Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo ”

“ Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo ”

“ Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo ”

“ Kidonk, ale epi fè disip [...]. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” — MATYE 28:19, 20.

1. Ki konvèsasyon ki te genyen ant yon disip ki rele Filip ansanm ak yon Etyopyen ?

MESYE a se te moun Etyopi. Li te fè yon long vwayaj al Jerizalèm pou adore Jewova, Bondye li renmen an. Aparamman, mesye a te renmen Pawòl Bondye enspire a tou. Pandan l sou cha li l ap retounen lakay li, li t ap li pwofesi Izayi a. E se nan moman sa a Filip, yon disip Kris, te rankontre l. Filip mande Etyopyen an : “ Èske vrèman ou konprann sa w ap li a ? ” Li reponn : “ Ki jan m ta janm fè konprann, si pa gen yon moun ki gide m ? ” Epi Filip kòmanse ede mesye sa a ki t ap etidye Ekriti yo ak tout kè l, pou l vin yon disip Kris. — Travay 8:26-39.

2. a) Poukisa nou di repons Etyopyen an te bay la gen yon pakèt siyifikasyon ? b) Ki kesyon ki gen rapò ak misyon Kris bay pou nou fè disip la nou pral egzamine ?

2 Repons Etyopyen an bay la gen yon pakèt siyifikasyon. Li di : “ Ki jan m ta janm fè konprann, si pa gen yon moun ki gide m ? ” Wi, li te bezwen yon gid, yon moun ki pou montre l chemen an. Pawòl sa a li di a montre enpòtans yon enstriksyon byen espesifik ki genyen nan misyon Jezi te bay pou fè disip la. Ki enstriksyon sa a ? Pou nou jwenn repons lan, annou kontinye egzamine pawòl Jezi te di nan Matye chapit 28 la. Atik ki vin anvan an te egzamine kesyon poukisa e ki kote. Kounye a, nou pral egzamine de lòt kesyon ki gen rapò ak kòmandman Kris la : ki sa e ki lè.

“ Anseye yo pou yo obsève tout bagay ”

3. a) Ki jan yon moun vin yon disip Jezi Kris ? b) Pou nou fè disip, ki sa pou nou anseye ?

3 Ki sa pou nou anseye lòt moun yo pou nou ka ede yo vin disip Kris ? Men kòmandman Jezi te bay disip li yo : “ Kidonk, ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” ​(Matye 28:19, 20). Donk, nou dwe anseye yo bagay Kris te kòmande yo. * Sepandan, ki sa pou nou fè pou nou asire nou yon moun nou anseye kòmandman Jezi yo pap sèlman vin yon disip, men l ap toujou rete yon disip ? Nou jwenn yon pwen kle nan mo Jezi te chwazi itilize yo. Note Jezi pa t senpleman di : ‘ Anseye yo tout bagay mwen te kòmande nou yo. ’ Men pito, li te di : “ Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” ​(Matye 19:17). Ki sa sa vle di ?

4. a) Ki sa obsève yon kòmandman vle di ? b) Bay yon egzanp pou montre kòman pou nou anseye yon moun pou l obsève kòmandman Kris yo.

4 Obsève yon kòmandman vle di “ konfòme aksyon nou ” ak kòmandman sa a, sa vle di obeyi kòmandman an. Kounye a, ki jan pou nou anseye yon moun pou l obsève, oubyen pou l obeyi, bagay Kris te kòmande yo ? Reflechi sou fason yon monitè nan yon oto-ekòl montre elèv li yo respekte regleman sikilasyon. Monitè a kapab anseye elèv yo règ yo lè l nan klas la. Sepandan, pou l anseye elèv yo pou yo obeyi règ sa yo, l ap bezwen gide yo pandan y ap kondui, pandan y ap fè efò pou yo mete tout sa yo te aprann nan klas la an pratik. Menm jan an tou, lè n ap etidye Labib ak moun yo, nou anseye yo kòmandman Kris yo. Men, nou bezwen gide etidyan yo tou pandan y ap fè efò pou yo aplike enstriksyon Kris bay yo nan lavi yo ak nan ministè yo (Jan 14:15 ; 1 Jan 2:3). Kidonk, pou nou obeyi konplètman kòmandman Kris te bay pou nou fè disip la, sa mande pou nou alafwa yon anseyan e yon gid. Konsa, n ap imite egzanp Jezi ansanm ak egzanp Jewova ban nou. — Sòm 48:14 ; Revelasyon 7:17.

5. Sa k fè yon moun n ap etidye avè l kapab ap ezite pou l obeyi kòmandman Kris la ?

5 Anseye lòt moun pou yo obsève kòmandman Jezi yo gen ladan l pou nou ede yo obeyi kòmandman pou nou fè disip la. Sa ka parèt yon travay difisil pou anpil moun n ap etidye Labib avèk yo. Menmsi anvan sa, yo te manm aktif nan Legliz lakretyente yo, li pwobab pou chèf relijye yo te genyen yo pa t janm anseye yo pou y al fè disip. Gen kèk dirijan Legliz ki gen franchiz pou rekonèt Legliz lakretyente yo pa anseye fidèl yo pou yo evanjelize ditou. Konsènan kòmandman Jezi bay pou disip yo ale nan monn nan pou ede tout kalite moun vin disip, gade ki sa yon biblis ki rele John Stott di : “ Jodi a, pi gwo feblès nou antanke kretyen evanjelik, nan aktivite ki gen rapò ak evanjelizasyon an, se obeyi nou pa obeyi kòmandman sa a nan tout sa l enplike. ” Men sa li ajoute : “ Nou gen tandans pwoklame mesaj la a distans. Pafwa, nou fè tankou moun k ap konseye moun k ap nwaye, nou ret bò lanmè a n ap di yo sa pou yo fè. Nou pa plonje pou n al sove yo. Nou pè pou n pa mouye. ”

6. a) Lè n ap ede yon etidyan Labib, ki jan nou ka imite egzanp Filip ? b) Lè yon etidyan nou fèk ap kòmanse preche, ki jan nou ka montre enterè nou gen pou li ?

6 Si yon moun n ap etidye Labib avè l te fè pati yon relijyon ki gen manm li yo ki “ pè pou yo pa mouye ”, se kòmsi moun sa a pè dlo, sa kapab yon defi pou li pou l rive venk krent sa a pou l obeyi kòmandman Kris te bay ki mande pou nou fè disip la. Moun sa a ap bezwen èd. Donk, nou bezwen pasyan pandan n ap enstwi l, pandan n ap gide l, pou konpreyansyon l vin pi pwofon e pou l ka aji, menm jan ansèyman Filip yo te fè Etyopyen an pi byen konprann e sa te motive l pou l batize (Jan 16:13 ; Travay 8:35-38). Anplis de sa, etandone nou vle anseye etidyan yo pou yo obsève kòmandman ki mande pou nou fè disip la, sa pouse nou pou nou ansanm avèk yo pou gide yo lè yo fèk kòmanse preche Wayòm nan. — Eklezyas 4:9, 10 ; Lik 6:40.

“ Tout bagay ”

7. Lè n ap anseye moun yo pou yo “ obsève tout bagay ”, ki kòmandman sa gen ladan l ?

7 Nou pap kontante nou pou nou annik anseye nouvo disip yo pou yo fè disip. Jezi ban nou enstriksyon pou nou anseye lòt moun pou yo “ obsève tout bagay ” li te kòmande yo. Asireman, sa gen ladan l de pi gwo kòmandman yo : renmen Bondye e renmen pwochen w (Matye 22:37-39). Ki jan nou ka anseye yon nouvo disip pou l obsève de kòmandman sa yo ?

8. Bay yon egzanp pou montre fason yo ka anseye yon nouvo disip kòmandman ki mande pou l gen lanmou an ?

8 Fè yon ti reflechi ankò sou egzanp elèv k ap aprann kondui a. Pandan l pran lari ak monitè a bò kote l, gen de fason l ap aprann. Li aprann nonsèlman lè l koute sa monitè a ap di l, men tou li aprann lè l wè sa lòt chofè fè. Pa egzanp, monitè a kapab atire atansyon l sou jantiyès yon chofè ki kite yon lòt chofè pase devan l, oswa sou koutwazi yon chofè ki mete machin li sou ti limyè pou l pa vegle je chofè k ap vin anfas yo, oubyen tou yon chofè k ap bay yon kamarad ki gen machin li anpàn yon koutmen. Egzanp sa yo bay etidyan an bèl leson l ap kapab aplike lè l ap kondui. Se menm jan an, yon nouvo disip k ap vwayaje sou chemen lavi a pa aprann sèlman nan men moun k ap etidye avè l la, men li aprann tou grasa bèl egzanp l ap wè devan l nan kongregasyon an. — Matye 7:13, 14.

9. Ki jan yon nouvo disip kapab aprann sa sa vle di obsève kòmandman ki mande pou nou gen lanmou an ?

9 Pa egzanp, yon etidyan Labib kapab obsève yon paran ki poukont li k ap fè gwo efò pou l mennen pitit li nan Sal Wayòm. Li kapab wè yon moun ki dekouraje, men ki toujou la nan reyinyon malgre l ap lite ak yon depresyon. Li kapab wè yon vèv ki aje ki mennen lòt moun aje nan chak reyinyon, oubyen tou yon jèn k ap patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan. Etidyan an kapab remake yon ansyen nan kongregasyon an ki pran latèt nan predikasyon ak fidelite malgre tout responsablite li gen nan kongregasyon an. Li kapab fè konesans ak yon Temwen ki enfim e ki oblije ret lakay li, men ki se yon sous ankourajman espirityèl pou tout moun ki vizite l. Etidyan an kapab obsève yon koup k ap fè gwo chanjman nan fason y ap viv pou yo ka rive pran swen paran yo ki aje. Lè nouvo disip la wè jan de kretyen sa yo, ki gen bonte, ki sèvyab, kretyen lòt moun ka konte sou yo, grasa egzanp kretyen sa yo, li vin aprann sa sa vle di pou yon moun obeyi kòmandman Kris ki mande pou nou renmen Bondye e pou nou renmen pwochen nou, sitou kwayan parèy nou yo (Pwovèb 24:32 ; Jan 13:35 ; Galat 6:10 ; 1 Timote 5:4, 8 ; 1 Pyè 5:2, 3). Konsa, chak manm kongregasyon an kapab yon anseyan e yon gid, e se sa menm yo dwe ye. — Matye 5:16.

“ Jiskaske sistèm de choz la fini ”

10. a) Pou konbyen tan n ap kontinye fè disip ? b) Ki egzanp Jezi ban nou nan kesyon akonpli yon travay ?

10 Jis ki lè nou ta dwe kontinye fè disip ? Jiskaske sistèm de choz la fini (Matye 28:20). Èske n ap anmezi pou nou akonpli aspè sa a nan misyon Jezi ban nou an ? Antanke òganizasyon mondyal, nou detèmine pou nou fè sa. Nan ane ki sot pase yo, se ak kè kontan nou te bay tan nou, enèji nou ansanm ak resous nou pou nou jwenn moun ki nan “ dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl la ”. (Travay 13:48.) Aktyèlman, nan lemonnantye, Temwen Jewova yo pase chak jou, an mwayèn, plis pase twa milyon èdtan nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la. Si nou fè sa, se paske n ap suiv egzanp Jezi. Men sa l te di : “ Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan pou m fin fè travay li nèt. ” ​(Jan 4:34). Se sa nou menm tou nou vle ak tout kè nou (Jan 20:21). Nou pa sèlman vle kòmanse travay yo te konfye nou an, nou vle fini l tou. — Matye 24:13 ; Jan 17:4.

11. Ki sa k rive kèk nan frè ak sè nou yo, e ki kesyon nou ta fèt pou nou poze tèt nou ?

11 Sepandan, sa fè nou mal lè nou wè kèk nan frè ak sè nou yo vin fèb espirityèlman, epi yo vin ralanti oubyen yo menm kanpe, yo sispann obeyi kòmandman Kris te bay ki mande pou nou fè disip la. Èske gen yon fason nou kapab ede yo pou yo rekòmanse frekante kongregasyon an ankò e pou yo rekòmanse nan travay fè disip la (Women 15:1 ; Ebre 12:12) ? Fason Jezi te ede apot li yo lè yo te febli pandan yon ti moman an montre nou sa nou ka fè jodi a.

Montre nou gen sousi pou yo

12. a) Yon ti tan anvan Jezi mouri, ki sa apot yo te fè ? b) Ki jan Jezi te aji avèk apot yo malgre yo te montre yo gen gwo feblès lakay yo ?

12 Nan fen ministè Jezi sou tè a, lè lanmò l t ap pwoche, apot yo te “ abandone l e yo kouri ale ”. Sa pase jan Jezi te anonse l la, ‘ yo te gaye, chak moun t al lakay yo ’. (Mak 14:50 ; Jan 16:32.) Kòman Jezi te aji avèk konpayon l yo ki te febli espirityèlman ? Yon ti tan apre Jezi fin resisite, li te di kèk nan disip li yo : “ Nou pa bezwen pè ! Al bay frè m yo nouvèl la, pou yo ka al Galile, e se la y ap wè m. ” ​(Matye 28:10). Byenke apot yo te gen gwo feblès lakay yo, Jezi te kontinye rele yo “ frè m ”. (Matye 12:49.) Li pa t pèdi konfyans nan yo. Konsa, Jezi te montre li gen mizèrikòd e li gen padon menm jan ak Jewova (2 Wa 13:23). Ki jan nou ka imite Jezi ?

13. Ki jan nou ta dwe konsidere moun ki febli espirityèlman yo ?

13 Nou dwe gen bonjan sousi pou moun ki ralanti nan ministè yo oswa ki sispann preche. Nou pa bliye lanmou frè ak sè sa yo te demontre lontan, petèt anpil ladan yo te fè sa pandan plizyè dizèn ane (Ebre 6:10). Se pa ti sonje nou sonje moman nou te konn pase ak konpayon sa yo (Lik 15:4-7 ; 1 Tesalonisyen 2:17). Kounye a, ki jan nou ka demontre sousi nou pou yo ?

14. Menm jan ak Jezi, ki jan nou kapab ede yon moun ki febli ?

14 Jezi te di apot li yo ki te dekouraje pou y ale Galile paske se la y ap wè l. Nan yon sèten sans, Jezi te envite yo nan yon reyinyon espesyal (Matye 28:10). Menm jan an tou jodi a, nou ankouraje moun ki febli espirityèlman yo pou yo vin asiste reyinyon kongregasyon an, e petèt n ap bezwen envite yo plizyè fwa. Nan ka apot yo, envitasyon an te pote fwi, paske “ onz disip yo te ale Galile, nan montay kote Jezi te ba yo randevou a ”. (Matye 28:16.) Ala kontan nou kontan lè moun ki febli yo reponn envitasyon nou te fè yo e yo rekòmanse asiste reyinyon ! — Lik 15:6.

15. Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi nan fason n ap akeyi moun ki febli ki vin nan reyinyon ?

15 Ki jan pou nou reyaji lè yon kretyen ki febli vin nan Sal Wayòm nan ? Byenke fwa apot Jezi yo te febli pandan yon ti tan, ki sa Jezi te fè lè l te wè yo parèt kote li te ba yo randevou a ? “ Jezi pwoche pou l pale avèk yo. ” ​(Matye 28:18). Li pa t kanpe ap gade yo a distans, men li te mache al jwenn yo. Eseye imajine jan apot yo dwe te santi yo soulaje lè Jezi te pran inisyativ sa a ! Èske nou menm tou nou pa ka pran inisyativ pou nou akeyi moun ki febli espirityèlman ki fè efò yo vin nan reyinyon kongregasyon an ?

16. a) Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te aji avèk disip li yo ? b) Ki jan nou ka reflete menm etadespri ak Jezi anvè moun ki febli yo (Gade nòt anba paj la) ?

16 Ki lòt bagay ankò Jezi te fè ? Premyèman, li ba yo yon nouvèl : “ Mwen resevwa tout pouvwa. ” Dezyèmman, li ba yo yon travay : “ Ale epi fè disip. ” E twazyèmman, li fè yo yon pwomès : “ Mwen avèk nou toule jou. ” Men, èske w remake ki sa Jezi pa t fè ? Li pa t repwoche disip yo poutèt yo te febli oubyen poutèt yo gen dout (Matye 28:17). Èske fason l te fè a te efikas ? Wi. Paske sa pa t pran anpil tan pou apot yo te rekòmanse ap ‘ anseye e ap anonse bon nouvèl la ’. (Travay 5:42.) Si, nan fason nou konsidere moun ki febli yo ak nan fason nou aji avèk yo, nou imite egzanp Jezi, nou kapab wè gen menm rezilta ankourajan sa yo nan kongregasyon nou. * — Travay 20:35.

“ Mwen avèk nou toule jou ”

17, 18. Ki panse rekonfòtan nou jwenn nan dènye pawòl Jezi yo, kote li di : “ Mwen avèk nou toule jou ” a ?

17 Tout moun k ap fè efò pou akonpli kòmandman Kris te bay pou fè disip la jwenn fòs nan dènye pawòl Jezi te di lè l t ap bay misyon l lan, li te di : “ Mwen avèk nou toule jou. ” Kèlkeswa opozisyon ènmi yo fè kont travay predikasyon Wayòm nan, kèlkeswa manti yo ta lage sou do nou, nou pa gen okenn rezon pou nou pè. Poukisa nou pa dwe pè ? Paske Jezi, Chèf nou an ki gen “ tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a ”, ansanm avèk nou pou soutni nou.

18 Pwomès Jezi fè, kote li di : “ Mwen avèk nou toule jou ” a, se yon gwo rekonfò li ye tou. Pandan n ap lite pou nou obeyi kòmandman Kris te bay pou nou fè disip la, gende jou ki pote lajwa, men gende jou ki pote tristès (2 Kwonik 6:29). Gen kèk nan nou ki viv moman tristès akoz yon moun pwòch nou ki mouri (Jenèz 23:2 ; Jan 11:33-36). Gen lòt menm k ap antre nan granmoun, e sante yo ak fòs yo ap diminye (Eklezyas 12:1-6). Gen lòt ankò ki pase move moman ak yon depresyon k ap akable yo (1 Tesalonisyen 5:14). San nou pa bliye, chak jou gen pi plis nan nou ki vin gen gwo difikilte ekonomik. Toutfwa, malgre tout difikilte sa yo, nou reyisi nan ministè nou paske Jezi ansanm avèk nou “ toule jou ”, menm jou bagay yo pi tris pou nou yo. — Matye 11:28-30.

19. a) Ki enstriksyon nou jwenn nan misyon Jezi te bay la ? b) Ki sa ki fè nou kapab akonpli misyon Kris konfye nou an ?

19 Tankou nou wè sa ni nan atik sa a ni nan atik ki vin anvan an, misyon Jezi bay pou nou fè disip la anglobe tout aspè. Jezi di nou poukisa e ki kote pou nou fè travay sa a. Li di nou tou ki sa nou dwe preche e jis ki lè pou nou fè sa. Se vre, se yon defi pou nou akonpli gwo misyon sa a. Men, etandone nou gen pouvwa Kris la k ap soutni nou e nou gen Kris bò kote nou, nou kapab akonpli l. Se pa sa w panse tou ?

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gen yon ouvraj referans ki atire atansyon sou lefètke Jezi te di “ batize yo [...], anseye yo ”, men li pa t di ‘ batize yo epi anseye yo ’. Kòmandman pou nou batize e pou nou anseye a, se pa “ de aksyon ki oblije mache youn dèyè lòt ”. Okontrè, “ anseye se yon aktivite ki pwogresif, ki kòmanse anvan batèm [...] e ki kontinye tout apre batèm ”.

^ § 16 N ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou nou konsidere moun ki febli yo ak fason pou nou ede yo nan Toudegad 1ye fevriye 2003, paj 23-26.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki fason nou anseye lòt moun pou yo obsève bagay Jezi te kòmande yo ?

• Ki sa yon nouvo disip kapab aprann nan men lòt moun nan kongregasyon an ?

• Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki febli espirityèlman yo ?

• Ki fòs e ki rekonfò nou jwenn nan pwomès Jezi te fè kote li te di : “ Mwen avèk nou toule jou ” a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Montre nou alafwa yon anseyan e yon gid.

[Foto nan paj 28]

Yon nouvo disip tire leson enpòtan nan egzanp lòt moun.