Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pran swen moun ki aje yo : yon responsablite pou tout kretyen

Pran swen moun ki aje yo : yon responsablite pou tout kretyen

Pran swen moun ki aje yo : yon responsablite pou tout kretyen

“ Jiskaske yon moun vin granmoun, mwen rete menm Moun nan, e jiskaske cheve l gri, mwen menm m ap toujou soutni l. ” — IZAYI 46:4.

1, 2. Ki diferans ki genyen ant èd Papa nou ki nan syèl la bay ak èd paran imen yo bay ?

PARAN ki devwe pran swen pitit yo depi lè yo tibebe, rive jis lè yo depase adolesans yo. Menm lè jèn yo rive nan laj kote yo granmoun tèt yo e yo gen pwòp fanmi yo, avèk amou, manman yo ak papa yo kontinye ba yo atansyon e yo kontinye soutni yo.

2 Alòske gen yon limit nan èd lèzòm ka bay pitit yo, Papa nou ki nan syèl la li menm li toujou anmezi pou l soutni sèvitè fidèl li yo, pou l ba yo atansyon, e li fè sa avèk amou. Jewova t ap pale ak pèp li te chwazi nan tan lontan an, li te di : “ Jiskaske yon moun vin granmoun, mwen rete menm Moun nan, e jiskaske cheve l gri, mwen menm m ap toujou soutni l. ” ​(Izayi 46:4). Ala ankourajan pawòl sa yo ankourajan pou kretyen ki aje yo ! Jewova pap abandone moun ki rete fidèl devan l. Okontrè, li pwomèt yo l ap pran swen yo, l ap soutni yo e l ap gide yo pandan tout lavi yo, menm lè yo vin granmoun. — Sòm 48:14.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ?

3 Ki jan nou ka imite enterè Jewova manifeste avèk amou anvè moun ki aje yo (Efezyen 5:1, 2) ? Annou egzamine kèk fason ni pitit moun ki aje yo, ni siveyan nan kongregasyon an, ni lòt kretyen ka pran swen moun ki aje nan fanmi entènasyonal nou fòme a.

Responsablite nou antanke pitit

4. Ki reponsablite pitit ki kretyen yo genyen anvè paran yo ?

4 “ Onore papa w ak manman w. ” ​(Efezyen 6:2 ; Egzòd 20:12). Se avèk pawòl senp sa a, men yon pawòl ki pwofon, nou jwenn nan Ekriti ann ebre yo, apot Pòl te fè timoun yo sonje responsablite yo genyen anvè paran yo. Men, ki jan pawòl sa a ka aplike nan kesyon pran swen moun ki aje yo ? Yon egzanp touchan ki soti nan epòk anvan epòk kretyen yo ap ede nou jwenn repons kesyon sa a.

5. a) Ki sa k montre Jozèf pa t bliye obligasyon li te genyen anvè paran l ? b) Ki sa onore paran nou vle di, e ki bèl egzanp Jozèf kite nan domèn sa a ?

5 Pandan plis pase 20 an, Jozèf pa t gen okenn kontak ak papa l Jakòb, yon patriyach, ki te yon moun aje. Sepandan, li klè, Jozèf pa t pèdi lanmou li te genyen pou papa l Jakòb. Se sa k fè, lè li te revele vrè idantite l bay frè l yo, li te di yo : “ Èske papa m vivan toujou ? ” ​(Jenèz 43:7, 27 ; 45:3). Nan epòk sa a, te gen yon gwo grangou ki te frape peyi Kanaran. Se poutèt sa, Jozèf te voye di papa l : “ Desann vin jwenn mwen. Pa pèdi tan. Se pou w abite nan peyi Gochèn e se pou w rete pre m [...]. E se la m ap ba w manje. ” ​(Jenèz 45:9-11 ; 47:12). Wi, onore paran nou yo ki aje gen ladan l pwoteje yo, ba yo sa yo bezwen nan domèn materyèl lè yo pa anmezi pou yo pran swen tèt yo (1 Samyèl 22:1-4 ; Jan 19:25-27). Jozèf te aksepte responsablite sa a ak kè kontan.

6. Kòman Jozèf te demontre li gen yon vrè amou pou papa l, e kòman nou ka imite egzanp li ?

6 Grasa benediksyon Jewova, Jozèf te vin youn nan moun ki te pi rich e ki te gen plis pouvwa ann Ejip (Jenèz 41:40). Sepandan, li pa t panse li twò enpòtan ni li twò okipe pou l onore papa l ki te gen 130 an. Lè li te aprann Jakòb (oubyen Izrayèl) te prèt pou rive, “ Jozèf fè pare cha li e li monte pou l al rankontre Izrayèl, papa li, nan peyi Gochèn. Lè li parèt devan l, menm kote a li vole nan kou papa l e li tonbe kriye sou kou l, li kriye, li kriye ”. (Jenèz 46:28, 29.) Yon akèy konsa pa t yon senp respè pou lafòm, li te plis pase sa lontan. Se pa ti renmen Jozèf te renmen papa l menmsi li te aje, e li pa t wont montre sa. Si nou gen paran nou k ap pran laj, èske, menm jan an tou, nou ba yo afeksyon san nou pa fè chich ?

7. Poukisa Jakòb te vle yo antere l nan peyi Kanaran ?

7 Jakòb te rete atache anpil ak Jewova jiskaske l mouri (Ebre 11:21). Paske li te gen lafwa nan pwomès Bondye yo, li te mande pou yo antere l nan peyi Kanaran. Jozèf te onore papa l, li te fè sa l te mande a, menmsi sa te mande gwo depans, e menmsi sa te mande pou l fè anpil efò. — Jenèz 47:29-31 ; 50:7-14.

8. a) Ki prensipal rezon ki dwe pouse nou pran swen paran nou yo ki aje ? b) Ki sa yon sèvitè a plen tan te fè pou l ka pran swen paran l ki aje ? (Gade kare ki nan paj 15 lan.)

8 Ki sa ki te pouse Jozèf pran swen papa l ? Se vre, li te renmen moun ki te ba l lavi a, moun ki te elve l la, e li te santi li gen redevans anvè moun sa a, men tou, pa gen okenn dout, Jozèf te vle fè Jewova plezi ak tout fòs. Nou ta dwe gen menm anvi sa a tou. Men sa Pol te ekri : “ Si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit sa yo aprann montre yo gen atachman pou Bondye avèk pwòp moun lakay yo anvan. Epitou se pou yo kontinye bay paran yo ak gran paran yo yon konpansasyon pou sa yo dwe yo, paske se bagay ki agreyab nan je Bondye. ” ​(1 Timote 5:4). Wi, lanmou nou pou Jewova, lakrentif nou genyen pou nou pa fè l fache, ap pouse nou pran swen paran nou yo ki aje, kèlkeswa difikilte sa reprezante. *

Fason ansyen yo montre sousi yo gen pou yo

9. Ki moun Jewova nome pou pran swen twoupo a ki gen ladan l kretyen ki aje yo ?

9 Jakòb te viv anpil tan e, nan fen lavi l, li te pale de Jewova kòm ‘ vrè Dye a ki pran swen l pandan tout egzistans li pou jis rive jodi a ’. (Jenèz 48:15.) Jodi a, pou Jewova pran swen sèvitè l yo sou tè a, li sèvi ak siveyan kretyen yo, sa vle di ansyen yo, sou direksyon Pitit li a, Jezi Kris, “ bèje an chèf la ”. (1 Pyè 5:2-4.) Ki jan siveyan yo ka imite Jewova pandan y ap pran swen manm twoupo a ki aje ?

10. Ki sa ki konn fèt pou kretyen ki aje yo ka jwenn sa yo bezwen nan domèn materyèl ? (Gade kare ki nan paj 17 la.)

10 Yon ti tan apre kongregasyon kretyèn nan te fin fonde, apot yo te nome “ sèt gason [...] ki gen bon renome, ki ranpli ak lespri sen e ki ranpli ak sajès ” pou yo òganize ‘ distribisyon manje ki te konn fèt chak jou ’ pou vèv ki nan nesesite yo (Travay 6:1-6). Apre sa, Pòl te bay Timote, yon siveyan, enstriksyon pou l mete vèv aje ki bay bon egzanp yo sou lis moun ki ap resevwa èd materyèl yo (1 Timote 5:3, 9, 10). Menm jan an tou, jodi a, siveyan nan kongregasyon yo byen kontan kowòdone èd pratik pou kretyen ki aje yo lè sa nesesè. Men, pran swen moun aje ki fidèl yo mande plis pase sa.

11. Ki sa Jezi te di konsènan vèv ki nan nesesite a ki te bay yon vyepti kontribisyon ?

11 Nan fen ministè Jezi sou tè a, li te chita nan tanp lan e li t ap “ gade jan foul la t ap mete lajan nan kès trezò a ”. Gen yon moun ki te atire atansyon l. Men sa ki di nan resi a : “ Gen yon vèv malerèz ki rive e li mete de ti pyès monnen ki pa gen anpil valè. ” Jezi rele disip li yo, li di yo : “ Vrèman, mwen di nou sa, vèv malerèz sa a mete plis pase tout moun ki t ap mete lajan nan kès trezò a. Paske, tout moun yo mete nan sa yo genyen ki anplis, men li menm, nan tout mizè li, li mete tout sa l te posede, tout sa l te gen pou l viv. ” ​(Mak 12:41-44). An tèm lajan, kontribisyon vèv la te piti, men Jezi te konnen jan Papa l ki nan syèl la apresye jès moun fè ak tout nanm yo pou montre l yo gen yon atachman total pou Li. Laj vèv malerèz la te genyen pa t anpeche Jezi apresye ofrann li te bay la.

12. Ki jan ansyen yo ka montre apresyasyon yo pou kontribisyon kretyen ki aje yo pote ?

12 Menm jan ak Jezi, siveyan kretyen yo apresye sa moun ki aje yo fè pou etann vrè adorasyon an. Ansyen yo gen anpil rezon pou yo felisite moun ki aje yo pou patisipasyon yo nan ministè a, pou patisipasyon yo nan reyinyon, pou bon enfliyans yo genyen sou kongregasyon an ak pou andirans yo. Yon bon ti pawòl ankourajan ka ede moun ki aje yo jwenn yon rezon pou yo ‘ rejwi yo ’ nan sèvis sakre y ap akonpli a, konsa yo pap dekouraje nan fè konparezon ant sa yo fè ak sa lòt kretyen rive fè, oubyen ant sa yo fè kounye a ak sa yo te konn fè lontan. — Galat 6:4.

13. Ki fason ansyen yo ka pwofite de eksperyans moun ki aje yo ak kapasite yo genyen ?

13 Ansyen yo ap montre yo rekonèt èd moun ki aje yo gen anpil valè lè yo pwofite de eksperyans yo ak kapasite yo. Detanzantan, yo ka sèvi ak moun ki aje ki bay bon egzanp yo pou yo fè demonstrasyon oubyen pou yo fè entèvyou. Men yon remak yon ansyen fè : “ Oditwa a rete byen konsantre lè m ap fè entèvyou ak yon frè oubyen yon sè ki aje ki leve pitit yo nan laverite. ” Ansyen nan yon lòt kongregasyon rakonte gen yon sè pyonye ki gen 71 an, ki maton nan ede pwoklamatè vin regilye nan predikasyon. Li ankouraje yo tou pou yo fè aktivite “ de baz ” yo, tankou li Labib, fè tèks pou jounen an epi medite sou sa yo li a.

14. Ki jan yon kolèj ansyen te montre apresyasyon yo pou yon siveyan ki aje ?

14 Ansyen yo bay èd siveyan ki aje yo anpil valè tou. José, ki gen plis pase 70 an, e k ap sèvi antanke ansyen depi plizyè dizèn ane, te fè yon gwo operasyon tou dènyèman. Etandone li t ap fè yon bon tan anvan l reprann li, li te gen entansyon remèt demisyon l antanke siveyan prezidan kongregasyon an. Men sa José di : “ Reyaksyon lòt ansyen yo te siprann mwen. Olye pou yo aksepte sijesyon m nan, yo te mande m pito ki èd pratik m ap bezwen pou m ka kontinye akonpli responsablite m. ” Grasa èd yon ansyen ki pi jèn, José te anmezi pou l kontinye sèvi ak lajwa antanke siveyan prezidan, e sa se te yon benediksyon pou kongregasyon an. Gen yon lòt ansyen ki di : “ Se pa ti apresye frè yo apresye travay José akonpli antanke ansyen. Yo renmen l, yo respekte l pou eksperyans li ak egzanp li bay ki montre li gen lafwa. Li se yon richès pou kongregasyon nou an. ”

Se pou youn sousye de lòt

15. Poukisa tout kretyen dwe enterese nan byennèt moun ki aje ki pami yo ?

15 Se pa pitit moun ki aje yo ak sèvitè ki nome yo sèlman ki dwe sousye yo de moun ki aje yo. Pòl te konpare kongregasyon kretyèn nan avèk kò moun. Men sa l te ekri : “ Bondye ranje kò a yon fason pou l bay pati ki manke a plis onè, yon fason pou pa gen divizyon nan kò a, men pou manm li yo gen menm sousi youn pou lòt. ” ​(1 Korentyen 12:24, 25). Pou kongregasyon kretyèn nan fonksyone yon fason ki gen amoni, se chak manm nan kongregasyon an ki dwe sousye l de byennèt lòt kwayan yo, san wete moun ki aje yo. — Galat 6:2.

16. Kòman nou ka montre nou enterese nan moun ki aje yo lè n al asiste reyinyon nan kongregasyon an ?

16 Reyinyon yo ban nou bèl opòtinite pou nou montre nou enterese nan moun ki aje yo (Filipyen 2:4 ; Ebre 10:24, 25). Èske nou pran tan pou nou fè ti pale ak yo nan okazyon sa yo ? Li bon pou nou chèche gen nouvèl sou sante yo. Men, èske nou pa ta ka “ pataje kèk don espirityèl ” ak yo, petèt lè nou rakonte yo yon eksperyans ki ankourajan oubyen lè nou pataje kèk panse biblik ak yo ? Piske gen kèk nan yo ki gen pwoblèm pou yo deplase, li pi janti pou nou deplase al kote yo olye pou nou tann se yo ki vin kote nou. Si yo gen ti pwoblèm pou yo tande, petèt n ap bezwen pale dousman e yon fason ki klè. E pou ka gen yon vrè “ echanj ankourajman ”, nou dwe koute avèk atansyon lè y ap pale. — Women 1:11, 12.

17. Kòman nou ka montre nou sousye nou de kretyen aje ki oblije rete lakay yo ?

17 E si gen kèk nan kretyen aje sa yo ki pa ka asiste reyinyon kongregasyon an ? Jak 1:27 montre se devwa nou pou nou “ pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo ”. Youn nan sans vèb grèk lè l tradui ki bay “ pran swen an ” se “ vizite ”. (Travay 15:36.) Jan moun ki aje yo apresye vizit nou ! Pandan Pòl, “ yon moun aje ”, te twouve l pratikman pou kont li nan prizon nan vil Wòm, nan zòn ane 65 epòk nou an, li te anvi wè Timote konpayon travay li. Gade sa l te ekri : “ Fè tout sa w kapab pou vin kote m tousuit. ” ​(Filemon 9 ; 2 Timote 1:3, 4 ; 4:9). Menmsi moun ki aje yo pa nan prizon literalman, gen kèk nan yo ki oblije rete lakay yo akoz pwoblèm sante. Anfèt, yo kapab ap di nou : ‘ Souple, fè tout sa w kapab pou w vin wè m san pèdi tan. ’ Èske nou reponn apèl sa yo ?

18. Ki byenfè vizit nou yo ka pote pou moun ki aje yo ?

18 Pa janm souzestime byenfè yon vizit ka fè sou yon sè oubyen yon frè ki aje. Lè yon kretyen ki rele Onezifò te vin Wòm, li te chèche Pòl avèk anpil dilijans, li te jwenn li, e apre sa ‘ souvan li te rekonfòte l ’. (2 Timote 1:16, 17.) Men sa yon sè ki aje te di : “ Mwen renmen pase tan ak moun ki jèn yo. Sa m pi renmen sèke yo konsidere m tankou yon manm fanmi yo. Sa ankouraje m anpil. ” Gen yon lòt kretyèn aje ki di : “ Mwen vrèman apresye lè kèk moun voye kat pou mwen, lè yo rele m nan telefòn pou kèk minit oubyen lè yo vizite m pou yon ti tan. Sa tankou yon ti van fre ki ban m fòs. ”

Jewova rekonpanse moun ki sousye yo de yo

19. Ki byenfè n ap jwenn lefètke nou sousye nou de moun ki aje yo ?

19 Lè nou sousye nou de kretyen ki aje yo, nou jwenn anpil byenfè. Frekante yo, pwofite de konesans yo, de eksperyans yo, bagay sa yo an yo menm se yon privilèj. Moun ki pran swen yo jwenn kè kontan san parèy ki genyen nan bay, yo jwenn satisfaksyon dèske yo akonpli yon bagay ki itil e yo santi yo an pè, paske yo akonpli responsablite biblik yo genyen (Travay 20:35). Anplis de sa, moun ki pran swen moun ki aje yo pa bezwen pè kòmsi pou moun ta abandone yo lè yo vin granmoun. Dayè, Pawòl Bondye a ban nou asirans sa a : “ Nanm ki renmen bay la ap vin gra, e moun ki wouze lòt moun ann abondans, li menm tou y ap wouze l ann abondans. ” — Pwovèb 11:25.

20, 21. Ki jan Jewova konsidere moun ki pran swen moun ki aje yo, e ki ta dwe detèminasyon nou ?

20 Jewova rekonpanse ni pitit ni siveyan ni lòt kretyen ki gen lakrentif pou Bondye e ki pran swen kwayan ki aje yo san yo pa gen okenn enterè y ap defann. Etadespri yo manifeste a ann amoni ak pwovèb sa a ki di : “ Moun ki fè piti a favè, se prete li prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l. ” ​(Pwovèb 19:17). Si lanmou pouse nou fè moun ki piti a, moun ki pòv la favè, Bondye konsidere jan de don sa yo tankou se li menm nou prete e l ap ranbouse nou anretou sou fòm benediksyon. L ap ranbouse nou tou poutèt nou pran swen adoratè parèy nou yo ki aje avèk amou, menmsi anpil nan yo ‘ pòv dapre monn nan, men yo rich nan lafwa ’. — Jak 2:5.

21 Jan Bondye jenere lè l ap ranbouse ! Ranbousman sa a gen ladan l lavi etènèl. Pou pifò nan sèvitè Jewova yo, se yon ranbousman k ap vle di lavi etènèl nan yon paradi sou tè a, kote konsekans peche nou te eritye a pral efase e kote moun aje ki fidèl yo pral rejwenn vigè yo te genyen lè yo te jèn (Revelasyon 21:3-5). Pandan n ap tann epòk beni sa a, annou kontinye akonpli responsablite nou antanke kretyen pou nou pran swen moun ki aje yo.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Pou nou ka jwenn konsèy pratik sou fason pou nou pran swen moun ki aje yo, gade Réveillez-vous ! 8 fevriye 1994, paj 3-10.

Ki jan nou ta reponn ?

• Ki jan pitit yo ka onore paran yo ki aje ?

• Ki jan ansyen yo montre yo apresye manm twoupo a ki aje ?

• Ki sa chak kretyen ka fè pou yo montre yo enterese toutbon nanmoun ki aje yo ?

• Ki byenfè n ap jwenn lè nou pran swen kretyen ki aje yo ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 15]

Lè paran l yo te bezwen èd

Philip t ap sèvi antanke volontè nan konstriksyon nan peyi Liberya an 1999 lè li te resevwa nouvèl papa l malad byen mal. Piske li te konnen li t ap difisil pou manman l fè fas ak sitiyasyon an pou kont li, li te deside tounen lakay li pou l te ka òganize swen medikal pou papa l.

Philip rakonte : “ Li pa t fasil ditou pou m pran desizyon pou m tounen lakay, men mwen te santi se paran m ki premye obligasyon m ”. Pandan twazan ki te vin apre yo, li te fè yon fason pou paran l bwote al rete nan yon kay ki pi apwopriye, e grasa èd frè lokal yo, li te adapte kay la selon bezwen espesyal papa l te genyen.

Kounye a, manman Philip pi byen prepare pou l fè fas ak gwo pwoblèm sante papa Philip genyen an. Tou dènyèman an, Philip te anmezi pou l aksepte yon envitasyon pou l travay antanke volontè nan filyal Temwen Jewova yo nan peyi Masedwàn.

[Kare nan paj 17]

Yo pa t fèmen je sou bezwen l

Lè Ada, yon sè aje ann Ostrali ki gen 85 an, te oblije rete lakay li paske li te gen pwoblèm sante, ansyen nan kongregasyon l lan te pran dispozisyon pou yo ede l. Yo te òganize yon gwoup frè ak sè ki pou fè sa. Frè yo te byen kontan fè yon seri de travay pou li, tankou fè netwayaj, fè lesiv, fè manje e yo te byen kontan al achte pou li.

Gen prèske dizan depi yo mete pwogram èd sa a sou pye. Jis kounye gen plis pase 30 Temwen Jewova ki bay èd yo pou pran swen Ada. Yo kontinye vizite l, yo li piblikasyon biblik pou li, yo enfòme l sou pwogrè espirityèl moun ki nan kongregasyon an fè e yo priye avèk li regilyèman.

Gen yon ansyen nan kongregasyon l lan ki fè kòmantè sa a : “ Moun k ap pran swen Ada yo konsidere se yon privilèj yo genyen pou yo ede l. Anpil nan yo ankouraje grasa sèvis fidèl l ap bay Jewova depi plizyè dizèn ane. Sa pa janm pase nan tèt yo pou yo ta fèmen je sou bezwen l. ”

[Foto nan paj 14]

Paran nou yo ki aje, èske nou ba yo afeksyon san nou pa fè chich ?

[Foto nan paj 16]

Tout moun nan kongregasyon an ka demontre lanmou yo pou konpayon yo ki aje.