Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye pran pisans nan Seyè a ”

“ Kontinye pran pisans nan Seyè a ”

“ Kontinye pran pisans nan Seyè a ”

“ Kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan pisans fòs li. ” — Efezyen 6:10.

1. a) Ki konba estrawòdinè ki te fèt, sa gen anviwon 3 000 an ? b) Poukisa David te ranpòte laviktwa ?

GEN anviwon 3 000 an, de konbatan te rankontre fasafas sou yon chan batay, yo chak te gen lame pa yo kanpe dèyè yo. Sa ki pi jèn nan se te yon bèje, yon jèn gason ki rele David. E anfas li, te gen Golyat, yon nonm ki te gen yon fòs ak yon wotè estrawòdinè. Li te gen yon kotdemay sou li, yon jilè ki fèt ak plak fè ki peze 57 kilo, li te pote yon gwo javlo ki lou e li te gen yon gwo epe. Tandiske David pa t gen okenn ekipman sòlda sou li, sèl zam li te genyen se te yon flonn. Golyat, jeyan filisten an, te santi l vekse dèske Izrayelit ki t ap vin nan konba ansanm ak li a se yon ti gason konsa (1 Samyèl 17:42-44). Pou moun ki t ap gade nan toule de kan yo, rezilta konba a te sanble evidan. Men, se pa toujou moun ki vanyan an ki genyen nan yon batay (Eklezyas 9:11). David te ranpòte laviktwa paske li t ap konbat grasa fòs Jewova. Li di : “ Batay la se pou Jewova. ” Resi biblik la fè remake “ David, avèk yon flonn ansanm ak yon wòch, te pi fò pase Filisten an ”. — 1 Samyèl 17:47, 50.

2. Nan ki jan de konba kretyen yo ap patisipe ?

2 Kretyen yo pap patisipe nan yon gè fizik. Menm lè yo se moun ki pasifik , y ap mennen yon konba espirityèl kont yon seri opozan ki pisan anpil (Women 12:18). Nan dènye chapit lèt Pòl te voye bay Efezyen yo, li dekri yon konba kote chak kretyen enplike. Li ekri : “ Nou gen pou nou lite, non pa kont lachè ak san, men kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont chèf mondyal k ap dirije fènwa sa yo, kont fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo. ” — Efezyen 6:12.

3. Selon Efezyen 6:10, ki sa nou bezwen yon fason pou nou gen asirans n ap reyisi ?

3 “ Fòs espirityèl mechan ” sa yo se Satan ansanm ak demon yo ki vle detwi relasyon nou avèk Jewova Dye. Etandone yo pi fò pase nou, nou vin twouve nou nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon David la, e nou pap ka reyisi amwenske nou konte sou Bondye pou ban nou fòs. Se sa k fè, Pòl ankouraje nou pou nou “ kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan pisans fòs li ”. (Efezyen 6:10.) Apre apot la fin bay konsèy sa a, li dekri èd espirityèl n ap bezwen ansanm ak kalite nou bezwen manifeste antanke kretyen pou nou ka ranpòte laviktwa nan batay la. — Efezyen 6:11-17.

4. Ki de pwen enpòtan nou pral egzamine nan atik sa a ?

4 Kounye a, annou analize sa Bib la di konsènan pwen fò ènmi nou an genyen ansanm ak taktik li yo. Apre sa, nou pral egzamine ki estrateji nou dwe itilize pou nou defann e pou nou pwoteje tèt nou. Si nou suiv enstriksyon Jewova bay, nou ka sèten ènmi nou yo pap ranpòte laviktwa sou nou.

Yon lit kont fòs espirityèl mechan yo

5. Ki jan mo “ lit ” yo itilize nan Efezyen 6:12 la pèmèt nou disène estrateji Satan yo ?

5 Pòl esplike “ nou gen pou nou lite [...] kont fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo ”. Natirèlman, prensipal espri mechan an se Satan Ledyab, “ chèf demon yo ”. (Matye 12:24-26.) Bib la dekri konba n ap mennen an tankou yon “ lit ”, yon batay kò ak kò. Nan ansyen peyi Lagrès, nan lit yo te konn fè nan konpetisyon yo, chak patisipan te eseye fè advèsè a pèdi ekilib li yon fason pou l te ka lage l atè. Se menm jan an tou, Dyab la ta renmen fè nou pèdi ekilib espirityèl nou. Ki jan li ka rive fè sa ?

6. Sèvi ak Bib la pou montre jan Dyab la ka itilize diferan taktik pou febli fwa nou.

6 Dyab la ka aji tankou yon sèpan, tankou yon lyon k ap gwonde oubyen menm tankou yon zanj limyè (2 Korentyen 11:3, 14 ; 1 Pyè 5:8). Li ka sèvi ak moun pou l pèsekite nou oubyen pou l dekouraje nou (Revelasyon 2:10). Lefètke Satan gen otorite sou tout monn nan, li ka eksplwate dezi ki nan monn nan ak bagay ki atiran ladan l yo pou l pran nou nan pyèj (2 Timote 2:26 ; 1 Jan 2:16 ; 5:19). Li ka sèvi ak panse monn nan oubyen ak panse aposta pou l twonpe nou, menm jan li te twonpe Èv. — 1 Timote 2:14.

7. Ki limit demon yo genyen e ki avantaj nou genyen ?

7 Byenke zam ak tout pouvwa Satan ak demon yo genyen se bagay ki kapab parèt twòp pou nou, yo gen limit yo. Espri mechan sa yo pa ka fòse nou fè sa ki mal, sa ki pap fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Nou te kreye ak kapasite pou nou chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal e nou gen kontwòl ni sou panse nou ni sou aksyon nou. Anplis de sa, nou pa poukont nou nan konba a. Menm jan pawòl sa a te vre nan epòk Elicha a, li vre tou nan epòk pa nou an : “ Kantite ki avèk nou an pi plis pase kantite ki avèk yo a. ” ​(2 Wa 6:16). Bib la ban nou asirans, si nou soumèt nou devan Bondye e nou kenbe tèt ak Dyab la, l ap kouri kite nou. — Jak 4:7.

Nou pa inyore entansyon Satan

8, 9. Ki eprèv Satan te lage sou Jòb pou brize entegrite l, e ak ki danje espirityèl n ap fè fas jodi a ?

8 Nou pa inyore entansyon Satan yo paske Bib la revele nou prensipal taktik li yo (2 Korentyen 2:11). Pou Dyab la atake Jòb, yon òm jis, li te sèvi ak gwo pwoblèm ekonomik, lanmò moun Jòb renmen, opozisyon familyal, soufrans fizik ansanm ak kritik fo zanmi, kritik ki pa gen okenn fondman. Jòb te vin deprime e li te panse Bondye te abandone l (Jòb 10:1, 2). Menmsi jodi a, se pa toujou Satan dirèkteman ki frape moun ak pwoblèm konsa, sitiyasyon difisil sa yo ka rive anpil kretyen, e Dyab la ka sèvi ak difikilte sa yo nan enterè pa l.

9 Nan tan lafen an, danje ki menase espirityalite nou miltipliye rapidman. N ap viv nan yon monn ki bay objektif materyèl plis enpòtans pase objektif espirityèl. Nan medya yo, se tout tan y ap montre relasyon seksyèl imoral se bagay ki bay kè kontan olye pou yo montre se bagay ki ka bay lapenn. Anplis de sa, pifò moun vin “ zanmi plezi pito pase pou yo zanmi Bondye ”. (2 Timote 3:1-5.) Mantalite konsa ka menase ekilib espirityèl nou si nou pa ‘ lite avèk tout fòs nou pou lafwa ’. — Jid 3.

10-12. a) Bay youn nan avètisman Jezi te bay nan egzanp moun k ap simen an. b) Site yon egzanp pou montre jan aktivite espirityèl yo ka vin toufe.

10 Youn nan taktik Satan ki bay pi bon rezilta se fè nou plonje nèt nan monn nan, fè nou kouri dèyè byen materyèl ki ladan l yo. Nan egzanp moun k ap simen an, Jezi te avèti nan kèk ka, “ enkyetid sistèm de choz sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun toufe pawòl [konsènan Wayòm nan] ”. (Matye 13:18, 22.) Mo grèk lè l tradui ki bay “ toufe ” la a vle di “ trangle nèt ”.

11 Nan forè twopikal yo, yon moun ka jwenn yon kalite pye fig ki rele fig tranglè. Li pa grandi vit, men, toutpandan l ap grandi, l ap makònen nan kò yon lòt pyebwa. Tikras pa tikras, lyann li vlope pyebwa a ak yon seri de rasin ki vin pi solid chak jou. Avèk letan, pakèt rasin pye fig sa a genyen yo absòbe pifò eleman nitritif ki nan tè kote pyebwa a plante a. Anmenmtan, kouch fèy li fè sou pyebwa a kouvri l nèt, li anpeche l jwenn limyè, e finalman, pyebwa a mouri.

12 Se menm jan an tou, enkyetid sistèm nan, chèche richès, chèche mennen yon vi alèz, ka absòbe tikras pa tikras pifò tan nou ak enèji nou. Si nou kite bagay ki nan monn nan distrè nou, byen fasil nou ka neglije fè etid pèsonèl nan Bib la e nou ka vin pran abitid rate reyinyon kongregasyon an, sa ap fè nou vin sispann resevwa nouriti espirityèl. E nan moman sa a, objektif materyèl yo ap vin ranplase objektif espirityèl yo, e konsa n ap vin yon jibye fasil pou Satan.

Nou bezwen kenbe fèm

13, 14. Ki pozisyon nou bezwen pran lè n ap fè fas ak opozisyon Dyab la ?

13 Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “ kenbe fèm kont manèv Dyab la ”. (Efezyen 6:11.) Natirèlman, nou pa ka venk Dyab la ak demon l yo. Se Jezi Kris Bondye deziyen pou fè travay sa a (Revelasyon 20:1, 2). Sepandan, annatandan yo disparèt Satan, nou bezwen “ kenbe fèm ” yon fason pou atak li yo pa anglouti nou.

14 Apot Pyè tou te ensiste sou nesesite pou nou kenbe fèm kont Satan. Gade sa li ekri : “ Rete nan bon sans nou, se pou n veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche yon moun pou l devore. Men kenbe tèt ak li, etan nou rete solid nan lafwa, piske nou konnen, pou sa ki konsène soufrans, se menm bagay sa yo k ap pase nan tout kominote frè nou yo ki nan monn nan. ” ​(1 Pyè 5:8, 9). Anfèt, èd frè ak sè espirityèl nou yo endispansab pou nou rive kenbe fèm lè Dyab la atake nou tankou yon lyon k ap gwonde.

15, 16. Bay yon egzanp biblik ki montre jan soutyen kwayan parèy nou yo ka ede nou kenbe fèm.

15 Ann Afrik, lè yon lyon ki pa twò lwen, gwonde nan yon savann, kòm reyaksyon, antilòp yo pete yon sèl kous kouri, jiskaske yo rive yon kote ki pa gen danje ankò. Tandiske, elefan yo bay egzanp sou fason pou youn ede lòt. Men sa yon liv esplike : “ Pou twoupo elefan yo rive defann tèt yo, kòm taktik souvan yo itilize, yo jis kanpe yo fòme yon sèk ak kò yo, pi gran yo kanpe fas ak danje a epi yo pwoteje pi piti yo anndan sèk la. ” ​(Elephants—Gentle Giants of Africa and Asia). Devan yon kalite demonstrasyon fòs ak sipò konsa, li pa fasil pou lyon yo atake menm jèn ti elefan yo.

16 Lè Satan ak demon l yo menase nou, menm jan an tou, nou fèt pou nou rete ansanm, pou nou rete kòtakòt avèk frè nou yo ki solid nan lafwa. Pòl te rekonèt gen kèk nan kretyen parèy li yo ki te montre yo se ‘ yon èd ki ba l fòs ’ lè l te nan prizon nan vil Wòm (Kolosyen 4:10, 11). Mo grèk lè l tradui ki bay ekspresyon “ èd ki bay fòs ” la, parèt yon sèl fwa nan Ekriti grèk yo. Selon sa ki di nan yon diksyonè, “ yon fòm vèbal mo sa a siyifi medikaman ki ka kalme doulè ”. (Vine’s Expository Dictionary of New Testament Words.) Menm jan ak yon pomad ki kalme doulè, èd sèvitè Jewova ki gen matirite yo ka soulaje doulè nou genyen akoz soufrans moral oubyen soufrans fizik.

17. Ki sa ki ka ede nou rete fidèl devan Bondye ?

17 Ankourajman nou jwenn nan men lòt kretyen ka ranfòse detèminasyon nou pou nou sèvi Jewova avèk fidelite. Ansyen yo espesyalman tou prèt pou ofri èd yo nan domèn espirityèl (Jak 5:13-15). Èd nou resevwa pou nou rete fidèl gen ladan l : etidye Bib la regilyèman, asiste reyinyon, asiste asanble. Relasyon sere nou genyen ak Bondye ap ede nou rete fidèl devan l. Wi, kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè, nou dwe gen dezi pou nou fè tout bagay pou glwa Bondye (1 Korentyen 10:31). Natirèlman, lapriyè mete ak konfyans nou gen nan Jewova esansyèl pou nou kontinye mennen yon vi ki fè l plezi. — Sòm 37:5.

18. Menmsi sitiyasyon difisil soti pou diminye fòs nou, poukisa nou pa dwe sispann fè Bondye plezi ?

18 Pafwa, atak Satan yo rive nan moman nou pa santi nou fò espirityèlman. Yon lyon vole sou yon zannimo ki fèb. Pwoblèm familyal, difikilte ekonomik oubyen maladi ka diminye fòs espirityèl nou. Men, pa sispann fè sa ki fè Bondye plezi, paske gade sa Pòl di : “ Lè mwen fèb, se atò mwen gen pisans. ” ​(2 Korentyen 12:10 ; Galat 6:9 ; 2 Tesalonisyen 3:13). Ki sa li te vle di ? Li te vle di pisans Bondye ka kouvri feblès nou gen lakay nou, depi se bò kote Jewova n ale pou nou jwenn fòs. Viktwa David te ranpòte sou Golyat la montre Bondye kapab bay pèp li fòs e li fè sa. Temwen Jewova nan epòk pa nou an tou ka temwaye sa : lè y ap travèse moman ki difisil anpil, yo santi men Jewova k ap fòtifye yo. — Danyèl 10:19.

19. Bay yon egzanp ki montre jan Jewova kapab fòtifye sèvitè l yo.

19 Men sa yon koup te ekri konsènan soutyen yo te resevwa nan men Bondye : “ Ane apre ane, nou rete ini antanke mari ak madanm nan sèvis Jewova, nou jwenn anpil benediksyon. Nou fè konesans ak anpil bon moun. Jewova fòme nou, li fòtifye nou pou nou rive fè fas ak eprèv yo. Menm jan ak Jòb, nou pa t toujou konprann pou ki rezon bagay yo rive jan yo rive a, men yon bagay nou konnen sèke Jewova te toujou prèt pou ede nou. ”

20. Ki prèv biblik ki montre Jewova toujou soutni pèp li a ?

20 Men Jewova pa twò kout ni pou l soutni pèp li a ki fidèl ni pou l fòtifye l (Izayi 59:1). Men sa salmis David te di nan yon chante : “ Jewova ap soutni tout moun k ap tonbe, e l ap redrese tout moun ki pliye an de. ” ​(Sòm 145:14). Se sèten, Papa nou ki nan syèl la “ pote chay la pou nou chak jou ”, e li ban nou sa nou vrèman bezwen. — Sòm 68:19.

Nou bezwen “ ekipman sòlda Bondye bay la ” okonplè

21. Ki jan Pòl te mete aksan sou enpòtans ekipman espirityèl la ?

21 Nou fin analize kèk nan metòd Satan yo e nou wè nesesite pou nou kenbe fèm devan atak li yo. Kounye a, li nesesè pou nou analize lòt èd ki endispansab pou nou reyisi pwoteje fwa nou. Nan lèt apot Pòl te ekri Efezyen yo, an de fwa, li te mansyone yon bagay ki esansyèl pou nou kenbe fèm kont manèv Satan yo e pou nou ranpòte laviktwa nan lit n ap mennen kont fòs espirityèl mechan yo. Pòl ekri : “ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la. [...] Pran tout ekipman sòlda Bondye bay la yon fason pou n ka reziste anba jou mechanste yo epi, apre nou fin fè tout bagay sa yo nèt, pou n ka kenbe fèm. ” — Efezyen 6:11, 13.

22, 23. a) Ki sa ekipman espirityèl la gen ladan l ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

22 Wi, nou bezwen abiye nou “ nèt avèk ekipman sòlda Bondye bay la ”. Lè Pòl t ap ekri lèt pou Efezyen yo, te gen yon sòlda women ki t ap siveye l, petèt detanzantan mesye sa a te konn abiye nèt ak yon ekipman sòlda. Sepandan, se Bondye ki te enspire apot la pou l pale sou ekipman espirityèl la, yon bagay ki endispansab pou chak sèvitè Jewova.

23 Ekipman sa a Bondye bay la gen ladan l kalite yon kretyen dwe gen lakay li ansanm ak dispozisyon espirityèl Jewova pran. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine chak eleman nan ekipman espirityèl la. Sa ap pèmèt nou verifye nan ki pwen nou ekipe pou konba espirityèl n ap mennen an. Anmenmtan, n ap wè ki fason bèl egzanp Jezi Kris kite ka ede nou reyisi nan efò n ap fè pou nou reziste kont Satan Ledyab.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki konba tout kretyen ap mennen ?

• Dekri kèk nan taktik Satan yo.

• Kòman èd lòt kwayan yo ka fòtifye nou ?

• Sou ki moun nou dwe konte pou nou jwenn fòs, e poukisa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Kretyen yo ap ‘ lite kont fòs espirityèl mechan yo ’.

[Foto nan paj 9]

Enkyetid ki gen nan sistèm sa a ka toufe pawòl konsènan Wayòm nan.

[Foto nan paj 10]

Kretyen parèy nou yo kapab “ yon èd ki bay fòs ”.

[Foto nan paj 11]

Èske w priye Bondye pou l ba w fòs ?