Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ere malgre pèsekisyon

Nou ere malgre pèsekisyon

Nou ere malgre pèsekisyon

“ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. ” — MATYE 5:11.

1. Ki asirans Jezi te bay disip li yo konsènan kè kontan ak pèsekisyon ?

PREMYE fwa Jezi te voye apot li yo preche Wayòm nan, li te fè yo konnen yo t apral rankontre opozisyon. Li te di yo konsa : “ Tout moun pral rayi nou akoz non mwen. ” ​(Matye 10:5-18, 22). Sepandan, anvan sa, nan Sèmon sou montay la, li te bay apot li yo ansanm ak lòt moun ankò asirans opozisyon konsa pa t ap oblije kraze jwa yo santi nan fon kè yo a. An reyalite, Jezi te menm etabli yon rapò ant lajwa ak pèsekisyon yon moun sibi antanke kretyen. Men, nan ki sans pèsekisyon fè moun jwenn kè kontan ?

Nou soufri pou lajistis

2. Selon Jezi ak apot Pyè, ki kalite soufrans ki bay kè kontan ?

2 Kòm uityèm rezon Jezi te site ki ka fè yon moun viv ak kè kontan, li te di : “ Byennere moun yo pèsekite pou lajistis, piske wayòm syèl la se pou yo. ” ​(Matye 5:10). Soufrans an li menm pa gen okenn merit ladan l. Gade sa apot Pyè te ekri : “ Ki merit ki gen nan sa, si lè nou fè peche epi yo frape nou, nou sipòte ? Men si, lè nou fè byen epi nou soufri, nou sipòte, sa a se yon bagay ki agreyab nan je Bondye. ” Apre sa li di : “ Sepandan, pinga pyès nan nou soufri kòm asasen, oswa kòm vòlè, oswa kòm malfektè, oswa kòm moun k ap foure bouch li nan zafè lòt moun. Men, si l soufri antanke kretyen, li pa bezwen wont, men se pou l kontinye glorifye Bondye nan non sa a. ” ​(1 Pyè 2:20 ; 4:15, 16). Selon Jezi, soufrans bay kè kontan lè nou andire pou lajistis.

3. a) Ki sa sa vle di lè yon moun sibi pèsekisyon pou lajistis ? b) Ki efè pèsekisyon te genyen sou premye kretyen yo ?

3 Yon moun pratike vrè jistis la lè l konfòme l ak volonte Bondye e lè l obeyi kòmandman l yo. Se sa k fè, yon moun soufri pou lajistis lè l soufri poutèt li reziste devan presyon li jwenn pou l ta vyole prensip Bondye yo oubyen pou l pa fè sa Bondye mande pou moun fè yo. Apot yo te jwenn pèsekisyon nan men chèf juif yo poutèt yo te refize sispann preche nan non Jezi (Travay 4:18-20 ; 5:27-29, 40). Èske sa te kraze jwa yo oswa èske sa te frennen yo pou yo pa patisipe nan predikasyon ? Okontrè ! “ Yo te soti devan Sanedren an, yo t ap rejwi dèske yo te jije yo diy pou yo avili yo poutèt non li. E chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi. ” ​(Travay 5:41, 42). Pèsekisyon yo te sibi a te pote jwa pou yo e sa te fè yo vin gen plis zèl toujou pou yo patisipe nan predikasyon. Annapre, premye kretyen yo te jwenn pèsekisyon nan men Women yo paske yo te refize adore anperè a.

4. Site kèk rezon ki fè kretyen yo jwenn pèsekisyon.

4 Nan epòk pa nou an, Temwen Jewova yo jwenn pèsekisyon poutèt yo refize sispann preche ‘ bon nouvèl wayòm nan ’. (Matye 24:14.) Lè yo entèdi yo fè reyinyon, yo dakò pou yo soufri olye pou yo sispann reyini ansanm jan Bib la òdone yo pou yo fè sa (Ebre 10:24, 25). Yo jwenn pèsekisyon poutèt yo net antanke kretyen e poutèt yo refize mal itilize san (Jan 17:14 ; Travay 15:28, 29). Toutfwa, pozisyon sa a sèvitè Jewova yo jodi a pran pou jistis la fè yo gen lapè ak yon kè kontan ki pwofon. — 1 Pyè 3:14.

Nou sibi move tretman poutèt Kris

5. Pou ki rezon prensipal sèvitè Jewova yo jwenn pèsekisyon jodi a ?

5 Nevyèm rezon Jezi site nan Sèmon sou montay la ki bay kè kontan gen rapò li menm tou ak kesyon pèsekisyon an. Men sa Jezi di : “ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. ” ​(Matye 5:11). Prensipal rezon ki fè sèvitè Jewova yo jwenn pèsekisyon se paske yo pa fè pati sistèm de choz mechan ki la kounye a. Jezi di disip li yo : “ Si nou te fè pati monn nan, monn nan ta atache ak sa ki pou li. Kounye a, paske nou pa fè pati monn nan, men mwen chwazi nou nan mitan monn nan, se sa ki fè monn nan rayi nou. ” ​(Jan 15:19). Nan menm sans lan, apot Pyè deklare : “ Paske nou pa kontinye kouri avèk yo nan kous sa a, ki mennen nan menm twou labou debòch la, sa twouble yo e yo pa sispann pale nou mal. ” — 1 Pyè 4:4.

6. a) Poukisa rès kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo sibi move tretman ak pèsekisyon ? b) Èske move tretman sa yo diminye jwa nou ?

6 Nou sot wè premye kretyen yo te jwenn pèsekisyon paske yo pa t dakò pou yo sispann preche nan non Jezi. Men ki misyon Kris te konfye disip li yo : “ Nou pral sèvi m temwen [...] jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” ​(Travay 1:8). Rès kretyen wen fidèl yo, anpalan de frè Kris yo, ansanm ak konpayon yo, manm fidèl “ gwo foul ” la, akonpli misyon sa a avèk zèl (Revelasyon 7:9). Se sa k fè, Satan ap “ fè lagè ak rès semans [‘ fi a ’, pati selès òganizasyon Bondye a], k ap obsève kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj konsènan Jezi ”. (Revelasyon 12:9, 17.) Antanke Temwen Jewova, nou rann temwayaj konsènan Jezi, Wa ki o pouvwa nan Wayòm nan, Wayòm ki pral detwi gouvènman lèzòm yo, ki opoze ak monn nouvo jis Bondye pwomèt la (Danyèl 2:44 ; 2 Pyè 3:13). Pou sa, nou sibi move tretman e nou jwenn pèsekisyon, men nou kontan soufri poutèt non Kris. — 1 Pyè 4:14.

7, 8. Ki manti opozan te fè sou do premye kretyen yo ?

7 Jezi te di disip li yo yo ta fèt pou yo konsidere sa kòm yon jwa menm lè moun ‘ di tout kalite move bagay sou yo, bagay ki pa vre ’, poutèt li (Matye 5:11). Se sa k te rive premye kretyen yo. Lè apot Pòl te nan prizon nan vil Wòm, ant 59 e 61 nan epòk nou an, chèf relijye juif yo di, anpalan de kretyen yo : “ Vrèman, pou sa ki gen rapò ak sèk sa a, nou konnen se tout kote y ap pale l mal. ” ​(Travay 28:22). Yo te akize Pòl ak Silas kòmkwa yo t ap “ boulvèse latè abite ”, kòmkwa yo t ap aji “ ann opozisyon ak dekrè Seza ”. — Travay 17:6, 7.

8 Se de kretyen ki t ap viv sou Anpi women an Kenneth Latourette, yon istoryen, t ap pale lè l ekri pawòl sa yo : “ Yo te gen tout kalite akizasyon sou do yo. Piske kretyen yo te refize patisipe nan seremoni payen yo te konn fè, yo ba yo etikèt ate. Poutèt, an jeneral, yo pa t pran pa nan anpil aktivite ki te gen nan kominote a, sa vle di nan fèt payen, nan divètisman ki te konn fèt pou piblik la, [...] yo te konn trete yo avèk mepri kòm moun ki pa vle wè moun parèy yo [...]. Gen moun ki te konn di gason ak fi te konn pran randevou leswa [...] pou yo fè sèks youn ak lòt. [...] Piske se sèlman an prezans kwayan yo te konn selebre [Memoryal lanmò Kris], sa te fè anpil moun ap mache di kretyen yo konn sakrifye timoun pou yo bwè san yo e pou yo manje chè yo. ” Anplis de sa, piske premye kretyen yo te refize adore anperè a, yo te akize yo kòm ènmi Leta.

9. Ki jan kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te reyaji devan fo akizasyon moun te konn fè kont yo, e ki jan sa ye jodi a ?

9 Fo akizasyon sa yo pa t anpeche premye kretyen yo ranpli misyon yo pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan. Nan ane 60-61 epòk nou an, Pòl te anmezi pou l pale de “ bon nouvèl la ”, ki ‘ pote fwi e ki ogmante nan lemonnantye ’, yon bon nouvèl yo te rive “ preche nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. (Kolosyen 1:5, 6, 23.) Se menm bagay la jodi a. Menm jan ak kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, Temwen Jewova yo gen fo akizasyon sou do yo. Toutfwa, jodi a tou, travay predikasyon mesaj Wayòm nan rive pwospere e li pote anpil jwa pou moun ki patisipe ladan l.

Nou kontan jwenn pèsekisyon menm jan ak pwofèt yo

10, 11. a) Ki sa Jezi te di nan fen nevyèm rezon ki fè yon moun gen kè kontan an ? b) Poukisa yo te pèsekite pwofèt yo ? Bay kèk egzanp.

10 Men sa Jezi di nan fen nevyèm rezon ki fè yon moun gen kè kontan an : “ Nou mèt rejwi, [...] paske se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo. ” ​(Matye 5:12). Lè Jewova te konn voye pwofèt pou avèti Izrayelit enfidèl yo, yo pa t konn byen akeyi pwofèt sa yo e souvan yo te pèsekite yo (Jeremi 7:25, 26). Apot Pòl konfime sa, li di : “ E ki sa pou m di ankò ? Paske m pa t ap gen tan pou m kontinye pale de [...] lòt pwofèt yo, yo menm ki, grasa lafwa, [...] te resevwa eprèv pa yo nan mokri yo te sibi ak kout fwèt yo te pran, e yo te menm resevwa plis pase sa : yo te nan chenn e yo te nan prizon. ” — Ebre 11:32-38.

11 Diran rèy wa Ahab, yon wa mechan, ak madanm li, Jezabèl, gen anpil pwofèt Jewova ki te pèdi lavi yo anba kout epe (1 Wa 18:4, 13 ; 19:10). Yo te mete pwofèt Jeremi nan sèp e, apre sa, yo te lage l nan yon sitèn ki te plen labou (Jeremi 20:1, 2 ; 38:6). Yo te lage pwofèt Danyèl nan yon fòs ki chaje lyon (Danyèl 6:16, 17). Tout pwofèt sa yo te jwenn pèsekisyon poutèt yo te defann adorasyon pwòp Jewova a. Anpil pwofèt te jwenn pèsekisyon nan men chèf relijye juif yo. Se sa k fè, Jezi te rele eskrib yo ak Farizyen yo “ pitit moun ki te asasinen pwofèt yo ”. — Matye 23:31.

12. Poukisa antanke Temwen Jewova nou santi se yon privilèj pou yo pèsekite nou menm jan ak pwofèt ki t ap viv nan tan lontan yo ?

12 Jodi a, antanke Temwen Jewova, nou jwenn pèsekisyon souvan poutèt nou zele nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. Moun ki pa vle wè nou yo akize nou kòmkwa se fòse n ap fòse moun konvèti, men nou konnen moun ki te konn adore Jewova anvan nou te fè fas ak menm kalite kritik sa yo (Jeremi 11:21 ; 20:8, 11). Nou santi se yon privilèj pou nou soufri pou menm rezon ak pwofèt ki t ap viv nan tan lontan yo. Men sa disip Jak te ekri : “ Kanta pou sipòte sa ki mal ak egzèse pasyans, frè m yo, pran pwofèt ki te pale nan non Jewova yo kòm egzanp. Gade ! Nou deklare byennere moun ki andire. ” — Jak 5:10, 11.

Kèk gwo rezon pou nou gen kè kontan

13. a) Poukisa nou pa kite pèsekisyon dekouraje nou ? b) Ki sa ki pèmèt nou kenbe fèm, e ki sa sa pwouve ?

13 Olye nou kite pèsekisyon dekouraje nou, nou jwenn konsolasyon lè nou sonje se tras lòt sèvitè Bondye n ap suiv, tankou pwofèt yo, premye kretyen yo ansanm ak Jezi Kris (1 Pyè 2:21). Nou jwenn yon kokenn satisfaksyon nan Pawòl Bondye a, tankou pawòl sa yo apot Pyè te ekri : “ Byenneme, nou pa bezwen toumante poutèt gwo eprèv sa yo k ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife, kòmkwa se yon bagay estrawòdinè k ap rive nou la a. Si yo fè nou sibi move tretman pou non Kris, nou mèt kontan, paske lespri glwa a, wi lespri Bondye, poze sou nou. ” ​(1 Pyè 4:12, 14). Pa eksperyans, nou konnen sèl bagay ki fè nou kapab kenbe fèm anba pèsekisyon se paske lespri Jewova poze sou nou e li fòtifye nou. Soutyen nou jwenn grasa lespri sen an se yon prèv ki montre nou gen benediksyon Jewova, yon bagay ki fè kè nou kontan anpil. — Sòm 5:12 ; Filipyen 1:27-29.

14. Ki rezon nou genyen pou nou rejwi lè nou jwenn pèsekisyon pou lajistis ?

14 Yon lòt rezon ki fè lè nou andire opozisyon ak pèsekisyon pou lajistis sa fè nou gen kè kontan, se paske sa pwouve n ap viv antanke vrè kretyen ki gen atachman pou Bondye. Men sa apot Pòl ekri : “ Tout moun ki vle viv nan atachman pou Bondye ann amoni ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. ” ​(2 Timote 3:12). Se pa ti kontan nou kontan konnen lè nou kenbe entegrite nou fèm anba eprèv, sa bay yon repons anplis devan akizasyon Satan lanse lè l fè kwè tout kreyati k ap sèvi Jewova yo, se enterè yo y ap defann (Jòb 1:9-11 ; 2:3, 4). Nou kontan gen posiblite kontribye, menmsi se toupiti, pou jistifye souvrènte jis Jewova a. — Pwovèb 27:11.

Vole anlè ak kè kontan : rekonpans lan la

15, 16. a) Ki rezon Jezi te bay pou nou ‘ rejwi e pou nou vole anlè ak kè kontan ’ ? b) Ki rekonpans ki sere nan syèl la pou kretyen wen yo, e ki jan konpayon yo, “ lòt mouton yo ”, ap rekonpanse yo menm tou ?

15 Jezi mansyone yon lòt rezon ankò ki fè nou fèt pou nou gen kè kontan lè y ap pale nou mal, lè y ap pèsekite nou menm jan ak pwofèt nan tan lontan yo. Nan fen nevyèm rezon an, li di : “ Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. ” ​(Matye 5:12). Apot Pòl ekri : “ Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay se lavi etènèl pa mwayen Kris Jezi, Seyè nou an. ” ​(Women 6:23). Wi, ‘ rekonpans ki gran an ’ se lavi, e se pa yon salè nou merite. Se yon don li ye, yon bagay ki gratis. Si Jezi te di se “ nan syèl ” rekonpans lan ye, se paske se nan Jewova li soti.

16 Kretyen wen yo resevwa “ kouwòn lavi a ”, sa vle di, nan ka pa yo, lavi imòtèl nan syèl la ansanm ak Kris (Jak 1:12, 17). Moun ki gen esperans terès yo, “ lòt mouton yo ”, ap tann pou yo resevwa lavi etènèl nan paradi ki pral gen sou tè a (Jan 10:16 ; Revelasyon 21:3-5). Pou toule de klas moun sa yo, “ rekonpans ” yo jwenn nan se pa yon bagay yo merite. Ni kretyen wen yo ni “ lòt mouton yo ” resevwa rekonpans yo grasa ‘ favè estrawòdinè Jewova, favè nou pa merite a ’, favè ki te pouse apot Pòl di : “ Se pou nou remèsye Bondye pou kado gratis li a, kado nou pa ka dekri a. ” — 2 Korentyen 9:14, 15.

17. Poukisa lè nou jwenn pèsekisyon nou mèt ere, nou mèt “ vole anlè ak kè kontan ” ?

17 Yon ti tan anvan anperè Newon te kòmanse pèsekite kèk nan kretyen yo avèk anpil mechanste, men sa apot Pòl te di yo : “ Annou rejwi lè nou nan tribilasyon, piske nou konnen tribilasyon bay andirans, andirans, bò kote pa l, fè yon moun vin nan yon sitiyasyon kote yo apwouve l, e sitiyasyon sa a, bò kote pa l, bay esperans, e esperans pap mennen nan desepsyon. ” Li te di tou : “ Rejwi nan esperans lan. Andire anba tribilasyon. ” ​(Women 5:3-5 ; 12:12). Kit esperans nou se esperans selès, kit se terès, rekonpans nou pral jwenn dèske nou fidèl anba eprèv ap pi gran lontan pase sa nou merite an reyalite. Jwa nou genyen anrapò ak pèspektiv ki devan nou pou nou viv nètale, pou nou sèvi Jewova, Papa cheri nou an, e pou nou ba l louwanj, anba direksyon Jezi Kris, Wa nou an, se yon jwa ki san limit. Se vre, nan yon sans figire, nou “ vole anlè ak kè kontan ”.

18. Ki sa nou ka atann nasyon yo pral fè pandan lafen an ap apwoche, e ki sa Jewova pral fè ?

18 Nan anpil peyi, Temwen Jewova yo jwenn pèsekisyon, e jiska prezan bagay yo pa chanje. Men ki avètisman Jezi te bay vrè kretyen yo nan pwofesi li te bay sou fen sistèm de choz la : “ Tout nasyon ap rayi [nou] akoz non mwen. ” ​(Matye 24:9). Pandan lafen an ap apwoche, Satan pral fè tout nasyon manifeste hèn yo genyen kont sèvitè Jewova yo (Ezekyèl 38:10-12, 14-16). Lè sa rive, se va yon siyal ki pral montre moman pou Jewova aji a rive. “ E, se toutbon, mwen gen pou m grandi m, pou m sangtifye tèt mwen e pou m fè konnen m devan je anpil nasyon. E fòk yo konnen mwen se Jewova. ” ​(Ezekyèl 38:23). Konsa, Jewova pral sangtifye gran non li genyen an, e l ap tou delivre sèvitè l yo anba pèsekisyon. Se poutèt sa nou ka di : “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv. ” — Jak 1:12.

19. Toutpandan n ap ret tann gran “ jou Jewova a ”, ki sa nou dwe fè ?

19 Alòske gran “ jou Jewova a ” ap vin pi pre, annou rejwi dèske ‘ yo jije nou diy pou yo avili ’ nou poutèt non Jezi (2 Pyè 3:10-13 ; Travay 5:41). Menm jan ak premye kretyen yo, ‘ ann kontinye anseye e ann kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la san rete ’, bon nouvèl konsènan Wayòm li an, toutpandan n ap ret tann rekonpans Jewova pral ban nou nan monn nouvo jis li pwomèt nou an. — Travay 5:42 ; Jak 5:11.

Kòm revizyon

• Ki sa sa vle di soufri poutèt jistis ?

• Ki efè pèsekisyon te genyen sou premye kretyen yo ?

• Poukisa nou ka di Temwen Jewova yo jwenn pèsekisyon menm jan ak pwofèt ki t ap viv nan tan lontan yo ?

• Poukisa nou mèt ‘ rejwi e nou mèt vole anlè ak kè kontan ’ lè nou jwenn pèsekisyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28, 29]

“ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, e lè y ap pèsekite nou. ”

[Liy kredi]

Moun ki nan prizon yo : Chicago Herald-American