Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lavi se yon don ki merite pou nou ba l valè

Lavi se yon don ki merite pou nou ba l valè

Lavi se yon don ki merite pou nou ba l valè

“ San Kris [...] ap netwaye konsyans nou pou li retire zèv ki san valè yo, yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis ki sakre. ” — EBRE 9:14.

1. Ki bagay ki montre nou bay lavi anpil valè.

SI YO ta mande w ki valè lavi w genyen, ki sa w t ap reponn ? Lavi se bagay ki gen anpil valè pou nou, kit se vi pa nou, kit se vi pa lòt moun. Yon bagay ki montre sa sèke n al kay doktè lè nou malad oswa lè nou bezwen wè si nou pa malad. Nou ta renmen toujou ap viv e pou nou an bòn sante. Menm moun ki granmoun oswa ki enfim, pou laplipa, yo pa ta renmen mouri, yo ta renmen toujou ap viv.

2, 3. a) Sou ki obligasyon Pwovèb 23:22 mete aksan ? b) Ki rapò obligasyon Pwovèb 23:22 mansyone a genyen ak Bondye ?

2 Fason w konsidere lavi gen yon efè sou relasyon w ak moun ki bò kote w. Pa egzanp, men ki enstriksyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a : “ Koute papa w ki fè w, e pa meprize manman w tou senpleman paske l vyeyi. ” ​(Pwovèb 23:22). “ Koute ” pa sèlman vle di tande mo yon moun pwononse. Pwovèb sa a vle di pou yon moun tande e apre sa pou l obeyi (Egzòd 15:26 ; Detewonòm 7:12 ; 13:18 ; 15:5 ; Jozye 22:2 ; Sòm 81:13). Ki rezon Pawòl Bondye a bay pou yon moun koute sa manman l ak papa l di l ? Se pa sèlman paske yo pi gran pase w oswa paske yo gen plis eksperyans. Dapre Bib la, se paske se yo ki “ fè w ”. Men ki jan kèk tradiksyon tradui vèsè sa a : “ Koute papa w, li menm ki ba w lavi. ” Nou ka konprann sa, si ou bay lavi w valè, w ap santi ou gen obligasyon anvè moun ki ba w lavi a.

3 Natirèlman, si w se yon vrè kretyen, ou rekonèt se Jewova ki Sous lavi w. Grasa li, ou “ gen lavi ”, ou kapab “ fè mouvman ”, ou kapab aji antanke kreyati ki epwouve santiman. Kounye a, ou “ egziste ”, ou kapab panse a lavni e ou kapab planifye avni sa a. Ou kapab menm planifye lavi etènèl ou (Travay 17:28 ; Sòm 36:9 ; Eklezyas 3:11). Ann amoni ak Pwovèb 23:22, li byen pou nou “ koute ” Bondye, pou nou obeyi l, pou nou chèche konprann pwennvi li genyen sou lavi e pou nou aji nan menm sans avè l, olye pou nou adopte pwennvi lòt moun genyen sou lavi.

Respekte lavi

4. Nan kòmansman istwa lèzòm, ki jan kesyon respè pou lavi a te soulve ?

4 Byen bonè nan listwa lèzòm, Jewova te klè sou yon pwen : li pa t ap bay lèzòm libète pou yo fè sa yo vle ak lavi. Akoz yon gwo kòlè, yon gwo jalouzi ki te monte Kayen, li te detwi lavi frè l, Abèl, yon inosan. Èske w panse Kayen te gen dwa pran yon desizyon konsa konsènan lavi ? Bondye pa t panse li te gen dwa fè sa. Li te mande Kayen kont pou sa l te fè a : “ Sa w sot fè la a ? Tande, san frè w la ap rele nan pye m etan l atè a. ” ​(Jenèz 4:10). Yon bagay pou nou remake sèke san Abèl ki te atè a te reprezante lavi l, yon vi yo te detwi anvan lè, e san sa a t ap rele mande Bondye jistis. — Ebre 12:24.

5. a) Nan epòk Noye a, ki entèdiksyon Bondye te bay, e kiyès sa te konsène ? b) Nan ki sans entèdiksyon sa a se te yon etap enpòtan ?

5 Apre delij la, limanite te rekòmanse ak uit moun sèlman. Nan yon deklarasyon Bondye te fè ki konsène tout moun, li te bay plis detay sou pwennvi l genyen sou lavi ak san. Li te di moun ka manje vyann bèt, men li te tou bay restriksyon sa a : “ Tout bèt k ap deplase e ki vivan ka sèvi nouriti pou nou. Menm jan ak vejetasyon ki vèt, mwen ban nou tout sa. Sèlman, chè a ak nanm li, sa vle di san li, nou pa gen dwa manje l. ” ​(Jenèz 9:3, 4). Pou anpil Juif, pawòl sa yo vle di moun pa fèt pou yo manje vyann oswa san yon bèt si li poko mouri. Men, avèk letan, moun t apral wè klèman se entèdi Bondye entèdi moun pou yo pa ni manje ni bwè san pou yo rete an vi. Mete sou sa, dekrè sa a Bondye te bay Noye a se te yon etap enpòtan nan dispozisyon li t apral pran pi devan pou pèmèt limanite jwenn lavi etènèl, yon gwo dispozisyon ki gen rapò ak san.

6. Pa mwayen Noye, ki jan Bondye te souliye pwennvi l sou valè lavi genyen ?

6 Apre sa Bondye di : “ San ki soti nan nanm nou, m ap reklame l. Nan men tout kreyati ki vivan, m ap reklame l, e nan men yon moun, nan men chak moun ki frè l, m ap reklame nanm moun. Nenpòt moun ki vèse san moun, moun gen pou vèse san pa l, paske se nan imaj Bondye li fè moun. ” ​(Jenèz 9:5, 6). Lè nou egzamine deklarasyon sa a Bondye te fè pou tout limanite, nou ka konprann sa : pou Bondye san yon moun reprezante lavi l. Se Kreyatè a ki bay yon moun lavi, e pyès moun pa fèt pou l pran lavi sa a san an reprezante a. Si, menm jan ak Kayen, yon moun touye yon moun parèy li, Kreyatè a gen dwa “ reklame ” lavi moun ki komèt krim nan.

7. Poukisa deklarasyon Bondye te fè bay Noye konsènan san an fèt pou enterese nou ?

7 Bondye te fè deklarasyon sa a pou l montre lèzòm yo pa fèt pou yo mal sèvi ak san. Èske ou konn mande tèt ou poukisa ? E ki sa ki kache dèyè pwennvi sa a Bondye genyen sou san an ? Anfèt, repons kesyon sa yo gen rapò ak youn nan ansèyman ki pi enpòtan nou jwenn nan Bib la. Se pwen fondamantal mesaj kretyen yo ap preche a, aktout gen anpil legliz ki chwazi vag sou li. Ki ansèyman ? Epitou, nan ki sans sa konsène lavi w, sa konsène desizyon w ap pran ak aksyon w ap poze ?

San : ki itilizasyon ki kòrèk ?

8. Dapre Lalwa, ki restriksyon Jewova te bay konsènan itilizasyon san ?

8 Jewova te vin founi plis detay sou lavi ak san lè li te bay Izrayelit yo kòd Lwa a. Pandan l ap ba yo kòd Lwa sa a, li te tou franchi yon lòt etap anrapò ak akonplisman pwogram li. Siman, ou okouran de sa, Lalwa te mande pou moun fè ofrann bay Bondye, ofrann tankou manje angren, luil ak diven (Levitik 2:1-4 ; 23:13 ; Nonb 15:1-5). Te gen sakrifis bèt ki te konn fèt tou. Anpalan de sakrifis sa yo, men ki sa Bondye di : “ Nanm chè a se nan san an li ye, e mwen menm mwen mete l sou lotèl la pou nou fè pwopisyasyon pou nanm nou, paske se san an ki fè pwopisyasyon grasa nanm ki nan li a. Se poutèt sa mwen di pitit gason Izrayèl yo : ‘ Okenn nanm pami nou pa fèt pou l manje san. ’” Apre sa, Jewova di si yon moun kèlkonk, yon chasè oswa yon fèmye, touye yon bèt pou l manje, li fèt pou l kite tout san an koule, e apre sa, fòk li kouvri san sa a ak pousyè. Piske tè a se machpye Bondye, lè yon moun vèse san an atè, sa vle di li rekonèt lavi retounen jwenn Moun ki te bay lavi a. — Levitik 17:11-13 ; Izayi 66:1.

9. Ki sèl itilizasyon Lalwa te pèmèt yo fè ak san, e nan ki objektif ?

9 Lwa sa a se pa t yon senp seremoni relijye ki pa gen okenn enpòtans pou nou. Èske w remake pou ki rezon Izrayelit yo pa t fèt pou yo ni manje san ni bwè san ? Men ki sa Bondye te di : “ Se poutèt sa mwen di pitit gason Izrayèl yo : ‘ Okenn nanm pami nou pa fèt pou l manje san. ’” Pou ki rezon ? “ Mwen menm mwen mete [san] sou lotèl la pou nou fè pwopisyasyon pou nanm nou. ” Èske w wè poukisa Bondye te di Noye moun pa fèt pou yo manje san ? Se Kreyatè a ki deside konsidere san an kòm yon bagay ki gen yon kokenn siyifikasyon, se li menm ki rezève l pou yon sèvis espesyal, yon fason pou l ka sove lavi anpil moun. Li ta gen pou l jwe yon wòl enpòtan nan pwopisyasyon ki ta gen pou fèt pou peche. Konsa, sou Lalwa, sèl itilizasyon Bondye te otorize moun fè ak san se te pou fè pwopisyasyon sou lotèl pou lavi Izrayelit yo ki te vle jwenn padon nan men Jewova.

10. Poukisa san bèt pa t ka fè moun jwenn yon padon konplè, e ki rapèl sakrifis ki te konn fèt sou Lalwa yo te fè ?

10 Kretyen yo tou te adopte nosyon itilize san pou fè pwopisyasyon an. Anpalan de dispozisyon sa a Bondye te pran dapre Lalwa, apot Pòl, yon kretyen, te di : “ Selon Lalwa, prèske tout bagay vin pwòp avèk san, e pa gen padon si pa gen san ki vèse. ” ​(Ebre 9:22). Pòl te esplike sa klè, sakrifis ki te konn fèt yo pa t fè Izrayelit yo vin pafè ni li pa t fè yo vin san peche. Men sa li te ekri : “ Grasa sakrifis sa yo gen yon rapèl ki fèt pou peche yo ane apre ane, paske li pa posib pou san towo ak san kabrit retire peche. ” ​(Ebre 10:1-4). Toutfwa, sakrifis yo te gen itilite yo. Yo te la pou raple Izrayelit yo se pechè yo ye e yo bezwen yon bagay ki gen pi plis valè pou yo ka jwenn padon konplètman. Men, si san ki reprezante lavi bèt yo pa ka fè pwopisyasyon konplètman pou peche moun, èske gen yon lòt san ki ka fè sa ?

Moun ki bay lavi a vin ak solisyon an

11. Ki jan nou fè konnen san bèt yo te konn ofri an sakrifis yo te atire atansyon sou yon lòt bagay ?

11 An reyalite, Lalwa te atire atansyon sou yon bagay ki te pi enpòtan lontan anrapò ak akonplisman volonte Bondye. Pòl mande : “ Kidonk, poukisa yo te bay Lalwa ? ” Men ki repons li bay : “ Yo te ajoute l pou fè peche parèt byen klè, jiskaske semans lan vini, semans ki te jwenn pwomès la. E yo te sèvi ak zanj pou transmèt li, pa filyè yon medyatè [Moyiz]. ” ​(Galat 3:19). Nan menm sans lan, Pòl ekri : “ Lalwa gen lonbray bon bagay ki gen pou vini yo, men li pa gen bon bagay yo an yo menm. ” — Ebre 10:1.

12. Anrapò ak san, ki jan nou ka wè pwogram Bondye k ap eklèsi ?

12 An rezime, nou te wè, nan epòk Noye a, Bondye te otorize moun manje bèt pou yo ka rete an vi, men yo pa t ka manje san bèt la. Apre sa, Bondye te di “ nanm chè a se nan san an li ye ”. Wi, li deside konsidere san kòm yon bagay ki reprezante lavi. Anplis de sa, li di : “ Mwen menm mwen mete [san] sou lotèl la pou nou fè pwopisyasyon pou nanm nou. ” Sepandan, pi devan, t apral gen yon lòt bèl eklèsisman anrapò ak pwogram Bondye. Lalwa te prefigire yon seri de bon bagay ki ta gen pou vini. Ki bagay sa yo ?

13. Poukisa lanmò Jezi enpòtan ?

13 Reyalite a chita sou lanmò Jezi Kris. Ou konnen yo te tòtire Jezi e yo te kloure l sou yon poto, pa vre ? Li te mouri tankou yon kriminèl. Pòl te ekri : “ Alòske nou te toujou fèb, Kris te mouri pou moun ki san respè pou Bondye, nan tan fikse a. [...] Men ki jan Bondye rekòmande nou pwòp lanmou li : alòske nou te toujou pechè, Jezi mouri pou nou. ” ​(Women 5:6, 8). Kris mouri pou nou e, kòm rezilta, li tou founi ranson ki pou kouvri peche nou yo. Se ranson sa a ki baz mesaj kretyen yo ap preche a (Matye 20:28 ; Jan 3:16 ; 1 Korentyen 15:3 ; 1 Timote 2:6). Ki rapò sa genyen ak san e ak lavi an jeneral ? Ki rapò sa genyen ak lavi pa w ?

14, 15. a) Ki jan kèk tradiksyon Labib mete aksan sou lanmò Jezi nan fason yo tradui Efezyen 1:7 ? b) Ki pwen nou jwenn nan Efezyen 1:7 nou ta ka rate ?

14 Gen plizyè legliz ki mete aksan sou lanmò Jezi. Ou konn menm jwenn manm legliz sa yo k ap pale, ki di : “ Jezi te mouri pou mwen. ” Gade ki jan yon seri de tradiksyon Labib tradui Efezyen 1:7 : “ Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. ” ​(Bib la). “ Grasa lanmò Kris, nou libere, e peche nou padone. ” ​(Today’s English Version, 1966). “ Se nan Kris, grasa li e grasa sakrifis li fè ak lavi l la ki fè nou jwenn liberasyon, yon liberasyon ki vle di padon pou peche nou. ” ​(William Barclay, The New Testament, 1969). “ Se grasa lanmò Kris peche nou padone, e nou libere. ” ​(The Translator’s New Testament, 1973). Lè nou egzamine tradiksyon sa yo, nou ka wè yo tout mete aksan sou lanmò Jezi. Gen moun ki ta ka di : ‘ Men, èske lanmò Jezi pa enpòtan ? Ki pwoblèm ki genyen nan tradiksyon sa yo ? ’

15 An reyalite, si se sèlman tradiksyon sa yo ou ta gen a dispozisyon w, ou t ap rate yon pwen trèzenpòtan, e sa t ap limite fason ou konprann mesaj nou jwenn nan Bib la. Tradiksyon sa yo pa montre gen yon mo grèk nan tèks orijinal Efezyen 1:7 la ki vle di “ san ”. Se sa k fè, gen anpil tradiksyon ki rete pi pre ak tèks orijinal la, tankou pa egzanp Traduction du monde nouveau ki di : “ Pa mwayen l nou jwenn liberasyon nan ranson an, grasa san sila a, wi nou jwenn padon pou fot nou yo, selon richès favè l, favè moun pa merite. ”

16. Lè yo pale de “ san sila a ”, a ki sa sa dwe fè nou panse ?

16 Lè yo di “ san sila a ” nan vèsè a, se yon ekspresyon ki gen yon kokenn siyifikasyon e ki dwe fè nou reflechi anpil. Sa ki te nesesè a se yon bagay ki plis pase lanmò yon moun, menm pase lanmò Jezi, yon moun pafè. Li te akonpli sa ki te predi nan Lalwa, sitou sa ki gen rapò ak jou Pwopisyasyon an. Se te yon jou espesyal kote yo te konn ofri yon seri de bèt byen presi an sakrifis. Ansuit, gran prèt la te konn pran yon pati nan san bèt yo, li antre nan Trèsen tabènak la avè l oswa nan Trèsen tanp lan, e lè l rive la, li te konn prezante san sa a devan Bondye, kòmsi se an prezans Bondye menm gran prèt la te ye. — Egzòd 25:22 ; Levitik 16:2-19.

17. Ki jan Jezi te akonpli sa jou Pwopisyasyon an te prefigire a ?

17 Jan Pòl esplike sa, Jezi te akonpli sa jou Pwopisyasyon an te prefigire a. Toudabò, li di, ann Izrayèl, gran prèt la te konn antre nan Trèsen an yon fwa chak ane ak san li te konn ofri ni “ pou tèt li ak pou peche pèp la fè nan inyorans yo ”. (Ebre 9:6, 7.) Ann amoni ak sa ki te konn pase jou sa a, apre Jezi te fin resisite antanke espri, li t al nan syèl la menm. Antanke espri, ki pa gen ni chè ni san, li te anmezi pou l parèt pou nou devan “ fas Bondye ”. Ki sa li te prezante bay Bondye ? Se pa yon bagay fizik, men li te prezante yon bagay ki gen yon kokenn siyifikasyon. Men ki sa Pòl di ansuit : “ Lè Kris te vini antanke gran prèt [...], li te antre, non pa ak san kabrit ni ak san jèn towo, men ak pwòp san pa l, yon fwa pou tout, kote ki sakre a e li te jwenn yon delivrans etènèl pou nou. Paske, si san bouk kabrit ansanm ak san towo bèf [...] sangtifye yo jiskaske chè yo vin pwòp, ou pa bezwen mande ki jan san Kris la ki, grasa yon espri etènèl, te ofri tèt li san tach bay Bondye, ap netwaye konsyans nou pou li retire zèv ki san valè yo yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis ki sakre. ” Wi, san Jezi te vèse a, li te prezante valè l bay Bondye. — Ebre 9:11-14, 24, 28 ; 10:11-14 ; 1 Pyè 3:18.

18. Poukisa sa Bib la di sou san an gen anpil enpòtans pou kretyen yo jodi a ?

18 Verite sa a nou konnen grasa Bondye a ede nou konprann tout dimansyon esplikasyon Bib la bay sou san an. Li ede nou konprann poukisa Bondye konsidere san jan l konsidere l la, ki jan nou menm nou fèt pou nou konsidere l, e poukisa nou fèt pou nou respekte restriksyon Bondye fikse konsènan itilizasyon san an. Lè nou li liv ki nan Ekriti grèk yo, nou jwenn yon kantite referans ki gen rapò ak san Kris. (Gade kare a.) Sa montre klèman se chak kretyen ki dwe mete fwa yo nan ‘ san Jezi ’. (Women 3:25.) Nou ka jwenn padon e nou ka anpè ak Bondye sèlman “ grasa san [Jezi] te vèse ” a (Kolosyen 1:20). Se yon bagay ki vre, nan ka moun Jezi te fè alyans ak yo pou y al reye nan syèl la avèk li (Lik 22:20, 28-30 ; 1 Korentyen 11:25 ; Ebre 13:20). Men, se yon bagay ki vre tou nan ka “ gwo foul moun ” ki egziste jodi a e ki gen pou chape anba “ gwo tribilasyon an ” pou y al jwenn lavi etènèl nan paradi ki pral gen sou tè a. Nan yon sans senbolik, moun sa yo ‘ lave wòb yo nan san Timouton an ’. — Revelasyon 7:9, 14.

19, 20. a) Poukisa Bondye chwazi limite fason moun ap itilize san, e ki jan sa fè w santi w ? b) Ki sa ou ta fèt pou w anvi konnen ?

19 Li evidan, san se bagay ki gen yon siyifikasyon espesyal nan je Bondye. Se ta dwe menm bagay la pou nou. Piske Kreyatè a bay lavi anpil enpòtans, li gen dwa pou l limite itilizasyon moun ap fè ak san. Se sousi li genyen pou lavi nou ki fè li vle pou san sèvi sèlman nan fason ki gen tout enpòtans sa a, e dayè, se sèl fason sa a ki rann lavi etènèl posib. Itilizasyon sa a gen rapò ak san Jezi, ki gen anpil valè. Èske nou pa dwe montre nou rekonesan dèske Jewova te pran dispozisyon sa a pou byen nou, dèske li itilize san, san Jezi, pou nou ka jwenn lavi etènèl ? E, èske nou pa dwe montre nou rekonesan tou dèske Jezi te dakò pou san l vèse pou nou ? Franchman, nou anmezi pou nou konprann santiman ki t ap travèse apot Jan lè l te ekri pawòl sa yo : “ Li menm ki renmen nou an e ki libere nou anba peche nou yo grasa pwòp san l. E ki fè nou tounen yon wayòm, ki fè nou tounen prèt pou Bondye l la, pou Papa l, wi se pou l resevwa glwa ak pisans pou tout tan. Amèn. ” — Revelasyon 1:5, 6.

20 Se depi lontan Bondye nou an, ki saj anpil e ki ban nou lavi, te gen nan pwojè l pou san jwe wòl sa a : sove lavi. Kounye a, kesyon nou ta ka poze se : ‘ Ki efè dispozisyon sa a dwe genyen sou desizyon nou ak fason nou aji ? ’ Se kesyon sa a atik ki vin apre a pral reponn.

Ki repons ou ta bay ?

• Lè nou egzamine istwa Abèl ak Noye, ki sa nou ka aprann lè nou reflechi sou fason Bondye konsidere san ?

• Nan Lalwa, ki limit Bondye te fikse nan fason pou moun itilize san, e poukisa ?

• Ki jan Jezi te akonpli sa jou Pwopisyasyon an te prefigire a ?

• Ki jan san Jezi ka sove lavi nou ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 12]

SAN KI MOUN KI KA SOVE LAVI ?

“ Fè atansyon ak tèt nou e ak tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou pran swen kongregasyon Bondye a, kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a. ” — Travay 20:28.

“ Donk, piske kounye a yo deklare nou jis grasa san li, n ap sove plis toujou anba kòlè, grasa li. ” — Women 5:9.

“ Nou pa t gen esperans e nou te san Bondye nan monn nan. Men, kounye a, ann inyon ak Kris Jezi, nou menm lontan ki te lwen, nou vin pre grasa san Kris. ” — Efezyen 2:12, 13.

“ Paske Bondye twouve li bon pou tout bagay nèt abite nan li, e l ap fè lapè grasa san li te vèse sou poto soufrans lan pou li rive rekonsilye tout lòt bagay yo ankò avèk li, grasa li. ” — Kolosyen 1:19, 20.

“ Se poutèt sa, frè m yo, [...] grasa san Jezi, nou gen kran pou chemen ki mennen kote ki sen an. ” — Ebre 10:19.

“ Se pa avèk bagay ki ka depafini, [...] yo te delivre nou anba konduit ki pa pwofitab nou yo, konduit nou eritye nan men zansèt nou yo. Men, se avèk yon san presye, tankou san yon ti mouton ki san tach e ki san defo, wi avèk san Kris. ” — 1 Pyè 1:18, 19.

“ Si n ap mache nan limyè, menm jan li menm li nan limyè, nou an kominyon youn ak lòt, e san Jezi, Pitit gason l lan, pirifye nou anba tout peche. ”— 1 Jan 1:7.

“ Ou diy pou w pran woulo a e pou w ouvri so yo, paske yo te touye w e, avèk san w, ou achte yon bann moun pou Bondye, ki soti nan tout tribi nan tout lang nan tout pèp ak nan tout nasyon. ” — Revelasyon. 5:9.

“ Yo pimpe akizatè frè nou yo anba [...]. E yo venk li grasa san Timouton an e grasa pawòl temwayaj yo te bay. ” — Revelasyon 12:10, 11.

[Foto nan paj 10]

Grasa Lalwa, Bondye te montre aklè san jwe yon wòl pou padon peche.

[Foto nan paj 11]

Grasa san Jezi, lavi anpil moun kapab sove.