Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kreyasyon an ap pwoklame glwa Bondye

Kreyasyon an ap pwoklame glwa Bondye

Kreyasyon an ap pwoklame glwa Bondye

“ Syèl la ap pwoklame glwa Bondye, e lespas ap anonse travay li fè ak men l. ” — SÒM 19:1.

1, 2. a) Poukisa lèzòm pa kapab wè glwa Bondye dirèkteman ? b) Ki jan vennkat ansyen yo bay Bondye glwa ?

“ OU PA kapab wè fas mwen, paske pèsonn moun pa ka wè m epi pou l ret vivan. ” ​(Egzòd 33:20). Se avètisman sa a Jewova te bay Moyiz. Piske lèzòm fèt ak chè, yo frajil, yo pap kapab kontinye viv si yo wè glwa Bondye dirèkteman. Sepandan, nan yon vizyon, apot Jan te gen okazyon wè Jewova ki sou twòn glorye li. — Revelasyon 4:1-3.

2 Kontrèman ak lèzòm, kreyati espirityèl ki fidèl yo anmezi pou yo wè fas Jewova. Pami kreyati sa yo, genyen “ vennkat ansyen ”, ki reprezante 144 000 kretyen wen yo, ki nan vizyon selès Jan te genyen an (Revelasyon 4:4 ; 14:1-3). Lè yo wè glwa Bondye, kòman yo reyaji ? Selon Revelasyon 4:11, men sa yo deklare : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa laglwa, ak onè ak pisans, paske se ou ki kreye tout bagay, e se akoz volonte w ki fè yo la, e ki fè yo te kreye. ”

Sa k fè yo “ san eskiz ”

3, 4. a) Poukisa lafwa nan Bondye pa kontrè ak lasyans ? b) Kèk fwa, ki sa ki konn fè yon moun refize kwè nan Bondye ?

3 Èske w santi w anvi bay Bondye glwa ? Pifò moun sou tè a pa santi yo anvi fè sa. Genyen ki menm di Bondye pa egziste. Pa egzanp, men sa yon astwonòm ekri : “ Èske se Bondye ki te entèvni e ki, erezman, te fasone kòsmòs la pou nou ? [...] Se yon posiblite ki enspire gwo espwa. Malerezman, mwen panse sa a se yon rèv. [...] Se pa Bondye ki esplikasyon an. ”

4 Rechèch syantifik yo limite. Yo ka fèt sèlman sou sa lèzòm ka obsève, sou sa yo ka etidye. Si se pa sa, yo se senp teyori oubyen sipozisyon. Piske “ Bondye se yon Espri ”, li tou senpleman enposib pou yo obsève l oswa pou yo etidye l selon metòd syantifik (Jan 4:24). Kidonk, se yon awogans pou yon moun rejte lafwa nan Bondye, pou l di sa pa syantifik. Gen yon syantifik nan inivèsite Cambridge ki rele Vincent Wigglesworth ki di menm metòd syantifik la li menm se “ yon apwòch ki mande lafwa ”. Kòman sa ? “ [Se yon metòd] ki chita sou yon lafwa avèg kòmkwa fenomèn natirèl yo konfòme yo anba ‘ lwa ki genyen nan lanati yo ’. ” Kidonk, lè yon moun pa kwè nan Bondye, èske se pa chanje li chanje yon lafwa pou yon lòt kalite lafwa ? Pafwa menm, lè yon moun pa kwè, li sanble se espre l fè pou l ka pa kontre ak laverite. Men sa yon salmis te ekri : “ Moun ki mechan an, nan awogans li, li pa fè rechèch. Tout lide l se : ‘ Pa gen Bondye. ’ ” — Sòm 10:4.

5. Poukisa lè yon moun pa kwè nan Bondye, moun sa a san eskiz ?

5 Sepandan, kwayans nan Bondye pa vle di lafwa san fondman, paske gen yon pakèt pakèt prèv ki montre Bondye egziste (Ebre 11:1). Men sa astwonòm Allan Sandage di : “ Mwen panse li pa posib pou se yon dezòd total ki bay lòd sa a [ki genyen nan linivè a]. Dwe gen yon prensip ki pèmèt bagay yo byen òganize. Pou mwen menm, Bondye se yon mistè, men se li menm ki esplikasyon pou egzistans, ki se yon mirak, se li menm ki esplikasyon poukisa gen bagay ki egziste olye pou pa t gen anyen ki egziste. ” Apot Pòl te di kretyen Wòm yo “ kalite envizib [Bondye] yo parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun ka konprann yo nan bagay ki te fèt yo, wi pisans etènèl li ansanm ak divinite l, se sa ki fè [moun ki pa kwè] yo san eskiz ”. (Women 1:20.) Depi epòk “ kreyasyon monn nan ”, an patikilye depi epòk kreyasyon lòm, yon kreyati ki gen entèlijans pou l konprann Bondye egziste, depi lè sa a li evidan gen yon Kreyatè ki gen yon kokennchenn pisans, yon Dye ki merite pou moun adore l. Se sa k fè, moun ki pa rekonèt glwa Bondye genyen, moun sa yo san eskiz. Men, ki prèv kreyasyon an bay ki montre Bondye egziste ?

Linivè ap pwoklame glwa Bondye

6, 7. a) Ki jan syèl la ap pwoklame glwa Bondye ? b) Nan ki objektif syèl la voye yon ‘ kòd pou mezire ’ ?

6 Sòm 19:1 reponn kesyon sa a, li di : “ Syèl la ap pwoklame glwa Bondye, e lespas ap anonse travay li fè ak men l. ” Selon sa David te rive konprann, etwal ansanm ak planèt k ap briye nan “ lespas ” la, oubyen nan atmosfè a, te bay prèv, prèv moun pa ka kontredi, gen yon Bondye glorye ki egziste. Men sa l di ankò : “ Yon jou apre yon lòt jou fè langaj jayi e yon nuit apre yon lòt nuit devwale konesans. ” ​(Sòm 19:2). Jou apre jou, nuit apre nuit, syèl la montre sajès Bondye ansanm ak pisans li genyen pou l kreye. Se kòmsi gen pawòl k ap “ jayi ” nan syèl la pou bay Bondye louwanj.

7 Sepandan, fòk yon moun gen disènman pou l tande temwayaj sa a. “ Pa gen langaj, e pa gen pawòl, ou pa tande okenn vwa lakay yo. ” Toutfwa, temwayaj an silans sa a syèl la ap bay la se yon temwayaj pisan. “ Sou tout tè a kòd pou l mezire a soti, e jis nan dènye bout tè k ap pwodui a, pawòl li rive. ” ​(Sòm 19:3, 4). Se kòmsi syèl la voye yon ‘ kòd pou mezire ’ pou l asire l temwayaj an silans l ap bay la rive nan tout ti kwen sou tè a.

8, 9. Site kèk enfòmasyon estrawòdinè konsènan solèy la.

8 Apre sa, David dekri lòt mèvèy ki gen nan kreyasyon Jewova a. Men sa l di : “ Ladan l [nan syèl la], li monte yon tant pou solèy la, e li menm, li tankou yon lemarye k ap soti nan chanm maryaj li. L ap rejwi tankou yon nonm pisan k ap kouri nan yon wout. Li soti nan yon bout nan syèl la, e l al fini tou a nan lòt bout la. E pa gen anyen ki kache devan chalè l. ” — Sòm 19:4-6.

9 Lè w konpare solèy la ak lòt etwal yo, ou wè li se yon etwal mwayen. Toutfwa, li se yon etwal estrawòdinè ki fè planèt ki nan òbit li yo parèt tou zuit devan l. Selon sa yon ouvraj fè remake, mas solèy la se “ 2 milya milya milya tòn ”, sa vle di, 99,9 pousan mas sistèm solè a. Efè gravitasyon solèy la fè tè a rete nan òbit solèy la nan yon distans 150 milyon kilomèt san l pa ale pi lwen solèy la ni solèy la pa anglouti l. Se sèlman yon vyepti kras nan enèji solèy la degaje ki rive sou tè a, men tikras sa a sifi pou kenbe lavi.

10. a) Nan ki sans solèy la antre soti nan “ tant ” li ? b) Ki jan solèy la kouri tankou “ yon nonm pisan ” ?

10 Salmis la pale de solèy la nan yon langaj senbolik. Li prezante l tankou “ yon nonm pisan ” k ap kouri sot nan yon orizon al nan yon lòt pandan lajounen, epi lannuit, li antre anba “ yon tant ” al repoze l. Lè etwal pisan sa a plonje nan orizon an, pou yon moun ki sou tè a k ap gade, se tankou li antre anba “ yon tant ” al repoze l. Epi nan maten, se kòmsi li reparèt yon sèl kou, li briye, “ tankou yon lemarye k ap soti nan chanm maryaj li ”. Antanke bèje, David konn sa yo rele bonjan fredi lannuit (Jenèz 31:40). Li sonje kòman reyon solèy la konn chofe ni li menm ni peyi kote l ye a byen rapid. Donk, solèy la pa faya akoz “ vwayaj ” li fè chak jou soti nan lès al nan lwès, men li pare, tankou “ yon nonm pisan ”, pou l refè vwayaj la.

Etwal yo ak galaksi yo se bagay ki enpresyonan

11, 12. a) Ki sa ki remakab nan rapwochman Bib la fè ant etwal yo ak grenn sab ki arebò lanmè ? b) Sa k fè nou ka di linivè a vas anpil ?

11 San teleskòp, David te kapab wè sèlman kèk milye etwal. Sepandan, selon etid ki fèk fèt yo, kantite etwal ki genyen nan linivè a yon moun ka wè grasa teleskòp modèn yo se 70 000 trilyon, sa vle di 7 avèk 22 zewo dèyè l. Se de gwo kantite sa a Jewova t ap pale lè l te fè rapwochman ant kantite etwal yo ak “ grenn sab ki arebò lanmè ”. — Jenèz 22:17.

12 Depi lontan, astwonòm yo ap obsève yon bagay yo dekri tankou “ plizyè ti rejyon k ap briye men ki yon jan twoub, yon bagay yo pa ka fin distenge ”. Syantifik yo te sipoze rejyon twoub sa yo, oubyen “ nebilez ki an fòm spiral ”, te fè pati galaksi nou an, galaksi ki rele Lavwa lakte a. Poutan, an 1924, yo dekouvri nebilez ki pi pre nou an, Andwomèd, li menm pou kont li se yon galaksi, e li nan yon distans apeprè 2 milyon ane limyè. Kounye a, syantifik yo estime gen plis pase san milya galaksi, e yo chak gen plizyè milye etwal, pafwa menm yo gen plizyè milya etwal. Epoutan, Jewova “ konte kantite etwal yo. Li rele yo tout nan non yo ”. — Sòm 147:4.

13. a) Ki sa ki remakab nan konstelasyon yo ? b) Ki sa ki montre aklè syantifik yo pa konnen “ lwa syèl la dwe obeyi ” yo ?

13 Jewova te mande Jòb : “ Èske w ka mare kòd konstelasyon Kima yo, oubyen, èske w ka demare kòd konstelasyon Kesil yo ? ” ​(Jòb 38:31). Yon konstelasyon se yon gwoup etwal ki bay yon fòm byen presi. Byenke etwal yo gen gwo gwo distans ki separe yo youn ak lòt, lè w ap gade yo etan w sou tè a, pozisyon youn parapò ak lòt rete fiks. Pozisyon etwal yo tèlman fiks, yo “ sèvi avèk yo kòm gid pou bato k ap vwayaje, pou oryante astwonòt nan lespas, e pou idantifye lòt etwal ”. (The Encyclopedia Americana.) Poutan, pèsonn pa fin byen konprann “ kòd ” ki kenbe konstelasyon yo ansanm. Wi, jiska prezan, syantifik yo pa ka reponn kesyon yo te poze Jòb nan Jòb 38:33 a ki di : “ Èske w konnen ki lwa syèl la dwe obeyi ? ”

14. Nan ki sans fason limyè simaye kò l se yon mistè ?

14 Syantifik yo pa ka reponn yon lòt kesyon yo te poze Jòb : “ Nan ki wout menm limyè pase pou l simaye kò l ? ” ​(Jòb 38:24). Gen yon ekriven ki di kesyon sa a yo poze konsènan limyè a se “ yon kesyon syantifik ki pwofon e ki toujou valab ”. Pa egzanp, kèk filozòf grèk te kwè limyè se nan je moun li soti. Annapre, nan epòk ki pi modèn, syantifik yo te panse limyè te konpoze ak yon bann ti patikil. Gen lòt ki te kwè limyè deplase sou fòm onn. Jodi a, syantifik yo kwè limyè aji alafwa tankou onn e tankou patikil. Sepandan, yo poko prèt pou yo konprann ki sa limyè ye e ki jan li “ gaye kò l ”.

15. Menm jan ak David, ki jan nou ta dwe santi nou lè n ap kontanple syèl la ?

15 Lè yon moun ap kontanple tout bagay sa yo, li pa ka pa santi l menm jan ak salmis David ki te di : “ Lè m wè syèl ou a, travay ou fè ak dwèt ou, lalin ak etwal ou prepare yo, ki sa lòm mòtèl ye pou w panse a li ? E ki sa pitit lòm ki soti nan tè a ye pou w pran ka l ? ” — Sòm 8:3, 4.

Tè a ansanm ak kreyati ki sou li yo ap bay Jewova glwa

16, 17. Ki jan kreyati ki nan “ abim dlo ” yo ap bay Jewova louwanj ?

16 Sòm 148 bay yon lis lòt fason ankò kreyasyon an ap bay Bondye glwa. Men sa nou li nan vèsè 7 la : “ Fè louwanj pou Jewova sou tè a, nou menm gwo tonton bèt ki anba lanmè ak nou menm abim dlo. ” Wi, “ abim dlo ” yo chaje ak mèvèy ki demontre sajès Bondye ak pisans li. Yon balèn ble peze an mwayèn 120 tòn, li gen menm pwa ak 30 elefan ansanm. Kè l sèlman peze 450 kilo, e li ka ponpe plis pase 6,4 tòn san nan kò l. Èske gwo tonton bèt sa yo ki anba lanmè a deplase dousman, èske yo maladwa lè yo anba dlo ? Ditou ! Selon sa ki di nan yon rapò, yo “ vwayaje nan lanmè a ” ak yon vitès enpresyonan (European Cetacean Bycatch Campaign). Lè yo obsève bèt sa yo nan satelit, yo wè “ pandan migrasyon yon [balèn ble], li kouri plis pase 16 000 kilomèt nan dis mwa ”.

17 Dabitid, yon dofen souflè plonje rive 45 mèt anba dlo, men pi fon yon dofen plonje se 547 mèt. Men, ki jan mamifè sa a fè kontinye viv malgre li plonje nan yon pwofondè konsa ? Ebyen, batman kè l ralanti pandan l ap plonje a, e san l vin detounen ale nan kè l, nan poumon l ak nan sèvo l. Mis li yo gen yon pwodui chimik ki kenbe oksijèn. Elefan lanmè ansanm ak kachalo ka plonje pi fon toujou. Bèt sa yo, selon jounal Discover, “ olye yo goumen kont presyon dlo a, yo kite l plati poumon yo nèt ”. Yo stoke pifò nan oksijèn yo bezwen nan mis yo. Li evidan, kreyati sa yo se yon temwayaj vivan pou Bondye, yon Dye ki gen sajès e ki toupisan.

18. Ki jan dlo lanmè montre sajès Jewova ?

18 Ata dlo lanmè a demontre sajès Jewova. Men sa yon jounal ki rele Scientific American di : “ Chak gout dlo lanmè a, soti depi nan sifas la rive jiska yon pwofondè 100 mèt, yo chak gen plizyè milye plant mikwoskopik k ap flote yo rele fitoplankton. ” “ Forè envizib ” sa a netwaye lè a pou nou. Kòman li fè sa ? Li elimine plizyè milya tòn diyoksid kabòn. Fitoplankton yo bay plis pase mwatye oksijèn nou respire sou tè a.

19. Ki jan dife ansanm ak lanèj akonpli volonte Jewova ?

19 Sòm 148:8 di : “ Nou menm dife ak grèl, lanèj ak lafimen pwès, nou menm van tanpèt, k ap akonpli pawòl li. ” Wi, Jewova itilize fòs nan lanati ki pa gen vi ladan yo pou akonpli volonte l. Ann pran egzanp dife. Nan deseni ki sot pase yo, yo te konsidere dife ki pran nan forè yo kòm yon katastwòf ki sèlman la pou l detwi. Kounye a, moun k ap fè rechèch yo kwè dife jwe yon wòl enpòtan nan anviwònman an. Li elimine pyebwa ki granmoun oswa ki prèske mouri yo, e li pèmèt anpil semans jèmen, li fè resiklaj pou manje plant yo bezwen, e konsa, li redui chans pou pi gwo dife ta pran. Lanèj tou se yon bagay ki endispansab. Li wouze tè a e li fè l ka pwodui, li ranpli rivyè yo e li pwoteje plant ak bèt kont gwo fredi.

20. Ki itilite montay yo ak pyebwa yo gen pou lèzòm ?

20 Men sa Sòm 148:9 di : “ Nou menm montay ansanm ak tout ti mòn, nou menm pye fwi ansanm ak tout pye sèd. ” Gwo montay yo se yon temwayaj sou kokennchenn pisans Jewova genyen (Sòm 65:6). Men, yo gen itilite yo tou. Yon rapò ki soti nan Enstiti jeyografik nan Bèn, nan peyi Suis, di : “ Tout gwo rivyè ki nan monn nan jwenn sous yo nan montay yo. Plis pase mwatye moun sou tè a depann de dlo fre ki rasanble nan montay yo. [...] ‘ Chatodo ’ sa yo esansyèl pou byennèt limanite. ” Menm pyebwa òdinè a bay Moun ki fè l la glwa. Selon sa Pwogram Nasyonzini pou anviwònman di nan yon rapò, pyebwa yo “ enpòtan pou byennèt moun nan tout peyi. [...] Anpil espès pyebwa gen yon pakèt enpòtans ekonomik, paske se yo ki baz pwodui tankou bwa, nwa, rezin, gòm e yo donnen fwi. Nan lemonnantye, gen 2 milya moun ki depann de bwa pou yo fè manje e pou yo fè dife ”.

21. Esplike ki jan yon senp fèy bwa bay prèv li fèt yon fason estrawòdinè.

21 Fason yon pyebwa fèt bay yon lòt prèv ankò ki montre gen yon Kreyatè ki saj ki egziste. Ann pran yon senp fèy bwa, pa egzanp. Sou kò fèy la, gen yon kouch ki tankou lasi ki kouvri l e ki anpeche l sèch. Anba kouch sa a, ou jwenn yon gwoup selil ki gen klowoplas ladan yo. Klowoplas sa yo gen klowofil ladan yo, yon pwodui ki bay plant lan koulè vèt li genyen an e ki absòbe enèji ki soti nan limyè solèy la. Grasa yon fenomèn yo rele fotosentèz, fèy la vin tounen yon “ izin k ap pwodui manje ”. Pa mwayen rasin pyebwa a, li tire dlo e li pote yo rive jis nan fèy yo grasa yon “ sistèm plonbri ” ki konplike. Gen plizyè milye “ valv ” ​(ki rele stomat) nan do fèy la k ap ouvè fèmen, k ap absòbe yon gaz ki nan lè a ki rele diyoksid kabòn. Apre sa, enèji ki soti nan limyè a pèmèt dlo a konbine ak diyoksid kabòn nan pou l fabrike manje pou plant lan, ki rele idrat kabòn. Rive nan pwen sa a, plant lan kapab manje pwòp manje li menm li fè. “ Izin ” sa a byen bèl e li pa fè bri. Olye pou pyebwa a lakòz polisyon, li bay oksijèn kòm soupwodui pou lèzòm ak bèt yo respire.

22, 23. a) Ki kapasite ki remakab kèk zwazo ansanm ak bèt ki viv sou tè montre yo genyen ? b) Ki kesyon n ap bezwen egzamine ?

22 Men ki pawòl nou li nan Sòm 148:10 : “ Nou menm zannimo sovaj ansanm ak tout zannimo domestik, nou menm bèt k ap ranpe ansanm ak zwazo ki gen zèl. ” Gen yon pakèt bèt ki viv sou tè ak yon pakèt zwazo ki gen kapasite ki etone moun anpil. Yon albatwòs Laysan kapab vole ale lwen anpil (gen youn ki te vole sou yon distans 40 000 kilomèt nan sèlman 90 jou). Yon zwazo ki rele fovèt vwayaje soti Amerik di Nò pou li ale Amerik di Sid, e li fè 80 èdtan ap vole san rete. Chamo estoke dlo an rezèv, se pa nan bòs ki nan do yo a jan anpil moun panse sa, men nan sistèm dijestif yo. Sa pèmèt yo mache pandan anpil tan san yo pa dezidrate. Donk, sa pa etonan si enjenyè yo obsève rèy animal la anpil lè y ap fè machin ak nouvo aparèy. Gen yon ekriven ki rele Gail Cleere ki te di : “ Si ou vle fè yon bagay ki pou mache byen, [...] e ki pou pa bay anviwònman an pwoblèm, gen anpil chans pou w jwenn yon bon modèl nan lanati. ”

23 Wi, kreyasyon an vrèman ap pwoklame glwa Bondye. Soti depi nan syèl la, ki chaje ak etwal, rive nan plant yo, pase nan bèt yo, yo chak, nan fason pa yo, ap bay Kreyatè yo a louwanj. Men, e nou menm lèzòm, ki jan nou kapab met ansanm ak lanati pou nou chante louwanj pou Bondye ?

Èske nou sonje ?

• Poukisa moun ki pa kwè nan egzistans Bondye yo san eskiz ?

• Ki jan etwal yo ansanm ak planèt yo ap glorifye Bondye ?

• Ki jan lanmè a ansanm ak bèt k ap viv sou tè a montre aklè li egziste yon Kreyatè ki gen lanmou ?

• Ki jan fòs nan lanati ki pa gen vi ladan yo ap akonpli volonte Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Syantifik yo estime gen 70 000 trilyon etwal moun ka wè.

[Liy kredi]

Frank Zullo

[Foto nan paj 22]

Dofen souflè.

[Foto nan paj 23]

Flokon lanèj.

[Liy kredi]

snowcrystals.net

[Foto nan paj 23]

Yon ti albatwòs Laysan.