Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske netralite anpeche kretyen manifeste lanmou ?

Èske netralite anpeche kretyen manifeste lanmou ?

Èske netralite anpeche kretyen manifeste lanmou ?

POU yon moun kretyen, li dwe fè plis pase annik li Labib, lapriyè epi chante kantik jou dimanch. Sa mande pou moun nan fè yon seri aksyon ni pou Bondye ni pou pwochen l. Bib la di : “ Se pa pou nou renmen, ni an pawòl ni ak lang nou, men se pou nou renmen ann aksyon e an verite. ” ​(1 Jan 3:18). Jezi te gen sousi toutbonvre pou lòt moun, e kretyen yo fèt pou imite l. Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo toujou gen ‘ anpil bagay pou yo fè nan travay Seyè a ’. (1 Korentyen 15:58.) Men, ki sa travay Seyè a ye ? Èske sa vle di eseye chanje politik gouvènman yo anfavè pòv yo, anfavè moun y ap toupizi yo ? Èske se sa Jezi te fè ?

Malgre gen moun ki te ankouraje Jezi pou l te mele nan politik, oubyen pou l te pran pozisyon nan bagay konsa, li te refize. Satan te pwomèt li li t ap ba li pouvwa sou tout wayòm ki gen nan monn nan. Li te rejte pwopozisyon sa a. Li te refize fè diskisyon sou zafè peye taks e li te retire kò l lè yon foul moun te dèyè mete l wa sou tèt yo (Matye 4:8-10 ; 22:17-21 ; Jan 6:15). Men, netralite l pa t anpeche l fè sa ki byen anfavè lòt moun.

Jezi te konsantre efò l sou aktivite ki ka pote yon byenfè dirab pou lòt moun. Lè li te bay senk mil moun manje e li te geri moun ki malad, se vre sa te pote yon soulajman pou yo, menmsi se te pou yon ti tan, men ansèyman l yo te fè gen benediksyon etènèl ki disponib pou tout limanite. Yo pa t konnen Jezi antanke moun k ap òganize operasyon sekou, men yo te tou senpleman konnen l kòm “ Anseyan an ”. (Matye 26:18 ; Mak 5:35 ; Jan 11:28.) Li te di : “ Se poutèt sa mwen fèt, e se poutèt sa mwen vini nan monn nan : pou m rann temwayaj pou laverite. ” — Jan 18:37.

Li te preche yon mesaj ki pi bon pase politik

Verite Jezi t ap preche a pa t yon teyori politik. Olye de sa, verite sa a te santre sou Wayòm li t apral Wa ladan l lan (Lik 4:43). Wayòm sa a se yon gouvènman selès ki pral ranplase tout administrasyon lèzòm yo e ki pral pote lapè dirab pou limanite (Izayi 9:6, 7 ; 11:9 ; Danyèl 2:44). Kidonk, se li menm ki sèl vrè espwa pou limanite. Èske yon moun pa montre li gen plis lanmou lè li anonse moun yo yon espwa ki sèten pou lavni olye pou li ankouraje yo pou yo kwè nan lèzòm pou ba yo sekirite alavni ? Bib la di : “ Pa plase konfyans nou nan potanta, ni nan pitit lòm ki fèt ak pousyè tè e ki pa kapab sove pèsonn. Lespri l soti, li retounen nan tè li a, e nan menm jou a, tout sa l gen nan panse l peri. Byennere moun ki gen Bondye Jakòb la pou pote l sekou, ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la. ” ​(Sòm 146:3-5). Donk, olye pou Jezi voye disip li yo al preche yon pi bon fason pou gouvènman yo òganize, li te anseye yo pou yo preche ‘ bon nouvèl wayòm nan ’. — Matye 10:6, 7 ; 24:14.

Kidonk, se sa ki “ travay Seyè a ”, e se travay sa a predikatè kretyen yo resevwa misyon pou yo fè. Piske yo mande moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a pou youn renmen lòt, Wayòm nan pral reyisi elimine pòvrete, paske yo pral distribye tout resous limanite posede yo san patipri (Sòm 72:8, 12, 13). Èske sa a se pa yon bon nouvèl ki merite pou moun preche l ?

Jodi a, Temwen Jewova yo òganize pou yo fè “ travay Seyè ” a nan 235 peyi. Ann amoni ak sa Jezi te kòmande, yo gen respè pou tout gouvènman (Matye 22:21). Men, yo obeyi pawòl sa yo Jezi te di disip li yo : “ Nou pa fè pati monn nan, e [...] mwen chwazi nou nan mitan monn nan. ” — Jan 15:19.

Anpil moun ki te konn mele nan politik sispann fè sa apre yo fin etidye Bib la seryezman. Gen yon Italyen ki te manm Aksyon katolik, yon òganizasyon Legliz ap dirije, ki di : “ Mwen te antre nan politik, paske mwen te santi fòk yon moun bay yon patisipasyon aktif nan devlopman politik ak devlopman sosyal kominote a. ” Apre li te fin remèt demisyon l kòm majistra, yon fason pou l te ka preche Wayòm Bondye a antanke Temwen Jewova, li esplike pou ki rezon anpil moun sensè echwe nan efò y ap fè nan domèn politik. Men sa l di : “ Sa k fè monn nan nan eta l ye a, se pa paske pa gen moun onèt ki eseye amelyore kondisyon sosyal yo, men pito, se paske mechanste majorite moun ap fè yo kouvri bonjan efò yon ti minorite ap fè. ”

Kretyen yo pa mele nan zafè politik yon fason pou yo ka preche sèl espwa ki genyen pou limanite. Men, sa pa anpeche yo ede pwochen yo yon fason ki pratik. Moun yo ede pou vin fè pati moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a aprann chanje mantalite kraze brize yo te genyen, yo vin respekte otorite, yo amelyore relasyon ki genyen anndan fanmi yo e yo vin gen yon pwennvi ekilibre sou byen materyèl. E sa ki pi enpòtan ankò, Temwen Jewova yo ede moun vin gen relasyon entim ak Bondye.

Moun k ap preche Wayòm Bondye a se yon benediksyon yo ye pou sosyete kote y ap viv la. Mete sou sa, yo ankouraje moun mete konfyans yo nan yon gouvènman ki reyèl, yon gouvènman k ap pote lapè dirab pou tout moun ki renmen Bondye. E lefètke kretyen yo net, sa fè yo lib pou pote èd ki pi dirab e ki pi pratik ki disponib jodi a pou moun yo.

[Foto nan paj 6]

Netralite minis kretyen yo pa anpeche yo ede pwochen yo.