Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe yon pwennvi ekilibre nan itilize bwason ki gen alkòl

Kenbe yon pwennvi ekilibre nan itilize bwason ki gen alkòl

Kenbe yon pwennvi ekilibre nan itilize bwason ki gen alkòl

“ Diven se yon mokè, bwason ki eksitan se bagay ki fè kabouya, e yon moun ki kite sa egare l, li pa saj. ” — PWOVÈB 20:1.

1. Ki jan salmis lan te eksprime rekonesans li pou kèk nan bon kado ki soti nan men Jewova ?

MEN sa disip Jak te ekri : “ Tout bèl don ak tout kado ki bon nèt sot anlè, paske li desann sot nan Papa limyè yo ki nan syèl la. ” ​(Jak 1:17). Rekonesans salmis lan pou tout kalite bon kado Bondye bay yo te pouse l chante pawòl sa a : “ Li fè zèb vèt pouse pou bèt yo, e li fè vejetasyon pou sèvis lèzòm, pou fè manje sot nan tè a, ak diven ki fè kè lòm mòtèl kontan, pou fè figi l briye ak luil, ak pen ki soutni kè lòm mòtèl. ” ​(Sòm 104:14, 15). Menm jan ni vejetasyon ni pen ni luil se bon kado ki sot nan men Bondye, se parèy pou diven ak lòt bwason ki gen alkòl. Ki jan nou dwe itilize yo ?

2. Ki kesyon nou pral egzamine anrapò ak bwason ki gen alkòl ?

2 Yon bèl kado se yon bagay ki bon sèlman lè w itilize l yon fason ki kòrèk. Pa egzanp, siwo myèl “ bon ”, men “ bwè twòp siwo myèl pa bon ”. (Pwovèb 24:13 ; 25:27.) Menm jan an tou, bwè “ yon ti diven ” se bagay ki agreyab, men plede bwè se yon pwoblèm grav (1 Timote 5:23). Men avètisman Bib la ban nou : “ Diven se yon mokè, bwason ki eksitan se bagay ki fè kabouya, e yon moun ki kite sa egare l, li pa saj. ” ​(Pwovèb 20:1). Men, sa sa vle di : kite bwason ki gen alkòl egare nou * ? Ki kantite nou kapab di ki twòp ? Nan itilize bwason ki gen alkòl, ki pwennvi ki ekilibre ?

Bwason ki gen alkòl kapab “ egare ” nou : ki jan ?

3, 4. a) Ki sa ki montre Bib la kondane lè yon moun ap bwè nan pwen pou l sou ? b) Site kèk sentòm ki montre lè yon moun sou ?

3 Lontan ann Izrayèl, yon pitit gason ki te glouton oswa ki te yon bwasonyè ki pa repanti, yo te konn lapide l (Detewonòm 21:18-21). E pou kretyen yo, men konsèy apot Pòl te ba yo : “ Sispann frekante nenpòt moun ki di li se frè, men ki fònikatè, oubyen ki afre, oubyen ki adoratè zidòl, oubyen k ap joure [moun], oubyen ki bwasonyè, oubyen ki dechèpiyè, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa. ” Li klè, Labib kondane zafè pou yon moun bwè jiskaske l sou. — 1 Korentyen 5:11 ; 6:9, 10.

4 Labib bay sentòm moun ki sou yo, li di : “ Pa gade diven an lè li parèt wouj, lè l ap fè ti boul nan vè a, lè l ap glise byen swa. Nan fen l, li mòde tankou yon sèpan, e li enjekte pwazon tankou yon vipè. Je w ap wè bagay etranj, e kè w ap fè w pale bagay pèvèti. ” ​(Pwovèb 23:31-33). Eksè nan bwè mòde tankou yon sèpan ki anpwazonnen, li kapab fè moun malad, li kapab bay pwoblèm mantal e li kapab menm fè moun pèdi konesans. Yon bwasonyè kapab wè “ bagay etranj ”, se kòmsi moun nan ap reve je klè. Moun nan kapab ap plede di vye pawòl, li ka pa jennen fè vye jès, bagay li rive metrize lè l nan nòmal li.

5. Nan ki sans eksè nan bwè se yon bagay ki danjere ?

5 Èske sa mal si yon moun ap plede bwè, men moun pa janm wè l sou ? Gen moun menmsi yo bwè anpil se apèn si moun ap remake sa. Sepandan, yon moun ki panse pratik sa a se pa yon pratik ki mal, se yon moun k ap twonpe tèt li (Jeremi 17:9). Tikras pa tikras, yon moun kapab vin abitye tèt li ak bwason ki gen alkòl e moun sa a ka vin “ esklav anpil diven ”. (Tit 2:3.) Pou sa ki konsène fason yon moun ka vin tounen yon bwasonyè, men sa Caroline Knapp, yon ekriven, di : “ Sa kòmanse dousman, tikras pa tikras, anba anba ”. Se pa ti danje ki genyen nan plede bwè bwason ki gen alkòl !

6. Poukisa yon moun dwe evite ni bwè twòp ni manje twòp ?

6 Annou konsidere tou avètisman Jezi te bay lè li te di : “ Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a. ” ​(Lik 21:34, 35). Yon moun pa bezwen rive nan yon pwen kote li bwè pou l sou. Depi anvan sa, li kapab santi li vin lou e li anvi kabicha fizikman e menm espirityèlman. Ki sa k ap rive l si jou Jewova a ta vin jwenn li nan yon eta konsa ?

Kote plede bwè twòp kapab mennen yon moun

7. Poukisa plede bwè bwason ki gen alkòl pa mache ak sa ki di nan 2 Korentyen 7:1 ?

7 Lè yon moun mal itilize bwason ki gen alkòl, sa gen anpil danje ladan l ni nan domèn espirityèl ni nan domèn fizik. Pami maladi ki genyen nan bwè twòp nou jwenn siwoz fwa, epatit moun pran nan bwè gwòg, dezòd ki gen nan selil sèvo nou tankou delirium tremens [maladi ki fè moun nan depale, ki fè l gen latranblad]. Yon moun ki kontinye mal itilize bwason ki gen alkòl kapab fè kansè, li kapab fè maladi sik ak kèk maladi kè oswa maladi lestomak. Yon moun ki mal itilize bwason ki gen alkòl pa viv ann amoni ak direktiv klè nou jwenn nan Bib la ki di : “ Annou pirifye tèt nou anba tout salte lachè ak lespri, pou nou rive vin konplè nèt nan sentete, nan lakrent pou Bondye. ” — 2 Korentyen 7:1.

8. Ann amoni ak Pwovèb 23:20, 21, ki sa k ap rive yon moun k ap plede bwè ?

8 Nan plede bwè bwason ki gen alkòl nou kapab fè depans initil e nou kapab menm pèdi travay nou. Salomon, yon nonm ki te wa nan tan lontan ann Izrayèl, te bay avètisman sa a : “ Pinga w al nan mitan moun ki bwè anpil diven, ni nan mitan moun ki glouton lè y ap manje vyann. ” Poukisa ? Men esplikasyon li te bay : “ Paske yon bwasonyè ak yon moun ki glouton ap tonbe nan povrete, e toujou gen dòmi nan je ap fè yon moun abiye ak ranyon. ” — Pwovèb 23:20, 21.

9. Poukisa li pa saj pou yon moun bwè bwason ki gen alkòl lè l pral kondui ?

9 Liv The Encyclopedia of Alcoholism pale de yon lòt danje, li di : “ Etid ki fèt yo montre bwason ki gen alkòl diminye kapasite yon moun k ap kondui genyen, tankou tan pou l reyaji, ladrès li, atansyon li dwe genyen, sa twouble vizyon l ansanm ak bon jijman l. ” Lè moun ki bwè ap kondui, sa gen anpil konsekans grav. Ozetazini sèlman, chak ane, moun ki kondui machin lè yo bwè lakòz aksidan ki touye plizyè dizèn milye moun e ki blese plizyè santèn milye lòt. Se jèn yo patikilyèman ki pi touche paske yo pa gen eksperyans ni nan kondui, ni nan bwè. Èske yon chofè k ap kondui apre l fin bwè kapab di li se yon moun ki respekte lavi, yon kado ki soti nan men Jewova Dye (Sòm 36:9) ? Nan objektif pou nou respekte karaktè sakre lavi genyen, li pi bon pou yon moun pa bwè ditou lè li pral kondui.

10. Ki jan alkòl kapab afekte sèvo nou, e poukisa se yon bagay ki danjere ?

10 Lè nou pa gen moderasyon nan bwè, sa fè ditò nonsèlman nan domèn fizik, men tou nan domèn espirityèl. Labib di : “ Diven ansanm ak diven dous se bagay ki wete bon mobil. ” ​(Ocheya 4:11). Bwason ki gen alkòl gen efè sou sèvo a. Dapre U.S. National Institute on Drug Abuse “ Lè yon moun bwè, alkòl la pase nan sistèm dijestif li pou l rive nan san an epi li rive nan sèvo a rapidman. Li kòmanse ralanti pati nan sèvo a ki kontwole panse ak santiman. Moun nan vin pa twò kapab kontwole tèt li. ” Nan yon sitiyasyon konsa, li fasil pou nou vin ‘ egare ’, nou ka vin pran twòp libète nan relasyon ak lòt moun e li vin fasil pou nou pran nan anpil tantasyon. — Pwovèb 20:1.

11, 12. Ki dega espirityèl sa ka koze lefètke yon moun pa modere nan fason l ap itilize bwason ki gen alkòl ?

11 Anplis de sa, men sa Bib la di : “ Kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè, fè tout bagay pou glwa Bondye. ” ​(1 Korentyen 10:31). Èske lè nou bwè yon pakèt bwason ki gen alkòl sa bay Bondye glwa ? Pa gen yon kretyen ki ta renmen vin gen repitasyon moun ki bwasonyè. Yon repitasyon konsa ap jete opwòb sou non Jewova, sa pap glorifye l.

12 Ki sa k ka rive si yon kretyen ki manke moderasyon nan zafè bwason ta fè yon kwayan parèy li trebiche, yon nouvo disip pa egzanp (Women 14:21) ? Men ki avètisman Jezi te bay : “ Nenpòt moun ki fè youn nan ti piti sa yo ki gen fwa nan mwen trebiche, li t ap pi bon pou moun sa a pou yo mare yon mèl nan kou l, tankou sa yon bourik ap vire, epi pou yo koule l nan fon lanmè. ” ​(Matye 18:6). Yon moun ki bwè twòp kapab pèdi privilèj nan kongregasyon an tou (1 Timote 3:1-3, 8). Yon lòt gwo pwoblèm ki genyen sèke plede bwè bwason ki gen alkòl kapab kreye gwo hinghang nan yon fanmi.

Evite danje yo : ki jan ?

13. Ki sa ki esansyèl pou fè yon moun pa bwè depase ?

13 Yon kle k ap pèmèt nou evite danje ki genyen nan plede bwè bwason ki gen alkòl, se lè nou konnen kote moderasyon fini e ki kote eksè kòmanse. Kiyès ki kapab detèmine limit sa a pou nou ? Piske gen anpil aspè ki antre nan koze a, sa fè pa gen yon règ strik ki pou di men ki lè yon moun bwè twòp. Se chak kretyen ki pou konn limit li epi pou l respekte limit sa a. Ki sa k ap ede w konnen ki kantite bwason ki gen alkòl ki twòp pou ou ? Èske gen yon prensip ki kapab gide nou ?

14. Ki prensip pou nou suiv k ap ede nou konnen kote moderasyon fini ak kote eksè kòmanse ?

14 Labib di : “ Konsève sajès pratik ak kapasite pou reflechi, e y ap vin lavi pou nanm ou, e y ap tounen yon bèl kolye nan kou w. ” ​(Pwovèb 3:21, 22). Konsa, men prensip pou nou suiv : kèlkeswa kantite bwason ki gen alkòl ki bwouye bon jijman w oswa kèlkeswa kantite bwason ki gen alkòl ki diminye kapasite pou w reflechi, se yon kantite ki twòp pou ou. Men nou dwe onèt ak tèt nou pou nou rekonèt limit pa nou.

15. Ki lè bwè menm yon ti kou kapab yon eksè ?

15 Gen kèk ka kote menm bwè yon ti kou se deja yon eksè. Lè nou konnen danje sa genyen pou tibebe ki nan vant, yon fi ki ansent gendwa chwazi pa bwè pandan tout gwosès la. Yon lòt bò, èske li pa janti pou nou pa ta bwè devan yon moun nou konnen ki gen pwoblèm avèk bwason ki gen alkòl oswa devan moun nou konnen konsyans li pa pèmèt li bwè ? Men sa Jewova te mande prèt ki t ap sèvi nan tabènak la : “ Pa bwè diven oswa bwason ki eksitan [...] lè n ap antre nan tant reyinyon an, pou nou pa mouri. ” ​(Levitik 10:8, 9). Pou rezon sa a, evite bwè bwason ki gen alkòl jis anvan n al nan reyinyon, lè nou pral nan predikasyon ak lè n ap ranpli lòt responsablite espirityèl. Anplis de sa, nan peyi kote lalwa entèdi moun bwè alkòl oswa yo rezève l pou moun ki gen yon sèten laj, nou dwe respekte lwa peyi a. — Women 13:1.

16. Ki sa pou w fè lè w gen bwason ki gen alkòl devan w ?

16 Lè yo ba w bwason ki gen alkòl, oubyen devan w gen bwason ki gen alkòl, premye kesyon pou w poze tèt ou se : ‘ Èske m dwe bwè ? ’ Si w deside bwè, ou dwe konnen limit ou klè, epi pa depase l. Pa kite yon moun ospitalye ki renmen bay enfliyanse w. Pran prekosyon kote y ap sèvi bwason san gade dèyè nan yon seri evènman tankou nan resepsyon maryaj. Gen kèk kote yo pa entèdi timoun pran bwason ki gen alkòl. Se responsablite paran yo pou enstwi pitit yo konsènan fason pou yo itilize bwason ki gen alkòl. E se responsablite yo pou yo veye sou yo nan domèn sa a. — Pwovèb 22:6.

Ou kapab jere pwoblèm nan

17. Ki sa k kapab ede w disène si w gen pwoblèm bwè depase limit ?

17 Èske w gen pwoblèm nan fason w itilize diven oswa bwason ki ka fè moun sou ? Pa gen dout sou sa, si plede bwè vin tounen yon peche kache pou ou, towouta w ap peye konsekans lan. Pakonsekan, pran yon ti tan pou w analize tèt ou onètman. Mande tèt ou : ‘ Èske m bwè pi souvan pase lontan ? Èske bwason m ap bwè yo vin gen plis alkòl ? Èske m bwè bwason ki gen alkòl pou m evite sousi, pwoblèm oswa strès ? Èske gen manm fanmi m oswa bon zanmi m sa bay pwoblèm ? Èske bwè m ap bwè a lakòz pwoblèm anndan fanmi m ? Èske m santi l difisil pou m pa bwè bwason ki gen alkòl pandan yon semèn, yon mwa oswa pandan plizyè mwa ? Èske m kache lòt moun kantite diven oswa bwason ki gen alkòl mwen bwè ? ’ E si repons kèk nan kesyon sa yo se wi ? Pa fè tankou yon moun ki ‘ gade figi li nan yon glas epi lamenm li bliye ki kalite moun li ye ’. (Jak 1:22-24.) Pran yon seri mezi pou w korije pwoblèm nan. Ki sa w ka fè ?

18, 19. Ki jan w kapab sispann fè eksè nan itilize bwason ki gen alkòl ?

18 Men egzòtasyon apot Pòl te bay kretyen yo : “ Pa bwè diven pou nou sou, se debòch ki gen nan sa, men kontinye chèche ranpli nou ak lespri. ” ​(Efezyen 5:18). Detèmine ki kantite bwason ki gen alkòl ki twòp pou ou epi fikse yon limit apwopriye. Pran rezolisyon pou w pa depase limit. Travay pou w metrize w nan domèn nan (Galat 5:22, 23). Èske w gen zanmi ki konn fòse w fè eksè ? Veye kò w avè yo. Paske men sa Labib di : “ Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki san konprann ap tonbe nan pwoblèm. ” — Pwovèb 13:20.

19 Si se kouri pou pwoblèm ki fè w lage kò w nan bwè, pito w afwonte pwoblèm nan dirèkteman. Nou kapab rezoud pwoblèm yo lè nou aplike konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Sòm 119:105). Pa ezite chèche èd nan men yon ansyen ou alèz avè l. Pwofite tout dispozisyon Jewova pran pou bati nou espirityèlman. Ranfòse relasyon nou avèk Bondye. Priye l regilyèman sitou pou feblès nou genyen yo. Mande Bondye pou l ‘ rafine ren w yo, pou l rafine kè w .’ ​(Sòm 26:2). Jan nou te pale de sa nan atik ki anvan an, se pou w fè tout sa w kapab pou w kontinye mache nan chemen entegrite a.

20. Ki mezi ou ta dwe pran pou w kapab jere abitid bwè twòp la ?

20 Ki sa pou w fè si malgre tout efò w fè pwoblèm bwè twòp la pèsiste ? Nan ka sa a, ou dwe suiv konsèy Jezi te bay la, li te di : “ E si jamè men w fè w trebiche, koupe l jete. Li pi bon pou ou pou w antre nan lavi a domaje olye pou w ale, avèk de men, nan jeyèn. ” ​(Mak 9:43). Repons lan se : Pa bwè ditou. Se sa yon dam n ap rele Irene te pran rezolisyon pou l fè. Men sa l te di : “ Apre prèske dezan edmi m te fè san m pa bwè, mwen te panse si m fè yon ti bwè jis yon fwa pa t ap gen twòp pwoblèm. Se jis pou m te wè kote m ye. Men osito m kòmanse panse konsa, mwen kouri priye Jewova sou sa. Mwen detèmine pou m pa bwè bwason ki gen alkòl ankò pou jis mwen rive nan nouvo sistèm nan e petèt menm nan nouvo sistèm nan mwen pap bwè. ” Pa bwè ditou ditou se pa yon bagay ki twòp pou yon moun fè pou l kapab viv nan monn nouvo jis Bondye a. — 2 Pyè 3: 13.

“ Kouri yon fason pou n ka genyen l. ”

21, 22. Ki obstak ki kapab anpeche nou fini kous pou lavi a, e ki jan nou kapab evite obstak sa a ?

21 Pandan apot Pòl t ap konpare pakou lavi kretyen an ak yon kous, men sa l te di : “ Èske nou pa konnen, nan yon kous, tout moun ki ladan l ap kouri, men se yon sèl k ap resevwa pri a ? Kouri yon fason pou n ka genyen l. Mete sou sa, tout moun ki nan yon konpetisyon montre yo gen metriz nan tout bagay. Men natirèlman, yo fè sa pou yo ka gen yon kouwòn ki ka depafini, tandiske nou menm nou fè sa pou youn ki pa ka depafini. Donk men ki fason m ap kouri : mwen pap kouri san m pa konn kote m prale ; men ki fason m ap voye kou mwen yo : m ap voye yo de fason pou se pa lè m ap bat. Mwen boure kò m ak kou e mwen mennen l tankou yon esklav, konsa, lè m fin preche lòt yo, mwen pap vini mwen menm yon moun ki dezapwouve yon fason oswa yon lòt. ” — 1 Korentyen 9:24-27.

22 Se sèlman moun ki fini kous la avèk siksè ki jwenn pri a. Nan kous pou lavi a, plede bwè bwason ki gen alkòl kapab anpeche nou fini kous la. Nou dwe gen metriz. Pou nou kouri avèk konfyans, sa mande pou nou pa lage kò nou nan fè “ eksè nan bwè diven ”. (1 Pyè 4:3.) Okontrè, nou bezwen gen metriz nan tout bagay. Fas ak kesyon bwè bwason ki gen alkòl, li saj pou nou “ rejte bagay ki vyole respè pou Bondye, pou nou rejte move dezi monn nan epi pou nou viv avèk bonsans ak jistis epi ak atachman pou Bondye ”. — Tit 2:12.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Lè nou pale de “ bwason ki gen alkòl ” nan atik sa a, nou vle pale de byè, diven ansanm ak tout lòt kalite bwason ki gen alkòl.

Èske nou sonje ?

• Ki sa plede bwè bwason ki gen alkòl ye ?

• Ki move konsekans ki genyen lè nou bwè depase limit ?

• Ki jan nou kapab evite danje ki genyen nan plede bwè ?

• Ki jan nou kapab jere abitid bwè bwason ki gen alkòl la 

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Diven “ fè kè lòm mòtèl kontan ”.

[Foto nan paj 29]

Nou chak dwe konn limit nou e nou dwe rete anndan l.

[Foto nan paj 30]

Fikse davans ki kantite w ka bwè.

[Foto nan paj 31]

Priye Jewova regilyèman sou feblès ou yo.

[Foto nan paj 32]

Paran yo gen responsablite pou yo enstwi pitit yo sou kesyon bwè bwason ki gen alkòl.