Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la ”

“ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la ”

“ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la ”

“ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la. ” — EFEZYEN 6:11.

1, 2. Dekri ekipman espirityèl kretyen yo bezwen mete a nan pwòp mo pa w.

NAN premye syèk epòk nou an, pouvwa Wòm te genyen te atenn pi wo nivo l. Grasa pisans diferan seksyon nan lame Wòm nan, seksyon yo te rele lejyon yo, vil sa a te rive domine pifò tèritwa yo te konnen nan epòk sa a. Gen yon istoryen ki dekri lame Wòm nan kòm “ òganizasyon militè ki pi byen reyisi nan listwa ”. Lame sa a, yon lame pwofesyonèl, te fèt ak sòlda ki byen disipline, ki sibi bonjan antrènman, men viktwa Wòm te ranpòte yo antanke fòs k ap konbat te depann tou de ekipman sòlda yo te genyen. Apot Pòl te sèvi ak ekipman sòlda women yo kòm egzanp pou l montre jan de ekipman espirityèl kretyen yo bezwen genyen pou yo ka ranpòte laviktwa nan batay y ap mennen kont Dyab la.

2 N ap jwenn yon deskripsyon ekipman espirityèl sa a nan Efezyen 6:14-17. Pòl ekri : “ Kenbe fèm ak ren nou mare ak laverite, abiye nou ak kuiras jistis la, mete ekipman bon nouvèl lapè a nan pye nou. Sitou, pran gwo boukliye lafwa a ki kapab pèmèt nou etenn tout boulèt flanm mechan an. Epitou, aksepte kas delivrans lan, ak epe lespri a, sa vle di pawòl Bondye a. ” Literalman, ekipman Pòl dekri a te bay sòlda women an yon kokenn pwoteksyon. Apre sa, sòlda a te gen yon epe, prensipal zam li sèvi nan konba kò ak kò.

3. Poukisa nou dwe obeyi enstriksyon Jezi Kris bay e poukisa nou dwe suiv egzanp li ?

3 Apre ekipman ak antrènman, viktwa lame Wòm te konn ranpòte yo te depann de obeyisans sòlda yo devan kòmandan yo. Menm jan an tou, kretyen yo dwe obeyi Jezi Kris, li menm Bib la dekri kòm “ kòmandan pou kominote nasyonal yo ”. (Izayi 55:4.) Li se “ chèf kongregasyon an ” tou (Efezyen 5:23). Jezi ban nou enstriksyon sou fason pou nou mennen lagè espirityèl la, e li ban nou yon egzanp san fay sou fason pou nou abiye nou ak ekipman espirityèl la (1 Pyè 2:21). Etandone yon pèsonalite ki sanble ak pèsonalite Kris gen anpil resanblans ak ekipman espirityèl la, Bib la konseye nou pou nou “ ame ” nou ak menm etadespri ak Kris (1 Pyè 4:1). Se sa k fè, pandan n ap analize chak eleman nan ekipman espirityèl la, n ap itilize egzanp Jezi pou nou montre enpòtans ak itilite ekipman sa a genyen.

Pwoteksyon pou ren, pwatrin ak pye

4. Ki wòl yon senti jwe nan ekipman yon sòlda, e ki sa pati sa a reprezante ?

4 Ren nou mare ak laverite. Nan tan biblik, sòlda yo te pote yon senti laj ki fèt an kui. Lajè senti sa a te ant 5 ak 15 santimèt. Gen kèk tradiktè ki konseye pou yo tradui vèsè a konsa : “ Se pou nou gen verite a tankou yon sentiwon ki mare nan tay nou. ” Senti sòlda a ede l pwoteje ren l, e li ba li yon sipò ki byen pratik pou l pandye epe l. Depi yon sòlda mare ren l, sa vle di li pare pou konba. Pòl pran egzanp senti sòlda a pou l montre nan ki degre verite ki nan Bib la dwe enfliyanse lavi nou. Nan yon sans senbolik, senti sa a dwe mare byen sere toutotou de nou yon fason pou nou viv ann amoni avèk laverite e pou nou defann li nan tout okazyon (Sòm 43:3 ; 1 Pyè 3:15). Pou sa rive fèt, nou bezwen etidye Bib la avèk dilijans e nou bezwen medite sou sa ki gen ladan l. Jezi te gen lalwa Bondye a ‘ chita jis nan zantray li ’. (Sòm 40:8.) Lè opozan yo te vin poze l kesyon, li te anmezi pou l site vèsè nan Ekriti yo de tèt pou l reponn yo. — Matye 19:3-6 ; 22:23-32.

5. Esplike jan konsèy ki nan Bib la ka ede nou nan moman eprèv oubyen moman tantasyon.

5 Lè nou kite verite ki nan Bib la gide nou, sa ka pwoteje nou kont fo rezònman e sa ap pèmèt nou pran bon desizyon. Nan moman tantasyon oubyen nan moman eprèv, enstriksyon nou jwenn nan Bib la ap ranfòse detèminasyon nou pou nou fè sa ki dwat. Pou byen di, se kòmsi n ap wè Jewova, Gran Pwofesè nou an, e se kòmsi n ap tande yon vwa dèyè nou k ap di : “ Men chemen an. Mache ladan l. ” — Izayi 30:20, 21.

6. Poukisa kè senbolik nou bezwen pwoteksyon, e kòman jistis ka byen prezève l ?

6 Kuiras jistis la. Kuiras yon sòlda pwoteje yon ògàn vital, kè li. Kè senbolik nou, sa vle di moun nou ye pa anndan an, bezwen yon pwoteksyon espesyal, paske li plis gen tandans fè sa ki mal (Jenèz 8:21). Kidonk, nou bezwen aprann konnen prensip jis Jewova yo e nou bezwen renmen yo (Sòm 119:97, 105). Lanmou nou genyen pou sa ki jis ap fè nou rejte panse monn nan ki inyore enstriksyon klè Jewova yo oubyen ki minimize yo. Anplis de sa, lè nou renmen sa ki jis e nou rayi sa ki mal, nou evite tout konduit ki ka mennen nou gache lavi nou (Sòm 119:99-101 ; Amòs 5:15). Jezi se yon bèl egzanp nan domèn sa a. Men sa Bib la di apwopo de li : “ Ou te renmen jistis e ou te rayi ilegalite. ” — Ebre 1:9 *.

7. Poukisa yon sòlda women te bezwen bon kalite soulye, e ki sa sa reprezante ?

7 Mete ekipman bon nouvèl lapè a nan pye nou. Sòlda women yo te bezwen bon kalite soulye oubyen yo te bezwen gen sandal ki byen solid, paske pandan yon kanpay militè, souvan, yo te konn mache 30 kilomèt chak jou e ekipman yo mete sou yo ansanm ak ekipman yo pote te konn peze anviwon 27 kilo. Pòl te gen rezon sèvi ak egzanp soulye pou l pale de anpresman nou pou pote mesaj Wayòm nan bay tout moun ki vle koute. Sa enpòtan, paske, ki jan moun yo ap fè konnen Jewova si nou pa tou prèt pou nou preche, si nou pa dispoze fè sa ? — Women 10:13-15.

8. Ki jan nou ka imite egzanp Jezi nan fason li te preche bon nouvèl la ?

8 Ki aktivite ki te pi enpòtan nan lavi Jezi ? Men sa li te di Pons Pilat, gouvènè women an : ‘ Mwen vini nan monn nan pou m rann temwayaj pou laverite. ’ Jezi te preche tout kote li ka jwenn moun ki dispoze koute l e li te tèlman renmen ministè l, li te ba l priyorite sou bezwen fizik li te genyen (Jan 4:5-34 ; 18:37). Si, menm jan ak Jezi, nou chofe pou nou anonse bon nouvèl la, n ap jwenn anpil okazyon pou nou pataje l ak lòt moun. Anplis de sa, lefètke nou toujou okipe nan ministè a, sa ap ede nou rete fò espirityèlman. — Travay 18:5.

Boukliye, kas ak epe

9. Ki jan de pwoteksyon gwo boukliye a te bay sòlda women an ?

9 Gwo boukliye lafwa a. Mo grèk lè l tradui ki vle di “ gwo boukliye ” a reprezante yon boukliye ki ase long pou l kouvri pifò pati kò a. Li pwoteje l kont “ boulèt flanm ” yo pale nan Efezyen 6:16 la. Nan tan biblik, sòlda yo te sèvi ak yon zam ki rele da, ki fèt ak wozo ki gen mitan l vid, e li gen yon ti resipyan nan pwent li ki fèt an fè. Yo te konn ranpli resipyan sa a ak yon sibstans ki pran dife fasil ki rele naft. Dapre sa yon biblis ekri, da sa yo se te “ youn nan zam pi danjere yo te konn itilize nan lagè nan tan lontan ”. Si yon sòlda pa t gen yon gwo boukliye pou pwoteje l kont boulèt sa yo, gen risk pou l ta blese byen grav e li te ka menm mouri.

10, 11. a) Ki “ boulèt flanm ” Satan ap lanse ki ka detwi lafwa nou ? b) Ki jan egzanp Jezi montre enpòtans lafwa genyen nan moman eprèv ?

10 Ki “ boulèt flanm ” Satan lanse pou l detwi fwa nou ? Li ka fè nou jwenn pèsekisyon, oubyen nou ka jwenn opozisyon nan fanmi nou, nan travay nou oswa nan lekòl nou. Anvi pou posede pi plis bagay materyèl chak jou oubyen imoralite konn minen espirityalite kèk moun tou. Pou nou pwoteje nou kont danje sa yo, “ [nou dwe] sitou pran gwo boukliye lafwa a ”. N ap vin gen lafwa lè nou aprann konnen Jewova, lè nou kominike avèk li regilyèman nan lapriyè e lè nou disène jan li pwoteje nou, jan li beni nou. — Jozye 23:14 ; Lik 17:5 ; Women 10:17.

11 Lè Jezi te sou tè a, li te montre enpòtans pou nou gen yon fwa solid nan moman difisil. Desizyon Papa l pran, li te fè yo konfyans totalman, e li te pran plezi pou l akonpli volonte Papa l (Matye 26:42, 53, 54 ; Jan 6:38). Menm lè li te nan yon gwo angwas nan jaden Jetsemane a, li te di Papa l : “ Se pa jan m vle, men se jan w vle. ” ​(Matye 26:39). Jezi pa t janm bliye enpòtans pou l kenbe entegrite l e pou l fè Papa l kontan (Pwovèb 27:11). Si nou gen yon konfyans konsa nan Jewova, nou pap kite kritik oubyen opozisyon febli lafwa nou. Okontrè, si nou konte sou Bondye, si nou montre nou renmen l e si nou obsève kòmandman l yo, lafwa nou ap vin fòtifye (Sòm 19:7-11 ; 1 Jan 5:3). Okenn avantaj materyèl, okenn plezi chanèl ki la pou de jou, pa konparab ak benediksyon Jewova rezève pou moun ki renmen l yo. — Pwovèb 10:22.

12. Ki pati enpòtan nan kò nou kas senbolik nou an pwoteje e poukisa pwoteksyon sa a vital ?

12 Kas delivrans lan. Kas la pwoteje tèt yon sòlda ak sèvo l, kote tout entèlijans li chita. Esperans nou antanke kretyen konpare ak yon kas, paske li pwoteje espri nou (1 Tesalonisyen 5:8). Byenke nou renouvle entèlijans nou grasa konesans egzak sou Pawòl Bondye a, nou toujou rete moun fèb, moun enpafè. Espri nou ka vin kòwonp byen fasil. Objektif ki gen nan sistèm de choz sa a ka pran tèt nou, li ka menm vin ranplase esperans Bondye ban nou an (Women 7:18 ; 12:2). Dyab la t ap eseye detounen Jezi, men anven. Li te ofri l “ tout wayòm monn nan ak glwa yo genyen ”. (Matye 4:8.) Men, Jezi te rejte òf li a kategorikman. Anpalan de Jezi, men sa Pòl di : “ Poutèt jwa ki t ap tann li, li te andire yon poto soufrans, li te meprize lawont epi li te chita adwat twòn Bondye a. ” — Ebre 12:2.

13. Ki sa nou ka fè pou nou toujou gen konfyans nan esperans nou ?

13 Jan de konfyans Jezi te genyen an pa otomatik. Si nou ranpli espri nou ak rèv, ak objektif ki gen nan sistèm de choz sa a olye pou nou kenbe espri nou fikse sou esperans nou an, fwa nou nan pwomès Bondye yo ap febli. Avèk letan, nou ka menm pèdi esperans sa a nèt. Tandiske, si nou medite regilyèman sou pwomès Bondye fè yo, n ap kontinye rejwi nou nan esperans ki plase devan nou an. — Women 12:12.

14, 15. a) Ki sa epe senbolik nou an ye, e ki jan nou ka sèvi ak li ? b) Bay yon egzanp pou montre jan epe lespri a ka ede nou reziste devan tantasyon.

14 Epe lespri a. Pawòl Bondye a ki rapòte nan Bib la, wi, mesaj Bondye a, sanble ak yon epe ki file de bò ki ka demoli manti yo bay nan relijyon yo e ki ka ede moun ki dwat yo jwenn libète espirityèl (Jan 8:32 ; Ebre 4:12). Epe espirityèl sa a pèmèt nou defann nou lè tantasyon soti pou anvayi nou oubyen lè aposta ap fè manèv pou yo detwi fwa nou (2 Korentyen 10:4, 5). Nou vrèman kontan lefètke ‘ tout Ekriti se Bondye ki enspire li e li ekipe nou totalman pou tout zèv ki bon ’. — 2 Timote 3:16, 17.

15 Lè Satan te tante Jezi nan dezè a, Jezi te sèvi ak epe lespri a avèk efikasite pou l repouse fo rezònman ak tout tantasyon anba anba Satan t ap fè yo. Nan chak tantasyon Satan yo, li te reponn li : “ Men sa ki ekri. ” ​(Matye 4:1-11). Gen yon Temwen Jewova k ap viv ann Espay ki rele David, li menm tou li te konstate Ekriti yo te ede l konbat tantasyon. Lè li te gen 19 an, te gen yon bèl jèn fi ki t ap travay menm kote ak li nan yon antrepriz ki fè netwayaj. Ti dam nan te ofri l pou y al “ pase yon bon moman ansanm ”. David te rejte avans li an e li te mande sipèvizè l pou l voye l al travay yon lòt kote, yon fason pou jan de sitiyasyon konsa pa repete ankò. Men sa David esplike : “ Mwen te sonje egzanp Jozèf, li te rejte imoralite e li te kite kote a imedyatman. Mwen te fè menm jan ak li. ” — Jenèz 39:10-12.

16. Esplike poukisa nou bezwen antrènman pou nou “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”.

16 Jezi te sèvi ak epe lespri a tou pou l ede yon seri de moun chape anba pouvwa Satan. Li di : “ Sa m ap anseye a pa soti nan mwen, men li soti nan moun ki voye m nan. ” ​(Jan 7:16). Pou nou anseye avèk abilite menm jan ak Jezi, nou bezwen antrènman. Konsènan sòlda women yo, men sa yon istoryen juif ki rele Jozèf te ekri : “ Yo te konn fè chak sòlda fè egzèsis chak jou avèk anpil dilijans tankou yo te nan lagè. Se sa k fè yo te andire devan fatig konba yo byen fasil konsa. ” Nan lagè espirityèl n ap mennen an, nou bezwen sèvi ak Bib la. Mete sou sa, nou dwe ‘ fè tout posib nou pou nou prezante tèt nou antanke moun Bondye apwouve, antanke ouvriye ki pa gen anyen pou yo wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman ’. (2 Timote 2:15.) Ala bèl satisfaksyon nou genyen lè nou sèvi ak Ekriti yo pou nou reponn moun ki enterese ki poze nou kesyon ak tout senserite !

Priye nan tout okazyon

17, 18. a) Ki wòl lapriyè jwe pou nou rive reziste kont Satan ? b) Bay yon egzanp pou nou montre enpòtans lapriyè genyen.

17 Apre Pòl fin pale de ekipman espirityèl la okonplè, li te bay yon lòt konsèy ki gen tout enpòtans li. Pou kretyen yo rive reziste kont Satan, yo bezwen fè “ tout kalite priyè ak siplikasyon ”. E chak ki lè pou yo fè sa ? Pòl reponn : “ Priye nan tout okazyon, ann espri. ” ​(Efezyen 6:18). Lè nou devan tantasyon, devan eprèv, oubyen lè nou dekouraje, lapriyè ka fòtifye nou anpil (Matye 26:41). ‘ Se avèk gwo rèl, ak dlo nan je, Jezi te fè siplikasyon ak rekèt nan pye Sila a ki te ka sove l anba lanmò. E Bondye te reponn li, paske li te gen krent pou li ’. — Ebre 5:7.

18 Men sa Milagros ki t ap okipe mari l ki gen yon maladi kwonik depi plis pase 15 an di : “ Lè mwen te santi m dekouraje, mwen te priye Jewova. Pa gen okenn moun ki te ka ede m pi plis pase l. Se vre, gen kèk moman mwen konn santi m pa kapab ankò. Men, nan chak okazyon sa yo, yon fwa m fin priye Jewova, mwen santi m vin gen plis fòs, mwen vin reprann moral mwen. ”

19, 20. Ki sa nou bezwen pou nou ranpòte laviktwa nan konba n ap mennen kont Satan an ?

19 Dyab la konnen tan li rete a kout, e li ogmante efò l ap fè pou l venk nou (Revelasyon 12:12, 17). Nou dwe reziste devan ènmi pisan sa a e nou dwe “ konbat nan bèl konba lafwa a ”. (1 Timote 6:12.) Sa mande pou nou gen pisans ki depase sa ki nòmal la (2 Korentyen 4:7). Nou bezwen èd espri sen Bondye tou. Pou rezon sa a, nou dwe mande l li nan lapriyè. Jezi di : “ Si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la, moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l. ” — Lik 11:13.

20 Se yon bagay ki klè : li endispansab pou nou mete ekipman sòlda Jewova bay la okonplè. Pou nou abiye nou ak ekipman espirityèl sa a, sa mande pou nou devlope yon seri de kalite ki fè Bondye plezi, tankou lafwa ak lajistis. Sa mande pou nou renmen laverite tankou nou te mare tay nou ak li, pou nou tou prèt pou simaye bon nouvèl la nan tout okazyon, e pou nou kenbe esperans lan la nan espri nou. Nou dwe aprann manyen epe lespri a avèk abilite. Si nou mete ekipman sòlda Bondye bay la okonplè, nou ka ranpòte laviktwa nan konba n ap mennen kont fòs espirityèl mechan yo e nou ka rann glwa pou non Jewova, yon non ki sen. — Women 8:37-39.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Nan pwofesi Izayi a, yo dekri Jewova ki abiye ak “ jistis tankou yon kotdemay ”. Se sa k fè, li mande pou siveyan kongregasyon yo dirije avèk jistis e pou yo aji avèk dwati. — Izayi 59:14, 15, 17.

Ki repons nou ta bay ?

• Kiyès ki bay pi bon egzanp nan abiye avèk ekipman espirityèl la, e poukisa nou dwe reflechi sou egzanp li avèk atansyon ?

• Ki jan nou ka pwoteje espri nou ak kè senbolik nou ?

• Ki sa nou ka fè pou nou manyen epe lespri a avèk abilite ?

• Poukisa nou dwe priye nan tout okazyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Lè nou etidye Bib la avèk dilijans sa ka pouse nou preche bon nouvèl la nan tout okazyon.

[Foto nan paj 15]

Esperans sèten nou genyen an ede nou fè fas ak eprèv yo.

[Foto nan paj 16]

Èske w sèvi ak “ epe lespri a ” nan ministè w ?