Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa ki nesesè pou yon moun gen kè kontan ?

Ki sa ki nesesè pou yon moun gen kè kontan ?

Ki sa ki nesesè pou yon moun gen kè kontan ?

JEWOVA, “ Bondye ki gen kè kontan an ”, ansanm ak Jezi Kris, “ sèl Souvren ki gen kè kontan an ”, konnen plis pase nenpòt moun ki sa ki nesesè pou yon moun gen kè kontan (1 Timote 1:11 ; 6:15). Se sa k fè, se pa etonan pou se nan Bib la, Pawòl Bondye a, nou jwenn sekrè kè kontan an. — Revelasyon 1:3 ; 22:7.

Nan selèb Sèmon sou montay la, Jezi te site ki sa ki nesesè pou yon moun gen kè kontan. Li di : “ Byennere ” 1) moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, 2) moun ki andèy, 3) moun ki gen karaktè dou, 4) moun ki grangou e ki swaf jistis, 5) moun ki gen mizèrikòd, 6) moun ki gen kè pwòp, 7) moun ki pasifik, 8) moun yo pèsekite akoz sa ki jis, e 9) moun ki sibi move tretman, moun yo pèsekite akoz li. — Matye 5:3-11 *.

Èske sa Jezi di yo se vre ?

Gen nan deklarasyon Jezi yo ki pa bezwen yon pil esplikasyon pou demontre yo se laverite. Kiyès ki ka di se pa vre yon moun ki gen karaktè dou, ki gen mizèrikòd, ki pasifik, e ki gen kè pwòp pa gen plis kè kontan pase yon moun tout tan k ap fè kòlè, ki toujou sou fè kont e ki san pitye ?

Sepandan, ou ka ap mande tèt ou ki jan yo ka fè di yon moun ki grangou e ki swaf jistis oubyen ki andèy, byennere. Moun sa yo gen yon pwennvi reyalis sou kondisyon ki egziste nan monn nan. Y ap “ soupire e y ap jemi parapò ak tout bagay detestab moun ap komèt ” nan epòk pa nou an (Ezekyèl 9:4). Sitiyasyon sa yo, an yo menm, pa fè kè yo kontan. Sepandan, lè yo aprann objektif Bondye genyen pou l fè gen kondisyon dwat sou tè a e pou l pote jistis pou moun y ap oprime yo, se pa ti kontan moun sa yo kontan. — Izayi 11:4.

Lanmou pou lajistis fè kèk moun andèy, sa vle di yo nan lapenn lefètke souvan yo pa reyisi fè sa ki dwat. Konsa, yo vin konsyan yo pòv espirityèlman. Moun sa yo dispoze vire bò kote Bondye pou yo jwenn direksyon, paske yo rann yo kont se li menm sèl ki ka ede yo venk feblès yo genyen yo. — Pwovèb 16:3, 9 ; 20:24.

Moun ki andèy, ki grangou e ki swaf jistis e ki konsyan yo pòv espirityèlman, rekonèt yon bon relasyon ak Kreyatè a se yon bagay ki enpòtan. Yon bon relasyon ak lòt moun bay kè kontan, alewè pou yon bon relasyon ak Bondye ! Sa bay plis kè kontan toujou. Wi, moun ki renmen lajistis toutbonvre e ki toutafè dakò pou Bondye gide yo, vrèmanvre yo ka di moun sa yo byennere.

Sepandan, ou ka twouve li difisil pou w kwè yon moun yo pèsekite e yo fè sibi move tretman ka byennere. Men, piske se Jezi menm ki di sa, sa dwe yon verite. Konsa, ki jan pou nou konprann pawòl sa yo ?

Yo pèsekite yo, men yo gen kè kontan : kòman sa fè posib ?

Remake, Jezi pa di move tretman ak pèsekisyon an yo menm bay kè kontan. Li di : “ Byennere moun yo pèsekite akoz sa ki jis [...], nou byennere lè moun fè nou sibi move tretman e yo pèsekite nou [...] akoz mwen. ” ​(Matye 5:10, 11). Kidonk, se sèlman si yon moun sibi move tretman paske li se disip Kris, paske li mennen vi l selon prensip jis Jezi te anseye yo, l ap jwenn kè kontan.

Sa ki te rive premye kretyen yo montre sa byen. Manm Sanedren yo, anpalan de tribinal siprèm juif yo, te “ fè apot yo vini, yo filange yo ak kout fwèt, apre sa yo pase yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi, e yo lage yo ”. Ki jan apot yo te reyaji ? “ Yo te soti devan Sanedren an, yo t ap rejwi dèske yo te jije yo diy pou yo avili yo akoz non li. E chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi. ” — Travay 5:40-42 ; 13:50-52.

Apot Pyè pote plis limyè toujou sou relasyon ki genyen ant move tretman ak kè kontan. Li ekri : “ Si yo fè nou sibi move tretman pou non Kris, nou mèt kontan, paske lespri glwa a, wi lespri Bondye, poze sou nou. ” ​(1 Pyè 4:14). Wi, lè yon moun soufri antanke kretyen paske li fè sa ki dwat, menmsi soufrans sa yo pa dous, sa bay kè kontan yon moun jwenn lefètke li konnen li gen lespri sen Bondye avè l. Ki rapò lespri Bondye genyen ak kè kontan ?

Zèv lachè oubyen fwi lespri a ?

Lespri sen Bondye poze sèlman sou moun ki obeyi Bondye kòm chèf (Travay 5:32). Jewova pa bay moun k ap pratike “ zèv lachè ” lespri sen li, moun zèv yo se “ fònikasyon, bagay ki enpwòp, konduit deregle, idolatri, pratik espiritis, hinghang, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, sèk, anvi, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay ki sanble ak yo ”. (Galat 5:19-21.) Se vre, nan monn nan jodi a se “ zèv lachè yo ” ki pi kouran. Men, moun k ap pratike zèv sa yo pa gen vrè jwa a, yo pa gen yon kè kontan ki la pou lontan. Okontrè, lè yon moun ap pratike jan de bagay sa yo sa detwi bon relasyon li genyen ak fanmi l, zanmi l ansanm ak lòt moun li konnen. Mete sou sa, Pawòl Bondye a di, moun “ k ap pratike bagay sa yo pap eritye Wayòm Bondye a ”.

Tandiske, Bondye bay moun ki kiltive “ fwi lespri a ” lespri l. Kalite ki konpoze fwi sa a se “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè ak metriz ”. (Galat 5:22, 23.) Lè nou demontre kalite sa yo, nou kreye kondisyon pou nou gen lapè ak lòt moun e pou nou gen lapè ak Bondye, e sa fè nou gen vrè bonè a (gade kare a). Sa ki pi enpòtan ankò, sèke lè nou manifeste lanmou, bonte, byenveyans ansanm ak lòt kalite Bondye gen lakay li, sa fè nou fè Jewova plezi e nou gen esperans pou nou viv pou tout tan nan monn nouvo Bondye a, yon monn ki jis.

Viv ak kè kontan se yon chwa

Lè Wolfgang ak Brigitte, yon koup ki ap viv ann Almay, te kòmanse etidye Bib la seryezman, yo te gen anpil bagay materyèl, bagay moun panse yon moun dwe genyen pou l gen kè kontan. Yo te jèn e yo te an bòn sante. Yo te konn abiye chè, yo t ap viv nan yon bèl kay ki byen dekore e yo te gen yon biznis k ap mache byen. Yo te pase pifò tan yo ap kouri dèyè byen materyèl, men sa pa t ba yo vrè bonè a. Sepandan, avèk letan, Wolfgang ak Brigitte te fè yon chwa ki trèzenpòtan. Yo te kòmanse pase plis tan, yo te fè plis efò, pou yo chèche bagay ki gen yon valè espirityèl e pou yo chèche fason pou yo pwoche pi pre Jewova. Chwa yo te fè a te fè yo fè chanjman nan atitid yo, sa ki te pouse yo senplifye lavi yo e konsa yo te vin sèvi antanke pyonye, oubyen minis a plen tan. Jodi a, y ap sèvi antanke volontè nan filyal Temwen Jewova ann Almay. Mete sou sa, yo aprann yon lang azyatik yon fason pou yo ka ede etranje yo aprann laverite ki nan Bib la, Pawòl Bondye a.

Èske koup sa a jwenn vrè bonè a ? Men sa Wolfgang di : “ Depi nou te kòmanse enterese chèche bagay espirityèl yo, nou vin gen plis kè kontan e nou vin gen plis satisfaksyon. Sèvi Jewova ak tout kè nou fè maryaj nou vin pi solid. Nou te gen yon maryaj ere anvan, men nou te gen obligasyon ak enterè ki te fè nou pousuiv objektif ki diferan. Men kounye a, n ap pousuiv menm objektif e nou ini. ”

Ki sa ki nesesè pou yon moun gen kè kontan ?

An de mo : Evite “ zèv lachè yo ” epi kiltive “ fwi lespri [Bondye] a ”. Pou yon moun gen kè kontan, li bezwen gen dezi pou l gen bonjan relasyon ak Bondye. Yon moun ki fè efò pou l atenn objektif sa a koresponn ak deskripsyon moun ki byennere Jezi fè a.

Se sa k fè, pa fè erè pou di bonè a pa alapòte w. Se vre, pou lemoman, ou ka pa gen yon bòn sante oubyen ou ka menm gen pwoblèm nan maryaj ou. Petèt ou ka pa gen posiblite ankò pou w fè timoun oubyen ou ka ap fè anpil efò pou w jwenn yon bon travay. Li ka rive bous ou pa chaje menm jan ak lontan. Malgre tou, pran kouraj, ou pa gen rezon pou w pèdi espwa. Wayòm Bondye a pral rezoud tout pwoblèm sa yo ansanm ak yon bann lòt pwoblèm ankò. Se toutbon, talè konsa, Jewova Dye pral akonpli pawòl sa yo salmis la te di : “ Rèy ou se yon rèy ki la pou tan endefini [...]. Ou ouvri men w epi ou satisfè dezi tout kreyati vivan. ” ​(Sòm 145:13, 16). Jan plizyè milyon sèvitè Jewova gen sou tout tè a ka sètifye sa, lè w kenbe pwomès ankourajan sa a Jewova fè a nan tèt ou, sa ka pèmèt ou jwenn vrè bonè a depi kounye a. — Revelasyon 21:3.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Tout nèf deklarasyon yo kòmanse ak yon mo grèk makarioï. Olye pou La Traduction du monde nouveau, Bible de Jérusalem ansanm ak La Sainte Bible de Louis Segond mete “ benediksyon ” pou tradui mo sa a jan kèk tradiksyon fè sa, yo sèvi pito ak mo ki pi egzak la : “ byennere ”.

[Kare/Foto nan paj 5]

Kèk kalite ki ka pèmèt nou jwenn kè kontan

Lanmou pouse lòt moun renmen w anretou.

Lajwa ap ba w fòs pou w fè fas ak pwoblèm ou rankontre.

Lapè ap ede w kenbe relasyon ou genyen ak lòt moun san pa gen konfli.

Pasyans ap pèmèt ou toujou gen kè kontan malgre w anba tribilasyon.

Bonte ap atire lòt moun sou ou.

Byenveyans ap fè lòt moun reponn alapèl lè w bezwen èd.

Lafwa fè w gen asirans w ap jwenn direksyon nan men Bondye e l ap fè sa avèk amou.

Dousè ap fè w gen kè poze e espri w ak kò w ap anpè.

Metriz ap fè w fè mwens erè.

[Foto nan paj 6]

Pou w jwenn kè kontan li nesesè pou w satisfè bezwen espirityèl ou.