Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ta renmen viv pou toutan ?

Èske w ta renmen viv pou toutan ?

Èske w ta renmen viv pou toutan ?

“MWEN pa pè mouri. ” Se deklarasyon sa a, yon madanm ki aje te fè nan peyi Japon. “ Men sa ki fè m mal, se lefètke m ap oblije kite flè sa yo. ” Yon pwoklamatris ki t ap vizite madanm sa a lakay li te konprann poukisa l te santi l konsa. Rezon an, sèke li te gen yon bèl jaden. Anpil nan moun ki di yo pa pè mouri apresye mèvèy kreyasyon an anpil e petèt yo ta renmen viv pou toutan.

Viv pou toutan ? Plizyè moun ta ka rejte yon panse konsa. Gen kèk moun ki ka menm di sa pa enterese yo pou yo ta viv nètale. Poukisa yon moun ka reyaji konsa ?

Lavi etènèl : èske l ap annuiyan ?

Gen kèk moun ki panse sa ta annuiyan pou moun viv pou toutan . Yo kapab pran kòm egzanp jan de vi raz anpil moun ki retrete ap mennen. Moun sa yo pa gen anpil bagay y ap fè. Yo sèlman chita ap gade televizyon. Si se konsa ou panse, gade ki sa astwonòm Robert Jastrow te di lè yo te mande l si lavi etènèl ta yon benediksyon oubyen yon malediksyon. Men sa li te reponn : “ Se t ap yon benediksyon pou moun ki renmen fè rechèch e ki gen yon apeti san limit pou konesans. Yo t ap alèz anpil ak lide pou yo ta gen tout tan yo pou yo ranmase konesans. Men, se t ap yon kokenn malediksyon pou lòt moun ki panse yo fin aprann tout sa yo ta dwe aprann epi ki gen lespri fèmen. Moun sa yo pa t ap konnen ki sa pou yo fè avèk tan yo. ”

Se jan ou menm ou wè bagay yo ki pral fè w twouve lavi etènèl la annuiyan oswa pa annuiyan. Si ou ‘ renmen fè rechèch e ou gen anpil apeti pou konesans ’, panse sou sa w ta kapab akonpli nan domèn atistik, mizik, achitekti, jadinay, oubyen nan kèlkeswa objektif ou enterese ki merite konsiderasyon. Lavi etènèl sou latè t ap ofri w bèl posiblite pou w devlope kapasite w nan plizyè domèn.

Si pou toutan nou te kapab montre nou gen lanmou epi pou toutan nou te kapab pwofite lanmou, sa t ap fè lavi etènèl la vrèman agreyab. Nou kreye ak kapasite pou nou aji avèk amou, e nou kapab pwospere lè nou santi lòt moun renmen nou. Lè youn renmen lòt toutbonvre, sa pote yon pwofon satisfaksyon ki pap diminye pandan tan an ap pase. Lavi etènèl ta ka ofri yon kantite okazyon ki san limit pou nou kiltive lanmou, non sèlman pou pwochen nou men sitou pou Bondye. Selon apot Pòl, “ si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a ”. (1 Korentyen 8:3.) Vrèmanvre, se yon bèl posiblite sa ye pou nou konnen Souvren linivè a epi pou li menm tou li konnen nou ! Anplis de sa, nou pap janm fin aprann sou kreyatè nou an ki chaje ak lanmou. Pou tout rezon sa yo, ki jan lavi etènèl la ta fè annuiyan epi ki jan l ta fè pa pote satisfaksyon ?

Lavi : èske li gen anpil valè sèlman paske l kout ?

Kèk moun panse lefètke lavi a kout se sa k fè l gen anpil valè. Petèt yo konpare lavi ak lò moun pa jwenn an grann kantite. Yo fè remake si yo te kapab jwenn lò tout kote, valè l t ap diminye. Sepandan, li t ap toujou rete bèl. Se menm jan sa ye pou lavi.

Nou ta ka konpare lavi etènèl ak lè nou respire a nou jwenn ann abondans. Maren ki nan yon soumaren ki tonbe anpàn anba dlo t ap konsidere lè pou yo respire a tankou yon bagay ki gen anpil valè. Apre yo ta fin pote yo sekou, èske w panse san yo pa gen rekonesans yo t ap plenyen poutèt yo rejwenn lè pou yo respire a ann abondans ? Repons lan klè, se non.

Menm jan ak maren sa yo, nou kapab jwenn sekou, men espwa pa nou pi gwo toujou, n ap jwenn lavi etènèl. Nan menm sans lan, men sa Pòl te ekri : “ Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay se lavi etènèl pa mwayen Kris Jezi, Seyè nou an. ” ​(Women 6:23). Grasa sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, Bondye pral retire limanite anba peche ak lanmò epi l ap bay moun ki obeyisan yo lavi etènèl. Vrèmanvre, nou ta dwe montre nou rekonesan pou yon dispozisyon ki plen lanmou konsa !

E moun pa w yo ?

Kèk moun k ap reflechi kapab di : ‘ E moun pa m yo ? Lavi etènèl sou latè pa t ap vle di anyen pou mwen si moun pa m yo pa t ap la avè m. ’ Petèt ou etidye Labib epi ou aprann li posib pou w viv etènèlman nan yon paradi sou tè a (Lik 23:43 ; Jan 3:16 ; 17:3). Natirèlman, ou ta renmen pou manm fanmi pwòch ou yo la, ansanm ak lòt moun pa w yo ak zanmi ou cheri yo, pou yo kapab gen menm kè kontan ou espere genyen nan monn nouvo jis Bondye pwomèt la. — 2 Pyè 3:13.

Men, e si zanmi w ak moun pa w yo pa montre okenn enterè pou lavi etènèl nan yon paradi sou tè a ? Pa kite sa dekouraje w. Kontinye ranmase konesans egzak ki nan Ekriti yo epi aji ann amoni avèk konesans lan. Men sa apot Pòl te ekri : “ Ki jan w ka fè sèten, kretyèn marye, si se pa ou menm k ap sove mari w ? Oubyen ki jan w ka fè sèten, mari kretyen, se pa ou menm k ap sove madanm ou ? ” ​(1 Korentyen 7:16, Today’s English Version). Moun kapab chanje. Pa egzanp, gen yon mesye ki te kont krisyanis lan men ki te vin chanje. Apre sa, li te vin kretyen e li te vin yon ansyen nan kongregasyon an. Men sa l di : “ Mwen gen anpil rekonesans poutèt fanmi pa m te rete atache fidèlman ak prensip biblik yo pandan m te pran pozisyon kont krisyanis lan. ”

Bondye enkyete anpil pou vi w ak pou vi moun pa w yo. Annefè, “ Jewova [...] pa vle pyès moun detwi, men li vle pou tout moun rive repanti ”. (2 Pyè 3:9.) Jewova Dye vle pou ni ou menm ni moun pa w yo viv pou toutan. Lanmou li genyen depase lanmou imen enpafè yo genyen (Izayi 49:15). Pakonsekan, poukisa ou pa chèche devlope bon relasyon avèk Bondye ? Konsa, w ap kapab ede moun pa w yo fè menm jan avè w. Menmsi kounye a yo pa pataje esperans lavi etènèl la, atitid yo kapab chanje lè yo wè w ap aji ann akò ak konesans egzak ki nan Bib la.

E moun pa w yo ki mouri yo ? Pou plizyè milyon moun ki mouri, Bib la gen ladan l bèl esperans rezirèksyon an, kote moun mouri ap leve pou yo viv nan paradi sou tè a. Jezi Kris te pwomèt : “ Lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo [...] ap soti. ” ​(Jan 5:28, 29). Menm moun ki te mouri san yo pa t konnen Bondye ap retounen jwenn lavi, paske men sa Bib la di : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Travay 24:15). Ala bèl sa pral bèl pou nou akeyi moun sa yo ki retounen vivan ankò !

Lavi etènèl : yon bèl esperans

Si w ka jwenn kè kontan jodi a malgre tout latwoublay ki nan monn nan, asireman w ap kapab jwenn kè kontan pandan w ap jwi lavi etènèl nan paradi sou tè a. Lè yon sè Temwen Jewova te fè remake benediksyon lavi etènèl pral pote, poutan men sa yon madanm te di : “ Mwen pa ta renmen viv pou toutan. Viv 70 oswa 80 ane, sa sifi pou mwen. ” Yon ansyen ki te la lè sa a, te mande l : “ Èske w pa janm reflechi sou jan pitit ou yo t ap santi yo si w ta mouri ? ” Dlo te koule nan je madanm nan lè l panse ak lapenn pitit li yo t ap genyen si yo ta pèdi manman yo. Men sa madanm nan admèt : “ Se premye fwa mwen te rann mwen kont nan ki pwen mwen te egoyis e mwen te vin konprann lavi etènèl se pa yon espwa yon moun genyen pou li sèlman, men li gen ladan l viv pou lòt moun. ”

Gen kèk moun ki ka panse, kit y ap viv, kit yo mouri, sa pa enterese okenn moun. Sepandan, sa enterese toutbonvre Sila a ki ban nou lavi a. Men sa li di : “ Menm jan mwen vivan, [...] mwen pran plezi, non pa nan lanmò mechan an, men pou moun ki mechan an vire kite chemen l e vrèman pou li rete vivan. ” ​(Ezekyèl 33:11). Piske Bondye sousye l nan pwen sa a pou lavi menm moun ki mechan, asireman li gen anpil sousi pou moun ki renmen l yo.

David, wa peyi Izrayèl tan lontan an, te gen konfyans Jewova t ap pran swen l avèk amou. Men sa l te di yon lè : “ Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m. ” ​(Sòm 27:10). Siman David te sèten paran l yo gen lanmou pou li. Men menmsi manman l ak papa l, antanke moun ki pi pwòch li, ta kite l, li te konnen Bondye pa t ap abandone l. Paske Jewova renmen nou epi li sousye l de nou, li ofri nou ni lavi etènèl ni posiblite pou nou zanmi l pou toutan (Jak 2:23). Èske nou pa ta dwe aksepte bèl kado sa yo avèk rekonesans ?

[Foto nan paj 5]

Lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen ap fè lavi etènèl la vrèman apresyab.