Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou youn fòtifye lòt

Annou youn fòtifye lòt

Annou youn fòtifye lòt

“ Moun sa yo tounen pou mwen yon èd ki bay fòs. ” — KOLOSYEN 4:11.

1, 2. Poukisa zanmi Pòl yo te vizite l nan prizon an aktout sa te reprezante yon danje ?

LI KAPAB trè danjere pou yon moun zanmi yon prizonye, menmsi yo te mal met moun sa a nan prizon. Gadyen prizon yo kapab sispèk ou, yo kapab ap veye w nan mwenn ti jès ou, yon fason pou yo sèten ou pa vin fè anyen mal anndan an. Kidonk, yon moun ki gen yon zanmi l nan prizon, sa mande kouraj pou l toujou kenbe kontak avè l e pou l toujou vizite l.

2 Epoutan, se egzakteman sa kèk zanmi apot Pòl te fè, sa gen anviwon 1 900 ane. Lè Pòl te nan prizon, yo pa t ezite vizite l pou konsole l, pou ankouraje l e pou fòtifye l espirityèlman. Men, kiyès zanmi fidèl sa yo te ye ? E ki sa nou ka aprann de kouraj yo, fidelite yo ansanm ak amitye yo ? — Pwovèb 17:17.

“ Yon èd ki bay fòs ”

3, 4. a) Site non senk zanmi Pòl te mansyone yo, e di ki sa yo te tounen pou li ? b) Ki sa “ yon èd ki bay fòs ” vle di ?

3 Annou fè yon retounen nan zòn ane 60 yo nan epòk nou an. Apot Pòl te twouve l nan prizon nan vil Wòm. Yo te fabrike yon akizasyon met sou do l, kòmkwa l ap fè konplo kont Leta (Travay 24:5 ; 25:11, 12). Pòl site non senk kretyen ki te kanpe ansanm avè l : Tichik, ki soti nan distri Azi, li se mesaje pèsonèl Pòl, ‘ esklav parèy li nan Seyè a ’. Li site Onezim, ‘ yon frè byenneme ki fidèl ’ ki soti nan vil Kolòs. Te gen Aristak, yon Masedonyen ki soti Tesalonik, yon fwa ki te “ prizonye ” ansanm avèk Pòl. Te gen Mak, li menm ki ekri Levanjil ki pote non l lan e li se kouzen Banabas, ki te konn akonpaye Pòl nan travay misyonè a. E anfen, li site Jistis, youn nan konpayon travay apot la “ pou wayòm Bondye a ”. Men sa Pòl di de senk mesye sa yo : “ Moun sa yo tounen pou mwen yon èd ki bay fòs. ” — Kolosyen 4:7-11.

4 Pawòl Pòl di la a, konsènan èd zanmi fidèl li yo te ba li, se yon pawòl ki gen anpil fòs. Pòl itilize yon mo grèk (parègoria) ki vle di “ èd ki bay fòs ”. Se sèl nan vèsè sa a n ap jwenn mo grèk sa a. Mo sa a gen yon pakèt siyifikasyon e yo sitou itilize l nan domèn medikal. * Li ka tradui konsa : ‘ Remèd, soulajman, rekonfò oubyen sekou ’. Pòl te bezwen yon fòs konsa, e senk mesye sa yo te ba li l.

Poukisa Pòl te bezwen “ yon èd ki bay fòs ” ?

5. Menmsi Pòl te apot, ki sa li te bezwen, e ki sa nou tout nou bezwen detanzantan ?

5 Gen kèk moun ki ka etone pou yo tande Pòl, yon apot, te bezwen pou yo fòtifye l. Epoutan, li te bezwen sa. Se vre, Pòl te gen yon fwa solid ki te pèmèt li andire anpil move tretman, li te “ pran kou aleksè ”, souvan li te “ pase toupre lanmò ” e li te andire lòt soufrans ankò (2 Korentyen 11:23-27). Men, se yon imen li te ye, e kèlkeswa moun nan, yon lè kanmenm, li bezwen rekonfò, li bezwen pou lòt moun ede l fòtifye fwa l. Menm Jezi te bezwen sa. Pandan dènye nuit la, yon zanj te parèt sou li nan Jetsemane e zanj lan te “ fòtifye l ”. — Lik 22:43.

6, 7. a) Nan vil Wòm, ki moun ki te fè Pòl desi e kiyès ki te ankouraje l ? b) Ki jan de sèvis frè yo te rann Pòl, ki montre frè sa yo se “ yon èd ki bay fòs ” ?

6 Wi, Pòl tou te bezwen yo fòtifye l. Lè l rive Wòm antanke prizonye, menm moun ki te soti nan menm peyi ansanm avè l pa t byen akeyi l. Pifò nan Juif sa yo pa t koute mesaj Wayòm nan. Men ki sa liv Travay la rakonte ki te rive apre pèsonalite enpòtan pami Juif yo te fin vizite Pòl nan prizon : “ Genyen ki te vin kwè bagay yo te di yo, gen lòt ki pa t kwè. E piske te gen dezakò antre yo, yo vire y ale. ” ​(Travay 28:17, 24, 25). Se pa ti lapenn sa dwe te fè Pòl pou l wè jan moun sa yo pa gen rekonesans pou bonte Jewova, yon bonte moun pa merite ! Nou ka wè nan ki pwen sa te touche l lè nou li pawòl li te di nan lèt li te voye kèk ane anvan sa bay kongregasyon Wòm nan : “ Mwen gen yon gwo tristès nan kè m ak yon doulè ki pa ka fini. Paske mwen ta pito yo separe m ak Kris, kòmsi mwen ta modi, poutèt frè m yo, paran m yo nan lachè. ” ​(Women 9:2, 3). Men kanmenm, li te jwenn kèk vrè zanmi, zanmi fidèl, nan Wòm, ki te gen kouraj e ki te renmen l, e sa te konsole l. Mesye sa yo se bonjan frè espirityèl li.

7 Ki jan senk frè sa yo te montre yo se yon èd ki bay fòs ? Se pa paske Pòl te nan prizon an ki fè yo te santi yo dwe evite l pou sa. Okontrè, yo te dispoze rann li sèvis e yo te fè sa avèk amou. Yo te konn fè yon seri de travay pou li, travay li pa t anmezi pou l fè paske li te nan prizon. Pa egzanp, yo te sèvi l mesaje, yo te konn pote lèt li yo bay kongregasyon yo, ansanm ak lòt enstriksyon oral li te konn voye bay kongregasyon sa yo. Yo te konn pote nouvèl ankourajan pou li, bon nouvèl konsènan frè ki nan Wòm yo ak frè ki nan lòt kote ankò. Petèt, yo te konn fè l jwenn bagay li t ap bezwen, tankou rad pou l mete ann ivè, woulo ak materyèl pou l ekri (Efezyen 6:21, 22 ; 2 Timote 4:11-13). Tout aksyon sa yo te fòtifye apot la ki te nan prizon e sa te ankouraje l yon fason pou, li menm tou, li te ka vin “ yon èd ki bay fòs ” pou lòt moun, pafwa pou tout yon kongregasyon. — Women 1:11, 12.

Kòman nou ka montre nou se “ yon èd ki bay fòs ”

8. Lefètke Pòl te admèt avèk imilite li bezwen “ yon èd ki bay fòs ”, ki leson sa aprann nou ?

8 Ki leson nou ka tire nan istwa Pòl ansanm ak senk konpayon travay li yo ? Annou konsidere espesyalman yon leson : sa mande kouraj ak sakrifis pou yon moun ede lòt moun lè y ap rankontre eprèv, men tou, sa mande imilite pou yon moun rekonèt li kapab bezwen èd lè l nan moman detrès. Nonsèlman Pòl te admèt li te bezwen èd, men li te aksepte èd sa a, e li te remèsye moun sa yo ki te ede l, li te felisite yo. Li pa t konsidere se yon siy feblès si l kite yon lòt moun ede l, ni li pa t pran sa pou yon imilyasyon. Nou menm tou, nou pa ta dwe panse konsa. Si nou ta di nou pap janm bezwen yon èd ki bay fòs, se kòmsi nou ta di se nou ki gen plis fòs pase tout moun. Pa bliye, egzanp Jezi montre ata moun pafè kapab pafwa rele pou mande sekou. — Ebre 5:7.

9, 10. Ki bon rezilta sa ka pwodui lè yon moun rekonèt li bezwen èd, e ki efè sa ka fè sou lòt moun nan yon fanmi oswa nan yon kongregasyon ?

9 Lè frè ki gen responsablite yo admèt yo gen limit e yo bezwen èd nan men lòt moun, sa ka bay bon rezilta (Jak 3:2). Sa ka fè relasyon ki genyen ant frè sa yo ansanm ak moun ki plase anba otorite yo vin pi solid, e ap vin gen yon pi bon kominikasyon ant moun sa yo. Imilite yo demontre paske yo aksepte resevwa èd nan men lòt moun ap sèvi kòm modèl pou moun ki nan menm sitiyasyon an. Sa montre aklè moun ki alatèt yo se moun yo ye tou, e yo se moun ki abòdab. — Eklezyas 7:20.

10 Ann pran egzanp timoun yo k ap fè fas ak pwoblèm ak tantasyon. Lè yo konnen paran yo tou, lè yo te timoun, yo te konn fè fas ak menm sitiyasyon sa yo, sa ap fè li pi fasil pou timoun yo aksepte èd nan men paran yo sou fason pou yo afwonte pwoblèm yo (Kolosyen 3:21). Konsa, pòt kominikasyon an kapab vin ouvri ant paran ak pitit. Paran yo kapab itilize solisyon Bib la prezante yo avèk plis efikasite e l ap pi fasil pou timoun yo aksepte yo (Efezyen 6:4). Menm jan an tou, manm kongregasyon an ap pi byen dispoze pou yo resevwa èd nan men ansyen yo lè yo wè ansyen yo tou ap rankontre pwoblèm, ansyen yo tou konn gen krent e yo konn enkyè (Women 12:3 ; 1 Pyè 5:3). La ankò, ap vin gen yon pi bon kominikasyon, konsèy biblik yo ap aplike pi vit e lafwa tout moun ap vin pi solid. Pa bliye, se kounye a frè ak sè nou yo plis bezwen pou nou fòtifye yo. — 2 Timote 3:1.

11. Sa k fè anpil moun jodi a bezwen “ yon èd ki bay fòs ” ?

11 Kèlkeswa kote nou ap viv, kèlkeswa moun nou ye a, kèlkeswa laj nou genyen, nou tout pafwa nou konn strese nan lavi nou. Se yon bagay ki fè pati lavi sa a (Revelasyon 12:12). Tansyon sa yo n ap rankontre swa nan domèn fizik, swa nan domèn afektif, ap montre si wi ou non nou gen yon fwa ki solid. Nou ka jwenn sitiyasyon difisil tout kote, se kapab nan travay nou, nan lekòl nou, nan fanmi nou oubyen nan kongregasyon an. Se konn yon maladi grav oubyen yon bagay ki te twomatize nou ki bay strès la. Men, si mari nou oswa madanm nou, oubyen yon ansyen oubyen tou yon zanmi ta di nou yon bon ti pawòl, yo ta fè yon seri de bèl ti jès ak nou pou ankouraje nou, èske nou pa t ap santi nou soulaje ? Se vre, se tankou yon konprès nou mete sou yon kote k ap fè nou mal. Se sa k fè, si w ta remake yon frè w nan yon eta konsa, montre w se yon èd k ap ba l fòs. Oubyen, si w gen yon pwoblèm ou santi ki twòp pou ou, mande moun ki kalifye espirityèlman pou ede w. — Jak 5:14, 15.

Ki jan kongregasyon an ka pote èd li

12. Ki sa chak moun nan kongregasyon an ka fè pou fòtifye frè yo ?

12 Tout moun nan kongregasyon an, jèn yo ladan l tou, ka fè kichòy pou fòtifye lòt moun. Pa egzanp, lefètke ou toujou la nan reyinyon yo ak nan predikasyon, sa fòtifye lafwa lòt moun anpil (Ebre 10:24, 25). Piske ou toujou la tennfas nan sèvis sakre a, se yon prèv ki montre fidelite w pou Jewova, e sa montre tou ou toujou rete je klè nan domèn espirityèl malgre difikilte ou kapab ap rankontre (Efezyen 6:18). Fidelite sa a kapab bay lòt moun fòs. — Jak 2:18.

13. Ki sa k fè kèk moun vin inaktif, e ki sa ki ka fèt pou nou pou ede yo ?

13 Pafwa presyon lavi a, oswa lòt difikilte ankò, kapab lakòz kèk moun bese nan aktivite predikasyon an, yo kapab menm vin inaktif (Mak 4:18, 19). Petèt, nou ka pa wè moun ki inaktif yo nan reyinyon. Epoutan, nan kè yo, yo kapab toujou renmen Bondye. Ki sa ki ka fèt pou fòtifye fwa yo ? Avèk bonte, ansyen yo kapab ede moun sa yo lè yo rann yo vizit (Travay 20:35). Petèt yo ka mande lòt moun nan kongregasyon an pou epole yo. Bon ti vizit sa yo nou fè moun ki te gen fwa yo febli a, se kapab medikaman sa a menm yo te bezwen pou yo reprann yo.

14, 15. Ki konsèy Pòl te bay sou fason pou nou fòtifye lòt moun ? Bay egzanp yon kongregasyon ki te aplike konsèy li a.

14 Labib egzòte nou pou nou ‘ pale yon fason pou nou konsole nanm ki deprime, pou nou soutni sa ki fèb yo ’. (1 Tesalonisyen 5:14.) Petèt, “ nanm ki deprime ” sa yo santi yo pa gen fòs ankò e yo santi yo pap ka venk obstak yo gen devan yo si yon lòt moun pa ede yo. Èske lòt moun sa a pa ka ou menm ? Yo konn rann ekspresyon “ soutni sa ki fèb yo ” lòt fason ankò, tankou “ kenbe [moun ki fèb la] fèm ” oubyen “ atache ak ” li. Jewova renmen tout brebi li yo, li cheri yo tout. Li pa konsidere yo tankou yo pa gen okenn enpòtans, ni li pa ta vle pou okenn nan yo ale aladeriv. Èske w ka ede kongregasyon an pou yo “ kenbe ” moun ki fèb espirityèlman yo fèm jiskaske yo vin fò ? — Ebre 2:1.

15 Gen yon ansyen ki te vizite yon koup ki te gen sizan depi yo inaktif. Men sa ansyen an ekri : “ Bonte ak byenveyans tout kongregasyon an te manifeste anvè yo te tèlman touche yo, yo te retounen vin jwenn twoupo a. ” Kòman sè ki te inaktif la te santi l lè moun nan kongregasyon an te vin vizite l ? Tande sa l di : “ Sa k te ede nou vin aktif ankò sèke ni frè ki te konn vizite nou yo, ni sè ki te konn akonpaye yo, pa t konn kondane nou ni yo pa t konn kritike nou. Okontrè, yo te konpreyansif avèk nou e yo te ban nou ankourajman ki soti nan Bib la. ”

16. Kiyès ki toujou pare pou l ede moun ki bezwen fòs ?

16 Wi, yon kretyen ki sensè byen kontan pou l yon èd k ap bay lòt moun fòs. E etandone sitiyasyon nou ap chanje, yon lè se kapab tou pa nou pou lòt frè fòtifye nou. Men, nou dwe reyalis, sa ka rive yon lè nou nan bezwen, epi pa gen yon moun ki la pou ede nou. Sepandan, nou gen yon Èd li menm ki byen plase pou l ban nou fòs e ki toujou dispoze pou ede nou : Jewova Dye. — Sòm 27:10.

Se Jewova ki pi byen plase pou ban nou fòs

17, 18. Ki plizyè fason Jewova te fòtifye Jezi Kris, Pitit li a ?

17 Pandan Jezi te kloure sou poto a, li te di : “ Papa, mwen remèt lespri m nan men w. ” ​(Lik 23:46). Epi apre sa, li te mouri. Kèk èdtan anvan sa, yo te arete l e pi bon zanmi l yo te abandone l, yo te kouri paske yo te pè (Matye 26:56). Yo te kite Jezi poukont li ak sèl Moun ki te ka ba li fòs la : Papa l ki nan syèl la. E li pa t mete konfyans li nan Jewova pou granmesi. Jewova te rekonpanse Jezi pou fidelite l, li te soutni l avèk fidelite. — Sòm 18:25 ; Ebre 7:26.

18 Pandan tout ministè Jezi sou latè, Jewova te toujou bay Pitit li a sa l te bezwen pou l kenbe entegrite l nètale, jiskaske l rann dènye souf li. Pa egzanp, tousuit apre batèm li, yon evènman ki te make kòmansman ministè l, li te tande vwa Papa l k ap asire l li renmen l, li apwouve l. Lè Jezi te bezwen sipò, Jewova te voye zanj vin fòtifye l. Lè Jezi te anfas pi gwo eprèv li nan fen lavi l sou tè a, Jewova te tande siplikasyon l yo, Jewova te reponn demann li yo. Asireman, tout sa yo se èd ki te bay Jezi fòs. — Mak 1:11, 13 ; Lik 22:43.

19, 20. Ki sa k fè nou sèten Jewova ap fòtifye nou lè nou gen bezwen ?

19 Nou menm tou, Jewova vle pou se nan Li prensipalman nou chèche fòs (2 Kwonik 16:9). Moun ki Sous tout enèji dinamik la e ki gen anpil fòs la kapab tounen yon èd ki ban nou fòs lè nou nan bezwen (Izayi 40:26). Lagè, povrete, maladi, lanmò oswa pwòp enpèfeksyon nou kapab ban nou anpil tètchaje. Lè eprèv lavi a soti pou kraze nou tankou yon “ ènmi pisan ”, Jewova kapab yon fòs, yon pisans pou nou (Sòm 18:17 ; Egzòd 15:2). Li gen yon èd estrawòdinè li ka ban nou : espri sen li. Grasa espri sen Jewova, li kapab bay ‘ moun ki fatige a fòs ’, li ka fè l “ vole monte avèk zèl tankou èg ”. — Izayi 40:29, 31.

20 Lespri Bondye se fòs ki pi pisan nan linivè a. Men sa Pòl deklare : “ Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun ki ban m pisans lan. ” Wi, Papa nou ki nan syèl la, Papa nou ki renmen nou anpil la, kapab ranpli nou ak “ pisans ki depase sa ki nòmal la ”, yon fason pou nou ka andire tout pwoblèm k ap fè nou soufri, annatandan li fè “ tout bagay vin tounèf ” nan Paradi li pwomèt nou an, yon Paradi ki toupre rive. — Filipyen 4:13 ; 2 Korentyen 4:7 ; Revelasyon 21:4, 5.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Men ki sa W. E. Vine ekri nan yon diksyonè : “ Yo itilize yon fòm ki gen rapò ak mo [parègoria] pou pale de medikaman ki ka kalme doulè. ” ​(Vine’s Complete Expository Dictionary of Old and New Testament Words).

Èske nou sonje ?

• Ki jan frè nan Wòm yo te montre yo se ‘ yon èd k ap bay Pòl fòs ’ ?

• Ki fason nou kapab “ yon èd ki bay fòs ” nan kongregasyon an ?

• Nan ki sans se Jewova ki pi byen plase pou ban nou fòs ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Pou frè yo te montre yo se ‘ yon èd k ap bay Pòl fòs ’, yo te soutni l fidèlman, yo te ankouraje l e yo te rann li sèvis.

[Foto nan paj 31]

Ansyen yo bay egzanp, yo fòtifye twoupo a.