Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w

Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w

Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w

“ Fè tout posib ou pou w prezante tèt ou antanke moun Bondye apwouve. ” — 2 TIMOTE 2:15.

1. Site divès sitiyasyon ki ka reprezante yon gwo eprèv pou espirityalite nou.

N AP viv nan yon monn ki toujou ap chanje. Se pa de gwo pwogrè nou wè ki fèt nan domèn syantifik ak nan domèn teknolojik. Anmenmtan, nou wè nan ki pwen prensip moral yo ap pèdi valè. Jan nou te wè sa nan atik ki anvan atik sa a, kretyen yo fèt pou yo reziste devan lespri monn nan, yon lespri ki opoze ak Bondye. Men, menm jan monn nan ap chanje a, nou menm tou nou chanje nan anpil sans. Yon lè nou te timoun, apre sa nou vin granmoun. Nou ka pa t gen richès oswa sante oswa fanmi, apre sa nou vin genyen yo, konsa tou, nou ka te genyen yo epi nou pèdi yo. Nou pa gen okenn kontwòl sou anpil nan chanjman sa yo, e yo ka reprezante yon kokenn eprèv pou espirityalite nou.

2. Site kèk chanjman ki te fèt nan lavi David.

2 Pa gen anpil moun ki rankontre gwo chanjman nan lavi yo menm jan ak David, pitit Jese a. David, ki te yon senp ti bèje pyès moun pa t konnen, nan yon moman, li vin tounen yon ewo nasyonal tout moun ap pale de li. Apre sa, li tonbe nan mawon paske yon wa jalou te lage dèyè l tankou lè y ap fè lachas dèyè zannimo. Ansuit, David te vin wa e li te ranpòte viktwa sou viktwa. Li te sibi move konsekans peche grav genyen. Te gen gwo pwoblèm ak divizyon nan fanmi l. Li te gen posiblite rasanble anpil byen, li te vin granmoun e li te konn sa sa vle di lè yon granmoun enfim. Men, malgre tout chanjman sa yo, David te montre, pandan tout vi l, li se yon moun ki met konfyans li nan Jewova e ki konte sou lespri Bondye. Li te fè tout posib li pou l prezante tèt li antanke moun “ Bondye apwouve ”, e Bondye te beni l (2 Timote 2:15). Menmsi nou pa nan menm sitiyasyon ak David, gen anpil bagay nou ka aprann nan fason li te reyaji devan sitiyasyon li te rankontre nan lavi l. Si nou egzamine egzanp li, sa ka ede nou konprann ki sa nou ka fè pou lespri Bondye kontinye ede nou nan chak sitiyasyon nou rankontre nan lavi nou.

Imilite David se yon bèl egzanp

3, 4. Alòske David te yon ti gadyen mouton pèsonn pa t konnen, ki sa li te fè ki fè tout peyi a te vin ap pale de li ?

3 Lè David te piti, menm moun lakay li pa t ba l enpòtans. Pa egzanp, lè pwofèt Samyèl t al Betleyèm, papa David te prezante sèlman sèt nan uit pitit gason l yo. Yo te kite David, ti dènye a, pou l siveye mouton. Toutfwa, se David Jewova t apral chwazi kòm pwochen wa ann Izrayèl. Yo voye chèche David nan savann nan. Men ki jan Bib la rakonte sa k te pase apre sa : “ Samyèl pran kòn ki gen luil la e li wenn David nan mitan frè l yo. E depi jou sa a, lespri Jewova kòmanse aji sou David. ” ​(1 Samyèl 16:12, 13). David te konte sou lespri sa a pandan tout vi l.

4 Sa pa t pran lontan pou tout moun nan peyi a vin ap pale de ti bèje sa a. Li te vin osèvis wa ki te la a, e li te konn jwe mizik pou li. Li te touye Golyat, yon gèrye, yon jeyan ki te tèlman fewòs, menm sòlda Izrayelit yo, ki te gen anpil eksperyans nan lagè, te pè afwonte l. Yo te vin mete David nan tèt lame peyi a, e li te ranpòte laviktwa sou Filisten yo. Pèp la te vin fou pou li. Yo te konpoze chante pou yo fè lwanj pou li. Anvan sa, gen yon konseye wa Sayil ki te pale an byen de David, aktout li te jèn. Non sèlman li te di David se yon moun ki “ fò nan jwe ” hap, men tou li te pale de li kòm yon “ gason ki vanyan e ki gen fòs, yon gason ki konn fè lagè e ki pale avèk entèlijans, yon gason ki byen fòme ”. — 1 Samyèl 16:18 ; 17:23, 24, 45-51 ; 18:5-7.

5. Ki sa ki ta ka fè David santi li pa kamarad pèsonn, e ki jan nou fè konnen sa pa t rive l ?

5 Fò w ta di David te gen tout pou li : li gen renome, li bèl gason, li jèn, li konn pale, li konn jwe mizik byen, li fò nan zafè lagè e li gen favè Bondye. Nenpòt nan bagay sa yo te ka fè David santi li pa kamarad pèsonn. Poutan, sa pa t rive. Lè wa Sayil te pwopoze David pou l marye l ak yon pitit fi l, san David pa t ap pran pòz enb li, note ki repons li te bay wa a : “ Kiyès mwen ye e ki moun ki paran m, ki moun ki fanmi papa m, ann Izrayèl, pou m ta vin bofis wa a ? ” ​(1 Samyèl 18:18). Tande ki kòmantè yon biblis fè sou vèsè sa a : “ Sa David te vle di sèke, li pa t santi li merite onè pou l ta vin bofis wa a pou kèlkeswa rezon an, kit se kalifikasyon pèsonèl, ran sosyal, oswa ras li. ”

6. Poukisa nou dwe kiltive imilite ?

6 Si David te gen imilite lakay li, se paske li te rekonèt pa gen okenn konparezon posib ant Jewova ak lèzòm, ki tou deja enpafè. David te menm santi se yon gwo bagay dèske Bondye enterese nan lèzòm (Sòm 144:3). David te konnen tou, se paske Jewova gen imilite lakay li ki fè li menm David rive nan wotè li ye a. Annefè, Bondye te bese byen ba pou l soutni David, pou l pwoteje l e pou l pran swen l (Sòm 18:35). Èske se pa yon bèl leson sa ye pou nou jodi a ? Talan nou, bagay nou reyalize nan lavi nou ak privilèj nou genyen pa ta dwe janm fè nou santi nou pa kamarad pèsonn. Men ki sa apot Pòl te di : “ Wi, ki sa ou genyen, san se pa resevwa w resevwa l ? Donk, si se vre sa w genyen an se resevwa w resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou kòmsi se pa resevwa ou te resevwa l ? ” ​(1 Korentyen 4:7). Pou nou gen lespri sen Bondye avèk nou e pou nou jwenn apwobasyon l, nou dwe kiltive imilite e nou bezwen konsève kalite sa a. — Jak 4:6.

“ Pa vanje tèt nou ”

7. Ki opòtinite David te jwenn pou l touye wa Sayil ?

7 Renome David te genyen an pa t rann li ògeye, tandiske sa te rann wa Sayil jalou, li menm ki pa t gen lespri Bondye avè l ankò, e jalouzi sa a te fè l soti pou l touye David. Byenke David pa t fè anyen ki mal, li te oblije chape poul li e li t al refijye l nan yon dezè. Gen yon lè, pandan wa Sayil lage dèyè David, l al antre nan yon gwòt san l pa t konnen si David ak mesye l yo te kache anndan gwòt la. Pou mesye David yo, sanble se Bondye ki te ba l opòtinite sa a pou l touye Sayil, e yo kole nan kò l pou l pwofite okazyon an. Nou ka imajine yo nan fènwa a, k ap pale toupiti ak David, k ap di l : “ Jou a rive kote vrèman Jewova di : ‘ Men m lage ènmi w lan nan men w. Ou mèt fè l egzakteman jan sa parèt bon nan je w. ’” — 1 Samyèl 24:2-6.

8. Poukisa David te refize tire revanj ?

8 David refize fè Sayil sa ki mal. Li te gen yon fwa ak yon pasyans ki te fè l prefere kite bagay yo nan men Jewova. David tann kou wa a soti nan gwòt la, li rele l byen fò, li di l : “ Se pou Jewova jije ant mwen menm avè w. E se pou Jewova tire revanj pou mwen kont ou, men se pa men pa m k ap janm vin sou ou. ” ​(1 Samyèl 24:12). Aktout David te konnen se Sayil ki antò, li pa t dèyè tire revanj, e li pa t pale lèd ni lè l devan Sayil ni lè l dèyè l. David te jwenn plizyè lòt okazyon ankò pou l te regle bagay yo li menm, men li te refize fè sa. Li te prefere konte sou Jewova pou mete bagay yo nan plas yo. — 1 Samyèl 25:32-34; 26:10, 11.

9. Si n ap rankontre opozisyon oswa pèsekisyon, poukisa nou pa dwe reyaji menm jan ak moun yo ?

9 Menm jan ak David, sa ka rive ou twouve w nan kèk sitiyasyon ki difisil. Gendwa se kondisip ou, kòlèg travay ou, moun lakay ou oubyen lòt moun ankò ki opoze ak ou oswa k ap pèsekite w. Si se nan yon ka konsa ou ye, pa fè menm jan avèk yo. Konte sou Jewova depreferans e mande l lespri sen l pou ede w. Li posib pou moun sa yo enpresyone lè yo wè ou se yon moun ki gen bon konduit, e sa ka menm fè yo vin sèvi Jewova (1 Pyè 3:1). Menmsi sa pa ta rive, ou mèt asire w Jewova wè nan ki sitiyasyon ou ye e, kou lè a rive, l ap pran tout dispozisyon pou l korije sitiyasyon an. Men ki sa apot Pòl di : “ Pa vanje tèt nou, byenneme, men bay kòlè a espas, paske men sa ki ekri : ‘ Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap peye anretou, se sa Jewova di. ’” — Women 12:19.

“ Koute disiplin ”

10. Ki jan David te rive tonbe nan peche, e ki jan l te eseye kache sa ?

10 Plizyè ane pase. David vin tounen yon wa tout moun renmen, yon wa ki gen anpil anpil prestij. Fidelite l ansanm ak bèl sòm li te ekri pou louwe Jewova te ka fè yon moun kwè li difisil pou yon nonm konsa tonbe nan peche ki grav. E poutan se sa k te rive l. Yon jou, etan wa a te sou do lakay li, li te remake yon bèl dam ki t ap benyen. Li mande enfòmasyon sou dam nan e li vin aprann li rele Batcheba, e mari l, Ouriya, te pati al nan lagè. Konsa, David voye chèche Batcheba, e li kouche avè l. Annapre, li vin aprann Batcheba ansent. Ou imajine ki pale anpil sa t ap fè si yon koze konsa ta pran lari ? Sou Lwa Moyiz la, yo te konsidere adiltè kòm yon krim kapital. Wa a fè tèt li travay pou l wè si pa gen mwayen pou l kache sa k te pase a. Se konsa li voye nouvèl bay lame a, li bay lòd pou fè Ouriya rantre Jerizalèm. David te espere Ouriya t apral pase nuit la ak Batcheba, men sa pa t fèt. Lè David wè li antrave, li voye Ouriya retounen nan batay la e li ba l yon lèt bay Jowab, kòmandan lame a. Lèt la te di pou yo mete Ouriya nan yon pozisyon pou l mouri nan batay la. Jowab obeyi, e vrèmanvre Ouriya mouri. David tann kou Batcheba fin pase peryòd dèy koutim nan te mande a, li pran l kòm madanm. — 2 Samyèl 11:1-27.

11. Ki sitiyasyon Natàn prezante devan David, e ki jan David reyaji ?

11 Aparamman, plan David la te mache, menmsi sandout, li te konnen pa gen anyen nan koze a ki te kache nan je Jewova (Ebre 4:13). Plizyè mwa te pase, e bebe a vin fèt. Kounye a, Bondye voye pwofèt Natàn al pale ak David. Sa pwofèt la fè, li prezante wa a yon sitiyasyon : yon nonm rich ki chaje ak mouton pran yon sèl ti grenn mouton yon malere te genyen pou tout byen l, e li fè touye mouton malere a. Lè David fin tande istwa a, sa reveye sans jistis ki lakay li, men li pa t sispèk se yon istwa ki gen yon siyifikasyon kache. Rapidman, David pwononse santans li kont nonm rich la. Se avèk yon gwo kòlè li di Natàn konsa : “ Moun ki fè sa a merite mouri ! ” — 2 Samyèl 12:1-6.

12. Ki jijman Jewova te pwononse kont David ?

12 Pwofèt la reponn : “ Moun sa a se ou menm menm ! ” Se David ak pwòp bouch li ki te pwononse santans li. Anvan, li te gen endiyasyon, men kounye a, gen yon sèl wont ak yon gwo chagren ki anvayi l. Li pa konn sa pou l di tèlman l sezi, konsa li koute Natàn k ap pwononse santans Jewova voye l pwononse, yon santans ki t ap rive kanmenm. Pa t gen okenn pawòl rekonfò, okenn pawòl konsolasyon nan santans lan. David te meprize sa Jewova di, li te fè sa ki mal. Èske li pa t fè epe ènmi touye Ouriya ? Poutèt sa, epe ap toujou frape lakay li. Èske li pa t pran madanm Ouriya an kachèt ? Menm bagay la t ap gen pou rive l, pa an kachèt, men devan je tout moun. — 2 Samyèl 12:7-12.

13. Ki reyaksyon David te genyen devan disiplin Jewova ?

13 Sa ki te jwe an favè David, sèke li te rekonèt tò l. Li pa t fache kont pwofèt Natàn. Li pa t ap chèche fè lòt moun peye po kase a, ni li pa t chèche eskiz pou sa ki te pase a. Lè yo te mete David anfas peche l, li te rekonèt tò l. Li te di : “ Mwen peche kont Jewova. ” ​(2 Samyèl 12:13). Sòm 51 montre jan sa te toumante l, se yon Sòm ki montre jis nan ki pwen li te repanti. Li te sipliye Jewova, li di l : “ Pa voye m jete byen lwen prezans ou, e lespri sen w, tanpri, pa retire l sou mwen ! ” Li te konnen Jewova, nan mizèrikòd li, pa t ap janm meprize ‘ yon kè ki brize e ki kraze ’ akoz peche (Sòm 51:11, 17). David te kontinye konte sou lespri Bondye. Se vre Jewova pa t pwoteje David kont konsekans tèrib peche l la te genyen, men li te padone l.

14. Ki reyaksyon nou fèt pou nou genyen lè Jewova disipline nou ?

14 Nou tout nou enpafè, e nou tout nou peche (Women 3:23). Pafwa, menm jan ak David, nou kapab tonbe nan peche ki grav. Menm jan yon papa ki renmen pitit li disipline yo, Jewova korije tout moun k ap bat pou yo sèvi l. Se vre disiplin pote anpil byenfè, men fòk nou rekonèt li pa fasil pou nou aksepte l. Anfèt, pafwa, li konn menm bay “ lapenn ”. (Ebre 12:6, 11.) Sepandan, si nou “ koute disiplin ”, sa ka fè nou rekonsilye ak Jewova (Pwovèb 8:33). Pou nou kontinye jwenn benediksyon grasa lespri Jewova, se pou nou aksepte koreksyon e se pou nou travay pou nou jwenn apwobasyon Bondye.

Pa mete espwa nou nan richès ki pa sèten

15. a) Ki jan anpil moun sèvi ak richès yo ? b) Ki jan David te vle sèvi ak richès pa l ?

15 Pa gen anyen ki montre David te gen yon ran sosyal elve oswa li te soti nan yon fanmi ki rich. Sepandan, diran rèy li antanke wa, David te ranmase richès sou richès. Kòm ou konnen, gen anpil moun ki sere kòb yo, ki kite avidite fè yo toujou ap chèche mete sou sa yo genyen deja e ki depanse l nan enterè pa yo sèlman. Gen lòt menm ki sèvi ak kòb yo pou yo glorifye tèt yo (Matye 6:2). David pa t sèvi ak richès li konsa li menm. Li te toujou bat pou l onore Jewova. David te di Natàn nan ki pwen li te anvi bati yon tanp pou Jewova, yon tanp ki t ava sèvi pou mete lach alyans lan, ki, nan moman an, te Jerizalèm e ki te “ abite anba tant ki fèt ak twal ”. Sa te fè Jewova plezi pou l wè entansyon David, men li te fè Natàn di l se Salomon, pitit li, ki ta gen responsablite pou l bati tanp lan. — 2 Samyèl 7:1, 2, 12, 13.

16. Ki preparasyon David te fè pou konstriksyon tanp lan ?

16 David te tonbe rasanble materyo pou kokenn pwojè konstriksyon sa a. Men ki sa David te di Salomon : “ Mwen prepare san mil talan lò ak yon milyon talan ajan pou mezon Jewova a, e kanta pou kuiv ak fè, pa gen mwayen pou moun peze kantite a, pou tèlman yo anpil. Mwen prepare bwa ak wòch, men w a ajoute sou yo. ” Nan richès pèsonèl li, li te fè yon kokenn kontribisyon : 3 000 talan lò ak 7 000 talan ajan * (1 Kwonik 22:14 ; 29:3, 4). Si David te bay tout sa, se pa pou l te fè wè, men se te pou l montre lafwa ki lakay li ak atachman l pou Jewova Dye. Dayè, li te konnen kiyès ki te ba l richès li yo. Tande ki sa l te di Jewova : “ Se nan ou tout bagay soti, e se nan men w nou pran tout sa nou ba ou la yo. ” ​(1 Kwonik 29:14). Se kè David ki te pouse l bay e ki te fè l fè tout sa l kapab pou l soutni vrè adorasyon an.

17. Nan ki sans konsèy nou jwenn nan 1 Timote 6:17-19 aplike ni pou moun ki rich ni pou moun ki pòv ?

17 Nou menm tou, ann sèvi ak byen nou posede pou nou fè sa ki byen. Olye pou n ap mennen yon vi materyalis, li preferab pou nou chèche gen apwobasyon Bondye. Se sèlman konsa n ap rive jwenn vrè sajès la e n ap rive jwenn kè kontan. Pòl te di : “ Bay moun ki rich nan sistèm de choz jodi a lòd pou yo pa gen ògèy, ni pou yo pa mete espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye, ki founi nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo, pou yo travay pou lebyen, pou yo rich nan fè bèl zèv, pou yo donan e pou yo dispoze pataje. Konsa y ap ranmase yon trezò mete sou kote pou yo menm menm, yon bon fondman pou lavni, dekwa pou yo kenbe lavi toutbon an fèm. ” ​(1 Timote 6:17-19). Nan kèlkeswa sitiyasyon ekonomik nou ye, ann konte sou lespri Bondye e ann mennen yon vi k ap fè nou “ rich nan je Bondye ”. (Lik 12:21.) Lè Papa nou ki nan syèl la, Papa cheri nou an, apwouve nou, pa gen anyen ki gen valè tankou sa.

Prezante tèt ou antanke moun Bondye apwouve

18. Nan ki sans David kite yon bèl egzanp pou kretyen yo ?

18 David te toujou ap chèche apwobasyon Jewova pandan tout vi l. Tande ki pawòl li te di nan yon chante : “ Fè m favè non, o Bondye. Paske se nan ou nanm mwen pran refij. ” ​(Sòm 57:1). Se pa anven li te mete konfyans li nan Jewova. David te vin granmoun, li te “ rasazye ak jou ”. (1 Kwonik 23:1.) Aktout David te komèt peche ki grav, yo pale de li kòm youn nan pakèt temwen Bondye yo, kòm yon moun ki te montre li gen yon fwa estrawòdinè. — Ebre 11:32.

19. Ki jan nou ka prezante tèt nou antanke moun Bondye apwouve ?

19 Se vre ka gen divès kalite chanjman ki fèt nan lavi w, men pa bliye : menm jan Jewova te soutni David, li te fòtifye l e li te korije l, li ka fè menm bagay la pou ou tou. Menm jan ak David, apot Pòl te rankontre divès sitiyasyon nan lavi l. Men li menm tou, li te konte sou lespri Bondye e sa te ede l rete fidèl. Gade sa li te ekri : “ Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun ki ban m pisans lan. ” ​(Filipyen 4:12, 13). Si nou konte sou Jewova, l ap ede nou pou nou reyisi. Li vle nou reyisi. Si nou koute sa l di nou e si nou vin pi pwòch avè l, l ap ban nou fòs pou nou fè volonte l. E si nou kontinye konte sou lespri Bondye, n ap anmezi pou nou ‘ prezante tèt nou antanke moun Bondye apwouve ’, non sèlman kounye a, men n ap fè sa pandan tout letènite. — 2 Timote 2:15.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Ofrann David te fè a t ap vo jodi a plis pase 1 200 000 000 dola ameriken.

Ki repons nou ta bay ?

• Kòman nou ka veye pou nou pa ògeye ?

• Poukisa nou pa dwe tire revanj ?

• Ki pwennvi nou fèt pou nou genyen sou disiplin ?

• Poukisa se nan Bondye pou nou met konfyans nou, se pa nan richès ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

David te konte sou lespri Bondye e li te chèche jwenn apwobasyon l. Èske w fè tankou l ?

[Foto nan paj 27]

“ Se nan ou tout bagay soti, e se nan men w nou pran tout sa nou ba ou la yo. ”