Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann reziste devan lespri monn nan

Ann reziste devan lespri monn nan

Ann reziste devan lespri monn nan

“ Se pa lespri monn nan nou resevwa, men se lespri ki soti nan Bondye. ” — 1 KORENTYEN 2:12.

1. Nan ki sans yo te twonpe Èv ?

‘ SE SÈPAN an ki twonpe m. ’ ​(Jenèz 3:13). Se konsa Èv, premye fi a, te eseye esplike poukisa li te antre an rebelyon kont Jewova Dye. Sa l te di a se laverite, men se pa yon rezon pou l te aji konsa. Annapre, men sa apot Pòl te vin ekri : “ Yo te twonpe [Èv] konplètman. ” ​(1 Timote 2:14). Yo te twonpe l, yo te fè l kwè si li dezobeyi Bondye, li manje fwi yo te defann li manje a, sa ap bon pou li e sa ap fè l vin menm jan ak Bondye. Yo te twonpe l sou yon lòt pwen ankò : li pa t konnen kiyès ki t ap eseye twonpe l la. Li pa t menm rann li kont se sèlman sèvi Satan Ledyab te sèvi ak sèpan an pou l te pale avè l. — Jenèz 3:1-6.

2. a) Ki jan Satan twonpe moun jodi a ? b) Ki sa “ lespri monn nan ” ye, e ki kesyon nou pral egzamine ?

2 Depi sou Adan ak Èv, Satan ap twonpe moun e li kontinye fè sa jiska prezan. Anfèt, se “ tout latè ki abite ” l ap twonpe (Revelasyon 12:9). Li pa chanje taktik. Byenke li pa sèvi ankò ak yon vrè sèpan, li toujou kache idantite l. Li sèvi ak divètisman ak medya e ak lòt mwayen ankò pou l twonpe moun, pou l fè yo kwè swa yo pa bezwen direksyon nan men Bondye, swa yo pa gen okenn pwofi yo ka tire nan yon direksyon konsa. Dyab la gen yon kanpay l ap fè pou l twonpe moun e kanpay sa a pwodui yon lespri rebelyon lakay moun toupatou sou tè a, yon lespri rebelyon ki fè moun sa yo kont lwa ansanm ak prensip ki gen nan Bib la. Labib rele lespri sa a “ lespri monn nan ”. (1 Korentyen 2:12.) Se yon lespri ki gen yon kokenn enfliyans sou kwayans moun ki pa konnen Bondye yo, sou etadespri yo ak konpòtman yo. Ki jan lespri sa a manifeste, e ki sa nou ka fè pou nou reziste devan enfliyans li genyen ki ka kontamine lespri moun ? Se sa nou pral egzamine.

Prensip moral yo ap pèdi valè

3. Poukisa jodi a “ lespri monn nan ” parèt pi klè de jou an jou ?

3 Jodi a, lespri monn nan parèt pi klè de jou an jou (2 Timote 3:1-5). Siman ou remake ki jan prensip moral yo ap pèdi valè. Labib esplike poukisa se konsa sa ye. Yon ti tan apre Wayòm Bondye a fin etabli an 1914, gen yon gè ki te pete nan syèl la. Nan moman sa a, yo te venk Satan ansanm ak zanj demon li yo e yo te pimpe yo nan vwazinaj tè a. Depi lè a, Satan fin dechennen. Sou tout tè a, l ap fè plis kanpay toujou pou l twonpe moun (Revelasyon 12:1-9, 12, 17). Li fè tout sa l kapab pou l “ egare, si posib, menm moun ki chwazi yo ”. (Matye 24:24.) Antanke pèp Bondye, se nou menm li plis vize. Li pa konn sa l ta bay pou l kraze espirityalite nou, pou l fè nou pèdi favè Jewova e pou n rate posibilite nou gen devan nou pou nou jwenn lavi etènèl.

4. Ki jan sèvitè Jewova yo konsidere Bib la, e ki jan monn nan konsidere l li menm ?

4 Satan ap bat pou l denigre Bib la, yon liv ki tèlman presye e ki anseye nou anpil bagay sou Kreyatè nou an ki renmen nou. Sèvitè Jewova yo renmen Bib la e, pou yo menm, Bib la se yon trezò. Nou konnen se Pawòl Bondye enspire ki ladan l, se pa pawòl lèzòm (1 Tesalonisyen 2:13 ; 2 Timote 3:16). Sepandan, monn Satan an ta byen renmen fè nou pa wè bagay yo konsa ankò. Pa ezanp, gade ki sa prefas yon liv k ap kritike Bib la di : “ Bib la pa okenn ‘ sen ’ vre, nitou se pa ‘ pawòl Bondye ’ ki ladan l. Se pa yon seri de sen Bondye enspire ki ekri l vre, men se pito yon bann prèt ki te dèyè pouvwa. ” Yon moun yo pran tèt li, yo fè l kwè yon bagay konsa, kapab tou viktim anba vye lide ki fè kwè nou mèt adore Bondye jan nou pi pito, oubyen li pa nesesè ditou pou nou adore l. — Pwovèb 14:12.

5. a) Ki sa yon ekriven di anrapò ak relijyon ki sèvi ak Bib la ? b) Ki konparezon nou ka fè ant yon seri ide ki kouran nan monn nan ak sa Bib la di ? (Sèvi ak kare ki nan paj 20 an tou.)

5 Bib la sibi tout kalite atak, dirèk e endirèk. Atak sa yo, mete sou ipokrizi ki lakay moun ki nan relijyon yo e ki pretann yo kwè nan Bib la, vin fè gen plis moun chak jou ki vire do bay relijyon, menm relijyon ki sèvi ak Labib. Kit se nan medya, kit se pami moun ki fè gwo etid, moun toujou ap kritike relijyon. Gen yon ekriven ki di : “ An jeneral, moun gen yon move konsepsyon sou relijyon Juif la ak Krisyanis la. Moun ki panse relijyon sa yo pa fin mal nèt yo, twouve yo antik. Tandiske sa ki konsidere yo pa bon menm yo, wè yo gen yon vizyon demode ki anpeche moun atenn matirite entèlektyèl e ki bloke pwogrè syantifik. Nan dènye ane sa yo, sitiyasyon an pa rete sèlman nan stad mepri, li pase nan stad mokri ak opozisyon ki fèt aklè. ” Ou jwenn opozisyon sa a sitou lakay moun ki refize admèt egzistans Bondye, lakay moun ki “ aji kòm moun sòt nan rezònman yo ”. — Women 1:20-22.

6. Ki jan monn nan konsidere pratik seksyèl Bondye kondane yo ?

6 Se sa k fè, nou pa sezi pou nou wè nan ki pwen moun pa bay prensip Bondye yo regle anyen pou yo. Pa egzanp, Bib la pale de relasyon seksyèl gason ak gason, fi ak fi kòm yon pratik ki “ sal ”. (Women 1:26, 27.) E li di moun k ap pratike fònikasyon ak adiltè pap eritye Wayòm Bondye a (1 Korentyen 6:9). Poutan, nan anpil peyi, non sèlman moun konsidere pratik sa yo kòm bagay ki nòmal, men tou, yo fè elòj pou yo nan liv, nan jounal, nan chante, nan fim ak nan emisyon yo pase sou televizyon. Lè yon moun kondane pratik sa yo, lòt moun twouve li se yon moun ki gen ti lespri, yo di se prejije l genyen e yo deklare li pa eklere. Yo pa konsidere prensip Bondye yo kòm fason li eksprime sousi ak lanmou li genyen pou nou. Olye de sa, yo konsidere prensip sa yo kòm obstak ki retire nan libète yo e ki anpeche yo viv. — Pwovèb 17:15 ; Jid 4.

7. Ki kesyon nou ta fèt pou nou poze tèt nou ?

7 N ap viv nan yon monn ki pran yon pozisyon k ap vin pi fèm chak jou kont Bondye. Se sa k fè, li saj pou nou veye sou etadespri nou e pou nou kontwole ki prensip k ap gouvène lavi nou. Detanzantan, nou ta fèt pou nou egzamine tèt nou onètman e nan lapriyè, pou nou wè si, tikras pa tikras, nou pa kòmanse abandone prensip Jewova yo e si nou pa kòmanse gen yon pwennvi ki pa menm ak pa l. Pa egzanp, li ta bon pou w poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Èske kounye a mwen pran plezi nan yon seri de sijè mwen te konn evite lontan ? Èske kounye a mwen gen tandans aksepte pratik Bondye kondane yo ? Èske m gen tandans bay kesyon espirityèI yo mwens enpòtans pase sa m te konn ba yo lontan ? Èske fason m ap viv la montre mwen bay enterè Wayòm nan premye plas nan lavi m ? ’ ​(Matthew 6:33). Refleksyon konsa pa ka pa ede nou nan efò n ap fè pou nou reziste devan lespri monn nan.

‘ Pa janm ale aladeriv ’

8. Ki jan yon moun ka ale aladeriv jis li kite Jewova ?

8 Men ki pawòl apot Pòl te ekri kèk konpayon kretyen : “ Nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay, yon fason pou nou pa janm ale aladeriv. ” ​(Ebre 2:1). Lè yon bato pèdi kap li, li pap rive kote l dwe rive a. Si yon kapitèn pa fè antasyon ak van k ap soufle e ak kouran ki gen nan lanmè a, bato l ap dirije a ka ale aladeriv jis li kite pò kote pou l kochte a byen fasil e li ka al frape ak yon resif. Se menm bagay la pou nou : si nou pa bay verite enpòtan nou jwenn nan Pawòl Bondye a atansyon nou, li fasil pou nou ale aladeriv, pou n kite Jewova e pou n fè nofraj espirityèlman. Nou pa oblije rejte laverite nèt pou nou tonbe nan yon sitiyasyon konsa. Anfèt, li pa fasil pou yon moun annik leve yon jou li chwazi kite Jewova. Sa ki rive pi souvan, sèke moun nan mete tèt li nan yon seri de sitiyasyon ki detounen l tikras pa tikras, e ki fè l pa kontinye suiv sa Pawòl Bondye a di. E prèske san l pa rann li kont, li ale aladeriv e li tonbe nan peche. Menm jan ak yon kapitèn ki kite dòmi pran l, li toujou twò ta lè yon moun konsa reveye.

9. Ki benediksyon Salomon te resevwa nan men Jewova ?

9 Ann pran egzanp Salomon. Jewova te mete l wa ann Izrayèl, li te pèmèt li konstwi tanp lan e li te gide l pou l ekri kèk pati nan Bib la. An de fwa, Jewova te pale avè l. Li te ba l richès, renome ak yon rèy pezib. E sa k pi enpòtan ankò, Jewova te bay Salomon yon sajès ki pa rete ak sajès. Men ki sa Bib la di : “ Bondye te kontinye bay Salomon sajès ak entèlijans ann abondans, e li te ba l yon kè ki laj, menm jan ak sab ki arebò lanmè. E Salomon te gen yon sajès ki te pi gran pase sajès tout moun ki tap viv ann Oryan yo e ki te pi gran pase tout sajès peyi Ejip la. ” ​(1 Wa 4:21, 29, 30 ; 11:9). Franchman, si gen yon moun ki te gen tout rezon pou l rete fidèl devan Bondye, se te Salomon. E poutan, li te tonbe nan apostazi. Ki jan sa te fè rive ?

10. Ki enstriksyon Salomon pa t suiv, e ki konsekans sa te genyen pou li ?

10 Non sèlman Salomon te byen konnen lwa Bondye yo, men tou li te byen konprann yo. Siman li te enterese espesyalman nan enstriksyon yo te bay pou wa yo ann Izrayèl. Pa egzanp, youn nan enstriksyon sa yo te di : “ [Wa a] pa dwe ap miltipliye kantite madanm li genyen, poutèt pou kè l pa pran yon lòt direksyon. ” ​(Detewonòm 17:14, 17). Se yon enstriksyon klè, men malgre sa, Salomon te rive gen sèt san madan marye ak twa san fi sou kote. Anpil nan medam sa yo se te adoratris dye etranje yo te ye. Nou pa konn poukisa Salomon te gen tout madanm sa yo ni nou pa konn ki rezon l te bay pou l jistifye sa. Men, sa nou konnen, sèke li pa t obeyi yon lòd klè Bondye te bay. E jisteman, si l te koute Jewova, sa k vin rive l la pa t ap janm rive l. Tande ki sa Bib la di : “ Tikras pa tikras, madanm [Salomon] yo [...] te detounen kè l, yo fè l al suiv lòt dye. ” ​(1 Wa 11:3, 4). “ Tikras pa tikras ”, men kanmenm, sajès Bondye te ba li a te disparèt. Salomon te ale aladeriv. Rive yon lè, li te plis vle fè madanm payen l yo plezi pase pou l obeyi Bondye e pou l fè Bondye plezi. Se yon sitiyasyon terib, sitou lè nou sonje se Salomon menm, anvan sa, ki te ekri pawòl sa yo : “ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan. ” — Pwovèb 27:11.

Lespri monn nan fò

11. Ki efè sa nou kite antre nan lespri nou genyen sou fason nou panse ?

11 Gen yon leson nou ka tire nan egzanp Salomon an : Se yon gwo danje si nou met nan tèt nou depi nou konnen laverite, monn nan pa ka enfliyanse fason nou panse. Menm jan manje nou manje gen yon efè sou kò nou, bagay nou met nan panse nou gen yon efè sou lespri nou. Sa ki nouri lespri nou kapab modle fason nou panse ak etadespri nou. Gen anpil gwo konpayi ki rekonèt sa. Se sa k fè yo depanse dè e dè milya dola chak ane pou yo fè reklam pou sa yo pwodui. Piblisite ki mache byen se piblisite ki sèvi ak pawòl ki byen tonbe ansanm ak imaj ki kaptivan e ki jwe sou dezi kliyan yo ak sou kapris yo, yon fason pou yo atire yo. Moun ki espesyalis nan zafè piblisite konnen yon lòt bagay ankò : yo konnen si se sèlman youn ou de fwa moun tande yon reklam sou yon pwodui, sa pap sifi pou fè yo kouri achte l. Sepandan, lè tout tan tout tan kliyan an tande oswa wè menm bagay la, sa ka fè l anvi genyen l. Wi, piblisite gen anpil siksè. Si se pa t sa, moun pa t ap envesti ladan l. Li egzèse yon kokenn enfliyans sou fason piblik la panse ak fason li reyaji.

12. a) Ki jan Satan enfliyanse fason moun panse ? b) Ki sa k montre menm kretyen ka sibi enfliyans tou ?

12 Menm jan ak yon espesyalis nan zafè piblisite, Satan prezante ide l ap pwopaje yo yon fason ki atiran, paske li konnen, rive yon lè, li ka fè moun vin panse menm jan avè l. Kit se nan domèn divètisman, kit se nan lòt domèn ankò, Satan twonpe moun yo, li fè yo kwè sa ki bon pa bon e, sa k pa bon, li fè yo kwè se li ki bon (Izayi 5:20). Menm vrè kretyen konn viktim anba kanpay dezenfòmasyon Satan ap fè a. Men ki sa Bib la aprann nou : “ Pawòl enspire a di klèman, nan peryòd tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa pandan y ap pote atansyon sou pawòl enspire blòf ak ansèyman demon, akoz ipokrizi moun k ap bay manti yo, moun ki gen konsyans yo make kòmsi se te ak yon fè cho. ” — 1 Timote 4:1, 2 ; Jeremi 6:15.

13. Ki sa move frekantasyon yo ye, e ki enfliyans frekantasyon nou genyen sou nou ?

13 Se tout moun lespri monn nan ka enfliyanse. Van k ap soufle yo ak kouran ki nan sistèm Satan an se bagay yo ki fò anpil. Bib la gen rezon ban nou egzòtasyon sa a : “ Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab. ” ​(1 Korentyen 15:33). Lè Bib la pale de move frekantasyon an, sa kapab nenpòt bagay oswa nenpòt moun ki reflete lespri monn nan, e gendwa se moun ki anndan kongregasyon an tou. Si nou ta met nan tèt nou move frekantasyon pa ka fè nou anyen, se tankou si nou ta di bon frekantasyon pa ka ede nou. Se pa t ap vre ditou ! Bib la klè sou pwen sa a. Tande ki sa li di : “ Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki san konprann ap tonbe nan pwoblèm. ” — Pwovèb 13:20.

14. Ki fason nou ka kontrekare lespri monn nan ?

14 Pou nou rive kontrekare lespri monn nan, nou bezwen frekante moun ki saj, moun k ap sèvi Jewova. Nou fèt pou nou ranpli lespri nou ak bagay ki la pou bati fwa nou. Apot Pòl te di : “ Tout bagay ki vrè, tout bagay ki diy, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, si gen yon bèl kalite e si gen yon bagay ki merite louwanj, kontinye konsidere bagay sa yo. ” ​(Filipyen 4:8). Antanke moun Bondye kreye avèk kapasite pou chwazi sa ki byen ak sa ki mal, nou anmezi pou nou chwazi ki sa n ap konsidere, e nou swete sa n ap chwazi konsidere yo se bagay k ap fè nou vin pi pwòch ak Jewova.

Lespri Bondye pi fò

15. Ki diferans ki te genyen ant kretyen ki t ap viv nan ansyen vil Korent ak lòt moun ki te rete nan vil sa a ?

15 Kontrèman ak moun lespri monn nan ap twonpe, vrè kretyen yo kite lespri Bondye gide yo pito. Men ki sa Pòl te ekri kongregasyon Korent : “ Se pa lespri monn nan nou resevwa, men se lespri ki soti nan Bondye a, yon fason pou nou ka konnen bagay Bondye ban nou ak tout kè li. ” ​(1 Korentyen 2:12). Lespri monn nan te gaye toupatou nan ansyen vil Korent. Pifò moun ki t ap viv nan vil sa a te tèlman gen libètinaj lakay yo, ekspresyon “ viv tankou Korentyen ” an te vin vle di “ pratike imoralite ”. Satan te avegle lespri moun ki t ap viv nan vil la. Se pou rezon sa a, moun yo pa t rive konprann anyen sou vrè Dye a (2 Korentyen 4:4). Toutfwa, Jewova te ouvri je kèk nan Korentyen yo grasa lespri sen l, yon fason pou yo te ka jwenn konesans sou laverite. Lespri Bondye te pouse moun sa yo fè gwo chanjman nan lavi yo dekwa pou yo te ka jwenn apwobasyon l e pou yo te ka resevwa benediksyon nan men l (1 Korentyen 6:9-11). Se vre, lespri monn nan te fò, men lespri pa Jewova te pi fò toujou.

16. Ki jan nou ka resevwa lespri Bondye, e ki sa pou nou fè pou nou konsève l ?

16 Se menm bagay la ki rive jodi a. Lespri sen Jewova se fòs ki pi fò nan linivè, e tout moun ki mande l li ak lafwa, li ba yo l agogo, san grate tèt (Lik 11:13). Men, pou nou gen lespri Bondye, non sèlman nou bezwen reziste devan lespri monn nan, men tou, nou fèt pou nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman e pou nou aplike l nan lavi nou, yon fason pou nou ajiste lespri nou, sa vle di pou nou ajiste dispozisyon mantal nou ak fason Bondye panse. Si nou fè sa, Jewova ap fòtifye nou pou nou ka rive reziste devan taktik Satan ka itilize pou detwi espirityalite nou.

17. Ki jan egzanp Lòt ka ankouraje nou ?

17 Byenke kretyen yo pa fè pati monn nan, se nan monn nan y ap viv (Jan 17:11, 16). Pa gen youn nan nou ki ka evite lespri monn nan totalman, paske nou travay ak moun ki pa renmen Bondye e ki pa renmen fason li aji. Nou kapab menm ap viv ak yo. Èske nou santi nou menm jan ak Lòt ? Lè Lòt te wè tout zak malonèt moun Sodòm, kote li t ap viv la, te konn ap fè, li te konn santi li “ toumante anpil ”. (2 Pyè 2:7, 8.) Si se konsa nou santi nou tou, nou mèt pran kouraj. Jewova te pwoteje Lòt e li te delivre l, li ka fè menm bagay pou nou. Papa cheri nou an wè nan ki ka nou ye, li konnen sitiyasyon nou, e li ka ban nou èd ak fòs nou bezwen pou nou konsève espirityalite nou (Sòm 33:18, 19). Nan kèlkeswa sitiyasyon difisil nou ta ye, si nou konte sou Jewova, nou mete konfyans nou nan li e nou envoke l, l ap ede nou reziste devan lespri monn nan. — Izayi 41:10.

18. Poukisa nou fèt pou n bay relasyon nou avèk Jewova anpil valè ?

18 Aktout n ap viv nan yon monn ki lwen Bondye, yon monn Satan ap twonpe, nou menm pèp Jewova, nou se yon pèp beni, nou gen konesans laverite. Se sa k fè nou gen yon jwa ak yon lapè monn nan pa genyen (Izayi 57:20, 21 ; Galat 5:22). Se pa ti cheri nou cheri bèl esperans nou genyen pou n al viv nètale nan Paradi a, kote lespri monn moribon sa a, pap la ankò. Se poutèt sa, nou swete pou nou bay relasyon nou avèk Bondye anpil valè, e nou swete pou nou pa pran tan pou nou korije nenpòt ti tandans ki ta soti pou fè nou ale aladeriv. Ann bat pou n vin pi pwòch toujou ak Jewova, e li menm bò kote pa l, l ap ede nou nan efò n ap fè pou nou reziste devan lespri monn nan. — Jak 4:7, 8.

Èske w ka esplike ?

• Ki jan Satan rive twonpe moun e li rive pran tèt yo ?

• Ki sa nou ka fè pou nou pa ale aladeriv jiskaske nou sispann sèvi Jewova ?

• Ki sa k montre lespri monn nan fò ?

• Ki jan nou ka resevwa lespri ki soti nan Bondye a, e ki sa nou ka fè pou nou konsève lespri sa a ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 20]

SAJÈS MONN NAN PA MENM AK SAJÈS BONDYE

Laverite se bagay ki relatif : se chak moun ki pou deside sa k verite pou li.

“ Pawòl [Bondye] se verite. ” — Jan 17:17.

Se dapre sa w santi pou w fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal.

“ Kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm. ” — Jeremi 17:9.

Fè sa w vle.

“ Sa pa nan men lòm k ap mache pou dirije pye l. ” — Jeremi 10:23.

Se richès ki bay kè kontan.

“ Lanmou pou lajan se rasin tout kalite move bagay. ” — 1 Timote 6:10.

[Foto nan paj 19]

Salomon te ale aladeriv jiskaske li kite vrè adorasyon an pou l al adore fo dye.

[Foto nan paj 21]

Menm jan ak yon moun k ap fè piblisite, Satan ap fè pwomosyon pou lespri monn nan. Èske w reziste devan l ?