Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Priyè Nòtrepè a : Sa l vle di pou ou ?

Priyè Nòtrepè a : Sa l vle di pou ou ?

Priyè Nòtrepè a : Sa l vle di pou ou ?

NOU jwenn priyè Nòtrepè a, jan Jezi Kris te bay li a nan Sèmon sou montay la, nan Matye chapit 6, vèsè 9 rive nan vèsè 13. Yon ti moman anvan Jezi bay priyè sa a, li di : “ Lè n ap lapriyè, pa plede repete menm bagay yo tout tan tout tan, jan moun nasyon yo ap fè a, paske yo panse yo va koute yo poutèt yo di yon pakèt pawòl. ” — Matye 6:7.

Konsa, li klè, entansyon Jezi se pa pou moun resite priyè Nòtrepè a mo pou mo. Se vre, yon ti tan apre, li te reprann menm priyè a pou yon lòt gwoup moun ki t ap koute l (Lik 11:2-4). Men, mo ki nan priyè a selon Levanjil Matye a pa fin menm ak sa ki nan Levanjil Lik la. Anplis de sa, nan priyè Jezi ak disip yo te fè annapre yo, yo pa t repete egzakteman menm mo ki nan priyè modèl la.

Poukisa yo mete priyè Nòtrepè a nan Bib la ? Grasa modèl sa a, Jezi montre nou ki jan pou n fè priyè nou pou Bondye aksepte yo. Epitou, nan priyè sa a, nou jwenn repons pou yon seri de kesyon enpòtan ki gen rapò ak lavi a. Se sa k fè, ann egzamine chak pati nan priyè Nòtrepè a.

Ki non Bondye ?

“ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. ” ​(Matye 6:9). Pawòl sa yo nou jwenn nan entwodiksyon priyè modèl la ede nou vin pi pwòch ak Bondye lè nou pale avè l antanke “ Papa nou ”. Menm jan ak yon timoun natirèlman ki santi yon atirans pou papa l oswa manman l ki renmen l e ki konprann li, nou ka pwoche kot Papa nou ki nan syèl la avèk konfyans li dispoze koute nou. Se tankou jan wa David te di sa nan yon chante : “ O, ou menm ki konn tande lapriyè, tout kalite moun ap vin kote w. ” — Sòm 65:2.

Jezi aprann nou pou nou priye pou non Bondye sangtifye, pou non l apa. Ki non Bondye ? Bib la reponn : “ Ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a. ” ​(Sòm 83:18). Èske w te deja wè non Jewova nan Labib ?

Anfèt, non Bondye, Jewova, parèt prèske 7 000 fwa nan ansyen maniskri Labib. Sepandan, gen kèk tradiktè ki jwenn mwayen yo retire non an nan tradiksyon Labib yo pwodui. Se sa k fè, li tou nòmal pou nou priye Kreyatè a pou l sangtifye non l, sa vle di rann li sen (Ezekyèl 36:23). Youn nan fason nou ka aji ann amoni ak yon priyè konsa, se lè nou itilize non Jewova lè n ap priye.

Gen yon dam ki rele Patricia ki te leve nan katolik e ki te byen konnen priyè Nòtrepè a. Ki reyaksyon l te genyen lè yon Temwen Jewova te montre l non Bondye nan Bib la ? Men sa l di : “ Mwen pa t ka kwè sa. Se sa k fè, m al gade nan pwòp bib pa m, e m te jwenn li ladan l tou. Apre sa, Temwen an montre m Matye 6:9, 10 e li esplike m priyè Nòtrepè a fè referans ak non Bondye. Se pa ti kontan m te kontan ! Mwen te mande sè a pou l vin etidye Labib avè m. ”

Pou volonte Bondye fèt sou tè a

“ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” ​(Matye 6:10). Ki jan pati sa a nan priyè modèl Jezi te bay la ap akonpli ? Pifò moun imajine syèl la kòm yon kote ki gen lapè ak trankilite. Labib pale de syèl la antanke kote Jewova “ rete, yon kote ki grandyoz, ki sen e ki bèl ”. (Izayi 63:15.) Se sa k fè, li nòmal pou nou priye pou volonte Bondye fèt sou tè a “ kou nan syèl la ” ! Men, èske pawòl sa a ap rive fèt ?

Men sa Danyèl, yon pwofèt Jewova, te predi : “ Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm tonbe. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” ​(Danyèl 2:44). Talè konsa, Wayòm selès sa a, oubyen gouvènman sa a pral aji, li pral fè gen lapè sou tout tè a, anba yon dominasyon ki jis. — 2 Pyè 3:13.

Lè nou priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte l fèt sou tè a, se fwa nou nou eksprime, e sa pap mennen nan desepsyon. Apot Jan ekri : “ Mwen tande yon vwa fò ki soti nan twòn nan ki di : ‘ Gade ! Tant Bondye a avèk lèzòm, e li pral abite avèk yo, e se pèp li yo pral ye. E Bondye li menm ap avèk yo. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ’” Apre sa Jan di : “ E Moun ki chita sou twòn nan di : [...] ‘ Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e yo veridik. ’” — Revelasyon 21:3-5.

Rapò priyè a genyen ak bezwen materyèl nou yo

Dapre sa Jezi di nan priyè modèl la, lè n ap priye, se non Bondye ak volonte l ki ta dwe enterese nou an premye. Toutfwa, priyè modèl la pa rete la sèlman, li mansyone bagay pèsonèl nou ka mande tou lè n ap priye Jewova.

Pami bagay sa yo, sa nou jwenn anvan se : “ Ban nou pen pou jounen an jodi a. ” ​(Matye 6:11). Se pa byen materyèl n ap mande. Jezi ankouraje nou pou nou priye pou “ pen nou pou jou a selon bezwen jou a ”. (Lik 11:3.) Ann amoni ak priyè Nòtrepè a, nou ka priye avèk asirans Bondye ap fè nou jwenn sa nou bezwen pou jounen an, akondisyon nou renmen l e nou obeyi l.

Si nou gen twòp enkyetid anrapò ak pwoblèm ekonomik, sa ka fè nou neglije espirityalite nou e sa ka anpeche nou fè sa Bondye atann de nou. Men, si nou mete adorasyon Bondye an premye nan lavi nou, nou mèt asire nou lè nou priye pou bezwen materyèl nou yo, tankou manje ak rad, l ap koute nou. Jezi di : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” ​(Matye 6:26-33). Se pa yon bagay ki fasil pou nou chèche jistis Bondye, piske nou tout se pechè e nou bezwen padon nan men Bondye (Women 5:12). Priyè Nòtrepè a pale de sa tou.

Rapò priyè nou genyen ak padon peche nou

“ Efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou. ” ​(Matye 6:12). Nan resi Lik rapòte sou priyè Nòtrepè a, li rele “ dèt ” sa yo “ peche ”. (Lik 11:4.) Èske se vre Jewova Dye ap padone peche nou ?

Aktout wa David, ki t ap dirije Izrayèl tan lontan an, te komèt peche ki grav, li te repanti e, avèk konfyans, men ki priyè li te fè : “ O Jewova, ou bon e ou tou prèt pou w padone. E bonte ki plen lanmou an, li ann abondans pou tout moun ki envoke w. ” ​(Sòm 86:5). Ala ankourajan pawòl sa yo ankourajan ! Papa nou ki nan syèl la “ tou prèt pou padone ” peche moun ki repanti e ki mande l padon. Menm jan yon dèt ka anile konplètman, se konsa Jewova Dye ka padone peche nou nèt.

Sepandan, Jezi te bay yon kondisyon pou sa rive fèt : Pou nou jwenn padon nan men Bondye, nou fèt pou nou padone pwochen nou (Matye 6:14, 15). Jòb, yon nonm ki te jis, te dispoze padone twa zanmi l yo e li te menm priye pou yo, aktout yo pa t byen trete l (Jòb 42:10). Si nou padone moun ki peche kont nou, n ap fè Bondye plezi, e sa ap fè nou benefisye mizèrikòd li.

Lefètke Bondye dispoze koute priyè nou, sa ta dwe pouse nou chèche apwobasyon l. E se yon bagay nou ka fè aktout nou enpafè (Matye 26:41). La ankò, Jewova ka ede nou, jan Jezi montre sa nan yon rekèt trèzenpòtan li fè nan konklizyon priyè modèl la.

Èd pou nou mennen yon vi ki dwat

“ Pa fè nou tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba mechan an. ” ​(Matye 6:13). Jewova pa lage nou bay tantasyon ni li pa fè nou tonbe nan peche. Men ki sa Pawòl li fè konnen : “ Moun pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv. ” ​(Jak 1:13). Bondye konn pèmèt nou jwenn tantasyon, men li ka delivre nou tou anba gwo Tantatè a, nou vle pale de “ mechan an ”, li menm yo rele Satan Ledyab la.

Men ki konsèy apot Pyè te bay konpayon kretyen l yo : “ Rete nan bon sans nou, se pou n veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche yon moun pou l devore. ” ​(1 Pyè 5:8). Satan te menm tante Jezi Kris, yon moun pafè ! Nan ki objektif Dyab la te fè sa ? Se te pou l fè Jezi abandone vrè adorasyon li t ap bay Jewova Dye a (Matye 4:1-11). Si w ap fè efò pou w sèvi Bondye, objektif Satan se pou l devore w tou.

Dyab la sèvi ak monn ki anba pouvwa l la pou l fè nou lage kò nou nan yon seri de pratik Bondye kondane (1 Jan 5:19). Donk, li enpòtan anpil pou nou chèche èd regilyèman nan men Bondye, sitou lè n ap fè fas ak yon tantasyon ki tenas. E, si nou sèvi l ann amoni ak sa ki di nan Bib la, Pawòl li enspire a, l ap delivre nou lè l ede nou reziste devan Dyab la. Bib la di nou : “ Bondye fidèl, e li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. ” — 1 Korentyen 10:13.

Li enpòtan pou nou gen lafwa nan Bondye

Se yon bagay ki rekonfòtan anpil pou nou konnen Papa nou ki nan syèl la enterese nan nou chak. Li menm mande Jezi Kris, Pitit gason l lan, pou li montre nou fason pou nou priye. Èske sa pa fè nou anvi fè Jewova Dye plezi ? Ki jan nou ka fè sa ?

Men ki sa Bib la deklare : “ San lafwa li enposib pou nou fè [Bondye] plezi kòmsadwa, paske moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” ​(Ebre 11:6). Ki jan nou ka vin genyen yon fwa konsa ? Bib la di : “ Lafwa pran nesans grasa sa nou tande a. ” ​(Women 10:17). Se tout plezi Temwen Jewova yo pou yo pale de sijè biblik ak tout moun ki anvi sèvi Bondye yon fason ki konfòm ak vrè fwa a.

Nou espere ti rale sa a nou fè sou priyè Nòtrepè a ap ede w pi byen konprann sans priyè sa a. Si w ogmante konesans ou sou Jewova, e si w chèche konn plis bagay sou rekonpans li pral bay “ moun k ap chèche l toutbonvre ” yo, w ap rive fòtifye fwa w nan Bondye. Nou swete pou w aprann plis bagay toujou sou Bondye, sou pwogram li, yon fason pou w ka gen yon relasyon sere ak Papa w ki nan syèl la pandan tout letènite. — Jan 17:3.

[Antrefilè nan paj 4]

“ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. Ban nou pen pou jounen an jodi a. Efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou. E pa fè nou tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba mechan an. ” — Matye 6:9-13.

[Foto nan paj 6]

Jewova fè moun ki renmen l jwenn sa yo bezwen.

[Foto nan paj 6]

Bondye ede nou tou pou nou reziste devan Dyab la.

[Foto nan paj 6]

Si, menm jan ak Jòb, nou padone moun ki peche kont nou, n ap ka jwenn mizèrikòd nan men Bondye.