Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w dwe fè pati yon relijyon ?

Èske w dwe fè pati yon relijyon ?

Èske w dwe fè pati yon relijyon ?

‘ MWEN pa oblije fè pati yon relijyon ni mwen pa oblije al legliz regilyèman pou m kwè nan Bondye ! ’ Se sa anpil moun panse konsènan kesyon pou yo ta manm nan yon legliz oubyen nan nenpòt òganizasyon relijye. An reyalite, gen moun ki di yo santi yo pi pwòch Bondye lè yo deyò, y ap pwofite de lanati pase lè yo chita nan yon legliz. An jeneral jodi a, moun yo panse li pa nesesè pou yon moun antre nan yon gwoupman relijye oubyen nan yon òganizasyon relijye pou l kwè nan Bondye.

Sepandan, gen lòt moun sensèman ki pa wè bagay yo menm jan. Dapre yo menm, li nesesè, li menm vital pou yon moun manm legliz e pou l al legliz si l vle jwenn apwobasyon Bondye. Donk, li trèzenpòtan pou nou konnen si wi ou non yon moun fèt pou l manm yon legliz. Se pa yon senp kesyon estatistik ni se pa sèlman yon kesyon ki enterese moun k ap fè rechèch sou relijyon. Antouka, piske se yon kesyon ki konsène relasyon nou ak Bondye, èske li pa ta bon pou nou chèche konnen sa l panse ? Ki sa nou ka aprann nan Pawòl li, Labib, sou yon kesyon konsa ?

Fason Bondye te konn trete ak moun nan tan lontan

Sa prèske gen 4 400 ane, yon katastwòf, yon delij, te frape tout tè a. Se pa yon evènman moun ta pral bliye fasilman. Dayè, toupatou sou tè a, gen anpil pèp ki gen yon seri de kont anrapò ak katastwòf sa a nan istwa yo. Byenke gen detay ki pa menm nan kont sa yo, yo gen anpil resanblans. Pa egzanp, yo tout montre se sèlman kèk moun ak kèk bèt ki te sove.

Moun sa yo ki te chape anba delij la, èske se yon seri de moun pasipala ki, pa aza, te gen chans chape anba destriksyon an ? Istwa ki rapòte nan Bib la montre se pa konsa sa te pase. Yon pwen pou nou remake, sèke Bondye pa t enfòme chak moun apa sou delij ki t apral vini an. Okontrè, li te enfòme Noye, e Noye, bò kote pa l, te avèti moun yo gen yon delij ki t apral vini. — Jenèz 6:13-16.

Pou yon moun te sove, fòk li te fè pati de gwoup sa a kote youn t ap soutni lòt, e fòk li te dispoze aksepte enstriksyon Bondye te bay Noye yo. Menm bèt ki te sove yo pa t ap rive sove si yo pa t ansanm ak gwoup sa a. Noye te resevwa enstriksyon presi sou dispozisyon li te dwe pran pou lavi bèt yo te ka prezève. — Jenèz 6:17–7:8.

Plizyè syèk apre sa, desandan Noye yo, sa ki soti nan branch Sèm, pitit li, te vin twouve yo ann esklavaj nan peyi Ejip. Men, objektif Bondye se te pou l libere yo e pou l mennen yo nan peyi li te pwomèt Abraram, zansèt yo. La ankò, se pa t yon bagay Bondye te di chak moun apa. Se sèlman moun li te chwazi pou gide nasyon an, Moyiz ak frè li, Arawon, li te di sa (Egzòd 3:7-10 ; 4:27-31). Lè ansyen esklav sa yo te fin delivre ann Ejip antanke gwoup, yo te resevwa Lwa Bondye a sou mòn Sinayi e yo te tou tounen nasyon Izrayèl. — Egzòd 19:1-6.

Chak grenn Izrayelit ki te sove, se te sèlman paske li te asosye l ak gwoup Bondye te etabli a e li te suiv enstriksyon moun ki te gen responsablite gide gwoup sa a. Yo te menm pèmèt kèk grenn Ejipsyen asosye yo ak gwoup sa a, li evidan, ki te gen apwobasyon Bondye. Lè Izrayelit yo te kite peyi Ejip, moun sa yo te ale ak yo, e sa te tou mete yo an pozisyon pou yo resevwa benediksyon nan men Bondye. — Egzòd 12:37, 38; 2 Pyè 2:5.

Kèk tan apre, nan premye syèk la, Jezi te kòmanse aktivite predikasyon an, e li te rasanble yon gwoup moun antanke disip li. Li te trete ak yo antanke gwoup menmsi, selon bezwen yo, li te konn pran ka yo chak avèk amou. Jezi te di 11 apot fidèl li yo konsa : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm. ” ​(Lik 22:28, 29). Yon ti tan apre, lespri sen Bondye te desann sou disip yo etan yo te ansanm, antanke gwoup. — Travay 2:1-4.

Egzanp sa yo montre klèman Bondye te toujou konn trete ak sèvitè l yo antanke gwoup òganize. Si gen kèk grenn moun Bondye te konn pran kontak pèsonèlman avèk yo, tankou Noye, Moyiz, Jezi ak lòt ankò, an reyalite, li te itilize yo pou l kominike ak gwoup moun ki te asosye ansanm ak yo. Pa gen okenn rezon pou nou ta kwè, jodi a, Bondye chanje fason li trete ak sèvitè l yo. Toutfwa, gen yon lòt kesyon sa soulve : Èske li sifi pou yon moun annik asosye l ak nenpòt ki gwoupman relijye ? Nou pral egzamine kesyon enpòtan sa a nan atik ki vin apre a.

[Foto nan paj 4]

Bondye te toujou konn trete ak sèvitè l yo antanke gwoup òganize.