Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann met kouraj sou nou menm jan ak Jeremi

Ann met kouraj sou nou menm jan ak Jeremi

Ann met kouraj sou nou menm jan ak Jeremi

“ Met espwa w nan Jewova. Met kouraj sou ou e se pou kè w vin fò. Wi, met espwa w nan Jewova. ” — SÒM 27:14.

1. Ki gwo benediksyon Temwen Jewova yo genyen ?

TEMWEN JEWOVA yo ap viv nan yon paradi espirityèl (Izayi 11:6-9). Nan monn sa a, ki chaje ak traka, y ap viv nan yon anbyans espirityèl san parèy ansanm ak kretyen parèy yo ki anpè ak Jewova Dye e ki anpè youn ak lòt (Sòm 29:11 ; Izayi 54:13). Paradi espirityèl yo a ap etann li pi plis chak jou. Tout moun ‘ ki fè volonte Bondye ak tout nanm yo ’ jwe wòl pa yo pou etann paradi a (Efezyen 6:6). Ki jan yo rive fè sa ? Se lè yo viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, e yo anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou. Konsa, yo envite moun sa yo vin pwofite gwo benediksyon ki gen nan paradi sa a. — Matye 28:19, 20 ; Jan 15:8.

2, 3. Ki sitiyasyon vrè kretyen yo oblije andire ?

2 Sepandan, lefètke n ap viv nan yon paradi espirityèl, sa pa vle di nou pa gen pou nou rankontre eprèv. Anfèt, nou toujou enpafè e nou soufri akoz doulè, vyeyès e nou ka menm mouri. Anplis de sa, nou temwen akonplisman pwofesi ki konsène “ dènye jou yo ”. (2 Timote 3:1.) Lagè, krim, maladi, grangou ansanm ak lòt gwo kalamite ap aflije tout limanite e Temwen Jewova yo pa alabri de tout pwoblèm sa yo. —  Mak 13:3-10 ; Lik 21:10, 11.

3 Akote tout bagay sa yo, nou konsyan malgre bèl anbyans ki gen nan paradi espirityèl la, nou gen pou nou fè fas ak gwo opozisyon moun ki pap viv nan paradi sa a ap fè kont nou. Men avètisman Jezi te bay disip li yo : “ Paske nou pa fè pati monn nan, e paske mwen chwazi nou nan mitan monn nan, se sa ki fè monn nan rayi nou. Sonje pawòl sa a mwen te di nou an, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou. ” ​(Jan 15:18-21). Bagay yo pa diferan jodi a. Pifò moun toujou pa konprann fason nou adore Bondye oubyen yo pa bay sa valè. Gen lòt moun ki kritike nou, ki pase nou nan rizib e ki menm rayi nou, jan Jezi te gentan di sa a (Matye 10:22). Byen souvan, nou viktim anba kanpay dezenfòmasyon oswa pwopagann malveyan ki fèt kont nou nan medya yo (Sòm 109:1-3). Wi, nou tout rankontre sitiyasyon difisil, e kèk nan nou ka kòmanse dekouraje. Ki sa ki ka ede nou andire ?

4. Ki kote n ap jwenn èd pou nou andire ?

4 Jewova ap ede nou. Men sa salmis la te ekri anba enspirasyon : “ Moun ki jis la jwenn anpil kalamite, men Jewova delivre l anba yo tout. ” ​(Sòm 34:19 ; 1 Korentyen 10:13). Anpil nan nou ka temwaye sa : lè nou mete tout konfyans nou nan Jewova, li ban nou fòs pou nou andire tout kalite kalamite. Lanmou nou pou Jewova mete sou lajwa k ap tann nou an ap ede nou pou nou konbat dekourajman ak laperèz (Ebre 12:2). Konsa, malgre nou rankontre difikilte, n ap kontinye kenbe fèm.

Pawòl Bondye a te fòtifye Jeremi

5, 6. a) Bay egzanp kèk vrè sèvitè Bondye ki te oblije andire eprèv. b) Ki jan Jeremi te reyaji lè yo te mande l pou l vin pwofèt ?

5 Pandan tout listwa, sèvitè fidèl Jewova yo te viv ak kè kontan malgre tout kalite sitiyasyon difisil. Gen ladan yo ki t ap viv nan epòk jijman kote Jewova t apral egzekite kòlè l sou moun ki pa fidèl. Pami sèvitè fidèl sa yo, te gen Jeremi ansanm ak kèk moun ki t ap viv nan menm epòk ak li e te gen premye kretyen yo tou. Egzanp istorik sa yo, yo rapòte yo nan Bib la pou yo sèvi ankourajman pou nou e nou ka aprann anpil bagay si nou etidye yo (Women 15:4). Ann egzamine egzanp Jeremi.

6 Pandan Jeremi te jèn, yo te mande l pou l sèvi kòm pwofèt nan peyi Jida. Se pa t yon misyon ki te fasil ditou. Te gen anpil moun ki t ap adore fo dye. Malgre Yochiya, wa ki te la lè Jeremi te kòmanse ministè l la, te yon moun fidèl, tout wa ki te vin apre l yo pa t fidèl. Pifò nan moun ki te gen responsablite pou enstwi pèp la, tankou pwofèt yo ak prèt yo, pa t pran pozisyon pou laverite (Jeremi 1:1, 2 ; 6:13 ; 23:11). Nan kondisyon sa a, ki jan Jeremi te santi l lè Jewova te mande l pou l vin pwofèt ? Se pa ti pè li te pè (Jeremi 1:8, 17). Men premye reyaksyon Jeremi sonje l te genyen : “ Mwen di : Elas, o Jewova, Souvren Seyè a ! Men, m pa konn pale, paske se yon timoun mwen ye. ” — Jeremi 1:6.

7. Ki jan de reyaksyon Jeremi te jwenn nan tèritwa l la, e ki jan li te reyaji ?

7 Pifò nan moun ki t ap viv nan tèritwa Jeremi yo pa t enterese ditou nan mesaj la, e souvan Jeremi te rankontre gwo opozisyon. Yon jou, yon prèt ki rele Pachou te bat li e li te fè mete l nan sèp. Jeremi rakonte jan l te santi l jou sa a, men sa l te di : “ Mwen pap pale de li [Jewova] ankò e mwen pap pale nan non l ankò. ” Petèt, ou menm tou ou konn santi w konsa. Ou konn anvi lage sa. Gade ki sa ki te ede Jeremi pèsevere. Li di : “ Men nan kè m, sa [pawòl Bondye a, oubyen mesaj la] te tankou yon dife k ap boule anndan zo m, e mwen te fatige nan fè efò pou m kenbe l, e mwen pa t ka sipòte l. ” ​(Jeremi 20:9). Èske Pawòl Bondye a gen menm efè sa a sou ou ?

Konpayon Jeremi yo

8, 9. a) Ki feblès pwofèt Ouriya te genyen, e ki konsekans sa te genyen pou li ? b) Pou ki rezon Bawouk te dekouraje, e ki èd li te resevwa ?

8 Jeremi pa t pou kont li nan travay li antanke pwofèt. Li te gen konpayon, e sa dwe te byen ankouraje l. Sepandan, kèk fwa, konpayon l yo pa t aji avèk sajès. Pa egzanp, gen yon pwofèt parèy li, Ouriya, ki te bay yon avètisman kont Jerizalèm ak Jida “ ann akò ak tout pawòl Jeremi yo ”. Men, lè wa Yewoyakim te pase lòd pou yo touye pwofèt Ouriya, li te pè e li te kouri al ann Ejip. Men sa pa t fè l sove pou sa. Okontrè, mesye wa yo te pati dèyè l, yo kenbe l, yo fè l tounen Jerizalèm e se la yo te touye l. Ala yon gwo chòk sa dwe te ye pou Jeremi ! — Jeremi 26:20-23.

9 Bawouk se yon lòt konpayon Jeremi ki te sèvi kòm sekretè l. Li te yon bonjan sipò pou Jeremi, men li menm tou, nan yon sèten okazyon, li pa t montre li gen yon pwennvi espirityèl sou bagay yo. Li te kòmanse ap plenyen, li te di : “ Ala traka pou mwen paske Jewova ajoute chagren sou doulè m. Mwen bouke plenn e mwen pa jwenn kote pou m poze. ” Bawouk te dekouraje, li te kòmanse pèdi apresyasyon pou bagay espirityèl yo. Malgre tou, avèk jantiyès, Jewova te ba li yon bon konsèy, e li te reyajiste pwennvi l. Li te jwenn asirans l ap sove nan destriksyon Jerizalèm (Jeremi 45:1-5). Jeremi dwe te jwenn anpil ankourajman lè Bawouk te reprann ekilib li espirityèlman.

Jewova te soutni pwofèt li a

10. Ki pwomès Jewova te fè Jeremi pou l montre l l ap soutni l ?

10 Sa ki pi enpòtan, sèke Jewova pa t janm abandone Jeremi. Li te konprann sa pwofèt li a santi e li te ba li fòs ak sipò li te bezwen. Pa egzanp, nan kòmansman ministè Jeremi, lè li te gen dout sou kalifikasyon l, Jewova te di l : “ Ou pa bezwen pè figi yo, paske ‘ m ap avè w pou mwen delivre w ’, se sa Jewova deklare. ” Se konsa, apre Jewova fin bay pwofèt la enfòmasyon konsènan misyon li genyen an, Li di l : “ Se sèten yo pral batay kont ou, men yo pap gen laviktwa sou ou, paske ‘ mwen avèk ou pou m delivre w ’, sa a se deklarasyon Jewova fè. ” ​(Jeremi 1:8, 19). Ala rekonfòtan pwomès sa a te rekonfòtan ! E Jewova te kenbe pawòl li.

11. Jewova te pwomèt Jeremi l ap soutni l, ki jan nou fè konnen li te reyalize pwomès sa a ?

11 Apre yo te fin mete Jeremi nan sèp la e yo te pase l nan betiz an piblik, avèk konfyans li te di : “ Jewova te avèk mwen tankou yon òm ki gen yon pisans tèrib. Se poutèt sa, moun k ap pèsekite m yo pral bite, yo pap genyen. Wi, yo pral wont anpil. ” ​(Jeremi 20:11). Kèk ane apre, lè yo te fè tantativ pou touye Jeremi, Jewova te toujou avè l. Lè destriksyon Jerizalèm, menm jan ak Bawouk, Jeremi pa t detwi, li te jwenn libète l, alòske moun ki t ap pèsekite l yo e ki te inyore avètisman l yo, swa yo te mouri swa yo te depòte yo ale Babilòn.

12. Malgre gen rezon pou nou ta dekouraje, ki sa nou dwe kenbe nan tèt nou ?

12 Menm jan ak Jeremi, jodi a, gen anpil Temwen Jewova k ap andire anba gwo pwoblèm. Jan nou deja di sa, se enpèfeksyon nou ki lakòz kèk nan pwoblèm sa yo, gen lòt se akoz dezòd ki gen nan monn nan, tandiske gen lòt menm se moun ki opoze ak travay nou an ki lakòz yo. Jan de pwoblèm sa yo ka dekouraje nou. Menm jan ak Jeremi, nou ka kòmanse ap mande tèt nou si n ap ka kontinye akonpli sèvis nou. Natirèlman, fòk nou atann nou detanzantan nou ka santi nou dekouraje. Dayè, dekourajman an ap revele jis nan ki pwen nou renmen Jewova. Se poutèt sa, nou dwe detèmine pou nou pa kite dekourajman fè nou rale kò nou nan sèvis Jewova a, tankou Ouriya te fè sa. Olye de sa, ann imite Jeremi e annou gen asirans Jewova ap soutni nou.

Fason pou nou konbat dekourajman

13. Ki jan nou ka suiv egzanp Jeremi ak egzanp David ?

13 Jeremi te konn pale regilyèman ak Jewova. Li te konn di l tout sa k ap pase nan fon kè l. Li te konn sipliye Jewova pou ba l fòs. Se yon bèl egzanp pou nou imite. David tou te chèche menm Sous ki bay fòs sa a. Men sa l te ekri : “ Koute pawòl mwen yo, o Jewova ! Konprann soupi m yo. Prete atansyon ak rèl m ap fè pou mande sekou, o ! Wa m nan, Bondye m nan, paske se ou menm m ap lapriyè. ” ​(Sòm 5:1, 2). Istwa enspire ki pale konsènan lavi David montre se pa ni youn ni de fwa Jewova te reponn priyè David te fè pou mande l èd yo (Sòm 18:1, 2 ; 21:1-5). Menm jan an tou, lè presyon yo twòp pou nou, lè pwoblèm yo soti pou pote n ale, li trè rekonfòtan pou nou pwoche bò kote Jewova nan lapriyè e pou nou ouvri kè nou ba li (Filipyen 4:6, 7 ; 1 Tesalonisyen 5:16-18). Jewova pap refize koute nou. Okontrè, li ban nou asirans “ li gen sousi pou nou ”. (1 Pyè 5:6, 7.) Sepandan, li pa t ap rezonab pou nou priye Jewova epi apre sa pou nou pa koute sa l di nou, pa vre ?

14. Ki efè Pawòl Jewova a te fè sou Jeremi ?

14 Ki jan Jewova pale avèk nou ? Annou analize egzanp Jeremi ankò. Piske Jeremi te pwofèt, Jewova te pale dirèkteman avè l. Jeremi te esplike efè Pawòl Bondye a te fè nan kè l : “ Mwen te jwenn pawòl ou yo, e mwen tonbe manje yo, pawòl ou fè kè m kontan, yo rejwi kè m, paske non w envoke sou mwen, o Jewova Chèf lame yo. ” ​(Jeremi 15:16). Wi, Jeremi te kontan lefètke non Bondye te envoke sou li, e pawòl Li te gen anpil valè pou pwofèt la. Kidonk, menm jan ak Pòl, Jeremi te chofe pou anonse mesaj yo te konfye l la. — Women 1:15, 16.

15. Ki jan nou ka fè pou pawòl Jewova pran rasin nan kè nou, e ki sa k ap fè nou detèmine pou nou pa rete san pale ?

15 Jodi a, Jewova pa pale dirèkteman avèk pyès moun. Sepandan, nou gen pawòl Bondye nan Bib la. Se poutèt sa, si nou fè bonjan etid nan Bib la e si nou medite an pwofondè sou sa nou aprann yo, pawòl Bondye di yo ap ‘ fè kè nou kontan e l ap rejwi kè nou ’ menm jan an tou. E n ap ka kontan anpil lefètke nou pote non Jewova lè n al pataje pawòl li ak lòt moun. Pinga nou janm bliye, jodi a, pa gen okenn lòt moun nan monn nan k ap fè konnen non Jewova. Se sèlman Temwen l yo k ap anonse bon nouvèl Wayòm nan, Wayòm ki etabli a, e se sèlman yo k ap anseye moun ki enb yo sa pou yo fè pou yo ka vin disip Jezi Kris (Matye 28:19, 20). Ala beni nou beni ! Lè nou konsidere kokenn privilèj Jewova konfye nou an, ki jan pou nou ta fè rete san pale !

Ann veye sou frekantasyon nou

16, 17. Ki pwennvi Jeremi te genyen sou frekantasyon, e ki jan nou ka imite l ?

16 Jeremi te mansyone yon lòt bagay ki te ede l mete kouraj sou li. Men sa l te di : “ Mwen pa chita nan entimite moun k ap fè plezantri pou m pran plezi ak yo. Akoz men w, mwen chita pou kont mwen, paske ou chaje m ak pawòl pou m denonse yo. ” ​(Jeremi 15:17). Jeremi te prefere rete pou kont li pase pou l te kite move zanmi kòwonp li. Nou menm tou jodi a, nou fèt pou nou wè bagay yo menm jan avè l. Nou pa dwe janm bliye avètisman apot Pòl te bay la, kote li te di : “ Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab, ” menm abitid ki pwofitab nou genyen depi lontan yo. — 1 Korentyen 15:33.

17 Move frekantasyon ka fè espri monn nan kontamine panse nou (1 Korentyen 2:12 ; Efezyen 2:2 ; Jak 4:4). Kidonk, annou aprann egzèse kapasite klèvwayans nou pou nou idantifye frekantasyon ki nuizib yo epi ann evite yo nèt (Ebre 5:14). Si Pòl t ap viv sou latè jodi a, ki sa w panse li t ap di yon kretyen k ap gade fim imoral, fim vyolan oubyen spò vyolan ? Ki jan li t ap konseye yon frè k ap chèche fè zanmi sou Entènèt ak moun li pa menm konnen ? Ki sa li t ap panse de yon kretyen k ap pase yon pakèt tan ap jwe jwèt videyo oubyen k ap gade televizyon epoutan ki pa gen bon abitid pou l etidye pèsonèlman ? — 2 Korentyen 6:14b ; Efezyen 5:3-5, 15, 16.

Ann rete nan paradi espirityèl la

18. Ki sa k ap ede nou rete djanm espirityèlman ?

18 Paradi espirityèl nou an gen anpil valè pou nou. Jodi a, pa gen anyen nan monn nan nou ka konpare ak li. Menm moun ki pa kwayan fè bèl remak sou lanmou, konsiderasyon ak jantiyès kretyen yo genyen youn pou lòt (Efezyen 4:31, 32). Sa pa anpeche, jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, nou bezwen batay kont dekourajman. Bon frekantasyon, lapriyè ansanm ak bon abitid nou genyen pou nou etidye kapab ede nou rete djanm espirityèlman. Bagay sa yo plis yon konfyans total nan Jewova ap fòtifye nou lè nou devan tout kalite difikilte. — 2 Korentyen 4:7, 8.

19, 20. a) Ki sa k ap ede nou andire ? b) Pou ki moun yo ekri atik ki vin apre a, e ki lòt moun l ap enterese ankò ?

19 Pinga nou janm kite moun ki rayi mesaj ki nan Bib la entimide nou pou fè nou fè konpwomi ak fwa nou. Menm jan ak ènmi ki t ap pèsekite Jeremi yo, moun k ap konbat nou yo se kont Bondye y ap konbat. Yo pap ranpòte laviktwa. Jewova, ki pi fò lontan pase advèsè nou yo, di nou pawòl sa yo : “ Met espwa w nan Jewova. Met kouraj sou ou e se pou kè w vin fò. Wi, met espwa w nan Jewova. ” ​(Sòm 27:14). Avèk espwa nou nan Jewova, yon espwa ki byen anrasinen nan kè nou, annou detèmine pou nou pa janm sispann fè sa ki byen. Menm jan ak Jeremi, menm jan ak Bawouk, se pou nou sèten, n ap rekòlte si nou pa kite fatig anpare nou. — Galat 6:9.

20 Pou anpil kretyen, konbat dekourajman se yon lit konstan. Jèn yo an patikilye ap fè fas ak yon seri de pwoblèm espesyal. Men, yo gen bèl opòtinite devan yo tou. Atik ki vin apre a ekri espesyalman pou jèn ki pami nou yo. L ap enterese paran yo ak tout granmoun ki batize nan kongregasyon an e ki nan sitiyasyon pou yo ede jèn nan kongregasyon an grasa pawòl yo, egzanp yo e grasa èd yo ka pote dirèkteman.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou dwe atann nou n ap rankontre sitiyasyon ki dekourajan, e bò kote ki moun nou dwe chèche èd ?

• Malgre Jeremi te gen yon misyon ki difisil, ki jan li te rive venk dekourajman ?

• Malgre nou anba pwoblèm, ki sa k ap fè ‘ kè nou kontan e k ap rejwi kè nou ’ ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Jeremi te panse li twò jèn e li manke eksperyans pou l ta pwofèt.

[Foto nan paj 20]

Menm lè yo te konn pèsekite Jeremi, li te konnen Jewova te avè l “ tankou yon òm ki gen yon pisans tèrib ”.