Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki moun k ap bay Bondye glwa jodi a ?

Ki moun k ap bay Bondye glwa jodi a ?

Ki moun k ap bay Bondye glwa jodi a ?

“ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa glwa, ak onè ak pisans. ” — REVELASYON 4:11.

1, 2. a) Bay kèk egzanp ki ede nou konprann sa yo rele byomimetik. b) Ki kesyon ki soulve, e kòman n ap reponn ?

YON jou nan ane 1940, te gen yon enjenyè suis ki rele George de Mestral ki t ap fè yon ti pwomnad ansanm ak chen l. Lè l tounen lakay li, li remake rad li ansanm ak pwal chen an chaje ak yon pakèt ti grenn pikan. Kiryozite fè l al egzamine ti grenn yo nan yon mikwoskòp. Li te sezi wè grenn yo gen yon seri ti kwòk ki pèmèt yo kole sou nenpòt bagay ki ka kenbe yo. Finalman, li te envante yon bagay atifisyèl ki ka kole menm jan ak ti grenn yo. Li rele l vèlkwo. De Mestral se pa sèl moun ki kopye sou lanati. Ozetazini, gen de frè ki siyen Wright ki te envante yon avyon, apre yo te fin egzamine gwo zwazo k ap vole. Gen yon enjenyè fransè ki rele Alexandre-Gustave Eiffel ki te fè plan yon tou ki pote non l nan vil Pari. Li te sèvi ak prensip ki pèmèt zo janm yon moun sipòte pwa kò li.

2 Egzanp sa yo byen esplike sa yo rele byomimetik. Se yon branch nan lasyans ki chèche kopye sou lanati *. Sepandan, li rezonab pou nou mande : konbyen fwa envantè yo fè elòj pou moun ki te fè ti grenn pikan yo, gwo zwazo yo ak zo janm moun ansanm ak tout lòt gwo bagay yo kopye sou yo pou yo fè anpil nan envansyon yo fè yo ? Reyalite a tris, nan monn nan jodi a, se ra pou yo bay Bondye louwanj oswa glwa li merite.

3, 4. Ki sa mo ebre ki tradui mo “ glwa ” a siyifi, e ki sa li vle di lè yo sèvi avè l anrapò ak Jewova ?

3 Gen kèk moun ki kapab ap mande : ‘ Poukisa li nesesè pou yo bay Bondye glwa ? Èske Bondye pa deja gen glwa ? ’ Se vre, Jewova se Pèsonaj ki gen plis glwa nan linivè, men sa pa vle di se tout moun ki rekonèt sa. Nan Bib la mo ebre ki tradui mo “ glwa ” a gen sans fondamantal yon “ pwa lou ”. Yo aplike l pou kèlkeswa bagay ki fè yon moun parèt enpresyonan oswa ki fè li parèt enpòtan nan je lòt moun. Lè yo itilize l pou pale de Bondye, li gen rapò ak sa ki fè Bondye enpresyonan nan je lèzòm.

4 Se pa anpil moun jodi a ki rekonèt sa ki fè Bondye enpresyonan (Sòm 10:4 ; 14:1). Annefè, gwo potanta ki nan sosyete a, menmsi yo swadizan kwè nan Bondye, byen souvan yo enfliyanse moun pou fè yo pa gen respè pou Kreyatè glorye linivè a. Ki fason yo fè sa ?

“ Yo san eskiz ”

5. Ki jan anpil syantifik chèche esplike mèvèy ki nan kreyasyon an ?

5 Gen anpil syantifik ki di kareman pa gen Bondye. Nan ka sa a, ki jan yo esplike mèvèy kreyasyon an, san wete lòm ? Yo di tout mèvèy sa yo se evolisyon ki fè yo la, yon fòs san kontwòl, yon fòs se aza k ap dirije l. Pa egzanp, men sa yon evolisyonis ki rele Stephen Jay Gould ekri : “ Si nou egziste se grasa yon gwoup pwason etranj ki gen najwa ki pa nòmal. E anatomi najwa sa yo pèmèt yo tounen pat pou yo ka viv sou tè [...] Nou ta byen renmen jwenn yon pi bèl repons, men pa genyen. ” Nan menm sans lan tou, men sa Richard E. Leakey ak Roger Lewin, ekri : “ Sa k pou di si se pa yon aksidan byolojik tèrib ki fè lòm egziste. ” Sa rive gen kèk syantifik ki fè elòj pou bote ak fòm lanati, men yo pa admèt se Bondye ki fè yo.

6. Ki sa ki anpeche anpil moun rekonèt Bondye antanke Kreyatè ?

6 Lè moun ki gen gwo enstriksyon deklare evolisyon se yon bagay ki pwouve, yo vle di se sèlman moun ki inyoran ki refize kwè ladan l. Ki jan anpil moun reyaji devan yon deklarasyon konsa ? Sa gen kèk ane, gen yon moun ki gen anpil konesans nan kesyon evolisyon ki te entèvyouwe moun ki aksepte teyori evolisyon an. Men sa li di : “ Mwen te rive konprann, pifò moun ki kwè nan evolisyon yo kwè paske yo di tout moun ki entèlijan kwè ladan l. ” Wi, lè moun ki enstwi eksprime pwennvi ate yo genyen, sa vin fè lòt moun pa rekonèt Bondye antanke Kreyatè. — Pwovèb 14:15, 18.

7. Ann amoni ak Women 1:20, ki sa kreyasyon vizib la kapab pèmèt nou wè klè, e poukisa ?

7 Èske syantifik yo vin ak konklizyon yo a paske done ak prèv yo jwenn montre se evolisyon ki esplikasyon an ? Non, pa ditou ! Nou antoure ak prèv ki montre egzistans yon Kreyatè. Men sa apot Pòl ekri konsènan Kreyatè a : “ Kalite envizib li yo parèt klè depi nan kreyasyon monn nan [limanite], paske moun rive konprann yo nan bagay ki te fèt yo, wi pisans etènèl li ansanm ak divinite l, se sa ki fè yo [moun ki pa kwè yo] san eskiz. ” ​(Women 1:20). Kreyatè a kite anprent li nan sa li fè yo. Se sa k fè, selon sa Pòl di, depi nan kòmansman egzistans limanite, lòm te kapab “ rive konprann ” prèv egzistans Bondye nan kreyasyon vizib la. Ki kote prèv sa a ye ?

8. a) Ki jan syèl fizik la temwaye pisans ak sajès Bondye ? b) Ki siy ki montre linivè te gen yon premye Koz ?

8 Pakèt etwal ki nan syèl la fè nou wè prèv egzistans Bondye. Sòm 19:1 di : “ Syèl la ap pwoklame glwa Bondye. ” “ Syèl la ” ki gen ladan l solèy la, lalin nan ak etwal yo, temwaye pisans Bondye ak sajès li. Pakèt etwal ki genyen yo fè nou rete bouch ouvè. E tout kò selès sa yo ap fè mouvman nan lespas, non pa yon fason dezòdone men ann amoni ak yon seri lwa fizik ki byen presi * (Izayi 40:26). Èske li rezonab pou nou di se yon aza avèg ki tabli yon lòd konsa ? Li enteresan pou nou note, gen kèk syantifik ki di linivè gen yon kòmansman ki te fèt bridsoukou. Pou esplike sa sa vle di, men sa yon pwofesè ekri : “ Pou yon ate oswa yon agnostik, li pi akseptab pou yo kwè linivè te toujou egziste. Konsa tou, pou nou dakò linivè te gen yon kòmansman, sa ta mande pou gen yon premye koz, paske kiyès ki ta ka imajine yon efè konsa, san pa gen yon bon koz ki alabaz ? ”

9. Ki jan sajès Jewova parèt klè nan bèt li kreye yo ?

9 Nou wè prèv egzistans Bondye sou tè a tou. Salmis la te deklare : “ Ou fè anpil bagay, o Jewova ! Yo tout ou fè yo avèk sajès. Tè a chaje ak sa w pwodui. ” ​(Sòm 104:24). Tout sa Jewova “ pwodui ”, bèt yo tou, yo pwouve sajès li. Jan nou sot wè l la a, fason bagay ki vivan yo fèt, tèlman se gwo zafè yo ye, byen souvan syantifik yo chèche imite yo. Ann pran kèk lòt egzanp. Chèchè yo ap etidye bwa ki sou tèt sèf yo nan objektif pou yo rive fè kas ki pi solid. Y ap egzamine yon kategori mouch zòrèy yo tande fen nan objektif pou yo amelyore aparèy yo fè pou moun ki tande di. Y ap egzamine zèl frize nan lide pou yo amelyore yon seri avyon rada pa ka detekte. Malgre tout efò lèzòm fè, yo pa ka vrèman rive kopye pafètman sa yo jwenn nan lanati. Note sa liv ki rele Imitasyon lanati : Nouvo bagay lanati enspire (anglè) di : “ Bagay ki vivan yo, yo deja fè tout sa lèzòm ta renmen fè, san yo menm yo pa detwi rezèv petwòl, san yo pa lakòz polisyon sou latè oswa mete lavni an danje. ” Sa a se vrèman sajès !

10. Poukisa li pa lojik pou yon moun nye gen yon gran Achitèk ki egziste ? Bay yon egzanp.

10 Keseswa nou gade syèl la oswa nou gade sa ki sou tè a, prèv la klè gen yon Kreyatè (Jeremi 10:12). Nou dwe pafètman dakò avèk kreyati selès yo ki di byen fò : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa glwa, ak onè ak pisans, paske ou te kreye tout bagay. ” ​(Revelasyon 4:11). Sepandan, anpil syantifik pa rive wè aklè avèk ‘ je kè yo ’ gen yon Kreyatè, malgre yo etone devan fason yon seri bagay fèt, bagay yo wè ak je fizik yo (Efezyen 1:18). Nou kapab esplike sitiyasyon an nan fason sa a : Li pa lojik pou yon moun admire bote ak fòm ki gen nan lanati epi pou moun sa a nye egzistans gran Achitèk ki fè yo a. Se tankou yon moun ki ta admire yon bèl tablo epi anmenmtan li nye egzistans atis la ki te sèvi ak yon twal ki pa gen anyen sou li pou fè l tounen yon chedèv. Li pa etonan pou yo di moun ki derefize kwè nan Bondye yo, yo “ san eskiz ” !

‘ Gid avèg yo ’ twonpe anpil moun

11, 12. Sou ki sipozisyon doktrin desten an baze, e ki sa ki montre doktrin sa a pa glorifye Bondye ?

11 Anpil moun ki nan relijyon kwè ak tout kè yo Bondye jwenn glwa nan fason y ap adore l la (Women 10:2, 3). Sepandan, relijyon an jeneral se yon lòt eleman nan monn nan ki vrèman anpeche plizyè milyon moun bay Bondye glwa. Ki jan sa rive fèt ? Ann konsidere de fason.

12 Premyèman, relijyon yo detounen glwa pou Bondye ta resevwa a lè yo bay ansèyman ki pa kòrèk. Annou pran pa egzanp ansèyman sou desten an. Doktrin sa a ta vle fè konprann piske Bondye gen pouvwa pou l konnen lavni, li dwe prevwa davans sa k pral rive tout bagay. Konsa, doktrin desten an lese konprann se Bondye ki te pwograme avni chak moun depi lontan alavans, kit se an byen kit se an mal. Dapre ide sa a, se Bondye ki responsab tout soufrans ak tout mechanste ki nan monn nan jodi a. Se sèten, sa pa glorifye Bondye lè yo rann li responsab sa nòmalman se Satan, Advèsè prensipal li a ki responsab, li menm Bib la rele “ chèf monn nan ”. — Jan 14:30 ; 1 Jan 5:19.

13. Poukisa se ensanse pou yon moun panse Bondye pa kapab kontwole kapasite li genyen pou li konnen lavni ? Bay yon egzanp.

13 Doktrin desten an se yon ansèyman ki pa biblik e ki bay manti sou Bondye. Li kreye konfizyon ant sa Bondye kapab fè ak sa li vrèman. Labib di aklè Bondye kapab konnen evènman yo byen alavans (Izayi 46:9, 10). Sepandan, li pa lojik pou nou panse Bondye pa kapab kontwole kapasite li genyen pou li konnen lavni oswa se li ki responsab tout sa ki rive. Ann pran yon egzanp. Sipozon w ta gen anpil fòs, èske sa t ap fè w anvi leve tout bagay lou ou wè ? Nou pa kwè sa ! Se menm bagay la pou Bondye. Lefètke li gen kapasite pou li konnen lavni pa oblije l prevwa oswa predestine tout bagay. Li sèvi ak kapasite li genyen an pou li chwazi bagay li vle konnen davans *. Li klè, ansèyman ki pa kòrèk, tankou doktrin desten an, pa glorifye Bondye.

14. Ki fason relijyon dezonore Bondye ?

14 Dezyèm fason relijyon dezonore Bondye se konduit moun ki ladan l yo genyen. Yo atann pou kretyen yo suiv ansèyman Jezi yo. Pami tout bagay Jezi te anseye disip li yo, li te anseye yo tou pou “ youn renmen lòt ” e pou yo kontinye “ pa fè pati monn nan ”. (Jan 15:12 ; 17:14-16.) Ki sa manm klèje lakretyente a fè ? Èske reyèlman yo suiv ansèyman sa yo ?

15. a) Ki repitasyon klèje a genyen atravè listwa nan kesyon lagè ant nasyon ? b) Ki efè konduit klèje a genyen sou plizyè milyon moun ?

15 Annou konsidere repitasyon klèje a genyen atravè listwa nan kesyon lagè. Yo bay sipò, yo dakò e yo menm pran latèt nan anpil gè nasyon yo fè. Yo beni twoup yo e yo jistifye lanmò ki fèt yo. Ofon n ap mande, ‘ èske sa pa janm vin nan lespri manm klèje sa yo pou yo konnen klèje parèy yo ki nan lòt kan an ap fè menm bagay la tou ? ’ ​(Gade kare “ Nan ki kan Bondye ye ? ”) Klèje a pa bay Bondye glwa lè yo gen dwèt yo tranpe nan bann gè sanginè k ap fèt yo. Nitou yo pa bay Bondye glwa lè yo fè konnen prensip biblik yo pase mòd epi yo aksepte tout kalite imoralite seksyèl. Vrèmanvre, yo fè nou sonje chèf relijye yo Jezi te rele “ gid avèg ”, ‘ moun k ap pratike ilegalite ’. (Matye 7:15-23 ; 15:14.) Konduit klèje a lakòz lanmou plizyè milyon moun pou Bondye vin refwadi. — Matye 24:12.

Ki moun k ap bay Bondye glwa toutbonvre ?

16. Pou nou reponn kesyon ki moun k ap bay Bondye glwa toutbonvre, poukisa nou dwe gade nan Bib la ?

16 Si an jeneral moun ki gen enfliyans ansanm ak gwo potanta nan monn nan pa rive bay Bondye glwa, alò ki moun k ap fè sa toutbonvre ? Pou nou jwenn repons kesyon sa a, nou dwe gade nan Bib la. Dayè, Bondye gen dwa pou l di ki fason pou yo ba li glwa, e li mete prensip yo nan Pawòl li, Labib (Izayi 42:8). Annou konsidere twa fason pou nou glorifye Bondye, e nan chak ka annou mande ki moun k ap fè sa toutbonvre jodi a.

17. Kòman Jewova li menm te endike lè non li glorifye se yon aspè trèzenpòtan nan volonte li, e ki moun jodi a k ap louwe non Bondye sou tout tè a ?

17 Premyèman, nou kapab bay Bondye glwa lè nou louwe non li. Lè sa fèt, se yon aspè trèzenpòtan nan volonte Bondye ki parèt klè nan sa Jewova te di Jezi. Kèk jou anvan Jezi mouri li te fè priyè sa a : “ Papa glorifye non w. ” Ansuit yon vwa te reponn, li di : “ Mwen te glorifye l e m ap glorifye l ankò. ” ​(Jan 12:28.) Pa gen dout, moun ki t ap pale a se te Jewova menm. Repons li a montre byen klè glorifye non li gen enpòtans pou li. Nan ka sa a, ki moun jodi a k ap glorifye Jewova pandan y ap fè konnen non li e pandan y ap louwe non l sou tout tè a ? Se Temwen Jewova yo, e y ap fè sa nan 235 peyi ! — Sòm 86:11, 12.

18. Ki jan nou kapab idantifye moun k ap adore Bondye avèk “ laverite ”, e ki gwoup moun ki gen plis pase yon syèk ap anseye verite ki nan Bib la ?

18 Dezyèmman, nou kapab bay Bondye glwa lè nou anseye laverite sou li. Jezi te di vrè adoratè yo ‘ dwe adore [Bondye] avèk [...] laverite ’. (Jan 4:24.) Ki jan nou kapab idantifye moun k ap adore Bondye avèk “ laverite ” ? Yo dwe rejte tout doktrin ki pa chita sou Bib la e ki pa di laverite sou Bondye ak sou volonte li. Okontrè, yo dwe anseye verite san melanj ki gen nan Pawòl Bondye a tankou sa ki di : Jewova se Dye Trèwo a, e se li menm sèl ki okipe pozisyon glorye sa a (Sòm 83:18). Jezi se Pitit Bondye e li se Chèf Bondye chwazi pou Wayòm mesyanik li a (1 Korentyen 15:27, 28). Wayòm Bondye a pral sangtifye non Jewova e li pral akonpli objektif li ni pou tè sa a ni pou moun ki sou li (Matye 6:9, 10). Bon nouvèl Wayòm sa a dwe preche sou tout tè a (Matye 24:14). Depi plis pase yon syèk, gen yon sèl gwoup moun k ap anseye fidèlman bèl verite sa yo. Se Temwen Jewova yo !

19, 20. a) Poukisa bon konduit yon kretyen kapab bay Bondye glwa ? b) Ki kesyon ki kapab ede nou detèmine ki moun jodi a k ap bay Bondye glwa grasa bon konduit yo toujou genyen ?

19 Twazyèmman, nou kapab bay Bondye glwa lè nou viv ann amoni ak prensip li yo. Men sa apot Pyè te ekri : “ Chèche toujou gen yon bon konduit pami nasyon yo. Nan fason sa a, sou bagay y ap pale nou mal, tankou se malfektè nou ta ye, y ap vin bay Bondye glwa nan jou enspeksyon li a, poutèt yo wè ak je yo bèl aksyon nou fè. ” ​(1 Pyè 2:12). Konduit yon kretyen rejayi sou lafwa li. Lè moun k ap obsève yo fè rapwochman sa a, yo rann yo kont bon konduit kretyen an se rezilta dirèk lafwa li. E sa bay Bondye glwa.

20 Ki moun jodi a k ap bay Bondye glwa grasa bon konduit yo toujou genyen ? Bon ! Ki gwoupman relijye ou tande gouvènman yo ap fè elòj pou li paske yo se moun ki pasifik, yo se sitwayen ki respekte lalwa, ki peye taks (Women 13:1, 3, 6, 7) ? Ki pèp nan lemonnantye yo konnen pou inite yo genyen ant kwayan parèy yo, yon inite ki pase sou diferans rasyal, diferans nasyonal ak diferans etnik (Sòm 133:1 ; Travay 10:34, 35) ? Ki gwoup yo rekonèt nan lemonnantye pou travay enstriksyon biblik l ap fè ki ankouraje moun respekte lalwa, respekte prensip familyal, ansanm ak prensip moral Bib la bay ? Gen yon sèl gwoup kote bon konduit pale pou yo non sèlman nan sa nou sot site la yo, men nan lòt domèn ankò. Se Temwen Jewova yo !

Èske ou menm w ap bay Bondye glwa ?

21. Poukisa nou dwe reflechi pou nou wè si pèsonèlman n ap bay Jewova glwa ?

21 Li bon pou nou chak mande tèt nou : ‘ Èske pèsonèlman mwen se yon moun k ap bay Bondye glwa ? ’ Selon Sòm 148, majorite bagay ki nan kreyasyon an bay Bondye glwa. Zanj yo, syèl fizik la, tè a ak bèt ki sou li yo, yo tout chante louwanj Jewova (vèsè 1-10). Sa tris anpil pou nou wè majorite moun pa fè sa jodi a ! Lè nou viv yon fason ki bay Bondye glwa, nou mete nou ansanm ak rès kreyasyon an k ap louwe Jewova (vèsè 11-13). Pa gen pi bon fason pou nou sèvi ak lavi nou.

22. Lè w ap bay Bondye glwa, nan ki sans ou beni, e ki rezolisyon ou dwe pran ?

22 Ou jwenn anpil benediksyon lè w ap bay Jewova glwa. Piske ou egzèse lafwa nan ranson an, sakrifis Kris la, ou vin rekonsilye ak Bondye e ou vin jwi yon relasyon ki pezib e ki pwofitab ak Papa w ki nan syèl la (Women 5:10). Lè w ap chèche rezon pou w bay Bondye glwa, ou vin pi optimis e ou vin pi rekonesan (Jeremi 31:12). Ansuit, ou nan yon pozisyon pou w ede lòt moun viv yon vi ki bay kè kontan, yon vi ki gen yon objektif. Konsa ou menm tou, ou vin gen plis kè kontan (Travay 20:35). Nou swete pou w pami moun ki pran rezolisyon fèm pou yo bay Bondye glwa depi jodi a e pou tout letènite !

[Nòt anba paj]

^ § 2 Mo “ byomimetik ” la soti nan mo grèk bios ki siyifi “ vi ”, epi mimesis, ki siyifi “ imitasyon ”.

^ § 8 Pou plis detay sou fason syèl fizik la reflete sajès ak pisans Bondye, gade nan liv Approchez-vous de Jéhovah, chapit 5 ak chapit 17. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 13 Gade nan liv Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 641-2. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa nou kapab di an jeneral syantifik yo pa ede moun pou yo bay Bondye glwa ?

• Nan ki de sans relijyon anpeche moun bay Bondye glwa ?

• Ki fason nou kapab bay Bondye glwa ?

• Poukisa ou dwe reflechi pou w wè si pèsonèlman w ap bay Jewova glwa ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 25]

“ Nan ki kan Bondye ye ? ”

Gen yon mesye ki te nan kò avyasyon nan lame alman pandan Dezyèm Gè mondyal la, apre sa li te vin yon Temwen Jewova. Men sa l di :

“ Sa ki te twouble m pandan ane lagè sa yo [...] sèke pratikman m te wè klèje tout relijyon yo, keseswa katolik, literyen, episkopal, elatriye, yo tout t ap beni avyon de gè ak tout twoup yo anvan yo te pati al lage bonm pou touye moun. Byen souvan mwen te mande tèt mwen, ‘ nan ki kan Bondye ye ? ’

“ Sòlda alman yo te gen pawòl sa yo ekri sou bouk sentiwon yo : Gott mit uns (Bondye avèk nou). Men mwen t ap mande m : ‘ Poukisa pou Bondye pa ta avèk sòlda lòt kan an ki nan menm relijyon an, epi ki t ap priye menm Bondye a ? ’”

[Foto nan paj 23]

Sou tout tè a, Temwen Jewova yo ap bay Bondye glwa toutbonvre.