisi touche kè moun ki te konn koute l yo (Matye 11:28-30). Kidonk, annou fè efò pou nou touche kè etidyan nou yo. Pou nou fè sa, chak fwa nou pral fè etid, nou bezwen prepare etid yo e nou bezwen sonje sitiyasyon pèsonèl chak etidyan lè n ap fè preparasyon an. Pa egzanp, si moun nan te leve nan yon kontèks kote moun yo pa twò dakò ak Bib la, petèt n ap oblije konvenk li pawòl ki nan Bib la se laverite. Nan ka sa a, n ap oblije li anpil vèsè avè l e n ap oblije esplike l vèsè sa yo.

Ede etidyan yo pou yo konprann egzanp yo

15, 16. a) Ki jan nou ka ede yon etidyan ki pa konprann yon egzanp Bib la itilize ? b) Ki sa nou ka fè si yon etidyan pa fin konprann yon egzanp ki nan piblikasyon nou yo ?

15 Yon etidyan gendwa pa abitye ak yon egzanp Bib la itilize. Pa egzanp, li gendwa pa konprann sa Jezi te vle di lè l t ap pale de lanp yo fèt pou mete sou yon pòtlanp (Mak 4:21, 22). Nan egzanp sa a, Jezi t ap pale de yon ansyen lanp ki sèvi ak luil e ki gen yon mèch pou limen l. Yo te konn met lanp sa yo sou yon etajè espesyal, e konsa li t ap kapab klere yon pati nan kay la. Si w fè rechèch sou ribrik “ lampe ” oubyen “ porte-lampe ” nan piblikasyon tankou Étude perspicace des Écritures, w ap kapab esplike l egzanp Jezi a san pwoblèm. * Lè w ap kondui yon etid, ou bay etidyan an yon esplikasyon epi ou wè li konprann opwen li kontan esplikasyon an, ala satisfaksyon sa bay !

16 Piblikasyon nou sèvi pou nou etidye ak moun yo gendwa gen yon egzanp ki difisil pou kèk etidyan konprann. Nou dwe pran tan nou pou nou esplike l egzanp lan, oubyen nou dwe pran yon lòt egzanp pou l ka konprann pwen an. Petèt yon piblikasyon ap souliye jan li enpòtan nan yon maryaj pou yon moun gen yon bon konjwen, pou toule de ap fè efò pou youn soutni lòt. Kòm egzanp sou pwen sa a, piblikasyon an ka pale de yon moun ki pandye anlè nan yon trapèz, e ki lage kò l pandan l ap fè soperiye. Moun sa a depann de patnè l pou atrap li. Si egzanp sa a pa klè pou etidyan an, nou ka pran egzanp yon bann travayè k ap voye bwat youn bay lòt, k ap kowopere youn ak lòt pou dechaje yon kamyon. Egzanp sa a ka montre l enpòtans yon bon konjwen genyen nan yon maryaj, kote youn ap soutni lòt.

17. Ki sa Jezi aprann nou nan fason li te konn itilize egzanp ?

17 Pou nou bay yon lòt egzanp, sa mande pou n te prepare alavans. Toutfwa, sa montre sousi nou genyen pou etidyan an. Jezi te konn bay egzanp ki senp pou l esplike sijè ki difisil. Sèmon sou montay la gen egzanp ki montre sa, e Bib la fè nou konprann ansèyman Jezi yo te gen bon efè sou moun ki t ap koute l yo (Matye 5:1–7:29). Avèk pasyans, Jezi te konn bay moun yo esplikasyon paske li te enterese toutbon nan yo. — Matye 16:5-12.

18. Ki sa yo ankouraje nou fè ak vèsè ki site nan piblikasyon nou yo ?

18 Enterè nou genyen pou moun yo ap pouse nou pou nou ‘ rezone avèk yo dapre Ekriti yo ’. (Travay 17:2, 3.) Sa mande pou nou priye lè n ap etidye e pou nou byen sèvi ak piblikasyon “ entandan fidèl la ” ban nou (Lik 12:42-44). Pa egzanp, liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la mansyone anpil vèsè. * Men, pou yo pa pran twòp espas, se apèn kèk ladan yo yo tou site. Pandan n ap fè etid ak yon moun, li enpòtan pou nou li omwen kèk nan vèsè sa yo epi pou nou bay esplikasyon sou yo. Dayè, ansèyman nou baze sou Pawòl Bondye a, Pawòl ki gen yon gwo pouvwa (Ebre 4:12). Nan chak etid n ap fè, sèvi ak Bib la souvan, li vèsè ki nan paragraf yo. Ede etidyan an wè ki sa Bib la di sou yon sèten sijè oswa sou yon seri de konduit. Fè efò pou w montre l byenfè li ka jwenn lè l obeyi Bondye. — Izayi 48:17, 18.

Poze yo kesyon pou fè yo reflechi

19, 20. a) Lè n ap kondui etid, poukisa li bon pou nou poze kesyon k ap ede nou konnen pwennvi etidyan yo ? b) Ki sa nou ka fè si nou oblije bay plis esplikasyon sou yon sijè ?

19 Pou Jezi ede moun yo rezone, li te konn byen chwazi kesyon l ap poze yo (Matye 17:24-27). Si nou poze etidyan an kesyon k ap ede nou konnen pwennvi l sou yon sijè, san nou pa anbarase l pou otan, repons li ban nou ka ede nou wè sa l panse. Petèt nou ka wè si li toujou gen pwennvi ki pa ann akò ak sa Bib la di. Pa egzanp, li kapab kwè nan Trinite. Chapit 3 nan liv Konesans lan montre mo “ Trinite ” a pa menm parèt nan Bib la. Liv la site plizyè vèsè, e li bay lòt vèsè an referans, ki montre Jewova ak Jezi se pa menm moun nan yo ye, e lespri sen se fòs aktif Bondye, se pa yon moun. Petèt nou kapab li vèsè yo, fè kèk kòmantè sou yo, epi sa ka sifi pou ede etidyan an konprann. Men, e si sa pa sifi ? Petèt, nan fen pwochen etid la, nou kapab pran yon ti tan pou esplike l pwen an plis toujou. Nou ka sèvi ak yon lòt piblikasyon, tankou bwochi Doit-on croire à la Trinité ? a. Apre sa, nou ka retounen nan liv Konesans lan pou nou kontinye etid la.

20 Sipozon ou poze etidyan an yon kesyon pou w konn pwennvi l, e repons li ba ou a fè w sezi, pou n pa di li fè w desi. Si se de yon sijè delika n ap pale, tankou fimen pa egzanp, ki sa nou ka fè ? Nou ka sijere etidyan an pou nou kontinye etid la, n a diskite de sa yon lòt lè. Piske kounye a, nou vin konnen etidyan an poko kite fimen toujou, n ap anmezi pou nou chèche plis enfòmasyon k ap ede l fè plis pwogrè nan domèn espirityèl. Pandan n ap fè efò pou nou touche kè etidyan nou an, n ap priye Jewova pou l ede l grandi espirityèlman.

21. Ki sa k ka rive si nou adapte metòd ansèyman nou yo selon bezwen etidyan yo ?

21 Bonjan preparasyon nou fè ansanm ak èd nou resevwa nan men Jewova, ap fè nou anmezi pou nou adapte metòd ansèyman nou yo selon bezwen etidyan an. Avèk letan, n ap kapab ede l devlope yon lanmou pwofon pou Bondye. Anplis, n ap fè l vin gen respè pou òganizasyon Jewova a, n ap fè l vin apresye l. Ala yon bèl satisfaksyon nou jwenn lè etidyan nou yo rekonèt “ Bondye reyèlman pami nou ” ! (1 Korentyen 14:24, 25.) Kidonk, annou kondui etid nou yo avèk efikasite, e annou fè tout sa nou kapab pou nou ede lòt moun pou yo vin disip Jezi.

Yon trezò nou dwe cheri

22, 23. Si nou vle akonpli ministè nou nèt, ki sa nou bezwen fè ?

22 Pou nou akonpli ministè nou nèt, nou dwe konte sou Bondye pou ban nou fòs. Anpalan de ministè a, men ki pawòl Pòl te ekri kretyen wen yo : “ Nou gen trezò sa a nan ja ki fèt an tè, poutèt pou pisans ki depase sa ki nòmal la, kapab pisans Bondye, e non pa pisans ki soti nan nou. ” — 2 Korentyen 4:7.

23 Nou mèt fè pati kretyen wen yo, nou mèt fè pati “ lòt mouton ” yo, nou frajil tankou ja ki fèt an tè (Jan 10:16). Sepandan, Jewova ka ban nou fòs nou bezwen an pou nou akonpli travay nou kèlkeswa difikilte n ap rankontre (Jan 16:13 ; Filipyen 4:13). Kidonk, annou mete tout konfyans nou nan Jewova, annou cheri sèvis nou, trezò sa a nou genyen an, e annou akonpli ministè nou nèt.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 18 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa ansyen yo ka fè pou yo akonpli ministè yo nèt ?

• Ki jan nou ka kondui etid nou yo avèk plis efikasite toujou ?

• Si yon etidyan pa konprann yon egzanp, oswa si li bezwen plis esplikasyon sou yon sijè, ki sa w ka fè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Ansyen yo anseye nan kongregasyon an e yo bay lòt kwayan yo fòmasyon nan ministè a.

[Foto nan paj 16]

Yon fason pou nou kite limyè nou briye, se lè nou anseye avèk efikasite lè n ap kondui etid.