Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se ‘ fòtrès nou nan moman detrès ’

Jewova se ‘ fòtrès nou nan moman detrès ’

Jewova se ‘ fòtrès nou nan moman detrès ’

“ Delivrans moun ki jis la se nan Jewova l ap soti. Li se fòtrès yo nan moman detrès. ” — SÒM 37:39.

1, 2. a) Ki sa Jezi te mande pou disip li yo nan yon priyè ? b) Ki volonte Bondye pou pèp li a ?

JEWOVA toupisan. Li gen pisans pou l pwoteje adoratè fidèl li yo jan l vle. Li ta kapab menm separe pèp li a ak rès monn nan epi mete l yon kote ki trankil e an sekirite. Epoutan, nan yon priyè gade ki sa Jezi te di Papa l konsènan disip li yo : “ Sa m mande w, se pa pou w retire yo nan monn nan, men se pou w veye sou yo akoz mechan an. ” — Jan 17:15.

2 Jewova chwazi pou l pa ‘ retire nou nan monn nan ’. Okontrè, se volonte l menm pou nou viv nan mitan moun ki nan monn nan yon fason pou nou pwoklame mesaj li a, yon mesaj ki pote lespwa ak rekonfò pou lòt moun (Women 10:13-15). Men, tankou Jezi te lese konprann sa nan priyè l la, lefètke n ap viv nan monn nan, “ mechan an ” ka atenn nou. Moun dezobeyisan yo ansanm ak espri mechan yo fè gen anpil soufrans ak anpil tètchaje, e kretyen yo pa alabri devan detrès. — 1 Pyè 5:9.

3. Ak ki reyalite menm sèvitè Bondye ki fidèl yo dwe fè fas, men ki rekonfò nou jwenn nan Pawòl Bondye a ?

3 Devan eprèv sa yo, li nòmal pou yon moun dekouraje detanzantan (Pwovèb 24:10). Bib la rakonte istwa yon bann moun fidèl ki konn sa sa vle di detrès. Salmis la di : “ Moun ki jis la jwenn anpil kalamite, men Jewova delivre l anba yo tout. ” ​(Sòm 34:19). Wi, menm “ moun ki jis la ” move bagay rive l. Menm jan ak salmis David, pafwa nou kapab menm ‘ vin angoudi, nou vin kraze depase limit ’. (Sòm 38:8.) Toutfwa, li rekonfòtan pou nou konnen “ Jewova toupre moun ki santi yo kraze nan kè yo. E moun ki santi yo kraze nan lespri yo, l ap sove yo ”. — Sòm 34:18 ; 94:19.

4, 5. a) Ann amoni ak Pwovèb 18:10, ki sa nou dwe fè pou nou ka jwenn pwoteksyon nan men Bondye ? b) Site kèk aksyon enpòtan nou dwe fè pou Bondye ede nou.

Jan Jezi te di sa nan priyè a, Jewova vrèman ap veye sou nou. Li se ‘ fòtrès nou nan moman detrès ’. (Sòm 37:39.) Liv Pwovèb la itilize menm ekspresyon an lè li di : “ Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon. ” ​(Pwovèb 18:10). Vèsè sa a revele yon verite fondamantal konsènan sousi ak tandrès Jewova gen pou kreyati l yo. Bondye pwoteje espesyalman moun ki jis yo, moun k ap chèche l toutbon, kòmsi nou t ap kouri al kache nan yon fòtrès solid.

5 Lè nou rankontre pwoblèm ki lage nou nan detrès, ki jan nou ka kouri al jwenn Jewova pou l pwoteje nou ? Annou konsidere twa aksyon enpòtan nou dwe fè pou nou jwenn èd nan men Jewova. Premyèman, nou dwe priye Papa nou ki nan syèl la. Dezyèmman, se pou nou kite lespri sen gide nou. E twazyèmman, nou dwe aksepte dispozisyon Jewova pran, lè nou chèche konpayi kretyen parèy nou yo, yon bagay ki kapab soulaje nou anba detrès.

Lapriyè gen anpil pouvwa

6. Ki jan vrè kretyen yo konsidere lapriyè ?

6 Pou ede moun konbat depresyon ak strès, gen kèk ekspè nan domèn lasante ki rekòmande lapriyè kòm tretman. Byenke li posib pou yon ti moman trankil yon moun pase ap reflechi nan lapriyè soulaje l anba strès, nou ka di menm bagay la tou pou yon seri de son ki gen nan lanati, oubyen menm pou yon masaj nan do. Vrè kretyen yo pa minimize enpòtans lapriyè, yo pa konsidere l tankou yon senp tretman ki ka fè yon moun santi l byen. Pou nou, lapriyè se yon mwayen pou nou kominike nan respè ak Kreyatè a. Sa mande pou nou gen atachman pou Bondye e pou nou fè l konfyans. Wi, lapriyè fè pati adorasyon nou.

7. Ki sa priye avèk konfyans vle di, e ki jan priyè sa yo ede nou kenbe lè nou nan detrès ?

7 Priyè nou yo dwe demontre nou gen konfyans nan Jewova. Men sa apot Jan te ekri : “ Men ki asirans nou genyen bò kote l : sèke kèlkeswa sa nou mande selon volonte l, li tande nou. ” ​(1 Jan 5:14). Jewova, Èt siprèm nan, sèl vrè Dye a, Bondye toupisan an, enterese toutbon nan priyè sensè adoratè l yo ap fè. Lefètke nou konnen Bondye nou an, ki renmen nou, ap koute nou lè nou rakonte l pwoblèm nou ak enkyetid nou, se deja yon soulajman pou nou. — Filipyen 4:6.

8. Poukisa kretyen fidèl yo pa ta dwe janm santi yo ni timid ni endiy pou yo priye Jewova ?

8 Lè kretyen fidèl yo ap priye Jewova, yo pa dwe janm santi yo ni timid ni endiy, ni yo pa ta dwe janm manke konfyans. Se vre, lè nou santi nou desi oswa lè pwoblèm yo soti pou pote n ale, nou ka pa toujou anvi priye Jewova. Men, li t ap bon si, nan okazyon sa yo, nou sonje Jewova “ gen pitye pou aflije l yo ” e li “ konsole moun ki dekouraje yo ”. (Izayi 49:13 ; 2 Korentyen 7:6.) Se nan moman angwas ak nan moman detrès yo menm, nou bezwen al jwenn Papa nou ki nan syèl la avèk konfyans, li menm ki se fòtrès nou.

9. Ki wòl lafwa jwe lè n ap priye Bondye ?

9 Pou nou tire pwofi toutbon nan privilèj nou genyen pou nou lapriyè a, nou dwe gen yon fwa ki solid. Men sa Bib la di : “ Moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” ​(Ebre 11:6). Lafwa mande plis pase annik kwè Bondye egziste, annik kwè “ li la ”. Vrè lafwa a se lè yon moun kwè toutbon Bondye gen ni kapasite ni volonte pou l rekonpanse moun ki obeyi l yo. “ Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li la ap koute siplikasyon yo. ” ​(1 Pyè 3:12). Si nou toujou sonje Jewova renmen nou e li gen sousi pou nou, sa ap fè priyè nou yo pran yon lòt dimansyon.

10. Pou Jewova soutni nou nan domèn espirityèl, ki jan nou dwe priye ?

10 Lè nou priye Jewova ak tout kè nou, Jewova koute nou. Men sa salmis la ekri : “ Mwen rele ak tout kè m. Reponn mwen, o Jewova ! ” ​(Sòm 119:145). Kontrèman ak moun, nan anpil relijyon, ki fè yon pil seremoni lè y ap priye, nou menm nou pa priye pou lafòm, e nou sensè nan sa n ap di. Lè n ap priye Jewova, nou fè sa ak “ tout kè nou ”, sa nou mande yo gen sans e nou mande yo nan yon objektif. Lè nou fin fè priyè sensè sa yo, nou kòmanse santi nou soulaje paske nou te lage ‘ fado nou yo sou Jewova li menm ’. E jan Bib la pwomèt sa, ‘ li menm, bò kote pa l, l ap soutni nou ’. — Sòm 55:22 ; 1 Pyè 5:6, 7.

Lespri Bondye se yon èd pou nou

11. Bay youn nan fason Jewova reponn nou lè nou ‘ kontinye mande l ’ èd li.

11 Jewova pa annik kontante l koute priyè nou fè, li reponn yo tou (Sòm 65:2). Men sa David ekri : “ Nan jou detrès mwen, wi, m ap rele w, paske w ap reponn mwen. ” ​(Sòm 86:7). Nan menm sans lan, Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “ kontinye mande ” Jewova èd li paske ‘ tout moun ki mande Papa a ki nan syèl la lespri sen, li ba yo l ’. (Lik 11:9-13.) Wi, fòs aktif Bondye a sèvi tankou yon èd, oswa yon konsolatè, pou pèp li. — Jan 14:16.

12. Lè pwoblèm yo sanble yo san solisyon, ki jan lespri Bondye kapab ede nou ?

12 Menm lè n ap fè fas ak eprèv, lespri Bondye ka ranpli nou ak “ pisans ki depase sa ki nòmal la ”. (2 Korentyen 4:7.) Apot Pòl, ki te andire anpil sitiyasyon stresan, te di pawòl sa yo avèk konfyans : “ Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun ki ban m pisans lan. ” ​(Filipyen 4:13). Menm jan an tou, gen anpil kretyen jodi a, kòm repons yo resevwa pou siplikasyon yo te fè, ki santi fòs yo renouvle nan domèn espirityèl ak nan domèn moral. Byen souvan, lè lespri Bondye fin ede nou, pwoblèm yo pa sanble yo san solisyon menm jan an ankò. Grasa fòs sa a Bondye ban nou, nou kapab di menm jan ak apot la : “ Yo kwense nou nan tout sans, men nou pa jennen nan pwen nou pa ka fè mouvman, nou anbarase, men nou pa fin san espwa nèt, yo pèsekite nou, men nou pa moun abandone, yo lage nou atè, men nou pa detwi. ” — 2 Korentyen 4:8, 9.

13, 14. a) Ki jan Jewova, pa mwayen Pawòl li, montre li se yon fòtrès pou nou ? b) Ki jan aplikasyon prensip biblik yo ede w pèsonèlman ?

13 Lespri sen te enspire tout sa ki ekri nan Pawòl Bondye a e li te prezève yo, pou pwofi nou. Ki jan Bondye, pa mwayen Pawòl li, montre l se yon fòtrès pou nou nan moman detrès ? Yon fason li fè sa se lè li ban nou sajès pratik ansanm ak kapasite pou nou reflechi (Pwovèb 3:21-24). Bib la ede n devlope kapasite mantal nou e li amelyore entèlijans nou (Women 12:1). Si nou li Pawòl Bondye a regilyèman, si nou etidye l epi nou mete sa nou aprann yo an pratik, n ap vin ka ‘ sèvi ak kapasite klèvwayans nou pou distenge sa ki byen ak sa ki mal ’. (Ebre 5:14.) Petèt ou menm pèsonèlman, ou te wè ki jan prensip ki nan Bib la te ede w pran desizyon ki saj lè ou te nan difikilte. Bib la ban nou entèlijans k ap ede nou jwenn solisyon ki pratik pou nou rezoud pwoblèm ki lage nou nan detrès yo. — Pwovèb 1:4.

14 Yon lòt jan ankò Pawòl Bondye a ban nou fòs, se grasa esperans delivrans nou an (Women 15:4). Bib la di nou lemal pap toujou egziste. Kèlkeswa tribilasyon n ap andire, yo pap la nètale (2 Korentyen 4:16-18). Nou gen “ esperans lavi etènèl, Bondye, ki pa ka bay manti, te pwomèt depi anvan tan lontan ”. (Tit 1:2.) Si nou rejwi nou nan esperans sa a, san nou pa bliye bèl avni Jewova pwomèt nou an, n ap rive andire tribilasyon. — Women 12:12 ; 1 Tesalonisyen 1:3.

Kongregasyon an se yon fason Bondye eksprime lanmou l

15. Ki jan kretyen yo ka yon èd youn pou lòt ?

15 Yon lòt dispozisyon Jewova pran ki ede nou nan moman detrès se relasyon nou genyen avèk frè ak sè nou yo nan kongregasyon an. Men sa Bib la di : “ Yon vrè konpayon toujou gen lanmou, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ” ​(Pwovèb 17:17). Nou tout ki fè pati kongregasyon an, Pawòl Bondye a ankouraje nou pou youn onore lòt e pou youn renmen lòt (Women 12:10). Apot Pòl ekri : “ Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men, pa lòt moun nan. ” ​(1 Korentyen 10:24). Lè nou gen yon etadespri konsa, sa ap ede nou konsantre nou sou bezwen lòt moun, olye nou ret chita sou eprèv nou yo sèlman. Lè nou ofri tèt nou pou nou sèvi pwochen nou, nonsèlman nou ede yo, men nou jwenn lajwa, nou jwenn satisfaksyon, e sa rann chaj nou yo pi fasil pou nou sipòte. — Travay 20:35.

16. Ki jan kretyen yo ka ankouraje youn lòt ?

16 Gason ak fi ki gen matirite espirityèl kapab kontribye anpil pou fòtifye lòt moun. Pou yo ka rive fè sa, yo fè efò pou yo alafwa disponib e abòdab (2 Korentyen 6:11-13). Se vrèman yon benediksyon sa ye pou kongregasyon an lè tout moun pran tan yo pou felisite jèn yo, pou edifye nouvo yo e pou ankouraje moun ki deprime yo (Women 15:7). Lanmou fratènèl nou genyen ap ede nou pou nou pa mefyan youn anvè lòt. Nou pa ta dwe kouri met nan tèt nou se paske yon moun gen feblès nan domèn espirityèl ki fè li gen pwoblèm. Pòl te byen ankouraje kretyen yo pou yo “ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime ”. (1 Tesalonisyen 5:14.) Bib la montre menm kretyen ki fidèl konn nan detrès. — Travay 14:15.

17. Ki okazyon nou genyen pou nou fòtifye lyen nou genyen ak frè nou yo ?

17 Reyinyon nou yo ban nou bèl opòtinite pou youn konsole lòt, pou youn ankouraje lòt (Ebre 10:24, 25). Men, se pa nan reyinyon kongregasyon an sèlman sèvitè Bondye yo ka demontre yo gen lanmou youn pou lòt. Yo chèche gen konpayi ki agreyab nan lòt okazyon tou. Lè yon moman detrès met pye, nou youn ap pi fasil ede lòt paske nou te deja gen bonjan lyen antre nou. Men sa apot Pòl ekri : “ Pa gen divizyon nan kò a, men [...] manm li yo gen [...] sousi youn pou lòt. E si yon manm ap soufri, tout lòt manm yo soufri ansanm avè l. E si yon manm glorifye, tout lòt manm yo rejwi ansanm avè l. ”— 1 Korentyen 12:25, 26.

18. Lè nou santi nou dekouraje, ki tandans nou dwe evite ?

18 Pafwa, nou kapab santi nou tèlman dekouraje, nou pa anvi pwofite konpayi kretyen parèy nou yo. Nou dwe lite kont santiman sa yo, pou nou pa prive tèt nou de èd ak konsolasyon nou ka jwenn nan men yo. Men ki mizangad Bib la ban nou : “ Moun k ap izole tèt li ap chèche pwòp dezi egoyis li, l ap soulve kont tout sajès pratik. ” ​(Pwovèb 18:1). Frè ak sè nou yo se yon prèv ki montre Bondye gen sousi pou nou. Si nou aksepte dispozisyon sa a, Bondye pran avèk amou, n ap jwenn soulajman lè nou nan detrès.

Annou rete pozitif

19, 20. Ki sa Bib la di k ap ede nou rejte panse negatif ?

19 Lè dekourajman ak tristès anvayi kè yon moun, li fasil pou moun sa a gen panse negatif nan tèt li. Pa egzanp, lè yon moun tonbe nan malè, li ka kòmanse doute sou pwòp espirityalite l, li ka panse se paske Bondye pa apwouve l ki fè l tonbe nan pwoblèm li ye a. Men sonje, Jewova pa pase pèsonn anba eprèv ak “ bagay ki mal ”. (Jak 1:13.) Men sa Bib la di nou konsènan Bondye : “ Paske se pa ak pwòp kè l li aflije pitit lèzòm yo, oubyen li ba yo lapenn. ” ​(Lamantasyon 3:33). Okontrè, lè sèvitè Jewova yo ap soufri, sa fè l mal anpil. — Izayi 63:8, 9 ; Zekarya 2:8.

20 Jewova se “ Papa ki gen kè sansib la, Bondye konsolasyon an ”. (2 Korentyen 1:3.) Li gen sousi pou nou, e l ap onore nou nan moman ki apwopriye (1 Pyè 5:6, 7). Si nou pa janm bliye Bondye gen afeksyon pou nou, sa ap ede nou kenbe yon etadespri pozitif, sa ap menm fè kè nou kontan. Gade ki sa Jak te ekri : “ Konsidere sa tankou yon vrè lajwa, frè m yo, lè n ap fè fas ak tout kalite eprèv. ” ​(Jak 1:2). Poukisa ? Men repons li bay : “ Paske lè l fin tounen yon moun apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a, kouwòn Jewova pwomèt moun ki kontinye renmen l. ” — Jak 1:12.

21. Kèlkeswa difikilte nou ka ap rankontre, ki asirans Bondye bay tout moun ki fidèl devan l ?

21 Jezi te gentan avèti nou : nan monn nan, n ap gen tribilasyon (Jan 16:33). Men, Bib la pwomèt nou ni ‘ tribilasyon, ni detrès, ni pèsekisyon, ni grangou, ni touni, ni danje ’ pap kapab separe nou ni ak lanmou Jewova ni ak lanmou Pitit Gason l lan (Women 8:35, 39). Èske se pa rekonfòtan pou nou konnen kèlkeswa detrès n ap rankontre, se pou de jou yo la ? Anplis de sa, pandan n ap tann pou tout soufrans lèzòm fini, Jewova, Papa cheri nou an, ap veye sou nou. Si nou kouri al chèche pwoteksyon nan men l, n ap wè li se “ yon refij wo ki asire pou moun ki kraze a, yon refij wo ki asire nan moman detrès ”. — Sòm 9:9.

Ki sa nou sot aprann ?

• Ki sa kretyen yo dwe atann pandan y ap viv nan monn mechan sa a ?

• Lè n ap rankontre eprèv, ki jan priyè sensè nou yo ka ban nou fòs ?

• Ki jan lespri Bondye ka ede nou ?

• Ki sa nou ka fè pou youn ede lòt ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Nou dwe chèche Jewova menm jan nou t ap fè si nou t ap kouri al kache nan yon fòtrès solid.

[Foto nan paj 15]

Moun ki gen matirite nan domèn espirityèl pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo felisite lòt moun e pou yo ankouraje yo.