Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske chèf relijye yo dwe mele nan politik ?

Èske chèf relijye yo dwe mele nan politik ?

Èske chèf relijye yo dwe mele nan politik ?

“MELE nan politik ka ede moun ki pòv yo [...]. Menmsi sistèm politik la pa sanble l ann akò ak volonte Bondye, ‘ nou dwe patisipe ladan l yon fason pou nou ka pote jistis pou pòv yo. ’ ” Se sa yon achevèk kanadyen te di yon seri de moun ki t ap fè pelerinaj. — Catholic News.

Se yon bagay ki kouran pou w tande chèf relijye ki dakò pou yo mele nan politik, e se pa yon bagay ki ra pou w wè lidè relijye ki okipe pòs politik. Gen kèk ladan yo ki eseye fè refòm politik. Gen lòt menm moun admire yo, moun sonje yo pou lit yo te mennen nan yon seri domèn tankou egalite pou tout ras ak abolisyon esklavaj.

Sepandan, anpil layik santi yo malalèz lè yo wè predikatè yo pran pozisyon nan kesyon politik. Gade sa yon jounal ki rele Christian Century di nan yon atik sou teyoloji politik : “ Gen kèk fidèl potestan pafwa k ap kesyone tèt yo sou patisipasyon chèf relijye yo nan aktivite politik. ” Anpil moun ki kwayan panse legliz se yon kote ki twò sakre pou y ap fè politik ladan l.

Lefètke chèf relijye yo mele nan politik, sa soulve kèk kesyon enteresan ki konsène tout moun ki ta renmen wè yon amelyorasyon nan monn nan. Èske moun k ap preche krisyanis la ka fè refòm politik ? * Ki mwayen Bondye ap itilize pou l fè gouvènman yo vin pi bon e pou amelyore monn nan ? Èske se lè predikatè yo fè politik nan prèch yo ? Èske okòmansman, objektif krisyanis la se te pou l vini ak yon nouvo fason pou moun fè politik ?

Fè politik nan non Kris : ki jan sa te kòmanse ?

Dapre sa Henry Chadwick, yon istoryen, di nan liv ki rele Premye Legliz la (anglè), tout moun te rekonèt moun ki nan kongregasyon premye kretyen yo “ pa t dèyè pouvwa nan monn nan ”. Se yon “ kominote ki pa t nan politik, ki te byen trankil e ki te renmen lapè ”. Men sa liv Istwa krisyanis la (anglè) di : “ Konviksyon anpil kretyen te genyen, se te pou pèsonn pami yo pa t okipe yon pozisyon nan leta [...]. Byen lontan apre, nan kòmansman twazyèm syèk la, Ipolit te fè konnen kretyen yo te toujou konn mande yon moun ki majistra pou l bay demisyon l si l ta vle vin manm Legliz la. ” Sepandan, tikras pa tikras, yon seri de mesye ki te dèyè pouvwa te vin pran latèt nan anpil kongregasyon, yo te bay tèt yo gwo tit (Travay 20:29, 30). Kèk nan yo te vle pou yo lidè relijye e anmenmtan pou yo lidè politik. Yon chanjman sanzatann ki te fèt nan gouvènman Wòm nan te bay chèf relijye sa yo opòtinite yo t ap chèche a.

Nan ane 312 epòk nou an, Konstanten, yon anperè women, yon payen, te kòmanse enterese nan swadizan krisyanis la. E sa ki etonan an sèke evèk nan legliz yo te byen kontan fè konpwomi ak anperè payen an pou yo te ka jwenn privilèj nan men l. Men sa Henri Chadwick ekri : “ Legliz te vin mele pi plis chak jou nan gwo desizyon politik yo. ” Lefètke chèf relijye yo te mele nan politik, ki efè sa te genyen sou yo ?

Efè politik te genyen sou kèk predikatè

Se sitou Ogisten, yon teyolojyen katolik nan senkyèm syèk la ki te gen anpil enfliyans, ki te soutni lide ki fè konprann Bondye sèvi ak chèf relijye yo antanke politisyen. Sa li te anvizaje, se te pou Legliz dirije nasyon yo e pou l pote lapè pou limanite. Poutan, gade ki sa yon istoryen ki rele H. G. Wells te ekri : “ Soti depi nan senkyèm syèk pou rive nan kenzyèm syèk, sa ki domine pifò pati nan istwa Ewòp la, se echèk gwo lide pou yo mete sou pye yon gouvènman inivèsèl Bondye ap soutni. ” Kretyente a pa t rive pote lapè menm pou Ewòp la, alewè pou l ta pote lapè pou tout monn nan. Sa yo te pran pou krisyanis la te vin pèdi valè nan je anpil moun. Sa k te fè sa ?

Anpil moun ki pretann y ap preche krisyanis la te rantre nan politik avèk bon entansyon, men se apre yo vin wè yo tonbe nan fè sa k mal. Maten Litè, ki te alafwa yon predikatè e yon tradiktè Labib, te selèb anpil pou efò li te fè pou l refòme Legliz katolik. Sepandan, paske li te pran pozisyon kont doktrin ki nan Legliz yo avèk kran, sa te fè moun ki te gen rezon politik pou yo antre an rebelyon vin fanatik li. Yon fwa Litè te kòmanse pale nan kesyon politik, li te vin pèdi respè l devan anpil moun. Okòmansman, li te anfavè peyizan yo ki te antre an rebelyon kont nòb yo ki t ap toupizi yo. Apre sa, lè rebelyon an te vire an kòbòy, vyolans te mete pye, li te ankouraje nòb yo pou yo kraze rebelyon an, e se sa menm yo te fè, yo te masakre plizyè milye ladan yo. E sa pa etonan si peyizan yo te pran l pou yon trèt. Yon lòt bò, Litè te ankouraje nòb yo pou yo rebele kont anperè katolik la. An reyalite, depi okòmansman, Potestan yo, se konsa yo te vin rele disip Litè yo, se te yon mouvman politik. Ki efè pouvwa te gen sou Litè ? Li te kòwonp li. Pa egzanp, malgre okòmansman li pa t dakò pou y ap itilize fòs kont rebèl relijye yo, men pi devan li te ankouraje zanmi politik li yo pou yo egzekite, wi, pou yo boule tout moun ki te kont batèm tibebe.

Jan Kalven te yon chèf relijye selèb nan Jenèv, men li te vin gen anpil enfliyans politik tou. Lè Michèl Sèvè te montre l doktrin Trinite a pa baze sou Bib la, li te sèvi ak enfliyans li genyen nan domèn politik pou l soutni egzekisyon Sèvè. Yo te boule l sou yon biche. Ala devye yo te devye byen lwen ansèyman Jezi yo !

Petèt, mesye sa yo te bliye sa Bib la di nan 1 Jan 5:19 : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” Èske se toutbon yo te vle fè refòm politik nan epòk yo a, oubyen èske se dèyè pouvwa yo te ye, oswa dèyè zanmi ki nan gwo pozisyon ? Kèlkeswa rezon an, yo te dwe sonje pawòl enspire Jak, youn nan disip Jezi yo, te di : “ Èske nou pa konnen vin zanmi monn nan se vin lènmi Bondye ? Donk yon moun ki vle zanmi monn nan fè tèt li lènmi Bondye. ” ​(Jak 4:4). Jak te konnen pawòl Jezi te di konsènan disip li yo : “ Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” — Jan 17:14.

Toutpandan gen moun ki admèt kretyen yo pa gen dwa mele nan bagay mal k ap fèt nan monn nan, anpil nan yo pa dakò pou kretyen yo rete net nan domèn politik, pou yo annik “ pa fè pati monn nan ”. Moun sa yo deklare yon netralite konsa ap anpeche kretyen yo fè aksyon ki montre yo gen lanmou pou pwochen yo. Yo panse lidè legliz yo dwe leve vwa yo kont koripsyon ak enjistis, yo dwe bay patisipasyon pa yo pou konbat bagay sa yo. Men, èske se vre si yon moun net jan Jezi te anseye l la, sa vle di li pa ka fè aksyon ki montre li gen kè sansib pou pwochen l ? Èske yon kretyen ka rete apa nan kesyon politik e anmenmtan pou l ede pwochen l yon fason ki pratik ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa yo.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Men jan yon diksyonè defini politik : “ Tout aktivite ki gen rapò ak fason yo gouvène yon peyi oubyen yon zòn, e ki sitou konsène deba oswa konfli ki genyen ant plizyè moun, oubyen plizyè pati, ki sou pouvwa oubyen ki dèyè jwenn pouvwa. ” — The New Oxford Dictionary of English.

[Foto nan paj 4]

Pou kèk lidè relijye te rive jwenn pouvwa nan domèn politik, yo te fè konpwomi ak yon seri de chèf tankou anperè Konstanten.

[Liy kredi]

Musée du Louvre, Pari

[Foto nan paj 5]

Poukisa kèk lidè relijye moun byen konnen te tonbe nan politik ?

Ogisten

Litè

Kalven

[Liy kredi]

Ogisten ICCD Foto ; Kalven : Se Holbein ki fè pòtrè a. Nou jwenn li nan liv The History of Protestantism (Vol. II)