Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo rayi nou san rezon

Yo rayi nou san rezon

Yo rayi nou san rezon

“ Yo rayi m san rezon. ” — JAN 15:25.

1, 2. a) Ki sa k fè gen moun ki sezi lè yo tande y ap pale kretyen yo mal, men poukisa jan de pawòl sa yo pa siprann nou ? b) Bay youn nan sans “ rayi ” genyen nou pral egzamine nan atik sa a (gade nòt anba paj la).

TEMWEN JEWOVA yo ap fè efò pou yo viv ann amoni ak prensip ki nan Pawòl Bondye a. Sa fè yo gen yon bèl repitasyon nan anpil peyi. Men, pafwa, gen moun ki konn sal repitasyon yo. Pa egzanp, yon ofisyèl gouvènman nan vil Saint-Pétersbourg, nan peyi Larisi, te di : “ Yo te pale nou de Temwen Jewova yo tankou yon sèk k ap fonksyone an kachèt, ki reyini nan fènwa, k ap sakrifye pitit yo e k ap touye tèt yo. ” Men, apre wo fonksyonè sa a te fin kolabore avèk Temwen Jewova yo nan okazyon yon asanble entènasyonal, tande ki sa li te di : “ Kounye a, mwen wè se yon bann moun nòmal, ki souriyan. [...] Se yon bann moun pezib, ki trankil, e ki renmen youn lòt anpil. ” Apre sa, li di : “ Franchman, m pa ka konprann poukisa moun yo ap fè jan de manti sa yo sou yo. ” — 1 Pyè 3:16.

2 Sa pa fè sèvitè Bondye yo plezi ditou lè lòt moun ap denigre yo, lè y ap di yo se move moun. Sepandan, yo pa sezi pou sa. Men ki avètisman Jezi te bay disip li yo : “ Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou. [...] Se yon fason pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a kapab akonpli, ki di : ‘ Yo rayi m san rezon *. ’ ” ​(Jan 15:18-20, 25 ; Sòm 35:19 ; 69:4). Depi anvan, Jezi te gentan di disip li yo : “ Si yo rele mèt kay la Beyèlzeboub, se pa moun lakay li pou yo pa ta rele konsa ? ” ​(Matye 10:25). Yon bagay kretyen yo konnen, sèke andire move tretman fè pati “ poto soufrans ” yo aksepte pote depi lè yo vin disip Kris. — Matye 16:24.

3. Nan ki pwen vrè adoratè yo jwenn pèsekisyon ?

3 Pèsekisyon vrè adoratè yo kòmanse depi lontan, depi nan epòk ‘ Abèl, yon nonm ki te jis ’. (Matye 23:34, 35.) Pèsekisyon sa yo, se pa ka izole yo ye, paske Jezi te di ‘ tout moun t apral rayi ’ disip li yo akoz non li (Matye 10:22). Annapre, selon sa apot Pòl te ekri, tout sèvitè Bondye yo, donk nou ladan l tou, dwe atann yo y ap jwenn pèsekisyon (2 Timote 3:12). Men, ki sa k fè sa ?

Kiyès ki alabaz lahèn san fondman sa a ?

4. Kòman Bib la montre kiyès ki alabaz tout lahèn san fondman sa yo ?

4 Pawòl Bondye a montre gen yon moun envizib ki dèyè lahèn sa a depi nan kòmansman. Ann pran egzanp lè yo te asasinen Abèl, premye moun ki te montre l gen lafwa a. Selon sa Bib la di, Kayen, frè l ki te asasinen l lan, “ te soti nan mechan an ”, Satan Ledyab (1 Jan 3:12). Kayen te adopte menm etadespri ak Satan, se sa k fè Dyab la te itilize l pou reyalize plan malveyan li te genyen. Labib montre tou Satan te jwe yon wòl nan atak san pitye Jòb ansanm ak Jezi Kris te sibi yo (Jòb 1:12 ; 2:6, 7 ; Jan 8:37, 44 ; 13:27). Liv Revelasyon an pa kite okenn dout konsènan kiyès ki alabaz pèsekisyon disip Jezi yo ap rankontre, li di : “ Dyab la pral kontinye voye kèk nan nou nan prizon, pou nou ka jwenn yon eprèv total. ” ​(Revelasyon 2:10). Wi, se Satan ki alabaz tout lahèn san fondman sa yo moun genyen kont pèp Bondye a.

5. Pou ki rezon Satan rayi vrè adoratè Bondye yo ?

5 Pou ki rezon Satan rayi vrè adoratè yo konsa ? Satan manniganse yon konplo ki revele kokennchenn ògèy li gen lakay li, li soulve kont Jewova Dye, “ Wa letènite a ”. (1 Timote 1:17 ; 3:6.) Selon sa li lese konprann, Bondye retire twòp libète nan men kreyati l yo, l ap dirije yo mal. Selon li menm, pa gen pèsonn k ap sèvi Bondye ak yon bon mobil, se nan enterè egoyis yo y ap sèvi l. Satan pretann si li jwenn pèmisyon pou l pase tout moun anba eprèv, li ka detounen yo tout, li ka fè yo sispann sèvi Bondye (Jenèz 3:1-6 ; Jòb 1:6-12 ; 2:1-7). Lè Satan lage vèni sou Jewova, li fè l pase pou yon moun k ap oprime moun, pou yon mantè e pou yon moun ki enkapab, se chèche l ap chèche etabli l kòm yon souvren ki an rivalite ak Jewova. Donk, se tèlman li swaf pou moun adore l ki fè li dechennen konsa kont sèvitè Bondye yo. — Matye 4:8, 9.

6. a) Ki jan nou chak pèsonèlman nou konsène nan kesyon souvrènte Jewova a ? b) Lè nou byen konprann kesyon sa a, ki jan sa ede nou kenbe entegrite nou (gade kare ki nan paj 11 lan) ?

6 Èske w wè ki jan kesyon sa a afekte lavi w ? Antanke sèvitè Jewova, siman ou rann ou kont menmsi sa mande anpil efò pou w rive fè volonte Bondye, byenfè yon moun jwenn depase sakrifis yo. Men, e si pou w kontinye viv ann akò ak lwa ak prensip Jewova yo, sikonstans lavi a rann sa difisil, e petèt ou oblije soufri, ki sa w ap fè ? E si ou ta gen enpresyon ou pa jwenn okenn benediksyon nan sèvis Jewova ? Èske w ap di tèt ou sa pa vo lapenn pou w kontinye sèvi Jewova ? Oubyen, èske lanmou w pou Jewova ansanm ak rekonesans pwofon ou genyen pou bèl kalite l yo ap pouse w kontinye mache nan chemen l (Detewonòm 10:12, 13) ? Lè Jewova pèmèt Satan mete difikilte devan nou, li tou ban nou opòtinite pou nou bay repons pa nou devan pwovokasyon Satan lanse yo. — Pwovèb 27:11.

“ Lè moun ap fè nou sibi move tretman ”

7. Bay youn nan taktik Dyab la itilize pou l eseye detounen nou de Jewova.

7 Kounye a, ann analize pi byen youn nan fent Satan itilize pou l pwouve sa l di yo : nou vle pale de manti l ap bay pou l vèni moun. Jezi rele Satan “ papa manti ”. (Jan 8:44.) Non Dyab la byen dekri kiyès li ye. Annefè, non sa a vle di “ medizan ”. Sa montre se li menm ki prensipal moun k ap fè medizans sou Bondye, k ap denigre pawòl li, yon pawòl ki bon pou nou, e se li menm k ap sal non Bondye, yon non ki sen. Nan efò Satan ap fè pou l kontrekare souvrènte Jewova, li sèvi ak atak endirèk, li fè fo akizasyon e li bay manti kri, e se menm taktik sa yo li itilize pou l denigre sèvitè fidèl Bondye yo. Lè l ap miltipliye move tretman yo konsa sou Temwen yo, li ka fè yon eprèv ki te deja rèd vin pi rèd toujou pou sipòte.

8. Ki move tretman Satan te fè Jòb sibi, e ki efè sa te genyen sou li ?

8 Ann pran egzanp sa ki te rive Jòb, li menm non l vle di “ yon moun yo te rayi ”. Nonsèlman Satan te fè Jòb pèdi tout byen l, tout pitit li, e li te menm fè l malad, men tou, li te fè l pase pou yon pechè k ap sibi pinisyon nan men Bondye. Alòske anvan sa, tout moun te respekte Jòb anpil, kounye a menm, tout moun nèt, ata fanmi l ak bon zanmi l, te kòmanse meprize l (Jòb 19:13-19 ; 29:1, 2, 7-11). Apre sa, Satan te sèvi ak yon seri fo konsolatè pou l chèche ‘ kraze Jòb ak pawòl ’. Toudabò, li lese konprann siman Jòb te komèt kèk peche grav, men alafen, li kondane l dirèkteman antanke pechè (Jòb 4:6-9 ; 19:2 ; 22:5-10). Nou pa bezwen mande jan Jòb te santi l dekouraje !

9. Kòman Satan te fè Jezi pase pou yon pechè ?

9 Se Pitit Bondye a, antanke prensipal moun k ap defann souvrènte Jewova, Satan plis rayi. Lè Jezi te vin sou tè a, Satan te eseye sal li espirityèlman, menm jan li te fè pou Jòb, li te fè l pase pou yon pechè (Izayi 53:2-4 ; Jan 9:24). Moun te rele l tafyatè, yo te rele l aloufa, e yo te di l gen yon demon sou li (Matye 11:18, 19 ; Jan 7:20 ; 8:48 ; 10:20). Yo te akize l mal kòmkwa li te konn blasfeme (Matye 9:2, 3 ; 26:63-66 ; Jan 10:33-36). Bagay sa yo te boulvèse Jezi anpil paske li te konnen sa yo t apral rejayi an mal sou Papa l (Lik 22:41-44). Finalman, yo te kloure Jezi sou yon poto, yo fè l pase pou yon moun ki modi, yon kriminèl (Matye 27:38-44). Kòm Jezi te rete entèg san fay, sa te fè l andire anpil “ vye pawòl anba bouch pechè yo ”. — Ebre 12:2, 3.

10. Nan tan modèn nan, ki jan Satan atake rès wen yo ?

10 Nan epòk modèn nan, disip Kris ki fè pati rès wen yo viktim tou akoz lahèn Dyab la. Bib la dekri Satan kòm ‘ akizatè frè Kris yo, li menm ki ap akize yo devan Bondye lajounen kou lannuit ’. (Revelasyon 12:9, 10.) Depi lè yo fin chase Satan nan syèl la e yo lage l nan vwazinaj tè a, li fè tout sa l kapab pou l fè frè Kris yo pase pou moun meprizab, moun sosyete a rejte (1 Korentyen 4:13). Nan kèk peyi, yo bay manti sou yo, yo di yo se yon sèk danjere, menm jan sa te konn fèt nan premye syèk la (Travay 24:5, 14 ; 28:22). Jan nou te wè sa nan entwodiksyon an, yo sèvi ak yon bann pwopagann ki chaje ak manti pou sal yo. Men, “ nan glwa ak nan dezonè, nan move repitasyon ak nan bon repitasyon ”, frè wen Kris yo ansanm ak konpayon yo, anpalan de “ lòt mouton ” yo, fè gwo efò, avèk imilite, pou yo ‘ obsève kòmandman Bondye yo e pou yo bay temwayaj konsènan Jezi ’. — 2 Korentyen 6:8 ; Jan 10:16 ; Revelasyon 12:17.

11, 12. a) Ki sa ki ka lakòz kèk move tretman kretyen yo konn sibi ? b) Ki sitiyasyon ki konn fè kèk kretyen soufri akoz lafwa yo ?

11 Natirèlman, se pa toujou “ akoz sa ki jis ” yon sèvitè Bondye konn sibi move tretman (Matye 5:10). Gen kèk pwoblèm ki rive nou se akoz pwòp enpèfeksyon nou. Nou pa gen yon merit espesyal si “ lè nou fè yon peche epi yo frape nou, nou sipòte ”. Men, si yon kretyen, “ pou rezon konsyans li devan Bondye, li sipòte lè l nan lapenn e li soufri san l pa merite sa, sa a se yon bagay ki agreyab ” nan je Jewova (1 Pyè 2:19, 20). Nan ki sikonstans yon bagay konsa ka rive ?

12 Gen kèk kretyen yo maltrete paske, nan antèman, yo refize patisipe nan koutim ki kontrè ak sa Bib la di (Detewonòm 14:1). Gen kèk jèn Temwen yo toujou ap ba yo non paske y ap suiv prensip moral Jewova yo (1 Pyè 4:4). Gen paran kretyen yo bay etikèt paran “ neglijan ” oswa “ kriminèl ” paske yo chèche lòt tretman medikal pou pitit yo, olye pou yo ba yo san (Travay 15:29). Gen lòt kretyen menm, paran yo oswa vwazen yo rejte yo sèlman poutèt yo vin ap sèvi Jewova (Matye 10:34-37). Tout moun sa yo ap suiv modèl pwofèt yo ansanm ak Jezi te kite pou yo, paske yo menm tou yo te soufri alòske yo pa t merite sa. — Matye 5:11, 12 ; Jak 5:10 ; 1 Pyè 2:21.

Ann andire devan move tretman

13. Lè n ap sibi move tretman ki grav, ki sa k ap ede nou kenbe ekilib nou nan domèn espirityèl ?

13 Lè nou jwenn move tretman ki grav akoz lafwa nou, menm jan ak pwofèt Jeremi, sa kapab dekouraje nou, e nou ka santi nou pa ka kontinye sèvi Bondye (Jeremi 20:7-9). Ki sa ki ka ede nou kenbe ekilib nou nan domèn espirityèl ? Se pou nou chèche wè bagay yo menm jan ak Jewova. Moun ki rankontre eprèv e ki rete fidèl, Jewova pa konsidere yo tankou moun ki viktim, men li wè yo tankou moun ki pote laviktwa (Women 8:37). Eseye imajine moun ki te soutni souvrènte Jewova malgre tout imilyasyon Satan te fè yo sibi, imajine moun tankou Abèl, Jòb, Mari, manman Jezi, ak lòt moun fidèl nan tan lontan, san nou pa bliye sèvitè fidèl nan epòk modèn nan (Ebre 11:35-37 ; 12:1). Medite sou lavi yo, jan yo te rete entèg. Gwo nyaj moun fidèl sa yo envite nou monte vin jwenn yo sou podyòm nan, podyòm ki rezève pou moun ki pote laviktwa sou monn nan grasa lafwa yo. — 1 Jan 5:4.

14. Ki jan priyè sensè nou yo ka ban nou fòs pou nou rete fidèl ?

14 Si ‘ enkyetid nou yo vin anpil nan tèt nou ’, nou kapab priye Jewova, an tout senserite, e l ap konsole nou, l ap ban nou fòs (Sòm 50:15 ; 94:19). L ap ban nou sajès nou bezwen pou nou fè fas ak eprèv yo e l ap ede nou sonje kesyon kapital ki konsène souvrènte l la, kesyon ki kache dèyè tout lahèn san fondman moun genyen kont sèvitè l yo (Jak 1:5). Epitou, Jewova ap ban nou tou “ lapè Bondye, ki depase tout lide ”. (Filipyen 4:6, 7.) Trankilite sa a Bondye ap ban nou an ap fè nou rete kalm, byen deside, malgre presyon ekstrèm nou ka sibi, sa ap fè nou pa ni doute ni vin pè. Grasa lespri Jewova, li ka soutni nou nan nenpòt bagay li kite rive nou. — 1 Korentyen 10:13.

15. Lè n ap andire soufrans, ki sa ki ka ede nou pou nou pa vin gen rankin ?

15 Ki sa ki ka ede nou pou nou pa gen rankin kont moun ki rayi nou san rezon yo ? Se pou nou sonje se Satan ansanm ak demon yo ki prensipal advèsè nou (Efezyen 6:12). Menmsi gen kèk nan moun k ap pèsekite pèp Bondye a ki byen konn sa y ap fè, anpil nan moun ki opoze ak nou yo pa konn sa y ap fè a oswa se lòt moun k ap manipile yo (Danyèl 6:4-16 ; 1 Timote 1:12, 13). Jewova vle pou “ tout kalite moun ” gen opòtinite pou yo “ sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:4.) E vrèmanvre, gen anpil ansyen opozan, se frè nou yo ye kounye a, apre yo te fin wè nou se moun ki gen yon konduit ki san repwòch (1 Pyè 2:12). Anplis de sa, nou ka tire yon leson nan egzanp Jozèf, pitit Jakòb la. Byenke frè bò kot papa Jozèf yo te fè l soufri anpil, li pa t kite lahèn devlope nan kè l. Poukisa ? Paske li te wè men Jewova nan koze a, ki t ap dirije evènman yo pou akonpli pwogram Li (Jenèz 45:4-8). Menm jan an tou, Jewova ka sèvi ak nenpòt soufrans enjis n ap andire pou glorifye non l. — 1 Pyè 4:16.

16, 17. Poukisa nou pa dwe bay tèt nou twòp pwoblèm konsènan efò opozan yo ap fè pou bloke travay predikasyon an ?

16 Nou pa bezwen bay tèt nou twòp pwoblèm si, pandan yon ti tan, opozan yo sanble rive bloke pwogrè bon nouvèl la. Aktyèlman, grasa temwayaj k ap bay sou tout tè a, Jewova ap souke nasyon yo, e bagay apresyab yo ap antre (Agayi 2:7). Men sa Kris Jezi, ekselan Bèje a, te di : “ Mouton m yo koute vwa m, e mwen konnen yo, e yo suiv mwen. E m ap ba yo lavi etènèl, [...] e pèsonn pap ka rache yo nan men m. ” ​(Jan 10:27-29). Zanj ki sen yo ap patisipe tou nan gwo rekòt espirityèl la (Matye 13:39, 41 ; Revelasyon 14:6, 7). Kidonk, kèlkeswa sa opozan yo di, kèlkeswa sa yo fè, yo pa ka kontrekare pwogram Bondye. — Izayi 54:17 ; Travay 5:38, 39.

17 Byen souvan, efò opozan yo fè konn vire kont yo. Nan yon zòn ann Afrik, yo te gaye yon bann vye manti sou Temwen Jewova yo. Pa egzanp, yo te di se Dyab la y ap sèvi. Poutèt sa, gen yon dam ki rele Grace, depi Temwen yo vin lakay li, li kouri al kache dèyè kay la jiskaske y ale. Yon jou, pastè nan legliz li a montre youn nan liv nou pibliye yo e li di tout moun ki te la yo pou yo pa li liv sa a paske li ka fè yo pèdi lafwa. Sa te eksite kiryozite Grace. Sa fè, pwochèn fwa Temwen pase lakay li, olye l al kache, li pale avèk yo e yo te fè l jwenn piblikasyon an. Yo te kòmanse yon etid biblik, e nan ane 1996, li te batize. Kounye a, Grace konsakre tan l pou l chèche moun yo te bay manti konsènan Temwen Jewova yo.

Ann fòtifye fwa nou depi kounye a

18. Poukisa nou bezwen fòtifye fwa nou anvan eprèv difisil yo rive, e ki jan nou ka fè sa ?

18 Piske Satan ka atake nou nenpòt ki lè avèk yon hèn san fondman, li endispansab pou nou fòtifye fwa nou depi kounye a. Ki jan nou ka fè sa ? Men sa yon rapò ki soti nan yon peyi kote yo te pèsekite Temwen Jewova yo fè remake : “ Sa ki parèt klè, sèke moun ki te gen bon abitid espirityèl e ki te renmen verite ki nan Bib la anpil, moun sa yo pa gen pwoblèm pou yo kenbe fèm lè eprèv yo rive. Men, moun, ‘ nan tan favorab yo ’, ki te konn ap rate reyinyon, ki te konn iregilye nan predikasyon e ki te konn ap fè konpwomi nan yon seri kesyon ki pa gen anpil enpòtans, souvan se moun sa yo ki tonbe lè ‘ dife ’ eprèv la pase. ” ​(2 Timote 4:2). Si ou remake gen kèk domèn ou bezwen pote amelyorasyon, fè efò pou w fè sa san pèdi tan. — Sòm 119:60.

19. Devan lahèn san fondman sa a, ki rezilta entegrite sèvitè Bondye yo rive bay ?

19 Lè vrè adoratè yo rete entèg, malgre flewo Satan lage kont yo paske li rayi yo, yo vin yon temwayaj vivan ki montre souvrènte Jewova a jis, e li gen dwa pou l dirije. Fidelite yo fè kè Jewova kontan. Menmsi lèzòm ap miltipliye move tretman yo, sila a ki gen diyite l pi wo pase ni tè a ni syèl la, “ pa wont yo, li pa wont pou yo envoke l antanke Bondye yo ”. Vrèmanvre, konsènan tout moun fidèl sa yo, yon moun ka di san pwoblèm : ‘ Monn nan pa merite yo. ’ — Ebre 11:16, 38.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Nan Bib la, “ rayi ” gen plizyè siyifikasyon. Nan kèk kontèks, li tou senpleman vle di renmen mwens (Detewonòm 21:15, 16). “ Rayi ” kapab vle di tou pa renmen yon bagay, men, san moun ki pa renmen bagay la pa gen nan entansyon l pou fè anyen ki mal, li tou senpleman evite l paske bagay sa a ba l degoutans. Men, “ rayi ” kapab vle di pa vle wè yon bagay, e souvan, lahèn sa a gen mechanste ladan l. Se dènye sans sa a n ap konsidere nan atik sa a.

Èske w ka esplike ?

• Ki sa ki dèyè lahèn san fondman ki dirije kont vrè adoratè yo ?

• Nan efò Satan te fè pou l kraze entegrite Jòb ak entegrite Jezi, ki move tretman li te fè yo sibi ?

• Ki jan Jewova ban nou fòs pou nou kenbe fèm devan lahèn Satan gen kont nou an ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 11]

Yo te disène vrè kesyon an

Men remak yon Temwen Jewova te fè, yon Temwen nan peyi Ikrèn, yon peyi kote travay predikasyon Wayòm nan te anba entèdiksyon pandan plis pase 50 an : “ Yon moun pa dwe pran sitiyasyon Temwen Jewova yo twouve yo tankou se yon bagay ki gen rapò avèk lèzòm sèlman. [...] Pifò nan otorite gouvènman an te jis ap fè djòb yo. Lè te gen yon chanjman gouvènman, yo chanje tou, men nou menm, nou rete menm jan an. Nou vin reyalize Bib la te gentan revele ki kote pwoblèm nou yo soti.

“ Nou pa t konsidere nou tankou yon bann inosan ki viktim anba men moun k ap toupizi lòt moun. Sa ki te ede nou andire, sèke nou te byen konprann kesyon ki te soulve nan jaden d Edenn nan, anpalan de kesyon ki konsène dwa Bondye genyen pou l dirije. [...] Nou pran pozisyon nou nan yon kesyon ki gen rapò nonsèlman ak enterè lèzòm, men ki gen rapò tou ak enterè Souvren linivè a. Nou te gen yon konpreyansyon ki pi pwofon sou vrè kesyon ki te an koz la. Sa te rann nou fò e sa te ede nou kenbe entegrite nou, menm nan sitiyasyon ki te pi ekstrèm yo. ”

[Foto]

Victor Popovych, yo te arete nan ane 1970.

[Foto nan paj 8]

Kiyès ki te dèyè move tretman Jezi te sibi yo ?

[Foto nan paj 10]

Jòb, Mari ansanm ak lòt sèvitè Bondye nan epòk modèn nan, tankou Stanley Jones konsa, te soutni souvrènte Jewova.