Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Lè Jezi te anseye disip li yo pou yo ‘ prete san enterè, san yo pa espere anyen anretou ’, èske sa te vle di pou yo pa menm mande remèt yo manman lajan an ?

N ap pi byen konprann pawòl Jezi ki rapòte nan Lik 6:35 lan lè nou al gade sa k te di nan Lwa Moyiz la. Sou Lalwa, Bondye te mande Izrayelit yo pou yo prete Izrayelit parèy yo ki pa t gen lajan e ki te nan bezwen, san yo pa gen enterè pou yo peye (Egzòd 22:25 ; Levitik 25:35-37 ; Matye 5:42). Prè sa yo pa t fèt nan objektif komèsyal oswa nan objektif pou fè biznis. Okontrè, prè san enterè sa yo se te yon fason pou soulaje moun ki nan povrete, moun ki nan mizè. Anfèt, se pa t ap fè prèv lanmou ditou pou nou ta fè pwofi sou yon pwochen ki gen pwoblèm ekonomik. Sepandan, yon moun k ap prete moun gen tout dwa l pou l mande yo ranbouse l manman lajan an. Pafwa moun sa a konn mande yon garanti. — Detewonòm 15:7, 8.

Toutpandan Jezi t ap soutni Lalwa, li te fè yon aplikasyon pi laj. Li te di, yon moun k ap bay èd pa dwe espere “ anyen anretou ”. Menm jan ak Izrayelit yo, pafwa kretyen yo konn gen pwoblèm ekonomik oswa lòt sitiyasyon ki kapab lage yo nan povrete. Si yon frè ki nan yon sitiyasyon deplorab konsa ap chèche èd, èske sa pa ta bon pou nou ede l ? An reyalite, vrè lanmou an dwe pouse yon kretyen pou l anvi ede yon frè ki gen gwo pwoblèm ekonomik san se pa frè a ki met tèt li ladan l (Pwovèb 3:27). Nou kapab fè yon frè ki nan nesesite yon kado menmsi kantite nou ba li a pi piti pase sa nou te ka prete l. — Sòm 37:21.

Nan premye syèk nan epòk nou an, kretyen Azi Minè yo te bay Pòl ak Banabas pote don pou frè yo an Jide ki te nan grangou (Travay 11:28-30). Menm jan an tou jodi a, lè gen katastwòf ki frape, byen souvan kretyen yo voye don pou frè yo ki nan nesesite. Lè yo fè sa, yo tou bay lòt moun yon bon temwayaj (Matye 5:16). Natirèlman, nou dwe egzamine atitid ak sitiyasyon moun k ap chèche èd la. Poukisa li nan nesesite ? Pawòl Pòl yo trèzenpòtan. Men sa l di : “ Si yon moun pa vle travay, li pa fèt pou l manje tou. ” — 2 Tesalonisyen 3:10.

Si yon frè mande prete non pa paske l nan gwo nesesite men pou l rekanpe sou de pye l apre kèk pwoblèm ekonomik li te genyen, li ta ka pi bon pou w prete l san enterè. Nan ka konsa, prete yon moun avèk objektif pou l remèt tout sa l prete a pa kontrè ak pawòl Jezi te di nan Lik 6:35 lan. Dwe gen yon kontra ekri ki fèt. E moun ki prete a dwe fè tout efò l pou l bay ranbousman an jan sa planifye nan akò a. Sètènman, lanmou moun ki prete a genyen antanke kretyen dwe pouse l remèt sa l prete a menm jan lanmou te pouse mèt lajan an pou l prete moun nan.

Moun k ap prete yon moun (oswa k ap fè yon don) ta dwe egzamine sitiyasyon pwòp fanmi pa l. Pa egzanp, èske si li fè sa li pap riske pa ka pran swen manm fanmi l ki se yon priyorite selon Labib (2 Korentyen 8:12 ; 1 Timote 5:8) ? Kanmenm kretyen yo dwe chèche okazyon pou yo montre lanmou youn pou lòt. Yo dwe montre lanmou sa a yon fason ki pratik ann amoni ak prensip biblik yo. — Jak 1:27 ; 1 Jan 3:18 ; 4:7-11.