Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Detewonòm nan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Detewonòm nan

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Detewonòm nan

NOU nan ane 1473 anvan epòk nou an. Karant an gentan pase depi Jewova te delivre pitit Izrayèl yo nan esklavaj ann Ejip. Piske Izrayelit yo pase ane sa yo nan yon dezè, yo toujou rete yon nasyon ki pa gen peyi. Anfen, kounye a, yo kanpe sou fwontyè Latè pwomiz. Ki sa k ap ret tann yo lè finalman yo antre nan peyi a pou yo posede l ? Ki pwoblèm yo pral rankontre, e ki jan yo fèt pou rezoud pwoblèm sa yo ?

Anvan pèp Izrayèl travèse rivyè Jouden an pou yo rantre nan peyi Kanaran, Moyiz prepare yo pou gwo travay k ap ret tann yo. Ki jan ? Li pwononse yon seri diskou pou ankouraje yo, pou egzòte yo, pou reprann yo e pou avèti yo. Li fè Izrayelit yo sonje Jewova Dye merite yon atachman san pataj, e li raple yo nesesite pou yo pa suiv koutim nasyon ki ozalantou yo. Se diskou sa yo ki konpoze pifò pati liv Detewonòm nan. E konsèy ki nan liv sa a se egzakteman sa nou bezwen jodi a, paske nou menm tou n ap viv nan yon monn kote li pa fasil ditou pou nou bay Jewova yon atachman san pataj. — Ebre 4:12.

Se Moyiz ki ekri liv Detewonòm nan, sof dènye chapit la. Liv sa a kouvri yon peryòd ki dire yon tikras plis pase de mwa * (Detewonòm 1:3 ; Jozye 4:19). Annou wè ki jan sa ki di nan liv sa a kapab ede nou renmen Jewova ak tout kè nou e pou nou sèvi l fidèlman.

“ PA BLIYE BAGAY JE W TE WÈ YO ”

(Detewonòm 1:1–4:49)

Nan premye diskou a, Moyiz rakonte an detay kèk nan eksperyans Izrayelit yo te fè nan dezè a, sitou sa ki ta gen pou itil yo nan preparasyon y ap fè pou yo pran posesyon Latè pwomiz. Pa egzanp, resi ki konsène jij yo mete an plas yo dwe te fè yo sonje Jewova òganize pèp li a yon fason pou yo jwenn swen ak afeksyon. Epitou, Moyiz rakonte yo se move rapò dis espyon yo te bay la ki lakòz jenerasyon ki te la anvan an pa antre nan peyi Bondye pwomèt yo a. Imajine ki enpak egzanp sa a dwe te genyen sou moun ki t ap koute Moyiz yo, etan yo t ap gade peyi a ki la anfas yo.

Lefètke yo sonje viktwa Jewova te fè yo ranpòte anvan yo te travèse Jouden an dwe te fè yo met kouraj sou yo etan yo t ap prepare yo pou yo kòmanse konkèt yo t apral fè pa lòt bòt rivyè a. Peyi yo t ap pare yo pou y al pran an, se yon peyi ki te chaje ak idolatri. Se poutèt sa, li te toutafè apwopriye pou Moyiz avèti yo avèk fòs pou yo pa al pratike idolatri.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:4-6, 9, 19, 24, 31-35 ; 3:1-6 — Poukisa Izrayelit yo te detwi kèk nan pèp ki t ap viv nan lès Jouden an, alòske yo pa t fè kèk lòt anyen ? Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa antre nan goumen ak pitit Ezayi. Poukisa ? Se paske yo se desandan frè Jakòb. Izrayelit yo pa t fèt pou yo chèche Mowabit yo ak Amonit yo kont ni yo pa t fèt pou yo fè lagè kont yo, piske yo se desandan Lòt, neve Abraram. Sepandan, Siyòn ak Òg, de wa amorit yo, pa t gen lyen sa a avèk Izrayelit yo, konsa yo pa t gen okenn dwa sou peyi yo t ap dirije yo. Se poutèt sa, lè Siyòn te refize kite Izrayelit yo pase sou tèritwa l e Òg te mache kontre yo pou l goumen ak yo, Jewova te ba yo lòd pou yo detwi vil mesye sa yo e pou yo pa kite pyès moun chape.

4:15-20, 23, 24 — Lefètke yo te entèdi moun fè imaj taye, èske sa te vle di yon moun pa gen dwa fè reprezantasyon yon objè kèlkonk pou dekorasyon ? Non, sa pa vle di sa. Se yon entèdiksyon ki te la pou anpeche moun fè imaj pou adorasyon, sa vle di pou yo ‘ pa pwostène devan idòl yo e pou yo pa sèvi yo ’. Bib la pa defann moun fè eskilti oswa pòtre pou dekorasyon. — 1 Wa 7:18, 25.

Leson pou nou jodi a :

1:2, 19. Pitit Izrayèl yo te monte desann nan dezè a pandan anviwon 38 an, alòske ‘ sa pran sèlman onz jou, soti Orèb [rejyon ki gen mòn ki toupre mòn Sinayi, kote Izrayelit yo te resevwa Dis Kòmandman yo], pase pa mòn Seyi ’, pou rive Kadèch-Baneya. Ala sa te koute yo chè dèske yo te dezobeyi Jewova Dye ! — Nonb 14:26-34.

1:16, 17. Jodi a, prensip jijman Bondye yo toujou menm. Moun ki gen responsablite pou sèvi nan yon komite jidisyè pa fèt pou yo kite paspouki oswa krent pou lèzòm defòme jijman yo.

4:9. Pou Izrayelit yo reyisi, li te enpòtan anpil pou yo ‘ pa t bliye bagay je yo te wè ’. Etandone monn nouvo Bondye pwomèt la ap pwoche, li vital pou nou menm tou nou kenbe aksyon estrawòdinè Jewova fè yo la nan lespri nou. N ap rive fè sa si nou etidye Pawòl li avèk dilijans.

RENMEN JEWOVA E OBEYI KÒMANDMAN L YO

(Detewonòm 5:1–26:19)

Nan dezyèm diskou Moyiz pwononse a, li pale de Lalwa Bondye te bay sou mòn Sinayi a e li site Dis Kòmandman yo ankò. Li site non sèt nasyon ki fèt pou detwi konplètman. Li fè pitit Izrayèl yo sonje yon leson trèzenpòtan yo te pran nan dezè a : “ Se pa pen sèlman lòm bezwen pou l viv, men li bezwen tout pawòl ki sot nan bouch Jewova pou l viv. ” Nan nouvo sitiyasyon sa a yo twouve yo a, yo dwe ‘ kenbe tout kòmandman yo ’. — Detewonòm 8:3 ; 11:8.

Pandan Izrayelit yo ap kòmanse tabli yo nan peyi yo pwomèt yo a, nonsèlman y ap bezwen lwa anrapò ak fason pou yo adore, men tou y ap bezwen lwa sou fason pou yo fè jijman, pou yo gouvène, pou yo fè lagè, e y ap bezwen lwa sou vi sosyal ak vi prive. Moyiz fè yon repase sou tout lwa sa yo e li montre yo nesesite pou yo renmen Jewova e pou yo obeyi kòmandman l yo.

Kesyon biblik ak tout repons :

8:3, 4 — Nan ki sans rad Izrayelit yo pa t ize e pye yo pa t vin anfle pandan yo t ap monte desann nan dezè a ? Se te yon mirak, menm jan lamàn yo te konn jwenn regilyèman an te yon mirak. Izrayelit yo te itilize menm rad ak menm sandal yo te genyen depi anvan yo te antre nan dezè a. Aparamman, ofiramezi timoun ap grandi e granmoun ap mouri, yo te pase rad ak sandal sa yo youn bay lòt. Etandone resansman yo te fè nan kòmansman monte desann nan ak sa yo te fè nan fen an montre kantite Izrayelit yo pa t ogmante, sanble kantite rad ak sandal yo te genyen okòmansman an te sifi. — Nonb 2:32 ; 26:51.

14:21 — Poukisa yon Izrayelit te ka bay oswa vann yon rezidan etranje yon bèt ki pa t senyen, alòske li pa t ap manje yon bèt konsa li menm ? Nan Labib, lè yo pale de “ rezidan etranje ”, sa ka vle di yon moun ki pa t Izrayelit, men ki vin pwozelit, oswa yon moun ki te rete nan zòn nan, ki te konn suiv lwa fondamantal peyi a, men ki pa t vin yon adoratè Jewova. Yon etranje oswa yon rezidan etranje ki pa t pwozelit pa t sou Lalwa, e konsa, li te ka sèvi divès fason ak yon bèt ki mouri san l pa senyen. Lalwa te otorize yon Izrayelit bay oswa vann yo yon bèt konsa. Tandiske, si se te yon pwozelit, li te fèt pou l suiv alyans Lalwa a. Jan Levitik 17:10 montre sa, yo te entèdi yon pwozelit manje san bèt.

24:6 — Poukisa si yon moun sezi “ yon moulen a bra oswa mèl ki pa anlè a kòm garanti ” se kòmsi li sezi “ yon nanm ” ? Yon moulen a bra ansanm ak mèl ki pa anlè a reprezante “ nanm ” oswa mwayen yon moun genyen pou l viv. Konsa, si yon moun se bagay sa yo li sezi kòm garanti, li anpeche tout yon fanmi jwenn pen kotidyen.

25:9 — Lè yo retire sandal nan pye yon gason ki ta refize fè maryaj leviratik la e yo krache nan figi l, ki sa sa vle di ? Selon ‘ koutim ki te genyen lontan ann Izrayèl konsènan dwa yon gason genyen pou l rachte, li te fèt pou l retire sandal li e ansuit li te dwe bay konpayon l lan li ’. (Rit 4:7.) Lè yo retire sandal yon moun ki te refize fè maryaj leviratik la, sa montre moun sa a renonse a pozisyon l e li refize dwa li genyen pou l pwodui yon eritye pou frè l ki mouri a. Se pa yon bagay ki te fè moun nan onè (Detewonòm 25:10). Konsa, lè yo krache nan figi l, se te yon fason pou yo imilye l. — Nonm 12:14.

Leson pou nou jodi a :

6:6-9. Menm jan Izrayelit yo te jwenn lòd pou yo aprann konnen Lalwa, nou menm tou nou bezwen konnen kòmandman Bondye yo, nou bezwen kenbe yo nan lespri nou tout tan e nou bezwen grave yo nan kè pitit nou. Nou fèt pou nou ‘ mare yo tankou yon siy sou men nou ’. Sa vle di aksyon nou, sa men nou reprezante a, dwe montre nou obeyi Jewova. E, menm jan ak ‘ yon bando ant je nou ’, obeyisans nou dwe vizib pou tout moun.

6:16. Nou pa dwe janm mete Jewova aleprèv menm jan Izrayelit enfidèl yo te fè sa lè yo te rive Masa, kote yo te tonbe plenyen poutèt te manke dlo. — Egzòd 17:1-7.

8:11-18. Si nou materyalis, sa ka fè nou bliye Jewova.

9:4-6. Nou dwe veye pou nou pa vin jis nan pwòp je nou.

13:6. Nou pa fèt pou nou janm kite yon moun detounen nou pou nou pa kontinye adore Jewova.

14:1. Lè yon moun koupe pati nan kò l oswa li fè gwo blese sou kò l, se yon mank respè moun sa a genyen pou kò a. Se yon bagay tou ki ka gen rapò ak fo relijyon, yon bagay nou fèt pou n evite (1 Wa 18:25-28). Esperans nou nan rezirèksyon an fè li pa apwopriye pou nou fè bagay konsa yon fason pou nou lage kò nou nan yon chagren ekstrèm pou yon moun ki mouri.

20:5-7 ; 24:5. Nou fèt pou nou montre konsiderasyon pou yon moun ki nan sitiyasyon espesyal, menmsi travay nou gen pou nou fè a se yon travay enpòtan.

22:23-27. Youn nan mwayen ki pi efikas yon fi genyen pou l defann tèt li lè yon moun soti pou vyole l, se rele pou l rele.

“ OU DWE CHWAZI LAVI ”

(Detewonòm 27:1–34:12)

Nan twazyèm diskou a, Moyiz fè Izrayelit yo konnen lè yo fin travèse Jouden an, yo fèt pou yo ekri Lalwa sou yon seri de gwo wòch e yo fèt pou yo pwononse malediksyon lè gen dezobeyisans e benediksyon lè gen obeyisans. Nan kòmansman katriyèm diskou a, Moyiz renouvle alyans ki genyen ant Jewova ak Izrayèl. Yon lòt fwa ankò, Moyiz bay pèp la yon mizangad pou yo pa dezobeyi, men li egzòte yo pou yo “ chwazi lavi ”. — Detewonòm 30:19.

Se pa sèlman kat diskou yo Moyiz pwononse, li pale tou ak Izrayelit yo sou chanjman dirijan ki pral genyen an, li montre yo yon bèl chante pou fè louwanj pou Jewova e li ba yo avètisman konsènan malè k ap rive yo si yo enfidèl. Se apre Moyiz fin beni tribi yo li mouri. Li te gen 120 an lè sa a, epi yo antere l. Peryòd dèy la dire 30 jou, apeprè mwatye nan tan liv Detewonòm nan kouvri a.

Kesyon biblik ak tout repons :

32:13, 14 — Piske yo te entèdi Izrayelit yo manje grès, ki sa pawòl pou yo manje “ grès belye yo ” vle di ? Se nan yon sans figire yo itilize ekspresyon an la a, e li vle di bèt ki pi anfòm nan twoupo a. Lefètke menm vèsè a pale de “ grès ki nan grenn vant ble a ” ak “ san rezen ” an, sa montre se yon langaj powetik li te itilize.

33:1-29 — Poukisa, nan benediksyon Moyiz te pwononse sou pitit Izrayèl yo, yo pa t mansyone Simeyon ? Rezon an se paske Simeyon ansanm ak Levi te aji avèk “ britalite ”, e kòlè ki lakay yo a te “ kriyèl ”. (Jenèz 34:13-31 ; 49:5-7.) Yo pa t gen egzakteman menm eritaj ak lòt tribi yo. Levi te resevwa 48 vil, e pòsyon eritaj Simeyon an te sou tèritwa Jida (Jozye 19:9 ; 21:41, 42). Se poutèt sa Moyiz pa t beni Simeyon espesyalman. Sepandan, benediksyon Simeyon an te anndan benediksyon jeneral tout Izrayèl te resevwa a.

Leson pou nou jodi a :

31:12. Timoun fèt pou yo chita ak granmoun lè yo nan reyinyon e yo fèt pou yo fè efò pou yo koute e pou yo aprann.

32:4. Tout aksyon Jewova pafè. Nan ki sans ? Se nan sans Jewova eksprime kalite fondamantal li gen lakay li, anpalan de jistis, sajès, lanmou ak pisans, yon fason ki totalman ekilibre.

Yon liv ki gen anpil valè pou nou

Liv Detewonòm nan prezante Jewova kòm “ yon sèl Jewova ”. (Detewonòm 6:4.) Se yon liv ki pale de yon pèp ki gen yon relasyon toutafè espesyal avèk Bondye. Liv sa a mete nou an gad tou kont idolatri e li souliye nesesite pou nou bay vrè Dye a yon atachman san pataj.

Pa gen dout, liv Detewonòm nan gen anpil valè pou nou ! Byenke nou pa sou Lalwa, gen anpil bagay nou ka aprann ladan l ki ka ede nou nan efò n ap fè pou nou ‘ renmen Jewova Bondye nou an ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs lavi nou ’. — Detewonòm 6:5.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Siman se Jozye oubyen gran prèt Eleyaza ki te ajoute dènye chapit la ki mansyone lanmò Moyiz.

[Kat jeyografik nan paj 18]

(Gade piblikasyon an)

SEYI

Kadèch-Baneya

Mòn Sinayi (Orèb)

Lanmè Wouj

[Liy kredi]

Li baze sou kat ki gen copyright Pictorial Archive (Near Eastern History) Est. and Survey of Israel.

[Foto nan paj 18]

Se diskou Moyiz te pwononse yo ki konpoze pifò pati liv Detewonòm nan.

[Foto nan paj 20]

Ki leson nou tire nan dispozisyon Jewova te pran pou l bay lamàn nan ?

[Foto nan paj 20]

Si yon moun te sezi moulen yon lòt kòm garanti oswa li te sezi mèl ki pa anlè a, se kòmsi li te sezi “ yon nanm ”.