Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ”

“ Se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ”

“ Se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ”

“ Nan lanmou fratènèl, se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt. ” — WOMEN 12:10.

1, 2. Ki relasyon ni yon misyonè nan epòk modèn nan ni apot Pòl te genyen avèk frè yo ?

PANDAN 43 an Don pase nan sèvis misyonè nan zòn Ekstrèm Oryan, tout moun te konnen l kòm yon moun ki gen afeksyon pou moun li t ap ede yo. Pandan li te ret kloure sou kabann li ap lite anba yon maladi ki te prèt pou pote l ale, gen kèk nan moun li te konn etidye Labib avèk yo ki te vwayaje plizyè milye kilomèt pou yo vin wè li. E yo di l “ Kamsahamnida, kamsahamnida ! ” Sa vle di nan lang koreyen, “ mèsi, mèsi ”. Afeksyon ki gen tandrès Don te konn montre te touche kè yo.

2 Egzanp Don nan se pa sèl egzanp konsa ki genyen. Nan premye syèk la, apot Pòl te eksprime yon afeksyon pwofon pou moun li t ap sèvi yo. Pòl te sakrifye tout li menm. Malgre se te yon moun ki te gen yon konviksyon fèm, men tou li te gen tandrès e li te gen afeksyon “ tankou lè yon manman ap pran swen pitit li yo li renmen ”. Men sa li te ekri kongregasyon Tesalonik : “ Nou gen yon afeksyon ki gen tandrès pou nou, nou te byen kontan non sèlman pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou ban nou pwòp nanm nou, paske nou te vin byenneme pou nou. ” ​(1 Tesalonisyen 2:7, 8). Pita, lè Pòl t ap di frè l yo ki te nan Efèz yo pa t ap wè l ankò, te gen “ kriye pami yo tout, e yo te vole nan kou Pòl epi yo anbrase l avèk tandrès ”. (Travay 20:25, 37.) Li klè, relasyon Pòl te gen avèk frè l yo te pi pwofon pase lè moun gen menm kwayans. Yo te gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt.

Lanmou epi afeksyon ki gen tandrès

3. Ki jan ekspresyon Bib la itilize pou afeksyon ak lanmou konekte ansanm ?

3 Nan Labib, afeksyon ki gen tandrès, kè sansib, konpasyon, yo tout byen makònen ak pi bèl kalite kretyen yo genyen an, anpalan de lanmou (1 Tesalonisyen 2:8 ; 2 Pyè 1:7). Menm jan ak divès aspè nan yon bèl dyaman, tout kalite sa yo ki soti nan Bondye yo byen ekilibre e yo mache ansanm pou yo bay bon rezilta. Yo pèmèt kretyen yo non sèlman vin pi pwòch youn ak lòt, men tou yo pèmèt yo vin pi pwòch Papa yo ki nan syèl la. Se pou rezon sa a, apot Pòl te rekòmande kwayan parèy li yo ‘ pou lanmou yo san ipokrizi. [...] Nan lanmou fratènèl, se pou yo gen afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ’ — Women 12:9, 10.

4. Ki sa ekspresyon “ afeksyon ki gen tandrès ” la siyifi ?

4 Mo grèk Bib la te itilize pou pale de “ afeksyon ki gen tandrès ” la gen de pati. Youn siyifi amitye e lòt la siyifi afeksyon natirèl. Gen yon biblis ki esplike sa sa vle di. Li di sa ki idantifye kretyen yo “ se yon atachman ki gen nan yon fanmi ini ki gen afeksyon, kote youn ap soutni lòt. ” Èske se konsa w santi w ak frè w ak sè w yo ? Kongregasyon an dwe gen yon anbyans ki chofe ak yon santiman zanmitay ladan l (Galat 6:10). Anrapò ak sa, men fason yon tradiksyon yo rele Bib la tradui Women 12:10 : “ Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k’ap viv ansanm. ” Wi, lanmou pami kretyen yo vle di plis pase yon senp obligasyon. “ Avèk yon afeksyon fratènèl san ipokrizi, ” se pou “ youn renmen lòt anpil nan kè a. ” — 1 Pyè 1:22.

“ Bondye aprann nou pou youn renmen lòt ”

5, 6. a) Ki jan Jewova sèvi ak kongrè entènasyonal yo pou l anseye pèp li afeksyon ? b) Ki jan chenn inyon ki genyen ant frè yo vin pi solid avèk letan ?

5 Menmsi nan monn nan “ lanmou pi gwo kantite a ” vin rafredi, Jewova anseye pèp li a nan epòk modèn nan “ pou youn renmen lòt ”. (Matye 24:12 ; 1 Tesalonisyen 4:9.) Kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo se bèl okazyon pou fòmasyon sa a. Nan kongrè sa yo, Temwen ki nan zòn kote kongrè yo ap fèt yo rankontre frè ki soti nan peyi ki byen lwen, e anpil ladan yo bay kay yo pou loje delege etranje yo. Nan yon kongrè ki pa fèt twò lontan, te gen kèk moun ki soti nan peyi kote moun yo pa eksprime santiman yo fasil. Men sa yon kretyen ki t ap ede yo nan lojman di : “ lè delege sa yo te fèk rive yo te trè jennen e yo te timid. Men, sis jou apre, lè pou yo te di orevwa, yo menm ansanm ak moun ki te ba yo lojman yo t ap anbrase youn lòt ak dlo nan je. Yo te rejwi yo nan yon anbyans lanmou yo pap janm bliye ” Lè nou montre ospitalite pou frè nou yo kèlkeswa kote yo soti, sa ap pi bon pou nou toule de, ni pou moun ki resevwa ospitalite a ni pou moun ki bay li a. — Women 12:13.

6 Se pa ti ankourajan eksperyans ki fèt nan kongrè sa yo ankourajan ! Men, apre yon sèten tan kretyen yo pase ap sèvi Jewova ansanm, relasyon yo vin pi sere. Lè nou konnen frè nou yo byen, nou kapab apresye yo plis. N ap apresye kalite atiran yo gen lakay yo tankou franchiz, onètete, fidelite, bonte, jenewozite, senpati, konpasyon, renmen rann sèvis san enterè (Sòm 15:3-5; Pwovèb 19:22). Mak, yon misyonè ki te sèvi ann Afrik de Lès te di : “ Lè nou travay kòtakòt avèk frè nou yo sa fòme yon chenn inyon ki pa kapab kase. ”

7. Ki sa nou dwe fè pou nou jwi afeksyon ant kretyen anndan kongregasyon an ?

7 Pou nou reyalize yon chenn inyon konsa nan kongregasyon an epi pou nou kenbe l, frè ak sè yo dwe pwòch youn ak lòt. Lè nou asiste reyinyon yo regilyèman nou ranfòse atachman nou genyen antanke frè ak sè. Lè nou la epi nou pran pa nan sa k ap fèt ni anvan, ni pandan, ni apre reyinyon, nou ankouraje youn lòt e nou pouse youn lòt pou yo ‘ gen lanmou e pou yo fè bèl aksyon ’. (Ebre 10:24, 25.) Men sa yon ansyen ki Ozetazini deklare : “ Se avèk tandrès m ap sonje lè m te timoun, fanmi m te toujou pami dènye moun ki kite Sal Wayòm nan. Nou te kontan rete otank posib ap fè konvèsasyon ki amikal e ki edifyan. ”

Èske nou bezwen “ elaji ” nou ?

8. a) Ki sa Pòl te vle di lè l te mande Korentyen yo pou yo “ elaji ” yo ? b) Ki sa nou kapab fè pou ankouraje afeksyon anndan kongregasyon an ?

8 Pou nou montre yon afeksyon konsa konplètman, nou kapab bezwen “ elaji ” kè nou. Men sa apot Pòl te ekri kongregasyon Korent : “ Kè nou elaji. Nou pa jennen anndan nou ”. Kòm repons, Pòl te ankouraje yo pou yo “ elaji ” yo (2 Korentyen 6:11-13). Èske ou menm tou ou pa kapab “ elaji ” afeksyon w ? Li pa nesesè pou w ap tann se lòt moun ki pou pran inisyativ. Nan lèt Pòl te ekri Women yo, li te makònen nesesite pou yo gen yon afeksyon ki gen tandrès ak rekòmandasyon sa a : “ Pran devan nan montre onè youn pou lòt. ” ​(Women 12:10). Pou w montre onè pou lòt moun, ou kapab pran inisyativ pou w pale avèk yo nan reyinyon. Ou kapab envite yo tou pou yo soti avèk ou nan predikasyon oswa pou yo vin prepare yon reyinyon avèk ou. Lè nou aji konsa, sa ap ede afeksyon ki gen tandrès la grandi.

9. Ki pa kèk moun fè pou yo kapab vin zanmi pi pwòch avèk kretyen parèy yo ? (Bay kèk egzanp nan kongregasyon an.)

9 Fanmi yo oswa chak moun nan kongregasyon an kapab “ elaji ” yo, lè yo vizite youn lòt. Petèt yo kapab manje yon ti manje byen senp ansanm e yo kapab patisipe ansanm nan aktivite ki agreyab (Lik 10:42; 14:12-14). Men sa Hakop ki konn òganize piknik pafwa ak ti gwoup moun deklare : “ Nou jwenn moun tout laj, e menm paran k ap leve pitit pou kont yo. Chak moun retounen lakay yo ak kè kontan e yo santi yo pi pwòch youn ak lòt. ” Antanke kretyen nou dwe fè tout efò nou pou nou pa sèlman konpayon kwayan, men tou pou nou vrè zanmi. — 3 Jan 14.

10. Ki sa nou kapab fè lè nou gen pwoblèm avèk yon frè oswa yon sè ?

10 Sepandan, pafwa enpèfeksyon konn reprezante yon obstak pou relasyon zanmitay ak afeksyon. Ki sa nou kapab fè ? Premyèman, nou kapab priye pou nou gen bon relasyon avèk frè nou yo. Bondye ap reponn yon priyè sensè konsa, piske se volonte l pou sèvitè l yo viv byen youn ak lòt (1 Jan 4:20, 21 ; 5:14, 15). Nou dwe aji tou ann amoni avèk priyè nou yo. Ric, yon siveyan itineran ann Afrik de Lès, sonje yon frè ki te gen yon karaktè tchak, sa ki te fè l difisil pou moun fè zanmi avè l. Ric di : “ Pase pou m te evite frè a, mwen te pran rezolisyon pou mwen kapab konnen l pi byen. ” Men sa Ric esplike : “ Se twouve papa frè a se te yon moun ki te sevè nan bay disiplin. Yon fwa mwen fin konprann ki efò frè a ap fè pou l venk tanperaman sa a epi ki jan li gentan pwogrese, mwen te vin gen admirasyon pou li. Nou te vin bon zanmi. ” — 1 Pyè 4:8.

Ouvri kè w !

11. a) Ki sa k dwe fèt yon fason pou afeksyon grandi nan kongregasyon an ? b) Poukisa kenbe distans avèk lòt moun kapab fè ditò espirityèlman ?

11 Jodi a, gen anpil moun k ap viv san yo pa janm devlope yon bon relasyon zanmitay ak pèsonn. Ala tris ! Yon sitiyasyon konsa pa dwe devlope anndan kongregasyon an. Li pa ta dwe egziste menm. Vrè lanmou fratènèl la se pa yon senp konvèsasyon avèk politès ak bòn mànyè. Se pa non plis demontre santiman yon fason egzajere. Okontrè, nou ta dwe prèt pou ouvri kè nou, jan Pòl te fè ak Korentyen yo e nou dwe montre kwayan parèy nou yo nou vrèman pran enterè yo an konsiderasyon. Se vre, se pa tout moun natirèlman ki ouvè oswa ki renmen pale, men tou twò rezève kapab kreye pwoblèm. Men avètisman Labib bay : “ Moun k ap izole tèt li ap chèche pwòp dezi egoyis li, l ap soulve kont tout sajès pratik. ” — Pwovèb 18:1.

12. Poukisa bon kominikasyon se bagay ki esansyèl pou bonjan relasyon nan kongregasyon an ?

12 Yon kominikasyon onèt se sa ki fondamantal pou yon vrè amitye (Jan 15:15). Nou tout bezwen yon zanmi pou nou konfye panse ak santiman nou genyen ki pi entim. Anplis de sa, plis nou konnen youn lòt, l ap pi fasil pou youn satisfè bezwen lòt. Lè nou pran enterè youn lòt an konsiderasyon, nou ede kongregasyon an pwogrese nan afeksyon ki gen tandrès la. Sa ap fè nou konprann verite ki nan pawòl Jezi yo ki di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” — Travay 20:35 ; Filipyen 2:1-4.

13. Ki sa nou kapab fè pou montre nou gen vrè afeksyon pou frè nou yo ?

13 Pou moun pi byen benefisye afeksyon nou an nou bezwen eksprime l (Pwovèb 27:5). Lè afeksyon nou an reyèl, sa ka parèt sou vizaj nou e sa kapab pouse kè lòt moun reyaji. Gen yon pwovèb biblik ki di : “ Je ki eklatan fè kè a kontan. ” ​(Pwovèb 15:30). Yon seri aksyon ki byen reflechi ap bay afeksyon ki gen tandrès la jarèt. Se vre pa gen moun ki kapab achte yon vrè afeksyon, men, bay yon ti kado ki soti nan kè a kapab trè apwopriye. Yon kat, yon lèt e “ yon pawòl moun di nan moman ki apwopriye ”, tout sa kapab eksprime yon afeksyon ki pwofon (Pwovèb 25:11 ; 27:9). Yon fwa nou fin fè zanmi ak yon lòt moun, nou dwe kenbe amitye a nan kontinye montre afeksyon ki pa egoyis. Patikilyèman nan moman ki gen nesesite yo, nou dwe la pou soutni zanmi nou yo. Labib di : “ Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ”— Pwovèb 17:17.

14. Ki sa nou kapab fè si yon moun sanble pa reyaji devan afeksyon nou an ?

14 Lojikman, nou pa kapab atann pou nou pwòch tout moun nan kongregasyon an. Natirèlman, gen kèk moun nan kongregasyon an n ap santi nou pi pwòch yo pase lòt. Konsa, si yon moun sanble li pa pwòch ou jan w ta renmen an, pa kouri di li gen yon pwoblèm avè w oswa ou gen yon bagay ak moun sa a. Epitou pa eseye fòse moun sa a pou l vin zanmi pwòch ou. Si ou senpleman demontre amitye w pou moun sa a nan mezi li pèmèt la, w ap kite pòt la ouvè pou yon relasyon ki pi sere alavni.

“ Mwen apwouve w ”

15. Ki efè felisitasyon genyen sou lòt moun lè ou fè l e ki efè sa genyen lè w manke fè l ?

15 Se pa ti kontan Jezi dwe te kontan nan moman batèm li lè l tande pawòl ki sot nan syèl la ki di : “ Mwen apwouve w ! ” ​(Mak 1:11). Pawòl apwobasyon sa a dwe te ranfòse konviksyon Jezi pou fè l konnen Papa l te gen afeksyon pou li (Jan 5:20). Se tris, gen moun ki pa janm tande yon moun yo respekte epi yo renmen di yo yon ti pawòl konsa. Tande remak Àn fè. Li di : “ Gen anpil jèn tankou mwen ki pa gen moun nan fanmi yo ki gen menm kwayans ak yo. Lakay se kritik sèlman nou tande. Sa fè nou tris anpil. ” Sepandan, lè yo vin fè pati kongregasyon an, yo santi sipò ak tandrès fanmi espirityèl la ki gen ladan l manman ak papa, frè ak sè nan lafwa. — Mak 10:29, 30 ; Galat 6:10.

16. Poukisa li pa bon pou nou gen yon atitid kritik anvè lòt moun ?

16 Nan sèten kilti, li ra pou paran, granmoun oswa pwofesè eksprime apwobasyon sensè pou moun ki pi jèn. Paske yo panse elòj la ap fè jèn yo vin ògeye, y a pran tèt yo pou yon pakèt afè. Yon ide konsa kapab menm afekte fanmi kretyen yo ak kongregasyon an. Yon granmoun kapab ap fè kòmantè sou yon diskou oswa sou yon lòt bagay yon jèn te fè epi li di l : “ Se te byen, men ou ka fè plis ! ” Oswa li fè yon lòt fason pou l ka fè jèn nan konprann sa l pa renmen. Konsa, anpil moun panse se motive y ap motive jèn yo pou fè yo fè tout sa yo kapab. Men, byen souvan metòd sa a pwodui yon efè negatif, piske jèn yo kapab lage tout bagay oswa yo kapab santi yo pa anmezi pou yo atenn limit sa a.

17. Poukisa nou dwe chèche okazyon pou nou felisite lòt moun ?

17 Sepandan, felisitasyon se pa yon bagay nou dwe bay senpleman lè nou pral bay konsèy. Yon felisitasyon ki sensè ankouraje afeksyon ki gen tandrès ni anndan fanmi ni nan kongregasyon an. Sa ap ankouraje jèn yo chèche konsèy nan men frè ak sè ki gen eksperyans yo. Se sa k fè olye pou nou kite koutim di nou fason pou nou trete lòt moun, annou “ abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè. ” Bay felisitasyon menm jan Jewova fè sa. — Efezyen 4:24.

18. a) Jèn, ki jan ou dwe konsidere konsèy granmoun ? b) Poukisa granmoun yo pran prekosyon sou fason y ap bay konsèy ?

18 Yon lòt bò, jèn, pa di si granmoun yo korije w oswa yo ba w konsèy sa siyifi yo pa renmen w (Eklezyas 7:9). Byen okontrè ! Se kapab enterè ak pwofon afeksyon yo genyen pou ou ki pouse yo fè sa. Sinon, poukisa pou yo t ap bay tèt yo pwoblèm pou yo pale de yon bagay konsa avè w ? Kòm granmoun yo, an patikilye ansyen nan kongregasyon an, konnen ki enfliyans pawòl kapab genyen, souvan yo pran anpil tan pou yo reflechi e pou yo lapriyè anvan y al bay konsèy. Paske se sèlman sa k byen yo vle fè. — 1 Pyè 5:5.

“ Jewova gen afeksyon ki gen anpil tandrès ”

19. Poukisa moun ki sibi desepsyon yo kapab konte sou Jewova pou yo jwenn sipò ?

19 Apre kèk moun fin fè move eksperyans nan montre afeksyon, yo kapab gen santiman kesyon montre afeksyon ki gen tandrès la kapab sèlman pote plis desepsyon. Sa mande kouraj ak yon fwa solid pou yo ouvri kè yo ankò bay lòt moun. Men, yo pa dwe janm bliye, Jewova “ pa lwen okenn nan nou ”. Li envite nou pou nou pwoche bò kote li (Travay 17:27 ; Jak 4:8). Men tou, li konprann krent nou genyen pou nou pa sibi domaj, e li pwomèt l ap soutni nou e l ap ede nou. Men asirans salmis David ban nou : “ Jewova toupre moun ki kraze nan kè yo. E li sove moun ki kraze nan lespri yo. ” — Sòm 34:18.

20, 21. a) Ki jan nou fè konnen nou kapab gen yon relasyon sere kole ak Jewova ? b) Ki sa Jewova mande pou moun kapab gen entimite avè l ?

20 Yon relasyon entim avèk Jewova se relasyon ki pi enpòtan nou kapab devlope. Men, èske reyèlman yon relasyon konsa posib ? Wi. Bib la pale de gason fidèl ak fanm fidèl ki te santi yo trè pwòch Papa nou ki nan syèl la. Yo konsève bèl pawòl moun sa yo te eksprime yo pou ban nou konfyans nou menm tou nou kapab pwoche bò kote Jewova. — Sòm 23, 34, 139 ; Jan 16:27 ; Women 15:4.

21 Sa Jewova mande pou nou gen entimite avèk li se bagay tout moun ka rive fè. David te mande : “ O Jewova, kiyès k ap yon envite nan tant ou a ? Li kontinye pou l di : “ Se moun ki mache san defo, ki pratike lajistis e ki pale laverite nan kè l. ” ​(Sòm 15:1, 2 ; 25:14). Jan nou wè sa, sèvi Bondye pwodui bon fwi e sa fè nou jwenn direksyon l ak pwoteksyon l. N ap rive konnen “ Jewova gen anpil afeksyon ki gen tandrès. ” — Jak 5:11.

22. Ki kalite relasyon Jewova vle pèp li a genyen ?

22 Ala benediksyon nou jwenn lefètke Jewova vle gen relasyon pèsonèl avèk lèzòm enpafè ! Donk, èske nou menm nou pa ta dwe montre afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ? Avèk èd Jewova, nou chak nou kapab bay e nou kapab resevwa afeksyon ki gen tandrès la. Sa se mak fabrik fratènite nou genyen an antanke kretyen. Anba Wayòm Bondye a, chak moun sou tè a pral benefisye afeksyon sa a pou toutan.

Èske nou ka esplike ?

• Ki kalite anbyans ki dwe genyen nan kongregasyon an ?

• Ki jan nou chak kapab travay pou gen afeksyon ki gen tandrès nan kongregasyon an ?

• Ki jan felisitasyon ki sensè ankouraje nou gen afeksyon ant kretyen ?

• Ki jan afeksyon ki gen tandrès Jewova genyen an sipòte nou epi soutni nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Nan mitan kretyen yo lanmou plis pase yon obligasyon.

[Foto nan paj 30]

Èske w kapab “ elaji ” afeksyon w ?

[Foto nan paj 31]

Èske w se yon moun ki kritik oswa ankourajan ?