Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou glorifye Bondye “ ak yon sèl bouch ”

Annou glorifye Bondye “ ak yon sèl bouch ”

Annou glorifye Bondye “ ak yon sèl bouch ”

‘Ak yon sèl bouch, glorifye Bondye Jezi Kris la, wi, Papa Seyè nou an. ’ — Women 15:6.

1. Ki pwen enpòtan Pòl te ede kwayan parèy li yo konprann konsènan fason pou yo konsidere pwennvi ki diferan ?

SE PA tout kretyen ki fè menm chwa oubyen ki gen menm gou. Sepandan, tout kretyen dwe mache men nan men sou wout lavi a. Èske sa posib ? Wi, si nou pa kite ti diferans lakòz gwo pwoblèm. Sa a se yon pwen enpòtan apot Pòl te ede kwayan parèy li yo konprann nan premye syèk la. Ki jan li te esplike pwen enpòtan sa a ? E ki jan jodi a nou ka aplike konsèy enspire li te bay yo ?

Enpòtans inite genyen pami kretyen yo

2. Ki jan Pòl te montre enpòtans inite genyen ?

2 Pòl te konnen inite pami kretyen yo se yon bagay ki endispansab, e li te bay bonjan konsèy pou ede kretyen yo sipòte youn lòt nan lanmou (Efezyen 4:1-3 ; Kolosyen 3:12-14). Sepandan, apre li te fin pase plis pase 20 an nan tabli anpil kongregasyon e nan vizite lòt kongregasyon, li te konnen se t ap yon defi pou yo konsève inite yo (1 Korentyen 1:11-13 ; Galat 2:11-14). Se sa k fè li te bay kwayan parèy li yo ki t ap viv Wòm ankourajman sa a : “ Se pou Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an pèmèt [...] ak yon sèl bouch nou glorifye Bondye Jezi Kris la, wi, Papa Seyè nou an. ” ​(Women 15:5, 6). Jodi a, nou menm tou nou dwe glorifye Jewova Dye “ ak yon sèl bouch ” antanke pèp li ki fòme yon gwoup ki ini. Nan ki degre nou fè sa ?

3, 4. a) Ki fòmasyon ak edikasyon diferan kretyen Wòm yo te genyen ? b) Ki jan kretyen Wòm yo te ka sèvi Jewova “ ak yon sèl bouch ” ?

3 Anpil kretyen nan Wòm se te zanmi pèsonèl Pòl (Women 16:3-16). Malgre edikasyon yo ak fòmasyon yo te diferan, Pòl te aksepte tout frè li yo antanke “ moun Bondye renmen ”. Men sa l te ekri:“ Mwen di Bondye m nan mèsi pa mwayen Jezi Kris konsènan nou tout, paske yo pale de lafwa nou toupatou nan lemonnantye. ” Sa parèt klè, Women yo te egzanplè nan plizyè fason (Women 1:7, 8 ; 15:14). Men, sa pa t anpeche te gen kèk manm nan kongregasyon an ki te gen pwennvi diferan sou kèk bagay. Piske kretyen yo jodi a gen fòmasyon, edikasyon ak kilti ki diferan, lè yo etidye konsèy enspire Pòl te bay sou fason pou konsidere diferans yo, sa kapab ede yo pale “ ak yon sèl bouch ”.

4 Nan Wòm te gen ni kwayan juif, ni kwayan janti (Women 4:1 ; 11:13). Aparamman gen kèk kretyen juif ki pa t vle sispann pratike kèk koutim yo te konn obsève sou Lwa mozayik la, malgre yo te dwe rann yo kont pratik sa yo pa endispansab pou moun sove. Yon lòt bò, yon bon kou kretyen juif te dakò sakrifis Kris la te libere yo anba restriksyon yo te konn obsève anvan yo te vin kretyen. Kòm rezilta, yo te chanje kèk nan abitid ak koutim pèsonèl yo (Galat 4:8-11). Sepandan, jan Pòl te mansyone sa, yo tout se te “ moun Bondye renmen ”. Yo tout te gen posiblite louwe Bondye “ ak yon sèl bouch ” si yo te konsève mantalite ki apwopriye a youn anvè lòt. Nou menm tou jodi a nou kapab gen pwennvi ki diferan sou sèten kesyon, se sa k fè li bon pou nou konsidere avèk swen fason Pòl esplike prensip enpòtan sa a. — Women 15:4.

“ Akeyi nou youn lòt ”

5, 6. Poukisa te gen pwennvi diferan nan kongregasyon Wòm nan ?

5 Nan lèt apot Pòl te ekri Women yo, li pale de yon sitiyasyon moun gen divès kalite opinyon sou li. Men sa l ekri : “ Yon moun gen lafwa pou l manje tout bagay, men moun ki fèb la manje legim. ” Poukisa sa te konsa ? Ebyen, sou Lwa mozayik la, moun pa t gen dwa manje vyann kochon (Women 14:2 ; Levitik 11:7). Sepandan, Lwa sa a pa t kontinye an vigè apre Jezi fin mouri (Efezyen 2:15). Yon lòt bò, twazan edmi apre lanmò Jezi, gen yon zanj ki di apot Pyè konsa, selon pwennvi pa Bondye nou pa dwe konsidere okenn manje kòm yon bagay ki enpwòp (Travay 11:7-12). Kèk kretyen juif ki gen pwen sa yo nan lespri yo te kapab santi yo lib pou yo manje vyann kochon, oswa kèk lòt manje Lalwa te entèdi.

6 Sepandan, menm lide pou yon moun manje manje sa yo yo te konn konsidere kòm enpwòp te ka sanble yon bagay ki degoutan pou kèk lòt kretyen juif. Moun ki sansib konsa yo, natirèlman yo ta kapab santi yo ofanse lè yo wè frè yo an Kris ki Juif ap manje yon manje konsa. Anplis de sa, sèten kretyen janti ki gen fòmasyon ak edikasyon relijye ki sanble pa t janm met restriksyon sou sa y ap manje gendwa twouve sa dwòl pou lòt moun ap diskite sou kesyon manje. Natirèlman, li pa mal pou yon moun evite kèk manje, depi li pa ensiste pou l fè konnen sa endispansab pou yon moun sove. Sepandan, fòk nou rekonèt pwennvi diferan kapab soulve diskisyon fasilman nan kongregasyon an. Kretyen Wòm yo t ap bezwen fè atansyon pou diferans konsa pa anpeche yo glorifye Bondye “ ak yon sèl bouch ”.

7. Ki pwennvi diferan ki te egziste sou zafè obsève yon jou espesyal chak semèn ?

7 Pòl bay yon dezyèm egzanp : “ Yon moun jije yon jou siperyè pase yon lòt, yon lòt moun jije yon jou tankou tout lòt jou yo. ” ​(Women 14:5a). Sou Lwa mozayik la, yo pa t dwe fè okenn travay lè Saba. Menm vwayaj te sibi restriksyon sevè nan jou sa a (Egzòd 20:8-10 ; Matye 24:20 ; Travay 1:12). Sepandan, lè Lalwa te vin aboli, entèdiksyon sa yo te vin pa gen valè ankò. Men, gen kèk kretyen juif ki te yon ti jan santi yo pa alèz pou yo fè kèlkeswa travay la oswa pou yo vwayaje sou yon long distans nan yon jou yo te konn konsidere kòm sakre. Menm apre yo te vin kretyen yo te kapab rezève setyèm jou a sèlman pou aktivite espirityèl, menm lè selon pwennvi Bondye Saba a pa aplikab ankò. Èske yo te mal aji ? Non, depi yo pa t ensiste pou fè konprann se Bondye ki mande obsève Saba. Pakonsekan, men sa Pòl te ekri pou montre konsiderasyon pou konsyans frè kretyen li yo : “ Se pou chak moun gen yon konviksyon total nan pwòp panse l. ” — Women 14:5b.

8. Malgre yo ta dwe montre konsiderasyon pou konsyans lòt moun, ki sa kretyen Wòm yo pa t dwe fè ?

8 Sepandan, malgre Pòl te bay frè l yo bonjan ankourajman pou yo pasyan ak moun ki gen konsyans yo twouble, li te kondane avèk fòs moun ki t ap eseye fòse kwayan parèy yo pou yo soumèt anba Lwa mozayik la kòm kondisyon pou yo sove. Pa egzanp, vè ane 61 epòk nou an Pòl te ekri liv Ebre yo, yon lèt pisan li te ekri kretyen juif yo ki esplike trè klè soumisyon anba Lwa mozayik la pa gen valè paske kretyen yo te gen yon espwa ki siperyè ki baze sou sakrifis ranson Jezi a. — Galat 5:1-12 ; Tit 1:10, 11 ; Ebre 10:1-17.

9, 10. Ki sa kretyen yo dwe evite fè ? Esplike.

Jan nou wè la a, Pòl fè konprann chwa diferan pa dwe yon obstak pou inite nou depi pa gen prensip kretyen ki vyole. Se sa k fè li mande kretyen ki gen konsyans ki pi fèb yo : “ Poukisa w ap jije frè w ? ” E li mande sa k djanm yo (petèt se moun konsyans yo pèmèt yo manje kèk manje Lalwa te entèdi, oswa ki te konn fè travay pwofàn pandan Saba) : “ Poukisa tou w ap meprize frè w ? ” ​(Women 14:10). Dapre Pòl, kretyen ki gen konsyans fèb yo dwe evite kondane frè yo ki gen yon pwennvi pi laj. Menm jan an tou, kretyen ki djanm yo pa dwe meprize sa yo konsyans yo toujou fèb nan sèten domèn. Yo tout dwe respekte mobil lòt moun e yo pa dwe ‘ panse de tèt yo plis pase sa yo dwe panse ’. — Women 12:3, 18.

10 Pòl te esplike pwennvi ki ekilibre a nan fason sa a : “ Se pou moun k ap manje a pa meprize moun ki pap manje a e se pou moun ki pap manje a pa jije moun k ap manje a paske Bondye akeyi moun sa a. ” Pi lwen, li di : “ Kris te akeyi nou tou pou glwa Bondye. ” Etandone ni moun ki djanm nan ni moun ki fèb la akseptab devan Bondye ak devan Kris, nou dwe wè bagay yo menm jan an e nou dwe “ akeyi nou youn lòt ”. (Women 14:3 ; 15:7.) Kiyès ki ta gen rezon pa dakò ak sa ?

Lanmou fratènèl pwodui inite jodi a

11. Ki sitiyasyon espesyal ki te egziste nan epòk Pòl la ?

11 Nan lèt Pòl te ekri Women yo, li te pale de yon sitiyasyon espesyal. Jewova te fèk aboli yon alyans e li te etabli youn tounèf. Gen kèk moun ki te gen pwoblèm pou yo adapte yo. Sitiyasyon sa a pa egziste jodi a, men pafwa gen kesyon menm jan an ki kapab soulve.

12, 13. Site kèk sitiyasyon kote kretyen jodi a kapab montre konsiderasyon pou konsyans frè yo.

12 Pa egzanp, yon kretyèn kapab te nan yon relijyon ki te konn ensiste sou senplisite nan abiman ak nan aparans. Lè l vin aksepte laverite, li kapab twouve li difisil pou l dakò sa pa entèdi pou yon moun abiye yon fason modès ak yon rad ki gen anpil koulè nan okazyon ki apwopriye oswa pou l itilize makiyaj avèk moderasyon. Depi pa gen prensip biblik ki an je, li pa ta bon pou yon moun eseye konvenk kretyèn sa a pou fè l fè sa konsyans li pa pèmèt li fè. Menm jan an tou, kretyèn sa a rann li kont li pa dwe kritike lòt sè konsyans yo pèmèt yo sèvi ak bagay sa yo.

13 Annou konsidere yon lòt egzanp. Yon kretyen ka te elve nan yon anviwònman kote yo wè sa mal pou moun bwè alkòl. Apre l vin gen konesans sou laverite, li aprann pwennvi Bib la ki fè konnen diven se yon kado Bondye bay e nou kapab itilize l avèk moderasyon (Sòm 104:15). Li aksepte pwennvi sa a. Sepandan, akoz edikasyon ak fòmasyon li te resevwa, li prefere evite totalman pran bwason ki gen alkòl, men li pa kritike moun ki bwè avèk moderasyon. Pa konsekan, li mete pawòl Pòl yo an aplikasyon : “ Annou pousuiv bagay ki favorize lapè ak bagay ki ankourajan ni pou youn ni pou lòt. ” — Women 14:19.

14. Nan ki sitiyasyon kretyen yo kapab aji nan sans konsèy Pòl te bay Women yo ?

14 Gen lòt sitiyasyon ki ka prezante kote li nesesè pou nou aji nan sans konsèy Pòl te bay Women yo. Kongregasyon an fòme ak plizyè kalite moun, e yo gen gou ki diferan. Se poutèt sa yo kapab fè chwa ki diferan, pa egzanp nan kesyon abiman ak aparans. Natirèlman, Labib ekspoze prensip klè pou tout kretyen sensè obsève. Pèsonn nan nou pa dwe abiye oswa penyen tèt li yon fason ki dwòl oswa ki pa modès oswa ki fè l sanble ak eleman endezirab ki gen nan monn nan (1 Jan 2:15-17). Kretyen yo sonje se toutan, menm lè yo ap detann yo, yo se minis ki reprezante Souvren linivè a (Izayi 43:10 ; Jan 17:16 ; 1 Timote 2:9, 10). Sepandan, nan plizyè domèn kretyen yo gen posiblite fè anpil chwa ki akseptab *.

Evite fè moun trebiche

15. Nan ki sikonstans yon kretyen kapab evite egzèse dwa li genyen, pou byen frè l ?

15 Gen yon dènye prensip enpòtan Pòl te atire atansyon nou sou li nan konsèy li te bay kretyen Wòm yo. Sa ka rive, yon kretyen ki gen yon konsyans ki byen edike deside pa fè yon chwa li gen dwa fè. Poukisa ? Paske li rann li kont li nan yon wout ki kapab fè lòt moun ditò. Nan ka sa a, ki sa nou dwe fè ? Men sa Pòl di : “ Li bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè w trebiche. ” ​(Women 14:14, 20, 21). Se poutèt sa, “ nou menm ki djanm, se pou nou pote feblès moun ki pa djanm yo olye pou nou fè tèt nou plezi. Se pou nou chak fè pwochen nou plezi nan sa ki bon pou bati li. ” ​(Women 15:1, 2). Lè sa nou fè a kapab blese konsyans yon kretyen parèy nou, lanmou fratènèl ap pouse nou pou nou montre konsiderasyon pou lòt moun e pou nou metrize tèt nou nan chwa n ap fè. Nou ka pran egzanp bwason ki gen alkòl. Yon kretyen gen dwa pou l bwè diven avèk moderasyon. Men si lè l fè sa, sa kapab twouble konpayon l, li pap ensiste sou dwa li.

16. Ki jan nou kapab montre konsiderasyon pou moun nan tèritwa nou ?

16 Prensip sa a kapab aplike tou nan aktivite ki pa gen rapò ak kongregasyon an. Pa egzanp, nou kapab ap viv nan yon zòn kote ansèyman relijyon pifò moun mete aksan sou obsève yon jou nan semèn nan kòm jou repo. Poutèt sa, n ap evite otank posib pa fè anyen nan jou sa a ki kapab ofanse vwazen nou pou nou pa fè l trebiche e pou nou pa kreye obstak pou travay predikasyon an. Nan yon lòt sitiyasyon, yon kretyen ki rich kapab gen dezi pou li sèvi kote bezwen an pi gran pami moun ki pa gen gwo mwayen. Li kapab chwazi montre konsiderasyon pou nouvo vwazen li yo, lè l abiye trè senp oswa lè li viv yon fason ki pi ba pase sa posiblite l ofri l.

17. Poukisa li rezonab pou nou gen konsiderasyon pou lòt moun nan chwa n ap fè ?

17 Èske li rezonab pou nou atann nou pou moun “ ki djanm ” yo fè ajisteman konsa ? Ebyen, reflechi sou egzanp sa a : Pandan n ap kondui sou yon gran wout, devan nou, nou remake kèk timoun enpridan k ap mache toupre wout la. Èske n ap kontinye kondui nan vitès maksimòm yo pèmèt nou an, jis paske selon lalwa nou gen dwa fè sa ? Non, n ap ralanti pou n evite malè ki ta kapab rive timoun yo. Pafwa, li konn nesesè pou nou dispoze ralanti oswa pou nou fè konsesyon nan relasyon nou ak kwayan parèy nou oubyen avèk lòt moun. Nou kapab ap fè yon bagay nou gen tout dwa nou pou nou fè, e nou pa vyole okenn prensip biblik. Sepandan, si sa ka fè nou ofanse lòt moun oswa nou fè moun ki gen konsyans fèb yo ditò, lanmou kretyen ap pouse nou aji avèk pridans (Women 14:13, 15). Li pi enpòtan pou nou konsève inite nan mitan nou e pou nou defann enterè Wayòm nan pase pou nou chèche egzèse dwa nou.

18, 19. a) Kòman se egzanp Jezi nou suiv lè nou montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun ? b) Nan ki domèn nou tout nou aji nan yon amoni total, e sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a ?

18 Lè nou aji konsa, nou suiv pi bèl egzanp lan. Men sa Pòl di : “ Menm Kris pa t fè tèt li plezi, men tankou sa ekri : ‘ Jouman moun ki t ap joure w yo tonbe sou mwen. ’” Jezi te dispoze sakrifye vi l pou nou. Sètènman nou vle sakrifye kèk nan dwa nou genyen si sa ap pèmèt “ moun ki pa djanm yo ” glorifye Bondye nan inite avèk nou. Vrèmanvre, si nou toleran e si nou konpreyansif anvè kretyen ki gen konsyans fèb yo, oswa si nou limite chwa nou volontèman epi nou pa ensiste sou dwa nou, n ap demontre “ menm mantalite Kris Jezi te genyen an ”. — Women 15:1-5.

19 Menmsi pwennvi nou sou kesyon kote pa gen prensip biblik ki an je kapab yon ti jan varye, nan kesyon adorasyon, nou aji nan yon amoni total (1 Korentyen 1:10). Yon inite konsa parèt klè, pa egzanp, nan reyaksyon nou fas ak moun ki opoze ak vrè adorasyon an. Pawòl Bondye a rele opozan sa yo etranje e li avèti nou pou nou pran prekosyon nou ak “ vwa etranje yo ”. (Jan 10:5). Ki jan nou ka idantifye etranje sa yo ? Ki jan nou dwe reyaji devan yo ? N ap konsidere kesyon sa yo nan atik k ap vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Nan kesyon abiman, timoun ki minè yo se paran yo ki pou gide yo.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa pwennvi diferan nou genyen sou kesyon pèsonèl pa ta dwe yon menas pou inite nou ?

• Poukisa antanke kretyen nou dwe montre konsiderasyon ki plen lanmou youn pou lòt ?

• Site kèk mwayen nou kapab aplike konsèy Pòl te bay sou inite jodi a, e ki sa k ap motive nou fè sa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Konsèy Pòl bay sou inite te endispansab pou kongregasyon an.

[Foto nan paj 24]

Kretyen yo ini menmsi edikasyon yo ak fòmasyon yo diferan.

[Foto nan paj 26]

Ki sa chofè sa a dwe fè la a ?