Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pèp Bondye a fèt pou l renmen bonte

Pèp Bondye a fèt pou l renmen bonte

Pèp Bondye a fèt pou l renmen bonte

“ Ki sa Jewova mande w anretou, si se pa pratike jistis, renmen bonte epi mache yon fason modès avèk Bondye w la ? ” — MIKA 6:8.

1, 2. a) Poukisa li pa etonan si Jewova atann pou pèp li a manifeste bonte ? b) Anpalan de bonte, ki kesyon ki merite atansyon nou ?

JEWOVA se yon Bondye ki gen bonte lakay li (Women 2:4 ; 11:22). Se yon bagay siman Adan ak Èv, premye koup la, te apresye anpil. Toutotou de yo, nan jaden Edenn nan, gen divès kalite bagay ki fè pati de kreyasyon an yo te ka wè, e bagay sa yo se prèv ki montre bonte Bondye manifeste anvè lèzòm, yon bonte yo te anmezi pou yo apresye. E jiska prezan Bondye manifeste bonte l anvè tout moun, menm sa yo ki engra e ki mechan.

2 Piske lèzòm fèt nan imaj Bondye, sa vle di yo gen kapasite pou yo reflete yon seri kalite Bondye gen lakay li (Jenèz 1:26). Se sa k fè li tou nòmal pou Bondye atann li aske nou manifeste bonte lakay nou. Tankou jan Mika 6:8 di l la, pèp Bondye a fèt pou l “ renmen bonte ”. Men, ki sa bonte vle di ? Ki rapò ki genyen ant bonte ak yon seri de lòt kalite Bondye gen lakay li ? Etandone lèzòm fèt ak kapasite pou yo manifeste bonte lakay yo, poukisa moun yo mechan, yo malveyan konsa nan monn nan ? Poukisa, antanke kretyen, nou dwe fè tout efò nou pou nou manifeste bonte nan fason n ap boule ak pwochen nou ?

Ki sa bonte vle di ?

3. Ki jan w ta defini bonte ?

3 Yon moun manifeste bonte lè l montre li enterese toutbon nan byennèt lòt moun. Se yon kalite tout moun ka wè nan bon aksyon yon moun poze ak nan pawòl ki plen konsiderasyon li di. Yon moun ki gen bonte se yon moun ki fè sa ki byen, se pa yon moun ki fè anyen pou l nui pwochen l. Se yon moun ki amikal, ki janti, ki senpatik e ki poli. Se yon moun ki toujou prèt pou l pataje sa l genyen ak lòt moun, e ki toujou prèt pou l pran ka moun. Men ki egzòtasyon apot Pòl te bay kretyen yo : “ Abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. ” ​(Kolosyen 3:12). Konsa, bonte se yon kalite ki fè pati de abiman senbolik yon vrè kretyen fèt pou l gen sou li.

4. Ki jan Jewova pran devan pou l manifeste bonte anvè limanite ?

4 Nan domèn bonte, Jewova Dye pran devan. Selon Pòl, se “ lè bonte ak lanmou Bondye, Seyè nou an, te manifeste nan ka lòm, [...] li sove nou grasa beny ki fè nou vin ap viv e ki fè nou vin renouvle grasa lespri sen ”. (Tit 3:4, 5.) Bondye ‘ benyen ’ kretyen wen yo, oubyen li pwòpte yo, nan san Jezi, sa vle di li aplike valè sakrifis ranson Kris la nan ka yo. Epitou, yo renouvle grasa lespri sen, yo vin tounen “ yon nouvo kreyasyon ” antanke pitit gason Bondye ki wen ak lespri (2 Korentyen 5:17). Mete sou sa, bonte Bondye ansanm ak lanmou li gen lakay li manifeste tou nan ka “ yon gwo foul moun ”, ki “ lave wòb yo e [ki] blanchi yo nan san Timouton an ”. — Revelasyon 7:9, 14 ; 1 Jan 2:1, 2.

5. Poukisa moun lespri Bondye ap gide yo ta dwe manifeste bonte ?

5 Yon lòt bagay ankò : bonte fè pati fwi lespri sen Bondye, nou vle pale de fòs aktif li. Pòl di : “ Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz. Pa gen okenn lwa ki kont bagay sa yo. ” ​(Galat 5:22, 23). Piske se konsa, èske moun ki gen lespri Bondye ap gide yo pa ta dwe manifeste bonte anvè pwochen yo ?

Vrè bonte a pa vle di feblès

6. Ki lè bonte konn vle di feblès, e poukisa ?

6 Gen moun ki panse bonte vle di feblès. Dapre yo menm, yon moun dwe rijid, pafwa li dwe menm tchak, yon fason pou lòt moun ka wè li gen karaktè. Men, an reyalite, pou yon moun rive manifeste vrè bonte a e pou l evite yon bonte ki mal plase, sa mande yon fòs ki pa piti. Etandone vrè bonte a fè pati fwi lespri Bondye pwodui a, nou pa ka atann pou se yon kalite ki fèb, yon etadespri ki fè moun tolere move konduit. Se bonte ki mal plase a pito ki vle di feblès e ki fè moun fèmen je sou sa ki mal.

7. a) Ki jan Eli te montre li se yon moun ki mou ? b) Poukisa ansyen yo dwe veye pou yo pa manifeste yon bonte ki mal plase ?

7 Pa egzanp, ann egzamine ka Eli, yon gran prèt ann Izrayèl. Se yon moun ki te mou lè pou l te disipline Ofni ak Fineyas, de pitit gason l nan epòk la ki t ap sèvi nan tabènak la antanke prèt. Mesye sa yo pa t kontante yo ak pòsyon vyann Lwa Bondye a te di pou yo ba yo nan yon sakrifis. Sa te konn fè yo voye yon sèvitè al reklame vyann tou kri nan men moun k ap fè sakrifis la depi anvan yo boule grès la sou lotèl. Anplis de sa, pitit Eli yo te konn gen relasyon seksyèl ki imoral ak yon seri de medam ki te konn sèvi nan antre tabènak la. Sa pou Eli te fè, se pou l te retire fonksyon prèt la nan men mesye yo. Men olye de sa, li te kontante l jis fè yon ti rele dèyè yo (1 Samyèl 2:12-29). Nou konprann rezon ki fè “ pawòl Jewova te vin ra nan jou sa yo ”. (1 Samyèl 3:1.) Ansyen yo dwe pran prekosyon pou yo pa tonbe nan yon ka konsa, pou yo pa manifeste yon bonte ki mal plase lè pou yo korije moun ki gen move konduit e ki ta ka reprezante yon danje pou espirityalite kongregasyon an. Vrè bonte a pa fèmen je sou move pawòl ak move aksyon ki vyole prensip Bondye yo.

8. Ki jan Jezi te manifeste vrè bonte a ?

8 Jezi Kris, modèl nou an, pa t janm konn manifeste yon bonte ki mal plase. Dayè, anpalan de vrè bonte a, li se yon egzanp ki san parèy. Pa egzanp, li te konn ‘ santi kè l fè l mal pou foul moun yo, paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ’. Tout moun ki te gen kè dwat pa t konn ezite abòde Jezi. Genyen ki te konn menm pote pitit yo ba li. Imajine ki kalite bonte ak ki kalite konpasyon li te manifeste etan li t ap “ pran ti moun yo nan bra li e li [te] kòmanse beni yo ”. (Matye 9:36 ; Mak 10:13-16.) Se vre Jezi te bon, men sa pa t anpeche l fèm lè pou l te fè sa ki dwat nan je Papa l ki nan syèl la. Jezi pa t janm fèmen je sou sa ki mal. Grasa Bondye, li te toujou jwenn kouraj pou l denonse ipokrizi chèf relijye yo. Selon Matye 23:13-26, plizyè fwa, li te di yo : “ Malè pou nou, eskrib ak Farizyen, ipokrit ! ”

Bonte ak lòt kalite lespri Bondye pwodui

9. Ki rapò pasyans ak byenveyans genyen ak bonte ?

9 Gen lòt kalite lespri Bondye pwodui ki gen rapò ak bonte. Pa egzanp, yo site bonte ant “ pasyans ” ak “ byenveyans ”. An reyalite, pou yon moun manifeste bonte, fò l pasyan. Se yon moun ki pasyan menm avèk moun ki pa gen bonte lakay yo. Bonte gen rapò ak byenveyans paske, souvan, pou yon moun rive manifeste bonte li fè bon aksyon nan objektif pou l ede lòt moun. Pafwa, mo grèk nan Bib la “ bonte ” tradui a konn vle di “ byenveyans ”. Selon Tètilyen, fason premye kretyen yo te manifeste kalite sa a te tèlman etone payen yo, yo te pran abitid rele disip Jezi ‘ moun ki gen bonte lakay yo ’.

10. Ki rapò bonte genyen ak lanmou ?

10 Bonte gen rapò ak lanmou. Men sa Jezi te di konsènan disip li yo : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” ​(Jan 13:35). E se de lanmou sa a Pòl ap pale lè l di : “ Lanmou pasyan e li bon. ” ​(1 Korentyen 13:4). Bonte gen rapò tou ak lanmou lè nou egzamine ekspresyon “ bonte ki plen lanmou ” yo itilize souvan nan Bib la. Se yon bonte ki soti nan yon lanmou ki fidèl. Ekspresyon “ bonte ki plen lanmou ” an tradui yon mo ebre ki pa vle di afeksyon sèlman. Se yon fòm bonte ki atache ak yon bagay avèk amou jiskaske objektif li anrapò ak bagay sa a reyalize. Bonte ki plen lanmou, oswa lanmou fidèl, Jewova gen lakay li a manifeste divès fason. Se yon bonte, pa egzanp, ou ka wè nan aksyon li fè pou li delivre sèvitè l yo e pou l pwoteje yo. — Sòm 6:4 ; 40:11 ; 143:12.

11. Ki asirans bonte ki plen lanmou Bondye gen lakay li a ban nou ?

11 Bonte ki plen lanmou Jewova gen lakay li a se yon kalite ki atire moun sou li (Jeremi 31:3). Lè sèvitè Bondye yo bezwen èd nan men l, oubyen lè yo bezwen li delivre yo, yo konnen se vre bonte sa a vle di lanmou fidèl. Yo konnen yo ka konte sou li. Se sa k fè yo ka priye ak lafwa, menm jan yon salmis te fè sa. Tande ki sa li di : “ Kanta pou mwen menm, se nan bonte plen lanmou ki lakay ou mwen mete konfyans mwen. Kite kè m rejwi nan delivrans ou bay la. ” ​(Sòm 13:5). Piske lanmou Bondye fidèl, sèvitè l yo ka fè l konfyans je fèmen. Men ki asirans yo genyen : “ Jewova pap abandone pèp li, ni li pap kite eritaj li a. ” — Sòm 94:14.

Sa k fè monn nan mechan konsa a ?

12. Ki lè yon move dominasyon te kòmanse, e ki jan sa te fèt ?

12 Pou nou reponn kesyon sa a, ann sonje sa k te pase nan jaden Edenn. Byen bonè nan istwa lèzòm, gen yon kreyati espirityèl ki te vin egoyis, li te vin ògeye, e li te fè yon konplo pou l domine monn nan. Kòm rezilta, li vin “ chèf monn ” nan vre, yon chèf k ap toupizi moun (Jan 12:31). Yo vin rele l Satan Ledyab, prensipal opozan Bondye ak lèzòm (Jan 8:44 ; Revelasyon 12:9). Yon ti tan apre Èv fin kreye, Dyab la te fè wè entansyon egoyis li te genyen pou l mete yon dominasyon sou pye ki pou opoze ak dominasyon Jewova t ap egzèse avèk bonte a. Depi lè Adan te chwazi wout endepandans parapò ak dominasyon Bondye e li te rejte bonte Bondye konplètman, depi lè sa a move dominasyon kòmanse (Jenèz 3:1-6). Men, sa pa t fè Adan ak Èv endepandan vre. Okontrè, yo te vin sibi enfliyans egoyis Dyab la e yo te vin reflete menm ògèy li gen lakay li a. E konsa, yo te tou vin anba dominasyon l.

13-15. a) Site kèk nan konsekans sa genyen dèske premye paran nou yo te rejte dominasyon jis Jewova a. b) Poukisa gen tout mechanste sa yo nan monn nan ?

13 Ann egzamine kèk nan konsekans sa te genyen. Yo te mete Adan ak Èv deyò nan paradi ki te nan yon pati sou tè a. Yo te vin pa nan menm sitiyasyon yo te ye a ditou : alòske anvan sa yo te nan yon bèl jaden kote yo te gen tout kalite bèl plant e yo te jwenn tout kalite fwi, kounye a yo pa nan jaden Edenn nan ankò, yo te vin nan di. Men sa Bondye te di Adan : “ Piske se vwa madanm ou ou tande e w al manje nan pyebwa mwen te ba w lòd sa a : ‘ Ou pa dwe manje ladan l ’, tè a modi akoz ou menm. Se anba doulè ou pral manje sa tè a pwodui toule jou nan lavi w. E pikan ak chadwon gen pou pouse sou li pou ou. ” Malediksyon sa a yo te pwononse kont tè a te vle di kounye a li pa t apral fasil ditou pou moun kiltive l. Efè malediksyon sa a, avèk pikan ak chadwon ki t apral pouse sou tè a, te tèlman rèd pou desandan Adan yo, Lamèk, papa Noye, te pale de ‘ doulè ki nan men yo, doulè ki soti nan tè Jewova modi a ’. — Jenèz 3:17-19 ; 5:29.

14 Adan ak Èv te boukante trankilite yo te genyen an pou kalamite. Bondye te di Èv konsa : “ M ap ogmante doulè gwosès ou anpil. Se nan gwo soufrans w ap gen pou w fè pitit, e w ap toujou anvi mari w, e se li menm ki va domine w. ” Annapre, Kayen, premye pitit Adan ak Èv, te komèt yon zak mechanste ki tèrib : li te touye frè l Abèl. — Jenèz 3:16 ; 4:8.

15 Selon sa apot Jan di, se ‘ lemonnantye ki anba pouvwa mechan an ’. (1 Jan 5:19.) Jodi a, monn nan manifeste menm move karakteristik ak chèf li, se sa k fè se yon monn ki gen egoyis ak ògèy. Se pa etonan si li chaje ak mechanste ak malveyans konsa ! Sepandan, se pa yon sitiyasyon k ap la pou tout tan. Jewova pral pran tout dispozisyon pou se bonte ak konpasyon ki domine anba Wayòm li an olye pou se mechanste ak malveyans.

Bonte pral gaye anba dominasyon Wayòm Bondye a

16. Poukisa bonte pral youn nan karakteristik dominasyon Bondye pral egzèse pa mwayen Jezi Kris la, e ki obligasyon sa ban nou ?

16 Ni Jewova ni Wa li chwazi a, Jezi Kris, mande pou moun ki aksepte dominasyon yo a gen repitasyon moun ki manifeste bonte lakay yo (Mika 6:8). Jezi ban nou yon apèsi pou l montre ki jan se bonte ki pral karakteristik administrasyon Papa l konfye l la (Ebre 1:3). Nou ka remake sa nan pawòl Jezi te di pou l denonse yon seri de fo chèf relijye ki te konn ap akable pèp la anba chay ki byen lou. Li te di : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. Mete jouk mwen an sou zepòl nou e aprann nan men m, paske mwen gen karaktè dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. Paske jouk mwen an dous e chay mwen an lejè. ” ​(Matye 11:28-30). Se pa de dirijan sou tè a, kit se nan domèn relijyon kit se nan lòt domèn ankò, k ap fè moun pase tray anba tout kalite règ ki egziste e yo fè yo fè tout kalite travay san yo pa menm montre yo apresye sa moun sa yo fè. Toutfwa, sa Jezi mande disip li yo pou yo fè yo, se bagay ki pou konble bezwen yo e se pa bagay ki depase yo. An verite, se yon jouk ki bay fòs e ki dous ! Èske sa pa fè nou anvi fè menm jan avè l nan fason nou manifeste bonte anvè pwochen nou ? — Jan 13:15.

17, 18. Poukisa nou ka kwè ni moun ki pral reye nan syèl ansanm ak Kris yo ni moun k ap reprezante l sou tè a pral manifeste bonte ?

17 Jezi te fè apot li yo yon remak frapan ki montre kokenn diferans ki genyen ant dominasyon Wayòm Bondye a ak dominasyon lèzòm. Labib di : “ Sepandan, te vin gen yon gwo diskisyon tou ki pete pami yo konsènan moun ki te parèt gen pi plis grandè a. Men li di yo konsa : ‘ Wa nasyon yo kòmande yo tankou mèt, e moun ki gen otorite sou yo, moun rele yo Byenfetè. Men nou menm, nou pa fèt pou nou konsa. Okontrè, moun ki gen pi plis grandè pami nou an, se pou l vin tankou pi piti a, e moun ki gen pozisyon chèf la, se pou l vin tankou moun k ap sèvi a. Paske kiyès ki gen pi plis grandè ? Moun ki lonje bò tab la oswa moun k ap sèvi a ? Èske se pa moun ki lonje bò tab la ? Men mwen menm, mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi a. ’” — Lik 22:24-27.

18 Lè se lèzòm k ap dirije, yo aji antanke “ mèt ” e yo chèche tout kalite tit pou montre yo se yon pakèt afè, kòmsi tit sa yo fè yo vin pi plis pase moun y ap dirije yo. Men, selon Jezi, yon moun gran vre, se lè l itil sanblab li, lè l dispoze fè sa l kapab pou l sèvi lòt moun. Kit se moun ki pral reye ak Kris nan syèl la, kit se moun k ap rete sou tè a antanke reprezantan l, yo tout dwe fè efò pou yo suiv egzanp li kite pou yo nan domèn imilite ak bonte.

19, 20. a) Ki jan Jezi te montre jis ki bò bonte Jewova rive ? b) Kòman nou ka imite Jewova nan fason li manifeste bonte ?

19 Ann egzamine lòt bon konsèy ankò Jezi te bay avèk amou. Pou Jezi montre jis ki bò bonte Jewova rive, li di : “ Si nou renmen moun ki renmen nou, ki merit nou genyen pou sa ? Paske menm pechè yo renmen moun ki renmen yo. E si nou fè byen pou moun ki fè byen pou nou, ki merit vre nou genyen pou sa ? Menm pechè yo fè menm jan an. Epitou, si se moun nou espere resevwa kichòy nan men yo nou prete san enterè, ki merit nou genyen pou sa ? Menm pechè yo prete pechè parèy yo san enterè dekwa pou yo ka jwenn menm bagay la anretou. Okontrè, kontinye renmen ènmi nou, kontinye fè byen e kontinye prete san enterè, san nou pa espere resevwa anyen anretou. E rekonpans nou ap gwo, e n ap vin pitit Trèwo a, paske li bon ni pou moun ki engra a ni pou moun ki mechan an. Kontinye montre nou gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd. ” — Lik 6:32-36.

20 Bonte ki soti nan Bondye a se yon bonte ki pa wè enterè l. Li pa mande anyen ni li pa atann anyen anretou. Avèk bonte, Jewova “ fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e [li] fè lapli tonbe sou moun ki jis ak sou moun ki enjis ”. (Matye 5:43-45 ; Travay 14:16, 17.) Pou nou imite Papa nou ki nan syèl la, nou pap sèlman kontante nou pou nou pa fè moun ki engra bagay ki mal, men n ap fè sa ki byen pou yo, menmsi yo ta aji kòm ènmi nou. Lè nou manifeste bonte, nou montre Jewova ak Jezi nou anvi viv anba Wayòm nan, kote bonte ak lòt kalite lespri Bondye pwodui ap gaye nan tout relasyon moun ap genyen antre yo.

Poukisa nou fèt pou nou manifeste bonte ?

21, 22. Poukisa nou fèt pou nou montre nou gen bonte lakay nou ?

21 Pou yon vrè kretyen, demontre bonte se yon bagay ki vrèman enpòtan. Se yon prèv ki montre lespri Bondye ap travay nan nou. Epitou, lè nou manifeste vrè bonte a, se yon fason pou nou imite Jewova Dye ak Jezi Kris. Yon lòt bagay ankò, sèke bonte se yon kalite tout moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a dwe manifeste lakay yo. Pou tout rezon sa yo, nou fèt pou nou renmen bonte e pou nou aprann manifeste l.

22 Gen plizyè fason pratik nou ka montre nou gen bonte lakay nou nan lavi nou chak jou. Ki fason sa yo ? Se sou sa atik ki vin apre a pral pale.

Ki repons ou ta bay ?

• Ki sa bonte vle di ?

• Poukisa moun yo mechan, yo malveyan konsa nan monn nan ?

• Ki jan nou fè konnen se bonte ki pral domine anba Wayòm Bondye a ?

• Poukisa li enpòtan anpil pou moun ki vle viv anba dominasyon Wayòm Bondye a manifeste bonte ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Ansyen yo fè sa yo kapab pou yo manifeste bonte nan fason yo trete twoupo a.

[Foto nan paj 10]

Bonte ki plen lanmou Jewova gen lakay li pap pa atenn sèvitè l yo lè yo nan moman difisil.

[Foto nan paj 11]

Avèk bonte, Jewova fè solèy la leve e li fè lapli tonbe pou tout moun.