Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pale Pawòl Bondye a avèk kran

Pale Pawòl Bondye a avèk kran

Pale Pawòl Bondye a avèk kran

“ Ale, pwofetize pou [...] pèp mwen an. ” — AMÒS 7:15.

1, 2. Kiyès Amòs te ye, e ki sa Bib la di de li ?

YON jou, pandan yon sèvitè Jewova t ap preche, yon prèt te pran abò l. Prèt la te rele sou li, li di l : ‘ Sispann preche ! Bay zòn nan blanch ! ’ Ki sa sèvitè sa a te fè ? Èske l te fè sa yo mande l la, oubyen èske li te kontinye pale pawòl Bondye a avèk kran ? Nou kapab jwenn repons kesyon sa yo, piske sèvitè sa a te ekri eksperyans li a nan yon liv biblik ki pote non li, liv Amòs la. Nou pral aprann plis bagay toujou sou rankont Amòs te fè ak prèt la. Men, pou kounye a, ann konsidere kèk enfòmasyon sou lavi Amòs.

2 Kiyès Amòs te ye ? Ki bò l t ap viv ? Nan ki epòk li t ap viv ? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan Amòs 1:1, men sa nou li : “ Pawòl Amòs, youn nan moun ki fè elvaj mouton nan Tekowa yo, [...] nan epòk Ouziya, wa Jida a, e nan epòk Yawobam, pitit Yowach, wa Izrayèl la. ” Amòs t ap viv nan peyi Jida. Se te moun Tekowa, yon vil ki te nan sid Jerizalèm, e te gen 16 kilomèt ki separe de vil sa yo. Li t ap viv nan fen nevyèm syèk anvan epòk nou an, epòk wa Ouziya t ap dirije peyi Jida e wa Yawobam II t ap dirije dis tribi wayòm Izrayèl la. Amòs te konn fè elvaj mouton. Men, Amòs 7:14 di li pa t sèlman konn ‘ gade twoupo bèt ’, li te konn ‘ pèse fig nan pye sikomò ’ tou. Li te konn pase yon pati nan ane a kòm travayè sezonye. Travay pèse fig li te konn fè a, te fè fig yo mi pi vit. Se te yon travay annuiyan.

“ Ale, Pwofetize ”

3. Si nou santi nou pa kalifye pou nou preche, kòman egzanp Amòs ka ede nou ?

3 Avèk franchiz, men sa Amòs di : “ Mwen pa t ni yon pwofèt, ni pitit yon pwofèt. ” ​(Amòs 7:14). Se vre, Amòs pa t pitit yon pwofèt ni li pa t resevwa fòmasyon kòm pwofèt. Poutan, pami tout pèp Jida a nan epòk la, se pa t ni yon prèt ki gen anpil konesans, ni yon wa pisan oubyen yon chèf ki plen lajan Jewova te chwazi pou fè travay Li, men se Amòs li te chwazi pou fè sa. Sa gen yon bèl leson ki ban nou asirans. Nou kapab pa gen yon gwo pozisyon nan domèn pwofàn, oubyen nou pa t fè gwo klas. Men, èske sa ta dwe fè nou santi nou pa kalifye pou nou preche pawòl Bondye a ? Pa ditou ! Jewova ka ban nou mwayen pou nou pwoklame mesaj li a, menm nan tèritwa ki difisil. Piske se egzakteman sa Jewova te fè pou Amòs, yon pwofèt ki gen anpil kouraj, l ap bon pou tout moun ki vle pale pawòl Bondye a avèk kran egzamine egzanp pwofèt sa a.

4. Poukisa li te difisil pou Amòs pwofetize ann Izrayèl ?

4 Men kòmandman Jewova te bay Amòs : “ Ale, pwofetize pou Izrayèl, pèp mwen an. ” ​(Amòs 7:15). Travay sa a te difisil anpil. Nan epòk sa a, dis tribi wayòm Izrayèl la t ap viv anpè e an sekirite. Pèp la t ap pwospere nan domèn materyèl. Anpil moun te gen “ mezon d ete ” ak “ mezon livè ”, e se pa t kay ki te fèt avèk brik òdinè, men yo te fèt avèk “ wòch taye ” ki koute byen chè. Gen Izrayelit ki te gen bèl mèb ki dekore ak ivwa, e yo te konn bwè diven ki soti nan “ bèl jaden rezen ” yo te genyen (Amòs 3:15 ; 5:11). Kòm rezilta, anpil moun te satisfè, anyen pa t di yo anyen. Vrèmanvre, tèritwa Amòs la sanble tèt koupe ak tèritwa anpil nan nou ap preche ladan yo jodi a.

5. Ki aksyon malonèt kèk Izrayelit t ap fè ?

5 Se pa t yon mal pou Izrayelit yo posede byen materyèl. Sepandan, gen ladan yo ki te fè richès yo nan move kondisyon. Moun rich yo te konn “ dechèpiye piti yo ” e yo te konn “ kraze moun ki pòv yo ”. (Amòs 4:1.) Yon seri gwo potanta tankou komèsan, jij ansanm ak prèt, te mete tèt yo ansanm pou yo vòlè pòv yo. Kounye a, ann fè yon ti bak pou n al nan epòk Amòs la pou n al gade jan mesye sa yo t ap aji.

Yo vyole Lwa Bondye

6. Ki jan komèsan Izrayelit yo te konn eksplwate lòt moun ?

6 Toudabò nou pral nan mache a. Te gen komèsan malonèt ki fè “ efa a piti ” e ki fè “ chekèl la gwo ”. “ Menm pay ”, yo te vann li pou grenn (Amòs 8:5, 6). Wi, komèsan yo te dechèpiye moun ki vin achte yo tout jan : yo twonpe kliyan yo nan kantite yo vann yo, nan pri tèt nèg yo mande ak nan bagay move kalite y ap vann yo. Epi, lè komèsan yo fin eksplwate pòv yo, yo fin souse yo nèt, malere sa yo te vin oblije vann tèt yo kòm esklav. Apre sa, komèsan yo achte yo “ pou pri yon pè sandal ”. (Amòs 8:6.) Imajine sa ! Pou komèsan avid sa yo, Izrayelit parèy yo pa t gen plis valè pase sandal yo met nan pye yo. Ala yon gwo imilyasyon pou malere sa yo ! Kanta pou Lwa Bondye a menm, se pa ti vyole yo vyole l. Epoutan, menm komèsan sa yo te toujou ap obsève “ saba ”. (Amòs 8:5.) Wi, yo te relijye, men se sèlman ann aparans.

7. Ki sa k fè komèsan Izrayelit yo rive vyole Lwa Bondye a ?

7 Piske komèsan sa yo pa t respekte Lwa Bondye a ki di : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou ”, kòman yo te fè rive chape anba pinisyon (Levitik 19:18) ? Yo te reyisi paske moun ki pou ta fè respekte Lalwa yo, anpalan de jij yo, se konplis komèsan yo yo te ye. Nan pòt vil la, kote yo trete ka jidisyè yo, jij yo te ‘ aksepte yo koud bouch yo ak lajan, e yo ekate ti malere yo ’. Olye pou jij yo pwoteje pòv yo, yo pito trayi yo pou kado sou kote (Amòs 5:10, 12). Konsa, jij yo tou pa t okipe Lwa Bondye a.

8. Sou ki move konduit prèt mechan yo te fèmen je yo ?

8 Pandan tan sa a, ki wòl prèt yo t ap jwe ann Izrayèl ? Pou nou konn sa, n ap dirije atansyon nou sou yon lòt zòn. Gade ki peche prèt yo te tolere moun yo komèt “ nan kay dye pa yo ”. Men sa Bondye di pa mwayen Amòs : “ Yon nonm ak pwòp papa l al nan menm fi a, nan objektif pou yo pwofane non sakre m nan. ” ​(Amòs 2:7, 8). Imajine sa ! Yon papa Izrayelit ak tout pitit li komèt imoralite seksyèl ak menm pwostitye sakre a. E prèt mechan yo fèmen je yo sou yon imoralite konsa ! — Levitik 19:29 ; Detewonòm 5:18 ; 23:17.

9, 10. Ki lòt fason ankò Izrayelit yo te konn vyole Lalwa, e ki konparezon nou ka fè ak epòk pa nou an ?

9 Anpalan de lòt konduit deregle yo te genyen, men sa Jewova di : “ Sou rad yo sezi kòm garanti, y ap layite kò yo bò kote tout lotèl, e nan kay dye pa yo, y ap bwè diven moun ki gen pou peye amann. ” ​(Amòs 2:8). Wi, prèt yo ak tout pèp la an jeneral pa t okipe lwa ki nan Egzòd 22:26, 27 la ki di yo ta dwe remèt yon rad yo sezi kòm garanti anvan l aswè. Yo menm, yo pito fè rad la sèvi dra pou yo layite yo lè y ap fete, lè y ap bwè pou fo dye yo. E avèk amann yo pran nan men pòv yo, yo achte diven pou yo bwè nan fèt fo relijyon yo. Se pa ti ekate yo ekate yo de chemen vrè adorasyon an !

10 Izrayelit yo, san yo pa menm wont, yo vyole de pi gwo kòmandman Lalwa yo : renmen Jewova, renmen pwochen w. Se sa k fè, Bondye voye Amòs kondane yo pou enfidelite yo. Jodi a, nasyon nan monn nan, nasyon lakretyente yo ladan tou, nan menm eta kòwonpi ansyen Izrayèl la te ye a. Pandan afè kèk moun ap byen mache, anpil lòt moun menm pèdi tout sa yo te posede e yo santi yo boulvèse akoz pratik imoral yon seri de moun malonèt ap fè, tankou moun ki alatèt gwo biznis yo, lidè politik yo ak lidè relijye yo. Toutfwa, Jewova gen sousi pou sila yo k ap soufri e k ap chèche l. Se pou sa, li bay sèvitè l yo jodi a fè yon travay menm jan ak pa Amòs la : preche pawòl Li avèk kran.

11. Ki sa egzanp Amòs aprann nou ?

11 Piske travay Amòs la sanble ak pa nou an, nou kapab tire anpil pwofi si nou konsidere egzanp li. An reyalite, Amòs montre nou : 1) ki mesaj nou dwe preche, 2) ki jan nou dwe preche e 3) poukisa opozan yo pa ka bloke travay predikasyon n ap fè a. Ann egzamine twa pwen sa yo youn pa youn.

Fason nou ka imite Amòs

12, 13. Ki jan Jewova te demontre li pa kontan ak Izrayelit yo, e ki reyaksyon yo te genyen ?

12 Antanke Temwen Jewova, nou santre ministè nou sou travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la (Matye 28:19, 20 ; Mak 13:10). Toutfwa, menm jan Amòs t ap pwoklame Jewova pral pwononse jijman kondanasyon sou mechan yo, se konsa nou menm tou, n ap atire atansyon moun yo sou avètisman Bondye yo. Pa egzanp, Amòs 4:6-11 esplike kòman Jewova te avèti Izrayèl plizyè fwa pou fè l konnen Li pa kontan. Jewova te fè pèp la gen “ rate pen ”, li te ‘ refize yo bèl lapli ’, li te frape yo anba “ sechrès ak lawouy ”, e li voye “ yon epidemi ” sou yo. Èske tout evènman sa yo te pouse Izrayèl repanti ? Bondye di yo : “ Nou pa retounen vin jwenn mwen. ” Wi, Izrayelit yo pa t sispann rejte Jewova.

13 Jewova te pini Izrayelit ki pa t repanti yo. Toutfwa, anvan sa, yo t apral resevwa yon avètisman pwofetik. Ann amoni ak sa, men sa Bondye deklare : “ Jewova, Souvren Seyè a, pap fè yon bagay san li pa devwale sekrè li bay sèvitè l yo, pwofèt yo. ” ​(Amòs 3:7). Menm jan Bondye te revele Noye gen yon delij ki pral vini e Li te mande l pou l avèti lòt moun, se menm jan an, Jewova te di Amòs pou l bay yon dènye avètisman. Malerezman, Izrayèl te vag sou mesaj Bondye te voye Amòs bay la e li pa t aji jan l te dwe aji a.

14. Ki resanblans ki genyen ant epòk Amòs la ak epòk pa nou an ?

14 Pa gen dout, n ap dakò avèk sa : epòk Amòs la sanble tèt koupe ak epòk pa nou an nan plizyè domèn. Jezi Kris te predi yon seri kalamite ki ta gen pou rive nan tan lafen an. Li te predi tou t ap gen yon travay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye (Matye 24:3-14). Sepandan, menm jan ak epòk Amòs la, pifò moun jodi a vag sou siy tan lafen an e yo pa okipe mesaj Wayòm nan. Menm sa ki te rive Izrayelit ki pa t repanti yo, se sa ki pral rive moun sa yo tou. Men avètisman Jewova te ba yo : “ Prepare w pou w rankontre ak Bondye w la. ” ​(Amòs 4:12). Yo te rankontre ak Bondye lè yo te sibi jijman li, lè Asiri te venk yo. Jodi a, monn sa a ki lwen Bondye a pral ‘ rankontre avè l ’ nan Amagedòn (Revelasyon 16:14, 16). Men, toutotan pasyans Jewova pèmèt sa, n ap egzòte plis moun nou kapab, n ap di yo : “ Chèche Jewova, epi rete vivan. ”— Amòs 5:6.

Nou rankontre opozisyon menm jan ak Amòs

15-17. a) Kiyès Amatsya te ye, e ki reyaksyon li te genyen devan deklarasyon Amòs yo ? b) Ki akizasyon Amatsya te fè kont Amòs ?

15 Nou kapab imite Amòs nonsèlman nan mesaj n ap preche a, men tou nan fason n ap preche mesaj sa a. Pwen sa a parèt nan chapit 7 la kote yo pale de prèt nou te mansyone nan kòmansman atik la. Prèt sa a se “ Amatsya, prèt Betèl la ”. (Amòs 7:10.) Vil Betèl se te yon sant pou relijyon aposta Izrayèl la, yon relijyon ki pratike adorasyon ti bèf. Konsa, Amatsya se te prèt relijyon d Eta a. Ki jan l te reyaji devan pawòl fèm Amòs yo ?

16 Amatsya di Amòs : “ O, moun k ap fè vizyon, ale, al fè wout ou vit nan peyi Jida, e manje pen la, e ou mèt pwofetize la. Men pinga w kontinye pwofetize nan Betèl, paske se sangtyè yon wa li ye, e se mezon yon wayòm li ye. ” ​(Amòs 7:12, 13). Se kòmsi Amatsya te di : ‘ Al lakay ou, nou gen relijyon pa nou deja. ’ Amatsya te eseye pouse gouvènman an tou pou entèdi Amòs preche. Li di wa Yawobam II konsa : “ Amòs fè konplo kont ou nan mitan mezon Izrayèl la menm. ” ​(Amòs 7:10). Wi, Amatsya akize Amòs kòm trèt. Li di wa a : “ Men sa Amòs di : ‘ Se anba epe Yawobam ap mouri. E kanta Izrayèl, l ap sot sou pwòp tè pa l al ann egzil san mank. ’ ” — Amòs 7:11.

17 Nan pawòl sa yo Amatsya di la a, li di twa bagay ki pa sa. Li di “ men sa Amòs di ”, tandiske Amòs pa t janm pretann se li ki mèt pwofesi yo. Okontrè, li te toujou di : “ Men sa Jewova di. ” ​(Amòs 1:3). Li akize Amòs kòmkwa Amòs di : “ Se anba epe Yawobam ap mouri. ” Sepandan, tankou jan Amòs 7:9 montre sa, Amòs pwofetize, li di : “ [Jewova] ap leve ak yon epe kont mezon Yawobam nan. ” Bondye anonse kalamite sa a pou “ mezon ” Yawobam, pou desandan l yo. Apre sa, Amatsya pran kòm pretèks Amòs te di ‘ Izrayèl pral ann egzil san mank ’. Men nan pwofesi Amòs la, li te montre tou nenpòt Izrayelit ki te retounen jwenn Bondye ta jwenn benediksyon. Sa klè, Amatsya sèvi ak moso verite li tòde pou l wè si l te ka fè entèdi travay predikasyon Amòs t ap fè a ofisyèlman.

18. Ki resanblans ki genyen ant metòd Amatsya te itilize yo ak metòd kèk manm klèje a itilize jodi a ?

18 Èske w remake jan metòd Amatsya yo sanble ak metòd opozan yo itilize kont pèp Jewova a jodi a ? Menm jan Amatsya te eseye fèmen bouch Amòs, se konsa gen yon seri gwo chèf relijye tankou prèt, prela ak patriyach nan epòk pa nou an k ap eseye bloke travay predikasyon sèvitè Jewova yo. Amatsya te akize Amòs kòm trèt, men se manti li te fè. Menm jan an jodi a, anpil manm klèje a ap fè fo akizasyon sou Temwen Jewova yo kòmkwa yo se yon menas pou sekirite nasyonal. E menm jan Amatsya te chèche konkou wa a pou l konbat Amòs, se konsa byen souvan klèje a chèche èd nan men asosye politik li yo pou pèsekite Temwen Jewova yo.

Opozan yo pa ka bloke travay predikasyon nou an

19, 20. Ki jan Amòs te reyaji devan opozisyon Amatsya a ?

19 Ki sa Amòs te fè devan opozisyon Amatsya a ? Premyèman, Amòs mande prèt la : “ Èske w di : ‘ Ou pa dwe pwofetize kont Izrayèl ? ’ ” Epi, san pwofèt Bondye a pa ezite, avèk kouraj, li di menm pawòl Amatsya pa vle tande yo (Amòs 7:16, 17). Amòs pa t kraponnen. Ala yon bèl egzanp pou nou ! Lè se pou nou pale pawòl Bondye a, li te mèt se nan peyi kote Amatsya modèn yo ap manniganse pèsekisyon sovaj kont nou, nou pap dezobeyi Bondye. Menm jan ak Amòs, n ap kontinye pwoklame : “ Men sa Jewova di. ” E opozan yo pap janm ka bloke travay predikasyon n ap fè a, paske “ men Jewova ” ansanm avèk nou. — Travay 11:19-21.

20 Amatsya te dwe konnen menas li yo pa t ap gen okenn valè. Amòs te deja esplike poukisa pèsonn sou tè a pa t ka anpeche l pale, e sa se twazyèm pwen nou pral konsidere ansanm. Nan Amòs 3:3-8, Amòs itilize yon seri kesyon ansanm ak egzanp pou l montre tout sa k fèt gen yon koz. Apre sa, li fè aplikasyon sa a : “ Gen yon lyon ki gwonde ! Kiyès ki pap pè ? Jewova Souvren Seyè a li menm li pale ! Kiyès ki pap pwofetize ? ” Se kòmsi Amòs te di moun k ap koute l yo : ‘ Menm jan ou pa ka pa pè lè w tande yon lyon gwonde, se konsa mwen menm tou mwen pa ka pa preche pawòl Bondye a lè m tande kòmandman Jewova ki mande pou m fè sa ’. Lakrentif Amòs te gen pou Jewova, sa vle di pwofon respè li te gen pou li, te oblije l pale avèk kran.

21. Ki jan nou reyaji devan kòmandman Bondye bay pou nou preche bon nouvèl la ?

21 Nou menm tou, nou tande Jewova mande pou nou preche. Ki jan nou reyaji devan kòmandman sa a ? Grasa èd Jewova ban nou, n ap pale pawòl li avèk kran, menm jan Amòs ansanm ak premye disip Jezi yo te fè sa (Travay 4:23-31). Ni pèsekisyon opozan yo, ni endiferans moun n ap preche yo pap fè nou sispann pale. Avèk yon zèl menm jan ak pa Amòs la, Temwen Jewova yo sou tout tè a santi se yon obligasyon pou yo kontinye deklare bon nouvèl la avèk kran. Nou gen responsablite pou nou avèti moun yo konsènan jijman Jewova ki gen pou vini an. Men, ki sa jijman sa a gen ladan l ? Se kesyon sa a nou pral reponn nan atik ki vin apre a.

Ki repons nou ta bay ?

• Nan ki sikonstans Amòs te akonpli misyon Bondye te ba li a ?

• Menm jan ak Amòs, ki mesaj nou dwe preche ?

• Avèk ki etadespri nou dwe akonpli travay predikasyon nou an ?

• Poukisa opozan yo pa ka bloke aktivite predikasyon an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Se Amòs, yon moun ki te konn pèse fig, Bondye te chwazi pou fè travay li.

[Foto nan paj 9]

Menm jan ak Amòs, èske w pwoklame mesaj Jewova a avèk kran ?