Jèn, èske n ap prepare nou pou lavni ?
Jèn, èske n ap prepare nou pou lavni ?
“ Se mwen k konnen panse mwen gen nan tèt mwen pou nou [...] se panse lapè, se pa panse malè, pou m ban nou yon avni ansanm ak yon espwa. ” — JEREMI 29:11.
1, 2. Ki fason diferan moun ka konsidere peryòd yon moun jèn ?
SELON sa pifò moun ki granmoun panse, peryòd yon moun jèn se yon bèl peryòd nan lavi l. Moun ki granmoun yo sonje enèji ansanm ak vigè yo te genyen lè yo te jèn. Yo gen nostalji lè yo sonje epòk kote yo potko gen anpil responsablite, epòk kote yo te konn amize yo toutbon e yo te gen yon bann posiblite devan yo, yo te gen tout yon vi devan yo.
2 Sepandan, nou menm ki jèn, petèt nou pa wè bagay yo menm jan. Etan nou jèn, nou viv anpil chanjman nan domèn fizik ak nan domèn afektif, e li ka difisil pou nou jere chanjman sa yo. Nou kapab ap sibi gwo presyon nan men kondisip lekòl nou. Nou kapab oblije fè gwo efò pou nou pa tonbe nan pran dwòg, nan bwè alkòl, oubyen pou nou pa tonbe nan imoralite. Anpil nan nou ap fè fas ak pwoblèm sou kesyon netralite, oswa lòt kesyon ki gen rapò ak lafwa nou. Sa a se vre, peryòd yon moun jèn kapab yon peryòd difisil. Malgre tou, se yon peryòd ki ofri anpil posiblite. Kesyon an kounye a se : Ki sa w pral fè ak posiblite ou genyen yo ?
Pwofite jenès nou
3. Ki konsèy e ki avètisman Salomon te bay jèn yo ?
3 Moun ki pi gran kapab di w sa, peryòd kote yon moun jèn se yon peryòd ki pase vit, e yo gen rezon. Nan kèk ane la a, ou pap jèn ankò. Kidonk, pandan w jèn nan, pwofite jenès ou. Se yon konsèy konsa wa Salomon te bay, men sa l te di : “ Ou menm jèn gason, se pou w rejwi w toutpandan ou jèn, e kite kè w fè w santi ou byen toutpandan ou adolesan, epi mache nan chemen kè w chwazi ak nan bagay je w wè. ” Sepandan, Salomon te bay jèn yo avètisman sa a : “ Retire lapenn nan kè w, e pa kite malè tonbe sou kò w. ” Pi devan, li di : “ Jenès, peryòd yon moun jèn, se vanite. ” — Eklezyas 11:9, 10.
4, 5. Poukisa li saj pou jèn yo prepare yo pou lavni ? Bay yon egzanp pou montre sa.
4 Pou di w konprann sa Salomon te vle di la a ? Ann pran yon egzanp pou ede w konprann. Imajine yon jèn ki resevwa yon gwo kado, ann di li eritye yon gwo lajan. Ki sa li pral fè avè l ? Li kapab depanse tout lajan an nan pran plezi l, tankou jan tigason gaspiyè a te fè nan egzanp Jezi a (Lik 15:11-23). Men, sa k ap pase lè lajan an fini ? Asireman l ap regrèt dèske l te aji san reflechi. Men, ann imajine pito li sèvi ak lajan sa a pou l prepare avni l, petèt li fè bonjan envestisman ak pifò nan kòb sa a. Apre yon bon tan, lè li kòmanse ap jwenn benefis sou lajan l lan, èske ou panse l ap regrèt dèske li pa t depanse tout lajan an nan pran plezi l pandan l te jèn ? Jamè !
5 Konsidere ane pandan ou jèn yo tankou yon kado Bondye fè w, paske se sa yo ye vre. Ki sa w ap fè avèk yo ? Ou kapab depanse tout enèji w, tout vigè w nan fè tèt ou plezi, nan pran plezi w vire tounen, san w pa janm panse a demen. Ebyen, si se sa w fè, “ jenès, peryòd yon moun jèn ”, ap “ vanite ” pou ou toutbonvre. Jan sa t ap pi bon pou w pwofite de jenès ou pou w prepare w pou lavni !
6. a) Ki konsèy Salomon te bay ki kapab gide jèn yo ? b) Ki sa Jewova ta renmen fè pou jèn yo, e ki sa pou yon jèn fè si li vle benefisye de sa ?
Eklezyas 12:1). Sa a se kle k ap pèmèt ou reyisi : koute Jewova, epi fè volonte l. Jewova te di Izrayelit yo ki sa li te vle fè pou yo, li di yo : “ Se mwen k konnen panse mwen gen nan tèt mwen pou nou [...] se panse lapè, se pa panse malè, pou m ban nou yon avni ansanm ak yon espwa. ” (Jeremi 29:11). Ou menm tou, Jewova ta renmen ba ou “ yon avni ansanm ak yon espwa ”. Si w sonje l nan tout aksyon w, nan tout panse w ak nan tout desizyon w, w ap jwenn avni sa a e espwa sa a ap reyalize pou ou. — Revelasyon 7:16, 17 ; 21:3, 4.
6 Salomon te bay yon prensip ki kapab ede w itilize jenès ou avèk sajès. Men sa l te di : “ Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn. ” (“ Pwoche bò kote Bondye ”
7, 8. Ki jan yon jèn kapab pwoche bò kote Bondye ?
7 Jak ankouraje nou pou nou sonje Jewova. Men ki egzòtasyon li fè nou : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” (Jak 4:8). Jewova se Kreyatè a, se Souvren ki nan syèl la, li merite tout adorasyon ak tout louwanj (Revelasyon 4:11). Poutan, si nou pwoche bò kote l, l ap pwoche bò kote nou tou. Èske w pa santi sa rekonfòte w dèske yon moun enterese nan ou avèk amou konsa ? — Matye 22:37.
8 Gen yon kantite fason nou ka pwoche bò kote Jewova. Pa egzanp, tande sa apot Pòl te di : “ Pèsevere nan lapriyè. Rete veyatif ladan l avèk aksyondegras. ” (Kolosyen 4:2). Sa vle di, se pou w pran abitid pou w priye regilyèman. Pa kontante w jis di amèn lè papa w fin priye, oubyen lè yon lòt kretyen nan kongregasyon an fin reprezante w nan lapriyè. Èske w janm ouvri kè w bay Jewova, pou w di l sa w panse, pou w di l tout ti enkyetid ou, tout ti pwoblèm w ap rankontre ? Èske w janm pale avè l de bagay ou ta jennen pale ak nenpòt lòt moun ? Onètman, priyè yon moun fè ak tout kè l fè l santi l anpè (Filipyen 4:6, 7). Yo ede nou pwoche bò kote Jewova e nou santi l ap pwoche bò kote nou tou.
9. Ki jan yon jèn kapab koute Jewova ?
9 Nou jwenn yon lòt fason nou ka pwoche bò kote Jewova nan pawòl enspire sa yo : “ Koute konsèy epi aksepte disiplin, pou w ka vin saj demen. ” (Pwovèb 19:20). Wi, si w koute Jewova, si ou obeyi l, w ap prepare w pou lavni. Ki jan ou ka montre ou koute Jewova ? Sandout, ou asiste reyinyon regilyèman e ou koute diskou yo konn fè yo. Mete sou sa, ou “ onore papa w ak manman w ” paske w toujou la nan etid familyal (Efezyen 6:1, 2 ; Ebre 10:24, 25). Se byen. Men, anplis de sa, èske w ‘ rachte tan ’ pou w prepare reyinyon yo, pou w li Labib regilyèman e pou w fè rechèch ? Èske w fè efò pou w aplike sa w li yo, yon fason pou w ka mache tankou yon ‘ moun ki saj ’ ? (Efezyen 5:15-17 ; Sòm 1:1-3.) Si w fè sa, w ap pwoche bò kote Jewova.
10, 11. Ki gwo pwofi jèn yo jwenn lè yo koute Jewova ?
10 Nan premye pawòl ki gen nan liv Pwovèb la, ekriven enspire a esplike poukisa yo te ekri liv sa a. Li di liv sa a ekri pou “ yon moun [ka] konnen sajès ak disiplin, pou l disène pawòl entèlijans, pou l resevwa disiplin ki bay pèspikasite, jistis, jijman ak ladwati, pou fè moun ki pa gen eksperyans yo vin gen lespri, pou bay jèn gason an konesans ak kapasite pou l reflechi ”. (Pwovèb 1:1-4.) Kidonk, toutpandan w ap li e w ap aplike pawòl ki nan liv Pwovèb la ansanm ak pawòl ki nan tout rès Bib la, w ap vin kiltive lajistis ak ladwati, e Jewova ap kontan dèske w ap pwoche bò kote l (Sòm 15:1-5). Plis ou kiltive bon jijman, plis ou vin gen lespri, ou vin gen konesans ak kapasite pou w reflechi, se plis w ap pran pi bon desizyon.
11 Èske li rezonab pou nou atann nou yon jèn ka aji avèk sajès jan yo di l la a ? Wi, paske gen anpil jèn kretyen ki fè l. E kòm rezilta, lòt moun respekte yo e lòt moun pa ‘ meprize jenès yo ’. (1 Timote 4:12.) Paran jèn sa yo gen rezon pou yo fyè de yo, e selon pawòl Jewova di, jèn sa yo fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Menmsi yo jèn, yo mèt gen konfyans pawòl enspire ki pral site la yo aplike nan ka yo : “ Gade moun ki san repwòch la byen, kontinye gade moun ki dwat la, paske avni moun sa a ap pezib. ” — Sòm 37:37.
Fè bon chwa
12. Site youn nan chwa enpòtan yon jèn gen pou l fè, e poukisa chwa sa a ap gen konsekans sou li alalong ?
12 Etan yon moun jèn, li nan peryòd pou l fè chwa, e kèk nan chwa sa yo ap gen konsekans dirab. Annefè, gen chwa w fè kounye a ki pral afekte w pandan anpil tan. Si w fè bon chwa, sa ap pèmèt ou ere, w ap reyisi nan lavi w. Men, si w fè move chwa, sa kapab make w pou tout rès vi w. Ann wè jan sa ki di la a se verite nan de chwa ou gen pou w fè. Premyèman : Ki moun w ap chwazi frekante ? Poukisa sa enpòtan ? Sa enpòtan paske gen yon pwovèb enspire ki di : “ Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki san konprann ap tonbe nan pwoblèm. ” (Pwovèb 13:20). Sa vle di, nou kapab vin menm jan ak moun n ap frekante yo, swa nou vin saj, swa nou vin san konprann. Ant de kategori moun sa yo, kiyès ladan yo ou ta renmen ye ?
13, 14. a) Anplis de kontak dirèk ak lòt moun, ki lòt fason nou ka frekante lòt moun ? b) Ki erè jèn yo pa dwe fè ?
13 Lè y ap pale de frekantasyon, petèt ou panse fòk ou ansanm ak moun. Se vre, men frekantasyon anglobe plis toujou. Lè w ap gade yon emisyon nan televizyon, w ap koute yon mizik, w ap li yon liv, w al nan sinema, oubyen w ap itilize Entènèt, tout sa anndan frekantasyon an. Si pandan frekantasyon sa a, ou wè se ankouraje y ap ankouraje vyolans, imoralite, pran dwòg, bwè alkòl depase, oswa nenpòt lòt bagay ki kontrè ak prensip ki nan Bib la, konnen w ap frekante moun ki “ ensanse ”, moun k ap aji kòmsi Jewova pa t egziste. — Sòm 14:1.
14 Petèt ou panse lefètke ou asiste reyinyon yo e ou aktif nan kongregasyon an, ou se yon moun ki fò, e yon fim ki gen vyolans oswa yon bèl mizik, menmsi pawòl li pa twò bon, pa ka fè w anyen. Petèt ou panse ou pap gentan gen anyen si w fè yon senp ti gade byen rapid sou yon sit Entènèt ki gen imaj pònografik. Apot 1 Korentyen 15:33). Malerezman, gen anpil jèn kretyen ki te pwomèt, epoutan ki kite move frekantasyon detwi bon abitid yo te genyen yo. Kidonk, se pou w detèmine pou w evite jan de frekantasyon sa yo. Si w fè sa, w ap suiv konsèy Pòl te bay la, li te di : “ Sispann konfòme nou selon sistèm de choz sa a, men transfòme nou, lè nou refòme entèlijans nou, dekwa pou nou menm pèsonèlman nou ka konstate ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. ” — Women 12:2.
Pòl di w ou twonpe w. Men sa l di : “ Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab. ” (15. Ki dezyèm chwa jèn yo gen pou yo fè, e nan sans sa a, ki presyon yo konn gen sou do yo ?
15 Gen yon dezyèm chwa ou gen pou w fè. Gen yon lè k ap rive w ap gen pou w deside ki sa w vle fè lè w fini lekòl. Si w ap viv nan yon peyi kote li difisil pou moun jwenn travay, ou ka santi w oblije kouri aksepte pi bon djòb ou jwenn nan. Si w ap viv nan yon peyi rich, ou kapab gen anpil chwa, e gen ladan yo k ap trè enteresan. Pwofesè w ansanm ak paran w, ak tout bon entansyon yo, kapab ap ankouraje w pou w pousuiv yon karyè k ap pèmèt ou pa gen pwoblèm kòb, petèt menm pou w vin rich. Sepandan, etid ou pral fè pou w ka pousuiv yon karyè konsa kapab prèske pa ba w tan pou w sèvi Jewova.
16, 17. Esplike kòman plizyè vèsè kapab ede yon jèn pou l gen yon pwennvi ekilibre sou kesyon travay.
16 Sonje gade ki sa Bib la di anvan w pran yon desizyon. Labib ankouraje nou pou nou travay pou nou viv, li montre nou gen responsablite pou nou pran swen tèt nou (2 Tesalonisyen 3:10-12). Toutfwa, gen lòt bagay ki enplike. Nou ankouraje w pou w li vèsè ki vin apre yo e pou w reflechi pou w wè kòman vèsè sa yo kapab ede yon jèn pou l ekilibre nan zafè chwazi yon karyè : Pwovèb 30:8, 9 ; Eklezyas 7:11, 12 ; Matye 6:33 ; 1 Korentyen 7:31 ; 1 Timote 6:9, 10. Kounye a ou fin li vèsè yo, èske w wè pwennvi Jewova sou kesyon an ?
17 Travay pwofàn pa dwe janm vin tèlman enpòtan nan je nou opwen pou sa vin gen priyorite sou sèvis nou pou Jewova. Si apre w fin fè etid segondè w, ou kalifye ase pou w jwenn yon travay ki pou pèmèt ou viv nòmalman, se byen. Men, si w ap bezwen lòt fòmasyon toujou apre w fini lekòl, ou ta dwe pale sou sa avèk paran w. Sepandan, ou pa dwe janm bliye “ bagay ki pi enpòtan yo ”, bagay espirityèl yo (Filipyen 1:9, 10). Pinga w fè menm erè ak Bawouk, eskrib Jeremi an. Li pa t bay privilèj li te genyen nan sèvis Bondye enpòtans ankò, e li t al ‘ chèche gwo bagay pou tèt li ’. (Jeremi 45:5.) Pandan yon ti moman, li te bliye pa gen okenn “ gwo bagay ” nan monn nan ki te ka fè l vin pi pwòch ak Jewova oubyen ki te ka fè l chape nan destriksyon Jerizalèm. Se menm bagay la tou pou nou jodi a.
Bay bagay espirityèl yo enpòtans
18, 19. a) Ki bagay pifò nan vwazen w yo soufri, e ki jan w dwe santi w pou yo ? b) Sa k fè anpil moun pa santi yo grangou espirityèlman ?
18 Èske w konn wè nan medya yo imaj timoun k ap viv nan peyi ki gen grangou ? Si w konn wè yo, siman kè w konn fè w mal pou yo. Èske kè w fè w mal menm jan an pou moun ki nan vwazinaj ou ? Poukisa pou kè w ta fè w mal pou yo ? Paske pifò nan yo nan grangou. Y ap soufri grangou pwofèt Amòs te pale a, men sa l te di : “ ‘ Gen jou k ap vini ’, sa a se deklarasyon Jewova, Souvren Seyè a, ‘ e m ap voye yon grangou nan peyi a, yon grangou, se pa pou pen, ak yon swaf, se pa pou dlo, men pou tande pawòl Jewova. ’ ” — Amòs 8:11.
19 Se vre, pifò moun ki grangou nan domèn espirityèl yo pa “ konsyan yo pòv espirityèlman ”. (Matye 5:3.) Anpil ladan yo pa santi yo grangou nan domèn espirityèl. Yo kapab menm santi yo byen manje. Si yo santi yo konsa, se paske y ap nouri yo nan “ sajès monn sa a ”, yon sajès ki san valè, e sajès sa a gen ladan l materyalis, teyori syantifik ki san fondman, opinyon nan domèn moralite, ansanm ak lòt bagay ankò. Kèk moun santi “ sajès ” modèn sa a rann ansèyman ki nan Bib la demode. Men, “ monn nan, pa mwayen sajès li, pa rive konn Bondye ”. Sajès monn nan pap ede w pwoche bò kote Bondye. Li pa lòt bagay, li se “ sotiz devan Bondye ”. — 1 Korentyen 1:20, 21 ; 3:19.
20. Poukisa li pa rezonab pou nou vle imite moun ki pap adore Jewova yo ?
20 Lè w ap gade imaj timoun ki nan grangou yo, èske w ta janm renmen vin tankou yo ? Jamè ! Epoutan, gen kèk jèn ki leve nan yon fanmi kretyen ki montre yo ta renmen menm jan ak moun bò kote yo ki grangou espirityèlman. Petèt, jèn sa yo panse jèn ki nan monn nan pa gen okenn pwoblèm, y ap jwi lavi yo. Yo bliye si jèn sa yo ap viv lwen Jewova (Efezyen 4:17, 18). Yo bliye tou move efè grangou espirityèl genyen. Men kèk nan move efè sa yo : adolesan ki ansent san yo pa t swete sa, pwoblèm fizik ak pwoblèm afektif yo jwenn lè yo komèt imoralite, lè yo fimen, lè yo bwè alkòl depase e lè yo pran dwòg. Piske yo grangou nan domèn espirityèl, sa favorize yon espri rebelyon, epitou, ofon, yo san esperans, yo pa gen gid nan lavi yo.
21. Ki sa nou ka fè pou nou pa adopte move konsepsyon moun ki pap adore Jewova yo genyen ?
21 Kidonk, lè w lekòl ansanm ak moun ki pap sèvi Jewova, pa kite fason yo panse dekouraje w (2 Korentyen 4:18). Gen ladan yo ki gendwa, nan pale yo, ap rabese bagay espirityèl yo. Lòt bagay ankò, medya yo gen yon seri pwopagann sibtil y ap pase, tankou li nòmal pou yon moun komèt imoralite, pou yon moun bwè alkòl depase oswa pou yon moun di vye mo. Ou dwe konbat enfliyans sa yo. Kontinye frekante regilyèman moun ki “ gen lafwa ”, moun ki gen “ yon bon konsyans ”. Bat pou w toujou ‘ gen anpil bagay pou w fè nan travay Seyè a ’. (1 Timote 1:19 ; 1 Korentyen 15:58.) Toujou okipe nan Sal Wayòm nan ak nan ministè a. Pandan ane ou lekòl yo, pran sèvis pyonye oksilyè detanzantan. Ranfòse vizyon espirityèl ou nan sans sa a, e ou pap pèdi ekilib ou. — 2 Timote 4:5.
22, 23. a) Ki sa k fè souvan yon jèn kretyen pran desizyon lòt moun pa konprann ? b) Ki sa jèn yo ankouraje pou yo fè ?
22 Lè nou gen yon bon vizyon espirityèl, sa fè nou pran desizyon lòt moun pap konprann. Pa egzanp, gen yon jèn kretyen ki te gen anpil talan nan jwe mizik e misye te fò nan tout matyè lè l te lekòl. Men, lè l fini lekòl, li fin gradye, l al jwenn papa l nan yon biznis netwaye vit yon fason pou l te ka kontinye karyè l antanke evanjelizatè a plen tan, sa vle di antanke pyonye. Pwofesè l yo pa janm rive konprann rezon ki fè l pran desizyon sa a, men ou menm, si w se moun ki pwòch ak Bondye, nou sèten ou konprann desizyon l lan.
23 Toutpandan w ap reflechi sou fason pou w pi byen sèvi ak resous ou genyen antanke jèn, ‘ konsève pou ou menm nan yon andwa ki asire yon bon fondman pou lavni, dekwa pou w kenbe lavi toutbon an fèm ’. (1 Timote 6:19.) Se pou w detèmine pou w “ sonje Gran Kreyatè w la ” diran jenès ou e diran tout rès vi w. Se sèl mwayen pou w prepare yon bèl avni, yon avni ki pap janm fini.
Ki konklizyon ou tire ?
• Pandan jèn yo ap planifye yo pou lavni, ki konsèy enspire ki kapab ede yo ?
• Bay kèk mwayen ki ka ede yon jèn “ pwoche bò kote Bondye ”.
• Ki desizyon yon jèn ka pran k ap afekte avni l ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 25]
Jèn, èske se nan aktivite pèsonèl ou ou mete tout enèji w ak tout vigè w ?
[Foto nan paj 27]
Jèn kretyen ki saj yo toujou veye pou yo gen yon vizyon espirityèl ki klè.