Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Fè travay yon evanjelizatè ”

“ Fè travay yon evanjelizatè ”

“ Fè travay yon evanjelizatè ”

“ Konsève bon sans ou nan tout bagay, [...] fè travay yon evanjelizatè. ” — 2 TIMOTE 4:5.

1. Ki misyon Jezi te bay disip li yo ?

NON Jewova ansanm ak pwogram li ap pwoklame sou tout tè a. Sa rive fèt paske pèp li a konsidere misyon Jezi te bay disip li yo kòm yon misyon ki trèzenpòtan. Men sa l te di yo : “ Ale [...], epi fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout kòmandman mwen ban nou. ” — Matye 28:19, 20.

2. Ki egzòtasyon Timote, yon siveyan, te resevwa ? Bay youn nan fason pou siveyan yo akonpli ministè yo.

2 Nan premye syèk la, disip Jezi yo te pran misyon sa a oserye. Pa egzanp, men egzòtasyon apot Pòl te bay Timote, yon siveyan menm jan avè l : “ Fè travay yon evanjelizatè, akonpli ministè w nèt. ” ​(2 Timote 4:5). Jodi a, yon fason pou yon siveyan akonpli ministè l se lè li pwoklame Wayòm nan avèk zèl, li patisipe regilyèman nan ministè a. Pa egzanp, siveyan etid liv yo gen yon privilèj ki bay anpil satisfaksyon : yo gen privilèj pou yo pran latèt nan travay predikasyon an e pou yo fòme lòt moun. Pòl te pran responsablite l, li te pwoklame bon nouvèl la e li te fòme lòt moun pou ministè a. — Travay 20:20 ; 1 Korentyen 9:16, 17.

Te gen evanjelizatè zele nan tan lontan

3, 4. Antanke evanjelizatè, ki travay Filip te reyalize ?

3 Yo te rekonèt premye kretyen yo kòm evanjelizatè ki zele. Ann pran egzanp Filip. Li te youn pami ‘ sèt gason ki gen bon renome, ki foul ak lespri sen, ki foul ak sajès ’ yo te chwazi pou distribye manje chak jou san patipri bay vèv nan Jerizalèm ki pale grèk yo ak vèv ki pale ebre yo (Travay 6:1-6). Apre Filip fin akonpli travay espesyal sa a, e apre yon pèsekisyon te dispèse tout disip yo, eksepte apot yo, Filip te al Samari. E lè l rive Samari, li te pwoklame bon nouvèl la e lespri sen te ba l pisans pou l chase demon, pou l geri moun ki enfim nan pye ak moun ki paralize. Anpil Samariten te aksepte mesaj Wayòm nan e yo te batize. Lè apot yo nan Jerizalèm tande sa, yo voye apot Pyè ansanm ak apot Jan Samari yon fason pou nouvo kwayan sa yo ki fèk batize ka resevwa lespri sen. — Travay 8:4-17.

4 Annapre, lespri Bondye mennen Filip sou wout Gaza, li fè l rankontre ak yon enik etyopyen. Apre Filip fin byen esplike l pwofesi Izayi a, mesye sa a, ki te “ yon gwo chèf sou Kandas, rèn Etyopyen yo ”, te mete lafwa nan Jezi Kris, e li te batize (Travay 8:26-38). Lèfini, Filip al Achdòd e apre sa l al Sezare, e sou tout wout la, li te “ pwoklame bon nouvèl la nan tout vil yo ”. (Travay 8:39, 40.) Asireman, Filip te bay yon bèl egzanp nan travay li antanke evanjelizatè.

5. Pou ki bagay yo te sitou rekonèt kat pitit fi Filip yo ?

5 Anviwon ventan apre, Filip te toujou aktif nan ministè a nan vil Sezare. Lè Pòl ansanm ak Lik te pase kèk jou kay Filip, li “ te gen kat pitit fi ki te vyèj, ki t ap pwofetize ”. (Travay 21:8-10.) Li evidan, medam yo te gen bon fòmasyon nan domèn espirityèl, yo te zele nan ministè a e yo te menm gen privilèj pou yo pwofetize. Jodi a, lè paran yo zele nan ministè a, sa ka gen yon bon efè sou pitit gason yo ak pitit fi yo, sa ka pouse yo pou yo zele nan travay evanjelizasyon an pandan tout vi yo.

Gen evanjelizatè zele jodi a

6. Ki bèl rezilta evanjelizatè nan premye syèk yo te jwenn ?

6 Nan gwo pwofesi konsènan epòk nou an, tan lafen an, men sa Jezi deklare : “ Fòk toudabò yo preche bon nouvèl la nan tout nasyon. ” ​(Mak 13:10). Lafen an ap vini apre bon nouvèl la fin preche “ sou tout latè ki abite ”. (Matye 24:14.) Grasa predikasyon Pòl ansanm ak lòt evanjelizatè nan premye syèk la, anpil moun te vin kwayan, e yo te fòme kongregasyon anpil kote nan tout Anpi women an. Ansyen ki te nome pou sèvi nan kongregasyon sa yo te konn patisipe bò kote frè ak sè yo nan travay evanjelizasyon an, e konsa yo te etann aktivite predikasyon an toupatou. Pawòl Jewova a te kontinye etann li e se li ki te gen plis fòs nan epòk sa a. Se konsa sa ye jodi a paske gen plizyè milyon Temwen Jewova k ap fè travay yo antanke evanjelizatè (Travay 19:20). Èske w se youn nan moun sa yo k ap bay Jewova louwanj avèk jwa ?

7. Ki travay pwoklamatè yo ap fè jodi a ?

7 Jodi a, anpil pwoklamatè pwofite posiblite yo genyen pou yo ogmante patisipasyon yo nan travay evanjelizasyon an. Plizyè milye antre nan sèvis misyonè, e plizyè santèn milye ap evanjelize a plen tan antanke pyonye pèmanan oubyen pyonye oksilyè. Se pa ti bèl travay gason, fi, timoun k ap sèvi avèk zèl antanke pwoklamatè Wayòm nan akonpli ! Wi, tout pèp Jewova a jwenn benediksyon nan men l ann abondans pandan y ap sèvi l kòtakòt antanke evanjelizatè. — Sefànya 3:9.

8. Ki travay ki konparab ak mak y ap mete sou moun k ap fèt jodi a, e kiyès k ap fè travay sa a ?

8 Bondye bay disip wen Jezi yo responsablite pou yo pwoklame bon nouvèl la sou tout tè a. Bò kote yo nan travay evanjelizasyon sa a, gen moun ki fè pati “ lòt mouton ” Kris yo, e kantite moun sa yo pa sispann ogmante (Jan 10:16). Jan pwofesi a fè konparezon an, travay sa a k ap sove lavi a tankou yon mak y ap met sou fwon moun k ap soupire e k ap jemi akoz bagay detestab k ap fèt jodi a. Talè konsa, mechan yo pral detwi. Antretan, se yon gwo privilèj nou genyen pou nou pote verite a bay moun k ap viv sou tè a, yon verite k ap sove lavi ! — Ezekyèl 9:4-6, 11.

9. Ki jan nouvo yo ka resevwa èd nan ministè a ?

9 Si nou gen yon bon ti tan depi n ap patisipe nan travay evanjelizasyon an, gen bagay nou ka fè pou nou ede nouvo yo nan kongregasyon an. Nan kèk okazyon, nou ka mande yo pou yo akonpaye nou nan ministè a. Ansyen yo menm ap fè tout sa yo kapab pou yo bati lòt kwayan yo espirityèlman. Bèl efò siveyan sa yo ap fè avèk imilite ka ede lòt moun pou yo vin zele e pou yo pwodui fwi antanke evanjelizatè. — 2 Pyè 1:5-8.

Nou al kay an kay pou nou bay temwayaj

10. Konsènan ministè a, ki egzanp Kris ansanm ak premye disip li yo kite ?

10 Antanke evanjelizatè, Jezi Kris te bay disip li yo yon bèl egzanp. Men sa Pawòl Bondye a di konsènan ministè Kris ansanm ak apot li yo : “ Li te mache vil an vil, bouk an bouk, li t ap preche e li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a. E toule douz disip yo te avèk li. ” ​(Lik 8:1). Ki sa nou ka di konsènan apot yo ? Apre lespri sen te fin tonbe sou yo nan Pannkòt ane 33 a, “ chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ”. — Travay 5:42.

11. Selon Travay 20:20, 21, ki sa apot Pòl te fè nan ministè li ?

11 Lefètke apot Pòl te yon evanjelizatè zele, li te anmezi pou l ekri ansyen ki nan Efèz yo pawòl sa yo : “ Mwen pa t pè pou m anonse nou tout bagay ki te pwofitab, ni pou m anseye nou an piblik, ni pou m anseye nou kay an kay. ” Lè Pòl t ap ‘ anseye kay an kay ’ la, èske se vizit pastoral li te konn al fè lakay sèvitè Jewova parèy li ? Non, paske men sa l te di annapre : “ Mwen te bay yon temwayaj konplè, ni devan Juif ni devan Grèk, konsènan repantans devan Bondye e konsènan lafwa nan Jezi, Seyè nou an. ” ​(Travay 20:20, 21). An jeneral, moun ki deja vwe vi yo bay Jewova pa bezwen enstriksyon “ konsènan repantans devan Bondye e konsènan lafwa nan Jezi ”. Pòl te fòme ansyen nan Efèz yo nan ministè kay an kay la pandan li t ap anseye moun ki pa kwayan yo konsènan repantans ak lafwa. Konsa, Pòl te kopye sou metòd Jezi te etabli a.

12, 13. Ann amoni ak Filipyen 1:7, ki sa sèvitè Jewova yo fè konsènan dwa yo genyen pou yo preche ?

12 Pafwa, predikasyon kay an kay kapab difisil. Pa egzanp, gen moun ki konn fache lè nou vin frape pòt yo pou nou preche yo mesaj ki nan Bib la. Nou pa vle fè pyès moun fache. Sepandan, se Bib la ki di pou nou preche kay an kay, e se lanmou nou pou Bondye ak pou pwochen nou ki motive nou pou nou bay temwayaj nan fason sa a (Mak 12:28-31). Pou nou ka defann dwa nou genyen pou nou preche kay an kay e pou nou fè rekonèt dwa sa a legalman, nou konn prezante plizyè ka devan tribinal, nou menm ale devan Lakou siprèm Ozetazini (Filipyen 1:7). Tribinal sa a prèske toujou pran desizyon anfavè nou. Men egzanp youn nan vèdik yo te bay :

13 “ Distribisyon feyè ki gen rapò ak relijyon se yon fòm evanjelizasyon ki la lontan, ki la depi lè yo te envante enprimri. Ofiramezi ane ap pase, li te vin tounen yon kokenn fòs nan divès mouvman relijye. Jodi a, gen divès kalite sèk relijye ki itilize metòd sa a anpil anpil pou evanjelize moun. Sèk sa yo gen kòlpòtè k ap pote Levanjil la kay plizyè milye moun e k ap vizite moun yo yon fason pou yo jwenn moun ki dakò ak kwayans yo. [...] Premye Amandman [nan konstitisyon Etazini] an konsidere metòd sa a gen menm enpòtans ak lè moun yo ap adore nan legliz oswa lè y ap preche sou chè. ” — Murdock kont Pennsilvani, 1943.

Poukisa pou nou kontinye preche ?

14. Ki efè ministè nou ka fè sou moun yo ofiramezi ?

14 Gen plizyè rezon ki fè nou preche kay an kay. Chak fwa n al kay yon moun, nou eseye plante yon semans verite ki nan Bib la. Lè nou retounen vizite moun nan, nou chèche wouze semans lan. E ofiramezi, sa ka fè yon bon efè sou moun yo, paske men sa Pòl te ekri : “ Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè l grandi. ” ​(1 Korentyen 3:6). Kidonk, annou kontinye “ plante ” e annou kontinye “ wouze ”, paske nou gen konfyans Jewova ap “ fè l grandi ”.

15, 16. Poukisa nou al kay moun yo plizyè fwa ?

15 N ap fè travay evanjelizasyon an paske lavi moun yo an danje. Lè nou preche, nou kapab sove ni tèt nou, ni moun ki koute nou (1 Timote 4:16). Si nou konnen lavi yon moun an danje, èske se yon sèl ti tantativ n ap annik fè pou nou ede moun sa a ? Jamè ! Menm jan an, n ap vizite moun yo plizyè fwa, etandone nou konnen sa kapab sove vi yo. Lòt bagay ankò, sikonstans yo konn chanje. Yon moun ki pa kapab koute mesaj la nan yon okazyon paske li twò okipe, kapab aksepte koute nan yon lòt okazyon. Petèt tou se kapab yon lòt moun nan kay la ki vin ouvri pòt la, e sa kapab debouche sou yon konvèsasyon biblik.

16 Se pa sèlman sikonstans yo ki konn diferan, pafwa se etadespri moun yo ki konn chanje. Pa egzanp, yon moun konn nan lapenn paske li gen moun mouri e sa konn fè l aksepte koute mesaj Wayòm nan. Nan ka sa a, nou chèche konsole moun nan, nou fè l pran konsyans de bezwen espirityèl li e nou montre l kòman li kapab konble bezwen sa yo. — Matye 5:3, 4.

17. Ki pi gwo rezon ki fè n ap preche ?

17 Pi gwo rezon ki fè n ap bay temwayaj kay an kay oswa ki fè nou patisipe nan nenpòt lòt fasèt nan ministè a, se paske nou vle fè konnen non Jewova (Egzòd 9:16 ; Sòm 83:18). Lè yon moun ki renmen laverite, ki renmen lajistis vin bay Jewova louwanj grasa travay evanjelizasyon nou an, se pa ti benediksyon sa gen ladan l ! Se sa k fè, nan yon chante, salmis la te di pou ‘ nou menm jèn gason ak nou menm tou ki vyèj, nou menm granmoun ansanm ak tout tigason, se pou nou louwe non Jewova, paske se sèl non l ki nan yon wotè pèsonn pa ka rive. Diyite l pi wo pase ni tè a ni syèl la ’. — Sòm 148:12, 13.

Lè nou evanjelize, nou tire pwofi pèsonèlman

18. Ki jan nou tire pwofi nan travay evanjelizasyon an ?

18 Lè nou fè travay yon evanjelizatè, pèsonèlman, nou tire pwofi divès fason. Lè nou preche bon nouvèl la kay an kay, sa ede nou kiltive imilite, sitou lè moun yo pa byen resevwa nou. Pou nou ka efikas antanke evanjelizatè, nou bezwen fè menm jan ak Pòl, ki te ‘ vin tout bagay pou tout kalite moun, yon fason pou l ka sove kèk nan yo ’. (1 Korentyen 9:19-23.) Eksperyans nou nan ministè a ede nou pou nou vin gen tak. Lè nou konte sou Jewova, epi nou byen chwazi mo n ap di, sa ede nou aplike konsèy sa a Pòl te bay lè l te di : “ Se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl, yon fason pou n konnen jan nou dwe reponn chak moun. ” — Kolosyen 4:6.

19. Ki jan lespri sen ede evanjelizatè yo ?

19 Travay evanjelizasyon an pouse nou tou pou nou konte sou lespri sen Bondye (Zekarya 4:6). Kòm rezilta, fwi lespri a, anpalan de “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz ”, pral parèt aklè nan ministè nou (Galat 5:22, 23). Sa pral afekte fason n ap aji avèk moun yo, paske lè nou kite lespri sen dirije nou pandan n ap pwoklame bon nouvèl la, sa ede nou manifeste lanmou, sa fè nou gen lajwa, lapè, pasyans ak byenveyans, e sa ede nou manifeste bonte, lafwa, dousè ansanm ak metriz.

20, 21. Ki pwofi nou tire lè nou toujou okipe antanke evanjelizatè ?

20 Lòt byenfè nou jwenn antanke evanjelizatè, sèke nou vin gen plis konpasyon pou moun yo. Lè moun yo esplike nou pwoblèm yo, tankou pwoblèm maladi, chomaj ak pwoblèm familyal, nou pap aji tankou konseye yo, men n ap montre yo vèsè nan Bib la ki ka ba yo kouraj, ki ka konsole yo. Nou gen sousi pou moun ki sanble yo renmen lajistis, men ki avegle espirityèlman (2 Korentyen 4:4). Ala kontan nou kontan ede moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl la ” ! — Travay 13:48.

21 Lè nou patisipe regilyèman nan travay evanjelizasyon an, sa ede nou kite lespri nou fikse sou kesyon espirityèl (Lik 11:34). Sa bon pou nou anpil, paske si se pa t sa, nou ta ka sede lè nou jwenn tantasyon pou nou tonbe nan materyalis, yon bagay ki gaye nan monn sa a. Men ki egzòtasyon apot Jan te bay kretyen yo : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou pou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan monn nan : dezi lachè, dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men sa soti nan monn nan. Plis ankò, se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” ​(1 Jan 2:15-17). Antanke evanjelizatè, lè nou toujou okipe, nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, sa ede nou pou nou pa renmen monn nan. — 1 Korentyen 15:58.

Anpile trezò nan syèl la

22, 23. a) Ki trezò kretyen k ap evanjelize yo ap anpile ? b) Ki sa atik ki vin apre a ap ede nou fè ?

22 Lè nou zele nan travay predikasyon Wayòm nan, n ap jwenn byenfè ki la pou lontan. Jezi te montre sa lè l te di : “ Sispann anpile trezò sou tè a, kote mit ak wouy ap wonyen, e kote vòlè ap kase pou yo vòlè. Pito nou anpile trezò nou nan syèl la kote ni mit ni wouy pap wonyen, e kote vòlè pap kase pou yo vòlè. Paske kote trezò w ye se la tou kè w ap ye. ” — Matye 6:19-21.

23 Annou kontinye anpile trezò nan syèl la, piske nou konnen pa gen pi gwo privilèj pase privilèj nou genyen pou nou reprezante Souvren Seyè a Jewova antanke Temwen l (Izayi 43:10-12). Etan n ap akonpli misyon nou antanke minis Bondye, petèt nou ka santi nou menm jan ak yon kretyèn ki nan 90 an yo. Men ki pawòl li te di konsènan tout tan li pase nan sèvis Bondye : “ Mwen toujou di Jewova mèsi dèske li aksepte m nan sèvis li pandan tout ane sa yo, e m ap priye ak tout kè m pou l rete yon bon Papa pou mwen pou toutan. ” Si menm jan an, nou cheri relasyon nou genyen ak Bondye, asireman, antanke evanjelizatè, n ap fè yon travay ki konplè. Atik ki vin apre a ap ede nou wè ki jan nou ka akonpli ministè nou nèt.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou dwe fè travay yon evanjelizatè ?

• Ki sa w ka di konsènan travay evanjelizatè yo nan tan lontan ak travay evanjelizatè yo jodi a ?

• Poukisa nou bay temwayaj kay an kay ?

• Ki pwofi ou tire pèsonèlman pandan w ap fè travay yon evanjelizatè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Menm jan ak Filip ansanm ak pitit fi l yo, jodi a, gen evanjelizatè k ap fè travay yo ak kè kontan.

[Foto nan paj 12]

Ki pwofi ou tire pèsonèlman antanke moun k ap preche bon nouvèl la ?