Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova revele glwa li bay moun ki gen imilite

Jewova revele glwa li bay moun ki gen imilite

Jewova revele glwa li bay moun ki gen imilite

“ Rezilta imilite ak krentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi. ” — Pwovèb 22:4.

1, 2. a) Ki jan liv Travay la montre Etyèn se te “ yon nonm ki te gen lafwa anpil e ki te ranpli ak lespri sen ” ? b) Ki prèv nou genyen ki montre Etyèn se te yon moun ki enb ?

ETYÈN se te “ yon nonm ki te gen lafwa anpil e ki te ranpli ak lespri sen ”. Li te “ plen cham ak pisans ” tou. Antanke disip Jezi nan premye syèk la, li te konn reyalize gwo siy ak gwo prezaj pami pèp la. Gen yon lè, kèk mesye te kanpe pou fè diskisyon avè l, men “ yo pa t ka kenbe tèt ak sajès ansanm ak lespri misye te genyen etan li t ap pale ”. (Travay 6:5, 8-10.) Sa montre aklè Etyèn te konn etidye Pawòl Bondye a toutbon, e li te defann Pawòl sa a avèk fòs devan chèf relijye juif yo nan epòk pa l la. Temwayaj detaye li te bay la, ki nan liv Travay chapit 7 la, montre jan misye te enterese anpil nan fason pwogram Bondye ap dewoule.

2 Etyèn se te yon moun ki enb, li pa t menm jan ak chèf relijye yo ki te santi yo siperyè rès pèp la poutèt pozisyon yo te okipe ansanm ak konesans yo te genyen (Matye 23:2-7 ; Jan 7:49). Byenke Etyèn te konn Ekriti yo byen, se pa ti kontan li te kontan lè yo te ba l kòm travay pou l “ distribye manje sou tab ” yon fason pou apot yo te ka konsakre tout yo menm “ nan lapriyè ak nan ministè pawòl la ”. Etyèn te gen yon bèl repitasyon devan frè yo, se sa k fè yo te chwazi l pami sèt gason ki gen bon renome ki te gen pou distribye manje chak jou. Avèk imilite, li te aksepte fè travay sa a. — Travay 6:1-6.

3. Konsènan bonte Bondye, ki demonstrasyon estrawòdinè Etyèn te viv ?

3 Imilite Etyèn, mete ansanm ak espirityalite l ak entegrite l, pa t pase inapèsi nan je Jewova. Lè Etyèn t ap bay chèf relijye juif yo temwayaj nan Sanedren an, malgre opozan sa yo te ostil, yo te “ wè figi l vin tankou figi yon zanj ”. (Travay 6:15.) Li te gen figi yon mesaje Bondye, ki t ap reflete lapè ki vini de Bondye ki gen glwa a, Jewova. Apre Etyèn fin bay manm Sanedren yo yon temwayaj avèk kran, li te viv yon demonstrasyon estrawòdinè konsènan bonte Bondye, yon bonte moun pa merite. ‘ Etyèn, ranpli ak lespri sen, te fikse syèl la e li te apèsi glwa Bondye e Jezi ki kanpe sou bò dwat Bondye. ’ ​(Travay 7:55). Vizyon estrawòdinè sa a te vin ranfòse konviksyon Etyèn sou pozisyon Jezi antanke Pitit Bondye e antanke Mesi. Se yon vizyon ki te bay Etyèn fòs e ki te fè l sèten li gen favè Jewova.

4. Bay kiyès Jewova revele glwa li ?

Jan vizyon Etyèn nan montre sa, Jewova revele glwa li ak pwogram li bay moun ki gen krent pou li, moun ki enb e ki bay relasyon yo gen avè l anpil valè. Labib di : “ Rezilta imilite ak krentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi. ” ​(Pwovèb 22:4). Kidonk, li endispansab pou nou konprann ki sa vrè imilite a ye, ki jan nou kapab kiltive kalite enpòtan sa a, e ki byenfè nou ka jwenn lè nou demontre l nan tout aspè nan lavi nou.

Imilite : yon kalite Bondye gen lakay li

5, 6. a) Ki sa imilite ye ? b) Ki fason Jewova demontre li gen imilite ? c) Ki efè imilite Jewova ta dwe genyen sou nou ?

5 Gen kèk moun ki ka etone tande, kwak se Jewova Dye ki pi wo e ki pi glorye nan linivè, se li menm ki bay pi bèl egzanp imilite. Men sa wa David te di Jewova : “ W ap ban mwen boukliye delivrans ou an, e men dwat ou ap soutni m, e imilite w ap fè m gran. ” ​(Sòm 18:35). Pandan David t ap pale de imilite Jewova gen lakay li, li te sèvi ak rasin yon mo ebre ki vle di “ pwostène ”. Apa de mo “ imilite ” a, gen lòt mo oswa ekspresyon ki konekte ak menm rasin sa a, tankou “ fè w piti ”, “ dousè ” ak “ bese w tou ba ”. Donk, Jewova demontre imilite lè li bese l tou ba pou l gen relasyon avèk David, yon moun enpafè, e li sèvi avè l antanke wa ki reprezante l. Jan pawòl ki ekri anlè tèt Sòm 18 la montre sa, Jewova te pwoteje David, li te soutni l e li te delivre l “ anba men tout ènmi l yo e nan men Sayil ”. David, bò kote pa l, te konnen si l vin gran, si l vin jwenn glwa antanke wa, se grasa imilite Jewova te montre nan aksyon li te fè anfavè l. Konpreyansyon sa a te ede David pou li rete enb.

6 E nou menm ? Jewova jije bon pou l anseye nou laverite, e petèt li ban nou kèk privilèj espesyal grasa òganizasyon l lan, tou kòm li ka ap sèvi avèk nou yon fason oswa yon lòt pou akonpli volonte l. Lè nou wè tout bagay sa yo, ki jan nou ta dwe santi nou ? Èske nou pa ta dwe montre nou enb ? Èske nou pa ta dwe gen rekonesans pou imilite Jewova demontre li genyen ? Èske nou pa ta dwe evite fè lwanj pou tèt nou, yon bagay ki ka lage nou nan gwo pwoblèm ? — Pwovèb 16:18 ; 29:23.

7, 8. a) Ki jan Jewova manifeste imilite l nan fason li te trete Manase ? b) Ki bèl egzanp ni Jewova ni Manase kite pou nou suiv anrapò ak imilite ?

7 Nonsèlman Jewova demontre li gen imilite lefètke li gen relasyon avèk moun enpafè, men tou li montre li gen volonte pou l fè moun ki enb yo mizèrikòd, pou l menm elve moun ki mete yo toupiti yo, pou l fè yo vin gran (Sòm 113:4-7). Ann konsidere egzanp Manase, wa peyi Jida. Li te mal sèvi ak privilèj li te genyen antanke wa pou l soutni adorasyon fo dye e “ se pa ni de ni twa bagay mal li te fè nan je Jewova, pou l ofanse l ”. (2 Kwonik 33:6.) Finalman, Jewova pini Manase, li kite wa Asiri a retire l sou twòn nan. Pandan Manase nan prizon, li “ adousi fas Jewova, Bondye l la, e li imilye tèt li anpil ”, konsa Jewova vin remete l sou twòn nan nan Jerizalèm, e Manase “ vin konnen Jewova se vrè Dye a ”. (2 Kwonik 33:11-13.) Wi, alafen, imilite Manase te demontre a te fè Jewova plezi e Jewova, anretou, te demontre imilite, li te padone Manase e li te remete l nan pozisyon l antanke wa.

8 Volonte Jewova te genyen pou l padone mete sou repanti Manase te repanti a ban nou yon leson enpòtan konsènan imilite. Nou dwe toujou sonje pwen enpòtan sa a : fason nou trete moun ki ofanse nou e atitid nou demontre lè nou komèt yon peche kapab gen yon efè sou fason Jewova aji anvè nou. Si nou dispoze padone fot lòt moun fè e si nou aksepte erè nou yo avèk imilite, nou kapab konte sou Jewova pou l fè nou mizèrikòd. — Matye 5:23, 24 ; 6:12.

Bondye revele glwa l bay moun ki gen imilite

9. Èske imilite se yon siy feblès ? Esplike.

9 Pinga yon moun komèt erè sa a, pou l panse imilite ansanm ak lòt kalite ki konekte avè l yo se yon siy feblès oubyen se yon tandans pou moun tolere sa k pa bon. Jan Bib la sètifye sa, Jewova gen imilite, epoutan li konn fache, ak rezon, tou kòm li konn demontre yon pisans estrawòdinè lè sitiyasyon an mande sa. Akoz imilite Jewova, li bay moun ki enb yo yon atansyon patikilye, yon konsiderasyon espesyal, tandiske li pran distans li ak moun ki gen ògèy yo (Sòm 138:6). Ki jan Jewova bay sèvitè enb li yo yon konsiderasyon espesyal ?

10. Jan 1 Korentyen 2:6-10 mansyone sa, ki sa Jewova revele moun ki enb yo ?

10 Jewova revele moun ki enb yo enfòmasyon konsènan akonplisman pwogram li. Li fè sa lè li menm li deside e li sèvi ak kanal kominikasyon li menm li chwazi. Enfòmasyon glorye sa yo rete kache pou moun ki gen ògèy e ki mete konfyans yo nan sajès lèzòm oubyen nan panse lèzòm, e ki rete kole la ak bagay sa yo (1 Korentyen 2:6-10). Men, etandone moun ki enb yo resevwa yon konpreyansyon egzak sou pwogram Jewova, yo santi yo pouse pou yo glorifye l paske yo vin gen plis rekonesans toujou pou glwa enpresyonan Jewova genyen.

11. Ki jan kèk moun nan premye syèk la te montre yo manke imilite, e ki move rezilta sa te genyen pou yo ?

11 Nan premye syèk la, gen anpil moun, menm pami moun ki te pretann yo se kretyen, ki te montre yo manke imilite e moun sa yo te trebiche akoz sa apot Pòl te revele yo konsènan pwogram Bondye. Si Pòl te vin “ apot nasyon yo ”, se pa t akoz nasyonalite l, edikasyon l, laj li oswa bèl bagay li te konn fè anvan sa (Women 11:13). Souvan, moun ki gen panse chanèl se bagay sa yo yo wè ki ta dwe detèmine kiyès Jewova ap chwazi pou l sèvi avè l (1 Korentyen 1:26-29 ; 3:1 ; Kolosyen 2:18). Sepandan, selon bonte ki plen lanmou Jewova genyen e selon pwogram li yo ki jis, se Pòl li te chwazi (1 Korentyen 15:8-10). Ni moun Pòl te rele “ gwo apot ” yo, ni lòt opozan yo, yo tout te refize aksepte Pòl ansanm ak rezònman li te konn fè sou Ekriti yo. Imilite yo te manke a te anpeche yo jwenn konesans ak konpreyansyon sou fason estrawòdinè Jewova akonpli pwogram li. Pinga nou janm souzestime moun Jewova chwazi itilize pou akonpli volonte l, ni nou pa dwe janm gen prejije kont yo. — 2 Korentyen 11:4-6.

12. Kòman egzanp Moyiz montre moun ki enb yo ap jwenn favè nan men Jewova ?

12 Yon lòt bò, gen yon pakèt egzanp nan Bib la ki montre kòman Bondye te fè kèk moun ki enb favè lè li te ba yo yon apèsi sou glwa li. Moyiz, yon moun “ ki te gen plis imilite lontan ” pase tout moun, te wè glwa Bondye e li te gen relasyon entim avè l (Nonb 12:3). Mesye enb sa a te pase 40 an antanke senp bèje, e pifò nan tan sa a li te pase l nan preskil Arabi. Li te jwenn anpil favè nan men Kreyatè a (Egzòd 6:12, 30). Grasa soutyen Jewova te bay Moyiz, li te vin alafwa pòtpawòl e òganizatè an chèf nasyon Izrayèl la. Li te konn gen dyalòg avèk Jewova. Nan yon vizyon, li te wè “ aparans Jewova ”. (Nonb 12:7, 8 ; Egzòd 24:10, 11.) Moun ki te aksepte sèvitè enb sa a, reprezantan Bondye sa a, te jwenn benediksyon yo menm tou. Menm jan an tou, n ap jwenn benediksyon si nou aksepte pwofèt ki pi gran pase Moyiz la, anpalan de Jezi, si nou obeyi l e si nou aksepte “ esklav fidèl ki prevwayan ” li etabli a. — Matye 24:45, 46 ; Travay 3:22.

13. Ki jan Jewova te revele glwa l bay bèje ki enb nan premye syèk la ?

13 Devan ki moun ‘ glwa Jewova te briye ’ lè l te fè zanj yo anonse bon nouvèl konsènan nesans ‘ yon Sovè, ki se Kris, Seyè a ’ ? Se pa t devan chèf relijye awogan yo ni devan moun ki te nan gwo pozisyon, men se pito devan bèje ki enb ki ‘ t ap viv deyò e ki te pase nuit ap siveye twoupo bèt yo ’. (Lik 2:8-11.) Moun sa yo se pa t moun yo te bay twòp enpòtans pou konpetans yo ak pou jan de travay yo t ap fè a. Poutan, se yo menm Jewova te remake, se yo menm li te chwazi pou l anonse nesans Mesi a an premye. Sa a se vre, Jewova revele glwa li bay moun ki enb, bay moun ki gen krent pou li.

14. Ki benediksyon Bondye bay moun ki enb yo ?

14 Ki sa egzanp sa yo aprann nou ? Yo aprann nou Jewova bay moun ki enb yo favè l, e se yo li revele konesans ansanm ak konpreyansyon sou pwogram li. Li chwazi moun petèt ki pa koresponn ak sa lòt moun t ap atann, e li sèvi avèk yo kòm mwayen pou l kominike pwogram glorye li bay lòt moun. Sa ta dwe motive nou pou nou kontinye chèche direksyon nan men Jewova, nan Pawòl pwofetik li a ak nan òganizasyon l lan. Nou mèt sèten Jewova ap kenbe sèvitè enb li yo okouran de dewoulman pwogram glorye l la. Men sa pwofèt Amòs te deklare : “ Jewova, Souvren Seyè a, pap fè yon bagay san li pa t devwale sekrè li bay sèvitè l yo, pwofèt yo. ” — Amòs 3:7.

Kiltive imilite pou nou ka jwenn favè Bondye

15. Poukisa nou dwe lite pou nou toujou kiltive imilite, e ki jan nesesite sa a parèt nan ka wa Sayil ?

15 Pou nou kontinye jwenn favè Bondye, nou dwe rete enb. Si yon moun enb jodi a, sa pa vle di l ap rete enb tout vi l. Li posib pou yon moun sispann manifeste imilite pou l vin tonbe nan ògèy, pou l vin pran tèt li pou yon pakèt afè, sa ki ka mennen l nan prezonpsyon e ki ka lage l nan gwo pwoblèm. Se sa k te rive Sayil, premye moun ki te wenn kòm wa ann Izrayèl. Lè yo te fèk chwazi l, menm li menm li te santi l “ piti ”. (1 Samyèl 15:17.) Epoutan, dezan sèlman apre l kòmanse dirije, li te aji ak prezonpsyon. Li pa t okipe dispozisyon Jewova pran pou se pwofèt Samyèl ki ofri sakrifis e li te fòje yon bann eskiz dèske li te pran libète fè sa (1 Samyèl 13:1, 8-14). Aksyon sa a se te premye pami yon bann lòt aksyon ki t apral montre aklè jan li te manke imilite. E ki rezilta sa te gen pou li ? Li te pèdi ni lespri Bondye ni favè l, e sa te vin lakòz li mouri nan dezonè (1 Samyèl 15:3-19, 26 ; 28:6 ; 31:4). Men leson nou tire nan istwa sa a : nou dwe lite pou nou toujou kiltive imilite, pou nou toujou soumèt nou, e nou dwe lite pou nou konbat tout santiman ògèy lakay nou. Konsa, n ap evite aji ak prezonpsyon, bagay ki ka fè nou pèdi favè Jewova.

16. Lè nou reflechi sou relasyon nou avèk Jewova ansanm avèk pwochen nou, ki jan sa ka ede nou kiltive imilite ?

16 Byenke yo pa mansyone imilite pami fwi lespri a, li se yon kalite nou dwe kiltive (Galat 5:22, 23 ; Kolosyen 3:10, 12). Etandone kalite sa a gen rapò ak etadespri nou, sa vle di fason nou wè tèt nou ak fason nou wè lòt moun, pou nou devlope kalite sa a, sa mande pou nou fè bonjan efò. Si nou reflechi, si nou medite sou relasyon nou avèk Jewova ansanm ak pwochen nou, sa ka ede nou rete enb. Nan je Bondye, tout chè enpafè tankou zèb vèt ki pouse pou yon tan, apre sa ki fennen, ki seche. Lèzòm tankou senp krikèt ki nan yon chan (Izayi 40:6, 7, 22). Èske yon branch zèb gen yon rezon pou l fyè de tèt li senpleman paske l yon ti jan pi long pase yon lòt branch ? Èske yon krikèt gen dekwa pou l ap vante tèt li tou senpleman paske l sote yon ti jan pi lwen pase yon lòt krikèt ? Sa pa t ap gen okenn sans. Se sa k fè apot Pòl te raple kretyen yo pawòl sa yo : “ Kiyès ki rann ou diferan ak yon lòt moun ? Wi, ki sa ou genyen, san se pa resevwa ou resevwa li ? Donk, si se vre sa w genyen an se resevwa w resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou kòmsi se pa resevwa ou te resevwa l ? ” ​(1 Korentyen 4:7). Lè nou reflechi sou vèsè biblik tankou vèsè sa yo, sa ka ede nou demontre imilite e sa ka ede nou kontinye kiltive kalite sa a.

17. Ki sa ki te ede pwofèt Danyèl kiltive imilite, e ki sa ki ka ede nou fè menm jan avè l ?

17 Yo te pale de Danyèl, yon pwofèt ebre, kòm ‘ yon nonm ki trè apresyab ’ nan je Bondye paske li te “ imilye ” tèt li, li te montre l enb (Danyèl 10:11, 12). Ki sa ki te ede Danyèl kiltive imilite ? Premyèman, li te montre li gen yon konfyans total nan Jewova, li te konn priye l regilyèman (Danyèl 6:10, 11). Anplis de sa, Danyèl se te moun ki te konn etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans e avèk bon mobil. E sa te ede l pou l kenbe pwogram glorye Bondye a klè nan lespri l. Li te dispoze nonsèlman pou l rekonèt fot pèp la, men pou l rekonèt fot pa l tou. E sa k te enterese l toutbon, se te soutni jistis Bondye, se pa t pou l te soutni pwòp jistis pa l (Danyèl 9:2, 5, 7). Èske nou pa ka tire leson nan bèl egzanp Danyèl kite pou nou ? Èske nou pa ka fè efò pou nou demontre imilite nan tout aspè nan lavi nou e pou nou kontinye kiltive kalite sa a ?

18. Ki glwa k ap ret tann moun ki demontre imilite jodi a ?

18 Pwovèb 22:4 deklare : “ Rezilta imilite ak krentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi. ” Wi, Jewova bay moun ki enb yo favè l, e rezilta pou yo se glwa ak lavi. Pa egzanp, lè Jewova te oblije ajiste pwennvi salmis Asaf apre li te manke abandone sèvis Bondye, avèk imilite, men sa salmis la te rekonèt : “ Avèk konsèy ou w ap dirije m, e ansuit w ap mennen m nan laglwa. ” ​(Sòm 73:24). E jodi a ? Ki glwa k ap ret tann moun ki demontre imilite ? Nonsèlman Jewova ap fè yo favè, l ap gen relasyon avèk yo, sa a se yon gwo benediksyon, men tou, y ap ret tann akonplisman pawòl enspire wa David kote li te di : “ Moun ki enb yo yo menm pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. ” Èske se pa yon bèl avni ? — Sòm 37:11.

Èske nou sonje ?

• Nan ki sans Etyèn se yon egzanp moun ki enb ki te gen okazyon pou Jewova revele l glwa Li ?

• Ki diferan fason Jewova demontre imilite ?

• Ki egzanp ki montre Jewova revele glwa li bay moun ki enb ?

• Ki jan egzanp Danyèl ka ede nou kiltive imilite ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 21]

Li te fèm men li te enb

Nan ane 1919, Etidyan Labib yo (yo rele yo Temwen Jewova jodi a) te òganize yon kongrè nan yon zòn Ohio, Ozetazini, yo rele Cedar Point. Nan kongrè sa a, frè Joseph Rutherford, ki te gen 50 an lè sa a e ki te responsab travay la, te byen kontan sèvi kòm volontè pou l pote valiz moun ki vin nan kongrè yo e pou l akonpaye yo al nan chanm yo. Nan dènye jou kongrè a, li sekwe 7 000 moun ki te nan asistans lan ak pawòl sa yo : “ Nou se anbasadè Wa tout wa yo, nou se anbasadè Seyè tout seyè yo, n ap anonse moun yo [...] Wayòm glorye Seyè nou an. ” Byenke frè Rutherford se yon moun ki te gen yon fèm konviksyon, yon moun, lè l ap pale, ki te fèm e ki pa t nan konpwomi nan sa l kwè ki verite a, li te enb anpil devan Bondye. Moun te konn wè sa nan priyè l te konn fè apre yo fin egzamine tèks pou jounen an nan Betèl la.

[Foto nan paj 18]

Kwak Etyèn te konn Ekriti yo byen, li te distribye manje avèk imilite.

[Foto nan paj 19]

Manase te gen yon atitid enb e sa te fè Jewova plezi.

[Foto nan paj 21]

Sa k fè Danyèl te “ yon moun ki apresyab anpil ” ?