Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kite Bondye vivan an gide nou

Ann kite Bondye vivan an gide nou

Ann kite Bondye vivan an gide nou

“ Vire bò kote Bondye vivan an, li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. ” — TRAVAY 14:15.

1, 2. Poukisa li apwopriye pou nou rekonèt Jewova antanke “ Bondye vivan an ” ?

APRE apot Pòl ak Banabas te fin geri yon mesye nan yon vil ki rele Lis, men ki sa Pòl te di yon bann moun ki t ap suiv evènman an : “ Nou menm tou, nou se moun ki gen menm feblès ak nou, e nou vin fè nou konnen bon nouvèl la, yon fason pou nou ka vire do bay bagay sa yo ki pa vo anyen, men pou nou vire bò kote Bondye vivan an, li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. ” — Travay 14:15.

2 Sa a se vre ! Jewova se “ Bondye vivan an ”, li pa yon idòl san vi (Jeremi 10:10 ; 1 Tesalonisyen 1:9, 10). Men, se pa vivan Jewova vivan sèlman, se li menm ki Sous lavi nou. “ Se li menm ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. ” ​(Travay 17:25). Li enterese pou nou pwofite lavi nou kounye a e pou nou pwofite l demen. Selon sa Pòl te di apre sa, Bondye “ pa t kite yo san li pa bay temwayaj sou tèt li, paske li fè byen avèk nou, li ban nou lapli ki soti nan syèl la e li ban nou sezon ki bay bonkou rekòt, li ranpli kè nou ak manje ak lakontantman ”. — Travay 14:17.

3. Poukisa li bon pou nou fè Bondye konfyans antanke Gid nou ?

3 Enterè Bondye manifeste pou vi nou ban nou rezon pou nou mete konfyans nou nan Li antanke Gid nou (Sòm 147:8 ; Matye 5:45). Gen moun ki pa fè sa tou senpleman paske gen yon direktiv nan Bib la yo pa fin konprann oswa ki jennen yo. Sepandan, gen prèv ki montre li saj pou nou fè Jewova konfyans antanke Gid nou. Annou pran yon egzanp. Menmsi yon Izrayelit pa t konprann rezon ki fè, selon Lalwa, li te mal pou l manyen yon kadav, obeyisans lwa sa a te kanmenm pote byenfè pou li. Premyèman, obeyisans li t ap fè li vin pi pwòch ak Bondye, e dezyèmman, sa t ap pèmèt li evite yon seri de maladi. — Levitik 5:2 ; 11:24.

4, 5. a) Anvan epòk kretyen an, ki direktiv Jewova te bay anrapò ak san ? b) Ki jan nou fè konnen direktiv sa a Bondye te bay sou san an se yon direktiv ki konsène kretyen yo ?

4 Se menm bagay la pou direktiv Bondye bay anrapò ak san. Li te di Noye moun pa fèt pou yo konsome san. Ansuit, selon Lalwa, Bondye te di sèl fason li te apwouve pou moun itilize san se te sou lotèl, pou padon peche. Grasa enstriksyon sa yo, Bondye te poze baz pou pi gwo itilizasyon san t apral genyen pi devan : sove lavi moun grasa ranson Jezi t apral founi an (Ebre 9:14). Wi, direktiv nou jwenn nan men Bondye montre sousi li genyen pou vi nou ak byennèt nou. Men ki sa Adam Clarke, yon biblis ki t ap viv nan 19yèm syèk la, te ekri sou Jenèz 9:4 : “ Jis jodi a, kretyen oryantal yo obeyi san rezèv kòmandman sa a yo te bay [Noye] a [...]. Moun pa t konn manje okenn san sou lalwa, paske sa te atire atansyon sou san ki te gen pou koule pou peche monn nan, e nan epòk Levanjil la, moun pa fèt pou manje l, paske yo toujou konsidere l kòm yon bagay ki reprezante san ki te koule pou retire peche a. ”

5 Siman biblis sa a t ap pale de levanjil la nan premye sans mo a genyen, sa vle di de bon nouvèl ki santre sou Jezi a. Sa gen ladan l voye Bondye te voye Pitit li a vin mouri pou nou, vin vèse san l yon fason pou nou ka gen lavi etènèl (Matye 20:28 ; Jan 3:16 ; Women 5:8, 9). Men, pawòl sa a biblis la di a fè referans tou ak kòmandman disip Kris yo te resevwa annapre, pou yo evite san.

6. Ki enstriksyon kretyen yo te resevwa anrapò ak san, e poukisa ?

6 Kòm nou konnen, Bondye te bay Izrayelit yo plizyè santèn lwa. Men, onfwa Jezi te fin mouri, disip li yo pa t oblije suiv tout lwa sa yo (Women 7:4, 6 ; Kolosyen 2:13, 14, 17 ; Ebre 8:6, 13). Sepandan, rive yon lè, gen yon kesyon ki te soulve, yon kesyon ki gen rapò ak yon pwen fondamantal : èske gason te fèt pou yo sikonsi ? Èske yon moun ki pa t Juif, men ki te vle benefisye de san Kris te vèse a, te oblije sikonsi, kòmsi li te toujou sou Lalwa ? Nan ane 49 epòk nou an, kretyen ki te konpoze kolèj santral la te tranche kesyon sa a (Travay chapit 15). Lespri sen Bondye te ede apot yo ansanm ak ansyen yo konprann se pa yon bagay ki te obligatwa pou moun kontinye ap pratike sikonsizyon apre Lalwa fin aboli. Toutfwa, gen kèk bagay Bondye mande ki toujou an vigè pou kretyen yo. Men ki sa kolèj santral la te voye di kongregasyon yo nan yon lèt : “ Lespri sen ansanm ak nou twouve li bon pou nou pa ajoute lòt fado sou nou, eksepte bagay sa yo ki nesesè : pou nou evite bagay yo sakrifye pou zidòl, pou nou evite san ak sa ki mouri toufe, e pou nou evite fònikasyon. Si nou pran tout prekosyon nou ak bagay sa yo, n ap pwospere. ” — Travay 15:28, 29.

7. Ki enpòtans sa genyen pou kretyen yo ‘ evite san ’ ?

7 Li evidan, pou kolèj santral la, ‘ evite san ’ se yon bagay ki gen menm enpòtans moral ak evite imoralite seksyèl oswa adorasyon zidòl. Sa montre entèdiksyon ki fèt sou san an, se yon bagay nou pa fèt pou n pran alalejè. Si yon kretyen tonbe nan idolatri oswa li komèt imoralite seksyèl e li pa repanti, li pa ka “ eritye wayòm Bondye a ”. Wi, ‘ pòsyon pa l se nan [...] dezyèm lanmò a ’ l ap ye (1 Korentyen 6:9, 10 ; Revelasyon 21:8 ; 22:15). Èske nou remake diferans lan ? Si yon moun pa suiv direktiv Bondye bay konsènan san, ki sakre, sa ka fè moun sa a jwenn lanmò etènèl. Tandiske si l montre respè pou sakrifis Jezi a, sa ka fè l jwenn lavi etènèl.

8. Ki sa ki montre premye kretyen yo pa t pran alalejè direktiv Bondye te bay sou san an ?

8 Ki jan premye kretyen yo te konprann direktiv Bondye te bay anrapò ak san an e ki jan yo te suiv direktiv sa a ? Sonje deklarasyon Clarke te fè a. Li te di : “ Nan epòk Levanjil la, moun pa fèt pou manje l, paske yo toujou konsidere l kòm yon bagay ki reprezante san ki te koule pou retire peche a. ” Selon listwa, premye kretyen yo pa t pran kesyon an alalejè. Men sa Tètilyen ekri : “ Panse a yon seri de moun ki soufri malkadi ki te konn vin nan arèn [kote gen konba gladyatè], avèk avidite, pou yo pran san gwo kriminèl ki t ap koule tou cho, [...] pou y al avèk li dekwa pou yo te ka geri. ” Alòske payen yo te konn konsome san, selon Tètilyen, kretyen yo pa t “ menm konn met san bèt nan manje [y ap] manje ”. Tètilyen di : “ Pandan pwosè kretyen yo, nou ofri yo bouden ki gonfle ak san, alòske nou byen konnen [se yon bagay] lalwa entèdi yo fè. ” Wi, malgre menas lanmò ki te konn ap plane sou tèt kretyen yo, yo pa t konn ni manje ni bwè san. Se te nan pwen sa a direktiv Bondye te bay la te enpòtan pou yo.

9. Apa de pa manje san, ki sa evite san vle di ?

9 Gen moun ki ka panse kolèj santral la te sèlman vle di pou kretyen yo pa manje san oswa pou yo pa bwè san, kit se te dirèkteman kit se te lè yo manje vyann bèt ki pa byen senyen oswa lè yo manje manje ki gen san ladan l. Se vre se premye sans sa a kòmandman Bondye te bay Noye a te genyen. E dekrè apot yo te pran an te di kretyen yo pou yo ‘ evite bagay ki mouri toufe ’, sa vle di vyann bèt ki pa t senyen (Jenèz 9:3, 4 ; Travay 21:25). Sepandan, premye kretyen yo te konnen sa te vle di plis pase sa. Pafwa, moun te konn itilize san kòm remèd. Tètilyen te remake gen kèk payen ki te konn bwè san ki tou cho pou yo te ka geri anba malkadi. E petèt moun te konn sèvi ak san pou yo trete lòt maladi ankò oswa pou yo swadizan amelyore sante yo. Se sa k fè, pou kretyen yo, evite san vle di tou pou yo pa sèvi avè l kòm “ remèd ”. Se pozisyon sa a yo te pran, menmsi sa ta mete lavi yo an danje.

San antanke medikaman

10. Site kèk fason yo sèvi ak san nan domèn medikal, e ki kesyon sa soulve ?

10 Jodi a, se yon bagay ki kouran pou moun sèvi ak san nan domèn medikal. Okòmansman, pou yo te fè transfizyon, se san an okonplè yo te konn pran. Yo te konn pran san sa a nan yon moun ki vin bay li, yo stoke l e, apre sa, yo bay yon pasyan l, petèt yon moun ki te blese nan lagè. Men avèk letan, moun k ap fè rechèch nan domèn nan vin aprann dekonpoze san pou yo vin jwenn konpozan de baz yo. Lefètke doktè yo fè transfizyon ak konpozan yo, yo rive bay plis moun san yo te resevwa a. Pa egzanp, yo gendwa pran menm san an, yo bay yon moun ki blese plasma ki gen ladan l lan, e yo bay yon lòt moun globil wouj yo. Rechèch ki kontinye ap fèt nan domèn nan montre yo ka menm pran yon konpozan de baz, tankou plasma a pa egzanp, yo dekonpoze l pou yo fè l fè plizyè lòt fraksyon, yon fason pou plis pasyan toujou ka benefisye. E gen efò ki toujou ap fèt nan sans sa a. Gen rapò ki pale de lòt itilizasyon yo fè ak fraksyon sa yo. Devan tout sitiyasyon sa yo, ki sa yon kretyen ka fè ? Rezolisyon pa l se pou l pa janm aksepte yon transfizyon san, men doktè l ka konseye l pou l aksepte youn nan konpozan prensipal yo, tankou globil wouj yo konsève pou transfizyon. Oubyen tou, tretman an ka fèt ak yon ti fraksyon yo retire nan yon konpozan de baz. Ki sa yon sèvitè Bondye ka fè pou l pran yon bon desizyon anrapò ak kesyon sa yo, san li pa bliye san se bagay ki sakre e se sèlman san Kris ki ka sove lavi ?

11. Ki pozisyon ki kòrèk nan domèn medikal Temwen yo pran depi lontan anrapò ak san ?

11 Sa gen plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo te fikse pozisyon yo byen klè sou kesyon sa yo. Pa egzanp, yo te ekri yon atik ki te pibliye nan yon jounal medikal (The Journal of the American Medical Association, 27 novanm 1981. Apre sa, yo te repibliye l nan bwochi Comment le sang peut-il vous sauver la vie ? paj 27-9 *). Se yon atik ki site vèsè nan Jenèz, Levitik ak Travay. Men ki sa nou li ladan l : “ Se vre vèsè sa yo pa ekri nan langaj medikal, men Temwen yo konsidere yo kòm lwa ki entèdi transfizyon, kit se te transfizyon san okonplè, kit se te transfizyon globil wouj, plasma, globil blan oswa plakèt. ” Nan Encyclopédie Larousse de la santé, edisyon 1999, men ki sa nou li sou konpozisyon san an : “ Sa ki konpoze san an se selil (globil wouj, globil blan ak plakèt) ak plasma. ” Kidonk, ann amoni ak sa lamedsin di, Temwen yo refize ni transfizyon san okonplè, ni transfizyon youn nan kat konpozan de baz li yo.

12. a) Anrapò ak fraksyon ki soti nan konpozan de baz yo, ki pozisyon Temwen yo atik la prezante ? b) Ki kote nou ka jwenn lòt enfòmasyon sou kesyon sa a ?

12 Men ki sa atik la di ansuit : “ Fason Temwen yo konprann vèsè sa yo pa entèdi kategorikman itilizasyon [fraksyon ki gen nan san an] tankou albimin, iminoglobilin ak medikaman yo konpoze pou moun ki emofil. Se chak Temwen ki dwe deside si wi ou non l ap aksepte pran fraksyon sa yo. ” Depi 1981, gen anpil fraksyon (eleman yo jwenn lè yo dekonpoze youn nan kat konpozan de baz yo) yo rive izole pou yo sèvi avèk yo kòm medikaman. Se sa k fè, La Tour de Garde 15 jen 2000 te gen yon atik nan ribrik “ Questions des lecteurs ” ki te vini ak enfòmasyon enpòtan sou sijè sa a. Yon fason pou plis lektè ka pwofite jodi a, yo reparèt ak repons yo te bay la nan La Tour de Garde 15 jen 2004, paj 29-31. Se yon atik ki vini ak detay sou pwen an e ki fè bonjan rezònman sou sijè a. Sepandan, ou ka wè sa, se yon atik tou ki pa di anyen ki depaman ak okenn ide esansyèl yo te deja prezante an 1981.

Wòl konsyans nou

13, 14. a) Ki sa konsyans ye, e ki wòl li jwe anrapò ak san ? b) Ki direktiv Bondye te bay Izrayelit yo konsènan kesyon manje vyann nan, men ki kesyon sa ta ka soulve ?

13 Enfòmasyon konsa fè apèl a konsyans nou. Nan ki sans ? Tout kretyen dakò sou nesesite ki genyen pou moun suiv direktiv Bondye. Sepandan, gen kèk domèn kote se moun nan ki dwe pran desizyon l, e se la konsyans li gen yon wòl pou l jwe. Konsyans se kapasite natirèl yon moun genyen ki pèmèt li balanse yon sitiyasyon, yon sitiyasyon souvan ki gen rapò ak kesyon moral, e ki fè l pran yon desizyon nan domèn nan (Women 2:14, 15). Sepandan, ou konnen, konsyans tout moun pa menm. * Selon sa Bib la fè konnen, gen moun ki gen yon ‘ konsyans ki fèb ’, e sa tou vle di gen lòt moun ki gen yon konsyans ki fò (1 Korentyen 8:12). Tout kretyen pa menm paske se pa yo tout ki pwogrese menm jan pandan y ap aprann konnen sa Bondye di, se pa yo tout ki sansib menm jan anrapò ak sa Bondye panse e se pa yo tout ki aplike sa Bondye panse yo menm jan lè yo gen desizyon pou yo pran. Pou nou konprann sa, ann egzamine egzanp Juif yo nan kesyon manje vyann nan.

14 Bib la klè sou pwen sa a : yon moun ki vle obeyi Bondye pa fèt pou l manje vyann bèt ki pa senyen. Se yon bagay ki te tèlman enpòtan, lè sòlda Izrayelit yo, byenke te gen ijans, te manje vyann bèt ki pa t fin senyen, se te yon peche grav yo te fè (Detewonòm 12:15, 16 ; 1 Samyèl 14:31-35). Toutfwa, gen kesyon moun te ka poze. Lè yon Izrayelit te touye yon mouton, pandan konbyen tan li ta fèt pou l kite san an koule ? Èske se te pou l koupe gòj bèt la nèt pou san an te ka pi byen koule ? Èske li te oblije pandye mouton an nan de pye dèyè l ? Pandan konbyen tan ? E si se te yon gwo bèf ? Menm lè yo te kite san an koule, te ka gen yon ti rès san ki rete nan vyann nan. Èske yon moun te ka manje yon vyann konsa ? Kiyès ki ta gen pou l deside ?

15. Ki jan kèk Juif te reyaji anrapò ak kesyon manje vyann nan, men ki enstriksyon Bondye te bay ?

15 Imajine reyaksyon yon Juif zele devan tout kesyon sa yo. Petèt li gendwa panse meyè bagay la se evite vyann yo vann nan mache, menm jan gen lòt Juif ki ta gendwa pa manje vyann depi gen yon ti chans pou se ta yon vyann yo deja ofri bay zidòl. Gen lòt Juif ki ta ka dakò pou yo manje vyann sèlman apre yo fin fè tout yon seri de seremoni jiskaske yo fin retire tout san an nan bèt la * (Matye 23:23, 24). Ki sa w panse ou menm de tout reyaksyon sa yo ? Yon lòt bagay ankò, piske Bondye pa t mande pou moun aji konsa, èske li ta pi bon pou Juif yo voye yon dividal kesyon bay asanble raben yo pou yo konn ki sa pou yo fè nan chak ka ? Byenke se abitid sa a ki te vin devlope anndan Jidayis la, nou mèt kontan dèske Jewova pa mande moun k ap adore l yo pou yo aji konsa lè yo gen desizyon pou yo pran anrapò ak san. Enstriksyon esansyèl Bondye te bay se te pou lè yo touye yon bèt ki pwòp, yo kite san an koule, men li pa t ale pi lwen pase sa. — Jan 8:32.

16. Ki sa ki ka fè kretyen yo pa wè bagay yo menm jan konsènan kesyon aksepte yon enjeksyon ki fèt ak yon ti fraksyon yo pran nan youn nan konpozan de baz yo ?

16 Jan paragraf 11 ak paragraf 12 la montre sa, Temwen Jewova yo pa aksepte transfizyon, kit se transfizyon san okonplè, kit se transfizyon youn nan kat konpozan de baz yo : plasma, globil wouj, globil blan ak plakèt. Men, e fraksyon ki toupiti yo pran nan youn nan konpozan de baz yo, tankou sewòm ki gen antikò ladan yo, ki pèmèt moun konbat yon seri de maladi oswa ki ede yon moun kont venen sèpan ? (Gade La Tour de Garde 15 jen 2004, paj 30, paragraf 4.) Gen moun ki di pou yo menm, an reyalite, ti fraksyon piti sa yo pa san ankò, e konsa, yo pa antre nan sa Labib ap pale lè l di pou yon moun ‘ evite san ’ an (Travay 15:29 ; 21:25 ; paj 31, paragraf 1). Se responsablite pa yo. Gen lòt moun konsyans yo pouse yo rejte tout bagay yo retire nan san (kit se san bèt kit se san moun), menm ti fraksyon toupiti yo retire nan youn nan konpozan de baz yo. * Men gen lòt moun tou ki ka aksepte pou yo ba yo enjeksyon ki fèt ak pwoteyin yo pran nan plasma, dekwa pou yo ka konbat yon maladi oswa pou yo lite kont venen sèpan, toutpandan yo rejte lòt ti fraksyon yo. Mete sou sa, gen kèk pwodui yo pran nan youn nan kat konpozan de baz yo ki konn gen yon fonksyon ki tèlman sanble ak fonksyon konpozan ki bay yo a, oswa ki konn jwe yon wòl tèlman vital nan kò a, majorite kretyen twouve yo pa admisib.

17. a) Ki jan konsyans nou ka sèvi nou gid lè n ap poze tèt nou kesyon konsènan fraksyon ki soti nan san ? b) Poukisa pran desizyon nan domèn sa a se yon kesyon ki gen tout enpòtans li ?

17 Sa Bib la di sou konsyans lan itil lè pou nou pran desizyon konsa. Premye bagay la se pou nou aprann sa Pawòl Bondye a di e pou nou fè efò pou nou kite l fòme konsyans nou. Sa ap pèmèt nou pran desizyon ki ann amoni ak direktiv Bondye ban nou antanke Gid nou olye pou nou mande yon moun pou l di nou sa pou nou fè (Sòm 25:4, 5). Pou kesyon aksepte yon fraksyon ki soti nan san an, gen moun ki di : ‘ Piske se yon kesyon konsyans, sa pa gen enpòtans. ’ Se yon move rezònman. Lefètke yon bagay se yon kesyon konsyans, sa pa fè li pa gen enpòtans pou sa. Desizyon nou ka gen gwo konsekans. Youn nan rezon ki fè sa, sèke li ka afekte moun ki pa gen menm konsyans avèk nou. Nou ka wè sa nan konsèy Pòl te bay konsènan vyann petèt yo te ofri zidòl anvan yo t al vann li nan mache. Yon kretyen fèt pou l pran prekosyon pou l pa ‘ blese konsyans ki fèb ’. Si li fè moun trebiche, li ka ‘ fè frè l la peri, frè l Kris te mouri pou li ’ a, e sa ka fè l peche kont Kris. Kidonk, se vre kesyon pou w ta pran yon ti fraksyon san toupiti ka yon desizyon pèsonèl, men se yon desizyon tou nou bezwen pran ak anpil prekosyon. — 1 Korentyen 8:8, 11-13 ; 10:25-31.

18. Ki sa yon kretyen ka fè pou l pa kite konsyans li vin ensansib kanta desizyon l ap pran anrapò ak san ?

18 Gen yon lòt aspè nan kesyon an ki montre nan ki pwen nou bezwen pran kesyon san an oserye. Nou vle pale de efè sa ka genyen sou ou. Si aksepte yon ti fraksyon san ap twouble konsyans ou ki fòme grasa Labib, ou fèt pou w koute l. Epitou, ou pa fèt pou w inyore sa konsyans ou di w tou senpleman paske yon moun di w : ‘ Pa gen pwoblèm pou w aksepte yon fraksyon san, gen anpil moun ki fè l. ’ Pa bliye, se pa ni de ni twa moun ki pa koute konsyans yo e konsa konsyans yo vin ensansib. Sa fè yo bay manti oswa yo fè lòt bagay ki pa bon san yo pa gen okenn remò. Definitivman, kretyen yo pa vle tonbe nan sitiyasyon konsa. — 2 Samyèl 24:10 ; 1 Timote 4:1, 2.

19. Lè n ap pran desizyon medikal ki konsène san, ki sa nou fèt pou nou toujou kenbe nan lespri nou ?

19 Prèske nan fen atik yo repibliye nan paj 29-31 La Tour de Garde 15 jen 2004 la, men ki sa nou li : “ Èske lefètke opinyon oswa desizyon ki baze sou konsyans gendwa pa menm, sa fè desizyon sa yo san enpòtans ? Non. Okontrè, se yon bagay ki gen anpil enpòtans. ” Sa enpòtan patikilyèman paske se yon bagay ki konsène relasyon nou ak “ Bondye vivan an ”. Se sèl relasyon sa a ki ka fè yon moun rive nan lavi etènèl, grasa pouvwa san Jezi te vèse a genyen pou l sove moun. Aprann gen yon pwofon respè pou san poutèt fason Bondye itilize l : pou l sove lavi. Pòl te gen rezon ekri pawòl sa yo : “ Nou pa t gen esperans e nou te san Bondye nan monn nan. Men, kounye a, ann inyon ak Kris Jezi, nou menm lontan ki te lwen, nou vin pre grasa san Kris. ” — Efezyen 2:12, 13.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

^ § 13 Te gen yon moman ki rive kote Pòl ansanm ak kat lòt kretyen t al nan tanp lan pou yo pirifye tèt yo nan domèn seremonyèl. Lalwa pa t an vigè ankò, se vre, men Pòl te suiv enstriksyon ansyen Jerizalèm yo te ba li (Travay 21:23-25). Sepandan, gen kèk kretyen ki te ka panse si se te yo menm yo pa t apral nan tanp lan pou yo pousuiv yon demach konsa. Nan epòk la, konsyans tout moun pa t menm, e se menm bagay la jodi a.

^ § 15 Gen yon ansiklopedi, Encyclopaedia Judaica, ki prezante tout yon seri de règ “ konplèks ”, yon seri de règ “ detaye ” konsènan preparasyon vyann “ kasher ” la, sa vle di vyann ki akseptab pou relijyon Jidayis la. Ansiklopedi sa a mansyone konbyen minit yon vyann fèt pou l rete nan dlo, ki jan pou yo fè san an koule sou yon planch, ki jan de sèl pou yo pase sou vyann nan e finalman konbyen fwa pou yo lave l nan dlo frèt.

^ § 16 Nan anpil enjeksyon, engredyan de baz oswa engredyan ki jwe wòl aktif yo pi plis itilize, se yon pwodui sentetik ki pa soti nan san. Men, gen kèk ka kote yo ka ajoute yon ti kantite nan yon fraksyon yo pran nan san, tankou albimin pa egzanp. — Gade “ Questions des lecteurs ” nan La Tour de Garde 1ye oktòb 1994.

Èske w sonje ?

• Ki direktiv Bondye te bay Noye, Izrayelit yo ak kretyen yo konsènan san ?

• Anrapò ak kesyon san an, ki sa Temwen Jewova yo refize kategorikman ?

• Nan ki sans aksepte fraksyon toupiti ki soti nan youn nan konpozan de baz yo se yon kesyon konsyans, men ki sasa pa vle di ?

• Lè n ap pran desizyon, poukisa nou dwe toujou kenbe relasyon nou ak Bondye nan lespri nou ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 16]

(Gade peryodik la)

POZISYON NOU PRAN ANRAPÒ AK SAN

SAN OKONPLÈ

PA AKSEPTAB

Globil wouj

Globil blan

Plakèt

Plasma

SE CHAK KRETYEN KI POU DESIDE

Fraksyon ki soti nan globil wouj

Fraksyon ki soti nan globil blan

Fraksyon ki soti nan plakèt

Fraksyon ki soti nan plasma

[Foto nan paj 14]

Dapre konklizyon kolèj santral la te tire, kretyen yo dwe ‘ evite san ’.

[Foto nan paj 17]

Koute konsyans ou lè w gen pou w pran yon desizyon anrapò ak yon fraksyon san.