Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann toujou manifeste bonte nan yon monn ki pa favorab

Ann toujou manifeste bonte nan yon monn ki pa favorab

Ann toujou manifeste bonte nan yon monn ki pa favorab

“ Sa ki apresyab nan lòm ki fèt ak pousyè tè, se bonte plen lanmou li gen lakay li. ” — PWOVÈB 19:22.

1. Poukisa li ka difisil pou yon moun manifeste bonte ?

ÈSKE w panse ou se yon bon moun ? Si wi, li pa fasil ditou pou w viv nan monn nan jodi a. Se vre, Bib la pale de bonte kòm yon fasèt nan “ fwi lespri a ”, men aktout sa, li difisil pou moun manifeste bonte menm nan peyi ki swadizan kretyen (Galat 5:22). Poukisa ? Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan atik sa a, youn nan rezon ki fè sa se paske, dapre apot Jan, lemonnantye twouve l anba pouvwa yon espri ki pa gen bonte lakay li, nou vle pale de Satan Ledyab (1 Jan 5:19). Jezi Kris te idantifye Satan kòm “ chèf monn nan ”. (Jan 14:30.) Konsa, monn nan gen tandans reflete menm karakteristik nou jwenn lakay rebèl ki chèf li a, yon chèf ki toujou ap aji an malveyan. — Efezyen 2:2.

2. Nan efò n ap fè pou nou manifeste bonte, ki pwoblèm nou ka rankontre ?

2 Lè moun aji mal ak nou, se bagay ki ka nui nou anpil. Gendwa se vwazen k ap fè nou mechanste, se kapab moun nou pa menm konnen ki pa janti ak nou oubyen tou se kapab menm zanmi nou oswa manm fanmi nou ki, pafwa, trete nou san konsiderasyon. Nanpwen bagay ki degoutan konsa se lè nou an kontak ak moun ki tchak, ki toujou ap rele sou moun oswa ki renmen joure. Sa k fè moun yo konsa, se paske yo pa manifeste bonte, e se yon sitiyasyon ki ka fè nou menm tou nou vin akaryat ak lòt moun. Se yon sitiyasyon ki ka menm fè nou anvi rann mal pou mal. Lè konsa, nou gendwa menm vin gen pwoblèm sante, kit se nan domèn espirityèl, kit se nan domèn fizik. — Women 12:17.

3. Ki pwoblèm grav moun ap rankontre ki fè li difisil pou yo manifeste bonte ?

3 Yon lòt bagay ankò ki fè li difisil pou yon moun manifeste bonte, se sitiyasyon ki bay kè sote ki egziste nan monn nan. Pa egzanp, an jeneral, moun yo nan monn nan ap viv sou tansyon akoz menas oswa zak teworis, san nou pa bliye posiblite pou yon seri de gwoup nan divès peyi sèvi ak zam byolojik oswa zam nikleyè. Mete sou sa, gen povrete, ki oblije dè e dè milyon moun kontante yo ak yon minimòm nan sa yo ta bezwen pou yo viv, tankou manje, kote pou yo rete, rad pou yo met sou yo ak swen medikal. Ki fè, li vin trè difisil pou nou kontinye manifeste bonte nan yon sitiyasyon konsa, sitou lè sitiyasyon an parèt san espwa. — Eklezyas 7:7.

4. Ki move konklizyon yon moun ka tire anrapò ak nesesite pou l manifeste bonte ?

4 Gen moun ki ka panse li pa nesesè pou nou manifeste bonte. Genyen ki ka menm twouve se yon siy feblès. Yon moun konsa ka santi se pwofite y ap pwofite de li, sitou si moun pa teni kont de sa l santi (Sòm 73:2-9). Sepandan, Bib la montre egzakteman ki sa pou nou fè. Li di : “ Lè yon repons dous, sa detounen kòlè, men yon pawòl ki fè mal fè kòlè monte. ” ​(Pwovèb 15:1). Dousè ak bonte se de aspè nan fwi lespri a ki gen rapò youn ak lòt e ki efikas lè nou nan sitiyasyon ki difisil.

5. Site kèk domèn nan lavi a kote nou bezwen manifeste bonte ?

5 Etandone se yon bagay ki trèzenpòtan pou nou manifeste fwi lespri sen Bondye a antanke kretyen, li bon pou nou egzamine pou nou wè ki jan nou ka manifeste bonte. Èske li posib pou nou toujou manifeste bonte nan yon monn ki pa favorab ? Si wi, nan ki domèn nou ka montre nou pap kite Satan anpeche nou manifeste bonte, sitou lè nou nan sitiyasyon ki mete nou sou tansyon ? Nou pral egzamine fason nou ka manifeste bonte nan fanmi nou, nan travay nou, nan lekòl nou, nan vwazinaj nou, nan ministè nou e nan relasyon nou ak kwayan parèy nou.

Manifeste bonte nan fanmi nou

6. Poukisa li si enpòtan pou nou manifeste bonte nan fanmi nou, e ki jan sa ka fèt ?

6 Pou Jewova beni nou e pou l gide nou, li endispansab pou nou manifeste fwi lespri a lakay nou e pou nou kiltive l kòrèkteman (Efezyen 4:32). Ann fè yon rete sou nesesite ki genyen pou moun nan yon fanmi manifeste bonte youn anvè lòt. Mari ak madanm, nan relasyon youn gen ak lòt toule jou, dwe toujou manifeste bonte, yo dwe toujou devlope yon espri ki fè yo gen sousi youn pou lòt e pou pitit yo (Efezyen 5:28-33 ; 6:1, 2). Bonte n ap pale la a dwe evidan nan fason youn pale ak lòt nan fanmi an, kote timoun yo onore paran yo e yo respekte yo, e kote paran trete pitit yo yon fason ki kòrèk. Youn fèt pou l toujou dispoze fè lòt konpliman, youn pa dwe janm prese kritike lòt.

7, 8. a) Ki kalite konpòtman nou fèt pou n evite si nou vle manifeste vrè bonte a anndan fanmi nou ? b) Ki jan yon bonjan kominikasyon ka kontribye pou fè lyen ki genyen nan yon fanmi vin solid ? c) Ki jan ou ka manifeste bonte nan fanmi pa w ?

7 Pou nou rive montre nou bon pou moun ki nan menm fanmi avèk nou, sa mande pou nou suiv yon egzòtasyon apot Pòl fè nou, li di : “ Kounye a, kòlè, ray, mechanste, jouman, gwo mo k ap soti nan bouch nou, se pou nou voye tout bagay sa yo jete lwen nou toutbonvre. ” Chak jou, moun ki nan yon fanmi kretyen fèt pou yo kominike avèk respè youn ak lòt. Poukisa sa enpòtan ? Paske yon bon kominikasyon se yon bagay ki vital pou fanmi ki solid e ki pa gen pwoblèm antre yo. Lè gen mezantant, olye pou n ap chèche montre se nou ki gen rezon, pito nou adousi sitiyasyon an lè nou eseye rezoud pwoblèm nan. Yon fanmi gen kè kontan ladan l lè tout moun fè sa yo kapab pou yo manifeste bonte youn anvè lòt e pou yo montre konsiderasyon youn pou lòt. — Kolosyen 3:8, 12-14.

8 Bonte se yon kalite ki pozitif e ki fè nou anvi fè byen ak pwochen nou. Konsa, nou kreye okazyon pou nou montre nou itil, nou gen konsiderasyon pou moun e nou dispoze kolabore san pwoblèm ak rès moun nan fanmi an. Pou bonte sa a rive fè travay li anndan yon fanmi, se tout moun nan fanmi sa a ki pou ap fè efò. Kòm rezilta, nonsèlman y ap jwenn benediksyon nan men Bondye, men tou, ni nan kongregasyon an ni nan zòn kote y ap viv la, y ap rive onore Jewova, pi bèl egzanp bonte ki te ka genyen. — 1 Pyè 2:12.

Manifeste bonte nan travay nou

9, 10. Pale de kèk pwoblèm ki konn rive nan travay yon moun, e esplike ki jan bonte ka ede nou fè fas ak pwoblèm sa yo.

9 Gen de sitiyasyon yon kretyen twouve l nan travay li ki ka fè li difisil pou l manifeste bonte nan relasyon l ak kòlèg li yo. Rivalite ki konn genyen ant anplwaye konn fè moun riske pèdi djòb yo, akoz lòt anplwaye k ap bay kout lang oswa k ap fè magouy yon fason pou yo sal repitasyon yon lòt anplwaye devan patwon an (Eklezyas 4:4). Nan yon anbyans konsa, li pa fasil pou yon moun manifeste bonte. Toutfwa, yon sèvitè Jewova dwe toujou sonje, jeneralman, se lè nou manifeste bonte nou pi byen aji. Konsa, l ap fè tout efò l, nan mezi li kapab, pou l ramne yon moun li pa fasil pou l boule avè l. Youn nan bagay ki ka ede nou fè sa, se si nou montre nou enterese nan li. Pa egzanp, si kòlèg sa a malad oswa li gen moun lakay li ki malad, se yon okazyon pou nou montre enterè nou pou li. Menmsi nou sèlman mande nouvèl moun ki malad la, sa ka gen yon bon efè sou moun nan. Wi, kretyen yo dwe fè tout sa ki nan posiblite yo pou yo favorize lapè ak amoni bò kote yo, toutotan sa depann de yo. Pafwa, si nou annik di kèk mo ankourajan ki montre enterè nou genyen pou moun sa a, sa ka amelyore sitiyasyon an.

10 Gen kèk lòt okazyon ki konn prezante kote yon patwon ka ap fòse anplwaye l yo aksepte opinyon l, e li kapab vle pou tout moun patisipe swa nan yon evènman patriyotik, swa nan kèk fèt ki pa ale nan menm sans ak sa Bib la di. Si konsyans yon kretyen pa pèmèt li patisipe nan yon evènman konsa, sa ka fè gen yon mezantant ant li menm ak patwon an. Pou lemoman, petèt li pa t ap saj pou nou bay twòp detay sou rezon ki fè nou pa dakò ak sa patwon an mande a. Paske, fò w pa bliye, yon moun ki pa kretyen pa wè anyen mal pou yon moun patisipe (1 Pyè 2:21-23). Avèk bonte, ou ta ka petèt esplike l pou ki rezon ou menm pèsonèlman ou pa patisipe. Menmsi lè sa a, moun fawouche w, ou pa bezwen fawouche yo tou. Li bon pou kretyen yo suiv bèl konsèy sa a nou jwenn nan Women 12:18 : “ Si posib, toutotan sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. ”

Manifeste bonte nan lekòl nou

11. Ki obstak jèn yo rankontre nan efò y ap fè pou yo manifeste bonte anvè elèv ki nan menm lekòl ak yo ?

11 Pou yon jèn ki lekòl, manifeste bonte se yon bagay ki ka difisil anpil. Trè souvan, jèn yo pa konn sa yo ta bay pou yo fè lòt elèv yo aksepte yo. Gen kèk timesye ki konn aji yon jan pou montre yo se gason, yon fason pou lòt elèv ka admire yo, e yo menm konn fè lòt elèv pase mizè (Matye 20:25). Gen kèk jèn ki konn renmen fè pedan pou yo enpresyone lòt elèv. Yo fè sa pou bèl rezilta yo jwenn swa nan lekòl yo, swa nan spò, swa nan lòt domèn ankò. Lè y ap chante kantamwa yo konsa, yo konn tou pwofite fè malveyan ak kondisip yo e ak lòt elèv, paske yo panse se talan yo posede yo, an yo menm, ki fè yo siperyè. Yon jèn kretyen dwe pran prekosyon pou l pa imite moun konsa (Matye 20:26, 27). Selon apot Pòl, “ lanmou pasyan e li bon ”, li “ pa vante tèt li ” nitou “ li pa gonfle ak ògèy ”. Se sa k fè, kretyen yo pa fèt pou yo kopye sou moun ki pa gen bonte lakay yo e yo pa fèt pou yo suiv move egzanp moun sa yo bay. Depreferans, yo fèt pou yo suiv egzòtasyon yo jwenn nan Bib la nan fason y ap boule ak elèv ki nan menm lekòl ak yo. — 1 Korentyen 13:4.

12. a) Poukisa li ka difisil pou jèn yo manifeste bonte anvè pwofesè yo ? b) Lè yon jèn jwenn presyon pou l fè mechanste, kiyès li ka mande èd ?

12 Jen yo fèt pou yo trete pwofesè yo tou avèk bonte. Gen anpil elèv ki renmen fawouche pwofesè. Yo panse lè yo derespekte pwofesè yo, yo gen yon konpòtman ki vyole prensip lekòl la, se entèlijan yo entèlijan. Yo konn fè presyon sou lòt jèn pou yo fè menm jan ak yo. Kounye a, lè yon jèn kretyen refize suiv yo, yo konn lage de gidon nan kò l, yo pase l nan betiz, yo joure l oswa yo fè l lòt kalite abi. Pou yon kretyen fè tout ane lekòl la ap andire yon sitiyasyon konsa, se bagay ki ka anpeche l kenbe rezolisyon l pran pou l manifeste bonte. Men, pa bliye tout enpòtans sa genyen pou nou rete yon sèvitè Jewova ki fidèl. Ou mèt asire w, nan moman difisil sa yo, l ap soutni w grasa lespri sen l. — Sòm 37:28.

Manifeste bonte nan vwazinaj nou

13-15. Ki sa ki ka anpeche yon moun manifeste bonte anvè vwazen l, e ki jan nou ka elimine obstak sa yo ?

13 Kit w ap viv nan yon kay kote w poukont ou nan lakou w, oubyen nan yon apatman oswa nenpòt ki lòt kote, gen anpil bagay ou ka fè pou w manifeste bonte anvè vwazen w yo e pou w montre sousi ou genyen pou yo. Men, la ankò, se pa yon bagay ki toujou fasil.

14 Ann sipoze vwazen w yo gen prejije kont ou swa poutèt ras ou, oubyen nasyonalite w oswa akoz relijyon w. Ki sa pou w fè si pafwa yo ba w move jan oswa yo meprize w ? Antanke sèvitè Jewova, montre ou se yon moun ki bon. Ou pa gendwa pèdi sa. Y ap remake ki jan gen yon bèl diferans ant ou menm ak yo, e sa ap pote louwanj pou Jewova, li menm ki bay bèl egzanp nan domèn bonte. Epitou, sa k pou di w si bonte ou manifeste a pap fè vwazen sa a chanje konpòtman. Ou gendwa menm wè li vin adore Jewova. — 1 Pyè 2:12.

15 Men, ki jan nou ka manifeste bonte sa a ? Yon bagay ki trèzenpòtan, se pou tout moun nan fanmi an veye sou konduit yo, pou yo fè sa yo kapab pou yo manifeste fwi lespri a. Vwazen yo ka remake sa. Ou pa janm konnen, yon okazyon ka prezante kote ou jwenn posiblite pou w rann yo yon sèvis. Sa pou w pa bliye, sèke bonte se yon kalite moun manifeste lè yo poze aksyon ki montre yo enterese nan byennèt lòt moun. — 1 Pyè 3:8-12.

Manifeste bonte nan ministè nou

16, 17. a) Poukisa bonte se yon kalite ki enpòtan nan ministè nou ? b) Ki jan nou ka montre nou gen bonte lakay nou nan divès fasèt ki genyen nan ministè nou ?

16 Nou pa dwe bliye bonte dwe youn nan karakteristik ministè nou antanke kretyen, toutpandan n ap fè tout efò nou pou nou atenn moun yo lakay yo, nan biznis yo, ak nan andwa piblik yo. Nou fèt pou nou toujou sonje se Jewova nou reprezante, yon Bondye ki toujou bon. — Egzòd 34:6.

17 Lè nou pale de efò pou nou manifeste bonte nan ministè nou, ki sa sa anglobe ? Ann pran yon egzanp : lè n ap preche nan lari, nou ka montre bonte nou gen lakay nou lè nou pa kenbe moun yo twòp e lè nou montre konsiderasyon nou pou yo nan fason nou abòde yo. Trè souvan, twotwa yo konn gen moun k ap fè ale vini sou yo. Konsa, veye pou nou pa bare kote pou moun yo pase. Yon lòt bagay ankò, lè n ap preche nan magazen, nan boutik oubyen lòt kote ankò ki gen komès, n ap montre nou se moun k ap pratike bonte si nou brèf, si nou sonje moun k ap vann yo gen kliyan pou yo resevwa.

18. Ki wòl disènman jwe nan efò n ap fè pou nou manifeste bonte nan ministè nou ?

18 Lè n ap preche kay an kay, nou bezwen montre nou se moun ki gen bon jijman. Nou pap rete twòp kay moun yo, sitou si gen move tan. Èske nou rive disène lè moun n ap pale avè l la kòmanse enpasyan oswa menm li kòmanse irite ? Petèt nan zòn kote w ap viv la, se tout tan Temwen Jewova lakay moun yo. Si se sa, montre moun yo ou gen yon konsiderasyon espesyal pou yo, toujou montre ou se moun ki bon, ou se moun ki emab (Pwovèb 17:14). Eseye konprann rezon ki fè, jou sa a, yon moun pa ka tande mesaj la. Toujou sonje gen lòt frè oswa lòt sè ki ka pa pran lontan pou yo pase nan kay sa a. Si w tonbe sou yon moun ki akaryat, se lè sa a, presizeman, pou w fè plis efò pou w montre bonte ou gen lakay ou. Pa gen okenn rezon pou w nan pale fò ak moun nan ni pou w mare min ou. Ou fèt pou w pale yon fason ki kalm. Yon kretyen ki gen bonte lakay li pap pwovoke moun l ap pale avè l la, ni li pap nan fè diskisyon (Matye 10:11-14). Sa k pou di nou si yon jou, moun sa a pap tande bon nouvèl la.

Manifeste bonte nan reyinyon kongregasyon an

19, 20. Poukisa li enpòtan pou nou manifeste bonte anndan kongregasyon an, e ki jan nou ka manifeste kalite sa a ?

19 Li enpòtan tou pou nou montre nou gen bonte nan rapò nou avèk frè espirityèl nou yo (Ebre 13:1). Piske nou fè pati de yon fanmi entènasyonal, li esansyèl pou nou manifeste bonte nan fason nou boule youn ak lòt.

20 Si plizyè kongregasyon pataje menm Sal Wayòm, li enpòtan pou frè ki nan kongregasyon sa yo kite bonte manifeste nan fason yo boule youn ak lòt, youn dwe trete lòt avèk diyite. Pa dwe gen rivalite si nou vle kolabore pou nou fikse lè reyinyon yo e pou nou pran lòt dispozisyon anrapò ak yon seri de bagay ki nesesè, tankou netwayaj ak renovasyon Sal la. Nou fèt pou nou bon youn ak lòt, pou nou montre konsiderasyon youn pou lòt, menm lè pafwa nou pa fin wè bagay yo menm jan. Nan sans sa a, se bonte k ap triyonfe, e Jewova ap beni nou toutbonvre lè li wè enterè youn manifeste anvè lòt.

Kontinye manifeste bonte

21, 22. Ann amoni ak Kolosyen 3:12, ki rezolisyon nou fèt pou nou pran ?

21 Bonte se yon kalite ki touche tout aspè nan lavi nou. Se sa k fè, li dwe yon kalite esansyèl nan pèsonalite nou antanke kretyen. Li dwe antre nan abitid nou pou nou manifeste bonte anvè pwochen nou.

22 Se pou nou chak fè efò, chak jou nan lavi nou, pou nou montre nou bon anvè lòt moun. Konsa, pèsonèlman, n ap rive aplike pawòl sa yo apot Pòl te di : “ Antanke moun Bondye chwazi, nou menm ki sen, nou menm yo renmen, se pou nou abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. ” — Kolosyen 3:12.

Èske nou sonje ?

• Ki sa ki rann li difisil pou yon kretyen manifeste bonte?

• Poukisa li enpòtan pou yon moun manifeste bonte nan fanmi l ?

• Site kèk obstak ki fè li difisil pou yon moun manifeste bonte nan lekòl li, nan travay li ak nan vwazinaj li.

• Esplike ki jan kretyen yo ka manifeste bonte nan ministè yo.

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Lè tout moun nan yon fanmi manifeste bonte, sa fè gen tèt ansanm ak bonjan kowoperasyon.

[Foto nan paj 14]

Ou kapab manifeste bonte lè yon kòlèg ou oswa yon moun nan fanmi l malad.

[Foto nan paj 15]

Jewova soutni moun ki manifeste bonte fidèlman malgre mokri.

[Foto nan paj 16]

Lè nou ede yon vwazen nou ki nan pwoblèm, se yon fason pou nou manifeste bonte.