Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se Bondye ki lakòz nou gen pwoblèm ?

Èske se Bondye ki lakòz nou gen pwoblèm ?

Èske se Bondye ki lakòz nou gen pwoblèm ?

LÈ PITIT Marion an *, yon jèn fi, t ap soufri akoz yon gwo lezyon li gen nan sèvo, Marion te fè egzakteman sa anpil nan nou ta fè : li te priye Bondye pou l mande l sekou. Men sa Marion di : “ Mwen pa sonje mwen te janm santi m san sekou, mwen te janm santi m poukont mwen konsa. ” Yon ti tan apre, sitiyasyon pitit li a te vin pi mal, e Marion te kòmanse gen dout sou Bondye. Li t ap mande tèt li poukisa sa rive ? Li pa t ka konprann kòman yon Bondye ki gen lanmou, yon Bondye ki gen sousi pou moun ka abandone l konsa.

Se pa sèl Marion ki viv eksperyans konsa. Toupatou sou tè a, gen anpil moun ki santi Bondye abandone yo nan moman yo bezwen l. Apre yo te fin asasinen yon pitit pitit Lisa, yon ti gason, men sa li te di : “ Kesyon tankou ‘ poukisa Bondye pèmèt bagay mal rive ’ se kesyon ki toujou ap toumante m. Mwen poko pèdi fwa nan Bondye nèt, men se sèten, fwa m pa solid menm jan li te ye anvan an. ” Gen yon lòt dam ankò, apre li te fin viv yon trajedi dwòl, kote yon ti pitit gason l te enplike, ki di : “ Bondye pa t ban m rekonfò nan sa k te rive a. Li pa t ban m okenn siy ki montre li gen sousi, ni ki montre li gen konpasyon. ” Apre sa li ajoute : “ Mwen pap janm padone Bondye. ”

Gen lòt moun ki fache anpil kont Bondye lè yo gade sa k ap pase toutotou de yo nan monn nan. Yo wè peyi kote povrete ak gwo grangou ap fini ak moun, moun ki sanzespwa k ap kouri chèche refij akoz lagè, yon kantite timoun, moun pa ka konte, ki òfelen akoz Sida e gen plizyè milyon lòt moun ki aflije akoz lòt kalite maladi. Fas ak tout bagay sa yo, oubyen devan lòt trajedi menm jan an, anpil moun lage chay la sou Bondye, paske pou yo, sanble li rete bra kwaze.

Sepandan, verite a sèke, se pa Bondye ki responsab pwoblèm k ap aflije limanite yo. An reyalite, gen rezon solid pou nou kwè talè konsa Bondye pral efase tout mal ki tonbe sou limanite. Nou envite w pase nan atik ki vin apre a e w ap wè Bondye vrèman gen sousi pou nou.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje non moun yo.