Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè atansyon ak “ vwa etranje yo ”

Fè atansyon ak “ vwa etranje yo ”

Fè atansyon ak “ vwa etranje yo ”

“ Nan okenn ka yo pap suiv yon etranje, men y ap kouri pou li, paske yo pa konnen vwa etranje yo. ” — JAN 10:5.

1, 2. a) Ki jan Mari te reyaji lè Jezi te rele l nan non l, e ak ki deklarasyon Jezi te fè anvan, evènman sa a tonbe daplon ? b) Ki sa ki pèmèt nou rete pwòch Jezi ?

JEZI resisite ret ap gade dam ki kanpe toupre tonm vid li te ye a. Li konnen l byen. Se Mari Magdalèn. Prèske dezan anvan sa, li te geri l lè l te gen yon demon sou li. Depi lè sa a, li akonpaye Jezi ak apot li yo, e li vin ap rann yo sèvis (Lik 8:1-3). Sepandan, jodi a, Mari ap kriye, tristès anvayi l paske li te wè Jezi mouri, e vwala, menm kò li disparèt. Alò Jezi di l : “ Madanm, poukisa w ap kriye ? Kiyès w ap chèche ? ” Li panse se te jadinye a, li reponn : “ Mesye, si w retire l, di m ki kote w mete l, epi m a al pran l. ” Apre sa, Jezi di : “ Mari ! ” Imedyatman li rekonèt fason Jezi konn abitye pale avè l. Avèk anpil kè kontan, li di : “ Anseyan ! ” E li ba l yon akolad. — Jan 20:11-18.

2 Istwa touchan sa a vin kore yon pawòl Jezi te di kèk tan anvan sa. Li te konpare tèt li ak yon bèje e li te konpare disip li yo ak mouton. Li di konsa, bèje a rele mouton pa l yo nan non yo e yo konnen vwa l (Jan 10:3, 4, 14, 27, 28). Vrèmanvre, menm jan yon mouton rekonèt bèje l, se konsa Mari rekonèt Kris, Bèje li a. Se menm bagay la tou pou disip Jezi yo jodi a (Jan 10:16). Menm jan zòrèy yon mouton pèmèt li konprann pou l rete pre bèje li, se menm jan an tou, disènman espirityèl pèmèt nou mache pazapa nan tras Ekselan Bèje nou an, Jezi Kris. — Jan 13:15 ; 1 Jan 2:6 ; 5:20.

3. Site kèk kesyon egzanp Jezi bay sou pak mouton an fè vin nan lespri w.

3 Sepandan, selon menm egzanp sa a, kapasite yon mouton genyen pou l rekonèt vwa moun pèmèt non sèlman li konnen zanmi l, men tou sa pèmèt li konnen ènmi l. Sa gen yon enpòtans kapital paske nou gen opozan ki mètdam. Kiyès sa yo ? Ki jan yo fonksyone ? Ki jan nou ka pwoteje tèt nou ? Pou nou konnen, annou gade ki lòt bagay Jezi di nan egzanp li te bay sou pak mouton an.

‘ Moun ki pa pase nan pòt la pou l antre ’

4. Selon egzanp bèje a, kiyès mouton yo suiv, e kiyès yo pa suiv ?

4 Jezi di : “ Moun ki pase nan pòt la pou l antre a se bèje mouton yo. Pòtye a ouvri pou moun sa a, e mouton yo tande vwa li, e li rele mouton l yo nan non yo epi li mennen yo deyò. Lè l fin met tout mouton l yo deyò, li pran devan yo, e mouton yo suiv li paske yo konn vwa l. Nan okenn ka yo pap suiv yon etranje, men y ap kouri pou li, paske yo pa konnen vwa etranje yo. ” ​(Jan 10:2-5). Note sa, Jezi itilize mo “ vwa ” a twa fwa. De fwa li pale konsènan vwa yon bèje, men twazyèm fwa a, li pale de “ vwa etranje yo ”. De ki kalite etranje Jezi ap pale la a ?

5. Poukisa nou pa montre ospitalite pou kategori etranje Jan chapit 10 site a ?

5 Jezi pap pale de kategori etranje nou vle montre ospitalite anvè yo. Mo yo te itilize pou sa nan lang orijinal Bib la siyifi “ lanmou pou etranje ”. (Ebre 13:2.) Nan egzanp Jezi a, etranje a se pa yon envite. Li ‘ pa pase nan pòt la pou l antre nan pak mouton an, men li eskalade pou l pase yon lòt kote ’. Li se “ yon vòlè e se yon dechèpiyè ”. (Jan 10:1.) Ki premye moun Pawòl Bondye a mansyone ki te vin yon vòlè e yon dechèpiyè ? Satan Ledyab. Nou jwenn prèv la nan liv Jenèz la.

Premye fwa yo te tande vwa yon etranje

6, 7. Poukisa li apwopriye pou nou rele Satan yon etranje e yon vòlè ?

6 Jenèz 3:1-5 dekri fason yo te tande vwa yon etranje sou tè a pou premye fwa. Istwa a rapòte, Satan al kot Èv, premye fi a, li sèvi ak yon sèpan pou l pale avè l yon fason pou l twonpe l. Se vre, nan istwa sa a yo pa rele Satan dirèkteman “ yon etranje ”. Sepandan, aksyon l yo montre nan plizyè fason li sanble ak etranje Jezi dekri nan egzanp ki rapòte nan Jan chapit 10 la. Annou konsidere kèk resanblans.

7 Selon sa Jezi di, etranje a pwoche bò kote viktim li yo nan pak mouton an an chatpent. Se menm jan an, Satan pwoche bò kote viktim li an endirèkteman, li sèvi ak yon sèpan. Metòd anbachal sa a fè Satan parèt pou sa li ye toutbonvre a : yon dasomann ki mètdam. Anplis de sa, etranje ki nan pak mouton an gen entansyon vòlè mouton pwopriyetè ki legal la. Anfèt, li pi mal pase yon vòlè, paske entansyon l tou se pou l “ touye epi pou l detwi ”. (Jan 10:10.) Konsa tou, Satan se yon vòlè : li twonpe Èv, li fè dappiyanp sou atachman li pou Bondye. Anplis de sa, Satan lakòz moun mouri. Se sa k fè li se yon asasen.

8. Ki jan Satan te defòme pawòl Jewova ak entansyon Jewova ?

8 Malonètete Satan an parèt klè nan fason li defòme pawòl Jewova ak entansyon Jewova. Li mande Èv : “ Èske se vre Bondye di, nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa nan jaden an ? ” Satan te fè konprann li sezi, se kòmsi li ta di : ‘ Kòman Bondye fè derezonab konsa ? ’ Apre sa li di : “ Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri. ” Note mo li itilize a : “ Bondye konnen. ” Se kòmsi Satan ta di : ‘ Mwen konnen sa Bondye konnen an. Mwen konnen entansyon l yo, e yo pa bon. ’ ​(Jenèz 2:16, 17 ; 3:1, 5). Malerezman, Èv ak Adan pa t vire do bay vwa etranje sa a. Okontrè, yo koute l e sa te pote malè pou yo ansanm ak desandan yo. — Women 5:12, 14.

9. Poukisa jodi a nou dwe atann n ap tande vwa etranje ?

9 Satan sèvi ak menm kalite metòd la pou l twonpe pèp Bondye a jodi a (Revelasyon 12:9). Li se “ Papa manti ”, e moun ki menm jan avè l k ap eseye twonpe sèvitè Bondye yo se pitit li yo ye (Jan 8:44). Annou note kèk fason moun tande vwa etranje sa yo jodi a.

Fason yo tande vwa etranje yo jodi a

10. Bay yon fason nou tande vwa etranje yo.

10 Fo rezònman. Apot Pòl di : “ Pa kite divès kalite ansèyman ki dwòl pote nou ale. ” ​(Ebre 13:9). Ki kalite ansèyman sa yo ? Etandone yo kapab “ pote nou ale ”, li evidan Pòl t ap pale de ansèyman k ap minen ekilib espirityèl nou. Kiyès k ap fè tande ansèyman etranj sa yo ? Pòl te di yon gwoup ansyen konsa : “ Gen yon seri mesye k ap leve pami nou menm menm e y ap di bagay kwochi pou yo rale disip yo dèyè yo. ” ​(Travay 20:30). An reyalite, jodi a, menm jan ak nan epòk Pòl la, gen kèk moun yon lè ki te fè pati kongregasyon an, men kounye a y ap eseye twonpe twoupo a nan pale “ bagay kwochi ” : mwatye verite ak manti kri. Jan apot Pyè te di l la, yo sèvi ak “ pawòl ki pou twonpe ” moun, pawòl ki sanble verite, men an reyalite ki san valè. — 2 Pyè 2:3.

11. Ki jan pawòl nou jwenn nan 2 Pyè 2:1, 3 ekspoze metòd ak entansyon aposta yo ?

11 Anplis de sa, Pyè ekspoze metòd aposta yo lè l di : ‘ anba anba, y ap vini ak yon seri sèk ki lakòz destriksyon ’. (2 Pyè 2:1, 3.) Menm jan vòlè nan egzanp Jezi te bay sou pak mouton an pa t antre ‘ nan pòt la, men li eskalade pou l pase yon lòt kote ’, se konsa aposta yo vin bò kote nou alawonyay (Galat 2:4 ; Jid 4). Ki entansyon yo ? Men sa Pyè ajoute : “ Y ap eksplwate nou. ” An reyalite, kèlkeswa sa aposta yo kapab di pou jistifye tèt yo, vrè entansyon yo se ‘ vòlè, touye epi detwi ’. (Jan 10:10.) Fè atansyon ak etranje sa yo !

12. a) Ki jan frekantasyon nou ka mete nou an kontak ak vwa etranje yo ? b) Ki resanblans ki genyen ant taktik Satan yo ak taktik etranje yo jodi a ?

12 Frekantasyon ki danjere. Nou kapab tande vwa etranje pami moun n ap frekante. Frekantasyon ki danjere mete espesyalman jèn yo an danje (1 Korentyen 15:33). Pa bliye, Satan te vize Èv, li menm ki te pi jèn e ki te gen mwens eksperyans nan de premye mesyedam yo. Li te konvenk li Jewova te redui nan libète li san rezon, malgre an reyalite se pa t vre. Jewova renmen moun li kreye yo e li veye sou byennèt yo (Izayi 48:17). Menm jan an tou jodi a, nou menm jèn, etranje yo ap eseye konvenk nou pou fè nou konprann paran kretyen nou yo retire nan libète nou san rezon. Ki jan etranje sa yo kapab enfliyanse nou ? Gen yon kretyèn ki admèt : “ Pandan yon moman, kamarad lekòl mwen te lakòz lafwa m yon ti jan febli. Yo t ap plede di relijyon m nan twò di e li derezonab. ” Sepandan, alaverite paran w yo renmen w. Konsa, lè kamarad lekòl ou eseye konvenk ou pou w pa fè paran w konfyans, pa kite yo twonpe w menm jan ak Èv.

13. Ki konduit ki saj David te adopte, e bay yon fason nou kapab imite l ?

13 Konsènan frekantasyon ki danjere, men sa salmis David di : “ Mwen pa chita ansanm ak moun ki nan manti e mwen pa antre ansanm ak moun k ap kache sa yo ye. ” ​(Sòm 26:4). La ankò, èske w note karakteristik etranje yo ? Yo kache sa yo ye, menm jan Satan te kache idantite l lè l te sèvi ak yon sèpan. Jodi a, kèk moun imoral sèvi ak Entènèt pou yo kache idantite yo ak vrè entansyon yo. Nan seyans deba k ap fèt sou Entènèt, granmoun devègonde gendwa menm ap pran pòz jèn yo pou yo rale w nan pyèj. Tanpri jèn, pran anpil prekosyon yon fason pou nou pa fè tèt nou mal espirityèlman. — Sòm 119:101 ; Pwovèb 22:3.

14. Ki jan medya yo konn pibliye vwa etranje yo pafwa ?

14 Fo akizasyon. Malgre nan nouvèl yo konn bay kèk rapò ki kòrèk sou Temwen Jewova yo, pafwa medya yo konn kite yo sèvi avèk yo pou transmèt vwa defòme etranje yo. Pa egzanp, nan yon peyi, yo fè yon repòtaj ki fo kote yo fè konnen Temwen Jewova yo te soutni rejim Hitler la diran Dezyèm Gè mondyal la. Nan yon lòt, yo fè yon rapò ki akize Temwen yo kòmkwa yo fè zak kraze brize nan legliz. Nan plizyè peyi, medya yo te akize Temwen yo kòmkwa yo refize bay pitit yo tretman medikal e yo fè espre yo fèmen je sou peche grav kwayan parèy yo fè (Matye 10:22). Malgre sa, moun ki sensè ki konnen nou pèsonèlman rekonèt akizasyon sa yo fo.

15. Poukisa li pa saj pou nou kwè tout bagay yo prezante nan medya yo ?

15 Ki sa nou dwe fè si n ap fè fas ak akizasyon vwa etranje sa yo ap gaye ? L ap bon pou nou suiv konsèy nou jwenn nan Pwovèb 14:15 lan : “ Yon moun ki san eksperyans kwè nan tout pawòl, men moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l. ” Li pa saj pou nou kwè tout bagay yo prezante kòm verite nan medya yo. Malgre nou pa panse se tout enfòmasyon pwofàn ki fo, nou rekonèt vrèmanvre “ lemonnantye blayi anba pouvwa mechan an. ” — 1 Jan 5:19.

“ Verifye pawòl ki enspire yo ”

16. a) Ki jan konpòtman mouton literal yo demontre pawòl Jezi nou jwenn nan Jan 10:4 la se verite ? b) Ki sa Bib la ankouraje nou fè ?

16 Ki jan menm n ap fè sèten si nou annafè ak yon zanmi oswa ak yon ènmi ? Ebyen, selon sa Jezi di, mouton yo ap suiv bèje a “ paske yo konn vwa l ”. (Jan 10:4.) Se pa aparans literal bèje a ki fè mouton yo suiv li, se vwa li. Selon yon liv yo fè sou peyi biblik yo, yon lè, gen yon vizitè ki fè konprann se abiman bèje a ki fè mouton yo rekonèt li, men, se pa vwa l. Gen yon bèje ki reponn, se vwa a yo rekonèt. Pou l pwouve sa, li chanje rad ak etranje a. Etranje a abiye ak rad bèje a, li rele mouton yo, men yo pa reponn. Yo pa t konnen vwa l. Sepandan, lè bèje a rele yo , malgre l te abiye yon lòt jan, mouton yo vin lamenm. Se sa k fè, yon moun kapab sanble yon bèje, men pou mouton yo, se pa sa k montre li se vrèman yon bèje. Annefè, mouton yo analize vwa moun k ap rele yo a, yo konpare l ak vwa bèje a. Pawòl Bondye a mande nou fè menm bagay la : “ Verifye pawòl ki enspire yo pou nou wè si yo soti nan Bondye. ” ​(1 Jan 4:1 ; 2 Timote 1:13). Ki sa k ap ede nou fè sa ?

17. a) Ki jan nou vin abitye ak vwa Jewova ? b) Ki sa konesans nou genyen sou Jewova ap pèmèt nou fè ?

17 Nòmalman, plis nou konnen vwa Jewova oswa mesaj li a byen, se plis nou kapab detekte vwa yon etranje. Labib montre fason pou nou devlope konesans sa a. Men sa l di : “ Zòrèy ou ap tande yon pawòl pa dèyè w k ap di : ‘  Men chemen an. Mache ladan l. ’  ” ​(Izayi 30:21). “ Pawòl ” pa dèyè nou an soti nan Pawòl Bondye a. Chak fwa nou li Pawòl Bondye a, se kòmsi nou tande vwa Gran Bèje nou an, Jewova (Sòm 23:1). Konsa, plis nou etidye Labib, se plis nou vin abitye ak vwa Bondye. Konesans entim sa a yon lòt bò, ede nou detekte vwa etranje yo lapoula. — Galat 1:8.

18. a) Ki sa konnen vwa Jewova gen ladan l ? b) Selon Matye 17:5, poukisa nou dwe obeyi vwa Jezi ?

18 Anplis de sa, ki sa konnen vwa Jewova gen ladan l ? Apa tande, li gen ladan l obeyi. Annou retounen ankò nan Izayi 30:21. Men sa Pawòl Bondye a deklare : “ Men chemen an. ” Wi, a travè etid Labib, nou tande enstriksyon Jewova. Apre sa, men kòmandman li bay : “ Mache ladan l. ” Jewova vle nou mete sa nou tande yo an pratik. Pakonsekan, lè nou pratike sa nou aprann, nou montre non sèlman nou tande vwa Jewova, men tou nou koute l (Detewonòm 28:1). Obeyi vwa Jewova siyifi tou obeyi vwa Jezi, paske se Jewova li menm ki mande nou fè sa (Matye 17:5). Ki sa Jezi, Ekselan Bèje a di nou pou nou fè ? Li anseye nou pou nou fè disip e pou nou mete konfyans nou nan “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45 ; 28:18-20.) Obeyi vwa li siyifi lavi etènèl pou nou. — Travay 3:23.

“ Y ap kouri pou li ”

19. Ki reyaksyon nou dwe genyen devan vwa etranje yo ?

19 Ki jan menm nou dwe reyaji devan vwa etranje yo ? Menm jan mouton yo konn reyaji a. Men sa Jezi di : “ Nan okenn ka yo pap suiv yon etranje, men y ap kouri pou li. ” ​(Jan 10:5). Nou reyaji de fason. Premyèman, ‘ nan okenn ka nou pap suiv ’ yon etranje. Wi, nou detèmine pou nou rejte yon etranje. Anfèt, ekspresyon grèk Bib la itilize pou “ nan okenn ka ” a, tradui fason ki pi strik pou yo rejte yon bagay nan lang sa a (Matye 24:35 ; Ebre 13:5). Dezyèmman, ‘ n ap kouri pou li ’, oswa n apvire do ba li. Se sèl bon fason pou nou reyaji devan moun ansèyman yo pa ann amoni ak vwa Ekselan Bèje a.

20. Ki jan n ap reyaji lè n ap fè fas ak a) aposta k ap twonpe moun, b) frekantasyon ki danjere, c) enfòmasyon defòme medya yo ap bay ?

20 Se sa k fè, lè nou anfas moun k ap eksprime ide aposta, nou vle fè sa Pawòl Bondye a di : “ Veye moun k ap simen divizyon yo, moun ki koz moun trebiche kont ansèyman nou te aprann nan, epi evite yo. ” ​(Women 16:17 ; Tit 3:10). Menm jan an tou, jèn kretyen yo k ap fè fas ak frekantasyon ki danjere, yo vle aplike konsèy Pòl te bay Timote ki te yon jèn : “ Kouri pou dezi ki gen lakay jèn yo. ” Lè n ap fè fas ak fo akizasyon nan medya yo, n ap sonje yon lòt avètisman Pòl te bay Timote : “ Y ap [moun ki koute vwa etranje yo] vire al koute lejann. Men ou menm, konsève bon sans ou nan tout bagay. ” ​(2 Timote 2:22 ; 4:3-5). Kèlkeswa jan vwa etranje yo ta parèt dous, n ap kouri pou tout sa ki ta kapab ranvèse lafwa nou. — Sòm 26:5 ; Pwovèb 7:5, 21 ; Revelasyon 18:2, 4.

21. Ki rekonpans k ap tann moun ki rejte vwa etranje yo ?

21 Lè kretyen wen yo rejte vwa etranje yo, yo montre yo rekonèt pawòl Ekselan Bèje a di nan Lik 12:32 a. Ladan l, Jezi di yo : “ Nou pa bezwen pè, ti twoupo, paske Papa nou dakò pou l ban nou wayòm nan. ” Menm jan an tou, “ lòt mouton ” yo ap tann avèk enpasyans pou yo tande pawòl Jezi yo ki di : “ Vini, nou menm Papa m beni, vin eritye wayòm ki te prepare pou nou depi fondasyon monn nan. ” ​(Jan 10:16 ; Matye 25:34). Ala yon bèl rekonpans k ap tann nou si nou rejte “ vwa etranje yo ” !

Èske nou sonje ?

• Nan ki sans Satan sanble ak deskripsyon yo fè sou etranje yo mansyone nan egzanp Jezi te bay sou pak mouton an ?

• Ki jan nou tande vwa etranje yo jodi a ?

• Ki fason nou kapab rekonèt vwa etranje yo ?

• Ki reyaksyon nou dwe genyen devan vwa etranje yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Mari te rekonèt Kris.

[Foto nan paj 30]

Etranje a pa pwoche bò kote mouton yo dirèkteman.

[Foto nan paj 32]

Ki jan nou reyaji devan vwa etranje yo ?