Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Ale epi fè disip ”

“ Ale epi fè disip ”

“ Ale epi fè disip ”

“ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. Kidonk, ale epi fè disip. ” — MATYE 28:18, 19.

1, 2. a) Ki misyon Jezi te bay disip li yo ? b) Ki kesyon anrapò ak kòmandman Jezi a nou pral egzamine ?

NAN prentan ane 33 epòk nou an, ann Izrayèl, disip Jezi yo te rasanble nan yon montay nan Galile. Jezi, Seyè yo a, te resisite e li t apral monte nan syèl. Men anvan sa, li te gen yon bagay enpòtan pou l di yo. Jezi te gen yon misyon pou l konfye yo. Ki misyon sa a ? Ki jan disip yo te reyaji devan misyon yo ? E ki jan misyon sa a aplike nan ka pa nou jodi a ?

2 Nou jwenn pawòl Jezi yo nan Matye 28:18-20, li di : “ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. Kidonk, ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. Epi gade, mwen avèk nou toule jou jiskaske sistèm de choz la fini. ” Jezi pale de “ tout pouvwa ”, “ tout nasyon ”, “ tout bagay mwen te kòmande nou yo ” epi li pale de “ toule jou ”. Kòmandman Jezi a ki gen kat ekspresyon sa yo, soulve kèk kesyon enpòtan. Nou ka rezime kesyon yo konsa : poukisa ? ki kote ? ki sa ? e ki lè ? Annou egzamine kesyon sa yo youn apre lòt. *

“ Mwen resevwa tout pouvwa ”

3. Poukisa nou dwe obeyi kòmandman pou nou fè disip la ?

3 Premyèman, poukisa nou dwe obeyi kòmandman pou nou fè disip la ? Jezi deklare : “ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. Kidonk, ale epi fè disip. ” Mo “ kidonk ” lan montre rezon ki fè nou dwe obeyi kòmandman sa a. Se paske Jezi, li menm ki bay kòmandman an, gen “ tout pouvwa ”. Ki valè pouvwa konsa Jezi genyen ?

4. a) Ki valè pouvwa Jezi genyen ? b) Lefètke nou konprann pouvwa Jezi genyen, kòman sa ta dwe enfliyanse fason nou wè kòmandman pou nou fè disip la ?

4 Jezi gen pouvwa sou kongregasyon li a, e depi 1914 li gen pouvwa sou Wayòm Bondye a, ki te etabli nan menm ane sa a (Kolosyen 1:13 ; Revelasyon 11:15). Se li menm ki akanj lan e, antanke akanj, l ap kòmande lame zanj ki nan syèl la, ki gen plizyè santèn milyon zanj ladan l (1 Tesalonisyen 4:16 ; 1 Pyè 3:22 ; Revelasyon 19:14-16). Papa l ba l pouvwa pou l detwi “ tout gouvènman, tout otorite ansanm ak tout pisans ” ki opoze ak prensip jis yo (1 Korentyen 15:24-26 ; Efezyen 1:20-23). Jezi pa gen pouvwa sou moun ki vivan sèlman. Se li menm ki nome “ pou jije vivan yo ak mò yo ” e se li menm Bondye bay pouvwa pou resisite moun k ap dòmi nan lanmò yo (Travay 10:42 ; Jan 5:26-28). Asireman, si se yon Moun ki gen yon kokenn pouvwa konsa ki bay yon kòmandman, se kòmandman sa a ki dwe pi enpòtan pou nou. Se sa k fè, ak tout respè nou, nou dispoze obeyi kòmandman Kris te bay la pou nou ‘ ale epi pou nou fè disip ’.

5. a) Sa Pyè te fè pou l te obeyi lòd Jezi a ? b) Lefètke Pyè te obeyi enstriksyon Jezi te ba li yo, ki bon rezilta li te jwenn ?

5 Byen bonè nan ministè Jezi sou tè a, li te itilize yon metòd frapan pou l anseye disip li yo si yo rekonèt otorite l genyen e si yo obeyi kòmandman l yo, sa ap pote anpil benediksyon pou yo. Yon lè, li te ansanm ak Pyè, yon pechè pwason, li te di l : “ Avanse kannòt la kote ki fon an, epi lage filè nou yo pou nou fè lapèch. ” Pyè te sèten pa t gen pwason la a, se sa k fè li di Jezi : “ Anseyan, nou fè tout nuit lan ap travay di e nou pa pran anyen. ” Sepandan, avèk imilite, Pyè di : “ Men, sou lòd ou, m ap lage filè yo. ” Apre Pyè fin obeyi kòmandman Kris la, li ranmase “ yon gwo kantite pwason ”. Pyè tèlman sezi, li “ lage kò l nan pye Jezi, li di : ‘ Pa rete kote m, Seyè, paske mwen se yon pechè ’ ”. Men, Jezi reponn li : “ Ou pa bezwen pè ankò. Depi kounye a, se moun ou pral pran tou vivan. ” ​(Lik 5:1-10 ; Matye 4:18). Ki leson nou tire nan resi sa a ?

6. a) Ki sa mirak kote disip yo pran anpil pwason an montre konsènan kalite obeyisans Jezi mande pou moun ba li ? b) Ki jan nou ka imite Jezi ?

6 Jezi te bay ni Pyè, ni Andre, ni lòt apot yo, misyon pou yo vin “ tounen pechè moun ”. Jezi pa t fè sa anvan yo te fè gwo kout filè a, li te fè sa apre (Mak 1:16, 17). Sa montre aklè, Jezi pa mande yon obeyisans avèg. Li bay mesye yo yon rezon konvenkan ki fè yo dwe obeyi l. Menm jan lè yo te obeyi kòmandman Jezi a, yo te lage filè yo, sa te bay yon rezilta yo pa ta janm imajine, menm jan an tou, si yo obeyi kòmandman Jezi ki mande pou yo “ tounen pechè moun ” nan, sa ap pote gwo benediksyon pou yo. Apot yo te byen reyaji devan sa Jezi te di yo a, paske yo te gen lafwa total nan li. Men sa resi a di pou fini : “ Yo mennen bato yo sou tè, yo abandone tout bagay epi yo suiv li. ” ​(Lik 5:11). Jodi a, lè nou ankouraje lòt moun pou yo patisipe nan travay fè disip la, se Jezi nou imite. Nou pa mande moun yo pou yo annik fè jan nou di pou yo fè, okontrè, nou ba yo rezon konvenkan ki fè yo dwe obeyi kòmandman Jezi a.

Pou ki rezon e avèk ki mobil ?

7, 8. a) Site kèk rezon biblik nou genyen pou nou preche Wayòm nan e pou nou fè disip ? b) Ki vèsè ki te plis motive w pou w kontinye patisipe nan travay predikasyon an ? (Gade nòt anba paj la tou.)

7 Se paske nou rekonèt pouvwa Kris genyen ki fè nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la. Men, si nou vle ankouraje lòt moun pou yo fè bèl zèv, ki lòt rezon biblik ki fè nou akonpli travay sa a nou ka pataje avèk yo ? Konsidere pawòl kèk Temwen fidèl ki soti nan plizyè peyi di, epi note kòman vèsè ki site yo kore kòmantè yo fè yo.

8 Men sa Roy, ki batize an 1951, di : “ Lè m te vwe tèt mwen bay Jewova, mwen te pwomèt li m ap sèvi l pou toutan. Mwen vle kenbe pawòl mwen. ” ​(Sòm 50:14 ; Matye 5:37). Heather, ki batize an 1962, di : “ Lè m sonje tout bagay Jewova fè pou mwen, mwen vle montre l rekonesans mwen lè mwen sèvi l ak fidelite. ” ​(Sòm 9:1, 9-11 ; Kolosyen 3:15). Hannelore, ki batize an 1954, di : “ Chak fwa n ap preche, nou gen zanj avèk nou k ap ede nou. Ala yon privilèj ! ” ​(Travay 10:30-33 ; Revelasyon 14:6, 7). Honor, ki batize an 1969, di : “ Lè moman jijman Jewova a rive, mwen pa ta renmen pèsonn nan vwazinaj mwen jwenn posiblite pou l akize Jewova oswa Temwen l yo kòm neglijan, pou yo di : ‘ Yo pa t janm avèti m ! ’ ” ​(Ezekyèl 2:5 ; 3:17-19 ; Women 10:16, 18). Claudio, ki batize an 1974, di : “ Lè n ap preche, nou ‘ devan je Bondye ’ e nou ‘ an konpayi Kris ’. Imajine sa ! Pandan nou nan predikasyon, nou ansanm ak pi bon zanmi nou yo. ” — 2 Korentyen 2:17. *

9. a) Ki sa resi kote Pyè ansanm ak lòt apot yo t ap peche a revele konsènan mobil ki dwe pouse yon moun obeyi Kris ? b) Jodi a, ki bon mobil ki dwe pouse yon moun obeyi Bondye ak Kris e poukisa ?

9 Resi kote disip yo te pran anpil pwason an montre enpòtans pou nou gen bon mobil pou nou obeyi Jezi, e bon mobil la se lanmou. Lè Pyè di Jezi : “ Pa rete kote m, Seyè, paske mwen se yon pechè ”, Jezi pa t ale vre, ni li pa t kondane Pyè pou pyès peche (Lik 5:8). Jezi pa t menm kritike l poutèt Pyè te mande pou l ale. Okontrè, Jezi te reponn li avèk jantiyès : “ Ou pa bezwen pè ankò. ” Yon krent egzajere t ap yon move mobil pou obeyi Kris. Jezi te pito di Pyè ni li menm ni konpayon l yo t ap vin itil antanke pechè moun. Nou menm tou, jodi a, nou pa fè moun yo pè ni nou pa fè yo gen lòt santiman negatif, tankou fè yo santi yo koupab oubyen fè yo wont, pou nou fòse yo obeyi Kris. Se sèlman lè yon moun obeyi ak tout nanm li, yon obeyisans ki baze sou lanmou li genyen pou Bondye ak pou Kris, li fè Jewova kontan. — Matye 22:37.

“ Fè disip pami moun tout nasyon ”

10. a) Ki enfòmasyon konsènan kòmandman Jezi bay pou fè disip la ki te reprezante yon travay difisil pou disip li yo ? b) Ki jan disip yo te reyaji fas ak kòmandman Jezi a ?

10 Dezyèm kesyon nou kapab poze anrapò ak kòmandman Kris la se : Ki kote travay fè disip la dwe fèt ? Jezi te di disip li yo : “ Fè disip pami moun tout nasyon. ” Depi anvan ministè Jezi, yo te konn byen akeyi moun lòt nasyon ki vin ann Izrayèl pou sèvi Jewova (1 Wa 8:41-43). Jezi li menm lè l t ap preche, se sitou Juif li te konn preche. Men, kounye a, li di disip li yo pou y al preche moun lòt nasyon. An reyalite, tèritwa lapèch disip yo, sa vle di tèritwa yo te genyen pou yo preche a, te limite nan yon ti “ letan ”, ki reprezante Juif yo, men talè konsa, se t apral tout “ lanmè ” a nèt, tout limanite. Menmsi chanjman sa a te reprezante yon travay difisil pou disip yo, rapidman, yo te suiv enstriksyon Jezi yo. Mwens pase 30 an apre Jezi mouri, apot Pòl te anmezi pou l ekri yo te gentan preche nonsèlman Juif yo bon nouvèl la, men “ tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kolosyen 1:23.

11. Depi kòmansman 20yèm syèk, ki ekstansyon ki fèt nan ‘ tèritwa lapèch ’ la ?

11 Nan epòk pa nou an, tèritwa predikasyon an etann li prèske menm jan an. Nan kòmansman ventyèm syèk la, ‘ tèritwa lapèch ’ la te sèlman nan kèk peyi. Sepandan, disip Kris nan epòk sa a te imite egzanp kretyen nan premye syèk yo, e avèk zèl, yo te etann tèritwa yo te genyen pou yo preche a (Women 15:20). Nan kòmansman ane 30 yo, yo t ap fè disip nan anviwon san peyi. Jodi a, ‘ tèritwa lapèch ’ nou an etann li nan 235 peyi. — Mak 13:10.

Yo “ soti nan tout lang ”

12. Ki defi pwofesi ki nan Zekarya 8:23 a souliye ?

12 Fè disip pami moun tout nasyon se yon defi nonsèlman akoz tèritwa a ki anpil, men tou akoz kantite lang ki egziste pami nasyon yo. Jewova te sèvi ak Zekarya pou l te pwofetize pawòl sa yo : “ Se pral nan jou sa yo, dizòm ki soti nan tout lang nasyon yo pale pral kenbe, wi, se toutbonvre yo pral kenbe ke wòb yon òm, yon Juif, e y ap di : ‘ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ’ ” ​(Zekarya 8:23). Nan pi gwo akonplisman pwofesi sa a, ‘ òm nan, Juif la ’ reprezante rès kretyen wen yo, tandiske “ dizòm ” yo reprezante “ gwo foul moun ” nan * (Revelasyon 7:9, 10 ; Galat 6:16). Gwo foul disip Kris sa yo twouve yo nan anpil nasyon, e jan Zekarya di sa, yo t ap pale yon kantite lang. Èske pèp Bondye a, nan tan modèn nan, koresponn ak aspè sa a vrèman ? Repons lan se wi.

13. a) Pami pèp Bondye a nan tan modèn nan, ki devlopman ki fèt nan domèn lang moun yo pale ? b) Ki jan klas esklav fidèl la reyaji piske vin gen plis bezwen manje espirityèl nan anpil lang (Sèvi ak kare “ Piblikasyon pou moun ki avèg ” la tou) ?

13 An 1950, sou chak 5 Temwen Jewova nan lemonnantye, lang matènèl anviwon 3 ladan yo se te anglè. Nan zòn ane 1980, pousantaj la te vin bese, sou chak 5 Temwen, se sèlman 2 ki te pale anglè. E jodi a, anglè se lang matènèl sèlman 1 Temwen sou 5. Kòman klas esklav fidèl ki prevwayan an fè fas ak chanjman sa a ? Li toujou ap ogmante kantite lang l ap founi manje espirityèl yo (Matye 24:45). Pa egzanp, an 1950, li te pibliye piblikasyon nou yo nan 90 lang, men kounye a, sa fèt nan anviwon 400 lang. Lefètke li kontinye ap pran swen moun ki pale divès kalite lang konsa, èske sa bay bon rezilta ? Wi ! Pandan ane a, an mwayèn, gen anviwon 5 000 moun ki soti “ nan tout lang ” ki vin disip Kris chak semèn (Revelasyon 7:9). E kantite a kontinye ap ogmante. Nan kèk peyi, kout “ filè ” yo konn pran anpil pwason. — Lik 5:6 ; Jan 21:6.

Yon ministè ki bay satisfaksyon : Èske w ka patisipe ?

14. Ki jan nou kapab ede moun nan tèritwa nou ki pale yon lang etranje (Sèvi ak kare “ Yo sèvi ak lang siy pou yo fè disip ” la tou) ?

14 Nan anpil peyi oksidantal, li vin nesesè pou yon moun fè disip nan pwòp peyi l pami moun tout kalite “ lang ” akoz kantite imigran ki vin viv la (Revelasyon 14:6). Ki jan nou kapab ede moun nan tèritwa nou ki pa pale menm lang ak nou (1 Timote 2:4) ? Nou kapab sèvi ak materyèl lapèch ki apwopriye. Ofri moun sa yo piblikasyon nan lang pa yo. Si sa posib, fè aranjman pou yon Temwen ki konn pale lang yo vizite yo (Travay 22:2). Aranjman sa yo fasil kounye a, piske gen anpil Temwen ki aprann pale yon lang etranje yon fason pou yo ede etranje sa yo vin disip Kris. Eksperyans montre lè yon moun bay èd li nan sans sa, se pa ti satisfaksyon li jwenn.

15, 16. a) Ki egzanp ki montre yon moun ka jwenn anpil satisfaksyon lè l ede moun ki pale yon lang etranje ? b) Ki kesyon li ta bon pou nou egzamine anrapò ak predikasyon nan lang etranje ?

15 Konsidere de egzanp sa yo ki soti nan Peyiba, kote y ap preche bon nouvèl la nan 34 lang. Yon koup ki marye te aksepte volontèman pou y al fè disip pami imigran ki pale polonè. Efò yo te tèlman bay bon rezilta, mari a te santi nesesite pou l redui nan travay pwofàn li pou l te ka gen yon jou lib anplis pou l etidye Labib avèk moun ki enterese yo. Nan de tan twa mouvman, mesyedam yo te gentan ap kondui plis pase 20 etid biblik chak semèn. Tande sa yo di : “ Ministè nou fè kè nou kontan anpil. ” Moun k ap fè disip yo santi yo kontan sitou lè moun ki tande laverite nan lang pa yo montre yo rekonesan pou sa. Pa egzanp, pandan yon reyinyon ki t ap fèt nan lang vyetnamyen, gen yon pèsonaj ki kanpe, ki mande pèmisyon pou l pale. Avèk dlo nan je, mesye a di Temwen ki la yo : “ Mèsi pou efò nou fè pou nou aprann lang mwen an, yon lang ki tou difisil. Mwen gen anpil rekonesans pou tout bèl bagay mwen aprann nan Bib la nan laj mwen rive la a. ”

16 Kidonk, li pa etonan si moun k ap sèvi nan kongregasyon lang etranje yo santi yo jwenn anpil satisfaksyon. Men sa yon koup nan peyi Grann Bretay di : “ Pandan karant an nou genyen nan sèvis Wayòm nan, ministè nou nan tèritwa kote moun yo pale yon lang etranje a se youn nan fasèt nan ministè a ki te ban nou plis kè kontan. ” Èske w pa ka fè kèk chanjman nan fason w ap viv yon fason pou w ka patisipe nan ministè ankourajan sa a ? Si w poko fini lekòl, èske w pa ka aprann yon lang etranje pou w ka prepare w pou fasèt sa a nan ministè a ? Si w fè sa, sa ka ouvri pòt pou w jwenn anpil satisfaksyon ak anpil benediksyon nan lavi w (Pwovèb 10:22). Sa w panse si w fè yon ti pale sou sa ak paran w ?

Ann varye metòd nou

17. Ki jan nou ta kapab atenn plis moun nan tèritwa kongregasyon nou ?

17 Sitiyasyon pifò nan nou pa pèmèt nou jete “ filè ” nou nan yon tèritwa kote yo pale yon lang etranje, nou konprann sa. Men, èske nou konnen, menm nan pwòp tèritwa nou, nou ta kapab atenn plis moun pase sa nou atenn kounye a ? Ki jan nou ka fè sa ? Se si nou varye metòd predikasyon nou san nou pa varye mesaj la. Nan anpil katye, gen yon pakèt moun k ap viv nan kay ki gen gwo sekirite. Gen anpil lòt menm ki pa la lè nou pase lakay yo etan nou nan predikasyon kay an kay. Si se konsa, n ap bezwen jete “ filè ” nou nan lòt moman e nan lòt zòn. Konsa, n ap imite Jezi ki te toujou fè yon fason pou l pale ak moun ki nan tout kalite sitiyasyon. — Matye 9:9 ; Lik 19:1-10 ; Jan 4:6-15.

18. Sa k fè nou di bay temwayaj divès kote a se yon metòd ki efikas (Sèvi ak kare “ Fè disip pami moun ki nan biznis ” la tou) ?

18 Pou anpil kote nan monn nan, bay temwayaj kèlkeswa kote nou ka jwenn moun yo se yon metòd enpòtan pou nou rive fè disip. Moun ki gen eksperyans nan travay fè disip la vin enterese plis toujou pou yo bay temwayaj la nan divès andwa. Nonsèlman pwoklamatè yo patisipe nan predikasyon kay an kay, men tou, yo bay temwayaj la nan ayewopò, nan biwo, nan magazen, nan pakin, nan estasyon, nan lari, sou plas piblik, sou plaj, ak lòt kote ankò. Gen yon bon kantite Temwen nan Awayi ki fèk batize, premye fwa yo te pale avèk Temwen yo se nan andwa sa yo. Lè nou varye metòd nou, sa ede nou akonpli konplètman kòmandman Jezi te bay pou nou fè disip la. — 1 Korentyen 9:22, 23.

19. Ki aspè nan misyon Jezi te ban nou an nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Travay fè disip Jezi te ban nou an pa gen enfòmasyon sou poukisa ak ki kote nou dwe fè l sèlman. Men, li gen enfòmasyon konsènan ki sa nou dwe preche e jiska ki lè nou dwe kontinye fè travay sa a. Se de aspè sa yo nan misyon Jezi te ban nou an nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Nan atik sa a, n ap egzamine de premye kesyon yo. N ap kite de lòt kesyon yo pou atik ki vin apre a.

^ § 12 Si nou vle jwenn plis enfòmasyon sou akonplisman pwofesi sa a, gade La Tour de Garde 15 mai 2001, paj 12, ak La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains II, paj 408. Se Temwen Jewova ki pibliye yo.

Èske nou sonje ?

• Pou ki rezon e ak ki mobil nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la ?

• Jodi a, jis nan ki pwen sèvitè Jewova yo akonpli misyon Jezi te bay pou fè disip pami moun tout nasyon ?

• Ki jan nou kapab varye ‘ metòd nou fè lapèch ’, e poukisa nou dwe fè sa ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 21]

Piblikasyon pou moun ki avèg

Albert se yon ansyen, yon pyonye pèmanan, k ap viv Ozetazini. Kòm li avèg, piblikasyon biblik ki an bray yo ede l pou l vin pi efikas nan ministè li, san nou pa bliye aktivite l antanke siveyan sèvis. Ki jan l fè pou l fè travay li nan kongregasyon an ?

Tande sa James, siveyan prezidan an, di : “ Nou pa t janm gen yon siveyan sèvis ki fè travay li byen tankou Albert. ” Albert se youn nan anviwon 5 000 avèg ki genyen Ozetazini ki, depi plizyè ane, ap resevwa piblikasyon biblik an bray anglè ak bray espayòl. Anfèt, depi 1912, klas esklav fidèl la founi plis pase yon santèn piblikasyon an bray. Grasa yon seri teknik avanse, kounye a, Temwen Jewova yo rive pwodui plizyè milyon paj tèks bray chak ane nan yon dizèn lang e yo rive distribye yo nan plis pase 70 peyi. Èske w konn yon moun ki ta ka tire pwofi nan piblikasyon sa yo ki fèt pou moun ki avèg ?

[Kare/Foto nan paj 22]

Yo sèvi ak lang siy pou fè disip

Toupatou sou tè a, gen plizyè milye Temwen, e anpil ladan yo se jèn ki zele, ki aprann lang siy pou yo ede moun ki soud vin disip Kris. Kòm rezilta, o Brezil sèlman, 63 moun soud batize nan yon sèl ane, e 35 ladan yo ap sèvi antanke evanjelizatè a plen tan. Gen plis pase 1200 kongregasyon ansanm ak gwoup lang siy nan lemonnantye. Si w konsidere gwosè sèl sikonskripsyon lang siy ki genyen nan Larisi a, se sikonskripsyon ki pi laj nan monn nan, paske li kouvri tout peyi a.

[Kare nan paj 23]

Fè disip pami moun ki nan biznis

Nan Awayi, pandan yon Temwen t ap vizite moun ki nan biznis nan biwo kote y ap travay, li te rankontre ak yon responsab nan yon konpayi transpò. Byenke mesye a okipe, li te aksepte pou l etidye Labib nan biwo l pandan 30 minit chak semèn. Chak mèkredi maten, li di staf anplwaye l yo pou yo pa deranje l ak apèl telefonik pou l ka ret konsantre sou etid la. Gen yon lòt Temwen nan Awayi k ap etidye Labib yon fwa pa semèn ak pwopriyetè yon chòp kòdonye. Etid la te konn fèt sou kontwa chòp la menm. Lè yon kliyan vini, Temwen an fè yon ti avanse sou kote. E kou kliyan an ale, etid la kontinye.

Se paske Temwen sa yo te pran inisyativ jete “ filè ” yo nan divès andwa ki fè yo te rankontre ak ni responsab konpayi a, ni pwopriyetè chòp la. Èske w wè kèk andwa nan tèritwa kongregasyon pa w ou ka rankontre moun li difisil pou w jwenn lakay yo ?

[Foto nan paj 23]

Èske w ka sèvi nan yon tèritwa kote yo pale yon lang etranje ?