Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche Jewova, Bondye ki konn egzamine kè a

Chèche Jewova, Bondye ki konn egzamine kè a

Chèche Jewova, Bondye ki konn egzamine kè a

“ Chèche m epi rete vivan. ” — AMÒS 5:4.

1, 2. Lè Bib la di Jewova “ wè sa kè a ye ”, ki sa sa vle di ?

MEN sa Jewova Dye di pwofèt Samyèl : “ Lòm wè sa je l ba li, men Jewova, li menm, li wè sa kè a ye. ” ​(1 Samyèl 16:7). Nan ki sans Jewova “ wè sa kè a ye ” a ?

2 Nan Bib la byen souvan yo sèvi ak mo kè a nan sans senbolik pou pale de sa yon moun ye pa anndan, sètadi dezi moun sa a, panse l, santiman l ak afeksyon l. Kidonk, lè Labib di Bondye wè kè a, sa vle di li pa gade sou aparans, men li mete aksan sou sa moun nan ye reyèlman.

Bondye egzamine Izrayèl

3, 4. Selon Amòs 6:4-6, ki sitiyasyon ki te egziste nan wayòm dis tribi Izrayèl la ?

3 Lè Bondye ki konn egzamine kè a t ap obsève dis tribi wayòm Izrayèl la nan epòk Amòs la, ki sa l te wè ? Amòs 6:4-6 pale de yon seri ‘ mesye ki kouche sou kanape ki fèt ann ivwa e k ap layite kò yo sou divan yo, k ap manje belye yo pran nan yon twoupo ak jenn towo pami ti bèf yo angrese ’. Mesye sa yo te ‘ envante enstriman mizik pou tèt yo, y ap bwè nan bòl diven ’.

4 Lè w fèk gade, sèn yo dekri a ka parèt bèl. Moun rich yo byen alèz nan bèl kay yo ki byen meble, y ap pran plezi yo nan pi bon manje ak pi bon bwason ki genyen, e y ap distrè yo nan bèl mizik enstrimantal. Yo gen “ kabann ki fèt ann ivwa ” tou. Gen kèk akeyològ ki te dekouvri nan zòn Samari, kapital wayòm Izrayèl la, yon kantite ivwa ki te byen eskilte (1 Wa 10:22). Anpil ladan yo sanble te kole sou mèb oswa yo te tou enkòpore nan dekorasyon an bwa ki te sou miray yo.

5. Ki sa Izrayelit nan epòk Amòs la te gen lakay yo ki pa t fè Bondye plezi ?

5 Èske Jewova te fache poutèt Izrayelit yo t ap byen viv, yo t ap manje bon manje, yo t ap bwè bon diven oswa yo t ap koute bèl mizik ? Natirèlman non. Dayè, se li ki bay lòm bagay sa yo ann abondans pou yo ka jwi yo (1 Timote 6:17). Sa ki pa t fè l plezi se te move dezi pèp la, mechanste yo te gen nan kè yo, atitid san respè yo te genyen anvè Bondye ak lanmou yo te manke pou Izrayelit parèy yo.

6. Nan ki kondisyon espirityèl Izrayèl te twouve l nan epòk Amòs la ?

6 Moun sa yo ki t ap ‘ layite kò yo sou divan, ki t ap manje belye yo pran nan yon twoupo, ki t ap bwè diven e ki t ap envante enstriman mizik pou tèt yo ’, t apral pran yon sipriz. Yo mande mesye sa yo : “ Èske nou wete jou kalamite a nan lespri nou ? ” Yo te dwe nan gwo lapenn akoz sitiyasyon ki te egziste nan peyi Izrayèl, men yo ‘ pa t malad akoz katastwòf Jozèf la ’. (Amòs 6:3-6.) Malgre pwosperite ekonomik nasyon an, Bondye te wè Jozèf, oswa Izrayèl, nan yon kondisyon espirityèl ki pa t bon menm. Aktout sa, pèp la t ap mennen tout aktivite l kòmsi deryennetè. Anpil moun jodi a gen menm atitid la. Petèt yo konnen n ap viv nan yon epòk ki difisil, men depi se pa yo menm pèsonèlman ki viktim, pwoblèm lòt moun pa pwoblèm pa yo e kesyon espirityèl pa enterese yo nonplis.

Izrayèl, yon nasyon k ap depafini

7. Ki sa ki t ap rive si pèp Izrayèl pa koute avètisman Bondye yo ?

7 Liv Amòs la dekri yon nasyon k ap depafini malgre bèl pwosperite li te genyen ann aparans. Piske pèp la pa koute avètisman Jewova ba li yo pou l korije pwennvi l, Jewova t apral abandone l nan men lènmi l yo. Alò, Asiryen yo t apral vin rale yo sot sou bèl kabann ann ivwa yo e yo t apral trennen yo nan kaptivite. Afè viv alèz la t ap fini pou yo !

8. Ki jan Izrayèl fè vin tonbe nan move eta espirityèl li tonbe a ?

8 Kòman Izrayelit yo fè rive nan yon eta konsa ? Sitiyasyon sa a te kòmanse devlope nan ane 997 anvan epòk nou an, lè Rehabam te ranplase papa l, wa Salomon, epi dis tribi ann Izrayèl te vin separe ak tribi Jida a ansanm ak tribi Benjamen an. Se Yawobam l, ‘ pitit Nebat ’, ki te premye wa wayòm dis tribi Izrayèl la (1 Wa 11:26). Yawobam te konvenk pèp ki nan wayòm li an, li fè yo kwè li twò difisil pou yo vwayaje al Jerizalèm pou y al adore Jewova. An reyalite, se pa t byennèt pèp la ki te enterese l vre. Se pwòp enterè pa l li t ap eseye pwoteje (1 Wa 12:26). Yawobam te pè pou Izrayelit yo pa t retounen vin atache ak wayòm Jida a ankò si yo t ap plede vwayaje al Jerizalèm, nan tanp lan, pou onore Jewova nan okazyon fèt yo te konn fete chak ane yo. Donk, pou sa pa rive, Yawobam te fè de ti bèf annò, youn Dàn, youn Betèl. Se konsa, adorasyon ti bèf te vin tounen relijyon d Eta nan wayòm Izrayèl la. — 2 Kwonik 11:13-15.

9, 10. a) Ki fèt relijye wa Yawobam I te met sou pye ? b) Ki jan Bondye te konsidere fèt ki te konn fèt ann Izrayèl nan epòk wa Yawobam II yo ?

9 Yawobam te eseye bay relijyon tounèf la yon aparans onorab. Li òganize yon seri fèt ki sanble ak fèt yo te konn selebre Jerizalèm. Nan 1 Wa 12:32, men sa nou li : “ Yawobam fè yon fèt nan uityèm mwa a, nan kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki te genyen nan Jida a, pou l ka fè ofrann sou lotèl li te fè nan Betèl la. ”

10 Jewova pa t janm dakò ak fèt relijye bidon sa yo. Li te sèvi ak Amòs pou l montre sa klè plis pase yon syèk apre, diran rèy Yawobam II, li menm ki te vin wa dis tribi Izrayèl la nan ane 844 anvan epòk nou an (Amòs 1:1). Selon Amòs 5:21-24, men sa Bondye di : “ Mwen rayi fèt nou yo, mwen voye yo jete, mwen pap renmen odè rasanbleman solanèl nou yo. Men, si nou ofri m olokos, menm nan ofrann nou yo mwen pap pran plezi, e bèt gra nou ban m nan sakrifis kominyon nou yo, mwen pap gade yo. Retire eskandal mizik nou yo devan m, e fè m pa tande son melodi enstriman a kòd nou yo. Kite lajistis koule tankou dlo, e ladwati tankou yon rivyè ki toujou ap koule. ”

Resanblans ak epòk pa nou an

11, 12. Ki resanblans nou jwenn ant adorasyon Izrayelit yo ak adorasyon yo pratike nan lakretyente ?

11 Li klè, Jewova te egzamine kè moun k ap patisipe nan fèt Izrayèl yo e li te rejte fèt ak olokos moun sa yo. Se menm bagay la jodi a, tout fèt payen lakretyente yo, tankou fèt Nwèl ak fèt Pak, Bondye rejte yo. Pou adoratè Jewova yo, pa ka gen relasyon ant lajistis avèk ilegalite, pa gen rapò ant limyè ak fènwa. — 2 Korentyen 6:14-16.

12 Gen lòt resanblans ankò ant adorasyon Izrayelit ki te konn adore ti bèf yo ak adorasyon yo pratike nan lakretyente. Byenke anpil moun ki di yo se kretyen aksepte Pawòl Bondye a kòm laverite, adorasyon yo pratike nan lakretyente a se pa yon vrè lanmou pou Bondye ki motive l. Si se te sa, li ta ankouraje moun yo pou yo adore Jewova “ avèk lespri e laverite ”, paske se adorasyon konsa ki fè Bondye plezi (Jan 4:24). Lòt bagay ankò, lakretyente pa ‘ kite lajistis koule tankou dlo, e li pa kite ladwati koule tankou yon rivyè ki toujou ap koule ’. Okontrè, li pito minimize enpòtans prensip moral Bondye yo. Li tolere fònikasyon ak lòt peche grav, e li menm rive beni maryaj fi ak fi, gason ak gason, san pwoblèm.

“ Renmen sa ki bon ”

13. Poukisa nou bezwen konfòme nou ak pawòl Amòs 5:15 lan ?

13 Men sa Jewova di tout moun ki vle adore l yon fason ki kòrèk : “ Rayi sa ki mal, renmen sa ki bon. ” ​(Amòs 5:15). Lanmou ak lahèn se santiman pisan ki soti nan kè senbolik la. Piske kè a trèt, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou pwoteje l (Pwovèb 4:23 ; Jeremi 17:9). Si nou kite move dezi pran rasin nan kè nou, nou gendwa kòmanse renmen sa ki mal e nou gendwa rayi sa ki bon. E si nou satisfè dezi sa yo nan pratike peche, menmsi nou gen tout zèl ki egziste, nou pap gen favè Bondye. Kidonk, annou priye Bondye pou l ede nou ‘ rayi sa ki mal e pou nou renmen sa ki bon ’.

14, 15. a) Kiyès ann Izrayèl ki t ap fè sa ki bon, men ki jan yo te konn trete kèk ladan yo ? b) Ki jan nou ka ankouraje moun ki nan sèvis a plen tan jodi a ?

14 Se pa tout Izrayelit nan epòk Amòs la ki t ap fè sa ki mal nan je Jewova. Pa egzanp, Ocheya ak Amòs te “ renmen sa ki bon ” e yo te sèvi Bondye fidèlman antanke pwofèt. Gen lòt ki te fè ve nazireya. Toutpandan ve nazireya a, yo pa t sèvi ak pwodui ki sot nan pye rezen, an patikilye diven (Nonm 6:1-4). Ki jan lòt Izrayelit yo te wè lespri sakrifis mesye ki t ap pratike sa ki byen sa yo te demontre a ? Repons kesyon sa a montre nan ki pwen yo te gen yon atitid chokan, nan ki pwen nasyon an t ap degrengole. Nan Amòs 2:12, nou li : “ Nou kontinye bay nazireyen yo diven pou yo bwè, e nou pase pwofèt yo lòd, nou di yo : ‘ Nou pa dwe pwofetize. ’ ”

15 Lè yo wè egzanp fidèl nazireyen yo ak pwofèt yo, Izrayelit sa yo ta dwe santi yo wont e yo ta dwe anvi chanje konpòtman. Men olye de sa, yo montre yo manke lanmou, yo eseye dekouraje moun ki fidèl yo pou yo pa bay Bondye glwa. Nou menm, nou pa ta dwe janm ankouraje lòt kretyen, tankou pyonye, misyonè, siveyan itineran, oswa manm fanmi Betèl pou yo kite sèvis a plen tan, pou yo retounen al mennen yon vi swadizan nòmal. Okontrè, annou ankouraje yo pou yo kenbe fèm nan bèl travay y ap fè a.

16. Sa k fè Izrayelit nan epòk Moyiz la te nan yon pi bon kondisyon espirityèl pase Izrayelit nan epòk Amòs la ?

16 Menmsi anpil Izrayelit nan epòk Amòs la t ap byen viv nan domèn materyèl, yo pa t “ rich anvè Bondye ”. (Lik 12:13-21.) Se sèlman lamàn zansèt yo te konn manje nan dezè a pandan 40 an. Yo pa t konn pran plezi yo nan manje vyann towo ki angrese ni yo pa t konn layite sou kanape ki fèt ak ivwa. Poutan, Moyiz te gen rezon di yo : “ Jewova Bondye w la beni w nan tout aksyon men w fè. [...] Pandan karant ane sa yo, Jewova Bondye w la te ansanm avèk ou. Ou pa t manke anyen. ” ​(Detewonòm 2:7). Wi, Izrayelit yo te toujou gen sa yo te vrèman bezwen nan dezè a. Sa ki te pi enpòtan an, Bondye te renmen yo, li te pwoteje yo e li te beni yo.

17. Poukisa Jewova te mennen Izrayelit yo nan Latè pwomiz ?

17 Jewova fè Izrayelit nan epòk Amòs la sonje se Li ki te mennen zansèt yo nan Latè pwomiz e se Li ki te ede yo elimine tout ènmi ki te nan peyi a (Amòs 2:9, 10). Men, poukisa Bondye te fè Izrayelit nan epòk sa a kite Ejip pou vin nan Latè pwomiz ? Èske se pou yo te ka vin ap viv nan liks epi pou yo voye Kreyatè yo a jete ? Non ! Okontrè, li te fè sa pou yo te ka vin adore l antanke pèp lib, antanke pèp ki pwòp espirityèlman. Men, moun ki t ap viv nan dis tribi wayòm Izrayèl yo pa t rayi sa ki mal e yo pa t renmen sa ki bon. Yo te pito bay zidòl glwa olye yo bay Jewova Dye glwa. Èske se pa yon wont ?

Jewova ap fè yo rann kont

18. Poukisa Jewova libere nou espirityèlman ?

18 Bondye pa t apral fèmen je sou move aksyon Izrayelit yo. Li pran yon pozisyon byen klè lè li deklare : “ Se poutèt sa m ap fè nou rann kont pou tout fot nou yo. ” ​(Amòs 3:2). Pawòl sa yo ta dwe fè nou reflechi sou delivrans nou anba esklavaj nan Ejip modèn nan, anpalan de sistèm de choz mechan sa a. Jewova pa libere nou espirityèlman pou n al pousuiv objektif egoyis. Men li libere nou pou nou ka ba li glwa ak tout kè nou antanke pèp ki lib k ap pratike vrè adorasyon an. Nou chak nou gen pou nou rann kont sou fason n ap sèvi ak libète Bondye ban nou an. — Women 14:12.

19. Selon Amòs 4:4, 5, ki sa pifò Izrayelit te vin renmen ?

19 Malerezman, pifò nan Izrayelit yo te voye kokenn mesaj Amòs la jete. Pwofèt la devwale kondisyon espirityèl kè yo ki te malad, li te di nan Amòs 4:4, 5 : “ Vin Betèl, komèt transgresyon. Komèt transgresyon pil sou pil nan Gilgal, [...] paske se fason sa a nou renmen, o pitit gason Izrayèl. ” Izrayelit yo pa t kiltive bon dezi. Yo pa t prezève kè yo. Kòm rezilta, pifò ladan yo te kòmanse renmen sa ki mal, e yo te rayi sa ki bon. Adoratè ti bèf sa yo te gen tèt di, yo te refize chanje. Jewova t ap fè yo rann kont e yo t ap rete nan peche yo jiskaske yo mouri.

20. Ki jan yon moun ka aji ann amoni ak Amòs 5:4 ?

20 Se pa t yon bagay fasil pou okenn moun ki t ap viv ann Izrayèl nan epòk la pou l te rete fidèl devan Jewova. Lite kont tandans ki anvòg se pa yon bagay ki fasil, nou konn sa byen antanke kretyen, kit nou jèn kit nou granmoun. Men, lanmou kèk Izrayelit te genyen pou Bondye ak dezi pou yo fè l plezi te pouse yo pratike vrè adorasyon an. Nan Amòs 5:4, Jewova fè yo yon bèl envitasyon : “ Chèche m epi rete vivan. ” Menm jan an tou jodi a, moun ki repanti yo, moun k ap chèche Bondye yo, sa vle di moun k ap chèche gen yon konesans egzak sou Pawòl li epi k ap fè volonte l, wi, Bondye fè moun sa yo mizèrikòd. Chemen sa a pa fasil pou moun suiv, men lè yon moun suiv li, sa mennen l nan lavi etènèl. — Jan 17:3.

Yo pwospere malgre gen grangou espirityèl

21. Ki grangou ki tonbe sou moun ki pap pratike vrè adorasyon an ?

21 Ki sa ki t ap tann moun ki pa t soutni vrè adorasyon an ? Grangou ki pi rèd ki egziste a : yon grangou espirityèl ! Men sa Jewova, Souvren Seyè a, di : “ Gen jou k ap vini, e m ap voye yon grangou nan peyi a, yon grangou, se pa pou pen, ak yon swaf, se pa pou dlo, men pou moun tande pawòl Jewova. ” ​(Amòs 8:11). Lakretyente anba yon grangou espirityèl menm jan an. Sepandan, manm lakretyente ki gen kè dwat yo wè pwosperite pèp Bondye a e yo deside vin nan òganizasyon Jewova a. Diferans ki genyen ant sitiyasyon ki egziste nan lakretyente a ak sitiyasyon sèvitè Bondye yo byen parèt nan pawòl sa yo Jewova te di : “ Gade ! Sèvitè m yo ap manje, men nou menm, n ap ret grangou. Gade ! Sèvitè m yo ap bwè, men nou menm, n ap ret swaf. Gade ! Sèvitè m yo ap rejwi, men nou menm, n ap santi nou wont. ” — Izayi 65:13.

22. Sa k fè nou gen rezon pou nou rejwi ?

22 Antanke sèvitè Jewova, èske pèsonèlman nou apresye dispozisyon espirityèl nou benefisye ak benediksyon nou resevwa yo ? Lè n ap etidye Labib ak lòt piblikasyon nou yo, oswa lè n ap asiste reyinyon ak kongrè, vrèmanvre, nou santi nou anvi pouse kri kè kontan akoz bon kondisyon kè nou. Nou rejwi pou konpreyansyon klè nou genyen sou Pawòl Bondye a, an patikilye sou pwofesi enspire Amòs te resevwa nan men Bondye a.

23. Ki sa moun k ap bay Bondye glwa yo jwenn ?

23 Pwofesi Amòs la gen yon mesaj espwa pou tout moun ki renmen Bondye e ki vle ba l glwa. Kèlkeswa jan sitiyasyon ekonomik nou ye jodi a, kèlkeswa eprèv nou ka ap rankontre nan monn twouble sa a, nou menm ki renmen Bondye, nou jwenn benediksyon nan men l e nou jwenn pi bon manje espirityèl ki egziste (Pwovèb 10:22 ; Matye 24:45-47). Tout glwa a se pou Bondye, li menm ki ban nou tout bagay ann abondans pou pwofi nou ! Kidonk, annou detèmine pou nou ba l louwanj ak tout kè nou pou toutan gen tan ! Se privilèj san parèy sa a n ap genyen si nou chèche Jewova, Bondye ki konn egzamine kè a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sitiyasyon ki te egziste ann Izrayèl nan epòk Amòs la ?

• Ki resanblans ki genyen ant kondisyon ki te egziste nan dis tribi wayòm Izrayèl la ak kondisyon ki genyen jodi a ?

• Ki grangou ki genyen jodi a yo te deja predi, men ki moun grangou sa a pa frape ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Gen anpil Izrayelit ki t ap viv nan liks, men yo pa t ap pwospere nan domèn espirityèl.

[Foto nan paj 19]

Ankouraje sèvitè a plen tan yo pou yo kontinye nan bèl travay y ap fè a.

[Foto nan paj 21]

Pèp Jewova a ere e li pa nan grangou espirityèlman.