Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki bay Bondye glwa yo beni

Moun ki bay Bondye glwa yo beni

Moun ki bay Bondye glwa yo beni

“ Y ap pwostène devan w, O Jewova, e y ap bay non w glwa. ” — SÒM 86:9.

1. Sa k fè nou kapab bay Bondye glwa pi byen pase kreyasyon ki pa gen vi ladan yo ?

JEWOVA merite jwenn louwanj nan men tout sa li kreye. Menmsi kreyasyon ki pa gen vi ladan yo ap ba l glwa an silans, nou menm lèzòm, nou gen kapasite pou nou rezone, pou nou konprann, pou nou montre nou rekonesan e pou nou adore. Donk, se avèk nou salmis la ap pale lè li di : “ Pouse kri laviktwa pou Bondye, nou tout k ap viv sou tè a. Fè melodi pou bay non l glwa. Fè lwanj li vin glorye. ” — Sòm 66:1, 2.

2. Ki moun ki obeyi kòmandman ki mande pou bay non Bondye glwa a, e sa k fè yo fè sa ?

2 Majorite moun sou tè a refize rekonèt egzistans Bondye e yo refize ba l glwa. Sepandan, gen plis pase sis milyon Temwen Jewova nan 235 peyi ki demontre yo wè “ kalite envizib ” Bondye yo grasa bagay li kreye yo, e yo demontre yo “ tande ” temwayaj an silans kreyasyon an ap bay (Women 1:20 ; Sòm 19:2, 3). Grasa etid yo fè nan Bib la, yo vin konnen Jewova e yo vin renmen l. Men ki sa Sòm 86:9, 10 te deja anonse : “ Tout nasyon ou fè yo ap vini, e y ap pwostène devan w, O Jewova, e y ap bay non w glwa. Paske ou gran e ou fè bagay ki estrawòdinè, se ou sèl ki Bondye. ”

3. Nan ki sans “ gwo foul moun ” nan ap bay “ yon sèvis sakre lajounen kou lannuit ” ?

3 Menm jan an tou, Revelasyon 7:9, 15 dekri adoratè Bondye yo tankou “ yon gwo foul moun ”, e li di “ y ap ba li yon sèvis sakre lajounen kou lannuit nan tanp li a ”. An reyalite, Bondye pa mande sèvitè l yo pou yo fè louwanj pou li san rete. Men, etandone adoratè l yo fòme yon òganizasyon mondyal, lè li lannuit nan kèk peyi, sèvitè Bondye yo kontinye ap bay temwayaj yon lòt kote sou planèt la. Sa fè nou kapab di solèy la pa janm kouche sou moun k ap bay Jewova glwa yo. Talè konsa, “ tout sa k ap respire ” pral leve vwa yo pou yo fè louwanj pou Jewova (Sòm 150:6). Men, antretan, ki sa nou chak nou ka fè pou nou bay Bondye glwa ? Ki pwoblèm nou kapab rankontre ? E ki benediksyon k ap ret tann moun ki bay Bondye glwa yo ? Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, annou egzamine yon istwa nou jwenn nan Bib la ki konsène Izrayelit ki te fè pati tribi Gad la.

Yon pwoblèm ki te rive nan tan lontan

4. Ki pwoblèm tribi Gad la te rankontre ?

4 Depi anvan Izrayelit ki te fè pati tribi Gad la te antre nan Latè pwomiz, yo te mande pou yo kite yo abite nan lès rivyè Jouden an, yon kote nan peyi a ki bon pou fè elvaj (Nonb 32:1-5). Men, yo t ap rankontre ak gwo pwoblèm si yo abite la. Vale Jouden an sèvi pwoteksyon pou tribi nan lwès yo, li tankou yon baryè natirèl pou anpeche lòt lame anvayi yo (Jozye 3:13-17). Sepandan, konsènan peyi ki nan lès Jouden an, tande ki sa George Smith di nan yon ouvraj : “ Tout [peyi sa yo] ouvè sou gwo plato arab la, yo prèske pa gen baryè. Sa fè, yo toujou sibi envazyon anba men nomad ki grangou. Chak ane, kèk ladan yo anvayi yo pou yo jwenn patiraj. ” ​(The Historical Geography of the Holy Land).

5. Ki jan Jakòb te ankouraje desandan Gad yo pou yo aji lè yo anba atak ?

5 Ki jan tribi Gad la t ap reyaji devan yon pwoblèm ki pa janm sispann konsa ? Plizyè syèk anvan sa, zansèt yo Jakòb, pandan l t ap tann lanmò l sou kabann li, te predi ki jan yo t ap fè, li te di : “ Kanta pou Gad, yon bann vòlè ap atake l sanzatann, men l ap atake yo pa dèyè. ” ​(Jenèz 49:19). Si w pa byen gade, pawòl sa yo ka sanble pa bay pyès espwa. Men, an reyalite, se tankou se yon lòd pou Gadit yo riposte. Jakòb asire yo depi yo fè sa, asayan yo t ap fè bak tou imilye, e Gadit yo t ap atake pa dèyè.

Pwoblèm n ap rankontre jodi a nan adorasyon nou

6, 7. Kòman sitiyasyon kretyen yo jodi a sanble ak sitiyasyon tribi Gad la ?

6 Menm jan ak tribi Gad la, kretyen yo jodi a ekspoze devan presyon ak fado ki gen nan sistèm Satan an. Nou pap jwenn yon pwoteksyon mirak ki pou epaye nou, pou fè nou pa lite kont yo (Jòb 1:10-12). Anpil nan nou oblije lite kont presyon nou jwenn nan lekòl, presyon lavi a pou nou pran swen tèt nou, oubyen pou nou leve pitit nou. San nou pa bliye presyon pwòp tèt nou ap fè sou nou. Kèk nan nou oblije andire “ yon pikan nan chè ” nou. Sa kapab yon enfimite oswa yon lòt maladi (2 Korentyen 12:7-10). Gen lòt menm ki santi yo pa vo anyen, e santiman sa a ap minen yo. Lè yon kretyen granmoun, “ jou dezagreyab yo ” kapab anpeche l sèvi Jewova avèk vigè li te genyen anvan an. — Eklezyas 12:1.

7 Apot Pòl fè nou sonje tou “ nou gen pou nou lite [...] kont fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo ”. (Efezyen 6:12.) Se toutan nou ekspoze anba “ lespri monn nan ”, lespri rebelyon ak koripsyon moral Satan ansanm ak demon l yo ap ankouraje a (1 Korentyen 2:12 ; Efezyen 2:2, 3). Menm jan ak Lòt, yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye, nou kapab santi nou toumante akoz bagay imoral moun ki antoure nou ap di oswa ap fè (2 Pyè 2:7). Nou ekspoze tou anba atak dirèk Satan yo. L ap fè lagè kont rès kretyen wen yo, “ moun k ap obsève kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj konsènan Jezi ”. (Revelasyon 12:17.) “ Lòt mouton ” Jezi yo tou pase anba atak Satan swa sou fòm entèdiksyon, swa sou fòm pèsekisyon. — Jan 10:16.

Èske se pou nou abandone oswa se pou nou riposte ?

8. Ki jan nou dwe reyaji devan atak Satan yo, e poukisa ?

8 Ki jan nou dwe reyaji devan atak Satan yo ? Menm jan ak tribi Gad la nan tan lontan, nou dwe solid espirityèlman e nou dwe riposte, ann amoni ak direksyon Bondye bay. Malerezman, gen kèk moun akoz presyon lavi a, ki kòmanse abandone konba a, yo neglije responsablite espirityèl yo (Matye 13:20-22). Men sa yon Temwen te di konsènan rezon ki fè asistans reyinyon nan kongregasyon l ba, li di : “ Frè yo fatige, yo tout strese anpil. ” Se vre, gen anpil bagay jodi a ki ka fè moun fatige. Kidonk, li fasil pou yon moun konsidere adorasyon l ap bay Bondye tankou se yon presyon anplis, yon obligasyon ki lou. Men, èske sa a se yon bon pwennvi ?

9. Kòman lè yon moun pran jouk Kris la, sa ba l rekonfò ?

9 Konsidere sa Jezi te di yon foul moun nan epòk li a ki te santi yo akable anba presyon lavi a menm jan avèk nou. Li te di yo : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. ” Èske pawòl Jezi yo te vle di se lè moun yo diminye nan sèvis Bondye yo t ap jwenn fòs ? Okontrè, Jezi te di : “ Mete jouk mwen an sou zepòl nou e aprann nan men m, paske mwen gen karaktè dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. ” Yon jouk se yon pyès ki fèt an bwa oswa an metal ki pèmèt yon moun oswa yon bèt pote yon chay ki lou. Si se sa, poukisa pou yon moun ta bezwen mete tèt li anba yon jouk konsa ? Èske nou pa deja “ anba chay ” ? Wi, men nou kapab li tèks grèk la yon lòt fason ankò : “ Antre anba jouk mwen an ansanm avè m. ” Ou imajine sa : Jezi pwopoze nou l ap ede nou pote chay nou yo. Nou pap gen pou nou fè l ak pwòp fòs nou. — Matye 9:36 ; 11:28, 29, nòt anba paj ; 2 Korentyen 4:7.

10. Si nou fè efò pou nou bay Bondye glwa, ki rezilta n ap jwenn ?

10 Lè nou mete jouk Jezi ban nou an antanke disip li, se lite n ap lite kont Satan. Men pwomès Jak 4:7 fè nou : “ Kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. ” Sa pa vle di se yon bagay ki fasil. Sèvi Bondye mande anpil efò (Lik 13:24). Men, Labib fè nou pwomès sa a nan Sòm 126:5, li di : “ Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak yon rèl kè kontan. ” Wi, nou pap adore yon Dye ki engra. Se li menm ki “ rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ” yo e ki beni moun k ap ba l glwa yo. — Ebre 11:6.

Annou bay Bondye glwa antanke pwoklamatè Wayòm nan

11. Ki jan predikasyon sèvi tankou yon pwoteksyon pou nou kont atak Satan yo ?

11 Men kòmandman Jezi te bay : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon. ” Travay predikasyon an se premye mwayen pou ofri Bondye “ yon sakrifis louwanj ”. (Matye 28:19 ; Ebre 13:15.) Annou “ mete ekipman bon nouvèl lapè a nan pye nou ”, yon aspè endispansab nan “ ekipman ” konplè ki pèmèt nou defann nou kont atak Satan yo (Efezyen 6:11-15). Louwe Bondye nan ministè nou se yon bon mwayen pou nou fòtifye lafwa nou (2 Korentyen 4:13). Sa ede nou pou nou pa kite panse negatif antre nan lespri nou (Filipyen 4:8). Lè nou patisipe nan predikasyon, se yon okazyon pou nou frekante adoratè parèy nou, e sa fòtifye nou.

12, 13. Ki jan patisipasyon regilye nan ministè a kapab pwofitab pou fanmi yo ? Bay yon egzanp ki montre sa.

12 Travay predikasyon an kapab tou yon aktivite agreyab pou tout fanmi an. Natirèlman, jèn yo bezwen detann yo yon fason ki ekilibre. Men, moman yon fanmi pase nan predikasyon pa oblije yon moman annuiyan. Paran yo kapab rann li agreyab lè yo fòme pitit yo pou yo vin pi efikas nan ministè a. Èske jèn yo pa pi vit renmen bagay yo konn fè byen ? Si paran yo montre yo ekilibre, san yo pa mande jèn yo plis pase sa yo ka fè, yo ka ede yo jwenn jwa nan ministè a. — Jenèz 33:13, 14.

13 Anplis de sa, yon fanmi k ap louwe Bondye ansanm vin gen relasyon ki pi sere. Ann pran egzanp yon sè ki te gen yon mari enkwayan. Yon jou, mari l abandone l, li kite l ak senk timoun. Donk, fas ak pwoblèm sa a, li te oblije chèche yon djòb pou l te ka pran swen timoun yo. Èske li te kite sa akable l opwen li pa t sousye l de enterè espirityèl pitit li yo ? Tande sa l di : “ Mwen etidye Labib ansanm ak piblikasyon biblik yo avèk dilijans, e mwen fè efò pou mwen aplike sa m aprann yo. Regilyèman, mwen mennen timoun yo nan reyinyon ak nan predikasyon kay an kay. Ki rezilta efò m yo bay ? Toule senk timoun yo batize. ” Konsa tou, si w mete tout ou menm nan ministè a, sa kapab ede w nan efò w ap fè pou w elve pitit ou “ nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”. — Efezyen 6:4.

14. a) Ki jan jèn yo kapab bay Bondye glwa nan lekòl yo ? b) Ki sa ki ka ede jèn yo pou yo pa “ wont bon nouvèl la ” ?

14 Ou menm jèn, si lalwa nan peyi kote w ap viv la pèmèt sa, èske w bay temwayaj nan lekòl ou pou w ka bay Bondye glwa, oubyen èske w kite krent pou lòm anpeche w fè sa (Pwovèb 29:25) ? Men sa yon Temwen, yon sè ki gen trèzan k ap viv Pòtoriko, ekri : “ Mwen pa janm santi m jennen pou m preche nan lekòl mwen paske mwen konnen sa m ap preche a se laverite. Lè m nan klas, mwen toujou leve men m pou m di sa mwen te aprann nan Bib la. Si m pa gen kou, m al nan bibliyotèk la pou m li liv Les jeunes s’interrogent la. ” * Èske Jewova beni efò l ? Men sa l di : “ Pafwa, kondisip mwen yo konn vin poze m kesyon e yo konn menm mande m pou m fè yo jwenn yon liv konsa. ” Si w te konn ap fè retisans nan domèn sa a, petèt ou bezwen etidye, pèsonèlman, avèk dilijans pou w ka konstate ou menm “ ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè ”. (Women 12:2.) Lè ou vin kwè toutbonvre sa w aprann yo se laverite, ou pap janm “ wont bon nouvèl la ”. — Women 1:16.

Yon ‘ pòt ki ouvri ’ pou nou sèvi plis

15, 16. Nan ki “ gwo pòt ki mennen nan aktivite ” kèk kretyen antre, e ki benediksyon yo jwenn ?

15 Apot Pòl di “ gen yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ” ki te ouvri pou li (1 Korentyen 16:9). Èske sitiyasyon w pèmèt ou antre nan yon pòt k ap mennen w nan plis aktivite ? Pa egzanp, si ou pran sèvis pyonye pèmanan oswa oksilyè, sa ap mande w pou w pase 70 oswa 50 èdtan nan yon mwa nan predikasyon. Natirèlman, pyonye yo gen anpil valè nan je lòt kretyen yo pou fidelite yo nan sèvis la. Men, lefètke yo pase plis tan nan ministè a, sa pa fè yo santi yo siperyè lòt frè ak sè yo pou sa. Okontrè, yo kiltive etadespri Jezi te ankouraje nou genyen an, li te di : “ Nou se esklav ki pa itil anyen. Nou sèlman fè sa nou te dwe fè. ” — Lik 17:10.

16 Pou yon moun pyonye, sa mande pou l disipline tèt li, pou l byen òganize l e pou l dispoze fè sakrifis. Men, pou benediksyon l ap jwenn, sa vo lapèn. Tande sa yon jèn pyonye ki rele Tamika di : “ Se yon veritab benediksyon sa ye lè yon moun ka manyen Pawòl Bondye, Pawòl verite a, kòrèkteman. Lè yon moun pyonye, li sèvi ak Bib la anpil. Kounye a, lè m ap preche kay an kay, mwen kapab jwenn vèsè ki apwopriye pou chak moun mwen rankontre. ” ​(2 Timote 2:15). Men sa yon pyonye ki rele Mica di : “ Yon lòt benediksyon estrawòdinè ki genyen, se lè w wè kòman laverite enfliyanse lavi moun yo. ” Gen yon jèn ki rele Matthew ki pale nan menm sans lan konsènan lajwa ki genyen “ lè w wè yon moun vin nan laverite. Pa gen anyen ki ka ba w plis jwa pase sa ”.

17. Ki jan yon kretyèn te venk santiman negatif li te genyen kòmkwa li pa ka pyonye ?

17 Èske w konsidere posiblite pou w antre nan pòt k ap mennen w nan sèvis pyonye ? Petèt ou ta renmen antre, men ou santi w pa alawotè. Gen yon jèn sè ki rele Kenyatte ki di : “ Santiman negatif mwen te genyen te fè m santi m pa kapab pyonye. Mwen pa t konn kòman pou m prepare entwodiksyon yo oubyen kòman pou m sèvi ak Bib la pou m rezone ak moun yo. ” Men, ansyen yo te chwazi yon sè ki gen eksperyans nan sèvis pyonye pou travay avè l. Men sa Kenyatte sonje : “ Mwen te kontan travay avè l. Sa te fè m anvi vin pyonye tou. ” Si w jwenn ankourajman ak fòmasyon, petèt ou menm tou, w ap anvi vin pyonye.

18. Ki benediksyon moun ki antre nan sèvis misyonè kapab jwenn ?

18 Sèvis pyonye ka ouvri pòt pou lòt privilèj sèvis. Pa egzanp, gen koup marye ki kapab kalifye pou jwenn fòmasyon pou y al preche nan yon peyi etranje antanke misyonè. Misyonè yo oblije adapte yo ak yon nouvo peyi, petèt ak yon lòt lang, yon lòt kilti, e yo oblije manje lòt manje. Men, benediksyon yo jwenn fè ti enkonvenyan sa yo parèt piti. Mildred, yon sè ki gen anpil eksperyans nan sèvis misyonè nan peyi Meksik, di pawòl sa yo : “ Mwen pa janm regrèt desizyon m te pran pou m te vin misyonè. Se yon bagay mwen te vle depi m te toupiti. ” Ki benediksyon li jwenn ? “ Nan peyi mwen, li pa t fasil pou m jwenn etid biblik. Isit la, mwen konn gen kat etidyan k ap kòmanse preche anmenmtan. ”

19, 20. Ki jan anpil moun rive jwenn benediksyon grasa sèvis yo nan Betèl, nan sèvis entènasyonal ak nan Lekòl fòmasyon ministeryèl ?

19 Moun ki antre nan sèvis Betèl, nan biwo filyal Temwen Jewova yo, jwenn anpil benediksyon tou. Tande sa Sven, yon jèn frè k ap sèvi ann Almay, te di konsènan travay li nan Betèl : “ Mwen santi m ap fè yon bagay ki gen valè dirab. Mwen te ka itilize talan m nan monn nan. Men, se t ap tankou si m te depoze lajan m nan yon bank ki pral fè fayit. ” Se vre, sèvi antanke volontè san w pa gen yon salè, sa mande sakrifis. Men, tande sa Sven di : “ Lè w antre lakay ou, ou konnen tout bagay ou sot fè yo, se pou Jewova ou fè yo. Ou santi yon gwo satisfaksyon. ”

20 Gen frè ak sè ki jwenn benediksyon nan sèvis entènasyonal, yo travay nan konstriksyon filyal nan peyi etranje. Gen yon koup ki sou uityèm asiyasyon yo nan peyi etranje, ki ekri pawòl sa yo : “ Isit la, frè yo se bon moun. Lè pou n ale, sa pral di anpil pou nou, sa pral fè uityèm fwa kè nou pral rache. Ala yon bèl eksperyans nou viv ! ” Apre sa, gen Lekòl fòmasyon ministeryèl. Li bay frè selibatè ki kalifye fòmasyon nan domèn espirityèl. Men sa yon elèv ki gradye te ekri : “ Li difisil pou m jwenn mo pou m di nou mèsi pou kokenn lekòl sa a. Ki lòt òganizasyon ki t ap met tout efò sa a deyò pou fòme moun. ”

21. Ki defi ki devan tout kretyen nan sèvis y ap bay Bondye ?

21 Wi, gen anpil pòt ki ouvri ki mennen nan aktivite. Se vre, pifò nan nou pa anmezi pou sèvi nan Betèl oswa nan yon peyi etranje. Jezi li menm te rekonèt kretyen yo pa t ap pwodui menm kantite “ fwi ” paske se pa yo tout ki nan menm sitiyasyon (Matye 13:23). Konsa, antanke kretyen, defi ki devan nou, se pou nou fè otan nou kapab selon sitiyasyon nou, sa vle di pou nou patisipe otan nou kapab nan sèvis Jewova selon sa sitiyasyon nou pèmèt nou fè. Lè nou aji konsa, nou bay Jewova glwa, e nou kapab gen asirans nou fè kè l kontan. Ann pran egzanp Ethel, yon sè aje ki nan yon mezon retrèt. Regilyèman, li bay lòt moun ki avè l nan mezon an temwayaj e li patisipe nan temwayaj nan telefòn. Malgre li limite, li patisipe ak tout nanm li nan sèvis li. — Matye 22:37.

22. a) Ki lòt fason ankò nou kapab bay Bondye glwa ? b) Ki epòk estrawòdinè k ap ret tann nou ?

22 Toutfwa, sonje sa : preche se tou senpleman yon mwayen pou nou bay Jewova glwa. Lè nou bay bèl egzanp nan konduit nou ak nan abiman nou, nan travay nou, nan lekòl nou oswa lakay nou, nou fè kè Jewova kontan (Pwovèb 27:11). Men pwomès nou jwenn nan Pwovèb 28:20 : “ Yon moun ki aji ak fidelite ap jwenn anpil benediksyon. ” Kidonk, nou dwe “ simen anpil ” nan sèvis nou pou Bondye, paske nou konnen n ap rekòlte anpil benediksyon (2 Korentyen 9:6). Si nou fè sa, n ap gen privilèj pou nou vivan nan epòk estrawòdinè kote “ tout sa k ap respire ” pral bay Jewova glwa, glwa li tèlman merite ! — Sòm 150:6.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Se Temwen Jewova ki pibliye liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques la.

Èske nou sonje ?

• Nan ki sans pèp Jewova a ap sèvi l “ lajounen kou lannuit ” ?

• Ki pwoblèm tribi Gad la te rankontre, e ki ansèyman, jodi a, kretyen yo aprann nan sa ?

• Ki jan predikasyon sèvi tankou yon pwoteksyon kont atak Satan yo ?

• Ki ‘ pòt ki ouvri ’ pou kèk moun antre, e ki benediksyon yo jwenn ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Menm jan Gadit yo te konbat kont yon ekip vòlè, kretyen yo dwe konbat kont atak Satan yo.

[Foto nan paj 27]

Lè nou nan predikasyon, nou frekante moun ki edifye nou.

[Foto nan paj 28]

Sèvis pyonye ka ouvri pòt pou nou jwenn lòt privilèj, tankou :

1. Sèvis entènasyonal

2. Sèvis nan Betèl

3. Sèvis misyonè.