Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye mache nan chemen entegrite a

Kontinye mache nan chemen entegrite a

Kontinye mache nan chemen entegrite a

“ Kanta pou mwen, m ap mache nan entegrite m. ” — SÒM 26:11.

1, 2. a) Poukisa entegrite moun se yon pati enpòtan nan kesyon souvrènte Bondye a ? b) Ki jan kreyati ki entèlijan yo kapab montre y ap soutni souvrènte Jewova ?

LÈ SATAN te rebele nan jaden Edenn nan, li te soulve yon kesyon ki gen yon enpòtans inivèsèl, kesyon ki konsène dwa Bondye genyen pou l egzèse otorite l antanke souvren sou tout kreyati l yo. Apre sa, li te pretann moun ap sèvi Bondye toutotan yo jwenn avantaj nan sa (Jòb 1:9-11 ; 2:4). Konsa, entegrite lòm vin yon aspè enpòtan nan kesyon souvrènte inivèsèl Jewova a.

2 Menmsi souvrènte Bondye pa depann de entegrite kreyati l yo, ni lèzòm ni pitit espirityèl Bondye yo kapab demontre ki kote yo kanpe parapò ak kesyon sa a. Ki jan ? Lè yo chwazi swa pou yo suiv chemen entegrite a, swa pou yo pa suiv li. Sa vle di entegrite yon moun se yon baz solid pou yo jije l.

3. a) Ki bagay Jòb ak David te vle pou Jewova ni egzamine ni jije ? b) Ki kesyon ki poze konsènan entegrite ?

3 Jòb te di avèk konfyans : “ [Jewova] ap peze m sou yon balans ki egzak. E l ap vin konnen entegrite m. ” ​(Jòb 31:6). Lè David ki te wa Izrayèl nan tan lontan te fè priyè sa a, “ Jije m, o Jewova, paske mwen menm mwen mache nan entegrite m, e nan Jewova mwen mete konfyans mwen, pou m pa ebranle ”, se entegrite l li te mande Jewova egzamine (Sòm 26:1). Vrèman se yon bagay ki esansyèl pou nou menm tou nou mache nan chemen entegrite a. Men, ki sa entegrite a ye e ki sa mache nan chemen l lan vle di ? Ki sa k ap ede nou rete nan chemen entegrite a ?

‘ Mwen mache nan entegrite m ’

4. Ki sa entegrite ye ?

4 Nan mo entegrite nou jwenn ide ladwati, san repwòch, lajistis, san defo. Sepandan, entegrite vle di plis pase fè sa ki dwat. Li mande yon kondisyon moral ki kòrèk oswa pou nou atache ak Bondye ak tout kè nou. Satan te mete mobil Jòb an dout lè l te di Bondye pawòl sa yo : “ Pou chanje, lonje men w, tanpri, e touche l jis nan zo ak nan chè l pou w wè si l pap rete nan figi w li modi w. ” ​(Jòb 2:5). Anplis entegrite mande pou nou fè aksyon ki kòrèk, li mande tou pou nou gen bon motivasyon, motivasyon ki soti nan kè.

5. Ki sa ki montre rete entèg pa vle di pèfeksyon ?

5 Sepandan, rete entèg pa vle di pèfeksyon. Wa David se te yon moun enpafè e li te fè plizyè fot grav pandan l t ap viv. Sepandan, Labib pale de li antanke yon moun ki te mache “ avèk entegrite nan kè ” l (1 Wa 9:4). Poukisa ? Paske David te renmen Jewova. Li te gen yon atachman pou Bondye ki soti nan fon kè l. Li pa t gen pwoblèm pou l rekonèt erè l fè. Li te aksepte reprimann e li te dispoze chanje konduit. Pa gen dout, entegrite David te parèt aklè nan atachman ki soti nan fon kè l ansanm ak nan lanmou li te genyen pou Jewova, Dye li a. — Detewonòm 6:5, 6.

6, 7. Ki sa mache nan entegrite gen ladan l ?

6 Entegrite pa konsène sèlman yon domèn nan aktivite lèzòm, tankou domèn relijye pa egzanp. Li anglobe tout aspè nan lavi nou. David te “ mache ” nan entegrite. Dapre The New Interpreter’s Bible, “ vèb ‘ mache ’ a gen ladan l ‘ stil lavi ’ n ap mennen an oswa ‘ fason n ap viv ’ la ”. Anpalan de moun ki “ san repwòch nan wout yo ”, Salmis la di : “ Byennere moun ki obsève rapèl [Bondye] yo. Ak tout kè yo, yo kontinye chèche l. Vrèman, yo pa pratike enjistis, yo mache nan chemen [Bondye]. ” ​(Sòm 119:1-3). Entegrite mande pou nou toujou ap chèche fè volonte Bondye, epi pou nou toujou mache nan chemen l.

7 Mache nan entegrite mande pou nou gen yon atachman fidèl ak Bondye menm nan sitiyasyon ki difisil. Lè nou andire eprèv, nou rete fèm malgre soufrans oswa nou reziste anba tantasyon ki soti nan monn mechan an, pap gen dout sou entegrite nou. N ap ‘ fè kè Jewova kontan ’ paske l ap kapab reponn moun k ap pwovoke l la (Pwovèb 27:11). Lè sa a, n ap gen rezon pou nou pran menm rezolisyon ak Jòb ki te di : “ Jiskaske souf mwen koupe, mwen pap lage entegrite m. ” ​(Jòb 27:5). Vennsizyèm Sòm nan montre ki sa k ap ede nou mache nan entegrite.

“ Rafine ren m yo ansanm ak kè m ”

8. Ki sa nou aprann nan priyè David te fè kote l mande Jewova egzamine ren l yo ansanm ak kè l ?

8 Men sa David te di nan yon priyè : “ Egzamine m, o Jewova, e mete m aleprèv, rafine ren m yo ansanm ak kè m. ” ​(Sòm 26:2). Nou jwenn ren yo yon kote ki fon nan kò a. Nan sans figire, ren yo reprezante panse ak santiman pwofon nou yo. E kè senbolik la se tout sa moun nan ye pa anndan tankou motivasyon l, santiman l ak entèlijans li. Lè David te mande Jewova egzamine l la, li te vle mande pou Jewova egzamine panse ak santiman ki pi pwofon li te genyen e pou l analize yo.

9. Nan ki sans Jewova rafine ren senbolik nou yo ansanm ak kè senbolik nou ?

9 David te priye pou yo rafine ren l yo ansanm ak kè l. Ki jan Jewova rafine moun nou ye pa anndan an ? David te di nan yon chante : “ M ap beni Jewova, li menm ki ban m konsèy. Wi, pandan lannuit, ren m yo korije m. ” ​(Sòm 16:7). Ki sa sa vle di ? Sa vle di konsèy Bondye bay yo te touche David nan tout anndan li, e yo te rete la pou yo korije panse ak santiman pwofon li genyen yo. Konsa, menm bagay la ka rive pou nou tou, si nou reflechi avèk rekonesans sou konsèy nou resevwa ki soti swa nan Pawòl Bondye a swa nan men reprezantan l yo oswa nan men òganizasyon l lan. Epi apre sa, se pou nou kite konsèy sa yo chita byen fon nan nou menm. Lè nou priye Jewova regilyèman pou l rafine nou nan fason sa a, sa ap ede nou mache nan chemen entegrite a.

‘ Bonte w ki plen lanmou an devan m ’

10. Ki sa k te ede David mache nan verite Bondye a ?

10 David te kontinye pou l di : “ Bonte w ki plen lanmou an devan je m, e mwen mache nan verite w la. ” ​(Sòm 26:3). David te byen konnen aksyon Bondye yo ki demontre bonte ki plen lanmou. E li te renmen medite sou yo. Men sa li te di nan yon chante : “ Beni Jewova, o nanm mwen, e pa bliye okenn nan aksyon l yo .” David sonje youn nan aksyon Bondye yo, li di : “ Jewova egzekite aksyon jistis ak desizyon jidisyè anfavè tout moun y ap dechèpiye. Li fè Moyiz konnen wout li yo, e li fè menm pitit gason Izrayèl yo konnen fason l aji. ” ​(Sòm 103:2, 6, 7). Petèt David t ap panse ak dechèpiye Ejipsyen yo t ap dechèpiye Izrayelit yo nan epòk Moyiz la. Si se sa, lè David te medite sou fason Jewova te fè Moyiz konnen mwayen delivrans lan, sa dwe te touche kè l. E sa te ranfòse detèminasyon l pou l mache nan verite Bondye a.

11. Ki sa k ka ede nou mache nan chemen entegrite a ?

11 Lè nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman epi nou medite regilyèman sou sa nou aprann nan, sa ap ede nou tou pou nou mache nan chemen entegrite a. Pa egzanp, lè nou sonje Jozèf ki te kouri pou avans imoral madan Potifa te fè l, asireman sa dwe ankouraje nou pou nou kouri pou tout avans menm jan an nou jwenn, swa nan travay nou, swa nan lekòl nou oswa nenpòt lòt kote (Jenèz 39:7-12). Ki egzanp nou kapab sonje lè nou jwenn tantasyon pou nou gen pwosperite materyèl, oswa posiblite pou nou gen pouvwa pou nou vin gen gwo renome nan monn nan ? Nou gen egzanp Moyiz ki te rejte glwa nan peyi Ejip (Ebre 11:24-26). Lè nou kenbe andirans Jòb la nan lespri nou, pa gen dout, sa ap ede nou rete fèm nan rezolisyon nou pran pou nou fidèl devan Jewova malgre maladi ak kalamite (Jak 5:11). Ki egzanp nou kapab sonje si nou ta viktim anba pèsekisyon ? Si nou sonje eksperyans Danyèl te viv nan twou lyon an, sa kapab fòtifye nou. — Danyèl 6:16-22.

“ Mwen pa chita ansanm ak moun ki nan manti ”

12, 13. Ki jan de frekantasyon nou dwe evite ?

12 Pou David pale de lòt bagay ki te ranfòse entegrite l li di pawòl sa yo : “ Mwen pa chita ansanm ak moun ki nan manti e mwen pa antre ansanm ak moun k ap kache sa yo ye. Mwen rayi kongregasyon moun k ap fè mal, e avèk mechan yo mwen pa chita. ” ​(Sòm 26:4, 5). David pa t menm vle chita ak moun ki mechan. Li te rayi move frekantasyon.

13 E nou menm ? Èske nou refize chita avèk moun ki nan manti yo pa mwayen pwogram televizyon, kasèt videyo, sinema, Entènèt oswa lòt fason ankò ? Èske nou pran distans nou ak moun k ap kache sa yo ye ? Gen kèk moun kote nou lekòl oswa kote n ap travay ki kapab ap pran pòz yo zanmi nou, nan objektif pou twonpe nou. Èske reyèlman nou ta renmen devlope relasyon sere kole ak moun ki pap mache nan laverite ? Aposta yo pran pòz yo sensè, e yo ka sèvi ak sa pou yo kache entansyon yo genyen pou yo fè nou sispann sèvi Jewova. Ki sa pou nou fè si gen kèk kretyen nan kongregasyon an k ap mennen yon vi doub ? Yo menm tou yo kache sa yo ye. Jayson, k ap sèvi jodi a antanke asistan ministeryèl, te gen kèk zanmi konsa lè l te jèn. Men sa l di : “ Yon jou youn nan yo te di konsa : ‘ Sa n ap fè kounye a pa gen okenn enpòtans paske lè nouvo sistèm nan vini, se jis mouri n ap mouri. Nou pap menm konnen si nou te rate yon bagay. ’ Jan de pawòl sa yo te fè m pran konsyans. Mwen pa vle pou lè nouvo sistèm nan vini mwen gentan mouri. ” Avèk sajès, Jayson te sispann frekante moun sa yo. Men avètisman apot Pòl ban nou : “ Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab. ” ​(1 Korentyen 15:33). Se sa k fè li trèzenpòtan pou nou evite move frekantasyon.

‘ M ap pwoklame tout bagay estrawòdinè ou fè yo ’

14, 15. Ki jan nou kapab “ mache toutotou otèl [Jewova] a ” ?

14 Apre sa, men sa David te di : “ M ap lave men m nan inosans, e m ap mache toutotou otèl ou a, o Jewova. ” Poukisa ? “ Pou m fè tande aksyondegras avivwa e pou m pwoklame tout travay estrawòdinè w yo. ” ​(Sòm 26:6, 7). David te vle rete pwòp nan domèn moral pou l te kapab adore Jewova e pou l te kapab fè konnen atachman l ak Bondye.

15 Tout bagay ki te gen rapò ak vrè adorasyon an nan tabènak la ak nan tanp lan se te “ yon reprezantasyon tipik ansanm ak yon lonbray bagay selès yo. ” ​(Ebre 8:5; 9:23). Otèl la te reprezante volonte Jewova pou l aksepte sakrifis Jezi Kris la pou rachte limanite (Ebre 10:5-10). Nou lave men nou nan inosans e nou “ mache toutotou otèl [Jewova] a ” lè nou egzèse lafwa nan sakrifis sa a. — Jan 3:16-18.

16. Ki byenfè n ap jwenn lè nou fè lòt moun konnen bagay estrawòdinè Bondye yo ?

16 Lè nou reflechi sou tout bagay ranson an rann posib, èske kè nou pa vin chaje ak rekonesans pou Jewova e pou sèl Pitit li fè a ? Konsa, avèk rekonesans sa a nan kè nou, annou fè lòt moun konnen bagay estrawòdinè Bondye yo, soti depi nan kreyasyon lòm nan jaden Edenn nan pou rive nan restorasyon tout bagay nan monn nouvo Bondye a (Jenèz 2:7 ; Travay 3:21). Pa gen dout, predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la se yon pwoteksyon pou nou nan domèn espirityèl (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Lè nou okipe ladan l, sa ede nou kenbe esperans nou genyen pou lavni an vivan, lafwa nou nan pwomès Bondye yo vin pi solid, e lanmou nou pou Jewova ansanm ak lanmou nou pou pwochen nou ap rete djanm.

“ Mwen renmen kote kay ou ye a ”

17, 18. Ki jan nou dwe konsidere reyinyon nou yo ?

17 Tabènak la ki te gen otèl la ladan l se te sant adorasyon Jewova ann Izrayèl. Men sa David te di nan yon priyè pou l montre kontantman l te genyen pou kote sa a : “ Jewova, mwen renmen kote kay ou ye a e mwen renmen kote glwa w rezide a. ” — Sòm 26:8.

18 Èske nou renmen reyini kote n ap aprann konnen Jewova ? Nan chak Sal Wayòm k ap sèvi kòm sant vrè adorasyon an, nan zòn kote l ye a, gen yon pwogram enstriksyon espirityèl regilye. Anplis de sa, chak ane, nou gen kongrè distri, asanble sikonskripsyon ak jounen asanble espesyal. Nan tout reyinyon sa yo, yo pale de “ rapèl ” Jewova yo. Si nou aprann “ renmen yo anpil anpil ”, n ap santi nou enpasyan pou n asiste reyinyon yo e n ap koute avèk atansyon pandan nou ladan yo (Sòm 119:167). Ala agreyab sa agreyab pou nou ansanm avèk kwayan parèy nou ki vle wè byen pou nou, e k ap ede nou rete nan chemen entegrite a ! — Ebre 10:24, 25.

‘ Pa efase lavi m ’

19. Ki jan de peche David pa t vle responsab ?

19 Piske David te konnen trè byen konsekans ki genyen lè yon moun devye sou wout Bondye verite a, men rekèt li te fè : “ Pa efase nanm mwen ansanm ak pechè yo, nitou pa efase lavi m ak moun ki gen dèt san sou do yo, moun ki gen nan men yo yon konduit deregle e ki gen men dwat yo chaje ak kado yo ba yo sou kote. ” ​(Sòm 26:9, 10). David pa t vle yo konte l pami moun ki san respè pou Bondye, moun ki responsab konduit deregle ak koripsyon.

20, 21. Ki sa ki ka mennen nou nan chemen moun ki pap sèvi Bondye ?

20 Monn nan jodi a ap benyen nan yon bann pratik imoral. Kit se televizyon, jounal, sinema, yo tout ap ankouraje move konpòtman tankou “ fònikasyon, bagay ki enpwòp, konduit deregle ”. (Galat 5:19, nòt anba paj.) Kèk moun vin esklav pònografi ki byen souvan mennen yo nan konduit imoral. Li pi fasil pou jèn yo an patikilye pran nan enfliyans sa yo. Gen kèk peyi moun yo gen abitid pran randevou santimantal. E ti jèn yo sibi presyon ki fè yo panse yo oblije pran jan de randevou sa yo. Anpil jèn vin tonbe nan renmen menmsi yo pa ko pare pou maryaj. Pou yo satisfè dezi seksyèl sitiyasyon sa a devlope lakay yo, yo rantre bonè nan konduit imoral jiskaske yo vin tonbe nan fònikasyon.

21 Sa pa vle di granmoun yo pa ka pran nan move enfliyans tou. Pratik malonèt nan zafè biznis ak tandans pran desizyon ki chita sou dezi egoyis, tout sa se siy ki montre yon mank entegrite. Mache nan wout monn nan ap tou senpleman mete distans ant nou menm ak Jewova. Annou “ rayi sa ki mal, epi renmen sa ki bon ”. Annou kontinye mache sou chemen entegrite a. — Amòs 5:15.

“O sove m e fè m favè ”

22-24. a) Ki ankourajman nou jwenn nan dènye pawòl ki nan Sòm 26 la ? b) De ki pyèj nou pral pale nan atik k ap vin annapre a ?

22 David te fini ak pawòl sa yo : “ Kanta pou mwen menm, m ap mache nan entegrite m. O sove m e fè m favè. Pye pa m pral kanpe yon kote ki plat. Pami foul moun ki rasanble yo mwen pral beni Jewova. ” ​(Sòm 26:11, 12). Detèminasyon David pou l kenbe entegrite l te mache ansanm ak siplikasyon li te fè pou l jwenn delivrans. Se pa ti ankourajan sa ankourajan ! Malgre nou se pechè, Jewova ap ede nou si nou detèmine pou nou mache nan chemen entegrite a.

23 Se pou fason n ap viv la montre nou se moun ki respekte souvrènte Bondye e nou ba l valè nan tout aspè lavi nou. Annou chak mande Jewova nan priyè nou pou l egzamine panse ak santiman nou genyen ki pi pwofon yo epi pou l rafine yo. Nou kapab toujou kenbe laverite vivan nan lespri nou si nou etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans. Se sa k fè, annou fè tout sa nou kapab pou nou evite move frekantasyon, men okontrè se pou nou beni Jewova pami foul ki rasanble yo. Se pou nou patisipe avèk zèl nan travay predikasyon Wayòm nan ansanm ak nan travay fè disip la. Pinga nou janm kite monn nan mete relasyon nou genyen ak Bondye an danje, yon relasyon ki gen anpil valè. Lè nou fè tout sa nou kapab pou nou mache nan chemen entegrite a, nou mèt gen konfyans Jewova ap fè nou favè.

24 Piske entegrite touche tout aspè lavi a, nou bezwen konnen gen yon pyèj mòtèl nan plede bwè bwason ki gen alkòl. Se de sa nou pral pale nan atik k ap vin annapre a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa li toutafè apwopriye pou yo jije kreyati entèlijan yo sou baz entegrite yo ?

• Ki sa entegrite ye, e ki sa mache nan chemen entegrite a gen ladan l ?

• Ki sa k ap ede nou mache nan chemen entegrite a ?

• Pou nou kenbe entegrite nou, ki danje nou dwe konnen yon fason pou nou evite yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Èske w kenbe devan je w aksyon Jewova yo ki demontre bonte ki plen lanmou ?

[Foto nan paj 23]

Èske regilyèman ou mande Bondye pou l egzamine panse pi pwofon ou genyen yo ?

[Foto nan paj 24]

Lè nou kenbe entegrite nou anba eprèv, nou fè kè Jewova kontan.

[Foto nan paj 26]

Èske w pwofite dispozisyon Jewova pran pou ede w mache nan chemen entegrite a ?