Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou fatige, men nou pa faya

Nou fatige, men nou pa faya

Nou fatige, men nou pa faya

“ Jewova, Kreyatè dènye bout tè a, [...] bay moun ki fatige fòs, e moun ki pa gen enèji dinamik, li fè yo gen pisans ann abondans. ” — IZAYI 40:28, 29.

1, 2. a) Ki envitasyon ankourajan tout moun k ap pratike vrè adorasyon an resevwa ? b) Ki sa ki ka reprezante yon gwo danje pou espirityalite nou ?

ANTANKE disip Jezi, nou abitye ak envitasyon ankourajan sa a, kote li di : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. [...] Paske jouk mwen an dous e chay mwen an lejè. ” ​(Matye 11:28-30). Kretyen yo gen posiblite tou pou yo jwenn “ sezon rafrechisman [k ap soti] devan fas Jewova ”. (Travay 3:19.) Asireman, ou menm pèsonèlman, ou wè jan sa bay fòs, jan sa rafrechisan, lè yon moun aprann verite ki nan Bib la, lè l gen yon bèl esperans pou lavni ak lè l aplike prensip Jewova yo nan lavi l.

2 Men, sa pa anpeche kèk sèvitè Jewova konn gen moral yo ba. Pafwa, moman dekourajman sa yo konn pa dire. Men, gendelè tou, yo konn pèsiste pandan anpil tan. Avèk letan, gen sèvitè Jewova ki ka santi responsablite yo genyen antanke kretyen vin tounen yon fado pou yo olye pou yo ta santi responsablite sa yo tankou yon chay ki ba yo fòs, jan Jezi te pwomèt sa. Move santiman konsa ka menase relasyon yon kretyen genyen avèk Jewova seryezman.

3. Poukisa Jezi te bay konsèy ki nan Jan 14:1 a ?

3 Yon ti tan anvan yo arete Jezi pou yo te egzekite l, men sa l te di disip li yo : “ Pa kite chagren anvayi kè nou. Mete lafwa nou nan Bondye, mete lafwa nou nan mwen tou. ” ​(Jan 14:1). Etandone apot yo t apral viv evènman ki trajik, se sa k fè Jezi te di yo pawòl sa yo. E apre sa, yo t apral sibi yon vag pèsekisyon. Jezi te konnen apot li yo te ka trebiche si yo ta dekouraje anpil (Jan 16:1). Santiman tristès sa yo, si apot yo pa t konbat yo, ta ka febli yo espirityèlman, e sa ta ka fè yo pèdi konfyans nan Jewova. Se menm bagay la pou kretyen yo jodi a. Yon dekourajman ki pwolonje kapab fè nou vin gen plis chagren toujou, e kè nou ka vin lou (Jeremi 8:18). Moun nou ye pa anndan an kapab vin pi fèb e ni espirityalite nou, ni moral nou, kapab vin paralize anba presyon sa yo. Nou gendwa menm vin pa anvi adore Jewova ankò.

4. Ki sa ki ka ede nou pwoteje kè senbolik nou pou fatig pa anvayi l ?

4 Se sa k fè, konsèy sa a Bib la ban nou an byen tonbe : “ Plis pase tout lòt bagay yon moun dwe prezève, prezève kè w, paske se nan li sous lavi a chita. ” ​(Pwovèb 4:23). Bib la ban nou konsèy pratik k ap ede nou pwoteje kè senbolik nou pou dekourajman ak fatig espirityèl pa anvayi l. Sepandan, premye sa pou nou fè, se pou nou idantifye ki sa ki lakòz nou fatige.

Krisyanis la pa yon chay ki lou

5. Ki kontradiksyon ki ta sanble egziste nan kondisyon ki genyen pou yon moun disip Kris ?

5 Se vre, pou yon moun kretyen, sa mande gwo efò (Lik 13:24). Jezi te menm di : “ Kèlkeswa moun ki pa pote poto soufrans li e ki pa suiv mwen, moun sa a pa kapab disip mwen. ” ​(Lik 14:27). Si w pa byen gade, deklarasyon Jezi fè la a ka sanble an kontradiksyon ak pawòl li te di konsènan chay li bay la ki lejè e ki bay fòs. Men, an reyalite, yo pa an kontradiksyon.

6, 7. Poukisa nou ka di fason nou adore Jewova pa ka koz nou fatige ?

6 Byenke lè yon moun fè gwo efò fizik, lè l travay di, sa kapab fatige l, men sa ba l satisfaksyon, sa rekonfòte l, si sa l ap fè a se pou yon bon koz l ap fè l (Eklezyas 3:13, 22). Ki pi bon koz ki genyen pase lè yon moun vle pataje verite estrawòdinè ki nan Bib la ak pwochen l ? Epitou, efò n ap fè pou nou viv ann amoni ak prensip moral elve Bondye yo pa parèt anyen lè nou konpare efò sa yo ak byenfè nou jwenn anretou (Pwovèb 2:10-20). Menm lè nou jwenn pèsekisyon, nou konsidere se yon onè pou nou soufri pou Wayòm Bondye a. — 1 Pyè 4:14.

7 Chay Jezi ban nou pote a, an reyalite, li bay fòs, sitou lè nou konpare l ak fènwa espirityèl moun ki rete anba jouk fo relijyon yo twouve yo. Bondye renmen nou, li gen tandrès pou nou, li pap mande nou fè anyen ki twòp pou nou. “ Kòmandman [Jewova] yo pa lou. ” ​(1 Jan 5:3). Vrè krisyanis Bib la pale a pa yon chay ki lou. Li evidan, fason nou adore Jewova pa ka koz nou fatige, ni li pa ka fè nou dekouraje.

“ Voye tout pwa lou jete ”

8. Ki sa ki konn lakòz pafwa yon moun fatige nan domèn espirityèl ?

8 Pafwa, sa k konn lakòz nou fatige nan domèn espirityèl, se lòt pwa sistèm de choz kòwonpi sa a met sou do nou. Piske ‘ lemonnantye twouve l anba pouvwa mechan an ’, sa fè nou twouve nou nan mitan yon bann fòs ki opoze ak nou, ki ka febli nou e ki ka fè nou pèdi ekilib espirityèl nou (1 Jan 5:19). Aktivite ki pa enpòtan kapab vin konplike lavi nou, e yo ka anpeche nou fè aktivite nou abitye fè antanke kretyen. Chay anplis sa yo kapab ap peze nou, yo ka soti pou kraze moral nou. Bib la byen fèt egzòte nou pou nou ‘ voye tout pwa lou yo jete ’. — Ebre 12:1-3.

9. Ki jan objektif materyèl kapab vin tounen yon pwa lou pou nou ?

9 Pa egzanp, bagay ki plis enterese monn nan, tankou prestij, lajan, divètisman, vwayaj pou plezi, ansanm ak lòt objektif materyèl, kapab enfliyanse fason nou panse (1 Jan 2:15-17). Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te konplike lavi yo anpil nan chèche richès. Men esplikasyon apot Pòl te bay : “ Moun ki pran rezolisyon pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki ensanse e ki nuizib, ki lage moun nan destriksyon e nan dezas. Paske lanmou pou lajan se rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, lè yo panche pou yon lanmou konsa, yo pèdi chemen lafwa a e yo pike kò yo toupatou avèk anpil soufrans. ” — 1 Timote 6:9, 10.

10. Nan egzanp moun k ap simen Jezi te bay la, ki sa nou aprann konsènan richès ?

10 Lè nou santi nou fatige, nou dekouraje nan sèvis n ap bay Bondye, pou di se pa objektif materyèl nou yo k ap toufe espirityalite nou ? Selon egzanp moun k ap simen Jezi te pran an, sa pa enposib. Annefè, Jezi te konpare ‘ enkyetid sistèm de choz sa a, pouvwa richès genyen pou l twonpe moun ansanm ak dezi pou lòt bagay ’, ak pikan ‘ ki ka anvayi nou e ki ka toufe ’ semans Pawòl Bondye a nan kè nou (Mak 4:18, 19). Se pou sa, Bib la ban nou konsèy sa a : “ Se pou fason n ap viv la pa gen okenn tras lanmou lajan ladan l. Okontrè, kontante nou ak sa nou genyen kounye a. Paske li di : ‘ Mwen pap kite nou okenn fason, ni nonplis mwen pap abandone nou okenn fason. ’ ” — Ebre 13:5.

11. Ki sa nou ka fè pou nou elimine bagay k ap peze nou yo ?

11 Pafwa, se pa paske n ap chèche gen plis bagay ki fè lavi nou konplike, men se pito sa nou fè ak bagay nou gen deja yo. Gen kèk moun ki konn fatige moralman akoz pwoblèm sante ki grav. Gen lòt se paske yo gen yon moun pa yo ki mouri, oubyen paske yo gen yon lòt pwoblèm k ap minen yo. Moun sa yo wè nesesite pou yo fè kèk ajisteman nan lavi yo detanzantan. Gen yon koup ki te deside abandone kèk pastan ak kèk pwojè ki pa twò enpòtan yo te genyen. Sa yo fè, yo egzamine tout sa yo posede, yo mete tout bagay ki gen rapò ak pwojè sa yo nan yon bwat e yo sere yo yon kote. Li ta bon si nou menm tou, detanzantan, nou fè envantè tout sa nou genyen, nou analize tout abitid nou, epi nou voye tout chay ki pa nesesè yo jete yon fason pou n ka pa fatige e pou n pa depafini nan nanm nou.

Li enpòtan pou nou rezonab e pou nou modès

12. Ki sa nou dwe admèt konsènan pwòp erè nou yo ?

12 Pwòp erè nou, menmsi se nan kesyon ki pa gen anpil enpòtans, kapab konplike lavi nou tikras pa tikras. David te gen rezon di : “ Fot mwen yo depase tèt mwen. Tankou yon chay ki lou, yo twò lou pou mwen. ” ​(Sòm 38:4). Souvan, kèk ti chanjman pratik kapab soulaje nou anba chay ki lou yo.

13. Si nou rezonab, ki jan sa kapab ede nou pou nou gen yon pwennvi ekilibre sou ministè nou ?

13 Bib la ankouraje nou pou nou devlope “ sajès pratik ak kapasite pou reflechi ”. (Pwovèb 3:21, 22.) Bib la di : “ Sajès ki soti anlè a [...] rezonab. ” ​(Jak 3:17). Gen moun ki santi yo oblije fè menm kantite travay nan ministè a ak yon seri lòt kretyen. Sepandan, gade ki konsèy Bib la bay : “ Se pou chak moun teste sa travay li vo, e lè sa a l ap ka rejwi l parapò ak li menm poukont li e non pa an konparezon ak yon lòt moun. Paske chak moun ap pote pwòp chay pa yo. ” ​(Galat 6:4, 5). Se vre, bon egzanp kretyen parèy nou yo ka ankouraje nou sèvi Jewova ak tout kè nou, men, si nou gen sajès pratik, si nou rezonab, sa ap ede nou fikse objektif ki reyalis selon pwòp sitiyasyon nou.

14, 15. Ki jan nou ka demontre nou gen sajès pratik nan fason nou konble bezwen fizik nou ak bezwen moral nou ?

14 Si nou montre nou rezonab menm nan domèn ki parèt pa gen anpil enpòtans, sa ka anpeche nou santi nou fatige. Pa egzanp, èske nou kiltive bon abitid k ap fè nou viv an bòn sante ? Ann pran egzanp yon koup k ap sèvi nan yon filyal Temwen Jewova. Yo wè jan sajès pratik enpòtan pou yon moun pa vin fatige. Tande sa madanm nan di : “ Kèlkeswa kantite travay nou gen pou nou fè, nou fè yon fason chak swa pou n al dòmi a menm lè a. Nou fè egzèsis regilyèman. Aktivite sa a vrèman ede nou. Nou chèche konnen limit nou, e nou respekte limit sa a. Nou pa chèche konpare nou ak lòt moun ki yo menm chaje ak enèji. ” Èske nou manje manje ki nourisan, epi èske nou repoze ase ? Si nou rezonab nan fason n ap veye sou sante nou, sa ka fè nou mwens fatige, ni moralman ni espirityèlman.

15 Gen nan nou bezwen nou pa menm ak lòt moun. Pa egzanp, gen yon kretyèn ki te pase anpil tan ap sèvi antanke minis a plen tan nan tèritwa ki difisil. Li vin gen gwo pwoblèm sante, li fè kansè. Ki sa ki ede l fè fas ak sitiyasyon stresan sa a ? Tande sa l di : “ Li enpòtan pou m rete poukont mwen pandan yon ti tan, byen trankil. Depi m santi strès ak fatig kòmanse anvayi m, sa m plis bezwen se rete poukont mwen pou m ka li oubyen pou m ka repoze m. ” Sajès pratik ak kapasite pou reflechi ap ede nou rekonèt sa nou bezwen e pou nou konble bezwen sa yo. Konsa, n ap evite fatig nan domèn espirityèl.

Jewova Dye ban nou enèji

16, 17. a) Poukisa se yon bagay ki enpòtan anpil pou nou sousye nou de sante espirityèl nou ? b) Ki bagay nou dwe entegre nan pwogram nou chak jou ?

16 Li enpòtan anpil pou nou sousye nou de sante espirityèl nou. Lè nou gen yon relasyon entim avèk Jewova Dye, nou kapab vin fatige fizikman, men nou pap janm bouke sèvi l. Se Jewova ki “ bay moun ki fatige fòs, e moun ki pa gen enèji dinamik, li fè yo gen pisans ann abondans ”. (Izayi 40:28, 29.) Apot Pòl, ki konnen jan pawòl sa yo se verite grasa eksperyans li fè, ekri : “ Nou pap lage sa. Okontrè, menmsi moun nou ye pa deyò a ap depafini, nou sèten, moun nou ye pa anndan an se chak jou l ap renouvle. ” — 2 Korentyen 4:16.

17 Remake ekspresyon “ chak jou ” a. Sa mande pou nou pwofite dispozisyon Jewova pran yo chak jou nan lavi nou. Gen yon misyonè, ki te sèvi fidèlman pandan 43 an, ki te oblije andire moman fatig ak dekourajman. Men, li pa t faya pou sa. Tande sa sè sa a di : “ Mwen te bay tèt mwen abitid pou m leve bonè pou m priye Jewova e pou m li Pawòl li anvan m kòmanse fè nenpòt ki travay. Se pwogram sa a ki ede m andire jiska prezan. ” Se toutbon, nou kapab konte sou pisans Jewova pou soutni nou si, regilyèman, wi, “ chak jou ”, nou priye l epi nou medite sou bèl kalite li genyen yo ansanm ak bèl pwomès li fè nou yo.

18. Ki rekonfò Bib la bay moun fidèl ki gen anpil laj oswa ki malad ?

18 Bagay sa yo espesyalman itil pou moun ki dekouraje paske yo gen anpil laj oswa paske yo malad. Moun sa yo kapab vin demoralize, pa paske y ap konpare tèt yo ak lòt moun, men paske y ap konpare tèt yo ak sa yo menm yo te ye anvan. Ala ankourajan sa ankourajan lè nou konnen Jewova bay moun ki aje yo anpil valè ! Men sa Bib la di : “ Cheve gri se yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis. ” ​(Pwovèb 16:31). Jewova konnen limit nou, e sèvis nou ba li ak tout kè nou malgre nou febli, li bay sa anpil valè. Epitou, bon travay nou te fè anvan yo ap rete grave nan memwa Bondye. Men asirans Bib la ban nou : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. ” ​(Ebre 6:10). Èske nou tout nou pa kontan pou nou gen moun sa yo bò kote nou, yo menm ki sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè dizèn ane ?

Pinga nou abandone

19. Ki byenfè nou ka jwenn lè nou kontinye fè sa ki byen ?

19 Selon sa anpil moun panse, aktivite fizik ki egzije anpil enèji e ki fèt regilyèman ka diminye fatig. Menm jan an tou, aktivite espirityèl ki fèt regilyèman kapab soulaje nou lè nou demoralize oswa lè nou santi nou fatige nan domèn espirityèl. Bib la di : “ Annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte, si nou pa kite fatig anpare nou. Kidonk, toutotan nou gen tan favorab pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki paran nou nan lafwa. ” ​(Galat 6:9, 10). Remake de ekspresyon sa yo : “ fè sa ki byen ” ak “ fè byen ”. Toule de mande pou nou aji. Lè n ap fè byen anvè pwochen nou, sa ka anpeche nou faya nan sèvis Jewova.

20. Si nou vle konbat dekourajman, ki moun nou dwe evite frekante ?

20 Yon lòt bò, si n ap frekante moun ki pa respekte lwa Bondye yo, si nou gen aktivite ansanm ak yo, sa kapab vin yon pwa lou pou nou. Bib la avèti nou sou sa, li di : “ Pran pwa yon wòch ansanm ak yon chajman sab, traka yon moun sòt bay pi lou pase toule de. ” ​(Pwovèb 27:3). Si nou vle venk santiman dekourajman ak fatig lakay nou, nou dwe evite frekante moun ki toujou gen panse negatif, ki toujou ap chèche fot lakay lòt moun e ki tou prèt pou kritike.

21. Ki jan nou ka ankouraje lòt moun nan reyinyon yo ?

21 Reyinyon nou yo se yon dispozisyon Jewova pran ki kapab ranpli nou ak enèji espirityèl. Ladan yo, grasa enstriksyon rekonfòtan nou resevwa e grasa konpayi frè yo, nou gen yon bèl opòtinite pou nou youn ankouraje lòt (Ebre 10:25). Kit se lè n ap fè yon kòmantè, kit se lè n ap fè yon patisipasyon, nou tout nou dwe fè efò pou nou edifye lòt moun. Frè ki responsab ansèyman yo sitou dwe veye pou yo ankouraje konpayon yo (Izayi 32:1, 2). Menm lè yo oblije egzòte oswa reprimande yon moun, fason y ap bay konsèy la kapab fòtifye moun nan (Galat 6:1, 2). Lanmou nou genyen pou pwochen nou pap manke pa ede nou pou nou sèvi Jewova san nou pa faya. — Sòm 133:1 ; Jan 13:35.

22. Menmsi nou enpafè, sa k fè nou ka gen bon kouraj ?

22 Pou nou adore Jewova nan tan lafen sa a, sa mande efò. E kretyen yo pa epaye anba yon seri pwoblèm tankou fatig mantal, soufrans afektif ansanm ak lòt sitiyasyon ki ka bay yon moun strès. Antanke moun enpafè, nou frajil tankou ajil. Toutfwa, Bib la di : “ Nou gen trezò sa a nan ja ki fèt an tè, poutèt pou pisans ki depase sa ki nòmal la, kapab pisans Bondye, e non pa pisans ki soti nan nou. ” ​(2 Korentyen 4:7). Wi, nou ka vin fatige, men nou pap janm faya, ni nou pap janm abandone. Okontrè, se pou nou “ gen bon kouraj e pou nou di : ‘ Se Jewova ki èd mwen. ’ ” — Ebre 13:6.

Revizyon

• Site kèk pwa lou n ap bezwen voye jete.

• Ki jan nou ka “ fè byen ” anvè kretyen parèy nou yo ?

• Ki jan Jewova soutni nou lè nou santi nou fatige oswa nou santi nou dekouraje ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Jezi te konnen si apot yo fè yon bon ti tan dekouraje, sa ta ka ba yo pwoblèm.

[Foto nan paj 19]

Anpil moun abandone yon seri pastan ak lòt pwojè ki pa twò enpòtan yo te genyen.

[Foto nan paj 21]

Lè nou adore Jewova ak tout kè nou malgre nou limite, li bay sa anpil valè.