Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran

Ann kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran

Ann kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran

“ Nenpòt moun ki vle vin gran pami nou dwe vin sèvitè nou. ” — MATYE 20:26.

1. Ki pwennvi monn nan genyen sou sa k fè yon moun gran ?

TOUPRE yon ansyen vil ann Ejip ki te rele Tèb (li rele Kanak kounye a), nan yon distans apeprè 500 kilomèt nan sid vil Kè, gen yon estati Farawon Amenofis III ki gen yon wotè 18 mèt. Yon moun pa ka pa santi l piti lè l ap gade gwo tonton estati sa a. Moniman sa a, siman yo te fè pou fè moun venere dirijan an, se yon senbòl ki montre pwennvi monn nan genyen sou sa k fè yon moun gran. Pou monn nan, yon moun ki gran se yon moun ki parèt enpòtan anpil, se yon moun ki gen anpil enfliyans e lòt moun pa parèt anyen devan l.

2. Ki sa Jezi te fè ki te sèvi egzanp pou disip li yo, e ki kesyon nou bezwen poze tèt nou ?

2 Gade diferans ki genyen ant pwennvi sa a ak pwennvi Jezi te anseye. Alòske se Jezi ki ‘ Seyè e Anseyan ’, li te aprann disip li yo yon moun gran lè l sèvi lòt moun. Pandan dènye jou Jezi sou tè a, li te demontre ki sa pawòl li yo vle di lè l te lave pye disip li yo. Ala yon travay ki ba li te aksepte fè (Jan 13:4, 5, 14) ! E ou menm, ki sa w pi renmen ? Pou w sèvi moun oswa pou moun sèvi w ? Èske egzanp Kris la fè w santi w anvi montre w enb menm jan avè l ? Ebyen, annou egzamine pwennvi Kris sou sa k fè yon moun gran, yon pwennvi ki diferan parapò ak pwennvi ki kouran nan monn nan.

Ann rejte pwennvi monn nan genyen sou sa k fè yon moun gran

3. Ki egzanp biblik ki montre jan moun k ap chèche glwa nan men lèzòm konn fini mal ?

3 Gen anpil egzanp nan Bib la ki montre fason monn nan konsidere grandè a konn lakòz moun pran gwo echèk. Reflechi sou egzanp Amàn. Amàn se yon gwo fonksyonè ki te gen anpil pouvwa e ki t ap sèvi nan lakou wa peyi Pès nan epòk Estè ak Mòdekay. Lefètke Amàn te renmen glwa anpil, sa te lakòz li pran imilyasyon e li te menm pèdi vi l (Estè 3:5 ; 6:10-12 ; 7:9, 10). Ki sa nou ka di konsènan Neboukadnetza, yon nonm ògeye ki te vin fou nan moman li te pi byen chita sou pouvwa l ? Move konsepsyon li te genyen sou sa k fè yon moun gran parèt nan deklarasyon sa a li te fè kote l te di : “ Se pa Gwo Babilòn nan sa, mwen menm mwen bati pou mezon wayal la avèk fòs pisans mwen e pou diyite majeste m ? ” ​(Danyèl 4:30). Apre sa, gen egzanp Ewòd Agripa I, li menm tou li te ògeye. Olye li te bay Bondye glwa, li te pito aksepte resevwa glwa li pa t menm merite. Ebyen, “ vè te kòmanse grennen sou li epi li te trepase ”. (Travay 12:21-23). Piske mesye sa yo pa t byen konprann pwennvi Jewova sou sa k fè yon moun gran, sa te lakòz yo fini mal.

4. Kiyès ki alabaz espri ògèy ki gen nan monn nan ?

4 Li nòmal pou nou vle viv yon fason ki fè lòt moun onore nou e respekte nou. Toutfwa, Dyab la li menm, l ap eksplwate dezi sa a pou l ankouraje yon espri ògèy lakay nou, yon espri ki koresponn ak pwòp anbisyon li genyen (Matye 4:8, 9). Pa janm bliye se li ki “ dye sistèm de choz sa a ”, e li detèmine pou l gaye fason l panse isiba sou tè a (2 Korentyen 4:4 ; Efezyen 2:2 ; Revelasyon 12:9). Etandone nou konnen kiyès ki alabaz pwennvi sa a, antanke kretyen, nou dwe rejte pwennvi monn nan genyen sou sa k fè yon moun gran.

5. Èske lè yon moun reyisi, lè l selèb oswa lè l rich, sa garanti l yon satisfaksyon dirab ? Esplike.

5 Youn nan ide Dyab la ap fè pase sèke depi yon moun gen yon gwo non nan monn nan, lòt moun ap fè lwanj pou li, epi li chaje ak lajan, otomatikman l ap ere. Èske se vre ? Èske lè yon moun reyisi nan lavi l, lè l selèb oswa lè l rich, se yon garanti l ap jwenn satisfaksyon ? Labib prevni nou pou nou pa kite jan de opinyon sa yo twonpe nou. Men sa Salomon, yon wa ki saj, te ekri : “ Mwen menm mwen wè tout travay di ak tout pèfòmans ki genyen nan travay, mwen wè tout sa se rivalite youn ap fè ak lòt, sa a tou se vanite e se kouri dèyè van. ” ​(Eklezyas 4:4). Anpil moun nan monn nan ki te pase tout vi yo ap fè efò pou yo rive, kapab konfime verite ki gen nan pawòl enspire sa a ki nan Bib la. Yon egzanp ki montre sa, se egzanp yon mesye ki te patisipe nan konsepsyon veso spasyal ki te mennen lèzòm sou lalin nan, e ki te patisipe nan fabrikasyon l ak nan esè ki te fèt sou aparèy sa a. Men ki sa l te di : “ Mwen te travay di e mwen te vin abil anpil nan travay mwen. Men, tout sa te initil, tout sa pa t ede m jwenn yon bonè dirab, sa pa t fè m gen lespri m anpè. ” * Konsepsyon monn nan sou sa k fè yon moun gran, kit se nan domèn biznis, nan spò oubyen nan divètisman, sa pa pote okenn satisfaksyon dirab.

Sèvi lòt moun avèk amou fè nou vin gran

6. Ki sa k montre Jak ak Jan te gen yon move pwennvi sou sa k fè yon moun gran ?

6 Gen yon evènman nan lavi Jezi ki montre ki sa ki fè yon moun gran toutbonvre. Jezi ansanm ak disip li yo t ap vwayaje pou y al fete fèt Pak la Jerizalèm, nan ane 33 epòk nou an. Etan yo sou wout, de nan kouzen Jezi yo, Jak ak Jan, te demontre yo gen yon move pwennvi sou sa k fè yon moun gran. Yo te voye manman yo al mande Jezi pou l ‘ bay lòd pou yo chita, youn adwat li e youn agoch li nan wayòm li an ’. (Matye 20:21.) Pou Juif yo, chita adwat oswa agoch yon moun se te yon gran onè (1 Wa 2:19). Jak ak Jan te gen anbisyon, yo te dèyè pran de pi bon plas yo. Yo te vle reklame gwo pozisyon sa yo ki ta ba yo otorite. Jezi te konnen ki sa k nan lespri yo e li te tou pwofite okazyon an pou l korije move pwennvi yo te genyen sou sa k fè yon moun gran.

7. Dapre Jezi, ki jan yon kretyen kapab vin gran toutbonvre ?

7 Jezi konnen nan monn ògeye sa a, yon moun ki gran se yon moun k ap kòmande lòt moun, ki gen moun anba kontwòl li, se yon moun ki annik klake dwèt li, epi lòt moun satisfè tout ti kapris li. Sepandan, pami disip Jezi yo, sa k detèmine grandè yon moun, se lè l sèvi lòt moun avèk imilite. Men sa Jezi te di : “ Nenpòt moun ki vle vin gran pami nou dwe vin sèvitè nou, e nenpòt moun ki vle vin premye pami nou dwe vin esklav nou. ” — Matye 20:26, 27.

8. Lè yon moun se yon sèvitè, ki sa sa vle di, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou ?

8 Mo grèk nan Bib la lè l tradui ki bay “ sèvitè ” a fè referans ak yon moun ki gen devouman, yon moun k ap fè tout sa l kapab pou l rann lòt moun sèvis. Jezi te anseye disip li yo yon leson enpòtan : yon moun gran, se pa lè l ap pase moun lòd, men se lè lanmou pouse l pou l sèvi lòt moun. Si se sa, ou ka mande tèt ou : ‘ Si se mwen ki te Jak oubyen Jan, ki jan m t ap reyaji ? Èske m t ap konprann se lè lanmou pouse yon moun sèvi lòt moun, se lè sa a li gran toutbonvre ? ’ — 1 Korentyen 13:3.

9. Ki egzanp Jezi te kite nan fason li te aji anvè lòt moun ?

9 Selon sa Jezi montre disip li yo, li menm ak monn nan yo pa gen menm kritè sou sa ki fè yon moun gran. Li pa t janm gen yon konpòtman ki montre l siperyè parapò ak moun l ap sèvi yo oubyen ki pou ta fè moun santi yo enferyè parapò a li menm. Tout kalite moun, gason, fi, timoun, moun rich, moun pòv, moun ki nan gwo pozisyon, oubyen pechè tout moun konnen, yo tout te santi yo alèz bò kote l (Mak 10:13-16 ; Lik 7:37-50). An jeneral, moun pèdi pasyans avèk moun ki limite. Men, Jezi pa t konsa li menm. Menm lè pafwa disip li yo te aji san reflechi oswa yo te konn nan kont, li te anseye yo avèk pasyans. Konsa, li te montre yo li gen imilite toutbon e li gen karaktè dou. — Zekarya 9:9 ; Matye 11:29 ; Lik 22:24-27.

10. Pandan tout vi Jezi, kòman li te konn sèvi lòt moun yon fason ki montre se pa enterè pa l li te wè ?

10 Pitit Bondye a kite yon bèl egzanp ki montre se pa enterè pa l li te wè, e egzanp li demontre ki sa k fè yon moun gran vrèman. Jezi pa t vin sou tè a pou lòt moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi lòt moun. Se sa k fè, li te konn geri moun yo anba “ divès kalite maladi ” e li te konn libere yo anba pouvwa demon. Byenke li te konn fatige e li te konn bezwen tan pou l repoze l, li te toujou mete enterè pa lòt moun anvan pwòp enterè pa l, li te konn sakrifye pwòp byennèt pa l pou l rekonfòte yo (Mak 1:32-34 ; 6:30-34 ; Jan 11:11, 17, 33). Lanmou li genyen te pouse l ede moun yo espirityèlman, li te konn fè plizyè santèn kilomèt ap bat wout tè pou l te preche bon nouvèl Wayòm nan (Mak 1:38, 39). Pa gen dout nan sa, Jezi te byen konnen sèvi lòt moun se yon bagay ki trèzenpòtan.

Imite imilite Kris genyen

11. Ki kalite y ap chèche lakay frè ki nome pou sèvi kòm siveyan nan kongregasyon an ?

11 Nan fen ane 1800 yo, lè yo te gen pou chwazi kèk siveyan itineran pou konble bezwen pèp Bondye a, yo te souliye bèl etadespri siveyan kretyen yo dwe kiltive. Selon La Tour de Garde 1ye septanm 1894 (anglè), yo t ap chèche moun “ ki gen imilite, ki pap gonfle tèt yo, [...] ki pap pale anfavè pwòp tèt yo, men k ap preche Kris, moun ki pap ekspoze pwòp konesans yo, men k ap ekspoze Pawòl [Kris], nan tout senplisite ak pisans li genyen ”. Li klè, vrè kretyen yo pa dwe chèche gen responsablite yon fason pou yo satisfè pwòp anbisyon pèsonèl yo oubyen pou yo vin enpòtan, pou yo vin gen pouvwa ak kontwòl sou lòt moun. Yon siveyan ki gen imilite ap toujou gen nan tèt li responsablite li genyen yo se “ yon bèl travay ”, se pa yon gwo pozisyon pou l ka jwenn glwa (1 Timote 3:1, 2). Tout ansyen, tout asistan ministeryèl, dwe fè tout posib yo pou yo sèvi lòt moun avèk imilite, pou yo pran latèt nan sèvis sakre a. Konsa, y ap bay yon bèl egzanp pou lòt moun imite. — 1 Korentyen 9:19 ; Galat 5:13 ; 2 Timote 4:5.

12. Si yon moun ap chèche gen privilèj nan kongregasyon an, ki kesyon li ta fèt pou l poze tèt li ?

12 Tout frè k ap chèche gen responsablite nan kongregasyon an ta dwe mande tèt yo : ‘ Èske m chèche okazyon pou m sèvi lòt moun, oswa èske m ta renmen pou se lòt moun ki sèvi m ? Èske mwen dispoze fè travay ki itil, menmsi se travay lè m ap fè l moun pap remake m fasil ? ’ Pa egzanp, yon jèn frè kapab byen renmen fè diskou nan kongregasyon an, men li ezite lè se pou l ede yon moun ki aje. Li kapab renmen lè l ansanm ak frè responsab nan kongregasyon an, men li pa chofe ditou lè pou l al preche. Li ta bon pou frè sa a mande tèt li : ‘ Èske mwen plis enterese nan fasèt nan sèvis Bondye a ki ka fè moun konnen m, ki ka fè m jwenn louwanj ? Èske se devan lèzòm m ap chèche briye ? ’ Si n ap chèche glwa pou tèt nou, se pa egzanp Kris n ap imite. — Jan 5:41.

13. a) Ki efè egzanp imilite yon siveyan ka genyen sou lòt moun ? b) Sa k fè nou ka di imilite se yon bagay ki obligatwa pou yon kretyen ?

13 Lè nou fè gwo efò pou nou imite imilite Kris gen lakay li, sa motive nou pou nou sèvi lòt moun. Ann konsidere egzanp yon siveyan zòn ki t ap enspekte travay nan yon filyal Temwen Jewova. Malgre siveyan sa a gen yon pwogram ki chaje e li gen gwo responsablite sou do l, li te kanpe pou l ede yon jèn frè ki t ap eseye ajiste yon machin ki sèvi pou koud liv. Tande sa frè a te di : “ Mwen pa t ka kwè yon bagay konsa ! Li di m, lè l te jèn, li te konn travay sou menm machin sa yo lè li t ap travay nan Betèl, e li sonje mizè l te konn pase pou l ajiste machin nan kòrèkteman. Alòske li gen anpil lòt bagay enpòtan pou l fè, li ret fè yon bon ti tan ap travay avè m sou machin nan. Sa te vrèman fè bèl enpresyon sou mwen. ” Frè sa a, k ap sèvi kounye a kòm siveyan nan youn nan filyal Temwen Jewova yo, toujou sonje jès sa a siveyan zòn nan te fè a ki montre tout imilite li te gen lakay li. Pinga nou janm santi nou twò enpòtan, nou pa ka fè travay ki ka parèt degradan. Okontrè, nou dwe fè efò pou nou gen “ imilite “. Se yon bagay ki obligatwa. Sa fè pati “ nouvo pèsonalite ” tout kretyen dwe genyen an. — Filipyen 2:3 ; Kolosyen 3:10, 12 ; Women 12:16.

Fason pou nou vin gen menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran

14. Ki jan lè nou reflechi sou relasyon nou ak Bondye ak relasyon nou ak pwochen nou sa ka ede nou gen yon bon pwennvi sou sa k fè yon moun gran ?

14 Ki jan nou ka rive gen yon bon pwennvi sou sa k fè yon moun gran ? Youn nan fason yo se lè nou medite sou relasyon nou ak Jewova Dye. Majeste li, pisans li ansanm ak sajès li elve l nan yon pozisyon kote senp ti imen pa ka rive (Izayi 40:22). Lè nou medite sou relasyon nou ak lòt moun, sa ka ede nou tou pou nou kiltive imilite. Pa egzanp, nou kapab depase lòt moun nan kèk domèn, men moun sa yo kapab pi bon pase nou nan lòt aspè nan lavi a ki pi enpòtan toujou, oubyen frè nou yo kapab gen kèk kalite nou menm nou pa genyen. An reyalite, anpil moun ki gen valè nan je Bondye se pa moun ki remakab, paske yo se moun ki enb. — Pwovèb 3:34 ; Jak 4:6.

15. Ki jan entegrite pèp Bondye a montre pa gen rezon pou yon moun kwè l siperyè yon lòt ?

15 Eksperyans Temwen Jewova ki te pase anba eprèv akoz fwa yo byen montre sa nou sot di la a. Byen souvan, se yon seri de moun monn nan konsidere kòm moun òdinè, ki poutan kenbe entegrite yo devan Bondye anba eprèv tèrib. Lè nou medite sou jan de egzanp sa yo, sa ka ede nou rete enb, e sa ede nou wè nou pa dwe ‘ panse de tèt nou plis pase sa nou dwe panse ’. — Women 12:3. *

16. Ki jan tout moun nan kongregasyon an kapab fè efò pou kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran ?

16 Tout kretyen, jèn kou granmoun, dwe chèche kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran. Nan kongregasyon an, gen yon pakèt travay ki bezwen fèt. Pinga w janm fache si yo ta mande w pou w fè yon travay ou wè ki parèt degradan (1 Samyèl 25:41 ; 2 Wa 3:11). Paran, èske w ankouraje pitit ou yo, piti kou gran, pou yo byen kontan fè nenpòt travay yo ta mande yo fè, keseswa se nan Sal Wayòm nan oubyen kote yo fè asanble ? Èske yo wè, ou menm tou, ou patisipe nan travay sa yo ? Gen yon frè k ap travay kounye a nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki pa janm bliye egzanp paran l te ba li. Men sa l di : “ Fason yo te patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan oswa kote nou te konn gen asanble te montre m yo konsidere travay sa yo kòm travay ki trèzenpòtan. Yo te konn ofri tèt yo pou yo akonpli travay ki ka itil kongregasyon an, ki ka itil tout frè yo, menmsi travay sa a ta parèt yon travay raz. Atitid sa a te ede m aksepte san pwoblèm nenpòt travay yo ban m fè isit la nan Betèl. ”

17. Ki fason sè ki gen imilite yo kapab montre yo se benediksyon pou kongregasyon an ?

17 Kanta pou mete enterè pa lòt moun anvan enterè pa nou, Estè, rèn Anpi pès ki t ap viv nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, ban nou yon bèl egzanp. Byenke li t ap viv nan yon palè, li te dispoze riske pwòp vi l pou pèp Bondye a, ann amoni ak volonte Bondye (Estè 1:5, 6 ; 4:14-16). Kretyèn yo jodi a, kèlkeswa sitiyasyon ekonomik yo, kapab demontre yo gen menm etadespri ak Estè lè yo ankouraje moun ki deprime, lè yo vizite moun ki malad, lè yo patisipe nan predikasyon e lè yo kowopere avèk ansyen yo. Se pa ti benediksyon sè enb sa yo pote pou kongregasyon an !

Ki benediksyon n ap jwenn ?

18. Ki byenfè nou jwenn lè nou gen menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran ?

18 Gen anpil benediksyon k ap ret tann ou si w gen menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran. Si w sèvi lòt moun san w pa wè enterè w, sa ap pote lajwa ni pou ou ni pou yo (Travay 20:35). Pandan w ap fè tout sa w kapab, ak tout kè w, pou ede lòt moun, moun sa yo ap vin renmen w pi plis (Travay 20:37). Anplis de sa, tout sa w ap fè pou byennèt kretyen parèy ou, Jewova konsidere yo tankou sakrifis louwanj ki agreyab. — Filipyen 2:17.

19. Ki ta dwe detèminasyon nou anrapò ak pwennvi Kris genyen sou sa k fè yon moun gran ?

19 Nou tout nou bezwen egzamine kè nou e nou bezwen mande tèt nou : ‘ Èske se nan bouch sèlman mwen gen menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran, oubyen èske m pral fè efò toutbon pou m mete sa m aprann yo an pratik ? ’ Pwennvi Jewova sou moun ki gen ògèy yo klè (Pwovèb 16:5 ; 1 Pyè 5:5). Nou swete pou aksyon nou montre kòman nou pran tout plezi nou pou n manifeste menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran, kit se nan kongregasyon an, kit se nan fanmi nou oubyen nan relasyon nou gen avèk lòt moun toule jou ! Wi, annou fè tout bagay pou bay Bondye glwa, pou bay Bondye louwanj. — 1 Korentyen 10:31.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Gade La Tour de Garde 1ye out 1982, paj 3-6, nan sijè ki di “ J’ai voulu réussir ”.

^ § 15 Pou nou jwenn egzanp sou sa, gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 1992, paj 181-2, ansanm ak La Tour de Garde 1ye septanm 1993, paj 27-31.

Èske w ka esplike ?

• Poukisa nou dwe rejte pwennvi monn nan genyen sou sa k fè yon moun gran ?

• Selon Jezi, ki lè yon moun gran ?

• Ki jan siveyan yo ka imite imilite Kris gen lakay li ?

• Ki sa ki ka ede nou kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k fè yon moun gran ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 26]

Kiyès ki gran nan fason Kris te gran an ?

Moun ki ta renmen yo sèvi l oswa moun ki dispoze sèvi lòt moun ?

Moun ki renmen lè lòt moun wè l oswa moun ki aksepte fè travay ki parèt degradan ?

Moun ki ap elve tèt li oswa moun ki ap elve lòt moun ?

[Foto nan paj 23]

Yon kokenn estati Farawon Amenofis III.

[Foto nan paj 24]

Èske w konnen ki sa k te lakòz Amàn fini jan l fini an ?

[Foto nan paj 25]

Èske w ap chèche okazyon pou w sèvi lòt moun ?