Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon paradi pou ou : ou kwè se vre ?

Yon paradi pou ou : ou kwè se vre ?

Yon paradi pou ou : ou kwè se vre ?

“ Mwen konnen yon moun ki ann inyon ak Kris, [...] ki te transpòte nan paradi. ” — 2 KORENTYEN 12:2-4.

1. Ki pwomès nan Bib la anpil moun twouve ki atiran ?

PARADI. Èske w sonje ki jan w te santi w premye fwa w te tande pale de pwomès Bondye fè pou tè a tounen yon paradi ? Siman ou sonje lè w te aprann ‘ je avèg pral ouvri, zòrèy moun ki soud pral debouche, e dezè ’ pral tounen bèl kote k ap pwodui. E konsènan pwofesi ki di lou ap ansanm ak mouton, e ti kabrit ap ansanm ak leyopa ? Èske w pa t kontan anpil lè w te li moun ki pwòch ou ki mouri yo pral resisite ak pèspektiv pou yo rete nan Paradi sa a ? — Izayi 11:6 ; 35:5, 6 ; Jan 5:28, 29.

2, 3. a) Ki sa k fè nou ka di esperans ou genyen ki baze sou Bib la se pa yon esperans ki san fondman ? b) Ki lòt bagay ki kore esperans nou genyen an ?

2 Esperans ou genyen an pa san fondman. Ou gen rezon pou w kwè nan pwomès Bib la fè konsènan Paradi a. Pa egzanp, ou kwè nan pawòl Jezi te di malfektè ki te kloure bò kote l sou poto a. Li te di l: “ W ap avèk mwen nan Paradi a. ” ​(Lik 23:43). Ou kwè nan pwomès ki di : “ N ap tann, selon pwomès li, syèl tounèf ak yon tè tounèf kote jistis ap abite. ” Epitou, ou kwè nan pwomès Bondye fè kote li pral siye tout dlo nan je nou, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Sa vle di gen yon paradi ki pral egziste sou tè a ankò ! — 2 Pyè 3:13 ; Revelasyon 21:4.

3 Toutfwa, gen yon lòt bagay ankò ki kore esperans nou nan Paradi a, se yon bagay kretyen ki toupatou sou tè a deja ladan l depi kounye a. Ki sa l ye ? Se yon paradi espirityèl Bondye tabli e li mete pèp li a viv ladan l. Ekspresyon “ paradi espirityèl ” la ka parèt abstrè, li ka difisil pou w konprann, men paradi sa a se yon bagay yo te deja predi e li egziste toutbonvre.

Yon vizyon sou Paradi a

4. De ki vizyon 2 Korentyen 12:2-4 pale, e kiyès sanble ki te fè vizyon sa a ?

4 Konsènan paradi espirityèl la, remake ki sa apot Pòl te ekri : “ Mwen konnen yon moun ki ann inyon ak Kris, [...] ki te transpòte konsa jis nan twazyèm syèl. Wi, mwen konnen yon moun konsa, èske se te ak kò a, oswa san kò a, mwen pa konnen, se Bondye ki konnen, li te transpòte nan paradi e li te tande pawòl moun pa ka di, pawòl moun pa gen dwa di. ” ​(2 Korentyen 12:2-4). Pasaj sa a vini tousuit apre vèsè kote Pòl te defann dwa l genyen pou l sèvi antanke apot. Anplis de sa, Bib la pa pale de pyès lòt moun ki te viv yon eksperyans konsa, e se sèl Pòl ki pale nou de sa. Se sa k fè, sanble se Pòl menm ki te fè vizyon sa a. Men, nan ki “ paradi ” li te antre a ? — 2 Korentyen 11:5, 23-31.

5. Ki sa Pòl pa t wè, e pakonsekan, ki jan de “ paradi ” li te wè a ?

5 Kontèks la pa lese konprann “ twazyèm syèl ” la se kouch atmosfè ki antoure latè a, oswa se lespas, oubyen lòt inivè yon seri astwofizisyen ap pale a. Souvan, Bib la sèvi ak chif twa pou l mete aksan sou yon bagay, pou l entansifye l oubyen pou l ranfòse l (Eklezyas 4:12 ; Izayi 6:3 ; Matye 26:34, 75 ; Revelasyon 4:8). Konsa, sa Pòl te wè nan vizyon an te elve anpil. Se te yon bagay espirityèl.

6. Ki sa k te pase nan listwa ki ban nou limyè sou sa Pòl te wè a ?

6 Kèk pwofesi ki te la anvan nan Bib la ban nou plis limyè sou vizyon sa a. Apre ansyen pèp Bondye a te fin montre li enfidèl, Bondye te pran rezolisyon pou l kite Babilonyen yo monte kont Jida ak Jerizalèm. Selon kwonoloji biblik la, sa te abouti a destriksyon Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an. Pwofesi sa yo te di peyi a t ap rete devaste pandan 70 an. Apre sa, Bondye t ap pèmèt Juif ki repanti yo tounen lakay yo e yo t ap retabli vrè adorasyon an. Sa te kòmanse reyalize apati 537 anvan epòk nou an (Detewonòm 28:15, 62-68 ; 2 Wa 21:10-15 ; 24:12-16 ; 25:1-4 ; Jeremi 29:10-14). Men, ki sa k te rive peyi a pandan tan sa a ? Pandan 70 an sa yo, peyi a te tounen yon kote plant sovaj pouse, yon zòn sèch, yon kote chakal abite (Jeremi 4:26 ; 10:22). Toutfwa, te gen pwomès sa a : “ San mank, Jewova ap konsole Siyon. Wi, l ap konsole tout kote ki devaste ladan l yo, e l ap fè dezè l la vin tankou Edenn, e plèn dezè li yo, l ap fè yo vin tankou jaden [oubyen paradi, Septant] Jewova. ” — Izayi 51:3 ; nòt anba paj.

7. Ki sa k te rive apre 70 an dezolasyon an te fin pase ?

7 Sa te pase apre 70 an dezolasyon an. Grasa benediksyon Bondye, kondisyon yo te amelyore. Imajine sèn sa a mantalman : “ Dezè ak tè sèk pral kontan, plèn dezè pral gen lajwa e l ap fleri tankou safran. L ap fleri kanmenm, vrèman l ap rejwi ak lajwa e ak yon kri kontantman. [...] Moun ki enfim nan pye pral grenpe tankou sèf, e lang bèbè pral pouse kri ki montre gen kontantman. E dlo ap gentan pete nan dezè a e rivyè ap gentan koule nan plèn ki te tounen dezè a. Tè arid la ap gentan vin tankou yon letan ki kouvri ak wozo, tè sèk la ap tankou sous dlo. Kote chakal yo rete, yon kote pou yo repoze, ap gen zèb vèt, wozo ak jon. ” — Izayi 35:1-7.

Yon pèp ki retabli e ki transfòme

8. Ki jan nou fè konnen Izayi chapit 35 aplike sou moun ?

8 Ala yon kokenn transfòmasyon ! Sot nan dezolasyon tonbe nan paradi. Pwofesi sa a ansanm ak lòt pwofesi ankò moun ka fè konfyans montre t ap gen chanjman k ap fèt nan moun tou, ki sanble ak yon peyi dezole ki vin pwodui anpil. Poukisa nou ka di sa ? Izayi te pale de “ moun Jewova rachte yo ” ki t ap tounen nan peyi yo ak “ rèl kontantman ” e ki t ap “ rive jwenn kè kontan ak lajwa ”. (Izayi 35:10.) Pawòl sa yo pa t aplike sou peyi a nan sans literal, men yo te aplike sou moun. Mete sou sa, men sa Izayi te predi yon lòt kote konsènan pèp la ki t ap retabli nan Siyon : “ Se pou yo rele yo gwo pyebwa lajistis, plantasyon Jewova [...]. Annefè, menm jan tè a fè ti plant li pouse, [...] Jewova ap fè lajistis ak louwanj pouse devan tout nasyon. ” Men sa Izayi te di ankò konsènan pèp Bondye a : “ Se sèten, Jewova ap kondui w toutan [...], e l ap bay zo w vigè. Wi, w ap vin tankou yon jaden ki byen wouze. ” ​(Izayi 58:11 ; 61:3, 11 ; Jeremi 31:10-12). Kidonk, menm jan kondisyon anviwònman peyi a ta gen pou l amelyore literalman, se menm jan an tou t ap gen chanjman nan pèp juif la ki te retabli.

9. Ki “ Paradi ” Pòl te wè nan vizyon an, e ki lè vizyon sa a te akonpli ?

9 Modèl istorik sa a ede nou konprann sa Pòl te wè nan vizyon an. Li ta dwe gen rapò ak kongregasyon kretyèn nan li menm Pòl rele “ jaden Bondye ap kiltive ”, yon jaden ki ta dwe pwodui anpil (1 Korentyen 3:9). Ki lè vizyon sa a te dwe akonpli ? Sa Pòl te wè a, li rele l yon ‘ revelasyon ’, yon bagay ki t ap gen pou rive alavni. Li te konnen apre lanmò l, t ap gen yon kokenn apostazi ki t ap devlope (2 Korentyen 12:1 ; Travay 20:29, 30 ; 2 Tesalonisyen 2:3, 7). Pandan aposta yo te gen anpil enfliyans e yo te parèt kouvri vrè kretyen yo, li t ap difisil pou yo konpare vrè kretyen yo ak yon jaden k ap pwospere. Sepandan, lè a t ap rive kote vrè adorasyon an t ap gen pou l elve ankò. Pèp Bondye a t ap retabli yon fason pou ‘ moun ki jis yo ka briye tankou solèy nan wayòm Papa yo ’. (Matye 13:24-30, 36-43.) Anfèt, sa te pase yon ti tan apre Wayòm Bondye a te fin etabli nan syèl la. Apre tout ane sa yo ki pase, li evidan pèp Bondye a nan yon paradi espirityèl, paradi Pòl te wè alavans nan vizyon an.

10, 11. Malgre nou enpafè, poukisa nou ka di nou nan yon paradi espirityèl ?

10 Se vre, nou konnen pèsonèlman nou enpafè. Se sa k fè nou pa etone lè pafwa gen pwoblèm ki rive nan mitan nou, menm jan sa te konn rive pami kretyen yo nan epòk Pòl la (1 Korentyen 1:10-13 ; Filipyen 4:2, 3 ; 2 Tesalonisyen 3:6-14). Sepandan, fè yon ti reflechi sou paradi espirityèl n ap viv ladan l lan. Lè nou konpare l ak kondisyon nou te ye anvan sa, jan nou te malad, nou ka di nou vin geri espirityèlman. Fè yon konparezon ant jan nou t ap soufri grangou anvan ak kounye a jan nou byen manje espirityèlman. Olye pou pèp Bondye a ap lite tankou se nan yon peyi sèch yo ye espirityèlman, Bondye apwouve yo e li vide yon gwo lapli benediksyon sou yo (Izayi 35:1, 7). Olye pou nou nan yon fènwa espirityèl ki tankou yon kacho kote nou pa wè anyen, nou wè limyè libète e nou wè limyè favè Bondye. Anpil moun ki te tankou moun soud ki pa t janm tande pwofesi ki nan Bib la, vin tande, yo vin konprann sa Bib la di (Izayi 35:5). Pa egzanp, plizyè milyon Temwen Jewova sou tout tè a te etidye pwofesi Danyèl la vèsè pa vèsè. Apre sa, yo te egzamine tout detay ki nan chak chapit liv biblik Izayi a. Èske manje espirityèl fòtifyan sa yo pa bay prèv n ap viv nan yon paradi espirityèl ?

11 Anplis de sa, reflechi sou chanjman tout kalite moun ki sensè pote nan pèsonalite yo grasa efò yo fè pou yo rive konprann e pou yo rive aplike Pawòl Bondye a. Toudabò, yo te fè anpil efò pou yo rive retire yon seri karaktè yo te gen lakay yo ki te fè yo aji tankou bèt. Petèt, ou te fè tout sa w kapab pou w rejte vye pèsonalite sa a, e ou jwenn bon rezilta, menm jan ak frè ak sè w yo (Kolosyen 3:8-14). Kounye a, piske ou asosye w ak kongregasyon Temwen Jewova yo, ou antoure ak moun ki pezib, moun ki fè w santi w byen lè w avèk yo. Sepandan, yo poko pafè, men yo pa ka pale de yo kòm lyon fewòs oubyen kòm bèt sovaj ki rapas (Izayi 35:9). Ki sa anbyans espirityèl pezib sa a montre ? Sa montre nou vrèman ap viv nan yon kondisyon espirityèl nou gen rezon rele yon paradi espirityèl. E paradi espirityèl sa a se yon avangou sou paradi terès nou pral jwenn nan si nou rete fidèl devan Bondye.

12, 13. Ki sa nou dwe fè pou nou rete nan paradi espirityèl la ?

12 Sepandan, gen yon bagay nou pa dwe bliye. Bondye te di Izrayelit yo : “ Se pou nou kenbe tout kòmandman m ap kòmande nou jodi a, pou nou ka vin solid, pou nou ka antre toutbon, e pou nou posede peyi a. ” ​(Detewonòm 11:8). Levitik 20:22, 24 mansyone menm peyi sa a : “ E se pou nou konsève tout règ mwen yo ak tout desizyon jidisyè mwen bay yo e se pou nou mete yo an pratik, pou peyi kote m ap mennen nou abite ladan l lan pa vomi nou. Se pou rezon sa a, mwen te di nou : ‘ Nou menm bò kote pa nou, nou pral pran tè yo a pou nou, e mwen menm bò kote pa m, m ap ban nou l pou nou pran l, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule. ’” Wi, pou yo te rive posede Latè pwomiz, yo te bezwen gen bon relasyon avèk Jewova Dye. Se poutèt Izrayelit yo pa t obeyi Bondye ki fè li te pèmèt Babilonyen yo venk yo e yo te fè Izrayelit yo kite kote yo t ap viv la.

13 Petèt, gen yon pakèt aspè nan paradi espirityèl la ki fè nou plezi anpil. Li gen yon anbyans ki agreyab e ki bese tansyon lakay nou. Nou viv anpè ak kretyen yo, yo menm ki fè anpil efò pou yo abandone yon seri karaktè yo te gen lakay yo ki te fè yo aji tankou bèt. Yo fè tout sa yo kapab pou yo janti e pou yo itil. Toutfwa, pou nou rete nan paradi espirityèl la, sa mande plis pase annik gen bon relasyon ak moun sa yo. Sa mande pou nou gen bon relasyon ak Jewova e pou nou fè sa l mande (Mika 6:8). Se nou menm ki te chwazi vini nan paradi espirityèl la. Sepandan, nou ka ale aladeriv, oubyen yo ka mete nou deyò ladan l, si nou pa fè efò pou nou konsève relasyon nou ak Bondye.

14. Ki sa k ap ede nou rete nan paradi espirityèl la ?

14 Yon bagay enpòtan k ap ede nou se kontinye fòtifye nou grasa Pawòl Bondye a. Remake langaj senbolik yo itilize nan Sòm 1:1-3. Li di : “ Byennere moun ki pa mache nan konsèy mechan [...]. Men, tout plezi l se nan lwa Jewova, e nan lwa l, li li tou ba lajounen kou lannuit. E vrèmanvre, l ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò ti kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi. ” Mete sou sa, esklav fidèl ki prevwayan an bay manje espirityèl nan paradi espirityèl la grasa piblikasyon biblik yo. — Matye 24:45-47.

Ranfòse vizyon nou genyen sou Paradi a

15. Poukisa Moyiz pa t gen posiblite mennen Izrayelit yo nan Latè pwomiz, men, ki sa li te wè ?

15 Ann egzamine yon lòt avangou sou paradi a. Apre Izrayelit yo te fin monte desann nan dezè a pandan 40 an, Moyiz te mennen yo nan plèn Mowab, nan lès rivyè Jouden. Akoz yon erè Moyiz te fè anvan sa, Jewova te deside se pa li ki t apral mennen Izrayelit yo pa lòt bò Jouden an (Nonb 20:7-12 ; 27:12, 13). Moyiz te sipliye Bondye, li te di l : “ Kite m travèse, souple, e kite m wè bon peyi ki pa lòt bò Jouden an. ” Menmsi Moyiz pa t ap antre nan peyi a, apre l te fin desann mòn Pisga e li te wè divès pati peyi a, li dwe te rann li kont se te yon “ bon peyi ”. Dapre ou menm, ki jan peyi sa a te ye ? — Detewonòm 3:25-27.

16, 17. a) Ki diferans ki genyen ant Latè pwomiz ki te gen nan tan lontan an ak jan peyi a ye alèkile ? b) Poukisa nou kwè Latè pwomiz te tankou yon paradi ?

16 Si w baze w sou sa yon bon pati nan zòn sa a vin tounen alèkile, ou ka panse se te yon peyi sèch ki kouvri ak sab, yon dezè ki chaje ak wòch, yon kote chalè fin deseche tout bagay. Sepandan, nou gen bonjan rezon pou nou kwè, nan tan biblik yo, se pa konsa ditou zòn nan te ye. Selon esplikasyon agwonòm Walter Lowdermilk, yon espesyalis nan kesyon dlo ak teren, bay nan jounal Scientific American, peyi nan zòn sa a “ sibi anpil dega pandan plis pase mil an ”. Men ki sa agwonòm nan ekri : “ Si vin gen yon ‘ dezè ’ ki etann li nan plas peyi a, yon peyi ki tèlman te konn pwodui, se pa travay lanati, men se travay lèzòm. ” Anfèt, etid li fè sou kesyon an montre, “ gen yon lè, peyi sa a te yon paradi, yon kote ki te gen bèl peyizaj ”. Li vin klè, se jan lèzòm maltrete zòn nan ki fini ak li nan eta sa a, yon kote lontan ki te yon “ paradi ”. *

17 Lè w reflechi sou sa ou li nan Bib la, ou ka wè jan konklizyon sa a se yon konklizyon ki lojik. Sonje ki asirans Jewova te bay pèp la pa mwayen Moyiz, li te di : “ Peyi n ap travèse pou nou pran posesyon l lan se yon peyi ki gen mòn, yon peyi chaje ak plèn ki nan vale. Li bwè dlo lapli ki sot nan syèl la. Se yon peyi Jewova Bondye w la ap pran swen. ” — Detewonòm 11:8-12.

18. Ki jan Izayi 35:2 dwe te bay Izrayelit ki te ann egzil yo yon apèsi sou jan Latè pwomiz te ye ?

18 Latè pwomiz te tèlman bèl, li te tèlman pwodui, lè yo annik pale de kèk zòn ladan l, sa te fè moun panse ak kondisyon ki egziste nan paradi. Chapit 35 pwofesi Izayi a montre sa, pwofesi ki te gen yon premye akonplisman lè Izrayelit yo te kite Babilòn. Izayi te predi : “ L ap fleri kanmenm, vrèman l ap rejwi ak lajwa e ak kri tèlman l kontan. Wi, y ap ba li laglwa Liban an, y ap ba li bote mayifik Kamèl ak Chawòn. Ap gen moun k ap wè laglwa Jewova, y ap wè bote mayifik Bondye nou an. ” ​(Izayi 35:2). Annik pale de Liban, Kamèl ak Chawòn sèlman dwe te fè parèt nan tèt Izrayelit yo yon imaj agreyab, wi, yon bèl imaj.

19, 20. a) Dekri jan Chawòn te ye nan tan lontan. b) Bay yon fason nou ka fè esperans nou nan Paradi a vin pi solid.

19 Ann fè yon ti pale de Chawòn, yon plèn ki toupre lanmè, ki twouve l ant mòn Samari ak lanmè ki rele Gwo Lanmè a oubyen lanmè Mediterane (gade foto ki nan paj 10 la). Yo te konnen l kòm yon zòn ki bèl, ki pwodui anpil. Se yon zòn ki te byen wouze, e se te yon bon kote pou patiraj. Anplis de sa, nan pati nò a, li te gen forè ki chaje ak pye bwadchèn (1 Kwonik 27:29 ; Chan Salomon 2:1, nòt anba paj ; Izayi 65:10). Se sa k fè, Izayi 35:2 te pale konsènan yon peyi ki t ap restore e ki t ap bèl anpil, ki t ap vin tankou yon paradi. Pwofesi sa a te mete aksan tou sou yon bèl paradi espirityèl, ki ale nan menm sans ak sa Pòl te wè nan vizyon an. Pou fini, pwofesi sa a, ansanm ak lòt pwofesi ankò, fè esperans nou vin pi solid, esperans nou genyen pou nou wè tè a tounen yon paradi pou lèzòm abite.

20 Pandan nou rete nan paradi espirityèl la, nou ka ogmante rekonesans nou pou li, e esperans nou nan Paradi ki pral gen sou tè a ka vin pi solid. Kòman nou ka rive fè sa ? Se lè nou chèche pi byen konprann sa nou li nan Bib la. Byen souvan, deskripsyon yo fè nan Bib la, ansanm ak pwofesi yo, mansyone yon seri de zòn byen presi. Èske w pa ta renmen gen yon pi bon ide sou kote zòn sa yo te ye e ki relasyon ki te genyen ant yo menm ak lòt zòn jeyografik ? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki jan ou ka fè sa yon fason ki pwofitab pou ou.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Men sa Denis Baly di nan yon liv : “ Vejetasyon an li menm te sibi gwo chanjman soti depi nan tan biblik yo. ” ​(The Geography of the Bible). Ki sa ki lakòz ? “ Lèzòm te bezwen bwa nonsèlman pou yo fè dife, men pou yo fè kay, poutèt sa [...] yo kòmanse koupe pyebwa e kòm rezilta, yo ekspoze peyi a anba atak klima a. Konsa, chanjman sa yo ki fèt nan anviwònman an fè klima a [...], tikras pa tikras, vin tounen eleman ki jwe pi gwo wòl nan destriksyon peyi a. ”

Èske nou sonje ?

• Ki “ paradi ” apot Pòl te wè nan vizyon ?

• Ki premye akonplisman Izayi chapit 35 te genyen e ki relasyon sa genyen ak sa Pòl te wè nan vizyon an ?

• Ki jan nou ka ogmante rekonesans nou pou konpreyansyon nou genyen konsènan paradi espirityèl la, e kòman esperans nou nan Paradi terès la ka vin pi solid ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Plèn Chawòn, yon zòn ki te pwodui anpil nan Latè pwomiz.

[Liy kredi]

Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.

[Foto nan paj 12]

Moyiz te rann li kont se te yon “ bon peyi ”.