Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann idantifye bèt sovaj la ak mak li a

Ann idantifye bèt sovaj la ak mak li a

Ann idantifye bèt sovaj la ak mak li a

ÈSKE w renmen chèche repons devinèt ? Lè w ap fè sa, ou chèche endis ki ka ede w jwenn solisyon an. Nan Pawòl Bondye enspire a, li ban nou endis ki nesesè anrapò ak chif 666 la, non oubyen mak bèt sovaj ki nan Revelasyon chapit 13 la.

Nan atik sa a, nou pral rezone sou kat gwo pwen, sou kat endis enpòtan, k ap fè nou konnen siyifikasyon mak bèt la. Nou pral wè 1) ki jan yo konn chwazi non biblik yo, 2) idantite bèt sovaj la, 3) lè yo di 666 se “ yon chif òm ”, ki sa sa vle di e 4) ki siyifikasyon chif 6 la genyen ansanm ak rezon ki fè yo ekri l twa fwa, sètadi 6 plis 60 plis 600, oubyen 666. — Revelasyon 13:18.

Non biblik yo plis pase yon senp etikèt

Byen souvan non biblik yo gen yon siyifikasyon espesyal, sitou lè se Bondye ki bay non an. Pa egzanp, poutèt Abram t apral tounen papa yon bann nasyon, Bondye te chanje non patriyach la li te rele l Abraram, sa ki vle di “ papa yon foul moun ”. (Jenèz 17:5, nòt anba paj.) Bondye te di Jozèf ak Mari pou yo rele pitit Mari t apral fè a Jezi, non ki vle di “ Jewova se delivrans ”. (Matye 1:21, nòt anba paj ; Lik 1:31.) Ann amoni ak non Jezi ki gen yon siyifikasyon espesyal, Jewova rann delivrans lan posib pou nou grasa ministè Jezi e grasa lavi l li te sakrifye. — Jan 3:16.

Se menm jan an tou, 666, non Bondye bay bèt la sou fòm chif la, dwe senbolize fason Bondye konsidere diferan karakteristik bèt la gen lakay li. Natirèlman, pou nou konprann karakteristik sa yo, nou bezwen idantifye bèt la e nou bezwen chèche konnen plis bagay sou aktivite l ap mennen.

Men ki sa bèt la ye

Liv Danyèl la, yon liv ki nan Bib la, bay plis enfòmasyon sou siyifikasyon bèt senbolik yo. Chapit 7 la bay yon deskripsyon detaye sou “ kat gwo tonton bèt ” : yon lyon, yon lous, yon leyopa ak yon bèt efreyan ki gen gwo dan an fè (Danyèl 7:2-7). Danyèl di nou bèt sa yo reprezante “ wa ” oubyen wayòm politik ki domine youn apre lòt sou yon seri gwo anpi. — Danyèl 7:17, 23.

Konsènan bèt ki nan Revelasyon 13:1, 2 a, gen yon diksyonè (The Interpreter’s Dictionary of the Bible) ki di bèt sa a “ anglobe tout karakteristik kat bèt ki nan vizyon Danyèl la [...]. Pakonsekan, premye bèt [ki nan Revelasyon an] reprezante fòs konbine tout dominasyon politik ki opoze ak Bondye nan monn nan ”. Revelasyon 13:7 apiye remak sa a. Men sa l di konsènan bèt la : “ Yo te ba l otorite sou tout tribi, tout pèp, tout lang ak tout nasyon *. ”

Poukisa Bib la sèvi ak bèt kòm senbòl pou reprezante dominasyon lèzòm ? Li fè sa omwen pou de rezon. Premye rezon an, se paske, pandan syèk ki pase yo, gouvènman yo lakòz anpil san koule tankou bèt. Men sa de istoryen, Will ak Ariel Durant, ekri : “ Diran tout listwa lèzòm, lagè se youn nan bagay ki toujou la, li pa janm diminye ni avèk sivilizasyon ni avèk demokrasi. ” Vrèmanvre, “ lòm domine sou lòm pou fè l ditò ”. (Eklesyas 8:9.) Dezyèm rezon an, sèke “ dragon an [Satan] bay bèt la pisans li e li ba l twòn li ansanm ak yon gwo pouvwa ”. (Revelasyon 12:9 ; 13:2.) Kidonk, dominasyon lèzòm nan se Dyab la ki envante l, se sa k fè li gen menm karakteristik bèt, menm karakteristik dragon, Dyab la genyen an. — Jan 8:44 ; Ephesians 6:12.

Sepandan, sa pa vle di chak dirijan se yon enstriman dirèk nan men Satan. Anfèt, nan yon sèten sans, gouvènman yo ap sèvi kòm “ minis Bondye ”, yo pèmèt sosyete a rete stab, e si yo pa t la, se t ap dezòd totalkapital. E gen kèk dirijan ki pwoteje dwa fondamantal moun genyen, nan dwa sa yo gen dwa pou yon moun pratike vrè adorasyon an, yon bagay Satan pa renmen ditou (Women 13:3, 4 ; Ezra 7:11-27 ; Travay 13:7). Sepandan, akoz enfliyans Dyab la, pa gen okenn moun, ni okenn enstitisyon lèzòm met sou pye ki ka pote lapè ak sekirite dirab pou lòm *. — Jan 12:31.

“ Yon chif òm ”

Yon twazyèm endis pou nou konprann siyifikasyon chif 666 la, se lefètke li se yon “ chif òm ”, oubyen, selon yon lòt tradiksyon biblik (The Amplified Bible), li se “ yon chif moun ”. Ekspresyon sa a pa ka aplike pou yon sèl moun piske se Satan ki gen otorite sou bèt la, se pa okenn moun (Lik 4:5, 6 ; 1 Jan 5:19 ; Revelasyon 13:2, 18). Piske bèt la gen “ yon chif moun ”, oubyen yon mak, sa fè nou kwè depreferans se moun li reprezante, se pa ni espri ni demon, e se sa k fè li manifeste yon seri karakteristik lèzòm gen lakay yo. Ki karakteristik konsa ? Bib la reponn, li di : “ Tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye. ” ​(Women 3:23). Kidonk, lefètke bèt la gen yon “ chif moun ”, sa montre gouvènman yo reflete vye defo, yo reflete mak peche ak enpèfeksyon lèzòm gen lakay yo.

Listwa pwouve sa ki di la a se laverite. Men sa Henry Kissinger, yon ansyen sekretè d Eta ameriken te di : “ Tout sivilizasyon ki te egziste yo, alafen yo tout efondre. Sa k karakterize listwa, se yon bann efò ki pa abouti ak yon bann rèv ki pa reyalize [...]. Konsa, yon istoryen oblije viv ak lide gen yon dram li pa ka evite k ap tann li. ” Analiz onèt Kissinger fè la a pwouve verite fondamantal sa a ki nan Bib la : “ Lòm ki fèt ak pousyè tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pye l. ” — Jeremi 10:23.

Piske nou fin idantifye bèt la, e nou konprann ki jan Bondye konsidere l, nou anmezi pou nou egzamine dènye pati mistè a, chif sis la ansanm ak rezon ki fè yo ekri l twa fwa, sètadi 6 plis 60 plis 600.

Poukisa yo repete sis twa fwa ?

Nan Ekriti yo, gen kèk chif ki gen yon siyifikasyon senbolik. Pa egzanp, byen souvan yo sèvi ak chif sèt la kòm senbòl pou yon bagay ki konplè, yon bagay ki pafè nan je Bondye. Se konsa, semèn kreyasyon Bondye a te gen sèt ‘ jou ’, yon long peryòd kote Bondye te reyalize konplètman pwogram kreyasyon li te genyen pou tè a (Jenèz 1:3–2:3). “ Pawòl ” ki sot nan bouch Bondye tankou yon ajan ki “ rafine sèt fwa ”. Kidonk, li rafine pafètman (Sòm 12:6 ; Pwovèb 30:5, 6). Yo te di Naamàn, lepre a, pou l benyen sèt fwa nan rivyè Jouden an e apre sa li te geri konplètman. — 2 Wa 5:10, 14.

Sis manke youn pou l fè sèt. Èske se pa yon senbòl apwopriye pou bagay ki enpafè, pou bagay ki gen defo nan je Bondye ? Wi, se sa menm (1 Kwonik 20:6, 7). Anplis, lefètke yo repete sis twa fwa, sa montre avèk fòs nan ki pwen enpèfeksyon sa a evidan. Sa a se konpreyansyon kòrèk la piske chif 666 la se “ yon chif moun ”, jan nou te deja wè sa. Konsa, lè nou gade istorik bèt la, “ chif moun ” nan ak tout chif 666 la, tout sa fè nou wè pa gen lòt konklizyon : se yon mankman, se yon echèk total nan je Jewova.

Deskripsyon mankman bèt la fè nou sonje sa ki te di konsènan yon ansyen wa Babilòn ki te rele Bèlchatza. Pa mwayen Danyèl, men sa Jewova te di dirijan sa a : “ Yo peze w nan balans e yo wè ou manke. ” Menm nuit sa a yo te touye Bèlchatza, e gwo Anpi Babilòn nan te tonbe (Danyèl 5:27, 30). Menm jan an tou, jijman Bondye sou bèt politik la ak tout moun ki gen mak bèt la sou yo pral siyifi destriksyon ni pou bèt la ni pou moun k ap soutni l yo. Sepandan, nan okazyon sa a, Bondye pap annik elimine yon sistèm politik, men l ap elimine tout tras dominasyon lèzòm nan nèt (Danyèl 2:44 ; Revelasyon 19:19, 20). Kidonk, ala enpòtan sa enpòtan pou nou evite gen mak bèt la k ap mennen nou nan lanmò !

Men ki sa mak la ye

Imedyatman apre Revelasyon fin pale de chif 666 la, li mansyone 144 000 disip Jezi Kris, Timouton an, ki gen non Jezi ak non Papa l ekri sou fwon yo. Non sa yo idantifye yo kòm moun ki pou Jewova ak Pitit li a, e se konsènan Jewova ak Pitit li a moun sa yo ap rann temwayaj. Se menm jan an tou, moun ki gen mak bèt la sou yo montre aklè y ap sèvi bèt la. Konsa, kit mak la nan men dwat, kit li sou fwon, nan yon sans senbolik, li se yon siy ki idantifye moun ki pote l la kòm yon moun k ap soutni sistèm politik monn nan avèk devosyon, yon sistèm ki aji tankou bèt. Moun ki gen mak la bay “ Seza ” sa nòmalman ki pou Bondye (Lik 20:25 ; Revelasyon 13:4, 8 ; 14:1). Kòman yo fè sa ? Se lè moun yo bay Leta, senbòl li yo ak pisans militè li yo onè ak adorasyon, e se nan yo moun yo mete espwa yo e se yo menm y ap tann pou delivre yo. Kèlkeswa adorasyon y ap bay vrè Dye a, se tou senpleman pou lafòm.

Tandiske, men ki konsèy Bib la ban nou : “ Pa plase konfyans nou nan potanta, ni nan pitit lòm ki fèt ak pousyè tè, e ki pa kapab sove pèsonn. Lespri l soti, li retounen nan tè li a, e nan menm jou a, tout sa l gen nan panse l peri. ” ​(Sòm 146:3, 4). Moun ki koute konsèy saj sa a pa desi lè gouvènman yo pa respekte pwomès yo te fè, oubyen lè dirijan ki konn sedui foul yo pèdi pozisyon yo. — Pwovèb 1:33.

Sa pa vle di vrè kretyen yo chita de bra kwaze, yo pa fè anyen devan kalamite lèzòm ap rankontre. Okontrè, avèk zèl, y ap pwoklame gouvènman ki pral rezoud pwoblèm lèzòm yo, Wayòm Bondye a, Wayòm yo reprezante a. — Matye 24:14.

Wayòm Bondye a : sèl espwa pou limanite

Lè Jezi te sou tè a, se Wayòm Bondye a ki te tèm predikasyon l lan (Lik 4:43). Nan priyè modèl la, priyè yo konn rele Nòtrepè a, li te anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm sa a vini e pou volonte Bondye fèt isiba sou tè a (Matye 6:9, 10). Wayòm nan se yon gouvènman ki pral dirije tout tè a nèt. Li pap etabli nan kèk kapital sou tè a, men l ap etabli nan syèl la. Se sa k fè, Jezi rele l “ wayòm syèl la ”. — Matye 11:12.

Ki moun ki ta ka pi byen kalifye pou Wa nan Wayòm sa a pase Jezi Kris, li menm ki te mouri pou moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm li an (Izayi 9:6, 7 ; Jan 3:16) ? Talè konsa, Dirijan pafè sa a, kounye a ki yon pèsonn espirityèl pisan, pral jete ni bèt la, ni wa l yo, ni ame l yo “ nan lak dife ki gen souf k ap boule ladan l lan ”, yon senbòl destriksyon konplè. Men, se poko tout bagay la sa. Jezi pral elimine Satan tou, yon bagay okenn moun pa ka fè. — Revelasyon 11:15 ; 19:16, 19-21 ; 20:2.

Wayòm Bondye a pral pote lapè pou tout moun obeyisan ki pral viv anba dominasyon l (Sòm 37:11, 29 ; 46:8, 9). Ata tristès, doulè ak lanmò pap la ankò. Ala yon bèl espwa pou moun ki pa gen mak bèt la sou yo ! — Revelasyon 21:3, 4.

[Nòt anba paj]

^ § 9 N ap jwenn plis detay sou vèsè sa yo nan liv La Révélation : le grand dénouement est proche !, nan chapit 28. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 11 Toutpandan vrè kretyen yo konsyan byen souvan dominasyon lèzòm nan gen karakteristik bèt, yo soumèt devan “ otorite siperyè ” yo, otorite gouvènmantal yo, jan Bib la mande sa (Women 13:1). Sepandan, lè otorite yo mande yo pou yo fè yon bagay ki kontrè ak lwa Bondye a, yo ‘ obeyi Bondye kòm chèf pase pou yo obeyi lèzòm ’. — Travay 5:29.

[Kare nan paj 5]

Endis pou nou jwenn siyifikasyon chif 666 la

1. Souvan, yon non biblik revele kèk bagay konsènan pèsonalite moun ki pote non an, oswa konsènan lavi moun sa a, tankou sa te fèt nan ka Abraram, Jezi ak anpil lòt moun ankò. Menm jan an tou, chif ki non bèt la reprezante karakteristik bèt la.

2. Nan liv Danyèl la, yon liv ki nan Bib la, yo mansyone divès kalite bèt, e bèt sa yo reprezante wayòm lèzòm, oubyen anpi, ki pase youn apre lòt. Bèt konpoze Revelasyon 13:1, 2 pale de li a reprezante sistèm politik mondyal la, yon sistèm ki jwenn pouvwa nan men Satan e ki anba kontwòl li.

3. Bèt la gen “ yon chif òm ” oubyen “ yon chif moun ”, sa montre se moun li reprezante, se pa demon. Se poutèt sa, bèt la reflete mankman lèzòm gen lakay yo akoz peche ak enpèfeksyon.

4. Chif sèt se senbòl biblik pou sa ki konplè, sa ki pafè, men sis pi piti pase l. Donk, nan je Bondye, chif sis endike sa ki enpafè. Mak 666 la mete aksan sou feblès sa a twa fwa.

[Foto nan paj 6]

Dominasyon lèzòm se yon echèk, e chif 666 la byen senbolize sa.

[Liy kredi]

Timoun ki nan grangou : UNITED NATIONS/Photo by F. GRIFFING

[Foto nan paj 7]

Dominasyon Jezi Kris pral egzèse sou tè a ap san fay.