Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki relijyon ou ta dwe chwazi ?

Ki relijyon ou ta dwe chwazi ?

Ki relijyon ou ta dwe chwazi ?

‘ TOUT relijyon ki egziste yo, se sèlman divès wout ki mennen menm kote. An reyalite, èske se pa yon sèl Bondye ki genyen ? ’ Se konsa anpil moun reflechi. Menm lè yo panse li enpòtan pou yon moun manm yon relijyon, pou yo menm yon moun gen dwa chwazi nenpòt relijyon li vle.

Si yon moun pa byen gade, li ka twouve se yon agiman ki rezonab, piske se vre se yon sèl Bondye ki genyen, Toupisan an (Izayi 44:6 ; Jan 17:3 ; 1 Korentyen 8:5, 6). Epoutan, yon bagay nou pa ka inyore, se diferans, nou ka menm di kontradiksyon, ki egziste pami anpil gwoup relijye ki di y ap sèvi vrè Dye a. Gen gwo diferans nan pratik yo, nan kwayans yo, nan ansèyman yo ak nan sa yo mande pou fidèl yo fè. Diferans sa yo tèlman gwo, moun ki nan yon relijyon, oswa ki nan yon gwoupman relijye, konn twouve li difisil pou yo konprann oubyen pou yo aksepte sa lòt relijyon yo anseye, oubyen sa lòt relijyon yo kwè.

Yon lòt bò, tande sa Jezi te di : “ Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite. ” ​(Jan 4:24). Èske adore Bondye ak laverite bay posiblite pou gen yon bann ide ki opoze youn ak lòt konsènan ki moun Bondye ye, ki objektif li e ki jan li vle pou moun adore l ? Èske li lojik pou nou kwè kèlkeswa jan nou adore Bondye Toupisan an, sa pa gen enpòtans nan je l ?

Vrè kretyen yo : nan premye syèk la ak kounye a

Nan premye syèk la, sa te konn rive pou kretyen yo pa gen menm opinyon sou yon seri de bagay. Pa egzanp, anpalan de kretyen Korent yo, apot Pòl te di : “ Enfòmasyon moun lakay Kloye fè m jwenn sou nou, frè m yo, sèke gen mezantant antre nou. Men sa m vle di : gen moun ki di : ‘ Mwen menm mwen pou Pòl ’, ‘ Mwen menm mwen pou Apolòs ’, ‘ Mwen menm mwen pou Sefas ’, ‘ Mwen menm mwen pou Kris. ’” — 1 Korentyen 1:11, 12.

Èske Pòl te konsidere diferans sa yo kòm yon bagay ki pa gen anpil enpòtans ? Èske chak moun te annik suiv chemen pa yo pou yo ka sove ? Non ! Men sa Pòl di : “ Kounye a mwen egzòte nou, frè m yo, nan non Jezi Kris Seyè nou an, pou nou tout gen menm pawòl, pou pa gen divizyon nan mitan nou, men pou nou byen ini nan menm panse, nan menm opinyon. ” — 1 Korentyen 1:10.

Natirèlman, inite nan kwayans pa ka reyalize pa lafòs. Pou sa rive, fòk chak moun fè rechèch nan domèn nan jiskaske tout moun rive nan menm konklizyon e tout moun aksepte konklizyon sa yo. Se sa k fè, pou nou rive nan inite Pòl mansyone a, li esansyèl pou nou etidye Pawòl Bondye a pèsonèlman e, onètman, pou nou dispoze aplike sa n aprann yo. Èske yon inite konsa egziste ? Jan nou sot wè sa nan premye atik la, depi lontan, Bondye te konn trete ak moun k ap sèvi l yo antanke gwoup. Èske li posib pou nou idantifye gwoup sa a jodi a ?

Byenfè nou jwenn lè nou asosye nou ak gwoup Bondye apwouve a

Men ki kesyon salmis David te poze yon lè : “ O Jewova, kiyès ou va envite nan tant ou ? Kiyès ki va abite nan montay sakre w la ? ” Se kesyon ki fè moun reflechi, pa vre ? David reponn, li di : “ Se moun ki mache san defo, ki pratike lajistis e ki pale laverite nan kè l. ” ​(Sòm 15:1, 2). Si yon moun byen konprann Bib la, sa ap pèmèt li idantifye relijyon ki ranpli kondisyon Bondye fikse yo. Ansuit, lè li asosye l ak gwoup sa a, l ap gen frekantasyon ki edifyan ansanm ak moun k ap adore Bondye nan inite, “ avèk lespri ak laverite ”.

Temwen Jewova yo demontre li posib pou moun atenn inite nan kwayans ak nan aksyon, menm nan monn n ap viv jodi a, kote pa gen inite. Nan mitan yo, ou jwenn moun ki te manm yon bann relijyon oswa ki te fè pati divès gwoup etnik. Gen lòt Temwen ki te agnostik oubyen ki te ate. E gen lòt tou ki te senpleman pa enterese nan kesyon relijyon. Ou jwenn moun ki soti nan tout kalite relijyon, nan tout kalite kilti e ki te kwè nan tout kalite filozofi, ki vin ini kounye a nan domèn relijye, yon bagay nou pa wè okenn lòt kote nan monn nan jodi a.

Baz yon inite konsa se Pawòl Bondye a, Labib. Natirèlman, Temwen Jewova yo konnen yo pa gen dwa dikte lòt moun sa pou yo fè. Men, yo apresye privilèj yo genyen pou yo ankouraje pwochen yo aprann konnen Bib la, yon fason pou yo baze chwa y ap fè nan domèn adorasyon sou fondman solid sa a. Konsa, plis moun toujou ap jwenn byenfè ki genyen lè yon moun ap adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”.

Jodi a, risk pou yon moun sibi move enfliyans oswa pou l tonbe devan move tantasyon, se yon risk ki gran. Se sa k fè li esansyèl pou nou chwazi gen bonjan frekantasyon. Dapre Bib la, “ moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj ”, e “ move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab ”. (Pwovèb 13:20 ; 1 Korentyen 15:33.) Donk, se yon pwoteksyon sa ye pou nou si nou asosye nou ak vrè adoratè Bondye yo. Se poutèt sa, men ki rapèl Bib la fè nou : “ Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, pandan nou pap abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men pou nou ankouraje youn lòt, e vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. ” ​(Ebre 10:24, 25). Ala yon benediksyon sa ye, lè yon bann vrè zanmi, frè ak sè espirityèl, ap ede youn lòt, avèk amou, pou yo rive pran responsablite yo devan Bondye !

Ottmar dakò ak sa. Li te leve ann Almay, nan yon fanmi katolik, men li te sispann al legliz. Men sa l esplike : “ Chak fwa m ap sot legliz, mwen santi m menm jan m te ye lè mwen t ap antre nan legliz la : mwen santi m vid. ” Men, sa pa t anpeche l kontinye gen lafwa nan Bondye. Apre sa, li te vin antre an kontak ak Temwen Jewova e li te vin gen konviksyon se yo menm ki vrè sèvitè Bondye yo. Li te vin wè nesesite pou l asosye l ak yo. Kounye a, tande ki sa l di : “ Lefètke m aktif nan yon òganizasyon mondyal sa fè m gen lapè ni nan lespri m ni nan kè m. Tikras pa tikras, m ap resevwa èd pou m vin gen yon konesans ki pi egzak sou Bib la. Se yon bagay, pèsonèlman, mwen twouve ki gen anpil enpòtans. ”

Yon envitasyon pou moun k ap chèche yo

Moun ki rive antann yo pou yo travay ansanm antanke gwoup ka rive akonpli yon tach pi byen lontan pase kèk grenn moun izole k ap eseye travay poukont yo. Pa egzanp, men ki enstriksyon Jezi te bay disip li yo lè moman an te rive pou l ale : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” ​(Matye 28:19, 20). Ki jan pou moun ta ka rive akonpli yon travay konsa kòmsadwa san direktiv, san òganizasyon ? Ki jan yon moun ta ka rive obeyi enstriksyon biblik sa a si se yon moun k ap eseye sèvi Bondye poukont li ?

Pandan ane ki sot pase a, Temwen Jewova yo te distribye 91 933 280 piblikasyon biblik, sa vle di liv ak bwochi ki baze sou Bib la, yo te distribye tou 697 603 247 peryodik. Konsa, yo te fè mesaj ki nan Pawòl Bondye a rive jwenn plizyè santèn milyon moun nan 235 peyi. Èske se pa yon kokenn prèv ki montre yon gwoup ki byen òganize k ap fè efò nan inite ka akonpli plis bagay lontan pase yon grenn moun k ap fè efò poukont li ?

Nonsèlman Temwen Jewova yo distribye piblikasyon biblik, men tou yo fè etid biblik gratis ak moun yo pou ede yo pi byen konprann sa Bondye vle yo fè. Ane pase, yo te kondui, an mwayèn, 5 726 509 etid biblik chak semèn, swa ak yon sèl moun swa ak yon gwoup moun. Ansèyman sa a nou jwenn nan Bib la ede plizyè milyon moun jwenn yon baz solid kòm fondman pou fè chwa yo nan domèn adorasyon. Nou envite w aprann konnen sa Bondye mande yo jan sa ekri nan Bib la. E apre sa, w ap anmezi pou w fè chwa pa w. — Efezyen 4:13 ; Filipyen 1:9 ; 1 Timote 6:20 ; 2 Pyè 3:18.

Si w vle fè Bondye plezi, li enpòtan pou w manm yon relijyon, men se pa nenpòt gwoupman relijye. Ou dwe baze w sou yon konesans egzak nan Bib la pou w chwazi relijyon w, pa baze w ni sou yon seri de kwayans moun aksepte san prèv, ni sou sa ou tande moun di Bib la di (Pwovèb 16:25). Aprann konnen ki sa vrè relijyon an mande. Konpare konesans sa a ak kwayans pa w. E fè yon chwa ki apwopriye. — Detewonòm 30:19.

[Foto nan paj 7]

Temwen Jewova yo gen inite nan yon monn ki pa gen inite.