Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ap egzekite jijman l sou mechan yo

Jewova ap egzekite jijman l sou mechan yo

Jewova ap egzekite jijman l sou mechan yo

“ Prepare w pou w rankontre ak Bondye w la. ” — AMÒS 4:12.

1, 2. Sa k fè nou kapab gen konfyans Bondye pral met yon fen nan mechanste ?

ÈSKE Jewova ap janm mete yon fen nan mechanste ak nan soufrans ki gen sou tè a ? Nan kòmansman 21yèm syèk la, kesyon sa a pi byen tonbe pase nenpòt ki lè. Sanble kèlkeswa kote nou pase, nou wè klè ki jan lòm mechan ak lòm parèy li. Se pa ti anvi nou anvi wè yon monn kote pa gen ni vyolans, ni teworis, ni koripsyon ankò !

2 Erezman, nou kapab gen yon konfyans total Jewova pral mete yon fen nan mechanste. Kalite Bondye gen lakay li ban nou asirans li pral aji kont mechan yo. Jewova se yon Dye ki dwat e ki jis. Nan Sòm 33:5, Pawòl li di nou : “ Li renmen ladwati e li renmen jistis. ” Gen yon lòt Sòm ki di : “ Kèlkeswa moun ki renmen vyolans, nanm [Jewova] rayi l vrèman. ” ​(Sòm 11:5). Nou mèt sèten, Jewova, Bondye toupisan an, li menm ki renmen ladwati ak jistis, pap tolere bagay li rayi nètale.

3. Ki sa egzamen nou pral fè sou lòt aspè nan pwofesi Amòs la pral fè nou wè ?

3 Ann konsidere yon lòt rezon ki fè nou kapab sèten Jewova ap retire mechanste. Sa yo rapòte li te konn fè nan tan pase yo bay garanti sou sa. Nan liv biblik ki pote non Amòs la, nou jwenn egzanp frapan sou fason Jewova te konn aji ak mechan yo. Etan n ap egzamine lòt aspè nan pwofesi Amòs la, n ap rive wè twa bagay konsènan jijman Bondye. Premyèman, jijman l toujou jistifye. Dezyèmman, pèsonn pa ka evite l. E twazyèmman, jijman l selektif, paske Jewova egzekite jijman l sou moun ki mechan, men li fè moun ki repanti yo, moun ki byen dispoze yo, mizèrikòd. — Women 9:17-26.

Jijman Bondye toujou jistifye

4. Ki kote Jewova te voye Amòs, e poukisa li te voye l la ?

4 Nan epòk Amòs la, nasyon Izrayèl la te gentan divize an de wayòm. Youn se te wayòm Jida a, ki gen de tribi e ki nan sid, e lòt la se te wayòm Izrayèl la, ki gen dis tribi e ki nan nò. Jewova te bay Amòs misyon pou l sèvi kòm pwofèt. Li te mande l pou l kite vil kote l fèt la, nan Jida, pou l al ann Izrayèl. E la, Bondye t apral itilize Amòs pou pwoklame jijman l.

5. Kont ki nasyon Amòs te pwofetize an premye ? Bay yon rezon ki fè yo te merite jijman kondanasyon Bondye.

5 Kòmansman travay Amòs la, se pa t pwononse jijman Jewova sou wayòm Izrayèl la, wayòm rebèl ki nan pati nò a. Men pito, se te anonse jijman kondanasyon Bondye kont sis nasyon ki te toupre l. Nasyon sa yo se : Siri, Filisti, Ti, Edòm, Amòn ak Mowab. Men, èske nasyon sa yo te vrèman merite jijman kondanasyon Bondye ? Wi, yo te merite l ! Youn nan rezon ki fè sa, se paske yo tout te ènmi jire pèp Jewova a.

6. Poukisa Bondye te deside lage kalamite sou peyi Siri, Filisti ak Ti ?

6 Pa egzanp, Jewova te kondane Siryen yo ‘ poutèt yo te bat Gileyad tankou jan yo bat manje angren ’. (Amòs 1:3.) Siryen yo te fè dappiyanp sou kèk tèritwa Gileyad, yon zòn ann Izrayèl ki nan pati lès Rivyè Jouden an, e yo te maspinen pèp Bondye a nan zòn sa a. Ki sa Filisti ak Ti te fè yo menm ? Filisten yo te koupab poutèt yo te mennen Izrayelit yo ann egzil kòm kaptif, e yo te vann yo bay Edomit yo. Te gen kèk Izrayelit ki te tonbe anba yon seri moun ki soti peyi Ti ki te machann esklav (Amòs 1:6, 9). Ou imajine sa : yo vann pèp Bondye a nan esklavaj ! Li pa etonan si Jewova te deside lage kalamite sou Siri, Filisti ak Ti.

7. Ki lyen Edòm, Amòn ak Mowab te genyen ak Izrayèl, men ki jan yo te trete Izrayelit yo ?

7 Edòm, Amòn ak Mowab te gen lyen ak Izrayèl e yo te gen lyen antre yo. Toule twa nasyon sa yo te fanmi ak Izrayelit yo. Edomit yo se te desandan Abraram pa mwayen Ezayi, frè jimo Jakòb la. Nan yon sans, yo te frè Izrayèl. Amonit yo ak Mowabit yo se te desandan Lòt, neve Abraram. Sepandan, èske Edòm, Amòn ak Mowab te trete Izrayelit yo tankou frè ? Okontrè ! Edòm te sèvi ak epe kont “ pwòp frè l ” san l pa gen okenn pitye, e Amonit yo te sadik nan fason yo te trete Izrayelit ki te kaptif yo (Amòs 1:11, 13). Menmsi Amòs pa t pale dirèkteman de move tretman Mowab te fè pèp Bondye a sibi, depi lontan Mowabit yo te toujou kont Izrayèl. Pinisyon pou twa nasyon sa yo ki fanmi t apral rèd anpil. Jewova t ap voye yon destriksyon tèrib sou yo.

Pèsonn pa ka chape anba jijman Bondye

8. Poukisa sis nasyon ki te toupre Izrayèl yo pa t ka chape anba jijman Bondye ?

8 Nou pa bezwen mande si sis nasyon Amòs te pwofetize kont yo an premye yo te merite sibi jijman Bondye. Mete sou sa, pa t gen okenn fason yo te ka evite jijman sa a. Soti nan Amòs chapit 1 vèsè 3 rive nan chapit 2 vèsè 1, gen yon pawòl Jewova di sis fwa : “ Mwen pap fè l retounen. ” Efektivman, li te kenbe pawòl li, li pa t retounen sou desizyon l pran pou l egzekite jijman l sou nasyon sa yo. Istwa pwouve efektivman chak nasyon sa yo te vin sibi gwo kalamite annapre. Se sa k fè, omwen kat ladan yo, tankou Filisti, Mowab, Amòn ak Edòm, sispann egziste antanke pèp.

9. Ki sa moun k ap viv Jida yo te merite, e poukisa ?

9 Apre sa, pwofesi Amòs la konsantre l sou yon setyèm nasyon : se nasyon Jida a, kote Amòs moun nan. Moun nan wayòm nò a ki t ap koute Amòs yo ta kapab sezi tande Amòs k ap pwoklame jijman kont wayòm Jida a. Poukisa moun k ap viv Jida yo te merite yon jijman kondanasyon ? Amòs 2:4 di : “ Poutèt yo rejte lwa Jewova a. ” Yo te meprize lwa Jewova volontèman, e Jewova pa t pran sa alalejè. Selon Amòs 2:5, men ki sa l predi : “ M ap voye yon dife anndan Jida, e li dwe devore tou d abitasyon Jerizalèm yo. ”

10. Sa k fè Jida pa t ka chape anba malediksyon ?

10 Jida, nasyon enfidèl sa a, pa t ap kapab chape anba malediksyon ki t ap vin sou li a. Sa fè setyèm fwa Jewova di : “ Mwen pap fè l retounen. ” ​(Amòs 2:4). Jida te resevwa pinisyon yo te predi a, lè Babilonyen yo te ratibwaze l an 607 anvan epòk nou an. Yon lòt fwa ankò nou rann nou kont, mechan pa ka chape anba jijman Bondye.

11-13. Kont ki nasyon prensipalman Amòs te pwofetize, e ki fason moun te konn toupizi moun nan peyi sa a ?

11 Pwofèt Amòs fèk fin pwononse jijman Jewova sou sèt nasyon. Sepandan, si yon moun ta panse Amòs fini ak pwofesi l la, li nan erè. Amòs potko prèt pou l fini ! Prensipalman, Amòs te resevwa misyon pou l deklare yon mesaj ki gen yon jijman sevè ladan l kont Izrayèl, wayòm ki nan nò a. E Izrayèl te merite jijman kondanasyon Bondye, paske nasyon an te depafini nan domèn moral ak nan domèn espirityèl.

12 Pwofesi Amòs la te denonse jan toupizi moun se te yon bagay ki kouran nan wayòm Izrayèl la. Nan sans sa a, men sa nou li nan Amòs 2:6, 7 : “ Men sa Jewova di : ‘ Akoz twa revòl Izrayèl fè, e akoz kat, mwen pap fè l retounen, poutèt yo vann yon moun ki jis senpleman pou lajan, e yon moun ki malere pou pri yon pè sandal. Souf yo anlè pou yo ta wè pousyè tè sou tèt piti yo, e chemen moun ki enb yo, yo detounen l. ’ ”

13 Yo vann moun ki jis yo “ senpleman pou lajan ”, sa vle di petèt jij yo te konn aksepte pran lajan anba anba nan men moun pou yo ka kondane inosan. Moun k ap bay ponya yo te konn vann malere nan esklavaj pou pri “ yon pè sandal ”, petèt akoz yon ti dèt. Mesye san pitye yo la, “ souf yo anlè ”, y ap veye pou yo fè “ piti yo ” tonbe nan yon eta ki ba, yon fason pou pòv sa yo ta lage pousyè sou pwòp tèt yo, sa ki vle di yo nan detrès, yo nan dèy oswa yo nan imilyasyon. Koripsyon te tèlman ap vale teren, sa fè “ moun ki enb yo ” pa t gen okenn espwa pou yo jwenn jistis.

14. Ki jan de moun yo te konn maltrete nan wayòm dis tribi Izrayèl la ?

14 Remake ki moun yo t ap maltrete. Se moun ki jis, moun ki malere, piti yo ak moun ki enb k ap viv nan peyi a. Alyans lalwa Jewova te fè avèk Izrayèl la te mande pou yo montre konpasyon pou moun ki pa gen pwoteksyon ak moun ki nan bezwen. Sepandan, kondisyon moun sa yo nan dis tribi wayòm Izrayèl la pa t ka pi mal pase sa.

“ Prepare w pou w rankontre ak Bondye w la ”

15, 16. a) Poukisa yo te bay Izrayelit yo avètisman : “ Prepare w pou w rankontre ak Bondye w la ” ? b) Ki jan Amòs 9:1, 2 montre li enposib pou mechan yo chape anba jijman Bondye ? c) Ki sa k te rive wayòm dis tribi Izrayèl la nan ane 740 anvan epòk nou an ?

15 Piske imoralite ak lòt peche ankò te gaye toupatou ann Izrayèl, Amòs te gen bonjan rezon pou l bay nasyon rebèl sa a avètisman sa a : “ Prepare w pou w rankontre ak Bondye w la. ” ​(Amòs 4:12). Izrayelit enfidèl yo pa t ka chape anba jijman Bondye k ap rive sou yo a, paske Bondye deklare pou yon uityèm fwa : “ Mwen pap fè l retounen. ” ​(Amòs 2:6). E konsènan Izrayelit mechan ki t ap eseye kache yo, men sa Bondye di : “ Nanpwen youn ladan yo k ap chèche sove ki pral rive chape. Nanpwen youn ki chape k ap rive sove vre. Si yo plonje desann nan cheyòl, kote yo ye a pwòp men m ap pran yo. E si yo monte al nan syèl, kote yo ye a m ap fè yo desann. ” — Amòs 9:1, 2.

16 Moun ki mechan yo pa t ka chape anba jijman Jewova a menm lè yo plonje “ desann nan cheyòl ”. Nan sans senbolik, sa vle di se kache y ap eseye kache nan pati ki pi fon anba tè a. Yo pa t kapab chape nonplis anba jijman Bondye lè yo monte “ wo nan syèl la ”, sa vle di lè yo eseye jwenn refij sou tèt mòn ki byen wo yo. Avètisman Jewova a klè : pa gen kote yo kache pou l pa jwenn yo. Prensip jistis Bondye yo egzije pou wayòm Izrayèl la te rann kont pou zak mechanste l te komèt yo. E moman sa a te rive vre. An 740 anvan epòk nou an, anviwon 60 an apre Amòs te bay pwofesi l la, wayòm Izrayèl la te tonbe anba men Asiryen yo.

Jijman Bondye se yon jijman ki selektif

17, 18. Ki sa Amòs chapit 9 montre konsènan mizèrikòd Bondye gen lakay li ?

17 Jan pwofesi Amòs la ede nou wè sa, jijman Bondye yo toujou jistifye e pèsonn pa ka chape anba yo. Men, liv Amòs la montre tou se moun ki merite sa sèlman ki sibi jijman Jewova. Bondye ka jwenn mechan an kèlkeswa kote l kache a pou l egzekite jijman l sou li. Menm jan an tou, l ap kapab jwenn moun ki repanti yo, moun ki jis yo, epi l ap fè yo mizèrikòd. Pwen sa a parèt yon fason estrawòdinè nan dènye chapit liv Amòs la.

18 Selon Amòs chapit 9 vèsè 8, men sa Jewova di : “ Mwen pap elimine mezon Jakòb la nèt. ” Tankou sa parèt nan vèsè 13 rive nan vèsè 15 lan, Jewova te pwomèt pou l ‘ fè moun ki kaptif pami pèp li a retounen ’. Li pral fè yo mizèrikòd, yo pral viv an sekirite e yo pral pwospere. Men lòt pwomès Jewova fè : “ Moun k ap laboure a ap rankontre ak moun k ap rekòlte a. ” Ou imajine sa, rekòt la ap sitèlman anpil, letan pou yo fin rekòlte, tan pou laboure a ak tan pou simen an ap gentan rive sou yo !

19. Ki sa k te rive yon rès moun peyi Izrayèl ak peyi Jida ?

19 Selon sa nou konstate, se moun ki mechan sèlman ki te sibi jijman Jewova te egzekite ni sou Jida ni sou Izrayèl, epi moun ki te repanti yo, moun ki te nan dispozisyon kòrèk yo, li te fè yo mizèrikòd. Jan pwofesi Amòs la pale de yon restorasyon nan chapit 9 la, efektivman, gen yon rès moun peyi Izrayèl ak peyi Jida ki repanti e ki te retounen sot nan kaptivite nan Babilòn an 537 anvan epòk nou an. Lè yo retounen nan peyi yo, peyi yo renmen an, yo te remete vrè adorasyon an sou pye ankò. Yo rebati kay yo tou, yo plante pye rezen e yo fè jaden yo, an sekirite.

Jijman Jewova kont mechan yo ap egzekite kanmenm !

20. Lè nou egzamine mesaj jijman Amòs t ap pwoklame a, ki asirans sa ta dwe ban nou ?

20 Lè nou egzamine mesaj jijman Bondye Amòs te pwoklame a, sa ta dwe ban nou asirans Jewova ap mete yon fen nan mechanste ki gen nan epòk nou an. Poukisa nou kapab kwè sa ? Premyèman, egzanp sa yo, kote Jewova te konn regle ak mechan yo nan tan lontan, montre nou ki jan li pral aji nan epòk pa nou an tou. Dezyèmman, jijman Bondye te egzekite sou wayòm aposta Izrayèl la fè nou kwè toutbon Bondye pral detwi lakretyente, pati ki pi mal nan “ Gran Babilòn ”, anpi inivèsèl fo relijyon an. — Revelasyon 18:2.

21. Poukisa lakretyente merite sibi jijman Bondye ?

21 Pa gen okenn dout sou sa, lakretyente merite sibi jijman kondanasyon Bondye. Kondisyon deplorab lakretyente twouve l la, kit se nan domèn relijye, kit se nan domèn moral, se yon bagay ki vizib pou tout moun. Lakretyente, ansanm ak tout rès monn Satan an, merite sibi jijman Jewova. Mete sou sa, pèsonn pa ka chape anba jijman sa a, paske lè Jewova ap vin egzekite jijman l, pawòl Amòs nou jwenn nan chapit 9 vèsè 1 an pral jwenn akonplisman l. Men ki sa l di : “ Nanpwen youn ladan yo k ap chèche sove ki pral rive chape. Nanpwen youn ki chape k ap rive sove vre. ” Wi, kèlkeswa kote mechan yo kache, Jewova ap jwenn yo.

22. Anrapò ak jijman Bondye, ki pwen 2 Tesalonisyen 1:6-8 fè parèt klè ?

22 Jijman Bondye toujou jistifye, pèsonn pa ka chape anba l, epi se moun ki merite l sèlman ki viktim. Sa parèt klè nan pawòl sa a apot Pòl te di : “ Li jis nan je Bondye pou l fè moun ki t ap fè nou pase anba tribilasyon yo sibi tribilasyon tou, men, nou menm k ap sibi tribilasyon, n ap jwenn soulajman avèk nou nan moman revelasyon Seyè Jezi nan syèl la avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife, pou l fè vanjans lan vini sou moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an. ” ​(2 Tesalonisyen 1:6-8). Moun k ap fè kretyen wen yo pase anba tribilasyon yo, ‘ nan je Bondye, li jis ’ pou l fè yo sibi jijman kondanasyon li paske yo merite sa. Yo pap ka chape anba jijman sa a, paske moun ki mechan yo pap sove jou “ revelasyon Seyè Jezi nan syèl la avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife ”. Epitou, se moun ki merite sa sèlman k ap sibi jijman Bondye, piske se ‘ sou moun ki pa konnen Bondye e se sou moun ki pa obeyi bon nouvèl ’ la Jezi pral fè vanjans. E moun ki gen atachman pou Bondye k ap sibi tribilasyon yo pral jwenn soulajman lè Bondye egzekite jijman sa a.

Gen espwa pou moun ki jis yo

23. Ki espwa e ki soulajman nou jwenn nan liv Amòs la ?

23 Pwofesi Amòs la gen yon bèl mesaj espwa, yon mesaj ki pote soulajman, pou moun ki nan dispozisyon kòrèk yo. Jan liv Amòs la te predi sa, Jewova pa t detwi ansyen pèp li a konplètman. Rive yon lè, moun peyi Izrayèl ak peyi Jida ki te kaptif yo, Jewova te fè yo retounen nan peyi yo, e li te beni yo, li te ba yo sekirite ak pwosperite. Ki siyifikasyon bagay sa yo genyen pou nou jodi a ? Sa ban nou asirans, lè Jewova ap egzekite jijman l, kèlkeswa kote mechan yo kache, Jewova ap jwenn yo, e kèlkeswa kote moun li estime ki merite mizèrikòd yo ap viv sou tè a, l ap epaye yo.

24. Ki benediksyon sèvitè Jewova yo jwenn jodi a ?

24 Pandan n ap tann moman pou Jewova vin egzekite jijman l sou mechan yo, nou menm k ap sèvi Jewova fidèlman, nan ki sitiyasyon nou twouve nou ? Ebyen, Jewova vide benediksyon sou nou, li fè nou jwenn yon kokenn pwosperite nan domèn espirityèl. Adorasyon n ap bay Jewova a pa gen ni manti ni defòmasyon ki soti nan fo ansèyman kretyente a. Anplis, Jewova ban nou manje espirityèl ann abondans. Men, nou dwe sonje tout benediksyon sa yo Jewova ban nou fè nou gen gwo responsablite. Bondye vle nou avèti lòt moun konsènan jijman ki gen pou vini an. Dezi pa nou se fè tout sa nou kapab pou nou jwenn moun ki nan “ dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ”. (Travay 13:48.) Wi, dezi pa nou se pou nou ede plis moun nou kapab pou yo vin jwi pwosperite espirityèl nou genyen depi kounye a. E anplis, nou ta renmen yo chape lè Bondye vin egzekite jijman l sou mechan yo, yon evènman ki pa twò lwen. Natirèlman, pou nou jwenn benediksyon sa yo, kè nou dwe nan bon kondisyon pou sa. Pwofesi Amòs la souliye pwen sa a tou, tankou nou pral wè sa nan atik ki vin apre a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan pwofesi Amòs la montre jijman kondanasyon Jewova yo toujou jistifye ?

• Ki prèv Amòs bay ki montre pèsonn pa ka chape anba jijman Bondye ?

• Ki jan liv Amòs la montre jijman Bondye se yon jijman ki selektif ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12, 13]

Wayòm Izrayèl la pa t chape anba jijman Bondye.

[Foto nan paj 14]

Nan ane 537 anvan epòk nou an, gen yon rès moun peyi Izrayèl ak peyi Jida ki te retounen sot nan kaptivite nan Babilòn.